Senpozyòm 2019: Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen  (2019 Symposium on Haitian Creole Language & Culture)

October 25-26, 2019, Brooklyn College, The City University of New York

Maurice Sixto: Odyansè ki derimen koze serye  (Maurice Sixto: Telling Haitian Stories with Humor)


***

Maurice Sixto foure bouch nan tout koze peyi l

Se on obligasyon patriyotik pou nou di on mo sou kriz k ap minen Pèp Ayisyen depi dikdantan, men ki anvlimen jounen jodi a.

Premye Janvye 1804, zansèt yo te rive soti anba bòt kolon franse pou Ayiti te lib endepandan. Men batay la pa t fini. Pèp Ayisyen te oblije kontinye goumen pou egalite. E se menm batay sa a k ap kontinye 215 lane apre. Madanm nan tèks Moris Siksto Lapriyyè devan Katedral la di sa klè: “Nòtredam ou gen de tete: youn dous, youn anmè. Dous la nan djòl Ozval, Kal, tout moun sa yo, depi twò lontan, se anmè a k nan djòl nou. Ban nou fè on ti kou tou. Se pitit nou ye.” Si peyi a lòk, jan pawòl modèn lan pati a, se pa pèp ki lakòz, se pa pèp ki lotè. Si peyi a kraze se pa fòt pèp, se pa pèp ki lakòz, se pa pèp ki lotè. Okontrè, pèp la bezwen peyi l mache pou l pa blije manje asye, manje mang maten midi e swa, pou l pa blije rete nan tete anmè, nan gou fyèl, nan metsin jalap senpman.

Depi tan lontan, pase nan epòk defen Moris Siksto rive jounen jodi a, yon bann ak yon pakèt Ayisyen konsekan toujou lite kòtakòt ak pèp la pou peyi a pran wout jistis ak egalite toutbon. Se kon sa tou manm komite ki òganize Senpozyòm sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen nan Nouyòk la kanpe ak pèp la nan batay l ap fè kont move lavi, kont dirijan malonnèt, kont sistèm esplwatasyon an. Nou kanpe ak pèp la pou nou rele: Ase!

Wi, nou kanpe ak pèp la nan lit l ap mennen pou defann dwa li. Lit l ap menmen pou l defann dwa pou li pale lang li, pou l benyen nan leve jwenn li. Dwa pou li jwenn lekòl, lopital, dlo potab, limyè. Dwa pou li pa dòmi leve manje sou fatra. Dwa pou li kreye on leta k ap travay nan enterè chak grenn Ayisyen, timoun kou granmoun. Dwa pou li bati on sistèm kote tout moun egalego toutbon vre. Dwa pou li genyen on leta nan on sistèm ki rekonèt tout moun se moun.

Nou kanpe ak pitit pèp la nan batay li jodi a pou li reklame “tè danti, on tè defen an mouri kite pou li, on tè wouze, tè fanmi nou, kote tout fanmi swe ras an ras jenerasyon an jenerasyon”, pou li pa fin depafini, pou zòt pa pase li nan rizib, pase li anba pye.

Nou kanpe ak pèp la nan batay pou lavi miyò lakay.

Nou kanpe ak pèp la ki vle mete bout nan sistèm bourik travay chwal galonnen; mete bout nan sistèm li plante zòt rekòlte. Nou kanpe ak pèp la nan batay li pou tout moun—timoun kou granmoun—jwenn pa yo lè chodyè drese. Nou kanpe ak pèp la ki di li lè li tan pou n sispann fèmen je, lè n wè “on jenn fanm k ap akouche tankou zannimo sou granchimen…koupe lonbrik timoun ak moso boutèy”. Nou kanpe ak pèp la nan rele: “Nanpwen on lopital”. Nou kanpe ak pèp la nan rele: “Vakabon sa a mare kont kòb li epi li lage moun yo ak de apse…” Nou kanpe ak pèp la k ap rele: “Gade valè timoun, gran tifi, gran tigason k ap kouri nan tout mòn toupatou, pa gen lekòl pou voye yo al chita pou di demen yo ta itil tèt yo, yo ta fè on bagay pou peyi yo…” Nou kanpe ak pèp la k ap chase move zè ki vle disparèt li. Nou kanpe ak pèp la ki deklare: “Kouyè al kay ganmèl, fòk ganmèl ka al kay kouyè… Li lè pou kwi ka kouvri kwi…”

Nou konnen se pa solisyon pwoblèm sosyo-lengwistik la sèlman pèp la bezwen pou l ekziste. Pèp la ap goumen paske li bezwen lekòl, lopital, kay, travay, dlo potab, limyè, jistis, elatriye. Pèp la ap batay paske li bezwen on leta nan yon sistèm ki pou defann dwa ak enterè tout moun. Se poutèt sa nou di nou pa ta kapab rete bèbè ap gade soufrans pèp la san nou pa di on mo. Paske kote pèp la kanpe, se la nou kanpe. Nou kanpe ak pèp la! Men n ap mande l pou l veyatif pou l pa pran panzou ak palavire nan men patatis parazit.

1 Tout sitasyon nan tèks sa a soti nan de istwa pami istwa Moris Siksto yo: Lapriyè devan Katedral ak Bòs Chaleran.


Vandredi 25 Oktòb – Friday, October 25, 2019

Woody Tanger Auditorium, Brooklyn College

 

5:00 p.m. – 6:00 p.m.

Nou kontan wè w * Welcome – Resepsyon * Reception

Louvri baryè * Conference Opening Message Max Eugene, Mèt Seremoni/Emcee Serenad Mizik * Musical Serenade

Gitaris/Chantè Prince Guetiens ak Tanbouyè Sete Deats

6:00 p.m. – 6:20 p.m.

Mesaj/Message from Brooklyn College

Nicole Hass

Office of President Michelle J. Anderson, Brooklyn College

Jean Eddy Saint Paul

CUNY Haitian Studies Institute, Brooklyn College

 

6:20 p.m.– 7:05 p.m.

Mesye dam lasosyete: Men Maurice Sixto

Ladies and Gentlemen: Here’s Maurice Sixto

Moderatè/Moderator: Jean N. Refusé, HAFECE & Espas Kreyòl

Kesyon lang nan lodyans Maurice Sixto yo

The Language Issue in Maurice Sixto’s Stories

Hugues Saint-Fort, Espas Kreyòl

 

Analiz sekansyèl de lodyans Moris Siksto: Léa Kokoye ak J’ai vengé la race

Sequential Analysis of Two Lodyans of Maurice Sixto: Léa Kokoye and J’ai vengé la race

Frenand Léger, Carleton University

 

7:05 p.m. – 7:35 p.m.

Prezantasyon prensipal/Keynote presentation

Maurice Sixto: Odyansay pou derimen koze serye nan yon pwojè etnografik

Maurice Sixto: The Use of Odyansay to Discuss Haitian Realities in an Ethnographic Project

Rozevel Jean-Baptiste, Espas Kreyòl & Medgar Evers College

 

7:35 p.m. – 8:30 p.m.

Kesyon repons * Q & A Session

 

8:30 p.m. – 8:45 p.m.

Entèpretasyon istwa Siksto / Interpretation of Sixto’s Stories

Ludovic Comeau, DePaul University


Samdi 26 Oktòb – Saturday, October 26, 2019

New Ingersoll Hall 148E, Brooklyn College

 

9:00 a.m. – 10:00 a.m.  

              Dejne, espozisyon liv, tablo ak atizana

Breakfast, Books, Arts and Crafts Exhibit

 

10:00 a.m. – 10:30 a.m.   

          Salitasyon/Greetings

Nicole B. Rosefort

New York Statewide Language RBERN @ NYU

Gertrude C. Séjour

Fondation A. Maurice Sixto, Haïti

 

10:30 a.m. – 11:45 a.m.    

         Atelye sou Kreyòl/Workshops on Haitian Creole

Ki jan pwofesè ka itilize istwa Maurice Sixto yo nan klas yo
Utilizing the Stories of Maurice Sixto in a Classroom Setting
Myriam Augustin ak Nicole B. Rosefort

Atelye sou òtograf kreyòl ak teknik tradiksyon an kreyòl
Workshop on Haitian Creole Orthography & Translation Techniques in Haitian Creole
Yves Raymond ak Lionel Legros

Jwèt timoun Ayisyen jwe / Aktivite pou timoun
Games Haitian Children Play/Children’s Activities
Marie José Bernard ak Jackie Bernard

***

12:00 p.m. – 1:00 p.m.

Ki moun Ethson Otilien ye? / Who is Ethson Otilien?

Joseph D. Chéry, SHR & Perspectives Haïtiennes

Prezantasyon prensipal/Keynote Address Ethson Otilien, Université d’État d’Haïti

Kesyon Repons Q & A Session

***

1:00 p.m. – 2:00 p.m.

Manje midi – Lunch * Espozisyon – Exhibit


Samdi 26 Oktòb – Saturday, October 26, 2019

 

Kessler Pierre © 2012

2:00 p.m. – 2:45 p.m.

Rozevel Jean-Baptiste, Mèt Seremoni/Emcee

***

Èske Leta wè timoun Moris Siksto yo nan gwo liv yo?

Children’s Rights and the Stories of Maurice Sixto

Menès Dejoie, Espas Kreyòl

***

2:45 p.m. – 4:00 p.m.

Istwa Maurice Sixto yo: Radyografi sosyete ayisyen

The Stories of Maurice Sixto: Radiography of Haitian Society

Moderatè/Moderator:

Rozevel Jean-Baptiste ak Monalisa Ferrari, NYCDOE

Moris Siksto bay tout moun lapawòl

Tolerance and Inclusion in the Stories of Maurice Sixto

Paul Fadoul, Queens College, CUNY

Fanm nan istwa Maurice Sixto yo

Women in the Stories of Maurice Sixto

Ludovic Comeau, De Paul University

 

Sa m tande, sa m wè ak sa m konprann nan pawòl Bòs Chaleran

What I hear, what I see and what I understand in the story

Bòs Chaleran Amidor Almonord, Retired Educator, NYCDOE


Samdi 26 Oktòb – Saturday, October 26, 2019

4:00 p.m. – 5:00 p.m.

Fowòm Fanm – Women’s Forum

Kessler Pierre © 2012

Ak Maurice Sixto, pawòl fanm pa janm piti!

With Maurice Sixto, women’s words are never to be taken lightly!

Jessie Cadet Legros, Sant Enfòmasyon Lè Ayisyèn

Régine Joseph, Queens College of CUNY

Jocelyn Gay, Voix & Tambours d’Haïti

Moderatè/Moderator: Marie Lily Cerat, Brooklyn College

*******

Se Prince Guetjens ki bay dwa itilize foto sa a.

5:00 p.m. – 5:45 p.m.

