Fedia Stanislas (Fedya Stanislas) se natif natal Jeremi nan Depatman Grandans, Ayiti. Li fèt 26 out 1991. Fedia fè yon pati nan klas segondè Jeremi, nan College Alexandre Dumas (Kolèj Aleksann Dima) ak nan College Etzer Vilaire. Men se Pòtoprens li te monte pou l al fin fè klas li nan Lycée Benoit Batraville (Lise Benwa Batravil). Apre bakaloreya, Fedya etidye syans politik ak jounalis. Pi gwo pasyon li se li ak ekri. Li te konn ekri nan journal Le National ak Jérémie Communication. Nan lane 2017 li te pibliye yon premye liv ki se yon seri istwa kout: Un été à Jérémie. Nan menm ane a, li te pran dezyèm pri nan yon konkou pwezi Radio Nationale te fè. Nan jounen jodi a, li se loreya pri Fondation Deschamps (Fondasyon Dechan) 2019 pou yon woman li ekri an kreyòl ki rele Konfidans. Lè Fondasyon Dechan t ap remèt Fedya Stanislas pri a nan El Rancho, jou ki te 10 desanm lan, Ronald C. Paul, ki te pran Pri Dechan an ane pase, deklare: “Konfidans… se yon liv terib, istwa a kenbe w, lè w ap li l; l ap dekri yon reyalite ki di, men sa pa anpeche w kontinye li l.”

Èske nou pare pou yon diksyonè monoleng kreyòl? Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

 

Nou ka li tit kozman sa a san parantèz m mete ladan l lan. Lè n rive nan fen an, n a wè enpòtans parantèz la.

Nan ti kozman sa a, m ap eseye fè on bilan travay ki fèt nan domèn diksyonè kreyòl. Nou pa bezwen mete de men nan tèt paske nou tande m di “bilan” an: se pa on bilan ni an longè, ni an lajè: nou pral gade nan fondyè. Sa m prale gade ojis, se ki kalite diksyonè ki genyen, pou ki sa se yo menm ki genyen, pou ki moun yo fèt, pou ki rezon ki fè yo fè yo jan yo fè yo a, epi an final n ap poze sonn sou de diksyonè monoleng ki egziste pou nou wè sa yo pote. Apre sa, n a gade pou n wè si gen bezwen pou n fouye fondasyon, on jan pou n ka leve sòl on pwojè diksyonè kreyòl an kreyòl nètalkole… si n pare pou sa.

Anvan n antre fon nan kozman an, kite m sèvi nou on ti aperitif ki soti nan dictionnaire de linguistique Larousse, on diksyonè libreri Larousse pibliye an 1973. Men sa atik sou diksyonè nan diksyonè sa a di:

1) yon diksyonè se yon objè kiltirèl ki prezante leksik youn (osnon plizyè) lang nan fòm alfabetik; yo bay on kantite enfòmasyon sou chak antre osnon mo-vedèt, enfòmasyon tankou pwononsyasyon, eti­mo­loji, kategori gramatikal, definisyon, konstriksyon, egzanp jan yo sèvi avèk yo, sinonim, antonim, enfòmasyon ki kapab pèmèt on moun fè tradiksyon oubyen apwofondi konesans li nan lang pa l. Diksyonè gen tou misyon pou l pèmèt moun kominike pi byen e pou yo devlope konesans yo an jeneral. Ou pa chita ou li on diksyonè jan w li nenpòt lòt liv: se on dokiman referans ou tcheke lè w bezwen.

Kidonk on diksyonè se yon liv kote yo dekri on lang osnon plizyè lang yo mete kòtakòt. Konsa gen diksyonè monoleng (ki konsène yon sèl lang) e gen diksyonè bileng (ki konsène de ou plizyè lang).

2) Glosè: diksyonè ki bay tradiksyon tou senp mo ra osnon mo moun pa fin twò konnen—nan fen on liv, nou kapab bay on glosè ki mache ak mo ki parèt nan liv la.

3) Leksikografi (nan mo a nou wè leksik) gen de sans: teknik fabrikasyon diksyonè, epi refleksyon sou teknik sa a. On leksikograf, se swa on moun k ap fè diksyonè, kèlkeswa fòmasyon moun lan, ou byen on moun k ap reflechi kòm lengwis sou fason yo fè diksyonè.

4) Leksikoloji, li menm, se etid syantifik vokabilè. Konpare ak leksikografi, leksikoloji se on branch nan syans lengwistik ki pi jèn men ki plis kanpe sou lòd ak metòd.

An nou konstate avè m, sou teren leksikografi kreyòl, chaje diksyonè bileng. M pa pral antre nan detay tout tit yo—se pa objektif mwen nan travay sa a. Nou kapab suiv yo sou pwojektè a:

Bentolila, Alain, et al. Ti Diksyonnè Kreyòl-Franse. Port-au-Prince: Editions

Caraïbes, 1976. 511 pp.

Church of God (Mennonite). Creole-English Dictionary: A Basic Vocabulary.

Port-au-Prince: 1971. 56 pp.

Faine, Jules. Dictionnaire français-créole. Ottawa: Les Editions Leméac Inc.,

1974. 487 pp.

Freeman Bryant C., 1992, Haitian-English Medical Dictionary, Port-au-Prince, La Presse évangélique.

Freeman Bryant C. et Laguerre Jowel, 1996, 1998, 2002, Haitian-English, Port-au-Prince, La Presse évangélique.

Gilabert, P. Georges Coll. Diccionario Kréyòl-Español, Español-Kréyòl. Santo

Domingo: Intituto nacional de pastoral, 1979. 67 pp.

Jeanty, Edner A. Diksyonè Kréyòl Dictionary.(Bilingual English-Creole/Creole-English). Port-au-Prince: La Presse Evangélique, 1985. 110 pp.

Peleman, Louis. Diksyonnè Kréyòl-Fransé. Port-au-Prince: Editions Bon

Nouvèl, 1978. 209 pp.

Rincher Deslande, 1991, Dictionary Creole-English/English-Creole, Forest Hills, NY, Rincher & Associates.

Targète Jean et Urciolo Raphaël, 1993, Haitian Creole-English Dictionary, Kensington, MD, Dunwoody Press.

Theodore Charmant, 1995, Hippocrene Concise Dictionary, New York, Hippocrene Books, 1995.

Valdman, Albert et al. Haitian Creole-English-French Dictionary. Bloomington: Indiana University, Creole Institute, 1981. 582 pp.

Valdman Albert, Pooser Charles & Jean-Baptiste Rozevel, 1997, A Learner’s Dictionary of Haitian Creole, Creole Institute, Bloomington, Indiana University.

Védrine Emmanuel W., 1992, Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms, Boston, E. W. Védrine Publications.

Védrine Emmanuel W., 1995, Petit lexique du créole haïtien, Boston, E. W. Védrine Publications.

Vilsaint Féquière, 1991, Diksyonè Anglè Kreyòl/English Kreyòl Dictionary, Temple Terrace, FL Educa Vision.

Gen 2 diksyonè ki parèt kòm diksyonè monoleng.

Vilsaint, Féquière. Diksyonè Kreyòl Vilsen, Temple Terrace, FL, Educa Vision, 1997.

Joseph, Prophète. Diksyonè ilistre lang ayisyen. Diksyonè lekòl fondamantal. Editions Konbit, Canada, 2010.

Ki rezon ki fè se plis diksyonè bileng nou jwenn?

Tankou sa fèt pou anpil lòt lang, premye travay leksikografi kreyòl se glosè ak diksyonè misyonè legliz fè. Nou ka konprann: enterè legliz pou l simaye pawòl levanjil, konvèti moun, kite moun dèyè pou fè misyon an mache, plante pikèt yo, apre pikèt vin gen kay, apre kay yo pran katye, yo pran vil… Yo pran nanm, yo pran kò, yo pran peyi, twòp koze pou mwen…

Pou kreyòl pa nou an, nou gendwa retounen jis nan tan lakoloni pou n al chache premye travay leksikografi a. N ap jwenn li nan Manuel des Habitans de Saint-Domingue, ki parèt an 1802,misyonè jezuit Ducoeurjoly ekri. Ducoeurjoly bay on vokabilè franse-kreyòl ki gen 395 antre onson mo-vedèt, li kore sa ak konvèsasyon franse-kreyòl ki pou sèvi modèl pou kolon k ap gen pou y al Sendomeng.

Rive pi pre nan tan modèn, nou pral jwenn on travay leksikografi selèb: se travay Jules Faine lan. An 1937, li pibliye on glosè etimolojik ki gen 1566 antre pou l pwouve, pou l demontre kreyòl se desandan ansyen dyalèk, tankou nòman, pika, pwatven… ki te egziste an Frans. Epi an 1974, yon ekip sou direksyon Gilles Lefebvre, yon lengwis Université de Montréal, pral pibliye yon diksyonè fransè-kreyòl Jules Faine te kite dèyè.

Si nou gade byen, objektif diksyonè sa yo, kòmanse depi nan Jules Faine pou rive nan dènye diksyonè bileng nou genyen jounen jodi a, ann di Valdman 2007 la (Haitian Creole-English Bilingual Dictionary), se pa sèvi kòm zouti pou bezwen Ayisyen ann Ayiti, ni tou se pa chita lang lan sou papye nan entansyon estandadi­za­syon osnon kreyasyon liv referans. Pifò nan diksyonè sa yo, sitou kote kreyòl parèt bò kote angle a, se pou bezwen chèchè nan inivèsite, bezwen misyonè, bezwen bizismann, bezwen diplomat ameriken ann Ayiti, bezwen tou pèsonèl medikal, administratif, pwofesè lekòl, travayè sosyal isit ki nan rapò ak kominote ayisyen an k ap boujonnen…

Ki jan diksyonè bileng yo fèt?

Nan fè rechèch sou sijè m vin pale avèk nou jounen jodi a, m al tonbe sou yon atik pwofesè Albert Valdman, Indiana University, ki parèt nan volim 41 revi La lin­guis­tique an 2005. Tit atik la se « Vers un dictionnaire scolaire bilingue pour le créole haïtien ? ». Tit la parèt tankou se on kesyon, men sa atik la vle di vrèman se nesesite pou genyen yon diksyonè bileng pou timoun lekòl anvan nou rive, si n ta dwe rive, nan yon diksyonè monoleng kreyòl. Poudayè gen on seksyon nan atik la ki parèt ak tit: LE DICTIONNAIRE BILINGUE COMME ETAPE PRÉPA­RA­TOIRE VERS L’ÉLABORATION DU DICTIONNAIRE UNILINGUE. Kidonk pou n rive nan diksyonè monoleng, fò n ta pase nan diksyonè bileng. Èske sa vle di pa gen chankre, pa gen wout pa bwa?

Pwofesè a kore deklarasyon sa a ak bon jan rezon teknik, n ap retounen sou yo. Men gen rezon ki pa fin twò teknik tou, m pa vle di ideolojik. Li kòmanse ak on pwa senkant listwa li lage sou lenstonmak nou. Li di nou tout moun konnen se 8 syèk apre li fin parèt, nan okazyon Sèman Strasbou an 842, kòm on lang ki diferan ak laten, franse pral gen premye diksyonè monoleng li. Diksyonè sa a se César-Pierre Richelet ki pibliye l an 1680. Anvan sa, se tout kalite diksyonè bileng ki te genyen, pifò ladan yo laten-franse osnon franse-laten.

Ki sa ou pral di lè yo fin lage on agiman konsa sou ou? Franse ki franse wi, li te pase la, alewè pou kreyòl ki baze sou franse, pifò leksik li se nan franse li pran l! Gen on lojik ti pa ti pa (ret tann non ti papa!) pwofesè a rekòmande nou suiv. E m abitye tande lòt moun tou k ap di nou fò n pa al twò vit. Rezónman ki baze sou listwa bon, men si n t ap tann pou listwa pote on modèl pou nou, nou ta gendwa pa janm pran endepandans nou kòm pèp… paske nou po t ko genyen osnon nou po t ko konnen egzanp nèg nwè, nèg nwè esklav ankò, k ap leve tèt yo devan blan…

Nan liv li ki rele Le Créole, structure, statut et origine (Paris, Klinsieck, 1978), pwo­fe­sè a ekri nan p. 129:


« L’étude des parlers créoles français révèle leur caractère incontesta­ble­ment gallo-roman et, plus précisément, oïl. Pour peu qu’il eût connaissance du français standard, le lecteur éprouverait peu de difficultés à reconnaître la plupart des vocables contenus dans les quelques ouvrages lexicographiques dont nous disposons à l’heure actuelle ».

Kidonk, lè n ap etidye lang kreyòl franse yo, nou dekouvri yo menm jan ak lang ki soti nan laten popilè, yo vin ap pale sou teritwa golwa, [teritwa Asteriks ak Obeliks…] Depi on moun gen on ti konesans nan franse estanda, li  pa p gen anpil pwoblèm pou l rekonèt pifò nan mo ki gen nan detwa travay leksikografik ki egziste konnye a.

Konsepsyon sa a, konsepsyon sou orijin leksik, li marye ak fason diksyonè sa yo pral fèt. Se pa yon demach pou dekouvri, men yon demach pou rekonèt. W al eseye dekouvri sa w pa konnen; w al rekonèt sa w konnen deja. 2 wout diferan. Demach pou rekonèt kadre ak ipotèz fèmen leksik kreyòl = leksik lang baz; demach pou dekouvri kadre ak ipotèz ouvè leksik kreyòl = leksik lang baz + adaptasyon. Adaptasyon vle di: mo a gendwa pèdi (nan) sans li te genyen, li gendwa rete ak menm sans lan, osnon li gendwa devlope lòt sans ankò. M ap pran on ti Larousse, on ti Robert, epi m simen mo an kreyòl. Osnon m ap pati ak on kòpous, m ap make sa m jwenn, m ap etidye kontèks, m ap verifye… Nan demach pou rekonèt, m deja konn sa k la, m deja konn sa k ta dwe la, epi m al rekonèt… Nan demach pou dekouvri, m pati ak zouti syantifik, m al chache ki sa k genyen… Se vre m pati ak ipotèz, men nan demach mwen an, m oblije prevwa ki jan m pral boule ak sa m jwenn ipotèz mwen an pa t prevwa m te pral jwenn.

M gen on esperyans tou kòm leksikograf nan pati fabrikasyon an, pa sèlman nan reflechi sou fabrikasyon an. Refleksyon ki mennen m nan kozman jodi a, li soti nan esperyans sa a, on esperyans ki te kòmanse depi Oktòb 1990. Sa gen 23 zan. Lè sa a, m te fenk debake nan peyi isit, Etazini, — kanmarad Menès, nan fè ti komik li, ta di m te on djèskòm… men m si l pa t ap rele m on meusyeu zuzu tankou kòmè Siksto a “Nan men yon lòt lang” te rele sitwayen ki te fenk sot pran diplòm lasòbòn lan… Se vre, se an Frans m te ye ap ekri tèz mwen, lè pwofesè Albert Valdman vin chache m pou on pwojè diksyonè m ta pral fè twa zan ap travay sou li; se te Learner’s Dictionary of Haitian Creole, ki ta pral parèt an 1996, nan Creole Institute, Indiana University. Pwofesè Valdman te konnen m ann Ayiti lè m t ap prepare lisans mwen nan Sant Lengwistik Aplike. Mwen te manm yon ekip kat etidyan ki t ap mache fè ankèt pou li nan rechèch li t ap fè sou nazalizasyon “LA” nan Pòtoprens—tou sa se te antre nan demach dokimantasyon varyete kreyòl li te deja konsidere kòm referans nan peyi a. [Nou ka eseye fè on ti koneksyon la a: kòm se varyete franse yo te pale nan Ile-de-France ki te tounen franse estanda, se varyete kreyòl yo pale nan Pòtoprens ki dwe tounen kreyòl estanda!] Pwofesè a te konnen tou soti 1987 rive 1989, m te travay ak GEREC (Groupe d’Études et de Recherches en Espace Créolophone) sou pwojè Diksyonè jeneral kreyòl nan Karayib la ki gen leksik yo baze sou lang franse; m te reskonsab bank done pou kreyòl ayisyen: pami travay m te fè, m te tcheke mo yo, tcheke fraz ki sèvi kòm ilistrasyon pou yo, sa yo endike kòm varyant, kesyon sinonim ak antonim, epi fè tradiksyon.

Ekip diksyonè Indiana a te gen nou senk (5) plis konsiltan nou te kontakte de tan­zan­tan. Te gen direktè pwojè a, pwofesè Valdman; te gen Charles Pooser, “Tcha­li”, ki te reskonsab baz done angle a, 2 sekretè, epi mwen menm ki te anchaje baz done kreyòl la. Apre premye reyinyon ekip la, reyinyon pou n te diskite sa k pral fèt, ki moun ki pral fè ki sa, ki jan sa pral fèt, konbyen tan nou genyen pou sa fèt, m te pran desizyon pou m ekri epi pataje ak ekip la kèk refleksyon sou premye dik­syonè Valdman lan, on diksyonè trileng (Haitian Creole, English, French Dictionary ki te parèt an 1981 nan Creole Institute, Indiana University) ki te pral sèvi kòm baz pou nouvo diksyonè a. Lide m te devlope nan seri 4 ou 5 dokiman travay sa yo, sèvi bousòl pou prezantasyon jodi a.

