Peyi m nan pa konn li, yo fè lekòl twò chè pou li.

Nou ka tande pawòl sa a nan chante “Manje bliye” ki sou on albòm Beethova Obas (Kè m poze, Aztec Musique, 2003).

https://music.youtube.com/watch?v=8XeOK8Sj4Zo&list=RDAMVM8XeOK8Sj4Zo

Se on pawòl ritounèl, on pawòl tilandeng, on pawòl ale-tounen, ki fè pati on kè: « Di m kisa w pral ekri / Di m kisa w pa p ekri / Peyi m nan pa konn li / Yo fè lekòl twò chè pou li »

Pawòl la fè laviwonn dede pou l al chita tou dous nan memwa nou. Lè pawòl la anndan kè a, l antre nan konsyans nou pi byen… san n pa oblije pran konsyans. Paske se vwa tout on kominote ki pote l ban nou. Se tankou lè bann madigra a ap pase ak foul moun kò pèdi: li nèk rale w, antre nan bann, san poze kesyon, san reflechi… w al jwenn ak moun parèy ou…

Pawòl la bati byen senp, nan on mouvman « poze – depoze », on mouvman « konsta – esplikasyon » : tèks la poze konsta « peyi m nan pa konn li », epi li depoze esplikasyon «yo fè lekòl twò chè pou li». Chema klasik: poblèm – solisyon, tankou n abitye wè sa nan reklam. Ou gen on poblèm, epi yo ofri on pwodui… Nan ka pawòl chante a, nou oblije konprann pwodui a, solisyon an, se ta fè lekòl nan on ti pri ki abòdab pou tout moun si yo pa ta ka fè l gratis nèt. Sa t ap regle poblèm lan, pa vre? An n pa kouri di wi konsa!

Nan on lòt chante Beethova, nou tande pawòl sa yo: « Se pa pwoblèm lajan peyi m nan ganyen / Se on pwoblèm de san konsyans k ap touye n. » (« Ki bagay », albòm Planèt la, Le Bananier bleu, 1999)

Nou gen on gwo « poblèm konsyans » sou koze lekòl nan peyi a. Nan koumansman tèks chante « Manje bliye » a, Beethova Obas mete pawòl nan bouch on moun ki rele nan on emisyon radyo, on emisyon lib tribin, pa nenpòt ki moun—on peyizan, chantè a di nou, kidonk on abitan, moun andeyò.

« Wi meusyeu se vre m pa yon saveu / S on peyizan mwen ye / M gen dwa di sa m panse / M pa t al lekòl, m pa konn paleu franseu / Men pitit mwen pa p pase sa m andire / Se sa k fè m pa janm pè brave danje / Lekòl nan bouk la, meusyeu, se sa m vin mande. »

Sitwayen an kwè, antouka yo fè l kwè, se paske l pa t al lekòl ki fè li pa konn pale franse… kidonk se tou nòmal pou l mande pou gen lekòl nan bouk la pou pitit li pa andire sa li menm l ap andire. E se pale franse a menm k ap chanje kondisyon jwèt la! Pale franse se on privilèj pou on Ayisyen, se lekòl ki pou fè l jwi privilèj sa a. Alòske tout Ayisyen pale kreyòl san se pa lekòl yo oblije ale pou sa!

Pawòl chantè a mete nan bouch abitan an, se pa on pawòl li kreye li menm. Se on pawòl li leve tande y ap repete nan zòrèy li… Pawòl sa a chita fon, byen chouke nan leve-jwenn nou. Tèlman byen chouke, n al jwenn li nan on dyalòg ant Toto Nesesite ak lwa nan tèt Ozanfè. Nan chante l ki rele « Rose-En-Fer », ki sou albòm Tout’ Cé Vanité, Mini Records, 1980, gen on pasaj ki pati konsa:
– Toto: « Papa, tout bèl kay sa yo, tout gwo kamyon k ap fè pwovens sa yo, tout tulututu pale franse m pa kamarad moun sa yo, tout gwo batiman k ap fè pwovens sa yo; men Papa, tout fi k ap twaze gason, Papa, tout trayi zanmi, trayi pwochen sa yo, kote n ap kite yo? »
– Lwa a: « Ah ! C’est une très belle question que vous m’avez posée. »
– Toto: « O! Papa, apa w pale franse tou!? »
– Lwa a: « Radiyès kevouzèt, m te lekòl tankou tout moun, m te lekòl tankou tout moun

