500tyèm Anivèsè Bannann ann Ayiti (1516-2016) Dapre Jerry M. Gilles (Djeri M. Jil) ak Yvrose S. Gilles (Ivwoz S. Jil)

Bannann sot nan Ginen li rantre Ayiti an 1516 pandan epòk komès moun kòm esklav la. Pandan potko gen bannann nan Amerik la, te deja gen bannann sou tout Laplas Ginen ann Afrik, depi nan peyi Kongo pase Alada Dahomen rive Senega, te deja gen bannann sou tout Lakòt Ginen e te gen plizyè diferan kalite.

Jan nou wè bannann jodi a, se pa konsa ansyen bannann yo te ye. Ansyen bannann yo te gen gwo grenn tankou grenn sitwon konsa e grenn yo te ka pouse pou fè pye bannann. Afriken te pito plante bannann ki gen grenn rachitik. Tank Afriken chwazi plante bannann ak grenn ki pi rachitik, alalong grenn yo vin sanse disparèt nèt. Ti pwen nwa lan nannan bannann yo se rès grenn yo. Afòs grenn yo vin piti, yo gate. Yo vin pa ka pouse pye bannann ankò. Alèkile, toujou gen detwa ansyen kalite bannann yo k ap grandi nan rakbwa ann Afrik, men moun pa plante yo nan jaden.

Lè zwazo manje bannann ki gen grenn, grenn yo pase nan trip zwazo epi yo al tonbe byen lwen. Kote yo tonbe yo, la yo pouse. Alèkile kòm bannann nou manje yo sanse pa gen grenn, se moun ki sètoblije epapiye pye bannann sa yo. San pa sa, se kote bannann nan plante a, se la ase nouvo rasin leve pou fè nouvo plant.

Se ansyen bannann ak grenn yo, ki te rantre ann Afrik soti lan zòn Sid Azi a, lan zòn peyi Enn. Anvan komès Afrik – Sid Azi, pa t gen bannann ann Afrik. Sa gen apeprè 3000 ane depi bannann soti ann Azi epi yo rantre abò batiman sou kòt lès Afrik la. Alèkile lasyans rele ansyen komès Afrik-Sid Azi a, Komès Monsoun. Nan komès sa a, Afrik resevwa manje tankou bannann ak mazonbèl, epi Sid Azi resevwa melon, pwa, pitimi.

Sanble ann Azi, se moun Zile Papwa ki premye fè bitasyon bannann. Sa gen 7000 ane depi yo te kòmanse fè kalite bitasyon sa yo. Ann apre, bannann al nan zòn Enn lan epi sa rantre ann Afrik 3000 ane anvan jodi a. Alèkile nan peyi Kongo, gen 120 varyete bannann, 60 kalite fig mi.

Si tèlman Eritye Ginen gen lontan depi y ap plante bannann, nou konn yon pil fason pou n prepare l. Nou bouyi l. Nou fri l, nou boukannen l. Nou sèvi ak lèt pòpòt bannann pou n fè san kaye, anpeche blese senyen twòp. Nou sèvi ak fèy bannann pou n vlope manje. Ata chouk bannann, ata menm rasin li, moun konn manje. Men pi souvan se lè sechrès, lè pa gen lòt chwa, Afriken manje sa. Si pa gen gwo nesesite, se bèt Afriken bay manje chouk ak rasin pye bannann. Nan rès Karayib la, tankou ann Afrik, moun konn fè yon bwason alkòl ak ji bannann, men nou pa okouran si Ayisyen fè sa tou.

Poutèt fredi ann Ewòp, bannann pa pouse la. Kifè, se lè Ewopeyen te rive ann Afrik, se lè sa a yo te wè pye bannann pou premye fwa. Yo te twouve pye bannann dwòl. Yo te voye nouvèl ann Ewòp ak tout desen ki esplike pye bannann se yon pyebwa san bwa.

An jeneral, Afriken pito kuit bannann pandan yo manje fig san kuit. Se paske nou kuit bannann menm ki fè nou konsidere l kòm viv. Nou pa vrèman konsidere l kòm yon fwi paske ti grenn ki ladan l yo vin tèlman piti, nou vanse pa ka wè yo menm. Alèkile, lasyans klase bannann ak fig kòm diferan branch nan yon fanmi plant yo rele misa. Yo chwazi non misa sou non Arab bay bannann.

Se moun Nanchon Mede ki bay bannann non bannann nan. Se mo pa yo nan lang Woulòf pou dwèt. Poutèt sa, ann Ayiti, chak grap bannann vin rele pat. Ak abitid moun nanchon Mede rele bannann dwèt, an 1521, yon Italyen, Antonyo Pigafeta, ba yon kalite bannann mi non fig. Fig soti nan mo tankou mo anglè finger ki vle di dwèt.