Pou kòmanse, lè m reyalize reskonsablite m pral gen sou tèt mwen, m pa t santi m alèz. E vrèman vre, se te on chaj lou m te pral pote san twòkèt. Koute byen: alòske Tchali te gen 4 ou 5 diksyonè devan li: Random House, Webster, Longman, Dictionary of American Idioms—diksyonè ki esplike ann angle sans mo ak espresyon ki deja ann angle, mwen menm m pa t gen privilèj sa a: se diksyonè trileng Valdman lan ki te nan men mwen, detwa diksyonè bileng, liv pwovèb bileng… M pa t gen anyen kote on seri desizyon te gentan chita sou papye apati rechèch ki te fèt, osnon refleksyon pratik moun te gentan dakò sou yo… Deside kantite sans on mo te genyen, se te reskonsablite pa m. Deside ki lè menm fòm lan te bay de, twa, kat mo diferan, se te reskonsablite pa m; deside ki fòm pami on seri varyant on menm lide ki ta dwe fòm estanda (paske se sa tou travay diksyonè a: etabli estanda, defini estanda), se te reskonsablite pa m; deside ki mo ki sinonim, deside ki mo ki antonim, se te reskonsablite pa m; deside ki mo ki kapab repete nan lasosyete san pyès moun pa choke, se te reskonsablite pa m; … Kidonk, devan tout reskonsablite sa yo, m te frikat. Paske m konnen trè byen, depi on desizyon fin pran, li parèt sou papye, menmsi ta gen detwa kontrandi kritik ki montre limit travay la, depi on bagay fin sou papye, li sou papye nèt… e se mwen k ap reskonsab sa!

M eseye poze pwoblèm lan ak direktè pwojè a, eseye montre kouman si nou ta gen on ekip plizyè lengwis leksikograf ayisyen k ap travay ansanm, sa ta ka pèmèt nou kreye on pi bon pwodui, k ap vin on bon jan referans… men sa pa t nan pwojè a. Epitou se pa premye glas ki te kraze nan gouvènman. Èske yo pa t deja gen on diksyonè trileng, on bagay estraòdinè… Diksyonè sa a li menm, li te gen ladan l pifò egzanp ki soti nan Ti Diksyonè kreyòl-franse ekip Inivèsite René Descartes la. Se on zouti fèt-e-founi. Sa n te bezwen ankò?!

Ki sa preparasyon on diksyonè monoleng mande?

Pwofesè Valdman sèvi ak kòmantè lengwis Guy Hazaël-Massieux, pòv defen, m ta dwe di, te fè nan prefas on diksyonè kreyòl – franse pou l reponn kesyon sa a. Guy Hazaël-Massieux ekri: “[diksyonè monoleng franse] yo prèske fin rezoud pwoblèm koleksyon leksik, yo kapab presize limit kòpous referans yo, kidonk esplike ki lang y ap sèvi ojis, yo gen yon metalangaj byen kodifye, yo kapab klase mo yo selon rejis, rejyon, epòk, milye sosyal, espesyalizasyon teknik, yo kapab endike pwononsyayon, etimoloji dapre rechèch espesyalis…”

Tout pwen sa yo enpòtan anpil, men moun k ap fè rechèch nan domèn lan dakò pi gwo pwoblèm leksikograf k ap gen pou yo fè diksyonè monoleng yo se rive bay definisyon, kidonk pwoblèm teknik on metalangaj pou deskripsyon, kole ak sa limitasyon vokabilè, san konte bezwen yon etid semantik detaye sou mo yo, yon etid ki enpòtan anpil lè n konsidere difikilte ki kapab genyen pou nou deside ki leksik ki vrèman kreyòl, etandone kontak kreyòl avèk lang baz la… Pwoblèm ki jan nou dekoupe mo yo ta dwe antre nan menm etid semantik sa a. Èske se dapre orijin on mo dekoupaj la pral fèt osnon se dapre fonksyónman l nan lang lan sou plan senkwonik. On dènye aspè kesyon an: kalite yon diksyonè pa dwe baze sou prezantasyon makwo-estrikti li, kidonk sou kantite antre osnon mo-vedèt li genyen, men li dwe baze sou prezantasyon mikwo-estrikti li, kidonk sou richès, sou kalite enfòmasyon ki genyen nan chak mo-vedèt.

Nan pwen sa a, m ap tounen ak deklarasyon pwofesè a: LE DICTIONNAIRE BILINGUE COMME ETAPE PRÉPARATOIRE VERS L’ÉLABORATION DU DICTIONNAIRE UNILINGUE. Diksyonè bileng se wout ki pou mennen n nan diksyonè monoleng.

Li pa ban nou lojik ki esplike sa k fè se diksyonè bileng ki pou mennen n nan diksyonè monoleng lan. Li pale de mèt ak matmwazèl lekòl ann Ayiti ki mande, ki reklame on diksyonè eskolè bileng. Kòm li menm li gen yon bank done ki gen 750.000 mo ladan l, avèk fraz an franse kou ann angle, gen posiblite pou 2 diksyonè, youn kreyòl-franse, lòt la franse-kreyòl.

Li prezante yon modèl kreyòl-franse avèk 7 sans diferan mo ba.

Men yon egzanp:

ba1 : n. le bât, Yo mete ba a sou milèt la, ‘ils ont mis le bât sur le mulet’, mete (yon moun) nan ba, ‘mettre une camisole de force’, Li te twò vyolan, yo mete l nan ba, ‘il était trop violent ; ils lui ont mis une camisole de force’.

N a remake nan egzanp sa a, menm “ba” ki al sou do bèt la, se menm li menm lan nou jwenn nan mete moun fou nan ba…

Men yon lòt egzanp:

ba5 : n. le bas, Madanm nan achte yon pè ba, ‘la dame a acheté une paire de bas’, Li mete ba yo, ‘elle a mis les bas’, demi ba, ‘le demi-bas’, bay koutba, ‘tromper’, Li di fi a li ta pral marye ak li men l pa fè sa ; li ba l koutba, ‘il a dit à la femme qu’il allait l’épouser mais il ne l’a pas fait. Il l’a trompée’.

Ki lojik ki esplike nou gen bay koutba menm kote ak ba ki al nan pye?

Se sèlman de egzanp m pran: nou te ka gade tou le 7!

M pa wè apati modèl pwofesè a prezante nou la a kouman diksyonè bileng pral mennen nou nan diksyonè monoleng! Metalangaj pou definisyon an—ki pi gwo pwoblèm lan—li pa la, e li pa ka la!

Èske nou pa gen de (2) diksyonè monoleng?

Mwen on ti jan etone pwofesè a mansyone Diksyonè kreyòl Vilsen an, li nan bibliyografi l, li kòmante egzanp ladan l, men li pa pale de li kòm yon diksyonè monoleng. Epoutan lè n al li entwodiksyon an, men sa nou wè (esepte dezyèm paragraf la m sote—se on sèl fraz li genyen):

“Diksyone kreyòl Vilsen se premye diksyonè monoleng ki pibliye nan lang Kreyòl Ayisyen. Nou rive nan twazyem edisyon li. Se yon efò kolektif.

Liv sa a ap pèmèt jenn Ayisyen yo devlope vokabilè yo, jwenn definisyon pou mo y ap sèvi, epitou jwenn enfòmasyon nan diferan domèn, etid. Gen vokabilè pou lekti, ekriti, syans, matematik, syans sosyal, konpreyansyon tèks epitou vokabilè sou teritwa, kilti ak devlopman.

Si travay sa a pèmèt elèv yo aprann plis, li plis, ekri plis, nou konnen nou atenn objektif nou.”

Gen on lòt diksyonè monoleng. Se Diksyonè Ilistre Lang Ayisyen. Diksyonè lekòl fondamantal, ki parèt nan Editions Konbit, Canada/Ayiti, an 2010. Se Prophète Joseph ki ekri l.

An nou poze sonn sou diksyonè sa yo.

Premye kout sonn: “PWEN”.

Nan diksyonè Vilsen an, men sa n ap jwenn, e m ban nou yo nan lòd:

pwen fokal (optik): n fr. Pwen kote imaj la ofwaye. Kou ou jwenn pwen fokal la, imaj la te dwe klè.

[Se nòmal si on definisyon bay on mo pou w al chache l nan diksyonè a. Lè m al chache ofwaye m pa jwenn li. Lè m al nan fwaye, m jwenn li bay: fwaye: n. 1. Recho dife. Mezanmi timoun rale kò nou bò kote recho dife a non. 2. Kote yon limyè konsantre. (san egzanp)]

pwen kadino: n fr. Pwen jeyografik ki pataje espas la an kat pati: nò, sid, lès, lwès. Gen kat pwen kadino.

pwen konjelasyon: n fr. Tanperati ki fè yon likid tounen solid. Kou dlo a rive nan pwen konjelasyon li, li tounen glas.

pwen. n: 1. Dapre kwayans vodou, se pouvwa yon moun genyen pou pwoteje l osnon pou pèmèt li fè mal osnon byen. Adriyèn pran pwen, se sa ki fè kómès li a mache byen konsa a. 2. Kouti, bwodri. Ou konn fè pwen tij? 3. Nòt. Kalin fè plis pwen pase Janwobè nan egzamen an.

[Pa gen okenn esplikasyon sou chwa prezantasyon mo-vedèt yo nan diksyonè a.]

Men sa nou jwenn nan Diksyonè Ilistre Lang Ayisyen an.

Pwen n. Fòs osnon pouvwa moun chache nan maji.

[Kiryozite fè m al tcheke “pren”; men sa m jwenn: Pren n. Li fèmen pren li tankou moun ki pral nan batay. Var. Pwen. (epi pa gen anyen ki di sou “pwen” sa a)]

Dezyèm kout sonn: “MANJE”.

Vilsen gen10 mo-vedèt osnon antre diferan:

manje : n. 1. Tout sa moun osnon bèt ka vale pou nouri kò li. Diri ak pwa se manje Edwa renmen. 2. v. Moulen kichòy ak dan epi vale li pou apeze grangou. Mete nouriti nan kò. Li manje de fwa chak jou. 3. Depanse san lòd. Jan manje kòb magazen an.

manje aswè: n fr. Soupe. Nan peyi m se labouyi yo pran pou manje aswè.

manje dan: v fr. 1. Fè kòlè san pale. Nan tout diskisyon an, Jera manje dan l. 2. Fwote de ranje dan yo. Gen moun ki manje dan nan dòmi.

manje lwa: n fr. Seremoni pou bay lwa manje.

manje marasa. : Nan vodou, manje espesyal pou lwa marasa.

manje maten: n fr. Dejene, dejne, manje moun pran nan maten. Jak renmen kasav ak manba kòm manje maten.

manje mò. : Sèvis manje pou moun ki mouri yo.

manje moun. : Kwayans ki di gen aktivite sekrè pou tiye moun. Yo di lougawou konn manje moun, men mwen poko janm wè sa ak de je m, e oumenm?

manje ranvwa: Manje sakrifis pou repouse move espri.

manje sèk. : Manje ki pa gen vyann ladan l.

Pwofèt Jozèf pa mens nonplis nan “manje” a:

Manje v./n. Nouriti. 1. Depi gen koudeta, manje monte tèt nèg. 2. Achte de plat manje pou moun yo. 3. Lè on moun ap manje dan li nan dòmi, yo di se enkyetid li genyen. 4. Manje fòtifyan. Manje ki bay fòs ak enèji. Manje ki gen ase pwoteyin, vitamin, mineral, grès ak sik ladan yo. Sa k ta dwe melanje ak mayi moulen, diri oubyen pitimi moun ap manje chak jou yo. 5. Manje prensipal. Manje ki bay fòs tankou diri, mayi moulen ak pwa epi pitimi. Pwov.: 1. Manje kuit pa gen mèt.

2. Manje kay moun pa janm plen vant ou.

3. Manje ki gou nan bouch ou, se li ki gonfle w.

4. Manje dan ou; di priyè ou.

5. Manje ou pa ka manje, se li ki donnen nan jaden ou. [Pa gen konsistans nan nòm: ekri w osnon ou : gonfle w vs jaden ou/touye ou

6. Manje ou renmen, se li ki touye ou.

7. Manje pou viv, pa viv pou manje.

8. Manje yo ba ou pa piti.

9. Anvan chen manje zo, li mezire machwè l.

Manje ranvwa n. Sakrifis pou fè move mistè kanpe lwen.

Twazyèm kout sonn: “SÈL/SALE”

Nan Vilsen:

sale: a. 1. Ki gen sèl. Ki gen twòp sèl. Diri ak pwa se manje sale. Manje sa a sale, mwen pa ka manje l. 2. Joure.

sèl.: Engredyan moun met nan manje pou leve gou l, ki bay manje gou sale. Yo fè sèl ak dlo lanmè.

[Se sa sèlman ki gen pou “SÈL”. Apre nou jwenn:]

sele: v. Mete sèl. Sele chwal la pou nou ale. [N a remake sans sèl sa a pa nan diksyonè a.]

Nan Pwofèt Jozèf:

Sale 1. v. tr. Mete sèl. Se Rita ki sale vyann nan. 2. adj. Goute sèl. Diri a twò sale.

Sèl n. Sibstans blan ki gen gou sale. Li prezante sou fòm ti grenn wòch piti. Yo sèvi ak li pou bay manje gou. 1. Mete yon ti sèl nan soup la. Gwo sèl. Sèl fen. 2. Pran sèl la pou sele chwal la pou mwen. 3. Se sèl nan Bondye li kwè. 4. Yon sèl lekòl pou fòme tèt ak kè pou bati Ayiti. 5. Wont pi lou pase sak sèl. 6. Yo pa dwe kite timoun sèl nan kay. 7. Se pwason gwo sèl, li bezwen. Pwov.: Zonbi goute sèl, li pa mande rete. 2. Sèl pa konn di tèt li, li sale.

Nou pa bezwen kòmantè m, lang nou se pa nou. Olye m pèdi tan m fè sa, kite m separe avèk nou on refleksyon leksikoloji/leksikografi m te fè nan youn nan atik m te konn ekri nan Haitian Times yo: se te an fevriye 2012: “Mèt pwen an, ranmase pwen ou! Gen pwen ak pwen *(dezyèm pati)”

Lè m te kòmanse ak seri “Mèt pwen an, ranmase pwen ou!” lan, m pa t met nan tèt mwen te gen moun ki te pral ranmase pawòl la nan jan sa a: “De ki pwen w ap pale a, monchè? Gen pwen ak pwen!” Pou m pi klè toujou: gen on lòt sitwayen ki (voye) di m (sou entènèt): “M pa wè de ki ‘pwen’ w ap pale. Sa m gen nan tèt mwen kòm ‘pwen’ an, se dwe pa li w genyen, ou menm!?”

Se erè m fè, on gwo erè. Rele sa, on maldòn ki pase. An jeneral, m toujou pran tan fè on pwòp­te nan figi mo m ap prezante a, pou yo ka rekonèt li byen, pou yo pa pran l pou yon lòt mo, men m pa t fè sa fwa sa a. M te kite kontèks la pale, men sa pa mache pou tout moun. Gen moun fòk se “atik diksyonè” a menm ou met devan yo.

Vrèman vre, lè on moun ap pale de “pwen”, gen pli­zyè pwen ou ka prezante—eskize se lizaj, m pa konn si nou pi alèz ak plizyè ‘-man’, tankou nan premyèman, dezyèmman, twazyèmman… Chak ‘pwen’ osnon ‘-man’ sa yo, se ta youn nan sans fòm-son nou rele PWEN an. [Idantifye di­fe­ran sans on fòm-son kapab pote, se pa on travay òdi­na­tè, tankou nou ta peze on bouton, epi sans yo vin jwenn nou, tou klase, chak nan bwat pa yo. Non: se on travay ki mande pou nou konn lang lan, fen e byen, epi tou gen fòmasyon nan syans leksikoloji, ki etidye fòm, sans ak itilizasyon mo. Se apre on travay konsa (sou on kantite fòm-son), nòmalman, nou vin rive nan travay fè diksyonè, kidonk travay lasyans leksikografi. Travay sa a po ko fèt pou lang nou an, malgre gen plizyè diksyonè bileng ki egziste, diksyonè ki mete mo kreyòl fas a fas ak mo lòt lang, tankou angle, franse, panyòl. Nou dwe ap mande si diksyonè sa yo kòdjòm? Se on bèl kesyon! M a ban nou repons lan on lòt lè.]

Gen on PWEN nou ka klase anba lide KONTE:

I-a) Nan JWÈT ki jwe ak zo, tankou lido ak wòm, jwè fè pwen selon fas zo a (osnon zo yo) tonbe sou li a (yo) lè l piye. Nan lido, on jwè ka “bezwen 4 pwen pou l janbe (kalfou) al peze pyon on lòt jwè, osnon pou l manje pyon an.”

I-b) Menm nan jwèt ki pa jwe ak zo, kidonk kote zo a pa nesesè pou jwè yo piye pou jwèt la ka jwe (men jwè yo ka sèvi ak on zo pou endike ki moun ki devan, konbyen devan li ye), pwen en­pò­tan. Nan jwèt domino, lè domino a sere osnon fèmen, tout jwè oblije bay pwen yo pou yo ka konn ki jwè ki genyen: se jwè ki fè pi piti pwen an ki genyen (sòf si se kipègay yo t ap jwe). Men ki jan kalkil la fèt: chak grenn je ki gen nan yon bout domi­no se yon pwen. Gen jwè ki gendwa de­side yo gen twòp pwen nan men yo, epi yo tou boure zo (do­mino) yo nan pil. Si yon jwè gen ‘sizas’ nan men l, li fè ‘7 pwen’. Si se ‘doub blan’ ki nan men l tou, li fè ‘blan pwen’ (n a remake se pa ‘zewo pwen’ yo di, men tout jwè domino konnen doub blan pa gen okenn pwen ladan l).

