10 Pòtre fanm nan woman kreyòl ayisyen
Konferans Pierre Michel Chéry prezante nan Lise Marijàn pou Akademi Kreyòl Ayisyen
nan kad selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2016.

Ki sa n ap chache ?
Rezon ki fè nou vini ak sijè sa a, se yon fason pou nou ankouraje jèn fi ak medam yo li
woman kreyòl yo, paske tèm yo trete nan woman kreyòl yo, ap ede nou konprann
sosyete nou an. Y ap ede nou wè tèt nou anndan sosyete a epi ede nou jwenn ki jan pou nou transfòme sosyete a an dous. Pèsonn p ap ka mezire enpak “Sentaniz” gen sou kondisyon lavi restavèk nan peyi a. Woman kreyòl yo se tankou yon laboratwa kote n ap gade tèt nou kòm Ayisyen, paske se fon nanm nou, kòm moun k ap viv nan yon sosyete, y ap flache. Pèsonaj woman yo se kobay ki nan laboratwa kote ekriven yo ap travay la. Apre sa, sosyete ayisyen an se yon sosyete ki gen anpil kliche (estereyotip) patikilyèman sou fanm. Depi yon fanm soti nan yon zòn nan peyi a, Ayisyen nan lòt zòn ba l yon defo. Yon defo moun k ap viv la pa rekonèt. Gen estereyotip pou gason tou, men jodi a se kliche medam yo ki enterese nou. Nou poko konnen sou ki kliche nou pral tonbe. Men, nou bezwen wè si ekriven yo repwodui sèten kliche nan woman yo. Paske jan nou konn di li, ekriven an fè jefò pou li gen orijinalite li, men milye kote l ap evolye a, eksperyans li, make pawòl k ap jèmen nan lespri li pou l al mete sou papye pi devan. Sa ap pèmèt nou wè nan ki limit ekriven kreyòl yo depase prejije ak estereyotik ki gen nan sosyete a. Epi tou, tout otè nou pral prezante la yo se gason. Li ta bon pou nou ankouraje jèn fi ki renmen literati vin demontre talan yo nan divès jan literè yo.

Nan ki woman nou jwenn medam yo, epi ki non yo ?

Premye woman nou mete nan lis la, li rele Lanmou Bredjenn. Se John Gibbs Janvier ki
ekri li . Pèsonaj ki enterese nou yo se Anita ak Katya. Woman sa a sòti an 2015 nan
Librairie-Editions Kopivit-L’Action Sociale.

Gen yon woman kreyòl Patrick Sylvain ekri ki rele Anba Bòt Kwokodil. Woman sa a sòti an 2015, nan Trilingual Press, Cambridge Massachussetts, Etazini. Gen de (2) pèsonaj ki enterese nou nan woman an. Premye pèsonaj la se Èzila epi dezyèm nan se Malèn. Pi devan n a wè pou ki rezon nou pran de medam sa yo nan woman an.

Twazyèm woman nou an se Adelina. li parèt an 2014, nan Trilingual Press, Cambridge Massachussetts, Etazini. Se Ewald Delva ki ekri li. Fi ki enterese nou woman sa a, se Adelina, se pèsonaj prensipal la tou.

Rhoddy Attilus ban nou katriyèm woman an ki se Kèkèt ak Janmari. Woman sa a pran
pri Deschamps 2014. Se Edityon Deschamps ki pibliye l. Pèsonaj ki enterese nou kòm fi
nan woman sa a se Kèkèt, youn nan pèsonaj santral woman an.

Edgar Gousse ekri yon woman yo rele Kolangèt Madan Bwadòm, fòk nou pa kite non
woman an pran nou nan zatrap. Sa ki nan woman an pa gen anyen ki sanble ak jouman. Woman an sòti an 2012. Se Edition CIDIHCA ki pibliye woman an. Nou pran 3 medam nan woman an sa a, non yo se Rayisa, Mandala ak Sofi.

Dènye woman nou, sizyèm nan, se Edisyon Mapou ki pibliye Agasya pou Emile
Célestin-Mégie nan ane 2003. Pèsonaj ki enterese nou nan woman sa a se Agasya,
pèsonaj santral woman an. Emile Célestin-Mégie (Togiram) se manm Mouvman Literè
Sosyete Koukouy.