Pèfòmans Kiltirèl: Chantè-gitaris Prince Guetjens ak Zanmi

***

Dènye Rale * Last Word: Marie Lily Cerat, Espas Kreyòl & Brooklyn College


Senpozyòm sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen

Symposium on Haitian Creole Language & Culture 25-26 Oktòb/October, 2019

Brooklyn College, City University of New York

 

 

Lapriyè devan Katedral

Yon istwa Maurice A. Sixto

Foto sa a se pou/ This image belongs to: The Christian Science Monitor © 2010

 

 

Yon jou, m kanpe devan Katredal. Wi, yon jou, m kanpe devan Katedral. Aa! Jou sa a, se pi bèl priyè m janm tande. M wè on madanm ki rive, l achte yon bouji blan, yon bouji wouj. Li limen yo, epi l louvri de bra l. Li di:

“Nòtredam, manman, se on fanm ou ye. Lapenn on fanm se pou tout. M genyen, lakay mwen, de moun ki chita ak men nan machwè, ki chita k ap fouye nen yo, pi’t gason mwen, pi’t fi mwen, yo pa p travay. Alò, m vin mande w travay pou yo. Paske se manman nou tout ou ye; genlè w an ti jan bliye sa tou. Paske, Nòtredam, ou gen de tete, youn dous, youn anmè. Dous la nan djòl Ozval, Kal, tout moun sa yo, depi twò lontan, se anmè a k nan djòl nou. Ban nou fè on ti kou tou. Se pitit nou ye.”

***

Biyografi Maurice A. Sixto

Nou pa konn non fotograf la. Se sa k fè nou pa mete non li anba foto a.

 

Maurice Alfredo Sixto2 (Moris Alfredo Siksto) fèt Gonayiv ann Ayiti, 23 me 1919. Ti non jwèt li se te Mòy. Manman li, Maria Bourand (Mariya Bouran) se desandan Baron de Vastey (Bawon de Vaste) ki te sekretè Wa Henry Christophe (Anri Kristòf) nan nò peyi d Ayiti. Papa li, Alfred Sixto (Alfrèd Siksto) se te pitit Adolphe Sixto (Adòf Siksto) ki te yon òmdafè, moun Sen Toma, yon zile nan Karayib la. Moris te gen yon frè ak de sè: Frank, Mariya ak Vyolèt.

Moris Siksto kòmanse klas primè kay frè Gonayiv, l al kontinye Sen Mak, epi li antre nan pansyon Saint-Louis de Gonzague (Sen Lwi d Gonzag) nan klas katriyèm segondè, e se la li fin fè klas li. Ansyen kanmarad Siksto nan Sen Lwi di msye te renmen bay blag. Lè rekreyasyon, anpil nan yo te konn rasanble pou y al koute Siksto k ap bay odyans. Li te konn imite vwa moun tankou Sacha Guitry (Sacha Gitri) ki te yon aktè franse, Sténio Vincent (Estenyo Vensan) ki te prezidan d Ayiti (1930-1941). Li te gen kapasite pou l imite vwa moun.

Lè Siksto fin desann filo, li antre Akademi Militè. Apre twa mwa msye te lage sa. Soti 1938 rive 1948, Siksto fè diferan kalite travay: jounalis nan Le Matin, pwofesè angle ak franse, animatè nan radyo HHBM, entèprèt/tradiktè nan anbasad amerikèn, gid touris nan Agence Citadelle. Soti 1945 rive 1948, li te etidyan nan Lekòl de Dwa. An 1950, l al travay nan anbasad Liberya Pòtoprens kòm atache près. Li te fè onzan nan djòb sa a. Ansanm ak plizyè lòt pwofesè Ayisyen, Siksto pati anba banyè UNESCO pou l al anseye o Kongo an 1962. Moris Siksto pase nevan Kinchasa ap anseye franse, angle, laten ak syans sosyal. Men pi fò zanmi l sonje jan yo te konn pran plezi rankontre ansanm pou tande Mòy k ap bay odyans, rakonte istwa peyi yo.

Dapre plizyè moun ki konn Siksto, medam ki te pase nan lavi msye te jwe yon gwo wòl nan ede li konprann sosyete a, epi ede l monte desann nan tout sosyete a. Youn nan premye relasyon li se te avèk on dam nan boujwazi a. Men sa pa t dire. Siksto te tèlman mal viv separasyon sa a, li te deside ekri yon liv sou sa. Non woman sa a se te Le Mensonge des Villas Roses. Michel Péan3 (Michèl Peyan), yon bon zanmi Siksto di lè msye montre kèk zanmi liv la anvan li pibliye l, yo di l si li pran chans mete liv sa a deyò, li chire. Peyan di tou, Mòy tou disparèt liv la.

Dezyèm gwo esperyans Siksto se te avèk Marie-Madeleine Mirancia Zéphir Desbrosses (Mari-Madlèn Miransya Zefi Debwòs), on dam nan pèp la. Dam sa a te gen ti non Toutoun. Se te yon manbo ki te sèvi lwa Ginen. Moun di Toutoun te toujou konn ap repete se lwa ki reklame l, se pa achte l achte lwa. Siksto te fè apeprè dezan marye ak Toutoun. Te gen anpil chwichwichwi sou maryaj sa a ant yon entelektyèl klas mwayèn ak yon manbo ki pa t rive lwen lekòl. Sepandan, sanble manmzèl te gen yon gwo enfliyans nan lavi Siksto. Dapre yon moun4 ki te konn Siksto ak Toutoun, “lè Moris ap pale se tankou se Toutoun k ap pale.” Sa bay enpresyon Toutoun te yon gwo sous enspirasyon nan lavi literè Siksto, nan kreyasyon sèten pèsonaj nan odyans msye yo. Pa egzanp, tan Moris Siksto fè ap viv ak Toutoun, ansanm ak zanmitay li ak Milo Rigaud—premye Ayisyen ki rasanble dyagram vèvè nan liv—sanble te ede l konprann pi byen koze kwayans popilè nan Vodou. E nan istwa tankou La petite veste de galerie de papa, Depestre, Mèt Zabèlbok Bèrachat, ou wè msye konprann byen zafè lwa nan leve jwenn Ayisyen.

Twazyèm gwo esperyans Siksto pral fè se ak Ana Peton (nou pa konn òtograf non li). Siksto te rankontre li ann Afrik. Peyan di: “se atravè Ana Peton Siksto pral reviv tout soufrans zansèt nou yo.” E nou kapab wè nan yon istwa tankou J’ai vengé la race, Siksto pale sou soufrans pèp endijèn Tayino yo, ak soufrans zansèt Afriken nou yo blan ewopeyen te anpile anba lakal bato pou vin lage sou tè Sendomeng (Ayiti) nan leskalvaj.

Dènye madanm Siksto se yon dam ki rele Marie-Thérèse Torchon (Mari-Terèz Tòchon). Yo te ba l ti non Mite. Se ak Mite msye pral viv jiskaske li mouri. Mite li menm konn ap rakonte ki jan li menm ak Mòy te kontre, jan yo te renmen e jan yo te viv byen ansanm. Lakay yo se te yon sèn teyat pou zanmi ki te konn pase tanzantan nan wikenn vin tande Siksto k ap bay odyans.

Pwoblèm je te afekte lavi Siksto. Li te gen glokòm depi l te gen 24 an. An 1969, lè l te gen 50 an, pwoblèm je a te vin pi grav. Sa lakòz li pa t ka kontinye anseye. Kon sa tou, li vin kite Lafrik pou l al chèche tretman Etazini. Men pwoblèm je a pa t anpeche l patisipe nan aktivite kiltirèl. Li kontinye bay odyans, fè konferans. Li te travay kòm konsiltan tou.

Anpil moun te konn Moris Siksto kòm gwo odyansè. Li te resevwa anpil ochan, anpil lonè. An 1976, majistra Filadèlfi— vil kote li te tabli ak Mite—te onore l nan okazyon bisantnè peyi Etazini. Jacky Kennedy (Jaki Kenedi), vèv Prezidan John

  1. Kennedy (Djonn F. Kenedi) te chwazi l kòm envite d onè nan yon resepsyon yo t ap fè pou ranmase lajan pou konbat maladi lesemi. An 1979, Moris Siksto resevwa pri kòm pi bon odyansè nan Nouyòk, e an 1984, yo onore li kòm pi bon konferansye nan Filadèlfi.

Siksto mouri jèn, 12 me 1984. Li te gen 64 an sèlman. Gertrude Séjour (Jètrid Sejou), direktris Fondation Maurice A. Sixto (Ayiti), ki te bon zanmi Siskto avèk Mite, esplike Siksto t ap eseye limen yon sigarèt lè alimèt la te tonbe sou rad li epi mete dife nan pijama l. Siksto te boule. Yo kouri avè l lopital, men yon kriz kadyak pote li ale.

Moris Siksto mouri se vre, men eritaj li ak tout pèsonaj li kreye yo nan odyans tankou Ti Sentaniz, Léa Kokoye, Depestre, Bòs Chaleran ak yon kolòn bann lòt pèsonaj ankò ret vivan. Alòs, Mòy pa mouri vre.

Odyans Moris Siksto yo fè nou ri, men yo fè nou reflechi. Yo rakonte istwa nou, istwa peyi nou ak tou sa ki bon ak tou sa ki pa bon ladan. Odyans Siksto yo se radyografi peyi nou, radyografi pitit peyi a. Odyans Siksto yo se yon loup sou sosyete nou an. Odyans yo la pou ede n wè, ede n korije sa nou wè k pa bon anba loup sa a, nan radyografi sa a.

Pami istwa Moris Siksto yo gen kèk ladan yo moun konnen byen: Léa Kokoye, Ti Sentaniz, Gwo Moso, Mèt Zabèlbòk Bèrachat. Men tou, chaje lòt istwa moun pa konnen tankou Bòs Chaleran, Monkonpè Teyofil, Tonton Jamil, Tant Mezi, elatriye. Li ta bon pou moun al tande yo.

Dapre travay rechèch Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis), Moris Siksto itilize teknik odyansay pou li bati yon pwojè etnografik. Sa vle di, ou jwenn nan istwa Siksto anpil nan mès, mannyè, abitid, koutim, tout leve jwenn pèp Ayisyen. Moris Siksto gen yon plas espesyal nan literati ayisyèn, literati ayisyèn popilè, literati kreyòl, literati oral peyi d Ayiti. Nan istwa li yo, Moris Siskto bay pèp la espas pou li layite kò l, pale tout kalite koze, derimen tout kalite zen. 2019 la t ap fè Moris Siksto 100 lane si li t ap viv toujou. Komite ki òganize Senpozyòm sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen nan Nouyòk la dedye tout ane 2019 la pou Moris Siksto. Se on fason pou nou atire atansyon tout moun sou enpòtans istwa Siskto yo nan fè nou reflechi sou sa k merite chanje lakay, nan sosyete nou, ak nan monn nan. Se on fason tou pou fè nou sonje ki gwo wòl travay Siksto ka ranpli nan edikasyon sivik, moral, literè, politik tout Ayisyen.

