Peyi m nan pa konn li, yo fè lekòl twò chè pou li.

Nou ka tande pawòl sa a nan chante “Manje bliye” ki sou on albòm Beethova Obas (Kè m poze, Aztec Musique, 2003).

https://music.youtube.com/watch?v=8XeOK8Sj4Zo&list=RDAMVM8XeOK8Sj4Zo

Se on pawòl ritounèl, on pawòl tilandeng, on pawòl ale-tounen, ki fè pati on kè: « Di m kisa w pral ekri / Di m kisa w pa p ekri / Peyi m nan pa konn li / Yo fè lekòl twò chè pou li »

Pawòl la fè laviwonn dede pou l al chita tou dous nan memwa nou. Lè pawòl la anndan kè a, l antre nan konsyans nou pi byen… san n pa oblije pran konsyans. Paske se vwa tout on kominote ki pote l ban nou. Se tankou lè bann madigra a ap pase ak foul moun kò pèdi: li nèk rale w, antre nan bann, san poze kesyon, san reflechi… w al jwenn ak moun parèy ou…

Pawòl la bati byen senp, nan on mouvman « poze – depoze », on mouvman « konsta – esplikasyon » : tèks la poze konsta « peyi m nan pa konn li », epi li depoze esplikasyon «yo fè lekòl twò chè pou li». Chema klasik: poblèm – solisyon, tankou n abitye wè sa nan reklam. Ou gen on poblèm, epi yo ofri on pwodui… Nan ka pawòl chante a, nou oblije konprann pwodui a, solisyon an, se ta fè lekòl nan on ti pri ki abòdab pou tout moun si yo pa ta ka fè l gratis nèt. Sa t ap regle poblèm lan, pa vre? An n pa kouri di wi konsa!

Nan on lòt chante Beethova, nou tande pawòl sa yo: « Se pa pwoblèm lajan peyi m nan ganyen / Se on pwoblèm de san konsyans k ap touye n. » (« Ki bagay », albòm Planèt la, Le Bananier bleu, 1999)

Nou gen on gwo « poblèm konsyans » sou koze lekòl nan peyi a. Nan koumansman tèks chante « Manje bliye » a, Beethova Obas mete pawòl nan bouch on moun ki rele nan on emisyon radyo, on emisyon lib tribin, pa nenpòt ki moun—on peyizan, chantè a di nou, kidonk on abitan, moun andeyò.

« Wi meusyeu se vre m pa yon saveu / S on peyizan mwen ye / M gen dwa di sa m panse / M pa t al lekòl, m pa konn paleu franseu / Men pitit mwen pa p pase sa m andire / Se sa k fè m pa janm pè brave danje / Lekòl nan bouk la, meusyeu, se sa m vin mande. »

Sitwayen an kwè, antouka yo fè l kwè, se paske l pa t al lekòl ki fè li pa konn pale franse… kidonk se tou nòmal pou l mande pou gen lekòl nan bouk la pou pitit li pa andire sa li menm l ap andire. E se pale franse a menm k ap chanje kondisyon jwèt la! Pale franse se on privilèj pou on Ayisyen, se lekòl ki pou fè l jwi privilèj sa a. Alòske tout Ayisyen pale kreyòl san se pa lekòl yo oblije ale pou sa!

Pawòl chantè a mete nan bouch abitan an, se pa on pawòl li kreye li menm. Se on pawòl li leve tande y ap repete nan zòrèy li… Pawòl sa a chita fon, byen chouke nan leve-jwenn nou. Tèlman byen chouke, n al jwenn li nan on dyalòg ant Toto Nesesite ak lwa nan tèt Ozanfè. Nan chante l ki rele « Rose-En-Fer », ki sou albòm Tout’ Cé Vanité, Mini Records, 1980, gen on pasaj ki pati konsa:
– Toto: « Papa, tout bèl kay sa yo, tout gwo kamyon k ap fè pwovens sa yo, tout tulututu pale franse m pa kamarad moun sa yo, tout gwo batiman k ap fè pwovens sa yo; men Papa, tout fi k ap twaze gason, Papa, tout trayi zanmi, trayi pwochen sa yo, kote n ap kite yo? »
– Lwa a: « Ah ! C’est une très belle question que vous m’avez posée. »
– Toto: « O! Papa, apa w pale franse tou!? »
– Lwa a: « Radiyès kevouzèt, m te lekòl tankou tout moun, m te lekòl tankou tout moun