Pawòl la klè: pale franse = al lekòl! Pifò nan nou admèt se verite l ye… menm moun k ap travay pou sa chanje, menm moun mas pèp la rekonèt ki nan kan li. Nou ka mete Beethova Obas nan kategori sa a. Nan « Manje bliye », chantè a ban nou on bèl demonstrasyon jan yo konsidere l:

« Dechoukay pran m nan lari 7 janvye / Matisan m rankontre on bann dechoukè / Manchèt, baton, galèt / Pèp sa a pa p jwe / Fètatansyon monchè, gad jan Tipyè pase / Moun kouvri m / ‘Machin sa a fò n fouye l’ / M soti tèt mwen pou m mande sa k pase / G on nèg ki di ‘Mesye, pa gen danje. / Se Beethova, lage l, nou mèt kite l ale.’ »

Pawòl la melanje… Nou bezwen konsyans… Men nou bezwen gen bon konprann tou pou kore konsyans lan…

Pawòl la melanje… men pa gen rezon pou sa! Si peyi a pa konn li, se pa on poblèm lajan: se on poblèm konprann tout Ayisyen antre lekòl ak on lang yo deja konn pale… e se nan lang sa a yo dwe aprann li pou yo rive konn li fen. Pou peyi a ka konn li!

Se pa on règ espesyal pou Ayisyen! Nan nenpòt peyi sou latè, kit se ann Almay, ann Ejip, an Frans, an Dominikani, ann Angola, nenpòt peyi nèt… lang timoun yo antre lekòl, se lang sa a ki dwe sèvi pou aprann yo li ak ekri!

Gen tout jan yo manje manyòk anmè!

On ti pawòl ki sanble li byen inosan, men fò w konn la pou w al la. Paske pawòl pwovèb, pawòl granmoun pa janm senp.

Byen inosan… sitou lè nou chonje se manyòk anmè ki bay lanmidon (pou bonbon lanmidon, labouyi lanmidon), farin manyòk (pou kasav, bobori, doukoukou, kouchkouch, gato manyòk, kokoti, doumbwèy/boul/bòy).

Men… pou manyòk anmè pwodui tout mèvèy sa yo, sa mande travay, travay konesè ki gen sekrè pou fè manyòk anmè rann ji l… travay konesè ki lave manyòk byen lave pou yo pran sa yo bezwen an, epi jete dlo a. Men dlo sa a, dlo manyòk anmè sa a, li pa nan jwèt ak pyès ti kochon bouch pa gou anyen pa rete… Paske talè w a tande: “Vant li tankou on ti kochon ki bwè dlo manyòk!” Se on vant k ap pike devan wi… on vant bayigon. Dlo manyòk anmè pa nan rans!

Pawòl la pa inosan. Lè w tande on natif-natal di “Gen tout jan yo manje manyòk anmè”, mèt pwen an mèt ranmase pwen l. Se on pawòl menas, men ki gendwa on pawòl kapon­nay tou…

Tout bout mwa pase a, m ap tande diferan koze nan bouch plizyè moun k ap veye dat 7 fevriye… on dat madoulè. “Vle pa vle, wè pa wè… fò l ale!” Nèg bannann lan dwe konnen gen tout jan yo manje manyòk anmè.  Si l vle menm, n ap kore koze a pou li ak on pawòl marasa: Si fè pa t koupe fè, machòkèt pa ta viv. Enben, se nou, se li: n ap jwenn on jan pou n regle avè l.

On politik memwa (DPGP 1, pp. 25-27)

 

Jedi 27 Janvye 2005, radyo, jounal, televizyon, entènèt te manche klewon yo pou fè lemonn antye chonje dat sa a te fè 60 lane depi sòlda lame wouj, lame sovyetik la, te antre nan kan Ochwits [Auschwitz] kote yo te jwenn nan zòn 7 mil restan-lanmò, kretyen-vivan zo-mangay ki te rive twon­pe lanmò. (Kan sa a, kote plis pase yon milyon moun te pè­di lavi yo, epòk dezyèm gè mon­dyal la, se te youn nan 6 kan-izin lanmò mesye Nazi yo te tabli pou elimine Jwif ak lòt moun yo te twouve ki pa te dwe egziste.)

Nan tout seremoni ki te fèt jou 27 Janvye a, gen on pawòl enpòtan ki te pale: Fò nou tout fè on jan pou sa k te pase an 1940-1945 lan pa janm rive ankò. Men, ki jan nou pral fè sa? Ki mwayen nou genyen pou sa? Gen moun ki di se pou Nasyonzini veyatif, epi tou se pou l pare pou l kwape ra­yis­man sou nenpòt ki fòm li ta parèt. Se pou gouvènman tout nasyon sou latè mete tèt yo ansanm pou yo defann dwa tout moun san paspouki, san jeretyen. Kidonk, fò nou tout, sitwayen latè, kretyen-vivan, nou egzije gouvènman nou yo pou yo suiv prensip sa a. Fò tou nou sispann di: “Ki mele m? Sa pa gade m!” Nou gen devwa pou nou ouvè je nou avèk zòrèy nou pou nou suiv sa k ap pase. Nou gen devwa pou nou fouye chache, pou nou aprann, pou nou chache konprann. Nou gen devwa pou nou chonje. Se pi gwo devwa nou: CHONJE.

