Ayiti Toma: Orijin Non Peyi A Dapre Jerry M. Gilles (Djeri M. Jil) ak Yvrose S. Gilles (Ivwoz S. Jil)

 

Yon pati nan non peyi a, se non Natif Natal yo te bay teritwa a. Dezyèm pati a se non Afriken vin ajoute kòm bon non peyi a. Gen anpil mitoloji lan orijn non Ayiti. Kifè, an nou remonte nan istwa ekri teritwa a pou n pi byen konprann orijin non an. Premye Ewopeyen ki aprann pale lang Natif Natal yo se te Pè Ramon Pane. Apre Kristòf Kolon te debake sou zile a, Pè Ramon Pane t al abite pou plizyè ane pami Natif Natal zile a. Misye te aprann lang Natif Natal yo dekwa pou l te fè yo rantre nan kwayans Kretyen Ewopeyen. Pè Ramon Pane te fè rapò pou fè moun ann Ewòp konnen Natif Natal yo pa t gen ni 2, ni twa non pou teritwa a. Yo te gen yon sèl non pou zile a, se te Ayiti. Kifè dapre pè a, nan epòk Kristòf Kolon ateri ann Ayiti, teritwa a te gen yon sèl non, Ayiti. Afè Sipanngo, Kiskeya kòm non peyi a, se pawòl ki soti nan rapò Pyè Mati, yon moun ki pat janm vizite Ayiti. Pyè Mati se yon ansyen sekretè tribinal ann Espay ki te fè entèvyou ak moun ki te akonpanye Kristòf yo. Se te travay Pyè Mati pou l te ekri gouvènman Espay la ansanm ak Pap la, pou l ba yo rapò sou vwayaj pasaje Kristòf yo. Nan fè entèvyou sa yo, Pyè Mati di Natif Natal yo te gen 3 non pou peyi a: Kiskeya, Sipanngo (Cipangu), Ayiti. Daprè Pyè Mati, Ayiti vle di wo. Non an vin byen dekri zile a kòm peyi ki gen mòn ki pi wo nan Karayib la. El Piko sou bò lès zile la otè 12,000 pye. Pik Makaya ak pik lasèl sou bò Lwès la 8,000 a 10,000 pye. Lè Afriken vin rantre sou zile a, yo vin rekonèt jan gen gwo mòn sou zile a epi sa vin kreye pwovèb “Dèyè mòn gen mòn”. Lan Manyèl Istwa Ayiti, Frè Enstriksyon Kretyen, yo pa mete Sipanngo a, men yo di se boyiho (boyo) ki te lòt non an, san yo pa bay okenn referans pou sa. Nan yon lèt Pyè Mati te ekri Pap la, misye di Kiskeya se te premye non endijèn yo te bay zile a. Dapre Pyè Mati Kiskeya vle di laj kou linivè. Nan yon sans, se vre paske Ayiti laj pase lòt zile lan Karayib la. Kiba pi long, men li pa pi laj. Sipanngo a vle di mòn lò. Alèkile anpil moun kwè gen lò nan mòn Ayiti yo. Kwak Pyè Mati bay detay, men anpil istoryen vin doute esplikasyon misye te bay yo paske li pa t janm vizite Ayiti epi ak moun li pale yo, youn pa t konn pale lang Natif Natal zòn nan. Kanta pou Pè Ramon Pane ki te aprann pale langay Natif Natal yo, misye demanti Mati epi li di peyi a pa t gen lòt non pase Ayiti. Pou jis kounye, mòn sou bò lès peyi a kontinye pote non Mòn Ayiti, (Los Haitises). Doktè Chanka, te dakò ak Pè Ramon Pane. Doktè Chanka te doktè abò batiman Kristòf yo. Misye te ekri yon lèt an 1494 kote li di tout zòn lès zile a rele Ayiti. Pè Las Kasas te vin aprann pale lang Natif Natal yo pi byen pase Pè Ramon Pane, epi Las Kasas te di tout zile a gen yon sèl non, se Ayiti. La a menm pawòl 2 Pè sa yo, kòm moun ki te konn pale lang Natif Natal yo, pawòl yo pi fyab pase rapò Pyè Mati ki pa t janm vizite zòn nan. Kifè, sanble Ayiti se Ayiti li te toujou rele. Premye fwa mo Ayiti ekri sou papye se lan lèt