Pawòl la klè: pale franse = al lekòl! Pifò nan nou admèt se verite l ye… menm moun k ap travay pou sa chanje, menm moun mas pèp la rekonèt ki nan kan li. Nou ka mete Beethova Obas nan kategori sa a. Nan « Manje bliye », chantè a ban nou on bèl demonstrasyon jan yo konsidere l:

« Dechoukay pran m nan lari 7 janvye / Matisan m rankontre on bann dechoukè / Manchèt, baton, galèt / Pèp sa a pa p jwe / Fètatansyon monchè, gad jan Tipyè pase / Moun kouvri m / ‘Machin sa a fò n fouye l’ / M soti tèt mwen pou m mande sa k pase / G on nèg ki di ‘Mesye, pa gen danje. / Se Beethova, lage l, nou mèt kite l ale.’ »

Pawòl la melanje… Nou bezwen konsyans… Men nou bezwen gen bon konprann tou pou kore konsyans lan…

Pawòl la melanje… men pa gen rezon pou sa! Si peyi a pa konn li, se pa on poblèm lajan: se on poblèm konprann tout Ayisyen antre lekòl ak on lang yo deja konn pale… e se nan lang sa a yo dwe aprann li pou yo rive konn li fen. Pou peyi a ka konn li!

Se pa on règ espesyal pou Ayisyen! Nan nenpòt peyi sou latè, kit se ann Almay, ann Ejip, an Frans, an Dominikani, ann Angola, nenpòt peyi nèt… lang timoun yo antre lekòl, se lang sa a ki dwe sèvi pou aprann yo li ak ekri!

Gen tout jan yo manje manyòk anmè!

On ti pawòl ki sanble li byen inosan, men fò w konn la pou w al la. Paske pawòl pwovèb, pawòl granmoun pa janm senp.

Byen inosan… sitou lè nou chonje se manyòk anmè ki bay lanmidon (pou bonbon lanmidon, labouyi lanmidon), farin manyòk (pou kasav, bobori, doukoukou, kouchkouch, gato manyòk, kokoti, doumbwèy/boul/bòy).

Men… pou manyòk anmè pwodui tout mèvèy sa yo, sa mande travay, travay konesè ki gen sekrè pou fè manyòk anmè rann ji l… travay konesè ki lave manyòk byen lave pou yo pran sa yo bezwen an, epi jete dlo a. Men dlo sa a, dlo manyòk anmè sa a, li pa nan jwèt ak pyès ti kochon bouch pa gou anyen pa rete… Paske talè w a tande: “Vant li tankou on ti kochon ki bwè dlo manyòk!” Se on vant k ap pike devan wi… on vant bayigon. Dlo manyòk anmè pa nan rans!

Pawòl la pa inosan. Lè w tande on natif-natal di “Gen tout jan yo manje manyòk anmè”, mèt pwen an mèt ranmase pwen l. Se on pawòl menas, men ki gendwa on pawòl kapon­nay tou…

Tout bout mwa pase a, m ap tande diferan koze nan bouch plizyè moun k ap veye dat 7 fevriye… on dat madoulè. “Vle pa vle, wè pa wè… fò l ale!” Nèg bannann lan dwe konnen gen tout jan yo manje manyòk anmè.  Si l vle menm, n ap kore koze a pou li ak on pawòl marasa: Si fè pa t koupe fè, machòkèt pa ta viv. Enben, se nou, se li: n ap jwenn on jan pou n regle avè l.