 

Nòt

  1. Biyografi sou Maurice A. Sixto (Moris A. Siksto) ki anwo a, se Espas Kreyòl ki ekri
  2. Enfòmasyon sa yo soti nan entèvansyon Michèl Peyan nan fim-dokimantè Arnold Antonin (Anòl Antonen), Men Maurice Sixto: Gran Lodyansè devan Letènèl, Centre Pétion-Bolivar,
  3. Moun sa a pa vle nou bay non
  4. Pou nou ekri biyografi sa a, nou te gade liv Maurice Sixto ou le phénix de l’oraliture (2018) Ethson Otilien ekri. Se JEBCA Editions ki pibliye liv
  5. Lòt sous nou te al ladann se Haïti-Littérature: L’oeuvre de Maurice Sixto, un patrimoine à sauvegarder et à étudier Frenand Léger ekri. AlterPresse te pibliye tèks sa a 20 me

***

Senpozyòm sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen Symposium on Haitian Creole Language & Culture 25-26 Oktòb/October, 2019

Brooklyn College, City University of New York

 

 

Senpozyòm Anyèl sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen


Chak ane, kominote Ayisyen nan Nouyòk òganize yon Senpozyòm sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen kote Ayisyen ak Ayisyen-Ameriken jwenn yon platfòm pou yo reflechi sou pwoblèm ak defi timoun Ayisyen ansanm ak fanmi yo ki pale kreyòl rankontre nan peyi Etazini ak Ayiti. Konferans sa a rasanble tout Ayisyen: save, edikatè, lidè nan kominote a, ak tout lòt moun k ap benyen nan lang nan, k ap travay ak lang nan, fè rechèch sou lang lan ak anseye nan lang lan. Senpozyòm sa a pèmèt plis moun konprann lang ak kilti pèp Ayisyen. Senpozyòm sa a se on espas ki pèmèt kominote a rasanble, kolabore ak moun ansanm ak enstitisyon k ap defann dwa lengwistik ak dwa kiltirèl tout moun.

Senpozyòm sa a fè pati gwo woumble ki fèt nan kominote kreyòl toupatou pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl. Li antre nan kad yon travay global pou rekonèt tout lang ak tout kilti kòm dwa fondamantal tout pèp. Premye fwa yo te selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl ofisyèlman se te an oktòb 1983. Depi dat sa a, kreyolofòn ak kreyolis itilize mwa oktòb la pou yo pataje rechèch ak pwogrè ki fèt parapò ak lang kreyòl, pou yo dyaloge epi selebre lang ak kilti kreyòl yo.

 

***

Annual Symposium on Haitian Creole Language and Culture

 

Every year, the Haitian Community in New York organizes a Symposium on Haitian Creole Language and Culture that offers Haitians and Haitian-Americans in New York a platform to reflect and discuss issues and challenges faced by Haitian Creole-speaking children and families in the United States and Haiti. The event brings together scholars, educators, community practitioners and people from the community at large to articulate and set goals that help promote research and education in Haitian Creole, and develop greater understanding of the language and culture of Haitians. It also fosters alliances with individuals and institutions to help in the recognition and advancement of the Haitian language and culture as significant resources for Haitians.

This yearly event on Haitian Creole Language and Culture in New York is part of an International Creole Day celebration by various Creole communities, and aligns with the global endeavor of validating and affirming all languages and cultures as fundamental rights of all peoples. International Creole Day was officially instituted in October of 1983. Since its inception, Creolophones and Creolists have used the month of October to discuss research on Creole languages, as well as dialogue and celebrate Creole languages and cultures.


N ap di tout konferansye ki patisipe nan senpozyòm nan: Chapo ba!

Amidor Almonord Jessie Cadet Legros Ludovic Comeau Paul Fadoul Jocelyn Gay Régine Joseph Frenand Léger Ethson Otilien Elatriye

N ap remèsye tout zanmi, fanmi, kòlèg ki kanpe pou Senpozyòm 2019 la fèt!

Dahoud Andre Ronald Aubourg Marie-Jose Bernard Jackie Bernard Jessie Cadeau Suzette Compas Maryse Crèvecoeur Steve Deats

Marie-Alix Emmanuel Max Eugene

Jean-Robert Fortin Jocelyn Gay Prince Guetjens

Fabienne Hyacinthe Lamercie Jacques Vanessa Pérez-Rosario Kessler Pierre

Jean Eddy Saint Paul Gertrude Séjour Ernst Severe  Elatriye


ÒGANIZASYON KI BAY SIPÒ * SPONSORING ORGANIZATIONS

Brooklyn College

Office of President Michelle J. Anderson CUNY Haitian Studies Institute Africana Studies Department

Dept. of Modern Languages & Literatures

 

***

ILECT of the CUNY Graduate Center

 

***

Espas Kreyòl Fondation Maurice A. Sixto (Haïti)

HAFECE

Haitian Americans United for Progress, Inc. (HAUP) Haiti Cultural Exchange

SHR & Perspectives Haïtiennes

The New York Statewide Language RBERN @ NYU

 

***

Komite Òganizasyon * Organizing Committee

Marie Lily Cerat, Kòdonatris/Coordinator

Myriam Augustin Ernest Banatte Nancye Barthelemy Joseph D. Chéry Menès Dejoie Monalisa Ferrari Rozevel Jean-Baptiste Lionel Legros

Linda Pierre-Paul Yves Raymond Jean N. Refusé Nicole B. Rosefort Hugues Saint-Fort

 


Senpozyòm sou Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen 2020

Vandredi 24 ak Samdi 25 Oktòb 2020

Veye kout lanbi a!

 

2019 Haitian Creole Language and Culture Symposium

October 25-26, 2019

Brooklyn College of the City University of New York 2900 Bedford Avenue

Brooklyn, New York 11210

 

Tablo Claude Dambreville sou kouvèti a nan koleksyon prive Bernadette ak Menès Dejoie. Se Kessler Pierre ki fè foto a.

Kelkeswa pozisyon sou afè gwo manifestasyon atis yo te fè pa trè lontan, yon fè sèten sè ke yo kreye anpil mizik nan moman an, sou kondisyon pey a.

 

ROODY ROODBOY AK TI MARIO

Dener Ceide e reginald Cangé

Zafèm Ofisyèl

Savalou

Blaze One

Diskou Revolisyon

Darline Desca and BIC

Pwofesi

Stephanie Pierre  

Ayiti

Titi Congo

Pòtoprens

 

Pibliye nan jounal Ayisyen “Le Nouvelliste” le 19 Novanm 2013

Lò pwofesè Fritz Deshommes, vis rektè  rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti ak yon delegasyon komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an Madan Gourgue, Pastè Pauris Jean Baptiste, ak M.Ambroise te vin wè m pou mande m si m pa ta aksepte reflechi ti gout sou tematik sila a kise “ Istwa lang ak kilti kreyòl”, se te pou mwen yon trè, trè gran lonè. Mwen te trè kontan, mwen te menm yon jan flate. Se pou sa m ap remèsye mesyedam entelektyèl sa yo pou bèl opòtinite sa a, yo te vin ofri m nan.

Men, imedyatman tou, mwen te rapidman konprann ke sa yo t ap mande m nan, se te pou m te vini nan fakilte nasyonal etnoloji a pou m te vin prezante devan asanble etidyan ak pwofesè yo esplikasyon pa m sou konsèp ki se kreyòl, kilti, lang ak listwa kreyól la ann Ayiti.

A la verite, sa ta sanble yon ti travay ki ta dwe trè, trè fasil epi byen senp tou. Men an reyalite, li te ase konplèks paske li te kontwovèse anpil. Gen divès gwo pwofesè ki te trè save ki te deja bay opinyon pa yo sou bagay sa yo e yo pat toujou dakò, menm ant yo.

Men kòm sou bit mwen menm, mwen kanpe a ki se vodou ayisyen an, se donk nan limyè Vodou a n a va gade ansanm konsèp sa yo, epi n a va chache mete aklè sa moun ka rele « entèrelasyon » ki ka genyen ant divès lide yo.

Kidonk, an nou pran dabò mo kreyòl la, oubyen kriyòl la, pou nou wè si nou tout, nou pa ta ka mete tèt nou dakò sou li. Anpil moun di yon kreyòl, se ta yon moun ki blan men ki ta diferan de lòt blan yo ki, yo menm, ta sòti dirèkteman an Ewòp yo, nan tan koloni espayòl la sitou.., an 1492, nan tan Christophe Colon an.

Ki fè yon blan kreyòl ta fèt sou tè lakay pa nou e mo kreyòl la tou, li ta va yon mo ki ta fèt lakay pa nou tou. Alós, mo kreyòl la ta gen rasin ni nan lang panyòl « Criollo ». Ayisyen yo ta pran mo kreyòl sa a nan bouch kolon panyòl kreyòl yo epi yo ta adapte l kòm etan lorijin lang kreyòl ayisyen pa nou an. Mwen menm, mwen kwè moun ki kenbe rezonman sa yo, yo gen tò, yo pa gen rezon.

Poukisa bagay yo ta konsa a ? Senpman paske nan lespri lòloj vire sèten blan, lè sa a, epi jodi a tou, nan lespri anpil Ayisyen tou, sa ki akiltire pa movèz edikasyon yo te resevwa nan men blan sa yo, te gen yon  move lespri rasis ki tap byen mennen. Yo te rele sa sipremasi blan. Lide sa a te trè alamòd a yon sèten epòk.

Blan yo te kwè nèg pa ta janm ka pwodui anyen ki ta ka genyen valè sitou sa ki genyen awè ak savwa, ak kilti, ak lang, ak relijyon. Tou sa nou wè a, se blan an ki ta ba nou yo. Sonje kolon yo te mennen nèg yo nan koloni an, Nouvo Monn nan pou edike yo, pou enstwi yo, pou krisyanize yo ak pou sivilize yo.., a kote de fè kòb tou sou do yo !

Men sou baz lang kreyòl la ki ta vin de panyòl la, you moun ka gen anpil pwoblèm pou esplike konman blan panyòl sila yo ta ka bezwen sèvi ak yon lang ki ta diferan de lang papa yo ak manman yo, alòske tou lède, ni sa ki sot lòt bò dlo yo, ni sa ki te fèt sou tè lakoloni a, yo tout te genyen menm enterè, menm metòd travay, menm pwofi, menm si, sèten nan yo ta ka devlope yon ti aksan twopikal. Eksperyans nan tout Amerik laten an, nan montre w byen okenn ladan yo pat janm santi bezwen fè yon lòt lang ki ta diferan de lang manman yo.

Poutan, move tretman nèg yo t ap sibi nan men blan kolon yo te kreye nesesite pou esklav yo te gen lang pa yo. Se te yon kesyon enterè kolektif pou resiste ak lavi. Listwa di te gen pase mil lang ki te pale ann Afrik la. Men sou tè lakoloni a, yo pa te ka reyini selon lang, dapre yon lwa yo te rele « kòd nwa » ki te regle konpòtman esklav yo.