Yon kout je byen rapid sou 10 pèsonaj yo ak woman yo
Nan prezantasyon nou pral fè sou woman kote nou pran pèsonaj sa yo, nou pral gade ki pwoblematik otè woman an abòde oswa ki entansyon otè a pou nou jistifye rezon ki fè nou sible pèsonaj sa yo. Si nou gentan n ap fè yon kout je rapid sou estil otè yo ak fason yo abòde kesyon lang kreyòl la. Sa ap pèmèt nou wè ki jan otè a jere enfliyans lang franse a, malgre se yon woman kreyòl l ap ekri.

Lanmou Bredjenn
Premye woman ki nan lis la se Lanmou Bredjenn. Otè a se John Gibbs Janvier. Nan
woman sa a, John Gibbs Janvier montre nou yon jenn gason, yon bredjenn (Pòl) ki
renmen ak de fi, youn pou li pran plezi li (Anita), epi lòt la pou lè li bezwen lajan (Katya).
etan Pòl ap etidye nan fakilte, l ap evolye nan mitan yon ekip azaryen, y ap jwe zo, y ap
bwè alkòl. Fon tablo woman an se yon ekip jenn gason ak jenn fanm k ap bat mizè, men tou, ki anvi viv.
Prèske tout jenn gason, tout jenn fanm ap goumen pou yo jwenn lajan, yo sou bras, fi
kou gason. Renmen yo fèt rapid, trapde, san pale anpil. N ap prezante Anita ak pawòl otè a met nan bouch li : “Ki sa w ka mande m pou m fè m pa kapab” (paj 13), epi “Anita
avanse sou Pòl li kole bouch li nan pa Pòl pandan kèk minit” (paj 14). Men ki jan Pòl wè
Anita : “… sa ta bon pou w wè fanm lan wi, ti manzè plen tankou yon ze bòs epi l mete yon bout pantalon, chak bò mouda l ap rele…” (paj 19). Kondisyon egzistans yo kale kalite rapò dife pay mayi sa yo, rapid, danjere nan tout sans, k ap kite tras yo pa ta vle…
Woman sa a montre nou mizè moral ak sousi materyèl yon pati nan lajenès nan kapital
la ap viv, sa k ap pase nan tèt yo, ki jan yo pran tèt yo, ki jan yo wè patnè yo, jèn parèy
yo.
Pa gen diferans ant lojik Pòl devlope pou li viv la ak fason medam ki nan baz Anita yo
reflechi. Tout medam ki nan baz la sou afè, yo tout ap veye ki kote nèg ki pou leve yo atè a ap sòti. Annatandan, y ap pwofite lavi a jan yo kapab, yo renmen, y ap kite, y ap fè nouvo mennaj san yo pa kite. “Lè w ap gade figi Yolèn ou ta di se Sent Vyèj Mari men zak anba pye l ka antere dis gason nan yon sèl tou” (paj 26). Ni fi, ni gason, yo tout ap jwe pokè a, tout kat yo atè, ki nèg k ap pran yon kout pitit ? Ki fanm k ap pran yon gwòs san papa ?
Kanta pou Katya, lòt pèsonaj ki enterese nou nan woman an, se lòt bò meday detrès la.
Katya se fi k ap travay la, men ki oblije mete lajan deyò pou li jwenn moso afeksyon nan
men yon gason (Pòl) ki pa renmen l. Men ki jan Pòl wè rapò li ak Katya : “… ban m al jere bras jounen an la a avan fanm sa a tonbe fè kòlè sou kont mwen” (paj 20). Pi devan li pral pale konsa ak Katya : “… m pa renmen lè w fin di m w ap ban m yon kòb epi w lè jou a rive w chanje pawòl” (paj 20). Katya se moun ki asepte soufri an silans jouk sou kabann lopital… paske se li ki renmen an, se li k ap sibi dominasyon an nan rapò li avèk Pòl, se li ki pou peye, se li ki nan bezwen. Men, silans Katya a fè Pòl ap viv ak laperèz Katya ka sere vanjans la dèyè. Dezyèm sousi: lajan fanmi Katya a fè Pòl tounen yon prizonye nan men Katya …
Enterè nou nan Lanmou Bredjenn se te chache konpran kouman jèn yo travay ak lang
kreyòl la, kouman yo itilize l, ki sa ki sant enterè yo anndan sosyete a, sou ki sa y ap
reflechi. Sou plan estetik, pa gen travay an pwofondè ki fèt sou lang nan, otè a pa
melanje franse ak kreyòl. Sou plan sa a, otè a pote anpil enfòmasyon pou nou. Sitou nan zafè vokabilè anglè meriken k ap antre nan lang nan anba enfliyans mouvman rap
entènasyonal la. “Kote w jwenn bèl ti shooty” (paj 18) . Nou jwenn “yo”, “man”
(pwononse menn), nan lis entèjeksyon, jèn yo itilize nan plas “ey” pou yo atire atansyon
yon lòt jèn parèy yo. Nou jwenn “zofanm” (paj 19), pou yo montre kalite trè fizik yon
fanm. Nou jwenn “zo” pou kont li tou, “m pa nwi” (paj 23), k ap parèt nan langaj jèn yo,
li vle di “sa pa deranje m”. Woman an kite nou ak enpresyon se yon travay ki pa fini,
akote sèten neglijans ki pase tankou fot nan tape, ponktiyasyon. Anpil fwa otè a
boukante non pèsonaj yo nan aksyon yo.