On politik memwa (DPGP 1, pp. 25-27)

 

Jedi 27 Janvye 2005, radyo, jounal, televizyon, entènèt te manche klewon yo pou fè lemonn antye chonje dat sa a te fè 60 lane depi sòlda lame wouj, lame sovyetik la, te antre nan kan Ochwits [Auschwitz] kote yo te jwenn nan zòn 7 mil restan-lanmò, kretyen-vivan zo-mangay ki te rive twon­pe lanmò. (Kan sa a, kote plis pase yon milyon moun te pè­di lavi yo, epòk dezyèm gè mon­dyal la, se te youn nan 6 kan-izin lanmò mesye Nazi yo te tabli pou elimine Jwif ak lòt moun yo te twouve ki pa te dwe egziste.)

Nan tout seremoni ki te fèt jou 27 Janvye a, gen on pawòl enpòtan ki te pale: Fò nou tout fè on jan pou sa k te pase an 1940-1945 lan pa janm rive ankò. Men, ki jan nou pral fè sa? Ki mwayen nou genyen pou sa? Gen moun ki di se pou Nasyonzini veyatif, epi tou se pou l pare pou l kwape ra­yis­man sou nenpòt ki fòm li ta parèt. Se pou gouvènman tout nasyon sou latè mete tèt yo ansanm pou yo defann dwa tout moun san paspouki, san jeretyen. Kidonk, fò nou tout, sitwayen latè, kretyen-vivan, nou egzije gouvènman nou yo pou yo suiv prensip sa a. Fò tou nou sispann di: “Ki mele m? Sa pa gade m!” Nou gen devwa pou nou ouvè je nou avèk zòrèy nou pou nou suiv sa k ap pase. Nou gen devwa pou nou fouye chache, pou nou aprann, pou nou chache konprann. Nou gen devwa pou nou chonje. Se pi gwo devwa nou: CHONJE.

Apre 1940-1945, gen kantite lòt zak san-manman ki fèt, menmsi òganizasyon entènasyonal yo pa mete yo nan menm nivo ak sa Nazi yo te fè Jwif yo: Kanbòdj [Cambod­ge] (1975), anba rejim kominis Pòl Pòt [Pol Pot] la, plis pase 2 milyon moun pèdi lavi yo; Gwatemala [Guatemala] (1982), avèk sipò militè peyi ki deklare lagè kont sistèm kominis, gouvènman an masakre on kantite vilaj Endyen Maya yo—paske yo te akize yo konmkwa yo ta sipòtè geriya ko­mi­nis; Wannda [Rwanda] (1994), le 6 avril, ak kout zam, bandi desann avyon ki te gen prezidan an ladan l: patizan prezidan an, Outou yo, masakre depi se Toutsi yo ka jwenn—nan zòn yon milyon Toutsi tonbe; Boznya [Bosnia-Herzegovina] (1995), plis pase 200 mil Mizilman pèdi lavi yo—nan operasyon “detwi move plan” pou yo pa gate ras.

Egzanp sa yo moutre nou tantasyon pou sila yo ki gen fòs, sila yo ki gen pouvwa, sila yo ki gen zam, sila yo ki gen mwayen pou bouche je moun ki ta dwe konsène, sila yo ki konnen yo gen asirans zòt, zanmi yo, ki pral kase fèy kouvri sa pou yo ak tout kalite eskiz mawon, tantasyon pou tout ekip moun sa yo pase dwa lòt anba pye, elimine moun yo santi ki deranje yo osnon yo pa vle wè devan je yo, tan­ta­syon sa a li toujou la.

Èske nou santi sa konsène nou? Èske nou santi pawòl k ap pale la a se pawòl pa nou tou, nou menm Ayisyen? Kèl­keswa repons chak moun ap bay, mwen menm, m vle di wi, byen fò: tout pawòl sa yo se pawòl pa nou tou. Nou menm Ayisyen, nou gen anpil pou nou chonje kòm pèp. E se pa chonje pou chonje: se lè nou pase bay ti jèn nou yo espe­ryans nou fè ak leson nou aprann, n ap kapab kreye on me­mwa pèp. Nou pa p kapab bati lavni, si nou pa chonje pase nou: n ap toujou rete nan moman prezan, san koneksyon avèk yè, san rèv pou demen.