Esklav yo te bezwen yon grenn lang pou ini yo tout. Pa egzanp, lò yo te swete wè nèg mawon yo antre nan chimen lagè lendepandans la, Tousen Louvèti te bije al pèsonèlman nan doko yo pou konvenk yo. Se paske li te ka pale avè yo nan lang orijinal afriken an, yo te fin pa aksepte lage endepandans lan pou anbrigade tèt yo nan lame endijèn nan. Sete petèt la tou, nan tan sila, Kreyòl la ta ka koumanse pran nesans.

Kreyòl ayisyen an, depi lò a si tèlman byen evolye sou tè dAyiti a, li entegre nan fon kiltirèl kreyòl, tou sa yon moun ka bezwen pou esprime lide li. Li devlope plizyè konsèp ki trè kreyòl tankou kreyòl (pye) pit, kreyòl (pye) bannann, kreyòl Ginen. Menm jan ak reyalite sa yo, lang kreyòl ayisyen, ka sèlman sòti kote mo kreyòl la ta vle di kichòy tankou “ki vini, ki anjandre, ki sòti” nan yon lòt lang, osnon de yon lòt gwoup sosyal, ki ta va egziste anvan l, men ki ta va menm jan avè l, ki ta va gen menm nati avè l, kita va yon lòt lang ki ta sanble avè l, men diferan ak li.

Lang kreyòl la ka prezante l tankou yon lang ki òdinè, e se nan lang sa a m ap ekri konferans sa a jodi a. Men li kapab prezante l tou tankou yon lang ki litijik, ki vle di yon lang moun sèvi avè l nan relijyon vodou an pou esplike ki sa yon moun dwe fè, ki sa yo pa ka fè poutèt Bondje ki ekselan e ki toupuisan.

Lang kreyòl la, li vivan, sa vle di li evolye tou le jou. Li te pran nesans li yon jou, li pousyiv ak jenès li, li atenn matirite li. Vyeyès li a gen tan pou l vini. Sa w di jodia nan yon jan  n ta ka di ki modèn, nan yon lòt tan, ou ta ka chwazi dòt mo pou di menm bagay la. O kòmansman, pa ekzanp, se ta yon bann mo afriken ke moun te konn kole youn sou kote lòt nan yon lojik ki ta afriken, sètadi li te ka gen yon vokabilè ak yon gramè afriken.

Pa egzanp, yon fraz kreyòl ta ka sonnen konsa nan le tan:

Damsewa Badè miwasan mdi Gaou m sewa e.

Men jodi a, lè nou konsidere lang Fon an tout moun pale nan peyi Dawonmen an yo vin rele Repiblik Benen an, li evolye tou. Ki fè li vin sonnen konsa:

Danou wè sèwa gbètò lè miwazon mdi Hougan nouè sèwa e.

E nan ka sa a, tou le de fraz sa a yo ta vle di menm bagay, men nan de epòk diferan:

Lanj Gadyen nou an te chwazi fè nou yon pil mechanste lò li te mennen n isit la.

E mesye dam Kongo yo ta di :

Si Lan Ginen an pate lwen konsa, m ta va ale chimen mwen. Wout la long, li laj e pechè latè isit yo move.

Gras a pakèt kapasite absòption ak prezèvasyon dokiman istorik sa a yo Vodou an genyen an, nou ka jwenn nan li yon bann esplikasyon ki nesesè pou kenbe memwa pèp la. Esplikasyon sa a yo ta ka pèdi si n pat genyen kreyòl la pou raple nou yo.

O kòmansman se te avèk mo afriken yo te eksprime yo. Men yo ta ka endijèn Tayno tou. Se lò n rive nan Bwa Kayiman e desizyon te pran la menm pou n te sèvi ni ak Vodou an, ni ak lang kreyòl la tankou de branch yon sizo pou koupe kòd lesklavaj la, n ta di lang kreyòl la ta fèt ofisyèlman. Vodou ayisyen an tou. Se ta Tousen Louveti ki ta papa yo, e manman yo ta yon fi ki te rele Wandile, ke yo te rekonèt li sou non Wandile Janpiè Poungwe (Zambia M’Pungu) manman wa Tegbesou. Listwa di w wa sa a ta depanse tout fòtin wayòm ni an pou l ta rejwenn manman li. Yo te di l yo te vann manman l poul ale o Brezil e se la li ta al chache l.

Lang kreyòl la, li fagositik, sa vle di li ka vale, enkòpore epi dijere kèk mo, ou menm kèk espresyon lang etranje anndan li. Se nan nati li pou l fè sa. Lò mwen di lang kreyòl la gen tandans fagosite mo, ekspresyon e menm tout yon tèks ki ta sòti nan lang etranjè yo, m ap sonje koulye a yon ti chante tout Ayisyen konnen byen paske yo te konn sèvi avè l pou yo te jwe lò yo te piti. Yo te konn fè lawonn avèl. Chante sa a te rele :

Un p’ti pye Lorye :

« Un pti pye lorye ki a pèdi sè flè

Un pti van pase sou li ki a brize toute lè flè

La kolik o zabriko… doumbwèy cho!

Doumbwèy nan pwa sa gou ! »

Anpil moun te ka kwè yo t ap chante an franse, sitou lò yo te lekòl kay mè kote aprantisaj franse a te obligatwa. Gen lòt moun ki ta ka di tou lang chante sa a se nan lang « peti-nèg » li ye, sètadi yon franse mawon ki pa fin twò klasik. Men an reyalite, nan jijman pa m, chante sa a totalement an kreyòl, yon kreyòl ki fagosite gwo segman ou byen gwo mòso franse ladann pou rakonte jèn ayisyen yo sa k te rive blan yo lò yo te aprann kòmansman lagè lendepandans la.

Se pou konprann « Tipye lorye » a se te kolon wa Lafrans yo ki te konn mare yon ti branch lorye toutotou bò tèt yo jan nou wè l nan foto a. Li pèdi flè li ki vle di li pèdi tout lògèy li ak awogans li paske yon ti van pase sou li. Ti van sa a vle di ti van revolisyon 14 daout 1791 la ki te fenk kòmanse. La kolik o zabriko ki vle di vant fè mal, vant kòde, vant mennen, kay tout blan yo ! Sa tou se yon jijman ki pèsonèl. Li tout a fè sibjektif .

Pou gwo dòz imajinasyon avèk entelijans ki genyen nan ti tèks sila a, kote ansèyman listwa pa t pou kite mè yo konprann ki sa jèn yo t ap chante a, (kreyòl pale, kreyòl konprann !) Nan lakou lekòl kay mè Okap yo, se la ti medam yo te reyini nan lakou rekreyasyon an pou lanse premyè fwa nan dat 21 daout 1791  « Aya Boumbe ! Aya Boumbe ! » ki te vle di « Jou a rive ! Jou a rive ! » 

« Kanga moundele ! Kanga Bafiote ! » Mwen kwè yon blan franse osnon panyòl pa ta ka panse tèks sa a ni jodi a, ni nan epòk lontan yo. Mwen kwè pito tèks sa yo ta dwe fè pati de literati kreyòl menm si yo ta sanble yo te ekri an franse.

Tout bèlte a te chita sou diferans aksan tonik la kite genyen nan lang Bantou moun peyi Kongo yo te pale a. Lò ye te mete aksan an sou Kan an, nan Kanga a, li te vle di touye, pa egzanp touye blan yo ! touye moun yo ! Moundele, se apeprè menm sans ak mo moun nan genyen nan lang kreyòl la. Lò aksan an mete sou Ga a tankou kanGA Bafiote, Fiote a te vle di “Ansyen wayòm Kongo a”. Ba a yo te mete devan Fiote a di w se pou konstitye pliryèl la. Kidonk, kanga Bafiote te vle di “Sove ti moun Kongo yo, sove ti kriyòl Ginen yo.” Se fòmil sa a ki te petèt ala baz « koupe tèt boule kay la ! » Yo pat gen zam, se a manchèt ak dife yo te sèvi.

Lang kreyòl la, li litijik tou, ki vle di yo sèvi avè l nan relijyon Vodou an. Nan rit Rada a, pi fò mo yo sòti nan wayòm Alada Dahonmen kote moun yo te pale lang fon ak lang ewe. Nan rit Kongo a, lang nan sòti nan peyi Kongo kote moun yo te pale youn nan lang Bantou yo. Nan rit Petwo a ki fèt ann Ayiti, lang nan se kreyòl, e trè souvan se te yon Kongo ki te tradui literalman an kreyòl.

Men sa a, li an Fon, anpil Ayisyen konnen l :

O’Dan o’Kou Yèhwé

Danballa Wèdo o’Késou e.

O’Dan o’Kou Yèhwé,  Ou se Gran Moun lakay mwen.

Tèks sa a li sanble li ta granmoun paske lesansyèl sa li di a nan lang fon. Lò ou tradui li : Odan, ki se yon lòt non pou Danballa Wèdo, o’kou vle di lanmò e pa ekstansyon zansèt yo, Yèhwe vle di Bondje. Yo te souvan ba li non kòm Jehova ou byen Yave tou. Kesou ou byen Ketou se youn nan gran vil ki gen nan Nò peyi Danwonmen an. « E » yo konn mete nan fen fraz la, vle di « è », tankou an franse « est », an kreyól « se ».

Kidonk, tèks sa a vle di :

« Odan se Bondje zansèt nou. Danballa Wèdo se Yèhwe. Se Li menm nou te rekonèt lò nou te nan Ketou ou Kesou. Kidonk  li granmoun anpil epi li trè pi. Li dwe reye jodi a lakay mwen. »

Nan jijman pa m, orijin mo Kreyòl la ta egziste depi Lafrik lò yo di w popilasyon kreyòl la te la depi nan kòmansman dè tan, depi lakreyasyon di monn, yon tan ki te rele “ Aniye osnon Anye” ki vle di « osi lwen ke memwa moun ka remonte. »

Moun ki te konn achte esklav yo di w popilasyon Kreyòl la te de gran navigatè, men sou piwòg. Kòmkwa te gen anpil, anpil labou toutotou kontinan afriken an e gwo batiman tranzatlantik kolon yo pat ka janbe labou sa a yo. Genyen labou sa a toujou jouk jounen jodia. Se te popilasyon kreyòl la sèlman ki te ka fè moun janbe “laba”. « Bar la » sete yon mo Pòtige ki te vini de « barro ». Nan lang pòtige yo, « barro » te vle di « labou ». Popilasyon kreyòl Afrik sa a yo egziste toujou.

Yo rete toutotou kontinan afriken an kote yo genyen divès non tankou Krou, Kri, Kwa, Kriyo, Kriyòl,… kòm non etni pa yo. Y ap viv prensipalman bò Kot Divwa, Kap Laou, Siera Leone, Ginen ak Liberia kote non sa yo sèvi tankou non etnik yo. Se de yo n ap pale lò n ap di « Kwa asingbo » nan langaj Gede yo oubyen lò n ap pale de « Kwa de micho » ki vinn tounen Croix des Missions, Croix des Bossales, Croix Depre, Croix des Bouquets an franse. Dè fwa, yo konfonn mo Krou a pou Twou. Dayè, mo Kwa a pa ‘’Croix’’, li se yon teritwa ki ann Afrik ki rele Gran Gede. Mo Krou a se limenm ou ka jwenn tou ann Ayiti kòm nan non Twou di Nò ou Ti Twou de Nip ou Ti Twou Baradè… Afriken yo te pwononse mo Krou a avèk pwent lang yo, yo te woule nan bouch yo. Se sa k fe moun ki pale franse yo pran « Krou » a pou « Twou ».