Anba Bòt Kwokodil
Nan Anba bòt Kwokodil, Patrick Sylvain soulve difikilte yon jenn gason (Jozafa)
genyen pou li deside si pou li rete viv nan peyi a (Ayiti), osnon si pou li al viv aletranje
(Etazini). Difikilte a sòti nan presyon l ap pran nan men manman l ak sa l ap pran nan
men madanm li. Nou nan peryòd diktati Divalye a k ap ratibwaze jenn gason, espyon
toupatou ap veye bouch moun k ap pale. Èzila, manman Jozafa, ki te plase avèk yon sèjan meriken sou lokipasyon, devlope repiyans pou tout sa ki meriken, pou fason meprizan, demounizan sèjan meriken an te trete l.. Mete sou sa, li gen enfòmasyon sou fason blan ap trete moun nwa nan Sid Etazini. Sa li tande yo raple li sa peyi a te viv sou lokipasyon, “Pa bliye moun blan nan sid pa vle wè moun nwa; anpil nan marin yo se nan sid yo te sòti e se yon peripesi yo te fè n pase” (paj 261). Moun ap mouri nan peyi a, bèlfi a, Malèn, pa nan koze rezistans kont diktati Divalye ki nan bouch Jozafa a. Sèl pòt sòti li wè, se kouri kite peyi a bay Divalye “nou menm fanm nou konn reve tou… Nou gen de timoun piti la a, fòk youn nan nou panse a lavni yo. Fòk pye youn nan nou byen plante…” (paj 218). Nan woman sa a, pozisyon depaman sa yo pa fèt nan echanj fas pou fas nan mitan 2 medam yo. Se nan tèt Jozafa de lide yo al bouyi.
Patrick Sylvain kondi istwa a san li pa monte tansyon sispenns la, si se pa jis nan fen liv
la nou viv presyon yo reyèlman. Men, nou santi anbyans la pa bay moun anvi viv, nou
santi Èzila se yon moun ki kòche (blese) nan relasyon li te genyen ak Meriken an.
Dezespwa ak malè ap fè viwonn kay tout moun, atò moun k ap sèvi rejim nan. Istwa a
pral pran koub li tout bon lè yon jandam ouvè zam sou yon makout ki reponnli ak kout
zam pa l “Rafayèl annik wè zam Bòs Masèl la, … li tire sou Bòs Masèl… Bridsoukou, tèk-pou-tèk, yo chak reponn ak kout zam pa yo” (paj 249).
Sou plan literè, Patrick Sylvain ale lwen nan kantite detay li ka bay lè l ap fè yon
deskripsyon, “L’abiye ak yon wòb plake san manch ki bay sou tèt jenou l’. Wòb lan koulè ble ak ti boul “pokodòt” blan sou tout kò wòb la”, “Nen Malèn bazòl, li pa ni twò pwenti, ni twò plat. Bouch li, anba a byen plen, on ti jan epè men li pa pwès, anlè a fè yon ti monte lejèman” (paj 71). Patrick Sylvain montre li metrize kreyòl popilè a, sitou nan dyalòg yo “…, ban ba w on ti konsèy. Kannari w deja rabouch, poukisa ou pa bouche l pou l sispann vide dlo ?” (paj 60), “Bouche pa koupe vyann ak mòso bwa, se ak manchèt yo sèvi. Alò lè Lisifè sèvi ak zam se ak zam pou reponn” (paj 219). Otè a pran anpil anpil libète ak lang nan. Li pa bay tèt li okenn regleman lè pou li itilize detèminan yo (a, an, la, lan, nan), li sèvi avèk yo jan li pito, “M sonje jan nou te konn jwe jwèt timoun yo ap jwe an” (paj 168).
Men, lekti woman an vin lou, lè Patrick Sylvain deside antre nan demach sèvi ak pwòp
mo li kreye nan lang nan, “Jozafa te twò kontan wè yo, li akolade yo fèmeman” (paj
231), “yon matonnman grenn klou”, “manmzèl pa ta renmen chimerit Jozafa” (paj
233), epi “efranyisite” (paj 239), “koupabilize” (paj 241), “sanginèsite” (paj 245),
“nwasite” (Paj 246), “ekosifye” (paj 247), “zeguifye” (paj 248).