Apre 1940-1945, gen kantite lòt zak san-manman ki fèt, menmsi òganizasyon entènasyonal yo pa mete yo nan menm nivo ak sa Nazi yo te fè Jwif yo: Kanbòdj [Cambod­ge] (1975), anba rejim kominis Pòl Pòt [Pol Pot] la, plis pase 2 milyon moun pèdi lavi yo; Gwatemala [Guatemala] (1982), avèk sipò militè peyi ki deklare lagè kont sistèm kominis, gouvènman an masakre on kantite vilaj Endyen Maya yo—paske yo te akize yo konmkwa yo ta sipòtè geriya ko­mi­nis; Wannda [Rwanda] (1994), le 6 avril, ak kout zam, bandi desann avyon ki te gen prezidan an ladan l: patizan prezidan an, Outou yo, masakre depi se Toutsi yo ka jwenn—nan zòn yon milyon Toutsi tonbe; Boznya [Bosnia-Herzegovina] (1995), plis pase 200 mil Mizilman pèdi lavi yo—nan operasyon “detwi move plan” pou yo pa gate ras.

Egzanp sa yo moutre nou tantasyon pou sila yo ki gen fòs, sila yo ki gen pouvwa, sila yo ki gen zam, sila yo ki gen mwayen pou bouche je moun ki ta dwe konsène, sila yo ki konnen yo gen asirans zòt, zanmi yo, ki pral kase fèy kouvri sa pou yo ak tout kalite eskiz mawon, tantasyon pou tout ekip moun sa yo pase dwa lòt anba pye, elimine moun yo santi ki deranje yo osnon yo pa vle wè devan je yo, tan­ta­syon sa a li toujou la.

Èske nou santi sa konsène nou? Èske nou santi pawòl k ap pale la a se pawòl pa nou tou, nou menm Ayisyen? Kèl­keswa repons chak moun ap bay, mwen menm, m vle di wi, byen fò: tout pawòl sa yo se pawòl pa nou tou. Nou menm Ayisyen, nou gen anpil pou nou chonje kòm pèp. E se pa chonje pou chonje: se lè nou pase bay ti jèn nou yo espe­ryans nou fè ak leson nou aprann, n ap kapab kreye on me­mwa pèp. Nou pa p kapab bati lavni, si nou pa chonje pase nou: n ap toujou rete nan moman prezan, san koneksyon avèk yè, san rèv pou demen.

Gen on kesyon ki merite poze: Ki sa n ap mete nan me­mwa pèp sa a? Ki politik memwa n ap rekonèt? Nou chak, nou gen esperyans pèsonèl pa nou: nou chonje sa nou viv, e nou chonje sa nou vle tou. Esperyans pèsonèl enpòtan pou chak moun: se sa ki fòme nou, se sa ki fè karaktè nou; se dèyè yo n al kache lè nou pè; se yo menm nou mete devan lè kè nou kontan. Men nou chak, nou gen esperyans gwoup tou, selon zòn nou soti, selon epòk nou fèt. Se esperyans gwoup nou chak ki pral sèvi fondasyon memwa gwoup nou. Se esperyans tout gwoup ansanm ki pral sèvi baz pou on memwa pèp. Gen ti gwoup, gen gwo gwoup. Gen gwoup katye, gen gwoup bouk osnon gwoup vil. Memwa ti gwoup al pataje ak gwo gwoup. Chak ti gwoup debouche sou on gwo gwoup. Bouch an bouch, youn di lòt. Manman ak papa pase pawòl la bay pitit. Mèt ak Matmwazèl lekòl pase pawòl la bay elèv. Jounalis pase pawòl la bay piblik la. Istoryen make pawòl la nan fèy papye listwa. Pou me­mwa. Pou listwa.

Chak sitwayen anndan on gwoup gen reskonsablite pou l chonje. Se konsa memwa gwoup la ap ka rete vivan. Pyès moun pa ka chonje pou on lòt, se chak moun ki pou chonje pou tèt li. On moun ka ede on lòt chonje. Ou kapab mande on moun pou l fè ou chonje on bagay pi devan, men pa gen pyès moun ki kapab chonje pou ou. Se devwa nou chak pou nou chonje.

