Krik! Krak!

Vwala se te yon bèl bèl fi ki te rele Mariyàn. Fi a te bèl pase solèy ak lalin.

Mariyàn te byen prepare. Li konn lave, li konn pase. Lè l fè manje menm se koupe dwèt. Li te aprann kouti. Tout jènjan nan bouk la te gen je sou li. Men li pa t enterese nan maryaj. Koze sa a te chaje tèt manman Maryàn ak papa li. Yo te di: “…Mariyàn menm li pa p janm marye. Pinga Mariyàn fè vyèy fi nan men nou non.” Yo te cho nan kò Maryàn pou li reponn youn nan jennonm ki t ap file 1 yo.

On lè, yon bèl gason byen bwòdè te rantre nan bouk la pou fèt chanpèt. Tout jèn fi te tonbe pou li, men se sèl Mariyàn li te wè nan je l.

Kèk jou apre fèt la, msye deside al fè lademann pou Mariyàn. Fanmi Mariyàn te kontan paske yo te wè yo reyalize rèv yo. Mariyàn te oblije asepte maryaj la pou li te fè manman li ak papa li plezi. Yo fè gwo resepsyon. Yo tiye bèf ak kabrit. Apre nòs la, msye a te retounen  nan  peyi 1 ak Mariyàn. Men anvan Mariyàn te pati, papa 1 ba li yon vye ti bourik ki chaje ak maleng sou do 1. Li di Mariyàn: “M fè w kado ti bourik mwen an. Nenpòt kote ou bezwen ale, nenpòt ki lè, annik jouke Zomangay, 1 ava menmen w.”

Petitòm, frè Mariyàn lan, pa t renmen nèg sa a pou sè l la. Li te sispèk msye ta pral fè sè l pase mizè. Se kon sa li te deside suiv yo. Lè yo rive kote yo te prale a, Petitòm kache kò li nan vwazinay kay mesye dam yo pou li suiv sa k ap pase. Apre de twa jou, li wè figi msye a kòmanse chanje. Dan 1 vin men longè. Twa kòn pouse nan tèt li. Li tounen yon dyab. Li mare Mariyàn ak yon kòd. Mariyàn pran kriye lajounen kou lannuit. Li nan grangou. Mari a pa ba l on ti kras manje yon fwa pa jou.

On lè, dyab la pati al vizite dyab parèy li nan yon lòt bouk. Menm kote a, Petitòm kouri antre anndan kay la. Li demare Mariyàn epi yo tou le de jouke Zomangay. Yo derape. Lò Dyab la te retounen nan kay la, li chache toupatou li pa wè Mariyàn. Msye mete bòt desan lye 1 nan pye l, li pati dèyè Mariyàn ak Petitòm.  Zomangay gen tan byen lwen ap file.

“Zomangay, pèdi dyab la, mennen nou nan yon zile!” Petitòm pa te ko menm fini pawòl la, se wè Mariyàn ak frè li a wè yo nan mitan yon zile. Men malchans pou yo, se dyab sèlman ki te rete nan zile a. Kou Mariyàn ak Petitòm te rive nan zile a, tout klòch te pran karyonnen.

Blengendeng bleng!

Moun o moun  o

Ki kote w  prale?

Sa w ap fè nan peyi mwen?

Pa gen moun isit o

Nou manje moun  o

Tout dyab yo te ansèkle zile a. Yo pa t kite wout pou Mariyàn ak frè a pase. Mariyàn ak Petitòm pa t ka ni monte ni desann. Dyab yo pran chante pandan klòch yo ap karyonnen:

Blengendeng bleng!

Moun o moun  o

Ki kote  w prale?

Sa w ap fè nan peyi mwen?

Pa gen moun isit o

Nou manje moun o

Dyab yo pran mache sou Mariyàn ak Petitòm. Mesye dam yo te pè, yo te konnen dyab yo ta pral manje yo. Yo tonbe kriye, yo tonbe rele. Dyab yo kontinye vanse, y ap chante:

Blengendeng bleng!                                                                                                    Moun o moun o

Ki kote w prale?

Sa w ap nan peyi mwen?