Gen on kesyon ki merite poze: Ki sa n ap mete nan me­mwa pèp sa a? Ki politik memwa n ap rekonèt? Nou chak, nou gen esperyans pèsonèl pa nou: nou chonje sa nou viv, e nou chonje sa nou vle tou. Esperyans pèsonèl enpòtan pou chak moun: se sa ki fòme nou, se sa ki fè karaktè nou; se dèyè yo n al kache lè nou pè; se yo menm nou mete devan lè kè nou kontan. Men nou chak, nou gen esperyans gwoup tou, selon zòn nou soti, selon epòk nou fèt. Se esperyans gwoup nou chak ki pral sèvi fondasyon memwa gwoup nou. Se esperyans tout gwoup ansanm ki pral sèvi baz pou on memwa pèp. Gen ti gwoup, gen gwo gwoup. Gen gwoup katye, gen gwoup bouk osnon gwoup vil. Memwa ti gwoup al pataje ak gwo gwoup. Chak ti gwoup debouche sou on gwo gwoup. Bouch an bouch, youn di lòt. Manman ak papa pase pawòl la bay pitit. Mèt ak Matmwazèl lekòl pase pawòl la bay elèv. Jounalis pase pawòl la bay piblik la. Istoryen make pawòl la nan fèy papye listwa. Pou me­mwa. Pou listwa.

Chak sitwayen anndan on gwoup gen reskonsablite pou l chonje. Se konsa memwa gwoup la ap ka rete vivan. Pyès moun pa ka chonje pou on lòt, se chak moun ki pou chonje pou tèt li. On moun ka ede on lòt chonje. Ou kapab mande on moun pou l fè ou chonje on bagay pi devan, men pa gen pyès moun ki kapab chonje pou ou. Se devwa nou chak pou nou chonje.

Gen on sanba ki di: “Yo bwè nanm yo nan on ti vè kle­ren. Yo bliye lavi. Tou sa se lavi.” M swete se pa avèk nou l ap pale. On moun ta gendwa pran on ti vè pou l pase on kalkil, men koze bwè pou bliye, se on lòt kesyon. Nou pa gen dwa bliye!

Nou pa gen dwa bliye masak Ayisyen an Dominikani an 1937. Nou pa gen dwa bliye Vèp Jeremi, 1964. Nou pa gen dwa bliye 28 Novanm 1980. Nou pa gen dwa bliye Riyèl Vayan, 29 Novanm 1987. Nou pa gen dwa bliye 30 Sektanm 1991. Nou pa gen dwa bliye Gasnè Remon [Gasner Raymond] ak Jan Dominik [Jean Dominique]. Nou pa gen dwa bliye siklòn Azèl ak David. Nou pa gen dwa bliye…

Si nou pa chita sou menm bit

Nou pa ka wè laplèn menm jan

Si nou pa chita sou menm tèt mòn

Nou pa ka wè degenn lakansyèl sou menm kadans

Si nou pa p gade lorizon nan menm linèt

Nou pa ka wè tolalito lalin sou menm woulib

Si nou pa kanpe menm bò menm kote

Nou pa ka wè laviwonndede larenn solèy sou menm konpa

Si nou pa p gade nan menm miwa nan menm pozisyon

Nou pa ka wè menm imaj

Si nou pa p brase menm chodyè

Nou pa ka pran menm sant

Si nou pa p separe menm manje

Nou pa ka pran menm gou sou pwent lang nou

Si nou pa tande menm son menm kout tanbou menm mizik

Nou pa ka danse menm jan ni sou menm rit ni sou menm pye

Depi nou kontinye mache gaye ak vye jès depaman

Nan rapousuiv lonbray lafimen

K ap fè valeryann mi wo mi ba tribò babò

Nou pa pral okenn kote.