Gen on sanba ki di: “Yo bwè nanm yo nan on ti vè kle­ren. Yo bliye lavi. Tou sa se lavi.” M swete se pa avèk nou l ap pale. On moun ta gendwa pran on ti vè pou l pase on kalkil, men koze bwè pou bliye, se on lòt kesyon. Nou pa gen dwa bliye!

Nou pa gen dwa bliye masak Ayisyen an Dominikani an 1937. Nou pa gen dwa bliye Vèp Jeremi, 1964. Nou pa gen dwa bliye 28 Novanm 1980. Nou pa gen dwa bliye Riyèl Vayan, 29 Novanm 1987. Nou pa gen dwa bliye 30 Sektanm 1991. Nou pa gen dwa bliye Gasnè Remon [Gasner Raymond] ak Jan Dominik [Jean Dominique]. Nou pa gen dwa bliye siklòn Azèl ak David. Nou pa gen dwa bliye…

Di bonjou gen on gwo wòl nan leve-jwenn nou.

Depi nou piti, granmoun nou fè devwa yo, yo aprann nou di bonjou. Gen anpil timoun ki wondonmon: se pens ak pikwa pou granmoun rive fè yo desere machwè yo, ouvè bouch yo, pou yo di moun bonjou. Men, vle pa vle, prensip la antre nan tèt yo kanmenm—yo konnen si yo pase sou on moun, yo pa di l bonjou, se maledve. E, esperyans montre sa, lè on moun maledve, timoun kou granmoun, malè ka rive w!

Yo aprann nou di bonjou, yo ensiste pou n konn di bonjou, paske di bonjou montre chemen. Maurice Sixto ban nou 2 bèl egzanp pwovèb sa a. Nan premye a, li ban nou prensip la, li defini règ jwèt la. Nan dezyèm lan, li bay demonstrasyon prensip la, li montre sa k pase lè on moun pa suiv prensip la, pa respekte règ jwèt la.

“Ti Sentaniz” koumanse konsa: Bonjou madanm pi bon pase konn la­wout. Pou w al wè koze sa a byen, se bò Chapèl Sen Wòk. Moun Bò Chapèl, depi w gen on bon­jou nan bouch ou, y ap monte jous Mòn Tayfè, jous Mòn Malanga, pou y al montre w nen­pòt ki kay.

Nan “Monkonpè Teofil”, Sixto kanpe ap pale ak konpè l Teofil, epi on sitwayen pwoche kote yo: li di Sixto Comment vas-tu? epi san l pa menm salye Teofil, li mande Teofil pou l di l kote bò Absalon rete bò isi a. Teofil bay sitwayen an on esplikasyon vire tounen, li voye l al mache, li voye l al flannen. Si w mande Teofil sans sa l fè a, l ap di w: M voye msye a al rekonèt li.

Lè w monte sou moun tankou chwal, al mande yo wout, yo voye w al kay Madan Bonjou!

(Men gen on lòt prensip tou ki kore aksyon Teofil la, prensip moun ki di men koulèv la, se li k touye koulèv la, prensip granmoun nou te konn kore pou nou, lè n te piti, san yo pa antre nan koze politik avèk nou, ak pawòl pa lonje dwèt bouwo nou sou moun, paske dwèt bouwo se dwèt denonsyasyon.)

Nou ka al pi lwen ak koze di bonjou montre chemen an—paske se pa sèlman wout ak chemen di bonjou ka montre on moun: di bonjou ka ouvè anpil pòt pou ou! Di bonjou se koneksyon. Di bonjou bay koneksyon.

 

Mande … an franse (DPGP 1, pp. 220-222)

   Malgre nou pati kite lakay, gen de pawòl, ki ta plis fè sans lakay, ki pa janm kite nou. Se vre tou, pou anpil nan nou, se kò nou sèlman ki bò isit, tout rès nou menm rete la­kay. Kidonk, menm lè kò a pa ta nan fè antre soti lakay, nou toujou gen on pawòl ak lakay, paske nou gen trimès ak lakay, trimès ak fanmi nou kite dèyè. Semenn pase anwo, gen on pawòl Ayisyen ak Ayisyen ki pran woulib sou zèl on ti rize van pou l vin antre nan de tande zòrèy mwen. Si m pran libète pou m di nou pawòl sa a, se paske li pa gen vin fè esplikasyon dèyè l. (M pa janm tande yo di moun konn fè tèt yo esplikasyon!)