Nan bezig, on jwèt kat, se pwen ki pi enpòtan, e chak jwè gen yon mak devan li pou l make pwen l—si pa ta gen mak tou, on fèy papye ak on ti bout kreyon ka pèmèt amatè yo pa rete ak anvi jwe a. Chak amatè, lè yo gen kat nan men yo ki ba yo pwen, yo mete pwen yo a tè, sou tab la epi yo make pwen yo sou mak yo; lè yon amatè rive sou yon kanti­te pwen, 750 osnon 1.000, dapre kondisyon ki te pase, amatè a genyen; amatè ki pèdi a gendwa pran anba tab, paske gen on kantite pwen li pa rive fè; lè yon amatè genyen 4 pati afile, kidonk 4 pati youn dè­yè lòt, osnon 2 pati anba tab, li bay amatè ki pèdi a/yo 100 pwen, kidonk amatè ki pèdi a/yo pran 100 pwen li/yo menm.

I-c) Nan chanpyona jwèt ki jwe ak boul (foutbòl, volebòl, baskètbòl) kou jwèt ki pa jwe ak boul (patinay sou glas, natasyon), klasman an baze sou kantite pwen chak ekip osnon chak jwè fè.

I-d) Nan lotri, on jwè gendwa pèdi pou on kantite pwen. Pi souvan, se pou “on pwen”, pou “de pwen” on jwè konn di li pèdi—on kantite pwen ki pa twò lwen ak boul li te jwe a. “M pèdi pou 2 pwen: m jwe 78, 80 pran m.” Kantite pwen an ajoute osnon retire sou nimewo li te jwe a.

I-e) Pou nou montre nou gen avantaj sou yon moun nan yon domèn, nou pi bon pase l, nou pi fò pase l, nou sèvi ak pawoli “fè 2 pwen sou…”, tankou si se te nan on jwèt nou te ye: “Jak fè 2 pwen sou Pyè nan bay kout kòd, mare diferan kalite ne.” Kidonk Jak kale Pyè, Jak bat Pyè, Jak fò pase Pyè nan mare kòd…

Gen on PWEN ki bay lide NIVO, ETA, ASPÈ:

II-a) Nan ki pwen travay la ye? / Nan ki pwen ou ye ak travay la? Kidonk: Ki kote w rive ladan l? / Ki sa w fè deja? / Ki sa w rete pou w fè? Nan ki nivo ou ye?

II-b) Ki pwen w, monkonpè? Ki jan kò a ye? Ki jan w ap boule ak maladi a? Ki jan maladi a ye sou ou? Nan ki eta w ye?

II-c) M prezante plizyè pwen nan analiz fòm-son ‘pwen’ an. Gen plizyè lòt pwen pou m prezante toujou. / Pwen sa a, m pa t wè l, se msye k fè m wè l. Li fè m wè plizyè pwen ankò nan kesyon an. Plizyè aspè.

Nan pwen m rive la a, m ap fè on kanpe…

An nou retounen nan tit la konnye a pou n fini. Èske anndan parantèz la n ap ajoute de mo: nou fè, nou mande, nou asepte? osnon 3 mo: nou goumen pou, nou travay pou? Repons lan nan men nou tout, nou tout alawonnbadè! Etan n ap reflechi sou repons la, kite m mete devan je nou prigad Valdman ban nou nan atik m t ap site a. Li di 1) Nan yon peyi kote ki gen tout moun sa yo ki analfabèt, pa gen anpil chans pou genyen yon mache pou yon diksyonè pou tout moun; 2) Ann Ayiti ak nan dyaspora a, moun yo gen bon jan bezwen diksyonè bileng, men nou pa wè ki moun k ap bezwen on diksyonè monoleng. Epitou fòk yo defini objektif ak fòm yon diksyonè konsa.

Antouka si n dakò pou n gen yon diksyonè monoleng, li pa dwe pwojè ni yon grenn moun, ni yon ti gwoup. Nou ka kreye yon òganizasyon ki pou gen reskonsablite bati sitadèl kiltirèl sa a, si pa genyen yon enstitisyon, ann di pa egzanp tankou Akademi Kreyòl la, ki ta kapab anchaje sa. Men tou, tout ekip leksikograf ki egziste yo, k ap ponpe diksyonè bileng sou nou yo, yo kapab mete mwayen teknik yo ansanm, rele yon ekip konsiltan nan diferan domèn pou kreye yon komite syantifik pou bati sitadèl kiltirèl sa a.

Mèsi!

Pwovèb Nan Dyaspora: Ki Wòl Yo?

Rozvel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

On moun ki kite peyi l, al viv on lòt kote, menm si li ta debake kote sa a ak rad sou kò l sèlman, gen on bagay ki en­­pò­tan dimil fwa pase tout byen li te ka posede li pote avèk li: bagay sa a, se memwa li. Se me­mwa on moun ki tout vi li. Si on moun pa ta gen memwa, nou ta gendwa konsidere li pa egziste. On pa­ti nan memwa chak moun se souvni pèso­nèl li: se memwa fanmi ak zanmi, se me­mwa katye ak vil, se memwa tout eks­pe­ryans pèsonèl. On lòt pati nan me­mwa nou, se on me­mwa eritaj, kidonk memwa le­ve-jwenn nou, me­mwa tout on gwoup moun: se me­mwa abitid­ ak koutim (abitid manje, abitid abiye, abi­tid bon lizay, koutim jwèt, kou­tim fèt, kou­tim ren­men…), se me­mwa tou lang gwoup la pa­le. Anvan m antre pi fon nan koze a, kite m es­plike lide leve-jwenn lan: M sèvi ak lide sa a nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki eg­ziste nan sosyete depi nou gen kon­esans: tankou lang, pren­sip, abitid, koutim… Men leve-jwenn lan, se pa on ba­gay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, ki­donk li chanje, li adapte, li devlo­pe menm jan avèk nou. Konsa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eri­tye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.

Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pè­mèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, re­konèt yo kòm on gwoup. Pa­ti ki pi enpòtan nan me­mwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la transmèt tout pati en­pò­tan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Kidonk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l va­lè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete.

Gen 2 gwo fòs k ap fè presyon sou tout gwoup k ap fè efò pou yo konsève epi transmèt lang yo ak le­ve-jwenn yo nan dyaspora: pre­myè­man, nesesite pou gwoup la aprann lang ak leve-jwenn sosyete kote li ta­bli a, pou li kapab rive jwenn plas li nan sosyete sa a: kòm gwoup la pa ka reaji an blòk devan presyon sa a, gen tandans pou gen moun nan gwoup la ki me­­pri­ze oswa lage lang lan ak tout leve-jwenn lan; de­zyèm­man, timoun ki fèt nan gwoup la, gen plis chans pou se lang ak leve-jwenn sosyete kote yo fèt la ki sèvi kòm memwa eritaj pa yo—kidonk lang ak le­ve-jwenn grandèt yo re­te sèl­man kòm on memwa pè­sonèl pou yo.

Chema m prezante la a, se fason nòmal sitiya­syon an pa­rèt pou nenpòt ki gwoup ki tabli nan dyas­pora. Men plis on gwoup gen pwoblèm pou l ak­septe lang li ak leve-jwenn li, montre li fyè de yo, se plis li gen pwoblèm pou l kenbe yo nan dyas­po­ra. Gwoup pa nou an soufri jan de maladi sa a. Nan on sitiya­syon konsa, li enpòtan pou tout moun k ap re­fle­chi sou lavi kominote a chache idantifye epi kon­prann mwayen kòdyòm gwoup la kapab sèvi pou ede l kenbe lang li ak le­ve-jwenn li.

Sou fontyè lang ak leve-jwenn nou kontre ak pwo­vèb yo. Kite m bay on ti presizyon la a tou. Mo «fon­tyè» a pa vrè­man montre rapò ki genyen ant ‘lang’ ak ‘leve-jwenn’ pas­ke se pa on rapò ki senp: 1) Lang lan se on pati nan le­ve-jwenn lan, menmsi se youn nan pyès ki pi enpòtan nan le­ve-jwenn lan; 2) Lang lan pèmèt nou pale de leve-jwenn lan, de tout pa­ti leve-jwenn lan, menm de lang lan tou li menm—dènye koze sa a se on fonksyon ki enpòtan anpil pou moun k ap tra­vay sou lang; 3) Lang ak leve-jwenn gen on rapò ale-vini: youn aji sou lòt, tout tan, san rete.

Lè nou pran tout pwovèb yo ansanm, se tankou on ja ki chaje ak bon pawòl. Se on richès pou tout moun ki manm leve-jwenn lan. Chak pawòl kachte nan on ti anvlòp; lè ou dekachte, ou jwenn on ti ran­mase eksperyans lavi nou kòm pèp, on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt. Pa eg­zanp, lè nou di: “Chen di gade pa twòp!”, leson nou vle fè chon­je se eksperyans lè on chen kanpe ap gade, gen es­pwa, depi moun l ap ga­de a poko fin manje, li ka jwenn on grabday. Se sa leve-jwenn nou ban nou, e se sa lè n ap gran­di nou kwè. Se sa k fè yo konsidere chak pwovèb tankou on pawòl granmoun: on pa­wòl eksperyans, on pawòl sa­jès, on pawòl ki gen on ti li­myè lave­rite. Pa bliye tou: “Bouch gran­moun santi, men pawòl nan bouch li pa santi.”                                

Sèvi ak pwovèb nou yo se youn nan fason nou ka­pab ri­­ve kenbe kontak ak lang nou ansanm ak le­ve-jwenn nou nan dyaspora. Pwovèb yo kapab pèmèt jenerasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm. Pwovèb yo ban nou prensip ak mo­ral ki ka sèvi bousòl pou gide kominote a. Gen pwo­vèb pou tout sikonstans. On pwovèb kapab di plis pa­se on pakèt pawòl anpil, men tou sa kapab sèvi on mwa­yen pou granmoun tanmen on koze ak timoun sou kesyon ki enpòtan pou lavi yo. On jan pou m ka­pab montre fason nou ka sèvi ak pwovèb nan dyas­po­ra, m pral reflechi avèk nou sou on pwovèb m twou­ve ki gen on kokenn chenn en­pò­tans pou lavi gwoup nou an: «Di bonjou montre chemen.»

Gen 2 istwa Maurice Sixto ki montre klè enpòtans pou nou aprann timoun nou yo di bonjou. Sanba mèt-a-pawòl la koumanse Ti Senta­niz konsa: “Bon­jou madanm pi bon pa­se konn lawout. Pou w al wè koze sa a byen, se bò Cha­pèl Sen Wòk. Moun Bò Cha­pèl, depi w gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous mòn Tayfè, jous mòn Malanga pou y al montre w nenpòt ki kay.”

Nou wè klè la a, nan esplikasyon Sixto a, de­mons­tra­syon pwovèb “Di bonjou montre chemen” an. Lè w sou wout, on kout “Bonjou Ma­tant!”, os­non “Bonjou Tonton!”, osnon “Bonjou Ti Matmwa­zèl!” ap montre w ki wout pou w fè. Konsa tou, si w pa ta konn wout tou epi ou pa ta konn di bon­jou, ou bannann. Se sa menm Sixto mon­tre nou nan Monkonpè Teyofil.  Etan Sixto ap pale ak Te­yo­fil, on nèg parèt, “san l pa menm salye Teyofil, li di Te­yo­fil kon­sa: «Koute non, èske w kapab di mwen ko­te bòs Ab­salon re­te bò isi a?» Teyofil voye msye al ma­che; nan pwòp mo pa Teyofil, li voye msye a al re­konèt li (kidonk li voye l al me­te bon sans li, bon li­zay li sou li), pou nou pa di li vo­ye l al kay Madan Bon­jou.

Di bonjou, se pa sèlman chemen, wout, adrès on ko­te ou vle ale li montre w, sa l ka montre w tou se on chemen esplikasyon, on chemen debouche. On moun ou abitye di bon­jou, on moun ou abitye salye l, si w bezwen on espli­ka­syon l ap ba ou l, osnon l ap chache l pou ou; menm jan tou, si w ap chache on travay, on relasyon bonjou kapab kre­ye on de­bou­che pou ou.

Nou ka al pi lwen toujou: lè on timoun konn di moun bon­jou, tout moun konsidere l, tout moun apre­sye l; yo di li se on timoun ki byennelve; si on malè pral rive l, tout moun dispoze pou espadon­nen l; yo fè granmoun li konpli­man, paske tout moun kon­nen se paske yo ba l bon pren­sip lakay li ki fè l byennelve. (Nou ka imajine tout konse­kans sa ka genyen lè on kominote konsidere on timoun ma­ledve.)

On timoun ki aprann di moun li rankontre bon­jou, sa pèmèt li vin gen sans respè pou moun: se nan devlope res­pè pou moun, l ap aprann vin gen res­pè pou pwòp tèt pa l. Nan respè pou tèt pa l, l ap vin gen respè pou kominote l ak pou leve-jwenn li.

Koze a te ka bout la a, men gen on degi.

Nan pale ak moun sou pwovèb, m konn tande tout ka­li­te pre­ji­je. Gen moun ki kwè pwovèb pa kon­sè­ne tout moun: dapre yo, sa konsène kèk grenn moun sèlman (tan­kou moun k ap reflechi sou pwo­vèb, moun k ap ekri, moun k ap chan­te); gen lòt moun ki kwè pwovèb se koze moun an­­de­­yò: moun sa yo fè m chonje minis Edikasyon Nasyonal la nan ‘Lea Kokoye’ : lè la­kontantman anvayi kè Derilis poutèt on 10 goud minis la lage nan men l, epi Deri­lis ap neye sèvo minis la anba pwovèb, minis la di: «Ah, ces pro­ver­bes des gens du peuple!»; gen lòt moun ankò ki kwè pwo­vèb se bagay tan lontan (se jan granmoun lontan pale, sa pa alamòd jodi a).

Nan chache materyo pou m eseye konprann po­zisyon diferan moun sa yo, m al tonbe sou on liv ki re­le Le dic­tion­nai­re des proverbes et dictons de France. Se yon liv Jean-Yves Dournon ekri, ki parèt nan mezon Hachette, nan koleksyon ‘Livre de Poche’, an 1986. Sa k enterese m nan liv la pou koze n ap fè jo­di a, se prefas la, ki parèt anba plim Msye Jean Dutourd, manm Akademi franse. Akademi­syen an esplike ki jan lè l te timoun li te konn pran pwovèb yo fè rizib, pran on pati nan youn, two­ke l ak on pati nan on lòt. Men laj vin fè l konprann pwovèb yo se on gwo kou filozofi pou malere ak ma­le­rèz yo, se sa k ba yo sipò anba siyad lavi. Nan fen prefas la, akademisyen an di: dapre li menm se lè tout kretyen vivan ta bliye tout pwovèb nèt tankou premye kazak manman yo te mete sou yo, osnon lè on save ta lage on pwovèb, epi tout moun ta konsidere sa tankou on pawòl antik, se lè sa a sèlman n a kapab pale de pwogrè toutbon vre. Msye di: moman sa a po ko prèt pou rive!

M dakò ak koze sa a. M pa konn pou nou. Pwovèb pa p janm ni kanni tankou kasav, ni pouri tankou fig yo bliye nan gad­man­je. Pwovèb ap toujou rete fre tankou ze ki fenk soti byen cho nan vant poul!

Mezanmi, pwovèb la di: « Pawòl anpil, machwè gonfle! » Mèsi pou pasyans nou!

Jewografi kreyòl Jean Marie Théodat (Jan Mari Teyodat)

Nan peyi d Ayiti, gen yon polemik ki gonfle sou kesyon lang lan. Gen de moun ki panse fò k nou ta kite afè franse a atè, paske pifò Ayisyen pa konprann ni. Epi tou, gen lontan depi se gran nèg sèlman ki pale li. Yo te sèvi avèk li tankou yon baboukèt pou anpeche pèp la pale sa li bezwen. Si ou pa te ka pale franse, ou pa te gen dwa alapawòl.

Gen de lòt ki di ou : » kreyòl la pa lang, li pa gen dwa depase pòt kizin nan ». Yo fè ou konnen ke pa gen ase moun ki pale kreyòl nan lemonn, pa gen ase liv ki ekri ladann, pa gen ekriven ki chwazi li kòm sèl mwayen pou pibliye. Agiman sa yo pa ka anpeche nou konsidere ke enterè yon lang, se pa ni kantite moun ki pale li, ni kalte ekriven li bay : se entelijans kolèktiv li charye, se eritaj inivèsèl li reprezante ki fè nou pran li ak de men.

Se moman sa a mwen santi mwen dwe di yon mo. Lamarin pa metye mwen, mwen pa lengwis, mwen pa menm pwofèsè kreyòl. Se jewograf mwen ye, e se goumen mwen ap goumen ak plim nan pou se pa an franse li ekri sa a. Men, mwen te di tèt mwen : fò k se an kreyòl pawòl sa a pale. Yon fason pou nou apwofondi pwoblèm lan, an menm tan ke nou ap fè kreyòl la vanse. Kreyòl, se yon lang mwen pale tankou yon eritaj, ki genyen ladann yon mesaj sakre nou pa ta dwe janm bliye. Ou pa renmen yon lang paske se li ki pi bèl, ni se li ki pi gran : ou renmen li paske se pa ou li ye. Pèsonn pa ka retire li nan men ou.