Pa gen moun isit o

Nau manje moun o

Dyab yo te vin bab pou bab ak Mariyàn ak Petitòm. Toudenkou, Mariyàn sonje pawòl papa 1 te di 1 la. Menm kote a, Mariyàn di: “Zomangay mennen nou tounen lakay papa n!” Mariyàn annik di pawòl sa a, Zomangay pete on sèl kous kouri avèk Mariyàn ak Petitòm. Mesye dam yo al ateri devan pa pòt lakay yo an fay minit. Depi lè sa a, manman Mariyàn ak papa Mariyàn di: “Se ra se ta, nou pa p janm anmède w pou koze maryaj ankò.”

Foto: Donkey, Minster Lovell, Oxfordshire, barry.marsh1944

Mwa me se mwa manman. Maurice Sixto fèt nan mwa me, e li mouri nan mwa me tou—mwa manman! Nan istwa l yo, Sixto tire pòtre plizyè manman. Mwen menm, jodi a, m bay tèt mwen misyon pou m rale 3 nan manman sa yo met kanpe devan nou, pou yo vin fete avèk nou tou kòmsadwa.

Premye manman an, se manman Lea Kokoye. Nan istwa Lea Kokoye a, Sixto di on gwo pawòl, on bèl pawòl ki ka sèvi mouka pou mare tèt tout manman. M pa konn si n ap dakò avè m. Men pawòl la: “Alò manman tèt yo toujou ap travay.

Pawòl sa a tonbe lè Lea sot kay doktè, li pa wè devan, li pa wè dèyè, paske konsiltasyon bay se grannfeblès li soufri. Doktè a di li nan kondisyon sa a, li pa ka chita devan on machin tout lasentjounen ap kase file, kèp ti machin lan, kèp ti machin lan, kèw! Lea di: “Men manman, m pa wè kijan pou m kite kouti a! Kijan m ap peye lwaye a? Men moun yo devan pòt la, si w parèt, yo wè ou la a, moun yo prèt pou vole sou mwen wi. Kijan pou m kite kouti a!?” Mezanmi, se Lea k rele, se Lea k reponn; se kouti a ki tout lavi kay la, se sou kont kouti manje tout moun ye…

Wi tèt manman toujou ap travay pou pitit yo… paske pitit se nan zantray manman yo soti.

Manman Lea voye rele Derilis, on konpè li ki travay kòm okton nan Ministè Endikasyon Nasyonal, pou Derilis ka fè manzè Lea ki gen diplòm Eli Dibwa l anba malèt li jwenn on djòb matmwazèl lekòl. Derilis, nèg debouya, mare on randevou kalanmplanm pou Lea al espoze ka sitirasyon l bay minis.

Men manman toujou manman, e manman chaje esperyans: li konnen se nan on nich djèp panyòl l ap voye pitit la nan ministè a, li fè Lea chonje bon prensip fanmi an, pawòl mari l, defen papa Lea, te konn ap repete: La gad mè, mè ne se ran pa. E manman an kore prensip la pou Lea: si w ta wè mouche a vle betize avèk ou, mete l nan plas li, epi vire do w tounen lakay ou, pakse nou grangou, men nou pa saf!

Dezyèm manman an, se manman Mina, nou jwenn nan istwa ki rele Mèt Zabèlbòk Bèrachat la.  Madanm sa a, tèt li toujou ap travay tou. Nan pale ak vwazen l, Mòy, Moris Siksto, li fè l konnen poblèm k ap trakase lespri l, se wè l wè trantan ap rive sou Mina nan djèt, epi li poko wè kote on nòs ap soti. Pase kòm manman, li konnen li pa vin fè matyè sale sou latè, li ta renmen kite tifi a nan men on bon moun.

Enben tèt la travay, li travay, jis li jwenn on nòs pou pitit fi l. On mèt avoka, Mèt Zabèl. Men nòs sa a, mèt sa a koute madanm lan chè! Paske mèt la sèmante se nan lindemyèl an pèmanans li ye! Men se pa nan sinema—se reyalite byen bwè, byen manje chak jou bondye mete jou sou do bèlmè… Se atò tèt lamè koumanse ap travay. M pa bezwen antre nan tout detay avèk nou, m pa bezwen al reveye le cha ki dò, lakòz lapenn ak soufrans, paske nou deja konnen kouman sa te pase. Manman Mina pa t janm gen repo. Tèt te kontinye ap travay san rete. Jiskaske bofi l, Zabèlbòk, di l on pawòl ki fè on sèk tèt kenbe li, lakòz li pa dòmi tout lannuit. Mouche a twouve di madanm lan: O wi, lamè, m kwè fè w wè on doktè serye, paske ou gen on wou nan machin ou k pa mache… kidonk tèt lamè pati, lamè fou…

Enben, apre on nuit blanch, lamè kanpe nan maten ak solisyon an: Sandrin ak Kwabosal gen pou yo monte vin degèpi Mèt Zabèlbòk Bèrachat. Apa li papa! Manman tèt yo toujou ap travay! Li jwenn solisyon an.