   “Se tout lajounen pou ou ta jwenn on kòb pou ou ap voye bay moun yo. Konmkwa se on pye lajan ou genyen, ou ta nèk souke l… Paske kon yo mande ou on bagay, se pou ou te gen tan voye l ba yo. Epi yo pa janm satisfè. Ou dwe yo sa. Pou yo menm, se nan byen san swe nou ye bò isit la. Yo panse afè ou bon, epi, adye frè, se dekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen Pòl, pran kout ponya, mete sa ou genyen lekòl, menm mande an franse tou dèfwa … Kidonk menm vye mouvman nou te toujou konn ap fè lakay yo. Se bon Bon­dye sèl ki pou di on pawòl pou nou!”

   Avrèdi, m pa sezi tande jan de pawòl konsa, paske se nou tout ki ladan. Se ta ipokrit si m ta di m pa konprann. Se bon pawòl Ayisyen, nan bon ti mamit. Sa k fè m sezi, se paske sa pa t janm vin nan tèt mwen on Ayisyen ta ka ap “mande an franse” menm nan peyi Blan meriken an. Pou mwen menm, poblèm mande an franse nou se on poblèm lakay. Pawòl sa a vin oblije m gade rapò nou menm Ayisyen ak lang franse ak on je fouyapòt.

   M pa kwè pyès moun ap sezi, si m di se on rapò ki pa senp, pou m pa di li konplike; li gendwa menm parèt ko­mik, kèk fwa. Ou konn ap pale ak on moun byen pwòp, an kreyòl, epi, konsa, san­zatann, langaj la chanje, l ap vide franse sou ou konmkwa se lwa franse l ki te monte l, tan­kou m ta di nou se on fòs envizib ki anpare bonnanj moun lan… Li chanje koze a sou ou, li kou­man­se ap pale on jan dwòl: kondi timoun bò lakay te konn di, li pase on vitès sou ou, on vitès si­pe­ryè. Pa al chache twò gwo rezon twò lwen: ou pa p jwenn! Gendwa se on bèl ti gengenn li wè k ap pa­se, osnon li vle montre ou kareman li siperyè ou, pou l ka fèmen bouch ou… paske li sis­pèk ou pa ka tcheke nan lang Blan an.

   Men lè m chonje depi nou piti n ap di: “Pale franse pa di lespri”, m pi pa konprann toujou. Nou se on pèp moun pa ka konprann: lè se lòt moun k ap pale franse, yo pa enteli­jan, men lè nou menm nou bezwen montre nou gen lespri, se franse nou soti pou nou pale; lè n ap pran pòz man­de an gran nèg nou, kidonk montre nou gen lespri pase lòt moun k ap mande yo, nou deklare se an franse n ap mande. Nou gen tou nan manch. Nou di. Nou dedi. Nou vle l, nou pa vle l.

   Lè m fè on ti ankèt, mande moun sa yo panse “mande an franse” vle di, yo ban m egzanp ak tout esplikasyon ki ta mon­tre konmkwa demach mande an franse se ta demach moun ki “enteli­jan”, moun ki “mande an daki”, an gran nèg, an senèryen, “an parabòl”, moun ki “mètdam” tou. Tan­kou gen de moun ki gendwa grangou, men lè on lòt moun ap manje bò kote yo, yo konn pran pòz yo pa sou sa, on jan pou yo pa kite moun lan konnen si yo grangou,: “M ap jis pran de kiyè, men se pa grangou m grangou…” Se on taktik ki klè. Gen egzanp tou on moun ki gendwa parèt sou ou, epi li mande ou si ou gen kòb sou ou, li bezwen senk dola pou l konplete on kòb: se pa on moun ki nan bezwen, li jis bezwen fè on kòb rive.

   Gen mande ak mande. Mande an franse se mande nan on lang tout moun pa konprann, on lang se moun ki “enteli­jan” sèlman ki ka konprann li. Lè ou ap mande on jan tout moun ka konprann se mande ou ap mande, ou pa p mande an franse, ou jis ap mande… On pòv ki chita devan Kate­dral ak kwi li nan men l, tout moun wè se mande l ap man­de. Li pa menm oblije ap lonje kwi a ba ou, ni li pa menm bezwen ap di “Charite pòv pou lamou de Dye” osnon “Fè m on ti charit”. Moun k ap “voye bòl ble yo devan pòt moun” se mande y ap mande tou.