Nan jenerasyon pa m nan, ekri kreyòl se te yon evennman, tèlman pa te ko gen règ, ni akò ant save yo ki te ap travay sou sa. Mwen grandi ak yon lang, mwen edike nan yon lòt. Si mwen ta pran fè imaj, se kòm si mwen ta manje nan yon lang, epi mwen ta dijere nan yon lòt ; mwen ta renmen nan yon lang, mwen ta divòse nan yon lòt. Eksperyans viv nan de lang, sòti nan youn, antre nan yon lòt, pa gen danje, se pa yon pwoblèm li ye : se toujou menm mwen menm nan ki lakòz. Se mwen ki konnen, mwen ki deside, se pa lang nan. Men se granmèsi zanmi mwen Michel Anne Frédéric Degraff ke mwen vin deside ekri kreyòl la tou. Li te ekri mwen pèsonèlman, yon si bèl lèt, kreyòl li te tèlman fen, ke mwen te bije file plim mwen pou reponn ni. Mwen te pran tan, men mwen te pran anpil plezi. Depi lè a, zonbi goute sèl. Mwen selebre kreyòl la chak jou.

Se la a m ta renmen konnen sa ki pase nan tèt yon moun, lè lang li te aprann yon bagay, se pa nan lang sa li ap anseye li. Pou mwen pi klè : mwen te mande tèt mwen : « èske yon kou jewografi an kreyòl posib ? Pou yon nèg ki pa te abitye ekri ni li an kreyòl, eske li posib pou li fè yon travay syantifik valab an kreyòl ? » Repons la se wi : akondisyon nou bay tèt nou mwayen pou pale ak ekri kreyòl na tankou nenpòt lang. Se konsa mwen te rive fè li.

Depi pase trant an mwen ap anseye jewografi. Men, se aletranje mwen te toujou fè sa. Mwen anseye an franse nan La Sorbonne, an panyòl lè mwen al Inivèsite San Marcos o Pewou, nan PUCE ann Ekwatè, an angle lè mwen ale Jamayik epi lòt kote si sa nesesè : sa pa janm poze yon pwoblèm. Mwen te gen chans aprann pale ak ekri plizyè lang.

Men se premyè fwa mwen gen opòtinite fè sa nan lang manman m nan, e se pa yon ti zafè. Mwen ap fè kou nan UEH epi nan lekòl Saint-Louis de Gonzague, kote kou yo fèt an franse. Men, pwofesè yo toujou fè yon ti rale an kreyòl. Kidonk sa pa choke pèsonn lè yon pwofesè ap pale kreyòl. Se lè egzamen an rive, lè nòt vin pou pran, ke bwa mare tout bon. Defi pa mwen se bije elèv yo pran nòt an kreyòl tou, bije pwofesè a ekri an kreyòl sa li di a, ki se sèl fason pou bay lang nan tout enpòtans li, paske se li nou pale lè nou vle yo konprann nou toutbon. Si se pa sa, nou tonbe nan woutin : kote pwofesè a se wout pa bwa l ap chache lè li soti nan yon lang pou vire nan yon lòt. Li pale franse pou mistifye elèv yo, li pale kreyòl pou li joure yo oubyen ba yo baton.

Moun te toujou konprann, nan tan lontan, ke lasyans pa pou kreyòl. Se te bagay lakay, bagay anba tonnèl, bagay pèsonèl ak bagay minè ki te regle nan lang sa a. Nan kanè lekòl la, li te ekri « il est interdit de parler créole dans la cour de l’école… ». Kidonk, chak fwa mwen te kanpe devan yon bann elèv, se te franse a ki te vini pi dous nan bouch mwen. Sete yon reflèks entelektyèl ki te gen ladann yon konplèks sosyal. Jan ou te aprann tande a se konsa ou pale. Se an franse mwen te aprann syans jewografi a, se an franse mwen te prepare pou mwen anseye li, se an franse li te pi fasil pou mwen pou mwen pataje li ak lòt moun. Men mwen te aprann fè sa tou an angle, an panyòl parapò ak peyi kote mwen te rive al bay konferans, patisipe nan yon aktivite syantifik. Kijan fè li te diferan pou mwen an kreyòl, ki se lang manman m nan ?

Enben, jodi a mwen konnen. Se paske mwen pa te ko metrize lang nan. Epi tou, nan lespri mwen, te rete yon baryè pou separe sa ki savan, ki mache ak franse, yon bò, ak sa ki banal, ki mache ak kreyòl, yon lòt bò. Kreyòl mwen pa te ko rèk pou te antre avèk mwen nan inivèsite.

Epi yon jou, pandan mwen ap fè yon kou sou sa yo rele « tectonique des plaques » la, mwen te gen difikilte pou te fè etidyan yo konprann sa mwen vle di a. Lè mwen pale an franse yo pran nòt, men se pa tout bagay yo konprann nan sa mwen ap di a. Lè mwen vire an kreyòl, yo konprann pi byen, men pèsonn pa pran nòt : yo pa fò nan ekri kreyòl.

Lè mwen mande yo nan ki lang yo vle kou a fèt, gen youn ki di mwen : “pwofesè, si ou te ka fè kou a an kreyòl epi tou ou ban nou yon rezime an franse pou nou al aprann li pakè, se ta ap sa nèt ».

– Kisa nou ye la a, mwen mande li, francophones ou bien créolophones ?

– Nous sommes des pokophones, professeur. Nou poko ka pale franse a byen, nou poko ka ekri kreyòl la kòmsadwa, kidonk nou poko tout jan.

Ti anekdòt sa a, vini raple nou ke se pa goumen franse a ap goumen ak kreyòl la nan bouch nou, se nou menm ki poko gen mwayen nan tèt nou pou nou metrize de lang listwa nou kite pou nou an. Nan tout peyi, pale plizyè lang se yon richès, akondisyon pa gen diskriminasyon, ni paspouki lè yon moun pa pale yon lòt lang ki pa sa majorite a pale a. Yon lang, se yon zouti pou pèmet nou konprann epi pataje kompleksite reyalite a. Yon zouti pou lovri je nou, san nou pa bije al chache okenn eksplikasyon ezoterik pou sa nou pa konprann.

Li ta toujou pi bon pou tout moun ta pale menm lang, men li pa fasil pou jwenn yon sèl lang ke tout moun ka konprann. Anglè ou tande se li ki ap mennen an, se pa tout moun ki pale li. Chinwa ki se pèp ki pi peple sou latè pa konprann li. Menm ameriken an gen enterè aprann lòt lang. Kidonk, pale anpil lang se yon avantaj li toujou ye. Pou kominike ak tèt ou, lè ou ap ekri, pou kominike ak lòt moun ki pa pale lang pa ou la. Ann Ayiti, nou gen privilèj ke de lang nou resevwa kòm eritaj yo sanble. Pa gen lang ki pi sanble ak fransè a pase kreyòl : se tankou manman ak pitit. Pifò mo nou ap itilize nan jewografi a, se nan fransè nou pran yo : tektonik, jewografi, ekoloji, estratigrafi, jewoloji, elatrye. Men fò k nou admèt ke se nan lang grèk mo sa yo jwenn rasin. Nou toujou kapab pran nan makout leksikal fransè a tout bon zouti nou bezwen pou pale pawòl pa n. Si fransè a pa bay li, nou toujou ka envante li.

Pa gen lang ki evolye pou kont li. Tout lang sibi enflyans yon lòt lang. Sa gen rapò ak pwoksimite jewografik, kiltirèl epi politik ki ka jwe pou fè kèk mo de yon lang antre nan yon lòt. Ann Ayiti pa egzanp, nou gen de twa deseni ke kreyòl ap ranmase mo anglè ki finn pa antre nan vokabilè nou tout : chany, mayas, janjanbrèt, faktori, bouchin, ribil, elatrye. Nou pa lage kreyòl la pou sa. Yon lang se yon basen kote tout sa ki antre ladann sibi yon melanj ki gen pou fèl antre an reaksyon ak tout lòt engredyan yo. Se sa ki pou enpeche lang nan deperi. Tankou jan Coupé Cloué te di li nan yon chante selèb : « N ap jete sa ki pou nou, n ap ranmase sa k pa pou nou. Yo fè yo voye ban ou, an nou fè voye ba yo tou ».

Se la a mwen te renmen fè yon ti rale pou mwen di ke se pa lang nan pwoblèm nan, se konpleksite reyalite ke nou ap viv la. Fòk yon nèg pa konfonn zouti a ak pwoblèm lan, pa konfonn djak ak kawotchou. Lè machin ou plat, se wou a ki an pàn, se pa djak la. Lang nan, se tankou yon djak : se zouti pou leve pàn nan. Plis ou abitye leve pàn, plis zouti ap fasil nan men ou. Si se premye fwa, ou gen pou ou santi li rèd pou sèvi ou. Sèl repons pou sa ki ap mande si kreyòl la kapab pale serye, se eseye li. Pi bon mwayen pou eseye li, se ak elèv yo. Si ou rive fè yo konprann konpleksite reyalite a nan lang sa a, ou rann peyi a on doub sèvis : ou ede pitit li yo vin pi eklere, ou ede lang nan bay pi bon sèvis.

Pou sa ka rive fèt, se tradui pou nou tradui pou yo. Mwen te fè efò mete tout sa mwen konnen nan lang manman m kòm si se te ak manman m mwen te ap pale. Mwen mete an plas yon leksik, nou rele l tchala kreyòl, pou bay chak mo yon plas nan vokabilè a. Lè ou wè konsa, ou santi lang nan pa ka ba ou manti. Chak mo chazi pou sa li vle di epi tou pou sa li pa vle di. Lè konsa ou bije rete veyatif pou pa itilize yon mo pou yon lòt, paske moun gen tandans kwè tout bagay se bagay, ou pa bezwen klè lè w ap pale, depi yon konprann ou. Gen de nivo ou ap pale, ou pa ka kontante ou deske yo konprann ou. Pawòl la dwe klè pou tout moun lè se lasyans ki angaje.

Mwen ap travay nan yon domèn, jewografi, kote lang nan gen anpil enpòtans. Yon jewograf, se tankou yon mekanisyen li ye : li dwen konn non chak mòso pyès ki gen nan machin an. Non tout peyi, non tout fenomèn natirèl, non tout pwoblèm ki ka poze. Se li ki pou di w ki sa ki fè peyi a an pàn, sa ki fè li pa ka mache. Pa egzanp, lè gen male pandye, lè gen danje ak katastròf, se li ki konnen ki jan pou nou fè pou sèvis ak bonjan sekou rive jwenn sa ki bezwen yo. Kidonk, lè gen ijans, tout enfòmasyon ou bezwen ta dwe vin jwenn ou nan lang ou konprann pibyen an. Rekòmandasyon pa mwen, se admèt ke peyi an gen de lang : youn pou li ekri, youn pou li pale. Lè se lavi moun ki angaje, ou dwe reflechi ak sajès, san idyoloji pa ladann. Moun yo pi fasil li franse : an nou afiche an franse pou you ka li li ak kè poze. Moun yo abitye pale kreyòl : radyo ak televizyon dwe pale an kreyòl pou yo ka tande san grate tèt.

Rèv pa mwen se ta pou tout etidyan metrize de lang yo ak kè kontan. Paske lè ou pale yon lang, ou gen yon sèl fenèt ki louvri. Lè ou pale de lang, ou gen dwa chanje pozisyon pou ou wè bagay yo on lòt jan. Mwen rete kwè ke pwoksimite de lang sa yo ba nou yon gwo avantaj pou nou elaji vokabilè toulede lang yo. Gen de lè se mo kreyòl la ki pi kòdyòm pou dekri yon reyalite lokal, lè sa a se pou mo a antre tèlkèl nan franse pa nou an. Yon mo tankou restavèk pa gen mwayen tradui l an franse san li pa pèdi nannan li. Pa gen mwayen tradui zonbi, lwa, marasa, an franse (revenant, esprit, jumeau) san ou pa pèdi moso nan siyifikasyon kreyòl la. Menm jan an, kreyòl la pran mo franse pou li fòje pawòl pa li, franse a dwe evolye ann Ayiti, fòk li ranmase kont mo kreyòl li, se konsa sèlman nou ap rele li yon lang itil, e se konsa sèlman li ap sispann rete yon lang prete. Kreyòl la di konsa : « kanson prete pa danse matinik ». Ou pa ka danse jan ou vle ak yon pantalon ki pa pou ou. Si franse a se pàn li ye, fòk nou petri li menm jan ak kreyòl la, fòk nou ka fè jedemo pou pouse limit ekpresyon an jis kote n pa ta panse.

Mwen anvi, lè mwen ap pale kreyòl, pou mwen pa bije ap fè zuzu paske sa m ap di ya enpòtan. Kreyòl la gen tout zam ak tout zouti pou nou di tou sa nou bezwen. Se nou menm ki on jan pentad, ki kapon. Pou dè rezon de prestij nou pa ta vle desann pyedestal franse a pou nou pale menm lang ak pèp la. Men fòk nou di, pyedestal la, se pa pou youn oubyen yon lòt lang li ye. Se pou valè pawòl ki ap pale a. Ou gen dwa ap pale franse epi se ranse ou ap ranse. Ou gen dwa ap pale kreyòl, sa pa vle di ou pa te al lekòl. Yon moun ki save ann Ayiti ta dwe metrize de lang yo, lè l ap ekri, tankou lè l ap pale. Se ta dwe kondisyon pou rekonèt yon nèg eklere.

Lejou nou kapab eksplike yon pwoblèm nan de lang, nou déjà fè mwatye chimen konesans lan. Depi yon elèv poze mwen yon kesyon sou yon tèks li pa konprann, mwen di li tradui li an kreyòl. Si kreyòl la bon, ou ap konprann pi vit. Menm jan an, depi m santi nan ekplikasyon an lojik la ap bay flay, mwen mande elèv la ekri sa li di m nan an franse. Lapoula ou gen pou ou santi diferans lan. Kidonk, pedagoji pa m, se sèvi ak de lang yo tankou de fwèt : yon kou pou youn, yon kou pou lòt. Men se mèn bèt la n ap bat. Lè ou anvi konprann, pa gen lang ki pou anpeche ou vanse. Plis lang ou pale, pi vit ou konprann sa ou dwe konnen. Olye pou l ta antrave ou, lang nan se nechèl pou leve tèt ou, se nechèl pou gade pi lwen.

Finalman, lè mwen gade kaye mwen ap ekri ladann nan, mwen wè de lang yo makonnen youn ak lòt tankou de marasa, yon fason kote youn ap ede lòt. Lè franse a manke sèl, kreyòl la ba l piman. Lè kreyòl la manke mo, franse a pote rèl, e se lè sa a etidyan yo kontan. Yo pa pè pale franse ankò, yo pèdi wont pale kreyòl la, paske se lang pwofesè a itilize pou li fè kou a. Menm jan an, se pou nou retire konplèks nan reprezantasyon de lang yo.

Gen moun ki kwè franse a se lang yon elit li ye, e ke li dwe ye. Kidonk, malere pa gen dwa pale li. Sa ta yon sakrifis ki te ap koute nou chè, si nou ta jete lang sa a ki se yon eritaj, yon tradisyon, epi yon bon zouti pou antre nan konpleksite reyalite lemonn. Ou pa jete yon lang ki gen Paul Valéry ladann. Si se pa sa ou gen yon pwoblèm ak lakilti ak lentelijans. Ou chache fè lang pa ou la vanse san mande lòt yo fè bak. Se devwa nou, kòm anseyan, pou nou egzije elèv yo pale franse a kòmsadwa. Franse kòrèk vle di, franse tout moun konprann, san w pa bije savan.

Gen moun ki kwè kreyòl la se sèl lang nou dwe pale, kòm kwa sa ki pa konprann li bije aprann pale li tou. Malerezman gen anpil liv ki rete pou tradui anvan n ka gen aksè ak tout kantite bèt ki gen pou aprann nan yon bibliyotèk. Pandan tan sa a, nou gen chans pale franse, e lang sa a gen anpil bon bèt ladann. Lè yon moun gen privilèj li Racine, Molière, Motesquieu, Rousseau, Voltaire, Hugo, Balzac, Flaubert, Stendhal, Zola, Proust, Mallarmé, Verlaine, Baudelaire epi Sartre nan lang orijinal la, ou pa ezite. Ou pa fè chèlbè tankou se pa anyen sa. Se yon kokenn avantaj nou genyen sou anpil lòt pèp : nou ekri yon lang ki se yon rezèvwa konesans pami youn ki pi rich nan lemonn. An nou pran sa oserye. Se pa nan retire liv franse nan biblyotèk yo ke nou ap anrichi konesans timoun yo, se nan tradiksyon meyè zèv ki egziste, kit se an franse, an angle, an panyòl, elatrye.