Tèks: Franketienne

Vwa: Billy Midy/Bili Midi ak Schneider Laurent/Chnaydè Loran

Gen gagotay

Gen gaspiyay

Gen gagòt

Gen gildiv

Gwo gwòg

Gwo gato

Gwo gouman

Gwo goudiye

Gwo gouyav

Gwo gwouyad

Gwo graje

Gwo gita

Gwo grate

Gen gete

Gwo griyen

Gwo gangans

Gwo gabadin

Gwo gwayabèl

Gwo nèg jeyan

Gen geri

GEN B

Gen granchire

Gran panpan yo

Gwo gòje

Gwo gouvènè

Gwo gouvènay

Gwo ganstè

Gwo grinbak

Gwo galon

Gwo grenad

Gwo gaz

Gwo gwo je

Gwo gouden

Gwo grefye

Gwo gramè

Gran dizè

Gwo galonnen

GEN Z

Gade gad

Gade gadkòt

Gade Grasya

Gen grangou

Gen gason

Gwo grenn

Gwo Goman

Goman grandi

Gen gagann

Gen gèp

Gen gonm

Gwo gòl

Gen gagit

Gen galata

Gen gridap

Gen grèv

Gen gagè

Gen goumen 

Gen grenadye

Gen geriya

Gen gang

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè

Gen gangstè.

Elienè (Lyonel Legros), Sèl, me 1976, 2-28

                                           Desanm, 2020

KLIKE LA A POU W KA PATISIPE NAN KONFERANS LAN.

Nan prezantasyon sa a Menes Dejoie gade plas Kreyòl ak vodou te genyen nan mouvman rezistans ak liberasyon mas esklav yo nan tan lakoloni. Li esplike sa k pase apre zansèt te rive rache libète yo ak endepandans peyi a nan men kolon blan yo.

Dejoie gade ki sa k pou fèt pou transfòmasyon sosyete a debloke kote li ye depi 1804 la.

 

6 Desanm 2020 :   Kreyòl : Lang Rezistans, Lang Liberasyon, Lang Transfòmasyon Ayiti – Pwofesè MENES DEJOIE / Espas Kreyòl
 
Konferans sa yo ap fèt soti 6pm pou rive 8pm sou platfòm “Zoom” “Haiti Edu-Action” https://us02web.zoom.us/j/87626829190?pwd=bkdia2QwN3V2aHZjT25wbFpxKzVuUT09
(Meeting ID: 876 2682 9190 Password: 233486).
Nou espere ke w ap patisipe avèk nou nan chita koze sa yo e, deja, n ap di w mèsi anpil pou desizyon entèlijan sa a.

 

 

Lavi vye nèg

pa mache sou krepsòl.

Si latè è wonn

se pa yon afè.

Lachans pa fè boul

lan pòch malere.

Se bagay koni

Tout òm gen de pye

tout òm gen bouch fann.

Nan mache chèche lavi

pye malere degriji

Nan mache vale pousyè

Krache vye nèg fin cheche

yo pa sa souse piwouli

krache vye nè fin cheche.

Je pa fèmen

Nèg ap bese leve.

Si pou nou pa wè

jan lavi souri,

ou mè di m sa ou vle,

sa pa rele viv

dapre lagramè

Mason fè kay

li dò anba pon

boulanje fè pen

pitit li grangou

Byen travay, byen swe

pa di byen touche

sou latè beni

sou latè beni.

Anwo bouche anba

sa k anba anba nèt

Se konsa sa toujou ye

se konsa sa pa do ye

Anwo bouche anba

nou pran gòl ak men

nou pran gòl ak pye

Chak koken yo fè

se dèt pou demen.

Claude Innocent (Klod Inosan), Conjonction #196, oktòb – desanm 1992

Vwa: Menes Dejoie (Menès Dejwa)

Foto: “Haiti 06”, Inter-American Foundation

Raphaël Confiant, envite d onè dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl

Soti 2 pou rive 6 desanm 2020 dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl ap dewoule, anba tèm “pouki n ap fè literati”, nan Pòtoprens, Gonayiv ak Ench suivan yon fòmil ibrid (reyèl/vityèl) kote oganizatè yo ap genyen pou yo itilize posiblite nouvèl teknoloji kominikasyon yo ofri pou atenn yon piblik ki pi laj. Raphaëel Confiant se envite d onè dezyèm  edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl. Li se ekriven lamatinik youn nan majòjon mouvman “Kreyolite” bò kote Jean Barnabé ak Patrick Chamoiseau “Prix Goncourt” pou woman li a ki rele “Texaco”.