   Moun ki fè karyè mande oblije konn ki jan pou yo mande an franse. Tèt yo oblije toujou ap tra­vay sou pwochen man­ti yo pral bay, pwochen kout gidon yo pral fè, epi tou ki moun yo pral frape bank li. Mande an franse gen bon ko­te li, nan sans fò on moun maton pou l rive konprann se man­de Frewo ap mande lè l frape bank li. Men meday man­de an franse a gen revè li tou. Si moun ou ap mande a pa maton nan konprann pawoli moun k ap mande an franse, osnon si l vle pran pòz li pa konprann se mande ou ap man­de l, ou chire.

   Nou di “Bezwen mande!”, kidonk si ou pa mande klè, si ou nan mande an franse, se pa mande ou ap mande. Egal: ou pa bezwen.

   Dèyè pawòl “mande … an franse” sa a gen pawòl. Men kite m fini ak on kesyon jodi a: Èske prezidan yo ak minis yo konn mande an franse?

 

On vire tounen nan Dèyè Pawòl

Nan ribrik sa a, Espas Kreyòl envite nou chak semenn pou n al fè on viren tounen dèyè pawòl lakay nan seri 4 liv Wozvèl Janbatis [Rozevel Jean-Baptiste] yo ki rele Dèyè Pawòl, Gen Pawòl. Se on vire tounen pou n deniche pawòl, pawòl tout koulè, tout longè … pou fè lapati mache. Se on pretèks pou nou satiyèt memwa leve-jwenn nou ak pawòl ki sanble tèt koupe ak pawòl nou te konn pale lè n t ap grandi.

(Alòs, lè nou fin satiyèt memwa nou, si n chofe, nou gendwa al dèyè (youn nan) liv yo sou sit entènèt https://www.editionsjb.com)

Pawòl Granmoun. Pawòl Bon Lizay.

Pwovèb se ti ranmase esperyans lavi yon pèp, afòs yo repete yo rantre nan memwa leve-jwenn pèp la.

Gen bonkou pwovèb ki sou fòm on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt.

Sèvi ak pwovèb se youn nan fason nou ri­­ve kenbe kontak ak lang nou ansanm ak le­ve-jwenn nou. Pwovèb pèmèt jenerasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm.

Anpil pwovèb bay prensip ak mo­ral ki ka sèvi bousòl pou gide kominote a. Gen pwo­vèb pou tout sikonstans. On pwovèb kapab sèvi kòm mwa­yen pou granmoun tanmen on koze ak timoun sou kesyon ki enpòtan pou lavi.

Quatre Saisons se on chante ki parèt premye fwa sou fas B plak “6ème Anniversaire” gwoup mizikal Les Shleu-Shleu (Haiti Record, 1971).

Nou toujou konnen genyen kat sezonKi vini chak ane chanje lanati
Prentan pote bwa fleri
Ete pote bèl solèy
Avèk lotòn, tout fèy pyebwa tonbe
Ann ivè lanati met yon manto blan
Se lè sa a tout ti zwazo bezwen chofe
Solèy rete kache, konmsi l te pè parèt
Aprè livè, syèl la gen bèl zetwal

M konnen nostalji anvayi kè anpil nan nou, men tanpri, pa chante, danse sèlman. Espas Kreyòl envite nou Tande, Koute, Koute Byen!
Tèks sa a pa sanble li gen anyen dwòl ladan l. Etan mizik la ap jwe, nou chante, nou repete pawòl yo byen fò. Anyen pa deranje. Pètèt nou pa menm tande pawòl yo. “Nou toujou konnen genyen kat sezon.” Èske se vre? Kote konesans sa a soti? Nan bouch ki moun n aprann sa? Èske
se nan liv nou wè sa? Èske kat sezon sa yo ki nan chante a egziste nan peyi nou? Se vre n abitye wè pyebwa ap fleri. Se vre n abitye ak bèl solèy. Men èske nan peyi nou gen on sezon ki rezève pou chak mèvèy sa yo? E koze tout fèy pyebwa tonbe a? M pa janm abitye wè tout pyebwa parèt tankou on kòk bòl an menm tan. M chonje lè pichon tonbe sou kèk pyebwa yo konn pèdi fèy yo.
Men afè de “Ann ivè lanati met yon manto blan” an, pawòl sa a fè tèt mwen men gwosè. M chonje bouya ki konn mare tèt pye veritab ak pye mango nan bafon, anvan solèy pran manm, men m pa ka jwenn nan memwa m kò pyebwa ki degize ak manto blan kou lanèj, kado Tonton
Nwèl Pòl Nò. Pawòl sa yo konpozitè a mete nan bouch chantè a sanble pawòl li pran nan liv. On pawòl silabè, on pawòl la-ba-na-ra-sa, le-be-ne-re-se, jako repèt, pakèmann.