Gen yon ankèt ki te fèt an 2009 ki te revele ke 85% pwofesè lekòl fondamantal yo pa metrize okenn lang. Ni franse, ni kreyòl. Paske yo pat chwazi metye a kòm yon vokasyon, men tankou yon fòkseli. Yo te bije fè yon jan pou pa mouri grangou, yo tonbe nan fè pwofesè. Pifò ladan yo ta renmen chanje metye : paske yo touche mal, yo pa jwenn konsiderasyon yo ta merite a, epi tou, yo pa te prepare pou pran presyon elèv. Depi yon timoun gen difikilte pou li aprann, baton nan dèyè li. Sa a se siy ke pwoblèm nan pi grav ke jan yo poze l la. Se pa lang nan pwolèm nan, se konpetans pwofesè a pa genyen. Se kòm si ou ta pran yon kòdonye pou leve yon pàn kawotchou. Li ap fè li kousi kousa. Men, si se te yon kawotchouman, li te ap fèt pi vit, pi byen.

Pedagoji pa mwen, se fè kou nan toulede lang peyi a, paske elèv yo pale de lang. Nou pale e nou ekri nan toulede, san nou pa fè diferans, paske elèv yo konprann toulede lang yo. Sa a se yon avantaj pou yon pwofesè parapò ak lè ou ap travay ak yon gwoup ki pale yon sèl lang. Se kòm si sou yon teren foutbòl, abit la te deside mete liy touch la pi lwen pase kote li te ye a. Extension du domaine de la langue, en quelque sorte. Toutotan mwen kapab, mwen mande elèv yo, annatandan yo gen liv an kreyòl, olye yo aprann yon tèks franse pakè, pou yo tradui li an kreyòl. Tout sa ou tradui, ou konprann ni de fwa, ou konprann ni pi fon. An nou tradui pou fè kreyòl la mache. An nou tradui pou fè franse a ateri. Mwen mande moun ki enterese pou yo fè efò tradui chante kreyòl yo an franse. Se yon ekzèsis ki toujou enteresan lè ou anvi metrize lang nan. Pa gen wout pa bwa: bay kreyòl la jarèt, se bay franse lanmen. Se pa sèlman franse nou ki pa kòdyòm, kreyòl nou manke jèvrenn. Nou poko fè travay apwofondi kote chak mo gen tokay li nan chak lang. Tchala kreyòl la poko fini.

Sa vle di, an nou fè efò pou nou chache bon jan zouti pou bije de lang yo pale youn ak lòt. Nou gen okazyon inisye yon dyalòg ki toujou bon lè ou ap fè rechèh. Abitid pale de lang nan pa sifi, se bon jan egzèsis pou nou envante, bon jan tradiksyon ki pou fèt pou nou ka ale pi lwen nan chimen konesans. Etidyan ak pwofesè sou menm liy : nou poko gen tout metriz nou bezwen pou manyen de lang yo ak menm ladrès, men nou konnen ke pa gen lòt mwayen pou nou bay tèt nou limyè ke nou ap chache a.

Mèsi papa Desalin Felix Morisseau-Leroy (Feliks Moriso Lewa)

 

Papa Desalin, mèsi

Chak fwa m santi sa m ye

M di mèsi, Desalin

Chak fwa m tande yon nèg koloni ki poko lib pale

M di: Desalin, mèsi

Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen

Mèsi, papa Desalin

Si m yon nonm

Se pou m di : mèsi, Desalin

Si m ouvè je m gade se gras a ou, Desalin

Si m leve tèt mwen pou m mache

Se gras a ou, Desalin

Chak fwa m gade lòt nèg

M di mèsi, Desalin

Lè m wè sa k ap pase lòt kote

M di: mèsi, Desalin

Lè m tande kèk nèg parèy mwen pale

M di: mèsi, papa Desalin

Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen

Towo Desalin

Desalin, san mwen Desalin, de grenn je mwen

Desalin, zantray mwen

Se mwen k konnen

Se pou tout nèg di: Mèsi Desalin

Se ou k montre nou chimen nou

Mèsi Desalin

Se ou k limyè nou Desalin

Se ou ki ban n tè n ap pile a

Syèl ki sou tèt nou an

Pyebwa, larivyè, lanmè, letan,

Se ou Desalin,

Se ou k ban n solèy

Ki ban n lalin

Ou ki ban n sè, frè n

Manman n, papa n, pitit nou

Se ou ki fè n yon jan yon mannyè

Nou pa kou tout nèg

Si m gade tout moun nan je

Se ou k ap gade yo, Desalin

Se ou ki ban n dlo pou n bwè

Ou ki ban n manje pou n manje

Mèsi, papa Desalin.

Epi, se ou ki ban n kay pou n rete

Ou ki ban n kote pou n fè jaden

Se ou k montre n chante

Ou k montre n di: non

Yo di gan nèg ki di: wi, wi.

Gan nèg ki di: yèssè

Ou montre n di: non

Desalin montre tout nèg

Tout nèg sou latè di: non

Mèsi, papa Desalin

Gan nèg ki vle esplike: “Tan jodi pa tan pase

E ke wi alèkile “La fraternité humaine

L’ humanité, la civilisation” tou sa, se franse

Mwen menm, se Desalin m konnen

M di: mèsi, papa m

Se ou k  fè m

Manman m se pitit ou

Tigason, tifi, se pitit ou tou

Mèsi, Desalin

Pitit pitit mwen, se pitit ou

Wa Desalin, mèsi

M pa bezwen pale pou drapo a!

Pa bezwen pale pou Lakayè

Pou Gonayiv!

Yo di sa deja

E ki moun k ap tande sa ankò?

Mès rekwiyèm 17 oktòb?

Ki moun ki pral Katedral?

Diskou Minis?

Ki moun k ap koute sa?

Men, sa m di la a

Se youn sèl mo: mèsi

Mèsi Desalin papa m

Gan mounn ki pa konnen

Fò m di yo

San ou nou pa ta la a

Mèsi, papa Desalin

Epi, fini ak Patè Nostè w la a

Monseyè, Desalin pa mouri

Ase pale franse, Minis

Desalin pa p janm mouri

Desalin la

Nèg sa a ta ka mouri!

Desalin nan kè m

Lam o pye

Desalin ap veye

Yon jou Desalin va leve

Jou sa a, nou tout n a konnen

N a konnen si 1804

N a konnen si Lakayè

N a konnen si Lakrèt a Pyewo

N a konnen si Vètyè

Desalin te fè tou sa

Pou ti nèg ekri powèm

Pou Minis fè diskou

Pou pè chante Te Deoum

Pou Monseyè bay labsout

Desalin pa bezwen labsout

Tou sa Desalin fè bon

Yon jou Desalin va leve

W a tande nan tout lanmè Karayib

Y ape rele kote l

Desalin pran lèzam

Arete l

Lè a, w a tande vwa l kon loray

Tout nèg koupe tèt boule kay

W a tande n nan tout Lamerik

Y ape rele: rete l

Vwa Desalin deja nan radyo

Koupe tèt boule kay

Nan tout “Harlem

Desalin ap mete lòd

W a tande: bare Desalin

Jouk “Dakar

Jouk “Johannesburg

W a tande: kote Desalin pase?

Koupe tèt boule kay

Desalin pa bezwen labsout

Pa bezwen padon Bondye

Okontrè: Desalin se bra Bondye

Desalin, se jistis Bondye

Pa bezwen Patè Nostè Monseyè

Ni eskiz nèg yo vle mande blan a yo

Desalin pa bezwen

Pou tou sa l fè m di: papa Desalin, mèsi

Pou tou sa l pral fè m di: mèsi, papa Desalin


Ayiti Toma: Orijin Non Peyi A Dapre Jerry M. Gilles (Djeri M. Jil) ak Yvrose S. Gilles (Ivwoz S. Jil)

 

Yon pati nan non peyi a, se non Natif Natal yo te bay teritwa a. Dezyèm pati a se non Afriken vin ajoute kòm bon non peyi a. Gen anpil mitoloji lan orijn non Ayiti. Kifè, an nou remonte nan istwa ekri teritwa a pou n pi byen konprann orijin non an. Premye Ewopeyen ki aprann pale lang Natif Natal yo se te Pè Ramon Pane. Apre Kristòf Kolon te debake sou zile a, Pè Ramon Pane t al abite pou plizyè ane pami Natif Natal zile a. Misye te aprann lang Natif Natal yo dekwa pou l te fè yo rantre nan kwayans Kretyen Ewopeyen. Pè Ramon Pane te fè rapò pou fè moun ann Ewòp konnen Natif Natal yo pa t gen ni 2, ni twa non pou teritwa a. Yo te gen yon sèl non pou zile a, se te Ayiti. Kifè dapre pè a, nan epòk Kristòf Kolon ateri ann Ayiti, teritwa a te gen yon sèl non, Ayiti. Afè Sipanngo, Kiskeya kòm non peyi a, se pawòl ki soti nan rapò Pyè Mati, yon moun ki pat janm vizite Ayiti. Pyè Mati se yon ansyen sekretè tribinal ann Espay ki te fè entèvyou ak moun ki te akonpanye Kristòf yo. Se te travay Pyè Mati pou l te ekri gouvènman Espay la ansanm ak Pap la, pou l ba yo rapò sou vwayaj pasaje Kristòf yo. Nan fè entèvyou sa yo, Pyè Mati di Natif Natal yo te gen 3 non pou peyi a: Kiskeya, Sipanngo (Cipangu), Ayiti. Daprè Pyè Mati, Ayiti vle di wo. Non an vin byen dekri zile a kòm peyi ki gen mòn ki pi wo nan Karayib la. El Piko sou bò lès zile la otè 12,000 pye. Pik Makaya ak pik lasèl sou bò Lwès la 8,000 a 10,000 pye. Lè Afriken vin rantre sou zile a, yo vin rekonèt jan gen gwo mòn sou zile a epi sa vin kreye pwovèb “Dèyè mòn gen mòn”. Lan Manyèl Istwa Ayiti, Frè Enstriksyon Kretyen, yo pa mete Sipanngo a, men yo di se boyiho (boyo) ki te lòt non an, san yo pa bay okenn referans pou sa. Nan yon lèt Pyè Mati te ekri Pap la, misye di Kiskeya se te premye non endijèn yo te bay zile a. Dapre Pyè Mati Kiskeya vle di laj kou linivè. Nan yon sans, se vre paske Ayiti laj pase lòt zile lan Karayib la. Kiba pi long, men li pa pi laj. Sipanngo a vle di mòn lò. Alèkile anpil moun kwè gen lò nan mòn Ayiti yo. Kwak Pyè Mati bay detay, men anpil istoryen vin doute esplikasyon misye te bay yo paske li pa t janm vizite Ayiti epi ak moun li pale yo, youn pa t konn pale lang Natif Natal zòn nan. Kanta pou Pè Ramon Pane ki te aprann pale langay Natif Natal yo, misye demanti Mati epi li di peyi a pa t gen lòt non pase Ayiti. Pou jis kounye, mòn sou bò lès peyi a kontinye pote non Mòn Ayiti, (Los Haitises). Doktè Chanka, te dakò ak Pè Ramon Pane. Doktè Chanka te doktè abò batiman Kristòf yo. Misye te ekri yon lèt an 1494 kote li di tout zòn lès zile a rele Ayiti. Pè Las Kasas te vin aprann pale lang Natif Natal yo pi byen pase Pè Ramon Pane, epi Las Kasas te di tout zile a gen yon sèl non, se Ayiti. La a menm pawòl 2 Pè sa yo, kòm moun ki te konn pale lang Natif Natal yo, pawòl yo pi fyab pase rapò Pyè Mati ki pa t janm vizite zòn nan. Kifè, sanble Ayiti se Ayiti li te toujou rele. Premye fwa mo Ayiti ekri sou papye se lan lèt Doktè Chanka a an 1494. Premye fwa non Ayiti a parèt lan liv, se an 1516 lan liv Pyè Mati a. Debake Kristòf Kolon debake sou zile a, pou l flate Rèn Espay la ki te finanse vwayaj li, misye rele zile a Zile Espay “La Isla Española”. Alalong non an vin pwononse kòm Ispanyola. Nan tout sa Kristòf kolon ekri, li pa janm mansyone okenn lòt non pou zile a pase non li te bay la. Mo Ayiti a pa parèt lan anyen Kristòf ekri. Alalong Espay vin gate ak Kristòf Kolon epi non li te bay la vin sispann sèvi. Nan ane 1930 yo, sou enfliyans Dominiken ki vle montre jan yo atache ak Espay, Etazini vin reparèt ak non Ispanyola a kòm non tout zile a. Yo fè sa kwak yo te ka respekte volontè Revolisyonè Ayisyen yo ki te rejte yon non ki dekri nou kòmkwa nou gen apatenans ak Espay. Etazini te gen dwa rele zile a, Zile Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikani. Alalong, pandan epòk esklavaj la,  non Ispanyola vin pa sèvi ankò, se Sen Dominik zile a vin rele. Sa te rive paske premye gwoup pè Pap la te voye ann Ayiti se te pè divisyon Dominik. Yo te pote non Dominik lan pou onore yon ansyen konbatan lan lagè kwazad. Sou enfliyans pè Dominik yo, kapital zile a vin pote non Santo Domingo. Kòm sou zile a se Lavil Santo Domingo ki te gen plis fòs ekonomik, non Santo Domingo vin sanse sèvi pou tout zile a. An 1685, lè Lafrans pran pati lwès la lan men Espay, li annik tradui non Santo Domingo a, epi li rele l Sen Domeng (Saint Domingue).  Malgre Lafrans te soutni non zile a kòm Sen Domeng, men non orijinal la te kontinye sikile lan liv, e te gen kat jeyografi ki te fèt an 1757 ki te gen non Ayiti a sou yo kòm ansyen non zile a. Sa vin fè moun sou zile a te toujou okouran non orijinal zile a se te Ayiti. An 1804, Desalin ak lòt jeneral yo ofisyèlman reparèt ak non Ayiti a. Ak diferan atachman kiltirèl pami Revolisyonè yo, sa te pi fasil pou yo dakò sou yon non ki pat ni Franse, ni Afriken. Popilasyon peyi a menm, se plis Afriken yo te ye e yo te konsidere lakay yo an byen. Poutèt sa popilasyon an ajoute yon non Afriken lan non peyi a. Yo rele l Ayiti Tomè. Pi souvan Ayisyen pwononse Tomè a kòm Toma. Se abitid è pwononse kòm a an kreyòl. Se pou sa nou gen dwa di chèche oubyen chache. Tomè (Toma) se mo Gedevi-Dahomen ki vle di peyi. Kòm se popilasyon an ki te bay peyi a non Ayiti Toma a, se lan popilasyon an non an sikile, san non an pa janm parèt sou okenn papye antèt leta. Kèlkeswa jan leta rele peyi a, nou menm pèp Ayisyen, nou konnen byen bon non peyi a se Ayiti Toma.

     
Referans: THE NAMING OF HAITI. David Geggus. NWIG: New West Indian Guide / Nieuwe West-Indische Gids, Vol. 71, No. 1/2 (1997), pp. 43-68 Published by: BRILL De Obro Novo: The eight decades of Peter Martyr D’Anghera. Francis Augustus MacNutt. G. P. Putnam’s Son, The Knickerbocker Press 1912. Volume One. Manuel D’Histoire D’Haiti. J. C. Dorsainvil. Freres De L’Instructions Chretienne. 1924 Evefiala or Ewe-English Dictionary (Diksyonè Yewe Dahomen). Diedrich Westermann. Kraus Reprint. 1973
 
Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

500tyèm Anivèsè Bannann ann Ayiti (1516-2016) Dapre Jerry M. Gilles (Djeri M. Jil) ak Yvrose S. Gilles (Ivwoz S. Jil)

Bannann sot nan Ginen li rantre Ayiti an 1516 pandan epòk komès moun kòm esklav la. Pandan potko gen bannann nan Amerik la, te deja gen bannann sou tout Laplas Ginen ann Afrik, depi nan peyi Kongo pase Alada Dahomen rive Senega, te deja gen bannann sou tout Lakòt Ginen e te gen plizyè diferan kalite.

Jan nou wè bannann jodi a, se pa konsa ansyen bannann yo te ye. Ansyen bannann yo te gen gwo grenn tankou grenn sitwon konsa e grenn yo te ka pouse pou fè pye bannann. Afriken te pito plante bannann ki gen grenn rachitik. Tank Afriken chwazi plante bannann ak grenn ki pi rachitik, alalong grenn yo vin sanse disparèt nèt. Ti pwen nwa lan nannan bannann yo se rès grenn yo. Afòs grenn yo vin piti, yo gate. Yo vin pa ka pouse pye bannann ankò. Alèkile, toujou gen detwa ansyen kalite bannann yo k ap grandi nan rakbwa ann Afrik, men moun pa plante yo nan jaden.

Lè zwazo manje bannann ki gen grenn, grenn yo pase nan trip zwazo epi yo al tonbe byen lwen. Kote yo tonbe yo, la yo pouse. Alèkile kòm bannann nou manje yo sanse pa gen grenn, se moun ki sètoblije epapiye pye bannann sa yo. San pa sa, se kote bannann nan plante a, se la ase nouvo rasin leve pou fè nouvo plant.

Se ansyen bannann ak grenn yo, ki te rantre ann Afrik soti lan zòn Sid Azi a, lan zòn peyi Enn. Anvan komès Afrik – Sid Azi, pa t gen bannann ann Afrik. Sa gen apeprè 3000 ane depi bannann soti ann Azi epi yo rantre abò batiman sou kòt lès Afrik la. Alèkile lasyans rele ansyen komès Afrik-Sid Azi a, Komès Monsoun. Nan komès sa a, Afrik resevwa manje tankou bannann ak mazonbèl, epi Sid Azi resevwa melon, pwa, pitimi.