Adelina
Woman Adelina a se yon istwa damou ant yon jenn fi ak yon jenn gason. Sa ki kreye
enterè nan woman an se paske 2 pèsonaj santral yo (Adelina ak Wodòlf) soti nan de klas sosyal ki nan de bout ekstremite sosyete a. Ki fè, Ewald Delva (E.D.) kanpe yon
pwototip fanm malerèz k ap pote fado tout ti peyizan peyi a nan yon alyans sosyal ant 2
klas kòm 2 moun ki pa ta dwe rankontre alewè pou yo ta rive renmen. Woman an ka
sèvi kòm senaryo pou yon feyton televizyon. Nan konsepsyon otè a, relasyon lanmou ki
genyen ant Adelina ak Wodolf la parèt tankou yon reparasyon sosyal istorik “Mwen
renmen w poutèt senserite kè ou/ Ou fran/ Ou diy de mwen” (paj 105). Wodòlf (kòm pitit
grannèg) gen konsyans se yon favè li fè Adelina dèske li renmen li, se tankou se yon
byen l ap fè pou ti pèp la, “olye pou li ta louvri de bra li byen laj, pou li ranmase lamàn ki
ap sòti nan syèl tonbe nan dezè li” (paj 72). Tout engredyan yo la, yon malerèz dènye
degre ki t ap pase mizè epi lavi li pral baskile…
Men ki jan otè a wè Adelina: “Adelina se yon bèl demwazèl byennelve. Li gen yon bèl koulè nwa marabou, jansiv vyolèt, chenèt dan blan byen aliyen… Tout fòm kò Adelina byen fèt, byen detaye” (paj 31). “Adelina nan laj sèzan, te al pase ekzamen sètifika li san grate tèt” (paj 35). “Pou byen asire plas travay li, peyizàn Adelina toujou fè bòn jès ak tout moun nan kay la… Demwazèl la gen tout dis dwèt li nan koze kizin. Li souriyan epi akeyan sou tout pwen. Li bèl epi li entèlijan alfwa” (paj 60). “Abitan an (Adelina) konnen tout fason pou li resevwa moun … ou pa pe wè Adelina ap mache sou moun dri dri. Si li ta oblije mache, se pou dabò li ranmase tout rad li, ak bèl eskiz, anvan pou li pase bò kote yon moun” (paj 68).
Men kijan Adelina wè kwayans paran li yo : “… Masiyon te mande Adelina pou li janbe
yon boukan dife… Adelina pa te vle, … li te rive janbe li andeyò volonte li (paj 36). Kòm
reyaksyon pou iyorans yo, li fè manman l konnen “… mwen pa lwen pou mwen konvèti
nan pwotestan” (paj 37).
Diferans ant klas sosyal yo pral parèt nan lang franse a otè a chwazi pou li fè pèsonaj ki
nan sèk Wodolf yo pale, “- Rodolphe mon amour, aie donc pitié pour ta mère!”, “-Mamie, cela ne regarde que moi, merci.”, “-Non mes amis, c’est une honte. Une servante de ta maîtresse, comment te sens-tu?” (paj 158). Tankou jan tout lektè ki konn mès peyi a t ap tann sa, fanmi Wolan pral voye pye devan “mezalyans” la. Men, si anpil lektè t ap tann rapò ant klas sosyal yo pral dejenere pou yon kriz total pete nan woman an, y ap pran yon bèl desepsyon. Sa k pase? Otè a dejwe atant lektè yo. Yon ensidan (otè a kreye) pèmèt li kraze tout baryè sosyal, “Anaïde, Petite sœur, tu m’en veux… Mais bien avant ma peau, je te supplie de conserver l’embryon que tu portes à peine pour ce musicien de jazz” (paj 158). Nan 2 replik otè a kraze tansyon an pou li pa tounen kriz, “Adelina (Jidit) te rive konn tout anndan kay Montaynwa a, paske Anayid ki vini si tèlman bon zanmi li…” (paj 160).
Avèk Adelina, Ewald Delva montre nou li konn tradisyon peyi a. Sèn fiyansay la (paj
138) se yon veritab kado pou orijinalite li. Woman an se yon kwazman 2 kont ki soulve
tout kalite kesyon ki gen rapò ak vijinite, an Ayiti. Sou bò Adelina, vijinite “bòbòt” la se
objè sakre pou moun pa vòlè nan kont la. Adelina gen yon pakèt eprèv pou li travèse ak
misyon pou li pwoteje objè sakre a. L ap gen pou li refize òf gason “ki pa pou li”, l ap gen pou li defann tèt li kont gason ki vle vare sou objè sakre a; l ap genyen pou li reziste
anba tantasyon vann kò li pou li ka manje, li pral viv nan dènye degre malsite lavi a
(dòmi nan …). Eprèv sa yo ki devan Adelina yo, se senbòl baryè sosyal Adelina genyen
pou li travèse yo pou li ka jwenn “lamàn nan dezè” a. Amelya, manman Adelina, jwe wòl
adjwen nan kont la, paske se li menm ki gen sekrè “klete” a pou moun ki pa gen modpas la pa ka rive nan chanm sakre a. Nan dezyèm kont la, ewo a se Wodòlf ki pral pati dèyè objè sakre a, ki pral travèse eprèv pa li (vwayaj, fanmi), pou li al chache kle (fiyansay la) k ap pèmèt li jwenn modpas objè sakre a.
Ewald Delva itilize plizyè estil pou li ekri woman an. Li itilize kreyòl popilè a nan dyalòg
yo, li itilize lang franse a pou pèsonaj ki nan sèk Wodolf yo. Epi, anpil fwa, li mete
womans yo sou fòm pwezi klasik (vèsifikasyon, metrik, eks), “Kwak ou pa fè cheve w
lis/Se pou sa m renmen w piplis” (paj 98). Men, pi gwo feblès nou jwenn nan woman sa
a, se konstriksyon fraz yo ki sanble twòp ak konstriksyon fraz franse, “Adelina te gentan
fè de vwayaj Chanbelan, nan bato, ale anonse rive Mennaj li” (paj 113). “Amelya anfen te fini pa reziyen li, e bay legen a koutwazi enkoni an” (paj 124), “li ekskize depite Edwa pa yon souri fòse” (paj 127). Liv la vin sanble yon tradiksyon woman franse. Se tankou otè a te panse woman an an franse epi li ekri li an kreyòl. Nou ka wè sa nan kantite fòm
advèbyal franse otè deside kreyolize san li pa pèdi tan al chache yon fòm kreyòl ki te ka
fè lide a pase pi byen,”Palasuit, anvèti amitye yo” (paj 29), “Mwen ap marye avèk ou
soulechan” (paj 40),”asontou” (paj 51), “sandezanpare” (paj 60), “andepidetou”,
“toujouzètil” (paj 68), “osivit” (paj 69) “Dòdòf, vi laj ou” (paj 100) “…, pouvike nou konn
sa nou ap fè” (paj 107).

