Savalouwe pou uit (8) fanm vanyan ki pwodui nan lang kreyòl ayisyen an

Nan okazyon 8 mas 2019 ki se jounen entènasyonal pou respè dwa fanm, Akademi Kreyòl Ayisyen
an pwofite fè yon koutflach sou kèk fanm ki travay pou bay Lang kreyòl ayisyen an yon plas enpòtan
nan domèn travay yo, kit se nan Lasyans, Literati, Mizik, Sinema, Laprès, elatriye.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm, yon moman ki make diferan lit fanm yo mennen sou latè
ak nan peyi Ayiti, AKA voye yon gwo kout chapo pou tout fanm ayisyen ki pote kontribisyon nan
devlòpman peyi Ayiti. Lis la ta ka pi long men Akademi an chwazi voye ochan pou 8 fanm ayisyen ki
pwodui nan lang kreyòl ayisyen pandan y ap kontribye nan develòpman sosyete ayisyen an :
1. Suzanne Comhaire-SYLVAIN
Li se premye fanm peyi Ayiti ki reyalize rechèch syantifik nan domèn Etnoloji epi montre nesesite ki
genyen pou edikasyon timoun yo fèt an kreyòl nan peyi Ayiti. Suzanne C. Sylvain reyalize yon latriye
travay syantifik nan yon moman kote peyi Ayiti te sou Okipasyon ameriken (1915-1934). Pami zèv li
yo, n ap site : Le créole haïtien : morphologie et syntaxe. Port-au-Prince: Caravelle, 1936. Genève:
Slatkine Reprints, 1979. Antwopològ, Fòkloris, Lenguis, potorik fanm sila te pwouve lang kreyòl
ayisyen an se yon lang ki granmoun tèt li. Pou plis enfòmasyon, vizite lyen sila : http://ile-en-
ile.org/comhaire-sylvain/.
2. Mercédès Foucard GUIGNARD (Déïta)
Mercédès Foucard GUIGNARD pibliye plis pase 15 liv an kreyòl ki gen pou wè ak kilti peyi Ayiti
keseswa esè, kont, pwezi, teyat. Piblikasyon Esperans Dezire nan fen lane 1980 yo plase Déïta
premye womansye fanm nan Literati kreyòl ayisyen an.
3. Emeline MICHEL
Diva Emeline se yon vwa ki depase fwontyè. Yon atis wòdpòd ki gen renonme entènasyonal. Ak
mizik li yo, li pote lang ak kilti kreyòl ayisyen an toupatou nan lemond.
4. Lumane CASIMIR
Lumane CASIMIR se yon chantèz tradisyonèl ayisyen. Ak kèk chanson tankou : « Panama m tonbe
», « Papa Gede bèl gason »… ki te nan bouch prèske tout pèp ayisyen an nan lane 1940 ak 50 yo,
Lumane pase kòm yonn nan premye fanm vedèt peyi Ayiti ki te atire anpil je sou li.
5. Carole DEMESMIN
Carole se yon senbòl vivan nan fè pwomosyon chante ak valè kiltirèl pèp ayisyen an. Li pa sispann
goumen pou valorize kilti pèp ayisyen an toupatou sou latè.
6. Judite BLANC
Doktè nan Sikoloji, Pwofesè Judite BLANC pote yon bèl kontribisyon pou devlòpman Lang kreyòl
nan domèn Lasyans (sitou nan Sikoloji). Li pibliye plizyè dokiman tankou E si sikoloji kognitif ka
demanti lejann ke kreyòl pa lang lasyans ? Yon tèks ki disponib sou sit entènèt : « Les Classiques
des sciences sociales». Bòkote, Serge MADHERE, Sterlin ULYSSE, Judith BLANC patisipe nan liv :
Toubiyon Twoma Lesklavaj ak Kolonizasyon: Dangoyaj Panse Afwo-Karayibeyen. Québec: Les
Éditions science et bien commun, 2017.
7. Suze MATHIEU
Pwofesè Suze MATHIEU jwe yon wòl enpòtan nan fè pwomosyon Lang kreyòl ayisyen an. Poudayè,
pwofesè Suze toujou fè kou li an kreyòl nan (Faculté Sciences Humaines). Li ekri yon liv enteresan
Depi nan ginen nèg renmen Nèg. Yon liv ki konbat vye lide ki vle fè kwè se depi an Afrik Nèg pa vle
wè Nèg.
8. Liliane PIERRE-PAUL
Liliane PIERRE-PAUL ap goumen depi plis pase 30 lane kòm jounalis. Se yon potomitan nan lit
demokrasi nan peyi Ayiti. Kontribisyon li nan lang kreyòl ayisyen pa gen pri. « Jounal 4trè » sou
radyo Kiskeya, se yonn nan prèv ki montre angajman li pran pou fasilite tout Ayisyen tande
enfòmasyon nan lang yo, Kreyòl.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm, Akademi Kreyòl Ayisyen ap pwofite di tout Akademisyèn
li yo mèsi paske yo chwazi travay san pran souf pou vansman lang kreyòl ayisyen an. Savalouye
pou nou Akademisyèn : Odette Roy FOMBRUN, Adeline Magloire CHANCY, Rosilia François
CORNEILLE, Marie Rodny Laurent ESTEUS, Rachelle Charlier DOUCET, Marie Marcelle Buteau
RACINE, Marie Jocelyne TROUILLOT.