Sanble ann Azi, se moun Zile Papwa ki premye fè bitasyon bannann. Sa gen 7000 ane depi yo te kòmanse fè kalite bitasyon sa yo. Ann apre, bannann al nan zòn Enn lan epi sa rantre ann Afrik 3000 ane anvan jodi a. Alèkile nan peyi Kongo, gen 120 varyete bannann, 60 kalite fig mi.

Si tèlman Eritye Ginen gen lontan depi y ap plante bannann, nou konn yon pil fason pou n prepare l. Nou bouyi l. Nou fri l, nou boukannen l. Nou sèvi ak lèt pòpòt bannann pou n fè san kaye, anpeche blese senyen twòp. Nou sèvi ak fèy bannann pou n vlope manje. Ata chouk bannann, ata menm rasin li, moun konn manje. Men pi souvan se lè sechrès, lè pa gen lòt chwa, Afriken manje sa. Si pa gen gwo nesesite, se bèt Afriken bay manje chouk ak rasin pye bannann. Nan rès Karayib la, tankou ann Afrik, moun konn fè yon bwason alkòl ak ji bannann, men nou pa okouran si Ayisyen fè sa tou.

Poutèt fredi ann Ewòp, bannann pa pouse la. Kifè, se lè Ewopeyen te rive ann Afrik, se lè sa a yo te wè pye bannann pou premye fwa. Yo te twouve pye bannann dwòl. Yo te voye nouvèl ann Ewòp ak tout desen ki esplike pye bannann se yon pyebwa san bwa.

An jeneral, Afriken pito kuit bannann pandan yo manje fig san kuit. Se paske nou kuit bannann menm ki fè nou konsidere l kòm viv. Nou pa vrèman konsidere l kòm yon fwi paske ti grenn ki ladan l yo vin tèlman piti, nou vanse pa ka wè yo menm. Alèkile, lasyans klase bannann ak fig kòm diferan branch nan yon fanmi plant yo rele misa. Yo chwazi non misa sou non Arab bay bannann.

Se moun Nanchon Mede ki bay bannann non bannann nan. Se mo pa yo nan lang Woulòf pou dwèt. Poutèt sa, ann Ayiti, chak grap bannann vin rele pat. Ak abitid moun nanchon Mede rele bannann dwèt, an 1521, yon Italyen, Antonyo Pigafeta, ba yon kalite bannann mi non fig. Fig soti nan mo tankou mo anglè finger ki vle di dwèt.

Mo Italyen fig la pran pye anpil kote, kifè ann Ayiti nou konn sèvi ak mo fig la tou. Men gen lòt kote, mo fig la pa t pran. Pa egzanp, Panyòl yo te toujou sonje se ann Afrik pyebwa a soti epi poutèt sa, yo rele fig guineo, ki vle di plant ki sot lan Ginen. Ann Ayiti, nou konn met mo Nanchon Mede a ansanm ak mo Italyen an epi nou rele fig mi, fig-bannann.

Pandan 20tyèm syèk la, Ameriken te fè anpil bitasyon fig bannann lan plizyè peyi nan Karayib la. Pou fasilite anbale fig yo pou espòtasyon, yo plante yon sèl kalite fig bannann. Yon maladi vin tonbe sou varyete yo te plante a, epi tout mouri. Alèkile, lè w achte sirèt ki gen gou fig bannann, ou ka remake gou a pa fin gou fig bannann toutbon. Sa rive paske sirèt sa yo gen gou fig bannann ki disparèt la.

Kòm bannann soti ann Afrik pou rantre nan Amerik la, e kòm kolon te rekonèt bannann kòm yon manje Afriken, move tretman kolon te bay Eritye Afrik vin detenn sou repitasyon tout bagay Afriken, ata sou bannann. Se konsa si w di yon moun ou bannann, sa vle di sa pa p bon pou li.  Bannann pa jui bèl repitasyon. O Zetazini yo konn di yon moun bannann paske l fou: “he has gone bananas”. Ameriken menm rele peyi k ap mal mache, Repiblik Bannann: “Banana Republic”. Atò mo banana a se yon varyasyon pwononsyasyon fig-bannann depi lan Ginen, nan zòn moun Nanchon Mede. Menm jan kolon yo te pale Eritye Ginen mal, konsa yo te lage move bouch sou bannann.

Bannann te enpòtan nan Komès Moun kòm Esklav la. An 1460 konsa, Pòtigè debake nan Ginen epi yo kidnape Afriken, mennen yo sou zile Kanari pou travay kòm esklav sou bitasyon kann. Bitasyon sa yo vin fè Pòtigè`yo enpòte anpil bannann soti nan Ginen pou bay travayè yo manje. Se menm travayè sa yo ankò ki plante bannann yo, paske se yo ki te konn bout bannann e se yo ki te bezwen l.

Ann Ayiti, Eritye Ginen te plante bannann nan ti jaden manje pèsonèl yo paske tout danre sou gwo bitasyon yo se te pou espòte bay Lafrans. Alepòk, Eritye Ginen sou teritwa a pa t gen tan pou yo travay pwòp jaden pèsonèl yo paske jounen travay nan bitasyon kolon an te twò long. Sa te gen dwa dire menm 20 èdtan nan yon sèl jounen. Poutèt sa, yo te pito plante bannann nan ti jaden pèsonèl yo paske bannann pa mande anpil antretyen e sa donnen anpil pandan tout lane a. Yon jaden bannann ka rete ap fè bannann sou bannann pandan menm 30 ane konsa. Tèlman bannann pwodui anpil, yon kawo tè bannann ka pwodui 200,000 liv bannann pa an. Sa reprezante 10 fwa valè yanm yon jaden menm gwosè a ka pwodui, 100 fwa kantite patat menm valè tè a ka pwodui. Met sou sa, bannann se manje ki bay anpil fòs, anpil kalori, e Eritye Ginen ki t ap travay sou bitasyon yo te bezwen kouraj. Bannann bay fòs pase fig-mi. An jeneral, bannann gen 30% plis kalori pase fig.

Kòm legliz te kole sere ak Komès Moun kòm Esklav la, premye debakman bannann ki fèt sou teritwa Ayiti a se Pè Toma de Belanga ki te pote l an 1516. Se misye ki te pran bannann sou Zile Kanari yo epi li pote l bò isit pou bannann te ka sèvi kòm manje pou moun ki t ap travay kòm esklav sou bitasyon ann Ayiti yo. Sa l te wè sou Zile Kanari yo, se sa l vin repete ann Ayiti.

Pandan fen ane 2016 la,  an nou sonje jan Ansyen Ginen yo te arive manipile lanati pou yo kreye bannann san grenn. An nou rekonèt bannann se yon eritaj ki gen 3000 ane lakay nou kòm Eritye Lafrik Ginen, epi ane 2016 la fè 500 ane depi bannann rantre vin jwenn nou ann Ayiti. 

Bookmanlit                                                                                                                      P.O. Box 290464                                                                              Davie, Florida 33329- 0464                                                                                                                               E-mail: info@bookmanlit.com

12 Prensip Bwa Kayiman dapre Pierre Michel Chery/Pyè Michèl Cheri

 

Si yon moun bezwen konprann sosyete ayisyen an nan fondalnatal li, li pa ka mete tradisyon peyi a sou kote. Mas esklav ki te fè 1791 ak 1804 yo pa te konnekri. Se nan pale youn ak lòt, yo te kase randevou. Se nan pale youn ak lòt, youn te esplike lòt demach y ap fè pou yo te retire kò yo anba sistèm esklavajis la. Se nan kesyonnen sistèm esklavajis la, yo te aprann diferans yo. Se nan aprann diferans ak lòt posiblite lavi a te ka ofri, yo te chwazi vizyon pa yo, yo te chwazi wout pa yo, wout ki pa t ale nan menm direksyon ak wout kolon yo, yo te konstwi vizyon yo sou lavi a, vizyon ki te depaman ak vizyon kolon yo.

Lè nou gade peyi a sou tan lakoloni, nou jwenn plis pase 100 gwoup esklav diferan, ki divize ant nanchon ak tribi. Premye eleman ki te simante mas esklav yo, se kondisyon esplwatasyon ak demounizasyon yo t ap viv nan sistèm esklavajis la.

Dezyèm eleman ki te simante mas esklav yo ansanm, se enposiblite pou esklav te wè lavi a menm jan ak kolon yo. N ap repete l. Se nan pran konsyans yo pa ka wè lavi a, yo pa gendwa wè kòsmòs la menm jan ak kolon blan yo, esklav yo te antre nan demach pou yo chape anba men kolon yo. Nan moman sa a, mawon yo te reprezante konsyans avanse esklav yo. Demakasyon sa a te vle di ideyoloji blan yo (krisyanis, ewopeyen, rasis) pa gen priz sou sèvo moun ki pa kwè nan sa blan kwè. Premye kase-chenn nan te fèt nan sèvo mawon yo, ki te pito pran mòn, pase pou yo te asepte kondisyon sistèm nan.

Anpil prensip Ayisyen ap viv, anpil regleman Ayisyen jwenn sou fason pou yo òganize lavi yo sòti nan demakaj esklav yo fè, etan, epi anvan menm yo te kase chenn yo nan lane 1791.

Konsa nou ka konprann lagè militè a deklanche, ak tout nivo li dwe pran, nan lane 1791, men lagè ideyolojik la te kòmanse apati premye jou mawon yo bati yon peristil anndan koloni an. Apati moman sa a, mawon yo pral pran distans yo ak vizyon blan yo. Avèk demach sa a, mawon yo pral vini ak pwòp vizyon pa yo sou tout kesyon ki regade lavi moun.

Se konsa, nou ranmase 12 nan pi gwo prensip ki rete vivan nan tradisyon Ayisyen pou nou montre ki baz ideyolojik ki te mennen Bwa Kayiman, epitou ki vizyon lavi ki t ap pale nan seremoni Bwa Kayiman an. 12 prensip sa yo, se 12 repons dirèk, 12 repons ki depaman ak lide ki t ap sikile nan epòk la sou lavi an jeneral. Bwa Kayiman gen plis pase 12 prensip. Chak Ayisyen andwa chwazi ki lòt prensip li jije ki pi enpòtan pase sa nou bay la yo, men se pou tout eritye nèg Bwa Kayiman yo fè sa yo konnen pou tout limanite aprann konnen ki vizyon ki te motive yon gwoup esklav, lè yo te pete yon rèl ki fè lanfè lakoloni an tranble. Jouk jounen jodi a, nan lane 2009, n ap viv soukous kout rèl sa a.

Premye prensip, ki sèvi baz pou kèlkeswa lòt prensip, k ap vini se kòmandman nimewo 1 an:

1.1     Premye prensip: Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

Prensip sa a se pi gwo prensip ki mennen oubyen ki sòti nan Bwa Kayiman. Annik sonje depi Kristòf Kolon te fè dappiyanp sou tè endyen yo, nan lane 1492, Loksidan te envante tout kalite teyori pou yo klase moun dapre koulè po yo. Lè yon mawon te pran mòn, kolon an di se yon esklav parese… Lide sa yo te si tèlman fò sou tan lakoloni, pèsonn pa te ka admèt se paske mawon yo te kwè: tout moun se moun, epi pa gen moun pase moun, ki fè yo te derefize kondisyon esklavay la. Prensip sa a, ki sòti nan goumen kont lesklavay, travèse tan (plis pase 200 lane) pou li rive jwenn nou jounen jodi a. Prensip sa a tounen youn nan pwovèb Ayisyen plis sèvi pou yo denonse move tretman ak mepri pou moun, kèlkeswa kote y ap viv la. Nan pifò sosyete sou latè, se nan redi, se nan goumen, se grenn pa grenn, moun ap admèt yon prensip ki di : Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

1.2     Dezyèm prensip: Tout moun gen plas yo anba syèl ble a

Si gen yon prensip ki sòti dirèkteman nan tradisyon Bwa Kayiman se prensip tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Latradisyon rapòte, dapre Pwofesè Dyengele, lè pou yo te fè seremoni Bwa Kayiman an, reprezantan esklav yo ak mawon ki te nan tèt mouvman an te mande pou tout nanchon, ki te gen pitit yo nan mitan mas esklav yo te voye reprezantan yo nan rankont ki t ap fèt la. Tout moun fèt pou la, nou pa dwe bliye pèsonn. Se leson sa a nou ranmase nan dezyèm prensip Bwa Kayiman yo. An Ayiti, temwayaj sa a toujou vivan, nan salitasyon yo fè, nan kòmansman tout seremoni vodou, pou chak nanchon afriken, ki kite tras yo sou tè peyi Ayiti.

1.3     Twazyèm Prensip: Si gen pou youn (1), gen pou de (2), sonje moun ki dèyè

Èske prensip sa a sòti depi nan Bwa Kayiman? Nou pa kwè sa. Sa nou sèten, twazyèm prensip la, se youn nan prensip, ki pi vivan nan lavi pratik nan mitan fanmi ak nan vwazinay anndan peyi a. Filozofi prensip sa a di nou konsa latè a se pou tout moun, paske tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Pou tout moun ka viv anba syèl ble, anvan yon moun sonje sere, se pou l sonje gen moun dèyè ki poko jwenn.

1.4     Katriyèm Prensip: Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè. Respekte fason chak moun lapriyè…

Prensip sa a mete baz pou yon sivilizasyon tou nèf kale anndan espas mawon yo pral reklame pou yo viv an libète tankou moun ak tout diyite yo. Prensip sa a parèt ak yon kokennchenn demakasyon metodolojik radikal, san parèy, ant de (2) sistèm ideyolojik.

Pou ki rezon demakasyon an radikal? Anndan espas oksidantal la, tankou nan espas lòt sivilizasyon, gendwa gen plizyè kouran ideyolojik sou fason moun wè tèt yo anndan kòsmòs la, sitou sou koze Bondye. Menmsi gen plizyè kouran, chak kouran, chak kan, chak klik toujou bliye si se imajinasyon lèzòm k ap konstwi pwòp konpreyansyon yo sou mistè nan lavi a yo poko pèse. Yo bliye si esplikasyon yo jwenn yo sòti nan istwa lavi yo, nan kilti ak eksperyans yo, nan kalite espas y ap viv la. Konsa chak kouran deklare se li sèl ki nan laverite. Nou remake chak fidèl anndan yon relijyon ap di relijyon: pa m pi bon. Lè youn nan kouran yo pa ka toufe lòt kouran an, se kout zam ki regle kesyon an. Anndan espas sivilizasyon pa-m-pi-bon yo (kretyen, mizilman), pa ka gen respè pou ladiferans. Konsekans: moun pa janm sispann mouri pou granmesi nan non Bondye.

Lòt rezon ki fè demakasyon an radikal? Chak kouran nan sivilizasyon pa-m-pi-bon yo ap reklame verite a pou yo, konsa yo sètoblije wè lavi an tankou yon lesefrape ant de (2) kan: Kan verite kont kan manti, kan bondye kont kan satan, kan limyè kont kan fènwa, kan pozitif kont kan negatif. Sivilizasyon pa-m-pi-bon yo bay tèt yo dwa pou yo kondane tout sivilizasyon ki pa kadre ak “verite” pa-m-pi-bon an. Yo pa ka imajine ka gen sivilizasyon kote moun ka wè lavi a yon fason yomenm yo pa te konnen. Se kokennchenn demakasyon sa a Bwa Kayiman an demontre. Si Bwa Kayiman pa te voye prensip pa-m-pi-bon yo jete, jounen jodi a, nou t ap wè desandan yon etni afriken ap goumen ak desandan yon lòt etni poutèt youn pa t ap wè lavi a menm jan ak yon lòt.

Olye Bwa Kayiman brase tout kwayans esklav yo, fè yo fè yon sèl, olye li fè yon kouran monte sou tout lòt yo, li envante zouti metodoloji pa li. Zouti sa a pèmèt li kreye yon matris kote kèlkeswa tradisyon afriken, oubyen, kit li te la nan Bwa Kayiman, kit li pa te la, ka parèt san pa gen pyès lòt tradisyon k ap batay pou toufe l. Moun Lavale Jakmèl konn istwa Bònsante, moun Mawouj Nòdwès konn istwa Mawometan…

Sou plan lojik fondalnatal, Bwa Kayiman eskive lojik youn kont lòt (esklizyon: mete moun sou kote) pou li pouse lojik youn plis lòt devan (enklizyon: kite plas pou tout moun). Se chwa sa yo, ki fèt depi nan Bwa Kayiman, ki pèmèt yon Ayisyen sèvi lwa etan li pral pran lakominyon, san li pa gen santiman li merite al nan lanfè pou sa. Ak yon lojik konsa pa ka gen nesesite pou yon eritye Bwa Kayiman ap mache di pa m pi bon, ale wè pou li t ap pèsekite yon lòt pou kwayans li.

Dapre tradisyon peyi a, chak nanchon afriken, ki te gen pitit yo anndan peyi a,kite yon eritay pou pitit peyi a. Nou ka wè sa nan fason vodou a ranje lwa (lespri), ki te travèse lanmè ak Afriken yo nan fon kal batiman. pou li mete youn an amoni ak lòt dapre jan yo te konprann travay lwa sa yo nan espas kote yo te sòti an Afrik la. Se sa nou rele matris pou yon sivilizayon tou nèf.