Kèkèt ak Janmari
Nan Kèkèt ak Janmari, Rhoddy Attilus kanpe pou nou istwa yon jèn koup k ap viv ak
dout nan relasyon yo. Janmari sispèk madanm li, Kèkèt. Li twouve li twò alèz ak yon
zanmi gason. Men, nan rapò anndan koup la, se Kèkèt ki dominan an, akoz aisirans li
genyen sou santiman l, mete sou imaj bèl fanm k ap fè tèt nèg vire. Nan woman an, Kèkèt se yon bèl fanm ki pa t dwe renmen Janmari, “Mesye, kòman nou fè kite peyizan sa vin pwan bèl fanm sa nan men nou la?” (paj 20) Men, se pa sèl sitiyasyon k ap fè Janmari dominen. Anvan yo te marye, renmen an te manke gate akoz yon lòt nèg ki t ap file Kèkèt. Kèkèt sou bò pa li pa ka fè Janmari konfyans tou, akoz yon kliche ki di “fanm renmen gason ki gen bèl fanm” (paj…). Menm si pa gen danje reyèl pou koup la, Kèkèt twouve Janmari twò serye pou li. Lavi a mande yon ti fantezi ki pa gen plas li nan detay pwenti ki nan liv lavi Janmari a.
Men ki jan otè a prezante Kèkèt : “Kèkèt, se yon chedèv lanati. Timoun ki leve Okap, ki te lekòl kay mè, ki etidye administrasyon” (paj 19). “Kèkèt bèl vre. Li pa gen anpil cheve, li renmen penyen afwo, li gen yon ti koulè kafe ole, men w ta di gen plis kafe pase lèt. Dan l blan kou koton, li gen jansiv vyolèt… Li gen bèl otè, vant li plat, dèyè l sòti, Woy” (paj 21).
Tou de pèsonaj yo anbake nan yon kous kont tantasyon chanèl. Kiyès k ap ka kenbe ?
Kiyès k ap sede? Si Janmari jwenn fi k ap pote tèt yo ba li, Kèkèt sou bò pa li tou pa alabri avèk sè, zanmi k ap ba li presyon pou li leve pye l. “Mwen pran plezi nan wòl m ap jwe a, paske m ap sèvi pitit mwen ak yon nonm mwen damou” (paj 58). Moun k ap bay Kèkèt pwoblèm nan istwa a se yon grann k ap fè moun pale moun ki konvèti mal. Etan Grann ap mache legliz, l ap boule lansan, l ap bat kat pou moun. Lafwa levanjil Grann pa anpeche l travay pou Ayisyen ki Ayisyen. Malgre endiferans vivan yo ak jouman pou lwa yo, mistè yo toujou la ap kondi lavi vivan…
Sa ki enteresan nan woman sa a, se fason otè a dejwe lektè a sou atant ak tansyon ki gen nan istwa a. Etan tout moun ap tann ki jan istwa fidelite koup la pral fini, otè a anbake pèsonaj yo ak tout lektè yo nan yon vwayaj mistik k ap kondi yo ale san yo pa konnen, malgre levanjil, malgre lakominyon, malgre jouman. Lwa ap danse nan tèt moun san yo pa konnen, lwa ap mete sekrè moun deyò, lwa ap trase wout pou moun, y ap pwoteje pitit yo san yo pa fè wè yo la, desten vivan yo nan men yo.