Doktè Chanka a an 1494. Premye fwa non Ayiti a parèt lan liv, se an 1516 lan liv Pyè Mati a. Debake Kristòf Kolon debake sou zile a, pou l flate Rèn Espay la ki te finanse vwayaj li, misye rele zile a Zile Espay “La Isla Española”. Alalong non an vin pwononse kòm Ispanyola. Nan tout sa Kristòf kolon ekri, li pa janm mansyone okenn lòt non pou zile a pase non li te bay la. Mo Ayiti a pa parèt lan anyen Kristòf ekri. Alalong Espay vin gate ak Kristòf Kolon epi non li te bay la vin sispann sèvi. Nan ane 1930 yo, sou enfliyans Dominiken ki vle montre jan yo atache ak Espay, Etazini vin reparèt ak non Ispanyola a kòm non tout zile a. Yo fè sa kwak yo te ka respekte volontè Revolisyonè Ayisyen yo ki te rejte yon non ki dekri nou kòmkwa nou gen apatenans ak Espay. Etazini te gen dwa rele zile a, Zile Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikani. Alalong, pandan epòk esklavaj la,  non Ispanyola vin pa sèvi ankò, se Sen Dominik zile a vin rele. Sa te rive paske premye gwoup pè Pap la te voye ann Ayiti se te pè divisyon Dominik. Yo te pote non Dominik lan pou onore yon ansyen konbatan lan lagè kwazad. Sou enfliyans pè Dominik yo, kapital zile a vin pote non Santo Domingo. Kòm sou zile a se Lavil Santo Domingo ki te gen plis fòs ekonomik, non Santo Domingo vin sanse sèvi pou tout zile a. An 1685, lè Lafrans pran pati lwès la lan men Espay, li annik tradui non Santo Domingo a, epi li rele l Sen Domeng (Saint Domingue).  Malgre Lafrans te soutni non zile a kòm Sen Domeng, men non orijinal la te kontinye sikile lan liv, e te gen kat jeyografi ki te fèt an 1757 ki te gen non Ayiti a sou yo kòm ansyen non zile a. Sa vin fè moun sou zile a te toujou okouran non orijinal zile a se te Ayiti. An 1804, Desalin ak lòt jeneral yo ofisyèlman reparèt ak non Ayiti a. Ak diferan atachman kiltirèl pami Revolisyonè yo, sa te pi fasil pou yo dakò sou yon non ki pat ni Franse, ni Afriken. Popilasyon peyi a menm, se plis Afriken yo te ye e yo te konsidere lakay yo an byen. Poutèt sa popilasyon an ajoute yon non Afriken lan non peyi a. Yo rele l Ayiti Tomè. Pi souvan Ayisyen pwononse Tomè a kòm Toma. Se abitid è pwononse kòm a an kreyòl. Se pou sa nou gen dwa di chèche oubyen chache. Tomè (Toma) se mo Gedevi-Dahomen ki vle di peyi. Kòm se popilasyon an ki te bay peyi a non Ayiti Toma a, se lan popilasyon an non an sikile, san non an pa janm parèt sou okenn papye antèt leta. Kèlkeswa jan leta rele peyi a, nou menm pèp Ayisyen, nou konnen byen bon non peyi a se Ayiti Toma.

     
Referans: THE NAMING OF HAITI. David Geggus. NWIG: New West Indian Guide / Nieuwe West-Indische Gids, Vol. 71, No. 1/2 (1997), pp. 43-68 Published by: BRILL De Obro Novo: The eight decades of Peter Martyr D’Anghera. Francis Augustus MacNutt. G. P. Putnam’s Son, The Knickerbocker Press 1912. Volume One. Manuel D’Histoire D’Haiti. J. C. Dorsainvil. Freres De L’Instructions Chretienne. 1924 Evefiala or Ewe-English Dictionary (Diksyonè Yewe Dahomen). Diedrich Westermann. Kraus Reprint. 1973
 
Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464