Gen anpil lòt ekriven ak lòt entelektyèl k ap patisipe nan dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl. Tankou Pierre Michel Chery ki se envite espesyal, manm Akademi kreyòl Ayisyen. Genyen tou Rodolphe Mathurin k ap envite espesyal tou, Jean Euphèle Milce prezidan d onè dezyèm edisyon an, Manno Ejèn, Lyonel Trouillot, Christophe Phillipe Charles, Iléus Papillon, André Fouad, Hector Pouillot, ekriven gwadloupeyen, Dominique Batraville, Hilario Batista Félix, ekriven kiben elatriye. Edisyon Freda k ap fè pwomosyon pou literati kreyòl ann Ayiti ap patisipe nan aktivite si la a. Objektif prensipal festival Entènasyonal Literati kreyòl se fasilite: “ diskisyon, deba, echanj nan mitan pèp Kreyolofòn yo. Kreye yon espas espesyal pou difizyon ak pwomosyon pwodiksyon literè lang kreyòl. Ankouraje plis moun pwodui an kreyòl. Fè popilasyon an dekouvri otè ak zèv ki donnen nan jaden literati kreyòl la. Kreye yon espas deba ak diskisyon ant otè ak lektè.

Anpil aktivite tankou: Konferans, teyat lari, vant siyati ak eskpozisyon liv, emisyon espesyal nan radyo, televizyon ak rezo sosyal yo, lekti senik, fwa liv, omaj, atelye ekriti pou timoun, pwojeksyon fim, atelye ekriti pou jèn elatriye. Fòk nou di Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) se premye festival Literati Kreyòl nan peyi Ayiti ak nan Karayib la. Se kontribisyon Ayiti pou akonpaye dinamik devlòpman ak reyonnman lang Kreyòl nan lemonn. Se yon inisyativ powèt Jean Baptiste Annivence ki anime sou Signal FM emisyon literè “Pawòl Kreyòl” ki se yon vitrin, yon espas pou pwomosyon, valorizasyon ak difizyon lang kreyòl ak liv ki ekri an kreyòl. Nan kad dezyèm edisyon sila a gen anpil aktivite ki kòmanse fèt tankou “Lòsyè mo” ki se yon ribrik sou paj facebook festival la, ki pèmèt piblik la dekouvri divès otè k ap ekri an kreyòl.

 

Schultz Laurent Junior

Le National

Jedi 9 Jiyè 2020

Lè m ap pale ak ou

ou kou wè mab bò wonn:

ou vire,

ou woule,

ou fè lalad

jouk ou vin tonbe

mò rèd lan bra m…

Lè m ap pale ak ou

ou kou wè bèfchenn:

ou fè eksprè

pye w chape,

ou pèdi okazyon

jouk je m rale w

tankou radyo rale mizik

Lè m ap pale ak ou

ou tankou chen

k anvi pise:

ou gade adwat

ou gade agòch

ou santi kòm

ou kouri

ou vire an wonn

jouk ou plase w douvan m

tankou boul pik douvan wonn…

Lè m ap pale ak ou

ou kou jandam:

ou drèt,

ou bay manti,

ou fè demonstrasyon,

ou gonfle dyòl ou

ou fè enteresan

jouk mwen fè w dòmi

tankou yon manman fè yon ti moun dòmi…

Lè m ap pale avèk ou ou sispann fè ezitasyon,

nou pa lan pendeng…

Lè m ap pale ak ou

pa fè m tann pou senk kòb piske

cheri ou pa mac Donal…

Georges Castera fils:

Optique, sept. 1956, No 31, pp. 64-65

Vwa: Max Eugène (Maks Ejèn)