E Kilti a, kisa li ye ?

Lakilti a se tout kalite lakonesans, tout sa ki bay moun fòs ak pouvwa, tou sa yon moun oswa yon pèp konn fè pou l metrize anviwònman li epi transfòme l, menm tou sa moun ka jwenn pou l kreye lòt bagay avè l. Mo kilti sa a dekri tout kalite resous ni moun ni bèt genyen e ki ka sèvi tou pou konplete fòs li ak pouvwa li.

Si moun ta vle konn plis sou kesyon lakilti a, nou ka di tou li rasanble nan yon grenn mo ki se la kilti a pou l di tou sa moun konprann lò y ap pale de savwa ki se refleksyon sou lakonesans yo, sou kwayans yo, sou pratik yo, sou sa ki rele limajinè a, sou kreyativite a, sou ideyoloji moun ki gen gwo lide yo, sou larelijyon, sou zar, sou syans, sou spò. La kilti a se difizyon tout savwa sa yo nèt, e se menm sa a, yo ka rele gou moun genyen pou lakonesans.

Konesans sa a yo ak manifestasyon yo se konesans estrikti ki fè inite pèp sa a osnon sosyete sa a. Alòs nou ka di kilti a se tout trè moun ka di ki distenktif pou yon sosyete, trè ki espirityèl, trè ki materyèl e menm trè ki afektif ki karakterize yon sosyete oubyen yon gwoup sosyal tankou yon pèp.

Nan definisyon sa a, nou ka mete tou, tout sa ki rele zar ak literati la, kijan moun pou viv, dwadelòm moun genyen ak sistèm valè yo tou, tradisyon yo ak kwayans yo.

Se sèten : nou kapab di anpil lót bagay ankó sou kilti kreyòl la. Se sa ki inifye nou e nou menm e tout pèp k ap viv nan Karayib la. Sitou, ló n ap konsidere yon pèp tankou sa moun yo te konn rele Black Karib yo, ki se Garifuna yo. Yo te rele yo tou Kalinago nan Ti Zanti yo ak nan peyi Beliz. Karaktè Nago moun sa yo te trè fó sou yo, yo te trè gèrye anpil tankou Ogou Feray. Nou jwenn anpil lót eleman kiltirèl ankó ki ini nou entimman tankou respè zansèt yo, respè lanati a epi yon istwa nou tout nou pataje ansanm depi anvan, epi pandan, peryód lesklavaj la ak lakoloni a.

Men konsa tou, nou ka jwenn manje nou konn manje yo ki baze sou diri ak pwa, dans nou yo n rele mereng nan, ritm mizikal tout rejyon karayib la ki akse sou tanbou yo, tout bagay sa a yo di w avèk fós: Se Kreyòl nou ye ! Kidonk Vodou, Santeria, Palos Mayombe, Soukous, Capoeira… tou sa se kilti pa nou.

Sa ki pi enpòtan an, se jan nou rekonèt youn lòt otomatikman. Nou se yon sèl, nou fè yon sèl pèp kite depòte pa fós, epi avèk fós pa nou, avèk lèd epi kouraj nou jwenn nan zansèt nou yo, nou rive rechouke ! Ayibobo !

Ayiti ou byen Ayi miton ti, nan lang fon an vle di « Dezómè tè sa a se pa nou » Ayisyen yo jwenn an konsekans yon eritaj ak, an menm tan, yon konsekrasyon premye pèp nwa endepandan ki sou tè sa a : Tè sa a, se pa nou li ye. Manbo, Grann Ayizan Velekete – se li menm ki te layite nat la pou nou. Layite se yon mo ki gen men rasin ak Ayi nan Ayiti a.

Listwa

Jan nou sot wè l la, ni lang kreyòl la, ni kilti a marye kole kole ak listwa pèp ayisyen an. Relijyon Vodou an tou, li marye ak konsèp sa a yo tou.

Gen moun ki, sou pretèks yo ta chwazi yon lòt relijyon poutèt pa yo, ta swete wè kolon vin pran peyi a ankó epi wè Vodou an disparèt. Nou kwè sa se manke konprann, se yon kokenn chenn kalite inyorans ak egoyis ki pa padonab. Imajine w paske yo menm yo gen dwa a, dwa pou yo chwazi relijyon osnon filozofi vi pa yo, zafè si peyi a kraze ! Sa pa fè sans, sa depase lisans !. Dapre yo, lòt moun pa gen dwa tou e se yo menm sèlman ki ta gen tout dwa ? Yo kwè, petèt, yo ta grandi tankou djondjon. Lapli tonbe yon jou e yo menm, nan demen, yo ta leve, yo ta pouse apati de anyen.

Ala! Se sa ki di sa yo vo. Yo pa genyen zansèt e yo fèt tou konnen!!! Sanble yo pa konprann : Si yon moun pa gen zansèt, kote li ta ka pase pou li menm li ta ka gen yon pase ..?

E, si li pa gen yon pase, konman li ta ka fè pou l ka bati yon fiti pou li menm ak pou pitit li ? Eske se renmen li pa renmen pitit li yo konsa ?

Mezanmi… Map kite nou la a, epi m ap di ak tout fòs mwen :

AYIBOBO pou 30ème anivèsè rekonesans lang ak kilti kreyòl la !!

 Pèp Ayisyen an pa ka tann ankó pou gouvenman Mateli-Lamót la pwomilge epi pibliye lwa sou Akademi kreyól la.

Max-Gesner Beauvoir

Ati ak Siprèm Sèvitè nan Konfederasyon nasyonal vodouyizan Ayisyen yo (K.N.V.A). (Oktòb 2013)

 

10 Pòtre fanm nan woman kreyòl ayisyen
Konferans Pierre Michel Chéry prezante nan Lise Marijàn pou Akademi Kreyòl Ayisyen
nan kad selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2016.

Ki sa n ap chache ?
Rezon ki fè nou vini ak sijè sa a, se yon fason pou nou ankouraje jèn fi ak medam yo li
woman kreyòl yo, paske tèm yo trete nan woman kreyòl yo, ap ede nou konprann
sosyete nou an. Y ap ede nou wè tèt nou anndan sosyete a epi ede nou jwenn ki jan pou nou transfòme sosyete a an dous. Pèsonn p ap ka mezire enpak “Sentaniz” gen sou kondisyon lavi restavèk nan peyi a. Woman kreyòl yo se tankou yon laboratwa kote n ap gade tèt nou kòm Ayisyen, paske se fon nanm nou, kòm moun k ap viv nan yon sosyete, y ap flache. Pèsonaj woman yo se kobay ki nan laboratwa kote ekriven yo ap travay la. Apre sa, sosyete ayisyen an se yon sosyete ki gen anpil kliche (estereyotip) patikilyèman sou fanm. Depi yon fanm soti nan yon zòn nan peyi a, Ayisyen nan lòt zòn ba l yon defo. Yon defo moun k ap viv la pa rekonèt. Gen estereyotip pou gason tou, men jodi a se kliche medam yo ki enterese nou. Nou poko konnen sou ki kliche nou pral tonbe. Men, nou bezwen wè si ekriven yo repwodui sèten kliche nan woman yo. Paske jan nou konn di li, ekriven an fè jefò pou li gen orijinalite li, men milye kote l ap evolye a, eksperyans li, make pawòl k ap jèmen nan lespri li pou l al mete sou papye pi devan. Sa ap pèmèt nou wè nan ki limit ekriven kreyòl yo depase prejije ak estereyotik ki gen nan sosyete a. Epi tou, tout otè nou pral prezante la yo se gason. Li ta bon pou nou ankouraje jèn fi ki renmen literati vin demontre talan yo nan divès jan literè yo.

Nan ki woman nou jwenn medam yo, epi ki non yo ?

Premye woman nou mete nan lis la, li rele Lanmou Bredjenn. Se John Gibbs Janvier ki
ekri li . Pèsonaj ki enterese nou yo se Anita ak Katya. Woman sa a sòti an 2015 nan
Librairie-Editions Kopivit-L’Action Sociale.

Gen yon woman kreyòl Patrick Sylvain ekri ki rele Anba Bòt Kwokodil. Woman sa a sòti an 2015, nan Trilingual Press, Cambridge Massachussetts, Etazini. Gen de (2) pèsonaj ki enterese nou nan woman an. Premye pèsonaj la se Èzila epi dezyèm nan se Malèn. Pi devan n a wè pou ki rezon nou pran de medam sa yo nan woman an.

Twazyèm woman nou an se Adelina. li parèt an 2014, nan Trilingual Press, Cambridge Massachussetts, Etazini. Se Ewald Delva ki ekri li. Fi ki enterese nou woman sa a, se Adelina, se pèsonaj prensipal la tou.

Rhoddy Attilus ban nou katriyèm woman an ki se Kèkèt ak Janmari. Woman sa a pran
pri Deschamps 2014. Se Edityon Deschamps ki pibliye l. Pèsonaj ki enterese nou kòm fi
nan woman sa a se Kèkèt, youn nan pèsonaj santral woman an.

Edgar Gousse ekri yon woman yo rele Kolangèt Madan Bwadòm, fòk nou pa kite non
woman an pran nou nan zatrap. Sa ki nan woman an pa gen anyen ki sanble ak jouman. Woman an sòti an 2012. Se Edition CIDIHCA ki pibliye woman an. Nou pran 3 medam nan woman an sa a, non yo se Rayisa, Mandala ak Sofi.

Dènye woman nou, sizyèm nan, se Edisyon Mapou ki pibliye Agasya pou Emile
Célestin-Mégie nan ane 2003. Pèsonaj ki enterese nou nan woman sa a se Agasya,
pèsonaj santral woman an. Emile Célestin-Mégie (Togiram) se manm Mouvman Literè
Sosyete Koukouy.

Yon kout je byen rapid sou 10 pèsonaj yo ak woman yo
Nan prezantasyon nou pral fè sou woman kote nou pran pèsonaj sa yo, nou pral gade ki pwoblematik otè woman an abòde oswa ki entansyon otè a pou nou jistifye rezon ki fè nou sible pèsonaj sa yo. Si nou gentan n ap fè yon kout je rapid sou estil otè yo ak fason yo abòde kesyon lang kreyòl la. Sa ap pèmèt nou wè ki jan otè a jere enfliyans lang franse a, malgre se yon woman kreyòl l ap ekri.