Prensip la vin ak yon konsepsyon nèf sou rapò moun ak Bondye. Sèl fason pou yon moun jije yon relijyon, se sou satisfaksyon chak moun jwenn nan relijyon yo. Konsepsyon sa a pa ka akòde ak lojik sivilizasyon pa-m-pi-bon yo.

1.5     Senkyèm Prensip: Sa nou pa konnen pi gran pase nou

Prensip imilite devan sa nou pa konprann. Prensip respè pou lòt fason moun ap viv, respè pou lòt fason moun konprann lavi a, fason ki depaman ak sa nou abitye. Respè pou eksperyans nou pa viv. Anpil fenomèn (èske marasa konn mare moun?), nou tande nan bouch moun sèlman, gendwa posib anndan yon sivilizasyon, epi li enposib anndan yon lòt. Pèsonn pa ka di li okouran tout regleman ki fè kòsmòs la ap vire. Lavi moun ap viv, kèlkeswa tan an, kèlkeswa kote a, se youn nan latriye eksperyans yon sivilizasyon te ka fè. Nan peyi Tibè nan Nò Lachin, mwàn (pè) nan monastè boudis pa t ka imajine gen regleman nan lanati ki ka pèmèt moun rale dlo nan bafon fè yo monte sou tèt mòn. Konsa tou, anndan Ayiti menm gen moun ki ka sezi tande gen doktè fèy ak oungan ki ka fè yon gwosès kanpe, epi pou yo fè l kontinye nòmalman apre. Nou ka bezwen konnen, men nou pa gendwa di sa pa ka fèt, nou fèt pou nou admèt sèlman gen anpil posiblite nan egzistans la ki pa pase devan je nou.

Apre sa, se yon envitasyon pou moun grandi nan chache lakonesans. Tank yon moun ap aprann, se tank l ap dekouvri pi devan gen lòt fenomèn nan lavi a ki mande pou moun gen plis respè toujou sou fenomèn lavi a. Se nan aprann n ap dekouvri lasajès.

Youn nan gwo gwo mo ki egziste nan sosyete ayisyen an se pwofonde. Pwofonde nan lakonesans! Klas dominant yo nan peyi a fè tout sa ki posib pou lakonesans pa blayi anndan sosyete a, Egzanp: Depi 1950, lasyans admèt lang manman yon moun se pi gwo zouti pou li aprann. An Ayiti tout reskonsab edikasyon konn sa, men yo pito annile moun nan fè yo fè jakorepèt nan repete leson franse yo pa konprann. Youn nan rezon yo pi fasil repete se: lè yon moun pati sa li pral fè ak kreyòl la. Kòmkidire sosyete a ap prepare moun pou yo kite peyi a.

Apre sa, fòk nou rekonèt mo pwofonde a mare ak kesyon mistik, akoz 1) sosyete ayisyen an bay aspè mistik la nan vodou a anpil enpòtans; 2) Epistemoloji se yon branch nan filozofi ki etidye tout kalite rapò lakonesans genyen ak yon epòk oubyen ak yon sosyete. Nan epistemoloji vodou a nou jwenn sèten konesans rezève sèlman pou moun ki inisye, k ap pran degre. Si nou ouvè senkyèm prensip la pou tout Ayisyen, fòk nou laji mo pwofonde a, pou nou dekouvri se nan tout kesyon lavi a pou Ayisyen pwofonde, nan chache lakonesans.

1.6     Sizyèm prensip: Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.

Nan lane 1905, Einstein (Achtay) dekouvri lalwa (regleman) sou relativite jeneral. Si gen lwa sou relativite jeneral, se pakse tou sa ki egziste nan kòsmòs la ap vire youn akote lòt, akoz fòs youn k ap peze sou fòs lòt, pou youn rale lòt oubyen pou youn repouse lòt. Se nan mezi fòs yon eleman ka reyaji ak fòs yon lòt, kòsmòs la rive jwenn ekilib li. Nan fè laviwonn, fòs yo gendwa chanje sans ekilib la. Depi jou lasyans te fin bay Einstein rezon, save pa janm sispann travay pou yo dekouvri yon fòmil matematik ki ka sèvi nan kèlkeswa sitiyasyon an.

Anvan Einstein te dekouvri teyori sou relativite jeneral la, prensip ekilib jeneral la te deja parèt nan chak vèvè yo trase anba yon peristil anndan peyi a. Ekilib nan mitan fòs yo se yon egzijans nan kèlkeswa vèvè a, pou kèlkeswa rezon yo trase vèvè a. Anpil save deklare vèvè yo trase anba peristil yo sòti nan eritay endyen. Si vèvè yo se yon eritay endyen, sa vle di depi nan tan endyen yo, gen moun ki te deja konprann kòsmòs la chita sou ekilib nan mitan eleman ki peple kòsmòs la, moun sa yo te gentan adopte prensip ekilib la nan reyalite lavi yo. Sivilizasyon ki vle respekte amoni ant moun ak anviwonman an (kòsmòs la) dwe adopte prensip ekilib kòsmòs pou lavi sosyete yo.

1.7     Setyèm prensip: Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.

Kisa sa vle di? Sa vle di: chak moun dwe rekonèt li pa ka debalanse ekilib lavi a, li pa ka debalanse ekilib kòsmòs la. Defèt ekilib yo ap rale malè sou tèt tout moun, atò moun ki pran reskonsablite defèt ekilib yo. Fè ekilib la retounen ap vini nan brasaj k ap fèt nan mitan eleman yo, etan yo nan boulvès. Lè ekilib yo fin defèt, se nan anpil lesefrape ak kolizyon, pou fòs k ap pote eleman yo repran ekilib yo. Pèsonn pa ka devinen ki rezilta boulvès yo ka bay. Eleman nou te konnen anvan boulvès yo gendwa disparèt nèt, konsa gen lòt ki ka parèt…

Sitiyasyon boulvès Ayiti ap viv la sanble ak yon ekilib ki defèt, kote fòs yo ap chache yon lòt ekilib. Kit se ògèy yon moun yo blese pou granmesi, kit se yon pye bwa yo mal koupe, kit se yon savan ki envante yon bonm, gen yon ekilib ki defèt, pèsonn pa konnen konbyen tan sa ka pran pou moun k ap vin dèyè rekonstwi ekilib yo…

1.8     Uityèm prensip: Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kouman pou nou respekte ekilib lavi a

Twa dènye prensip sa yo marye ak senkyèm nan. Paske menm prensip la parèt sou 3 fòm. Yo vin sou 3 fòm, paske sa reprezante yon ensistans: se pou tout moun konnen yo. Prensip sa yo ap entèpele tout moun sou reyalite lavi a, kit se nan sosyete rich, kit se nan sosyete san mwayen. Si nou gade dega lèzòm ap fè sou anviwonman an, kit se an Ayiti, kit se lòt bò dlo, nou ka konprann kouman nèg vizyon, ki mete prensip sa yo deyò, te konn reflechi, kouman yo te PWOFONDE.

Difikilte lavi a oblije nou konprann nesesite pou nou pwofonde nan konesans sou regleman ki kòmande lavi moun ansanm ak kòsmòs la. Lavi moun pa deparye ak laviwonn k ap fèt nan kòsmòs la. Menm jan ak sitiyasyon mawon yo, ki te devan defi esklavay la, sitiyasyon difisil, Ayisyen yo ap viv jounen jodi a,egzije yo pou yo swiv konpòtman mawon yo, ki te desann fon (pwofonde) nan filozofi lavi a pou yo jwenn ki direksyon pou yo pran pou yo sòti nan zafè esklavay la. Nan lane 1791, mawon yo pran dispozisyon pou yo te trase yon lòt modèl lavi. An 2015, laplipa Ayisyen chwazi rete tann èd, rete tann mirak bondye. Sosyete a ap depafini ak yon mantalite chita tann, asiste, defetis, ki pa montre pyès moun kote tout moun ap ka manje, ni ki kote travay pou tout moun nan ap sòti, san nou pa pale pou ekilib nou dwe chache. Ekilib ki nesesè pou amoni ka tabli anndan sosyete a. Pa ka gen amoni kote yo pa respekte diyite moun. Pa ka gen lapè kote ki pa gen libète.

1.9     Nevyèm prensip: Pa janm manje manjebliye.

Pou ki rezon pou Ayisyen pa dwe manje manjebliye ? Prensip souvnans. Nan lane 1793, Tousen fòse Lafrans pwoklame libète jeneral pou tout esklav nan kèlkeswa koloni franse a. Nan lane 1802, Napoleyon Bonapat (premye Konsil franse) voye 55000 sòlda vin remete esklavay nan koloni yo (Sendomeng, Lamatinik, Lagwadloup). Si Franse yo pa te rive remete esklavay anndan Sendomeng, yo te rive fè sa nan zile Lamatinik ak Lagwadloup.

Ki leson ansyen esklav yo aprann nan tantativ Napoleyon Bonapat la? Pi gwo leson premye jenerasyon Ayisyen yo kite pou nou, se yon leson politik ak sosyal : “Nan pwen pyès gany ki la pou tout tan. Se pou nou toujou veyatif. Se pou nou toujou sou gad nou, paske jou nou bliye kò nou, jou nou an feblès, fòs nou te konbat yo ap remonte sou nou, depi yo kapab”.

Ki rapò prensip sa a genyen ak Ayisyen 2015 yo? Prensip Bwa Kayiman yo sòti nan lanfè lakoloni, se sa ki fè yo solid. Pou mawon yo te kraze lanfè a, fòk yo te plonje (pwofonde) nan nannan filozofi lavi a, pou yo sòti ak prensip sa yo. Se prensip sa yo ki te rebay esklav yo tout dimansyon moun yo. Yon dimansyon sistèm esklavay la pa t rekonèt. Prensip Bwa Kayiman yo depaman ak filozofi lavi ewopeyen epòk sa yo (blan, rasis, pa-m-pi-bon, demounizan). Malgre limanite ap fè pwogrè, prensip Bwa Kayiman toujou ap pale, paske se pa nan tout sosyete sou latè yo admèt yo. Si gen sosyete ki pa rekonèt yo, jouk jounen jodi a, se paske gen fòs nan sosyete sa yo ki rejte valè sa yo. Eritye prensip sa yo gen obligasyon pou yo respekte, onore, venere moun potorik sa yo ki te jwenn kouman pou yo desitire yon sistèm ki t ap lote moun nan mitan bèt. Si Eritye yo bliye sa, sivilizasyon pa-m-pi-bon yo gen lòt zam pou yo demounize moun tankou sou tan lakoloni.

1.10  Dizyèm prensip: Toujou sonje: fè koupe fè, dèyè mòn gen mòn, pa fè san inosan koule

Regleman sa yo, se yon rado regleman pou ede moun viv lavi a nan amoni. Pa gen fòs ki pa gen feblès li, pa gen fòs ki pa gen fòs ki ka kontre avè l. Toujou fè pou rezon nou toujou nan plamen nou. Gen yon pòsyon moun ki di sa w fè sou latè se nan syèl ou peye l . Gen yon lòt pòsyon ki di sa ou fè sou latè se sou latè ou peye l . Gen yon lòt pòsyon ki pa respekte anyen nan lavi a… Y ap fè chay san yo pa konnen, ki moun dèyè, ki pral peye.

1.11 Onzyèm prensip: Veye! Lenmi Lalibète, Lenmi Bwa Kayiman ka vin sou tout kalte plimay…

Si Napoleyon Bonapat pa la pou li remete sistèm esklavay la sou pye anndan peyi a, si li enposib pou esklavay retounen sou tè Ayiti, sa pa vle di rasis yo pa gen lòt mwayen pou yo tire revany. Tablo echèk Ayisyen yo bay rasis yo pretèks ak zam pou rasis yo kritike eksperyans 1791-1804 la. Sa ki pi rèd, anndan peyi a menm, tout koze tankou: “Campagne anti-supertitieuse, kanpay rejete, dejouke Bwa Kayiman, Èzili se Jezabèl, remèt peyi a bay Jezi”, tout koze sa yo se tantativ rasis yo. Y ap eseye, granmesi Ayisyen yo lemante ak lajan, pou yo efase memwa Bwa Kayiman nan mitan pèp ayisyen. Objektif rasis yo se fè Ayisyen repete: “Nou pa wè kisa Bwa Kayiman te itil, kisa 1804 te itil?” tankou sèten Ayisyen koumanse di l.

1.12  Douzyèm prensip: defann libète ak respè diyite se devwa tout eritye Bwa Kayiman

Bwa Kayiman te fèt pou respè diyite moun. Se sa ki fè pawòl la di : pa gen moun pase moun. Malè yon eritye ki pa konprann sa. Si gen moun k ap goumen pou libète ak respè diyite moun, gen lòt k ap travay pou moun toumen machandiz pou yo vann. Sa ki te fèt ayè, ka reparèt jodi, ka retounen demen. Nan peyi Irak, nan peyi Nijerya, an 2015 la, gen fanatik ki di yo jwenn pèmisyon nan men Bondye pou yo vann fanm ak timoun tankou bèt, tankou esklav. Jodi a, se fanatik, demen si pa gen konsyans ki pou kanpe devan zak demeplè sa yo, l ap nòmal tankou sou tan lakoloni. Sonje zansèt yo te blije peye lendepandans la, sonje Etazini te mete yon baryè politik ak diplomatik espesyal pou istwa peyi a pa kontaminen esklav ki t ap plante koton lakay yo. Sonje nan lane 1826, se Etazini ki te fè yo pa resevwa Ayiti nan premye reyinyon yo t ap òganize pou Leta endepandan nan kontinan Lamerik la. Etazini pran 60 lane pou li rekonèt endepandans peyi a. Blan ak blan oblije fè lagè pou yo desitire esklavaj nan peyi yo. Nèg nwè nan peyi Etazini oblije tann jouk 1960-1964 pou yo jwenn dwa pou yo vote. Nan Afrikdisid, Mandela pase 27 lane nan prizon anvan pou lalwa rekonèt tout moun gen menm dwa, kèlkeswa koulè po yo genyen. Malgre tout pwogrè limanite fè, toujou rete moun sou latè ki pa ka respekte libète ak diyite moun. Pèsonn pa konnen si lenmi lalibète sa yo p ap vin pi plis pase moun k ap defann libète yo. Toujou gen malè ki pandye sou tèt diyite moun. Toujou gen malè ki pandye sou tèt lalibète. Apre echèk yo an Ayiti, kolonyalis yo travèse sou lòt kontinan (Lafrik, Lazi), ale gaye vizyon rasis yo nan esplwate pèp endijèn yo jwenn nan kontinan sa yo.

Etan gen sivilizasyon k ap disparèt, gen lòt k ap parèt. Chak sivilizasyon vini ak valè pa li, ak vizyon pa li sou lavi a. Nan lanpi women te gen esklavaj, esklavay vin disparèt nan sèten peyi nan koumansman Mwayennaj la. Lè Kristòf Kolon fè dappiyanp sou Lamerik ak kolon li yo, Wa ki t ap kòmande nan zòn Ewòp la retounen an fòs ak lesklavaj, yo detwi pèp endyen nan travay fòse. Las Casas, ki te gen kè sansib pou Endyen, mande pou yo al bwote nèg nwè an Afrik vin fè travay Endyen yo. Sa vle di fòk eritye Bwa Kayiman yo veyatif, pèsonn pa konnen nan ki moman limanite pral pantan sou yon gwoup atoufè k ap bezwen esklav pou fè chawa. Kalvè sa yo tanpe nan fonnanm eritye Bwa Kayiman yo pou yo pa janm bliye. Men, rasis tout koulè ap travay, anba kouvèti pawòl Bondye, pou yo sal, pou yo efase tras Bwa Kayiman nan memwa eritye yo. Fòk konsyans eritye Bwa Kayiman toujou veyatif pou danje ki dèyè pòt la pa siprann yo.

Pierre Michel Chéry

Me 2015

Delmas, Ayiti

pimich@yahoo.com

Georges Remponeau (Jòj Ranpono): Yon temwen mouvman penti 1944 la ap pale

Georges Remponeau/Jòj Ranpono
  1. Èske ou kab di n kouman mouvman penti 1944 la te kòmanse?

M pa p antre nan sitiyasyon peyi a  ki dwe favorize mouvman 1944 la. Men, depi lontan, te gen plizyè pent ayisyen ki t ap travay nan penti. Antwòt, m kab nonmen Petion Savain (Petyon Saven), Preston, Derenoncourt (Derenonkou), Giordani (Jòdani) [Okap], Muller(Milè) [Okap] ak mwen menm.

Nan ane 1940 yo konsa, Ameriken te konn vin fè espozisyon penti ann Ayiti. M sonje te gen youn yo te rele William Scott (Wilyam Eskòt). M te

renmen anpil jan li te konn penn lan.

An 1944, Dewitt Peters (Douwit Pitèz) vin rive kòm pwofesè angle, ann Ayiti. Li wè pa gen okenn òganizasyon k ap ankouraje penti ann Ayiti .  Li vin vizite m, m sonje sa, sou yon  bisiklèt ak bwat penti  sou pòt chay bisiklèt la. Li vin fè m konnen lide li genyen pou l ouvè yon kay ki pral okipe poblèm “la” ann Ayiti. Mwen di l dakò. Men se pa li menm ki vin montre Ayisyen fè penti. Men, li vin ouvè  ”Centre d’Art” Pòtoprens, e sa vin ankouraje penti ayisyen an.