Mo Italyen fig la pran pye anpil kote, kifè ann Ayiti nou konn sèvi ak mo fig la tou. Men gen lòt kote, mo fig la pa t pran. Pa egzanp, Panyòl yo te toujou sonje se ann Afrik pyebwa a soti epi poutèt sa, yo rele fig guineo, ki vle di plant ki sot lan Ginen. Ann Ayiti, nou konn met mo Nanchon Mede a ansanm ak mo Italyen an epi nou rele fig mi, fig-bannann.

Pandan 20tyèm syèk la, Ameriken te fè anpil bitasyon fig bannann lan plizyè peyi nan Karayib la. Pou fasilite anbale fig yo pou espòtasyon, yo plante yon sèl kalite fig bannann. Yon maladi vin tonbe sou varyete yo te plante a, epi tout mouri. Alèkile, lè w achte sirèt ki gen gou fig bannann, ou ka remake gou a pa fin gou fig bannann toutbon. Sa rive paske sirèt sa yo gen gou fig bannann ki disparèt la.

Kòm bannann soti ann Afrik pou rantre nan Amerik la, e kòm kolon te rekonèt bannann kòm yon manje Afriken, move tretman kolon te bay Eritye Afrik vin detenn sou repitasyon tout bagay Afriken, ata sou bannann. Se konsa si w di yon moun ou bannann, sa vle di sa pa p bon pou li.  Bannann pa jui bèl repitasyon. O Zetazini yo konn di yon moun bannann paske l fou: “he has gone bananas”. Ameriken menm rele peyi k ap mal mache, Repiblik Bannann: “Banana Republic”. Atò mo banana a se yon varyasyon pwononsyasyon fig-bannann depi lan Ginen, nan zòn moun Nanchon Mede. Menm jan kolon yo te pale Eritye Ginen mal, konsa yo te lage move bouch sou bannann.

Bannann te enpòtan nan Komès Moun kòm Esklav la. An 1460 konsa, Pòtigè debake nan Ginen epi yo kidnape Afriken, mennen yo sou zile Kanari pou travay kòm esklav sou bitasyon kann. Bitasyon sa yo vin fè Pòtigè`yo enpòte anpil bannann soti nan Ginen pou bay travayè yo manje. Se menm travayè sa yo ankò ki plante bannann yo, paske se yo ki te konn bout bannann e se yo ki te bezwen l.

Ann Ayiti, Eritye Ginen te plante bannann nan ti jaden manje pèsonèl yo paske tout danre sou gwo bitasyon yo se te pou espòte bay Lafrans. Alepòk, Eritye Ginen sou teritwa a pa t gen tan pou yo travay pwòp jaden pèsonèl yo paske jounen travay nan bitasyon kolon an te twò long. Sa te gen dwa dire menm 20 èdtan nan yon sèl jounen. Poutèt sa, yo te pito plante bannann nan ti jaden pèsonèl yo paske bannann pa mande anpil antretyen e sa donnen anpil pandan tout lane a. Yon jaden bannann ka rete ap fè bannann sou bannann pandan menm 30 ane konsa. Tèlman bannann pwodui anpil, yon kawo tè bannann ka pwodui 200,000 liv bannann pa an. Sa reprezante 10 fwa valè yanm yon jaden menm gwosè a ka pwodui, 100 fwa kantite patat menm valè tè a ka pwodui. Met sou sa, bannann se manje ki bay anpil fòs, anpil kalori, e Eritye Ginen ki t ap travay sou bitasyon yo te bezwen kouraj. Bannann bay fòs pase fig-mi. An jeneral, bannann gen 30% plis kalori pase fig.

Kòm legliz te kole sere ak Komès Moun kòm Esklav la, premye debakman bannann ki fèt sou teritwa Ayiti a se Pè Toma de Belanga ki te pote l an 1516. Se misye ki te pran bannann sou Zile Kanari yo epi li pote l bò isit pou bannann te ka sèvi kòm manje pou moun ki t ap travay kòm esklav sou bitasyon ann Ayiti yo. Sa l te wè sou Zile Kanari yo, se sa l vin repete ann Ayiti.

Pandan fen ane 2016 la,  an nou sonje jan Ansyen Ginen yo te arive manipile lanati pou yo kreye bannann san grenn. An nou rekonèt bannann se yon eritaj ki gen 3000 ane lakay nou kòm Eritye Lafrik Ginen, epi ane 2016 la fè 500 ane depi bannann rantre vin jwenn nou ann Ayiti. 

Bookmanlit                                                                                                                      P.O. Box 290464                                                                              Davie, Florida 33329- 0464                                                                                                                               E-mail: info@bookmanlit.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>