Twazyèm manman an, se on manman nou jwenn ki kanpe devan katredal ap espoze ka sitirasyon l bay Nòtredam, manman tout manman, manman tout pitit. Pou istwa sa a, m ap kite nou nan men Mòy. Msye Moris, jwèt pou ou!

Manman nan Sixto (Siksto)

Tèks: Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

Vwa: Wozvèl Jean-baptiste

Lapriyè devan katedral

Tèks: Maurice A. Sixto (Moris A. Siksto)

Vwa: Moris A. Siksto

Montaj: Espas Kreyòl

François Nicole Lévy (Franswa Nikòl Levi), mizisyen, pyanis, konpozitè, aranjè, manm fondatè gwoup « Solèy Leve », yon gwoup angaje nan peryòd « Aksyon patriyotik », mouri nan lopital Bernard Mews, konsekans yon aksidan serebral, nan maten mèkredi 24 jen 2020.

Nicole Lévy fèt nan yon kay nan ri 18, Okap, 11 janvye 1947, nan yon fanmi edikatè ak mizisyen. Nan tan sa a, te gen plizyè lekòl mizik nan vil Okap kote timoun te al aprann mizik klasik. Nan anfans li, Nicol Lévy te fè yon tan ap etidye mizik nan lekòl madan Liliane Sam, pitit prezidan Vilbrun Guillaume Sam. Nan fen adolesans li, li pati tankou anpil moun ki t ap sove pou diktati a oswa fanmi yo te voye al konstwi yon avni lòt bò dlo. Li te pase nan peyi Kanada, Lafrans kote li te kontinye etidye mizik, anvan li te tabli Ozetazini.

Premye gwoup li kreye se te yon gwoup esperimantal ki rele « Sakad ». Nan karyè l, li travay kòm aranjè pou gwoup ak atis tankou System Band, Carole Démesmin, Farah Juste, Fedia Laguerre. Sa ki montre yon varyete lakay li, atis sa yo pa gen menm stil ni menm demach. Li te manm fondatè e direktè mizikal yon gwoup ki te gen yon gwo enfliyans nan mouvman « L’action patriotique » kont diktati Divalye a nan Kanada ak Etazini nan lane 70 yo, gwoup « Solèy Leve ».

Nan lane 1994, li tounen ann Ayiti. Li te anseye mizik nan Inivèsite Karayib e li retounen rete Okap, nan kay ri 18 kote li pran nesans lan. Li te fè plizyè entèvansyon sou mizik nan lekòl ak milye kiltirèl yo. Nicole Lévy te kwè nan disiplin ak kontinwite, e li te panse ou pa ka fè mizik seryezman si ou pa gen yon liy w ap suiv ak yon vizyon w ap pote. Vizyon pa l, se te anrichi tradisyon popilè ayiyen yo ak eleman divès esperyans ki fèt nan lòt peyi. Se nan vizyon sa a, lè mayestro Ulrick Pierre-Louis santi fòs li ap kite l, li te mande Nicole Lévy vin pran plas direktè mizikal Okès Septantriyonal nan lane 2008. Nicole Lévy se konpozitè youn nan pi bèl mizik Okès septantriyonal, Demen.

Lanmò François Nicole Lévy se yon gwo pèt pou mond mizikal ak kitirèl peyi d Ayiti, pou lavil Okap kote li te chwazi retounen nan yon moman anpil moun ap pati. Se te yon moun ki te angaje konpetans li, talan l, konviksyon l nan sèvis devlopman mizik ak kilti peyi a. [Nou] prezante senpati n bay fanmi l, moun Okap, konfrè mizisyen li yo.

LYONEL TROUILLOT

24 jen 2020 Nou pran atik sa a nan sit Radyo Kiskeya a: www.radiokikeya.com