Tande, Koute, Koute Byen

Sa nou tande fòme baz on bon pati nan konesans nou. Nou pa gen kontwòl sou son ki anvayi nou, antre nan zòrèy nou. Depi nou piti n ap resevwa son anviwònman nou: vwa moun k ap pale, chante, kriye, ri; son diferan bèt fè/bay nan diferan okazyon; son van an ki mande dechennen deyò a; son lapli k ap tonbe sou do kay; son tanbou (kout tanbou sa a sonnen byen); son k ap soti nan aparèy radyo (nou pa fòseman konekte son sa yo avèk on moun: “Radyo di…! / M tande sa nan radyo!”; son sa yo se pawòl nan tout domèn: politik, relijyon, sante…; se chante; se mizik, se lavi pèp la). Sa nou tande nan radyo antre sou nou avèk otorite—paske nou pa ka nan fè diskisyon avèk radyo a, menm jan nou ta fè avèk on moun. (Antouka “fè diskisyon ak radyo a” se pa konpòtman nòmal la—kèk nan nou fè sa, paske nou antrene pou sa.)
Pou nou reyaji sou sa nou tande, fòk nou dispoze koute pito: kidonk pran tan pou n fè alevini ak sa nou tande; kidonk fòk nou aktif, olye nou jis kite son ap anvayi nou.
Ribrik sa a, Tande, Koute, Koute Byen, se on pwojè Espas Kreyòl. Se on envitasyon pou nou retounen sou sa nou tande plizyè fwa nan lavi nou, ki vin fè pati konesans nou, pou nou koute yo on jan pou nou ka kesyone konesans yo pote ban nou. Konesans se pouvwa, se sa yo di. Men pou konesans tounen bon zouti pou chanjman, fòk nou gen kontwòl sou li. Gen kontwòl sou konesans lan vle di nou rive nan on pwen kote nou di nou dakò se sa oubyen se pa sa. Lè sa a, nou rantre konesans sa a nan bwat zouti lakonesans pa nou. Lè sa a li vin tounen konesans pa nou, zouti pa nou…ki pa fòseman zouti on lòt moun! Men nou konn sa! Se lè sa a konesans tounen pouvwa toutbon.

   Ane sa a ap fè 6 an depi m ap patisipe bò isit, nan Nou­yòk, nan selebrasyon Jounen Kreyòl. Kat premye ane yo, se La Fondation Mémoire de NY, Inc. ki te òganize kandjan­wou a. Ane pase, e ane sa a se pral menm bagay, se on kolaborasyon ant twa òganiza­syon—La Fondation Mémoire, sant HABETAC ak SHR (Society for Haitian Research), yo plis konnen gran­me­si pwogram radyo l Perspectives Haï­tien­nes ki pase chak madi swa, 8 è pou 10 è, sou 91.5 FM—ki pote kole pou reyalize selebrasyon an.

   Koze selebrasyon an, se pa on pawòl ki antre nan santi­man tout moun. M tande ak de zòrèy mwen on sitwayen y ap envite nan selebrasyon an e ki mande “Selebre ki sa?” Sou ton li poze ke­syon an (nou oblije fè m konfyans, m se gran timoun nan Lakou Plètil, m konprann diferan ton), m santi se pa paske li bezwen on repons: repons li gentan nan kè l (menmsi li pa nan tèt li!). Lè kesyon an po­ze konsa, sa toujou vle di “Ki sa k genyen pou nou selebre la a?” osnon “Kila­kyèl de selebra­syon w ap pale a?”

   M espere se pa twò sansib mwen sou kesyon kreyòl la ki mennen m nan fè fèzè osnon nan me­te pase genyen. Antou­ka, m deside pran kesyon an pou on bon kesyon, on kesyon inosan: se pre­tèks sa a m oblije bay tèt mwen pou m ka al gade ki sa k dèyè l.

   Selebrasyon Kreyòl, se pa on envansyon Ayisyen. Non, se pa nou ki envante bagay sa a. Se pa on ekip kreyolis ayi­syen moun fou ki deside li lè li tan pou nou fè on selebra­syon. Tout bagay kò­manse an 1981, selon sa memwa papye fè n konnen.