Kèkèt ak Janmari se yon woman kote otè a prezante kilti ayisyen an avèk yon rega
pozitif, agreyab. Li sènen kilti nan otonomi li ak bonte li. Sa vle di kilti a egziste pou
moun k ap benyen nan kilti a. Li pa ka egziste pou moun ki pa ka viv li.
Rhoddy Attilus ekri woman an nan yon melanj kreyòl, varyete Pòtoprens ak varyete Nò.
Otè pase egzamen an, paske estil la ale dous san fòse, ni rechèch metafò sofistike. Nou ta gendwa di, genyen elegans nan sèten sèn ewotik. Men gen anpil kote otè a repran kliche k ap sikile sou fanm nan sosyete a san li pa reyaji, egzanp : “fanm rizèz twòp” (paj 15), nan jwèt bòlèt, “kaka se revè a fanm” (paj 23), “ou kwè se aza k ta fè yo tonbe konsa” (paj 24). Otè a chwazi pa mennen deba a sou teren koreksyon estereyotip yo. Lè otè a pa fè sa, li asepte yo…
Gen anpil pasaj an franse nan woman an ki jennen kadans lekti a. Li te ka pi enteresan si otè a te ekri liv la an kreyòl sèlman, konsa lektè a pa t ap pèdi tenmpo lekti a. Nou
remake otè a deside ekri moso fraz franse yo dirèkteman an franse, lè se yon pawòl kote kreyòl melanje ak franse, “kèkèt te sou galri a ap gade les passants”, “comme à
l’ordinaire”, “à travers l’infidélité”. Nou prefere l konsa pase pou otè a ta jis ekri bout
fraz franse a nan òtograf kreyòl la.

