Analiz literè Tèks 18 – Pè Sèt (1994) paj 72. liv pwezi Josaphat Robert Large Jeanie Bogart – Oktòb 2018

 

Tèks XVIII

yo mèt mare konplo sou tèt nou

makonnen manti ak kout lang

yo mèt leve onè n frape l atè

      kè n lan jwèt la

      lespri n sou tab la

      nou pa p fè bak !

e n ap pale pou zòrèy kokiy sa koute

pou kòn lanbi tande

      nou di

     nou pa p tolere enjistis !

     nou pa p kite lonbraj touye flè nan jaden !

     nou pa p kite malè toufe dife bonè !

ponyèt nou pa pè

kouraj nou djanm

se depi dikdantan nou lan batay

e lan batay n ap rete

                                pè sèt

Nou te ka kòmanse analiz powèm sa a nenpòt fason, paske gen plizyè eleman ladan l ki enteresan. Men n ap kòmanse ak chan leksikal la ki louvri chimen pou di nou sou ki bit powèt la kanpe, lan ki sans li vle ale ak sa l ekri a. Fò nou pa bliye, Josaphat Robert Large, se yon ekriven ki te oblije kite peyi l, Ayiti, pandan diktati Duvalier a, an 1963. Se pa san rezon mesaj ki anndan liv Pè Sèt la, espesyalman nan powèm nou konsidere a, fè nou santi sa a, se kout plim yon militan.

Nou remake gen 3 chan leksikal:

  1. Konspirasyon/Manigans. Twa mo lan tèks la di nou klèman ki sa powèt la ap denonse : konplo, manti, koutlang.
  2. Mesaj. Genyen kat mo ki fè nou konpranngen yon mesaj enpòtan lanbi a ap pote, fò n ouvri zòrèy nou pou n koute, epi, fò n koute avèk anpil atansyon : koute, tande, lanbi, zorèy.
  • Abi/Krim. Gen twa mo ki di nou ki jan otè a santi pèp la ap toufe anba enjistis osnon jan y ap toufounen l. Mo sa yo se : enjistis, touye, toufe.

Aliterasyon     : (se repetisyon fonèm/son konsòn yo lan yon goup mo ki pèmèt ou mime, fonetikman, sans oubyen ide tèks la. Li vin kreye sa nou rele lan pwezi: yon amoni imitatif).

k = 14                  Nou jwenn katòz son k, vennsis son t, dizuit son p ak uit son d.

t = 26                   Tout son sa yo se son ki di anpil, ki vyolan, tankou yon bagay ki

p= 18                   eklate.

d= 8                    

L = 16                  Genyen sèz son l, senk son m ak twa son f anndan tèks la. Yo vle   

M = 5                   di powèt la gen on kòlè li pa ka kenbe, ki fè pawoli ap koule sot anba 

F =  3                    plim li. Son ki bay enpresyon gen yon fwotman, yon souf kout,                                                                    

                             yon moun k ap toufe. Lan ka sa a, li dirije nou tou sou lanbi a k

                             ap soufle.

Asonans             : (se repetisyon fonèm/son vwayèl yo lan yon gwoup mo ki pèmèt ou mime, fonetikman, sans oubyen ide tèks la. Menm jan ak aliterasyon an, li kreye sa nou rele lan pwezi : yon amoni imitatif).

O = 12                   Gen douz son o, kenz son ou, venntwa son a ak nèf son an    

Ou = 15                 anndan tèks la. Son sa yo se son toufe, son ki enkyetan, k ap

A = 23                   gwonde.

An = 9                  

I = 10                     Toujou lan kategori asonans lan, nou jwenn dis son i, sèz son e

E =16                     ak sèz son è lan powèm lan. Son sa yo se son pike, ki fè panse a

È = 16                     yon kri.

Dezyèm bagay nou remake lè nou li powèm sa a se kantite metafò powèt la itilize ladan l.

Nou jwenn metafò lan:

« leve onè n frape l atè ». Onè a pa yon bagay moun ka manyen ni kenbe, vwa pou ou t a frape l atè ;                    

 « nou pap kite malè toufe dife bonè ». Malè pa yon eleman fizik, li pa moun, li pa bèt, li pa van, li pa dlo, li pa ka toufe dife ;     

« ponyèt nou pa pè ». Se moun ki ka pè, ponyèt pa konn pè ;

« touye flè nan jaden ». La, powèt la pa p pale de flè ditou. Flè lan jaden an reprezante 3 bagay :

  1. bonè lan kè ;
  2. pepinyè osnon timoun k ap grandi ;
  3. boujon revolisyon k ap pouse.

Nou rankontre lan tèks sa a, sa nou ka rele yon oksimò. Oksimò a se lè otè a mete de mo ki gen sans opoze kòtakòt. « Dife bonè ». Nou konnen, jeneralman, dife se bagay malè, se bagay ki ka detwi, ki ka kankannen, ki ka touye moun tankou bèt. Men poukisa otè a chwazi rele l dife bonè ? Enben, se paske dife sa reprezante chalè ki lan kò yon pèp k ap sibi opresyon. Epi fò n pa bliye dife nan istwa dayiti, se sous liberasyon pp la ki te nan esklavay. Dife powèt la ap pale se malè pou opresè a, men li se bonè pou tout yon pèp.

Anpalan de tout yon pèp, powèt la ranfòse ide sa a avèk anafò li fè lan powèm lan. Anafò a se le otè a repete yon mo osnon yon gwoup mo lan kòmansman kèk fraz. Nou jwenn anafò a lan mo « nou » ki repete 4 fwa lan 4 vè youn apre lòt, « nou p’ap » repete 3 fwa menm jan an. « Nou » an poukont li vle di linyon, li vle di lafòs. « Nou p’ap » la vin ranfòse lide inyon an, lè li gen negasyon pap la dèyè l, sa vle di opozisyon, reziztans.

Yon lòt fòm powèt Josaphat Large itilize se “pèsonifikasyon”. Nou jwenn li lan “zòrèy kokiy”; kokiy pa gen zòrèy men powèt la ba li fòm moun kòmsi li te yon kretyen vivan de bra balan. Nou jwenn yon lòt pèsonifikasyon lan pou kòn lanbi tande. Nou tout konnen kòn lanbi pa ka tande.

An menm tan, lan de vè sa yo “pou kokiy sa koute/pou kòn lanbi sonnen », powèt la lanse yon apèl a larezistans, yon leve kanpe. Dayè, pa bliye senbòl nèg mawon an avèk kòn lanbi a lan bouch li k ap rele rasanbleman pou batay, pou revolisyon. Pou konfime analiz nou an, nan fen powèm lan, powèt la repete mo batay la de fwa. Se rezon sa a ki fè prezans tout aliterasyon sa yo, tout son fò, eklatan sa yo tankou k, p, t ak d anndan tèks la.  

Pwosede estilistik Josaphat Large la temwaye metriz li genyen lan koze manyen plim lan. Tèks la li menm, konfime talan, devosyon ak angajman powèt la nan lit pou rezistans, lan detèminasyon l pou l denonse malvèsayon k ap fè ravaj lan peyi li.