Lanmou Bredjenn
Premye woman ki nan lis la se Lanmou Bredjenn. Otè a se John Gibbs Janvier. Nan
woman sa a, John Gibbs Janvier montre nou yon jenn gason, yon bredjenn (Pòl) ki
renmen ak de fi, youn pou li pran plezi li (Anita), epi lòt la pou lè li bezwen lajan (Katya).
etan Pòl ap etidye nan fakilte, l ap evolye nan mitan yon ekip azaryen, y ap jwe zo, y ap
bwè alkòl. Fon tablo woman an se yon ekip jenn gason ak jenn fanm k ap bat mizè, men tou, ki anvi viv.
Prèske tout jenn gason, tout jenn fanm ap goumen pou yo jwenn lajan, yo sou bras, fi
kou gason. Renmen yo fèt rapid, trapde, san pale anpil. N ap prezante Anita ak pawòl otè a met nan bouch li : “Ki sa w ka mande m pou m fè m pa kapab” (paj 13), epi “Anita
avanse sou Pòl li kole bouch li nan pa Pòl pandan kèk minit” (paj 14). Men ki jan Pòl wè
Anita : “… sa ta bon pou w wè fanm lan wi, ti manzè plen tankou yon ze bòs epi l mete yon bout pantalon, chak bò mouda l ap rele…” (paj 19). Kondisyon egzistans yo kale kalite rapò dife pay mayi sa yo, rapid, danjere nan tout sans, k ap kite tras yo pa ta vle…
Woman sa a montre nou mizè moral ak sousi materyèl yon pati nan lajenès nan kapital
la ap viv, sa k ap pase nan tèt yo, ki jan yo pran tèt yo, ki jan yo wè patnè yo, jèn parèy
yo.
Pa gen diferans ant lojik Pòl devlope pou li viv la ak fason medam ki nan baz Anita yo
reflechi. Tout medam ki nan baz la sou afè, yo tout ap veye ki kote nèg ki pou leve yo atè a ap sòti. Annatandan, y ap pwofite lavi a jan yo kapab, yo renmen, y ap kite, y ap fè nouvo mennaj san yo pa kite. “Lè w ap gade figi Yolèn ou ta di se Sent Vyèj Mari men zak anba pye l ka antere dis gason nan yon sèl tou” (paj 26). Ni fi, ni gason, yo tout ap jwe pokè a, tout kat yo atè, ki nèg k ap pran yon kout pitit ? Ki fanm k ap pran yon gwòs san papa ?
Kanta pou Katya, lòt pèsonaj ki enterese nou nan woman an, se lòt bò meday detrès la.
Katya se fi k ap travay la, men ki oblije mete lajan deyò pou li jwenn moso afeksyon nan
men yon gason (Pòl) ki pa renmen l. Men ki jan Pòl wè rapò li ak Katya : “… ban m al jere bras jounen an la a avan fanm sa a tonbe fè kòlè sou kont mwen” (paj 20). Pi devan li pral pale konsa ak Katya : “… m pa renmen lè w fin di m w ap ban m yon kòb epi w lè jou a rive w chanje pawòl” (paj 20). Katya se moun ki asepte soufri an silans jouk sou kabann lopital… paske se li ki renmen an, se li k ap sibi dominasyon an nan rapò li avèk Pòl, se li ki pou peye, se li ki nan bezwen. Men, silans Katya a fè Pòl ap viv ak laperèz Katya ka sere vanjans la dèyè. Dezyèm sousi: lajan fanmi Katya a fè Pòl tounen yon prizonye nan men Katya …
Enterè nou nan Lanmou Bredjenn se te chache konpran kouman jèn yo travay ak lang
kreyòl la, kouman yo itilize l, ki sa ki sant enterè yo anndan sosyete a, sou ki sa y ap
reflechi. Sou plan estetik, pa gen travay an pwofondè ki fèt sou lang nan, otè a pa
melanje franse ak kreyòl. Sou plan sa a, otè a pote anpil enfòmasyon pou nou. Sitou nan zafè vokabilè anglè meriken k ap antre nan lang nan anba enfliyans mouvman rap
entènasyonal la. “Kote w jwenn bèl ti shooty” (paj 18) . Nou jwenn “yo”, “man”
(pwononse menn), nan lis entèjeksyon, jèn yo itilize nan plas “ey” pou yo atire atansyon
yon lòt jèn parèy yo. Nou jwenn “zofanm” (paj 19), pou yo montre kalite trè fizik yon
fanm. Nou jwenn “zo” pou kont li tou, “m pa nwi” (paj 23), k ap parèt nan langaj jèn yo,
li vle di “sa pa deranje m”. Woman an kite nou ak enpresyon se yon travay ki pa fini,
akote sèten neglijans ki pase tankou fot nan tape, ponktiyasyon. Anpil fwa otè a
boukante non pèsonaj yo nan aksyon yo.

Anba Bòt Kwokodil
Nan Anba bòt Kwokodil, Patrick Sylvain soulve difikilte yon jenn gason (Jozafa)
genyen pou li deside si pou li rete viv nan peyi a (Ayiti), osnon si pou li al viv aletranje
(Etazini). Difikilte a sòti nan presyon l ap pran nan men manman l ak sa l ap pran nan
men madanm li. Nou nan peryòd diktati Divalye a k ap ratibwaze jenn gason, espyon
toupatou ap veye bouch moun k ap pale. Èzila, manman Jozafa, ki te plase avèk yon sèjan meriken sou lokipasyon, devlope repiyans pou tout sa ki meriken, pou fason meprizan, demounizan sèjan meriken an te trete l.. Mete sou sa, li gen enfòmasyon sou fason blan ap trete moun nwa nan Sid Etazini. Sa li tande yo raple li sa peyi a te viv sou lokipasyon, “Pa bliye moun blan nan sid pa vle wè moun nwa; anpil nan marin yo se nan sid yo te sòti e se yon peripesi yo te fè n pase” (paj 261). Moun ap mouri nan peyi a, bèlfi a, Malèn, pa nan koze rezistans kont diktati Divalye ki nan bouch Jozafa a. Sèl pòt sòti li wè, se kouri kite peyi a bay Divalye “nou menm fanm nou konn reve tou… Nou gen de timoun piti la a, fòk youn nan nou panse a lavni yo. Fòk pye youn nan nou byen plante…” (paj 218). Nan woman sa a, pozisyon depaman sa yo pa fèt nan echanj fas pou fas nan mitan 2 medam yo. Se nan tèt Jozafa de lide yo al bouyi.
Patrick Sylvain kondi istwa a san li pa monte tansyon sispenns la, si se pa jis nan fen liv
la nou viv presyon yo reyèlman. Men, nou santi anbyans la pa bay moun anvi viv, nou
santi Èzila se yon moun ki kòche (blese) nan relasyon li te genyen ak Meriken an.
Dezespwa ak malè ap fè viwonn kay tout moun, atò moun k ap sèvi rejim nan. Istwa a
pral pran koub li tout bon lè yon jandam ouvè zam sou yon makout ki reponnli ak kout
zam pa l “Rafayèl annik wè zam Bòs Masèl la, … li tire sou Bòs Masèl… Bridsoukou, tèk-pou-tèk, yo chak reponn ak kout zam pa yo” (paj 249).
Sou plan literè, Patrick Sylvain ale lwen nan kantite detay li ka bay lè l ap fè yon
deskripsyon, “L’abiye ak yon wòb plake san manch ki bay sou tèt jenou l’. Wòb lan koulè ble ak ti boul “pokodòt” blan sou tout kò wòb la”, “Nen Malèn bazòl, li pa ni twò pwenti, ni twò plat. Bouch li, anba a byen plen, on ti jan epè men li pa pwès, anlè a fè yon ti monte lejèman” (paj 71). Patrick Sylvain montre li metrize kreyòl popilè a, sitou nan dyalòg yo “…, ban ba w on ti konsèy. Kannari w deja rabouch, poukisa ou pa bouche l pou l sispann vide dlo ?” (paj 60), “Bouche pa koupe vyann ak mòso bwa, se ak manchèt yo sèvi. Alò lè Lisifè sèvi ak zam se ak zam pou reponn” (paj 219). Otè a pran anpil anpil libète ak lang nan. Li pa bay tèt li okenn regleman lè pou li itilize detèminan yo (a, an, la, lan, nan), li sèvi avèk yo jan li pito, “M sonje jan nou te konn jwe jwèt timoun yo ap jwe an” (paj 168).
Men, lekti woman an vin lou, lè Patrick Sylvain deside antre nan demach sèvi ak pwòp
mo li kreye nan lang nan, “Jozafa te twò kontan wè yo, li akolade yo fèmeman” (paj
231), “yon matonnman grenn klou”, “manmzèl pa ta renmen chimerit Jozafa” (paj
233), epi “efranyisite” (paj 239), “koupabilize” (paj 241), “sanginèsite” (paj 245),
“nwasite” (Paj 246), “ekosifye” (paj 247), “zeguifye” (paj 248).