Kolangèt Madan Bwadòm
Edgard Gousse prezante nou peripesi yon manman Rayisa ak 2 pitit fi li, Mandala ak
Sofi. Istwa twa medam yo kòmanse nan yon moman kote grann Rayisa mennen li lakay
fanmi Saliba, nan vil Gonayiv, pou li vin travay kòm bòn, dekwa pou li ka fè ti kòb pou li
achte sa li bezwen. Tanzantan ti pitit gason Saliba vin nan kò Rayisa pou yo fè bagay
ansanm. Lè sa a, Rayisa te sèlman gen 14 an. Etan Rayisa te nan kay la avèk Ti Saliba, li te gen yon lòt anmore tou, Bouk Baka, moun menm kondisyon sosyal avèk li. Rayisa vin ansent, li deside l ap lage gwosès la sou do Bouk Baka, nèg ki ta pi ka sanble papa pitit li, “Ou fin gwòs mwen, epi se kesyon sa a ou poze mwen ? Ki kote ou pral mete m viv atò” (paj 50). Rayisa vin ansent yon dezyèm fwa, li fè Sofi, li bat jouk li jwenn Bouk Baka plis yon lòt anmore (Jolikè) ki pou rekonèt pitit la ansanm. Malerezman pou Rayisa tou de mouche yo pral mouri. Lanmò sa yo ouvè yon vàn tribilasyon ki parèt tankou yon madichon Rayisa ap peye pou 2 rezon. Bwa dife Rayisa ap bay lafimen, lafimen gason k ap toupizi fanm, lafimen lenjistis (paj 92). Malgre l ap woule anba gason pou li ba yo kout pitit, l ap trennen dèyè l erè li fè depi nan ansent pou Ti Saliba, dezyèm rezon an se koze “dous pou dous” la sosyete ayisyen an pa admèt la. Men pou otè a esplikasyon an sòti nan bal pèpè k ap sòti Nouyòk ak Miyami ki vin detwi metye kòdonye ak metye koutiryèz nan peyi Ayiti a (paj 94)
Mandala, sou bò pa li, se yon fanm k ap viv pou lanmou. L ap chache lanmou pou
lanmou. Mandala pa konn ki sa li ta bay pou ti moso jwisans lanmou. L ap rate jou lekòl
pou li ka ansanm ak mennaj li. Rayisa deja ap poze tèt li kesyon pou Mandala, “… pou l
konnen si se pa tout kont mal taye li te konn fè nan lavi ti demwazèl li ki tounen pichon vin tounen sou premye pitit fi li jodi a” (paj 92). Se li menm ki mache sou gason yo, epi istwa li yo pa janm fini jan li ta swete yo. Sou plan sa a, Mandala se pitit manman l ak sèl diferans, lavi a fòse Rayisa aprann woule anba gason kote Mandala ap pèsiste chache lanmou jis pou lanmou.
Epi Sofi ki pi piti a, se li ki rive jwenn chans yon nèg ki renmen l tout bon…
Edgar Gousse chwazi ekri woman nan yon estil ki cho, sa vle di pawòl yo malouk, “Se
etidyan, ki poko fin doktè, ki t ap fè estaj yo sou kadav Bouk Baka ki te vivan toujou” (paj 62). Pawòl yo sale lè yo pa plen fyèl nan sèten dyalòg nan mitan pèsonaj yo, “Kolangèt Madan Bwadòm! gade ki jan krab bouyi mòde m” (paj 56), “Ey…! Bègwè, ou pa tande m ap pale avèk ou, pou ou leve tèt ou gade mwen?” (paj 49), “Bon, ou monte sou vant mwen Fizeme, ou fin fè sa pou ou te fè a, epi ou kraze rak… ou fout gwòs mwen, tande. Mwen te vle fè w konn sa” (paj 57), “Fizeme, mwen vle fè w konnen yo pa chatre chen de fwa” (paj 68). Men tou, chak sitiyasyon mache ak yon pwovèb “Anvan chwal te gen maling, mouch te viv” (paj 71), oswa yon pawòl an daki. Daki a tradui filozofi lavi pèsonaj k ap pwononse yo, lè se pa otè a li menm ki sènen sitiyasyon an avèk daki a, men filozofi lavi Rayisa “Yo toujou di kote bourik mare, se la yo ba l manje” (paj 48), epi men limit sekrè Bouk Baka “Bòkò toujou di li retire moun nan twou men se Bondye ki bay gerizon” (paj 51).
Nou pa note enfliyans lang franse nan fason Edgar Gousse ekri. Okontrè, sa ki atire
atansyon nou se chwa otè a fè pou li swiv kontrent fonolojik lang nan sitou lè yon “l” ta
twouve li nan vwazinaj yon son nazal, egzanp : [tann li] ap bay [tann ni] anba plim Edgar
Gousse paske se konsa pawòl la sòti nan bouch anpil moun nan lwès ak Sid k ap pale
kreyòl.