2. Ou menm, ki kote ou aprann fè penti?

Se yon bagay moun fèt avè l. M te gen on tant, ki te konn fè desen. Li te malad. Pou m pa anbete l, li te konn mete moso papye nan men m. Yon jou, m te gen 3 zan, li di m: “Fè pòtre you cheval”.

M fè desen an, jan· pa m, men li soti tèt anba. Jouk laj 7 an, se tèt anba mwen te konn desinen. Sa te konn bay moun lakay mwen poblèm, yo te kòmanse kwè se yon bagay ki pa mache nan sèvo m.

3. Èske pent ayisyen ou sot pale yo te konn travay ansanm?

Savain (Saven) ak Preston (Prestonn) te pi gran pase m. Yo te ankouraje m anpil. Men, m sonje, yon  lè fanmi m ban m lajan pou m achte yon kostim. M kalkile anpil sa m te pral fè ak lajan an, epi m deside achte 5 tib penti pito. M al kay Nir, m achte 5 tib penti yo. Nir vin wè m si tèlman enterese nan penti, li ouvè you kredi pou mwen. M tonbe nan fè penti toutbon. Pou kote atistik, Savain (Saven) ede m. Preston (Prestonn) menm ede m sitou nan vann tablo m yo. An 1939, m te nan espozisyon penti ann Angletè.  Se la yo te ban m bwonz pou penti m sa a. Menm lè sa a, Andre Lafontant (Andre Lafontan), te reprezante eskilti lakay nou.

4. Lè Peters (Pitèz) ouvè “Centre d’Art” la, kouman moun Pòtoprens te pran sa?

–  

Yo te enterese anpil. Foul moun kouri al wè espozisyon.  Plizyè penti kòmanse parèt. Pent primitif yo ak lòt pent yo antre fon nan fè tablo, nan espoze tablo. Nan kòmansman, menm si moun t ap kouri al wè penti, men, yo pa t twò konprann li. Men, yo vin pran gou vit. Tout moun te vini nan “Centre d’Art” la. Pifò pent primitif yo se nan pèp la menm yo soti. Yo te konn vini ak mennaj yo, ak madanm yo, ak fanmi yo. Moun boujwazi a te vini tou. Diplomat, tout klas moun. Nau gen dwa di: yo pa t gade sou figi moun, pou yo asepte ou nan “Centre d’Art” la.

Te gen yon ti bilten, yo te rele “STUDIO NIMEWO 3”  •  Li parèt an 1945. Li dire jouk an 1946. Nou te konn fè piblisite ladan pou kay konmès. Nan bilten sa a, m sonje m te mete you nòt kote m te anonse kou desen pou atizan , òfèv, menuizye…

5. Ki lè nou vin wè gen yon travay espesyal nan penti ayisyen an?

Sa pa rive tousuit. Franchman, nan kòmansman, se mouvman entènasyonal la nou t ap suiv. Men, Peters (Pitèz) ouvè je n. Se sa k fè m pa dakò ak moun ki pa rekonèt sa ki bon nan travay Peters (Pitèz) la. Pi ta, li pral tonbe nan fè lajan, men li te ede n, li te ankouraje n. Fò m di tou: Peters (Pitèz) te ede atis yo vann tablo. Se te yon bon bagay pou atis nou yo, paske yo te bezwen dekwa pou yo viv, pou yo kab kontinye prodwi.

6. “Centre d’Art”  la vin devlope. Men kouman “Foyer des Arts Plastiques” vin parèt?

Te gen yon poblèm lajan ladan. Nan kòmansman, Peters (Pitèz) te konn pran 10%, sou lavant atis yo, alòske tout lòt galeri yo te konn pran 30%. Msye vin ogmante, li vin mande 15% jouk 20%. N a jwenn tou  sa  nan bilten STUDIO nimewo 3 a. Anpil atis vin pa kontan. Epi tou, yo vin fache, paske yo konn revann tablo yo pi chè. Mwen menm m pa t wè l kon sa:  yon fwa m fin mande yon pri, zafè pri ou revann tablo m yo. Men, anpil moun te pran sa yon lòt jan.

Lè fini, vin gen you Ameriken yo rele Selden Rodman (Sèldenn Wòdmann). Se li alaverite  ki fè penti a tounen yon konmès. Nan kòmansman, Peters (Pitèz) te sensè. Men, li vin tonbe nan afè konmès la tou. M kwè tou, se paske Rodman (Wòdmann) te wè li te kab fè plis fòs sou gwoup pent primitif yo, li te kab esplwate l pi fasil, ki fè li fè Peters (Pitèz) enterese l plis nan penti primitif yo. Kòm pifò pent primitif nou yo te pòv, lè yo wè y ap vann yon tablo 20, 50, 100, 200, 300 dola, yo vin kole kò yo bò kot Peters (Pitèz).

Alò, natirèlman, anpil moun vin kite “Centre d’Art” la. Y al kreye  ”Foyer des Arts Plasti ques”. Mwen menm, m rete endepandan. M te gen biznis pa m, ki fè m pa t tèlman mele nan penti dirèk dirèk. Men, m te rete an kontak ak toulede gwoup yo.

7. Èske depi 2 sant sa yo egziste vin gen pwogrè nan penti ayisyen?

Wi, te gen you espès pari ki t ap fèt. Sa te ankouraje toulede gwoup yo. M sonje you bèl espozisyon Cedor (Sedò) te fè nan “Centre d’Art” la. M sonje espozisyon Lazare (Laza) la tou. Men, 2 mesye sa yo vin kite penti primitif la. Nou konsidere penti priimitif la tankou si l te fèmen nan yon sèk. L ap travay, l ap mache nan sèk la. Men, si l dwe soti al suiv mouvman entènasyonal la, gen anpil danje nan sa, paske si ou gen yon pye ou anndan, yon pye deyò, ou pa p fouti mache drèt.  M kab bay kòm prèv Cedor (Sedò) ak Lazare (Laza). Men, 2 mesye sa yo vin kite penti primitif la nèt paske yo vin etidye. Yo pa rete nan “la” nayif  ankò. M pa di “la” nayif la pa bon.  Li   gen bèl mèvèy ladan. M ap sonje yon gwo mache Cedor (Sedò) fè… Pi gwo pèsonaj nan tablo a se yon jandam ki kenbe yon vòlè tou piti. E kòm msye soti nan fanmi abitan, li gen sans reyalite a, li fè yon rejim bannann ki pi gwo pase vòlè a.

Se pa ann Ayiti sèlman gen pent primitif. M ap sonje yon moun kòm Granma Moses (Granma Moziz), se yon pent primitif ameriken. An Frans,gen Henri Rousseau (Anri Wouso),(Le Douanier).

8. Dapre ou èske galri penti yo ede pent yo, oubyen èske yo bay penti nou an baryè?

Yo gen yon bon kote: yo ede pent yo viv. Men, yo rann penti a move sèvis tou, paske yo oblije atis la fè bagay ki kab vann. Men yon atis pa dwe travay konsa. Yon atis dwe fè sa li renmen, sa li santi, sa li viv. Gen bagay li ta renmen penn, men li pa p penn yo, paske li konnen yo pa p achte yo. Gen lòt li pa p penn, paske li pa gen dwa penn yo. Ou konprann mwen. Nou gen dwa di: se you chenn yo mete nan santiman ak nan men atis la.

9. Èske ou kontinye suiv penti ayisyen an? M vle di: Ann Ayiti ak aletranje?

M suiv pent ayisyen ki Nouyòk yo. Gen anpil nèg ki fò nan penti. Yo fè yon mouvman kay Lazard (Laza). M kwè se yon bon bagay. M wè kouman yon nèg kom Raphael Denis (Rafayèl Deni) fè gwo pwogrè depi li Nouyòk. M pa suiv mouvman Ayiti a twòp. M konnen gen Marie  Denise Day (Mari Deniz De) ki sot fè yon espozisyon. Li te konn pran leson nan men m. Li gen anpil siksè.

10. Èske anviwònman Nouyòk la kab gen on enfliyans sou penti ayisyen an?

Mwen  menm,  mwen pa tèlman fè penti depi mwen Nouyòk. M lage kò m nan  grafik. Mwen fè penti tanzantan. Men gen kichòy ki manke m. Ayiti manke m isit. Egzanp, nanpwen koulè. Tout bagay gri oubyen ble. Ann Ayiti okontrè se la mwen jwenn koulè pou tablo m yo.

11. Èske nan lekòl Ayiti yo bay penti wòl li merite?

M kite peyi a depi 13 zan. M pa konnen si lekòl enterese nan sa. Mwen menm,m te louvri yon lekòl pou timoun. Te gen 75 timoun ki te konn vini.    Lè sa a, m te direktè “ Musée des Beaux-Arts “ nan Palmis. Nou te konn fè tab ak moso planch sou chèz. Nou pa t janm mande 5 kòb. Te gen timoun tout kote ki te konn vini: Bwa Vèna, Lakou Breya, Twou Sab, Tijo. Tout timoun yo te ansanm. M voye penti Ayisyen yo nan espozisyon penti timoun an Frans.

Malerèzman, jou mwen leve mwen mande Edikasyon Nasyonal 25 dola pou m achte penti, penso, papye, yo refize m. Yo di m: Ou ouvri lekòl ou, san nou pa konnen! Mwen reponn: M t ap gade si bagay la t ap pran anvan pou m mete n okouran. Yo pa okipe m. Se bagay ki pase sou Maglwa, se pa sou Divalye non. Apre, m eseye fè peye. Men, sa pa mache. Se pa sa. Ann Ayiti, se gratis sa dwe fèt. Genyen nan timoun sa yo ki fè anpil chemen. Genyen ki isit. Gen lòt ki Kanada. Pa egzanp, gen Ti Laurenceau (Ti Loranso), ki gwo pent nan Kanada.

Ta gen mwayen pouse Ayisyen  anpil nan penti . Men, sa ta mande ou òganize sa. Pa egzanp, m sonje kouman m dekouvri Marcel Wah (Masèl Wa). M t ap fè yon djòb nan site Espozisyon. M wè msye ap pase, ap gade sa m ap fè  a. Msye te si tèlman enterese, mwen mande l si l vle eseye. M ba l yon penso. M wè msye gen anpil ladrès. M fè l antre nan travay la menm lè a. Se menm bagay pou Edgard Francois (Edga Franswa) tou. M t ap fè linogravi. Linogravi, se lè ou koupe linoleyòm pou ou fè kliche ak men. M wè msye enterese. M mande l si l vle eseye. Li fè bagay la byen tankou moun ki t ap travay ladan depi plizyè ane.

12.Kouman sosyete ayisyen an wè pent li yo? Èske li kwè yo gen yon wòl itil nan peyi a?

M kwè li konsidere yo. Ou kab wè jan li sèvi ak ladrès yo pou dekore kay li. Anvan “Centre d’Art”, pifò Ayisyen t ap cheche foto, imaj, kwomo pou dekore kay yo… Men depi 1944, gen chanjman ki fèt. Boujwazi a te gen bèl penti, li te konn achte ann Ewòp. Men, alèkilè, li aprann fè kolèksyon penti peyi l yo. “Centre d’Art” te konn bay pri pou ankouraje·penti lakay nou, pri Robert Baussan (Wobè Bosan), Maurice de Young (Moris de Yong), Hachtung, Mangones (Achtong Mangonèz).

Alèkile, anpil moun ki kapab, achte koleksyon penti ayisyen. Natirèlman, se pa toujou paske yo renmen penti yo. Anpil fwa se paske yo vle mete yo alamòd. Genyen tou, ki dwe ap fè koleksyon pou yo kab vann yo pi ta. Men, mwen kwè sa pa fin move nèt, paske sa kab ankouraje atis nou yo.

13.E gouvènman ayisyen an menm, èske li ankouraje pent ayisyen yo?

Wi, sou Lesko, sou Maglwa tou, yo te konn bay lajan pou “Centre d’Art” 1a. “Institut Haitiano-Americain” konn ede tou. Men, mwen sot di kouman sou Maglwa yo pa okipe jefò mwen te vle fè pou ankouraje timoun fè penti. Si gouvènman ayisyen yo te pran sa o serye, anpil pwogrè ta kab fèt. M sonje kouman m te konn chèche ede atizan n yo…

Yon lè, m desann nan biwo etnoloji ak Lede G. Degraf, youn nan pi gran ofèv nou yo, mwen montre l vèvè, m montre l amilèt endyen, m­ desinen pou li. Li fè bèl pyès an metal. Li vann yo 80, 125 dola. Msye vin pran gou.  Se konsa tou, lè m sot Ozetazini sot etidye drafting, pou m te vin pwofesè J. B. Damier, m te konn al nan mache anba. M te konn al montre mesye ki fè tapi latanye yo kouman yo te kab fè desen, pou yo varye.

M taye estensil pou yo. Yo te kontan anpil. M sonje se te sou Lesko, lè sa a se Dartigue (Datig) ki te nan Edikasion Nasyonal. M pale l de sa. Li pa okipe m kou yon chen. Sa pa t enterese l, se boujwazi a ak blan sèlman ki enterese l.  

SÈL Nimewo espesyal – 36/37 Ane 5 Penti Ayisyen Ete 1977                          

POLITIK LA, SA LI YE? Roger Dorsainvil/Woje Dòsenvil

Sipoze 10 zòm rive yon kote yo bije viv ansanm… Dizon se nan yon bato yo ye, bato a koule, pa gen remèd, se la pou yo rete.

Osnon, dizon se yon gwoup moun, mil, di mil petèt, mete l plis si nou vle, ki nan yon sikonstans fòk yo ranje tèt yo pou viv, fòk yo òganize.

Ranje istwa a pi byen ankò si nou vle, di se san senkant mil moun ki sot goumen ak ansyen mèt yo, ak kolon franse ou angle ou ameriken. Sa rive Vyetnàm lòt jou, sa te rive Aljeri, sa te rive Ameriken yo tou. Yo te bije kraze dyol blan angle,  met blan angle deyò. E natirèlman, sa te rive nou tou, tout Ayisyen konnen ki jan. M pa bezwen pale de sa.

Konprann byen: yon gwoup moun ki te rasanble yon jan yon mannyè, yo te gen chèf, yo te gen mèt, men sikonstans lan vin chanje, alò fòk yo viv, fòk yo viv ansanm, fòk yo òganize tèt yo.

Pran pi piti gwoup la, 10 zòm ki nofraje yo. Yo gen pou òganize, pou yo di: Jan, fè kuizin. Jak, al lachas. Anatòl, bati kay. Simon, manyen wou ak pikwa. Kon sa, chak moun gen yon bagay pou l fè pou tout moun.

Sa vle di yo fè yon regleman travay, yon òganizasyon ti sosyete a. Si youn pa kontan, li di se pa djòb li sa, yo tout chita diskite. Si youn twò parese, yo mete ansanm, yo diskite, yo mete l nan yon lòt djòb. Anfen, òganizasyon an mande yon administrasyon, sa vle di yon jan pou fè sosyete a mache.

Men si se di mil moun, sa pa sifi; ven mil moun sa pa sifi. Dabò, fòk yo fè anpil ti sosyete dapre metye yo, dapre djòb yo, pou yo rive nan yon òganizasyon pi laj. E lè ou rive nan gran òganizasyon pi laj la, sa pran yon lòt fòm touswit paske fò ou gen yon gwoup moun djòb yo se siveye tou sa, se ranje tou sa, tout ti sosyete, tout ti gwoup yo, pou lwile yo, ajiste yo byen pou youn pa jennen lòt. Gwoup moun sa yo, prensipal travay yo se pa klou ak mato ankò, ni wou ni pikwa, yo pa nan lachas ankò. Metye yo se fè lwa, fè regleman, fè moun suiv lwa yo, mete lòd tou patou.

Finalman, moun ki alatèt yo fòmen yon espès gran biwo, chak moun, chak gwoup nan biwo sa a gen konesans li, djob li, travay li, e tanzantan yo met ansanm pou wè kouman sa ap mache. Gran biwo sa a, se sa nou rele leta.

Leta a la pou fè pwogram, pou l fè yon sosyete mache. E ou tou konprann, si tout bagay te fèt nan lòd, se pèp la ki pou ta di: Jan bon nan kuizin, mete l nan leta a pou fè regleman kuizin, met Jak pou kontwole lachas, chak òm nan plas li, e jou yo pa fè travay la byen ankò, jou yo gate, fòk pèp la ta kab revoke yo.

Alèkile, koute m byen. Tou sa nou sot di la a, li gen yon non: li rele politik. Politik vle di etidye, diskite, ranje, jwenn ki pi bon jan, pi bon mannyè pou fè yon sosyete, yon peyi mache.

Men, koumaba, se la nou pèdi a! Mesye anwo yo, mesye nan leta yo, jan yo kontan yo pa gen pou yo travay ankò, yo di fout yo pa p janm pèdi l, yo kòmanse ranmase, yo kòmanse vòlè, yo kòmanse fè piti yo abi, yo louvri prizon yo mete moun ki pa dakò avèk yo, yo antere nèg nan kacho, anvan anyen se baton, se fiziye. Konsa, mo politik la tounen yon madichon paske li pran yon lòt sans: li pa vle di ankò “etidye, kalkile, travay pou fè peyi a mache”, men li vle di ‘kenbe pa lage, baton nan zo koupyon ou”.

Nimewo espesyal: Sa yo rele politik?                                                                               SÈL Jounal ayisyen aletranje, nimewo 14, mas 1974