Adelina
Woman Adelina a se yon istwa damou ant yon jenn fi ak yon jenn gason. Sa ki kreye
enterè nan woman an se paske 2 pèsonaj santral yo (Adelina ak Wodòlf) soti nan de klas sosyal ki nan de bout ekstremite sosyete a. Ki fè, Ewald Delva (E.D.) kanpe yon
pwototip fanm malerèz k ap pote fado tout ti peyizan peyi a nan yon alyans sosyal ant 2
klas kòm 2 moun ki pa ta dwe rankontre alewè pou yo ta rive renmen. Woman an ka
sèvi kòm senaryo pou yon feyton televizyon. Nan konsepsyon otè a, relasyon lanmou ki
genyen ant Adelina ak Wodolf la parèt tankou yon reparasyon sosyal istorik “Mwen
renmen w poutèt senserite kè ou/ Ou fran/ Ou diy de mwen” (paj 105). Wodòlf (kòm pitit
grannèg) gen konsyans se yon favè li fè Adelina dèske li renmen li, se tankou se yon
byen l ap fè pou ti pèp la, “olye pou li ta louvri de bra li byen laj, pou li ranmase lamàn ki
ap sòti nan syèl tonbe nan dezè li” (paj 72). Tout engredyan yo la, yon malerèz dènye
degre ki t ap pase mizè epi lavi li pral baskile…
Men ki jan otè a wè Adelina: “Adelina se yon bèl demwazèl byennelve. Li gen yon bèl koulè nwa marabou, jansiv vyolèt, chenèt dan blan byen aliyen… Tout fòm kò Adelina byen fèt, byen detaye” (paj 31). “Adelina nan laj sèzan, te al pase ekzamen sètifika li san grate tèt” (paj 35). “Pou byen asire plas travay li, peyizàn Adelina toujou fè bòn jès ak tout moun nan kay la… Demwazèl la gen tout dis dwèt li nan koze kizin. Li souriyan epi akeyan sou tout pwen. Li bèl epi li entèlijan alfwa” (paj 60). “Abitan an (Adelina) konnen tout fason pou li resevwa moun … ou pa pe wè Adelina ap mache sou moun dri dri. Si li ta oblije mache, se pou dabò li ranmase tout rad li, ak bèl eskiz, anvan pou li pase bò kote yon moun” (paj 68).
Men kijan Adelina wè kwayans paran li yo : “… Masiyon te mande Adelina pou li janbe
yon boukan dife… Adelina pa te vle, … li te rive janbe li andeyò volonte li (paj 36). Kòm
reyaksyon pou iyorans yo, li fè manman l konnen “… mwen pa lwen pou mwen konvèti
nan pwotestan” (paj 37).
Diferans ant klas sosyal yo pral parèt nan lang franse a otè a chwazi pou li fè pèsonaj ki
nan sèk Wodolf yo pale, “- Rodolphe mon amour, aie donc pitié pour ta mère!”, “-Mamie, cela ne regarde que moi, merci.”, “-Non mes amis, c’est une honte. Une servante de ta maîtresse, comment te sens-tu?” (paj 158). Tankou jan tout lektè ki konn mès peyi a t ap tann sa, fanmi Wolan pral voye pye devan “mezalyans” la. Men, si anpil lektè t ap tann rapò ant klas sosyal yo pral dejenere pou yon kriz total pete nan woman an, y ap pran yon bèl desepsyon. Sa k pase? Otè a dejwe atant lektè yo. Yon ensidan (otè a kreye) pèmèt li kraze tout baryè sosyal, “Anaïde, Petite sœur, tu m’en veux… Mais bien avant ma peau, je te supplie de conserver l’embryon que tu portes à peine pour ce musicien de jazz” (paj 158). Nan 2 replik otè a kraze tansyon an pou li pa tounen kriz, “Adelina (Jidit) te rive konn tout anndan kay Montaynwa a, paske Anayid ki vini si tèlman bon zanmi li…” (paj 160).
Avèk Adelina, Ewald Delva montre nou li konn tradisyon peyi a. Sèn fiyansay la (paj
138) se yon veritab kado pou orijinalite li. Woman an se yon kwazman 2 kont ki soulve
tout kalite kesyon ki gen rapò ak vijinite, an Ayiti. Sou bò Adelina, vijinite “bòbòt” la se
objè sakre pou moun pa vòlè nan kont la. Adelina gen yon pakèt eprèv pou li travèse ak
misyon pou li pwoteje objè sakre a. L ap gen pou li refize òf gason “ki pa pou li”, l ap gen pou li defann tèt li kont gason ki vle vare sou objè sakre a; l ap genyen pou li reziste
anba tantasyon vann kò li pou li ka manje, li pral viv nan dènye degre malsite lavi a
(dòmi nan …). Eprèv sa yo ki devan Adelina yo, se senbòl baryè sosyal Adelina genyen
pou li travèse yo pou li ka jwenn “lamàn nan dezè” a. Amelya, manman Adelina, jwe wòl
adjwen nan kont la, paske se li menm ki gen sekrè “klete” a pou moun ki pa gen modpas la pa ka rive nan chanm sakre a. Nan dezyèm kont la, ewo a se Wodòlf ki pral pati dèyè objè sakre a, ki pral travèse eprèv pa li (vwayaj, fanmi), pou li al chache kle (fiyansay la) k ap pèmèt li jwenn modpas objè sakre a.
Ewald Delva itilize plizyè estil pou li ekri woman an. Li itilize kreyòl popilè a nan dyalòg
yo, li itilize lang franse a pou pèsonaj ki nan sèk Wodolf yo. Epi, anpil fwa, li mete
womans yo sou fòm pwezi klasik (vèsifikasyon, metrik, eks), “Kwak ou pa fè cheve w
lis/Se pou sa m renmen w piplis” (paj 98). Men, pi gwo feblès nou jwenn nan woman sa
a, se konstriksyon fraz yo ki sanble twòp ak konstriksyon fraz franse, “Adelina te gentan
fè de vwayaj Chanbelan, nan bato, ale anonse rive Mennaj li” (paj 113). “Amelya anfen te fini pa reziyen li, e bay legen a koutwazi enkoni an” (paj 124), “li ekskize depite Edwa pa yon souri fòse” (paj 127). Liv la vin sanble yon tradiksyon woman franse. Se tankou otè a te panse woman an an franse epi li ekri li an kreyòl. Nou ka wè sa nan kantite fòm
advèbyal franse otè deside kreyolize san li pa pèdi tan al chache yon fòm kreyòl ki te ka
fè lide a pase pi byen,”Palasuit, anvèti amitye yo” (paj 29), “Mwen ap marye avèk ou
soulechan” (paj 40),”asontou” (paj 51), “sandezanpare” (paj 60), “andepidetou”,
“toujouzètil” (paj 68), “osivit” (paj 69) “Dòdòf, vi laj ou” (paj 100) “…, pouvike nou konn
sa nou ap fè” (paj 107).

Kèkèt ak Janmari
Nan Kèkèt ak Janmari, Rhoddy Attilus kanpe pou nou istwa yon jèn koup k ap viv ak
dout nan relasyon yo. Janmari sispèk madanm li, Kèkèt. Li twouve li twò alèz ak yon
zanmi gason. Men, nan rapò anndan koup la, se Kèkèt ki dominan an, akoz aisirans li
genyen sou santiman l, mete sou imaj bèl fanm k ap fè tèt nèg vire. Nan woman an, Kèkèt se yon bèl fanm ki pa t dwe renmen Janmari, “Mesye, kòman nou fè kite peyizan sa vin pwan bèl fanm sa nan men nou la?” (paj 20) Men, se pa sèl sitiyasyon k ap fè Janmari dominen. Anvan yo te marye, renmen an te manke gate akoz yon lòt nèg ki t ap file Kèkèt. Kèkèt sou bò pa li pa ka fè Janmari konfyans tou, akoz yon kliche ki di “fanm renmen gason ki gen bèl fanm” (paj…). Menm si pa gen danje reyèl pou koup la, Kèkèt twouve Janmari twò serye pou li. Lavi a mande yon ti fantezi ki pa gen plas li nan detay pwenti ki nan liv lavi Janmari a.
Men ki jan otè a prezante Kèkèt : “Kèkèt, se yon chedèv lanati. Timoun ki leve Okap, ki te lekòl kay mè, ki etidye administrasyon” (paj 19). “Kèkèt bèl vre. Li pa gen anpil cheve, li renmen penyen afwo, li gen yon ti koulè kafe ole, men w ta di gen plis kafe pase lèt. Dan l blan kou koton, li gen jansiv vyolèt… Li gen bèl otè, vant li plat, dèyè l sòti, Woy” (paj 21).
Tou de pèsonaj yo anbake nan yon kous kont tantasyon chanèl. Kiyès k ap ka kenbe ?
Kiyès k ap sede? Si Janmari jwenn fi k ap pote tèt yo ba li, Kèkèt sou bò pa li tou pa alabri avèk sè, zanmi k ap ba li presyon pou li leve pye l. “Mwen pran plezi nan wòl m ap jwe a, paske m ap sèvi pitit mwen ak yon nonm mwen damou” (paj 58). Moun k ap bay Kèkèt pwoblèm nan istwa a se yon grann k ap fè moun pale moun ki konvèti mal. Etan Grann ap mache legliz, l ap boule lansan, l ap bat kat pou moun. Lafwa levanjil Grann pa anpeche l travay pou Ayisyen ki Ayisyen. Malgre endiferans vivan yo ak jouman pou lwa yo, mistè yo toujou la ap kondi lavi vivan…
Sa ki enteresan nan woman sa a, se fason otè a dejwe lektè a sou atant ak tansyon ki gen nan istwa a. Etan tout moun ap tann ki jan istwa fidelite koup la pral fini, otè a anbake pèsonaj yo ak tout lektè yo nan yon vwayaj mistik k ap kondi yo ale san yo pa konnen, malgre levanjil, malgre lakominyon, malgre jouman. Lwa ap danse nan tèt moun san yo pa konnen, lwa ap mete sekrè moun deyò, lwa ap trase wout pou moun, y ap pwoteje pitit yo san yo pa fè wè yo la, desten vivan yo nan men yo.

Kèkèt ak Janmari se yon woman kote otè a prezante kilti ayisyen an avèk yon rega
pozitif, agreyab. Li sènen kilti nan otonomi li ak bonte li. Sa vle di kilti a egziste pou
moun k ap benyen nan kilti a. Li pa ka egziste pou moun ki pa ka viv li.
Rhoddy Attilus ekri woman an nan yon melanj kreyòl, varyete Pòtoprens ak varyete Nò.
Otè pase egzamen an, paske estil la ale dous san fòse, ni rechèch metafò sofistike. Nou ta gendwa di, genyen elegans nan sèten sèn ewotik. Men gen anpil kote otè a repran kliche k ap sikile sou fanm nan sosyete a san li pa reyaji, egzanp : “fanm rizèz twòp” (paj 15), nan jwèt bòlèt, “kaka se revè a fanm” (paj 23), “ou kwè se aza k ta fè yo tonbe konsa” (paj 24). Otè a chwazi pa mennen deba a sou teren koreksyon estereyotip yo. Lè otè a pa fè sa, li asepte yo…
Gen anpil pasaj an franse nan woman an ki jennen kadans lekti a. Li te ka pi enteresan si otè a te ekri liv la an kreyòl sèlman, konsa lektè a pa t ap pèdi tenmpo lekti a. Nou
remake otè a deside ekri moso fraz franse yo dirèkteman an franse, lè se yon pawòl kote kreyòl melanje ak franse, “kèkèt te sou galri a ap gade les passants”, “comme à
l’ordinaire”, “à travers l’infidélité”. Nou prefere l konsa pase pou otè a ta jis ekri bout
fraz franse a nan òtograf kreyòl la.