Agasya
Pèsonaj Agasya se yon pèsonaj tipik, yon pitit peyi a ki se yon fanm ki sòti nan milye
tiboujwazi a, ki al pantan sou fon kiltirèl peyi a epi ki deside anbrase kilti peyi a san
preparasyon.
Istwa Agasya kòmanse ak yon envitasyon ki vin jwenn yon ekip zanmi pou y al asiste
yon seremoni lwa ki t ap fèt nan yon seksyon kominal tou pre vil Marigo. Etan Agasya
nan seremoni an, yon lespri monte nan tèt li san li pa ka konprann. Apre esperyans sa a, Agasya pral pran desizyon pou li monte yon sèk etid nan vil la ak yon gwoup notab pou yo ka konnen ki sa vodou a ye. Sa pral kreye eskonbrit nan mitan moun nan vil la, pifò moun nan vil la pa dakò pou y ap vin fè reyinyon satanik nan vil la. Anpil vwazen ak
zanmi pral vin lènmi akoz demach sa a.
Pwoblèm sa yo pa briding Agasya ki deside avanse pou kont li. Agasya deside fòk li al
inisye (kouche). Inisyasyon an pral mennen tout kalite malè pou Agasya. Ki sa chwa
Agasya fè a pral pote pou li ? Se la tout enterè liv la ye ?
Lè nou li woman ak yon kout je sou po, nou wè malè Agasya soti nan desizyon li pran
pou li al inisye a. Men leson nou tire nan liv la montre nou, yon kilti se pa yon fenomèn endividyèl, yon kilti se yon fenomèn sosyal ki bezwen yon gwoup moun pou li
manifeste. Inisyativ mete sèk etid sou vodou nan vil la deja mete pikan kwenna pou kilti
sa a ta epanouyi nan milye sosyal Agasaya a. Mete sou sa, l al fè yon inisyasyon an
kachèt, san preparasyon. Desten Agasya te tou trase…

Èske nou jwenn sa nou t ap chache a ?

Nou li 6 woman kote nou pran 10 pèsonaj ki senbolize fanmm anndan woman yo. Gen 2 gwo tèm ki domine nan woman sa yo. De gwo tèm yo, se relasyon fanm ak gason nan renmen. Dezyèm lide ki prezan nan woman ekriven sa yo se rapò medam yo ak kilti popilè a pou nou pa di vodou a.
Anndan tèm relasyon fanm ak gason an, nou ka jwenn titèm tankou: kout pitit, vijinite,
komès lanmou, pwostitisyon degize.
Nan rapò pèsonaj yo avèk kilti popilè a, nou jwenn majorite nan pèsonaj yo rejte kilti
popilè a. Lè yo pa rejte l, tankou nan ka Agasya a, yo peye konsekans la tou. Men tou, fòk nou di youn nan woman ki trete kesyon kilti popilè a avèk yon kout plim pozitif se
woman ki rele Kèkèt ak Janmari a. Men tou, nou te vle wè kouman kliche ak estereyotip kont fanm nan sosyte a travèse woman yo. Malerezman, nou jwenn yo anpil. Kit se nan imaj sèten otè konprann ki se yon imaj pozitif pou fanm (Adelina), kit se nan fason gason konstwi imaj fanm nan tèt yo (Kèkèt ak Janmari, lanmou Bredjenn, Kolangèt Madan Bwadòm).