   Wi, sa te pase Sent Lisi, an 1981. Nan okazyon 3èm Kòlòk Komite Entènasyonal Etid Kreyòl (Comité Interna­tio­nal des Etu­des Créoles),  ki te kreye an 1976, on gwoup kreyo­lis (kidonk: len­gwis espesyalis lang kre­yòl) natif-natal kre­ye yon mouvman ki rele ‘Bannzil Kreyòl’. Pou kre­yo­lis sa yo, etidye lang lan kòm yon objè syantifik nan laboratwa, se te on bon bagay, men sa pa t sifi. Nenpòt ki lengwis ki resevwa bon jan fòmasyon kapab fè travay laboratwa a. Men pou w antre nan lang lan pou w desann nan fondyè sosyete a, anplis bon jan fòmasyon, fòk ou gen eritaj natif-natal. Kidonk yo te wè ne­se­site pou gen sele­brasyon chak lang kreyòl nan sosyete kote li eg­zis­te a, pou yo defann li, ko­re l ak fòs lalwa, fè l pran manm on jan pou l kapab sèvi kòm zouti pou ko­mi­nika­syon lasyans ak lite­ra­ti, epi pou yo kapab rekonèt valè l nan nivo inivèsite ak nan nivo entèna­syo­nal. Yo te kon­si­de­re tout moun ki pale on lang kreyòl sou latè beni kòm manm on sèl kòt fanmi ki te fòme nan si­kons­tans ki sanble tèt koupe sou plan sosyete, lang ak kilti, menmsi vin gen diferans firanmezi tan ap pase, diferans ki mache ak devlopman pèsonalite, ant peyi yo nan sitiyasyon lang yo ak anbyans kilti yo.

   Youn nan demach yo te ensiste ki pou te reyalize tousuit, se te chwazi on ‘Jounen Entèna­syo­nal Kreyòl’, on jounen pou yo selebre tout lang kreyòl, kit sa ki nan Basen Karayib la, kit sa ki nan Achipèl Oseyan Endyen an. Se 28 oktòb, ki te deja dat Il Dominik te konn selebre ‘Creole Day’—kidonk on Jounen Kreyòl, yo te konsakre pou sa. Premye se­le­bra­syon an te pral fèt nan lane 1983.

   Depi lè sa a, selebrasyon kreyòl tounen on tradisyon. Chak kote, chak gwoup kiltirèl, chak òganizasyon selebre selon mwayen yo. Gen kote yo selebre on semenn; gen lòt kote yo selebre de semenn. Depi 2002, Monreyal, Kanada, yo selebre yon mwa manch long. Nan sit entènèt Ko­mi­te Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon (KEPKAA), yo detaye an kreyòl ak an franse tout kalite aktivite k ap genyen pou mwa a. Nou mèt al tcheke pou je pa nou: http://www.kepkaa.com/moisducreole/index.html.

   Selebrasyon kreyòl: Selebre ki sa? Èske kesyon an la tou­jou? Selebre kreyòl se selebre tèt nou, selebre sa nou ye. Paske se kreyòl nou ye, nou tout. Nou gen on grenn zanno kreyòl kay òfèv, nou tout. Kit nou te pale franse kou rat, kit nou te maton nan an­gle, kit nou te woule ‘r’ nou byen nan panyòl, se kreyòl nou ye, nou tout. Nou pa ka ap viv nan on  sosyete kreyòl, ap manje manje kreyòl, bwè ji ak bwason kreyòl, danse mizik kreyòl; nou pa ka gen kòd lonbrit nou antere nan rasin demanbre nou nan on sosyete kreyòl; nou pa ka ap ben­yen nan lanmè so­sye­te kreyòl ki pa sere kras; nou pa ka ap fè tout bagay sa yo, epi pou nou ta panse nou pa kre­yòl. Ki lè n ap kreyòl ankò?

   Selebrasyon kreyòl se pa sèlman selebrasyon lang lan, se selebrasyon leve-jwenn nou, ki­donk kilti nou ak tout dife­ran seksyon ki ladan l. Se selebrasyon tout anomali nou, tout andikap nou, tout rezónman ak aksyon dwategòch nou. Gen anpil koze pou m detaye avèk nou sou ribrik sa a. Yo anpil, yo mande tan, se koze ki mande chèz. M ap tounen vin sou nou. Tout rès mwa sa a, m dispoze pou m selebre avèk nou!

   Sitwayen, pa gen okenn rezon pou nou touse nen nou lè on moun ap ofri nou pou n al patisipe nan selebrasyon kre­yòl. Nou pa gen anyen pou n pèdi. Okontrè, se sèvis y ap rann nou. Se ede y ap ede nou rekonèt richès ki gen nan nou, idantifye tout bèl bagay nou gen nan nou, pou nou ka pataje yo ak ekip moun n ap fòse kache eritaj kreyòl nou pou yo a. Nou gendwa kanpe nou chak kòm on grenn senk anndan sosyete a, men se lè nou aji kòm gwoup nou gen tout fòs nou.

  Rozevèl Jean-Baptiste/Wozvèl Janbatis (14 oktòb 2009)