Kolangèt Madan Bwadòm
Edgard Gousse prezante nou peripesi yon manman Rayisa ak 2 pitit fi li, Mandala ak
Sofi. Istwa twa medam yo kòmanse nan yon moman kote grann Rayisa mennen li lakay
fanmi Saliba, nan vil Gonayiv, pou li vin travay kòm bòn, dekwa pou li ka fè ti kòb pou li
achte sa li bezwen. Tanzantan ti pitit gason Saliba vin nan kò Rayisa pou yo fè bagay
ansanm. Lè sa a, Rayisa te sèlman gen 14 an. Etan Rayisa te nan kay la avèk Ti Saliba, li te gen yon lòt anmore tou, Bouk Baka, moun menm kondisyon sosyal avèk li. Rayisa vin ansent, li deside l ap lage gwosès la sou do Bouk Baka, nèg ki ta pi ka sanble papa pitit li, “Ou fin gwòs mwen, epi se kesyon sa a ou poze mwen ? Ki kote ou pral mete m viv atò” (paj 50). Rayisa vin ansent yon dezyèm fwa, li fè Sofi, li bat jouk li jwenn Bouk Baka plis yon lòt anmore (Jolikè) ki pou rekonèt pitit la ansanm. Malerezman pou Rayisa tou de mouche yo pral mouri. Lanmò sa yo ouvè yon vàn tribilasyon ki parèt tankou yon madichon Rayisa ap peye pou 2 rezon. Bwa dife Rayisa ap bay lafimen, lafimen gason k ap toupizi fanm, lafimen lenjistis (paj 92). Malgre l ap woule anba gason pou li ba yo kout pitit, l ap trennen dèyè l erè li fè depi nan ansent pou Ti Saliba, dezyèm rezon an se koze “dous pou dous” la sosyete ayisyen an pa admèt la. Men pou otè a esplikasyon an sòti nan bal pèpè k ap sòti Nouyòk ak Miyami ki vin detwi metye kòdonye ak metye koutiryèz nan peyi Ayiti a (paj 94)
Mandala, sou bò pa li, se yon fanm k ap viv pou lanmou. L ap chache lanmou pou
lanmou. Mandala pa konn ki sa li ta bay pou ti moso jwisans lanmou. L ap rate jou lekòl
pou li ka ansanm ak mennaj li. Rayisa deja ap poze tèt li kesyon pou Mandala, “… pou l
konnen si se pa tout kont mal taye li te konn fè nan lavi ti demwazèl li ki tounen pichon vin tounen sou premye pitit fi li jodi a” (paj 92). Se li menm ki mache sou gason yo, epi istwa li yo pa janm fini jan li ta swete yo. Sou plan sa a, Mandala se pitit manman l ak sèl diferans, lavi a fòse Rayisa aprann woule anba gason kote Mandala ap pèsiste chache lanmou jis pou lanmou.
Epi Sofi ki pi piti a, se li ki rive jwenn chans yon nèg ki renmen l tout bon…
Edgar Gousse chwazi ekri woman nan yon estil ki cho, sa vle di pawòl yo malouk, “Se
etidyan, ki poko fin doktè, ki t ap fè estaj yo sou kadav Bouk Baka ki te vivan toujou” (paj 62). Pawòl yo sale lè yo pa plen fyèl nan sèten dyalòg nan mitan pèsonaj yo, “Kolangèt Madan Bwadòm! gade ki jan krab bouyi mòde m” (paj 56), “Ey…! Bègwè, ou pa tande m ap pale avèk ou, pou ou leve tèt ou gade mwen?” (paj 49), “Bon, ou monte sou vant mwen Fizeme, ou fin fè sa pou ou te fè a, epi ou kraze rak… ou fout gwòs mwen, tande. Mwen te vle fè w konn sa” (paj 57), “Fizeme, mwen vle fè w konnen yo pa chatre chen de fwa” (paj 68). Men tou, chak sitiyasyon mache ak yon pwovèb “Anvan chwal te gen maling, mouch te viv” (paj 71), oswa yon pawòl an daki. Daki a tradui filozofi lavi pèsonaj k ap pwononse yo, lè se pa otè a li menm ki sènen sitiyasyon an avèk daki a, men filozofi lavi Rayisa “Yo toujou di kote bourik mare, se la yo ba l manje” (paj 48), epi men limit sekrè Bouk Baka “Bòkò toujou di li retire moun nan twou men se Bondye ki bay gerizon” (paj 51).
Nou pa note enfliyans lang franse nan fason Edgar Gousse ekri. Okontrè, sa ki atire
atansyon nou se chwa otè a fè pou li swiv kontrent fonolojik lang nan sitou lè yon “l” ta
twouve li nan vwazinaj yon son nazal, egzanp : [tann li] ap bay [tann ni] anba plim Edgar
Gousse paske se konsa pawòl la sòti nan bouch anpil moun nan lwès ak Sid k ap pale
kreyòl.

Agasya
Pèsonaj Agasya se yon pèsonaj tipik, yon pitit peyi a ki se yon fanm ki sòti nan milye
tiboujwazi a, ki al pantan sou fon kiltirèl peyi a epi ki deside anbrase kilti peyi a san
preparasyon.
Istwa Agasya kòmanse ak yon envitasyon ki vin jwenn yon ekip zanmi pou y al asiste
yon seremoni lwa ki t ap fèt nan yon seksyon kominal tou pre vil Marigo. Etan Agasya
nan seremoni an, yon lespri monte nan tèt li san li pa ka konprann. Apre esperyans sa a, Agasya pral pran desizyon pou li monte yon sèk etid nan vil la ak yon gwoup notab pou yo ka konnen ki sa vodou a ye. Sa pral kreye eskonbrit nan mitan moun nan vil la, pifò moun nan vil la pa dakò pou y ap vin fè reyinyon satanik nan vil la. Anpil vwazen ak
zanmi pral vin lènmi akoz demach sa a.
Pwoblèm sa yo pa briding Agasya ki deside avanse pou kont li. Agasya deside fòk li al
inisye (kouche). Inisyasyon an pral mennen tout kalite malè pou Agasya. Ki sa chwa
Agasya fè a pral pote pou li ? Se la tout enterè liv la ye ?
Lè nou li woman ak yon kout je sou po, nou wè malè Agasya soti nan desizyon li pran
pou li al inisye a. Men leson nou tire nan liv la montre nou, yon kilti se pa yon fenomèn endividyèl, yon kilti se yon fenomèn sosyal ki bezwen yon gwoup moun pou li
manifeste. Inisyativ mete sèk etid sou vodou nan vil la deja mete pikan kwenna pou kilti
sa a ta epanouyi nan milye sosyal Agasaya a. Mete sou sa, l al fè yon inisyasyon an
kachèt, san preparasyon. Desten Agasya te tou trase…

Èske nou jwenn sa nou t ap chache a ?

Nou li 6 woman kote nou pran 10 pèsonaj ki senbolize fanmm anndan woman yo. Gen 2 gwo tèm ki domine nan woman sa yo. De gwo tèm yo, se relasyon fanm ak gason nan renmen. Dezyèm lide ki prezan nan woman ekriven sa yo se rapò medam yo ak kilti popilè a pou nou pa di vodou a.
Anndan tèm relasyon fanm ak gason an, nou ka jwenn titèm tankou: kout pitit, vijinite,
komès lanmou, pwostitisyon degize.
Nan rapò pèsonaj yo avèk kilti popilè a, nou jwenn majorite nan pèsonaj yo rejte kilti
popilè a. Lè yo pa rejte l, tankou nan ka Agasya a, yo peye konsekans la tou. Men tou, fòk nou di youn nan woman ki trete kesyon kilti popilè a avèk yon kout plim pozitif se
woman ki rele Kèkèt ak Janmari a. Men tou, nou te vle wè kouman kliche ak estereyotip kont fanm nan sosyte a travèse woman yo. Malerezman, nou jwenn yo anpil. Kit se nan imaj sèten otè konprann ki se yon imaj pozitif pou fanm (Adelina), kit se nan fason gason konstwi imaj fanm nan tèt yo (Kèkèt ak Janmari, lanmou Bredjenn, Kolangèt Madan Bwadòm).

Diskou enstalasyon nouvo Prezidan KAd la,
Akademisyen Pierre-André PIERRE
Direksyon Kominikasyon 10-01-2019

Diskou enstalasyon nouvo Prezidan KAd la,
Akademisyen Pierre-André PIERRE

Onè respè Prezidan Akademisyen Jean Pauris JEAN BAPTISTE ak tout
manm KAd k ap soti a;
Onè respè Madam Luna GOURGUE, Sekretè Egzikitif Akademi Kreyòl
Ayisyen an;
Onè respè Mesyedam reprezantan UNESCO, Ministè Edikasyon Nasyonal,
Ministè Lakilti…
Onè respè tout anplwaye AKA ! Tout envite ! Tout manm laprès!
Jodi a, mwen koube mwen byen ba pou mwen salye kokennchenn travay KAd
ki prale a. M ap salye yon fason espesyal, Prezidan Jean Pauris JEAN
BAPTISTE, yon potorik gason ki pa janm fatige sèvi peyi li. Mwen konnen
kijan sa difisil pou evolye nan yon peyi tankou Ayiti kote dosye kiltirèl yo,
dosye lang, se pwoblèm ki konplèks anpil. Se dosye ki mande anpil sanfwa ak
entèlijans pou abòde yo. Malgre tout difikilte nou konnen yo, ansyen KAd la te
rive poze anpil aksyon, sa ki montre peyi Ayiti gen anpil moun li ka konte sou
yo toujou.
Nan kad eleksyon ki te fèt nan dat 16 desanm 2018 la nan komin Mibalè
pandan 4èm Asanble òdinè AKA pou renouvle KAd la, mwen menm,
Akademisyen Pierre-André PIERRE, pifò nan Akademisyen yo te rive plase
konfyans yo nan mwen pou mwen okipe fonksyon Prezidan Konsèy
Akademisyen Akademi an. Se yon jès ki make mwen anpil. Mwen pwofite
okazyon sa pou mwen remèsye nou tout Akademisyen ki te vote nou vo KAd
la. Men, ranplase Akademisyen Jean Pauris JEAN BAPTISTE se pa yon
egzèsis ki fasil lè mwen konnen nivo angajman li pou te pèmèt AKA rive
enpoze li nan sosyete ayisyen an. Se pou sa, mwen tou anonse devan je tout
moun : pòt la rete louvri pou resevwa tout kalite konsèy pou kenbe enstitisyon
an djanm e pèmèt li ale  pi lwen nan ranpli misyon Lalwa ak konstitisyon
anfikse.

Mwen pwomèt tout moun, mwen pral mache pazapa yon fason pou ansanm,
nou rive ateri ak tout sa nou genyen kòm vizyon ki se mete an aplikasyon gwo
desizyon ki te pran pandan 4 dènye lane yo. Toujou sonje sa : travay AKA se
yon travay ekip. Se pou sa, mwen envite tout Akademisyen yo kenbe men ak
mwen, tout anplwaye AKA, tout jounalis, tout sitwayen ayisyen, rejwenn mwen
pou nou vanse ansanm, kòtakòt paske pou kò mwen, mwen pap ka fè anyen.
Se nan tètkole pou nou vanse. Mwen swete jwenn kolaborasyon tout moun.
Mwen pa vle pote yon mesaj manchlong.  Mwen vle raple nou, se konesans ki
mennen sou wout pwogrè. Men, kijan ka gen konesans si popilasyon ayisyen
an pa rive konprann sa k ap di nan non li? Kijan ap fè gen pwogrè sosyal si
konesans k ap sikile yo pa tonbe daplon ak imajinè kolektif la? Akademi
Kreyòl Ayisyen an gen gwo defi k ap tann li toujou. E mwen kwè nan
kolaborasyon tout Akademisyen yo, Anplwaye yo, divès patnè AKA yo, n ap
rive leve defi defi yo. Se pou tout sèvis rive jwenn popilasyon ayisyen an nan
lang li konprann nan, ki se kreyòl. Se yon gwo defi, nou ka leve li ansanm si
nou travay nan tèt kole. Akademi Kreyòl Ayisyen an se rezilta anpil goumen.
Se yon byen kolektif nou dwe travay pou nou pwoteje.

Mèsi anpil !!!