Èske nou pare pou yon diksyonè monoleng kreyòl? Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

 

Nou ka li tit kozman sa a san parantèz m mete ladan l lan. Lè n rive nan fen an, n a wè enpòtans parantèz la.

Nan ti kozman sa a, m ap eseye fè on bilan travay ki fèt nan domèn diksyonè kreyòl. Nou pa bezwen mete de men nan tèt paske nou tande m di “bilan” an: se pa on bilan ni an longè, ni an lajè: nou pral gade nan fondyè. Sa m prale gade ojis, se ki kalite diksyonè ki genyen, pou ki sa se yo menm ki genyen, pou ki moun yo fèt, pou ki rezon ki fè yo fè yo jan yo fè yo a, epi an final n ap poze sonn sou de diksyonè monoleng ki egziste pou nou wè sa yo pote. Apre sa, n a gade pou n wè si gen bezwen pou n fouye fondasyon, on jan pou n ka leve sòl on pwojè diksyonè kreyòl an kreyòl nètalkole… si n pare pou sa.

Anvan n antre fon nan kozman an, kite m sèvi nou on ti aperitif ki soti nan dictionnaire de linguistique Larousse, on diksyonè libreri Larousse pibliye an 1973. Men sa atik sou diksyonè nan diksyonè sa a di:

1) yon diksyonè se yon objè kiltirèl ki prezante leksik youn (osnon plizyè) lang nan fòm alfabetik; yo bay on kantite enfòmasyon sou chak antre osnon mo-vedèt, enfòmasyon tankou pwononsyasyon, eti­mo­loji, kategori gramatikal, definisyon, konstriksyon, egzanp jan yo sèvi avèk yo, sinonim, antonim, enfòmasyon ki kapab pèmèt on moun fè tradiksyon oubyen apwofondi konesans li nan lang pa l. Diksyonè gen tou misyon pou l pèmèt moun kominike pi byen e pou yo devlope konesans yo an jeneral. Ou pa chita ou li on diksyonè jan w li nenpòt lòt liv: se on dokiman referans ou tcheke lè w bezwen.

Kidonk on diksyonè se yon liv kote yo dekri on lang osnon plizyè lang yo mete kòtakòt. Konsa gen diksyonè monoleng (ki konsène yon sèl lang) e gen diksyonè bileng (ki konsène de ou plizyè lang).

2) Glosè: diksyonè ki bay tradiksyon tou senp mo ra osnon mo moun pa fin twò konnen—nan fen on liv, nou kapab bay on glosè ki mache ak mo ki parèt nan liv la.

3) Leksikografi (nan mo a nou wè leksik) gen de sans: teknik fabrikasyon diksyonè, epi refleksyon sou teknik sa a. On leksikograf, se swa on moun k ap fè diksyonè, kèlkeswa fòmasyon moun lan, ou byen on moun k ap reflechi kòm lengwis sou fason yo fè diksyonè.

4) Leksikoloji, li menm, se etid syantifik vokabilè. Konpare ak leksikografi, leksikoloji se on branch nan syans lengwistik ki pi jèn men ki plis kanpe sou lòd ak metòd.

An nou konstate avè m, sou teren leksikografi kreyòl, chaje diksyonè bileng. M pa pral antre nan detay tout tit yo—se pa objektif mwen nan travay sa a. Nou kapab suiv yo sou pwojektè a:

Bentolila, Alain, et al. Ti Diksyonnè Kreyòl-Franse. Port-au-Prince: Editions

Caraïbes, 1976. 511 pp.

Church of God (Mennonite). Creole-English Dictionary: A Basic Vocabulary.

Port-au-Prince: 1971. 56 pp.

Faine, Jules. Dictionnaire français-créole. Ottawa: Les Editions Leméac Inc.,

1974. 487 pp.

Freeman Bryant C., 1992, Haitian-English Medical Dictionary, Port-au-Prince, La Presse évangélique.

Freeman Bryant C. et Laguerre Jowel, 1996, 1998, 2002, Haitian-English, Port-au-Prince, La Presse évangélique.

Gilabert, P. Georges Coll. Diccionario Kréyòl-Español, Español-Kréyòl. Santo

Domingo: Intituto nacional de pastoral, 1979. 67 pp.

Jeanty, Edner A. Diksyonè Kréyòl Dictionary.(Bilingual English-Creole/Creole-English). Port-au-Prince: La Presse Evangélique, 1985. 110 pp.

Peleman, Louis. Diksyonnè Kréyòl-Fransé. Port-au-Prince: Editions Bon

Nouvèl, 1978. 209 pp.

Rincher Deslande, 1991, Dictionary Creole-English/English-Creole, Forest Hills, NY, Rincher & Associates.

Targète Jean et Urciolo Raphaël, 1993, Haitian Creole-English Dictionary, Kensington, MD, Dunwoody Press.

Theodore Charmant, 1995, Hippocrene Concise Dictionary, New York, Hippocrene Books, 1995.

Valdman, Albert et al. Haitian Creole-English-French Dictionary. Bloomington: Indiana University, Creole Institute, 1981. 582 pp.

Valdman Albert, Pooser Charles & Jean-Baptiste Rozevel, 1997, A Learner’s Dictionary of Haitian Creole, Creole Institute, Bloomington, Indiana University.

Védrine Emmanuel W., 1992, Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms, Boston, E. W. Védrine Publications.

Védrine Emmanuel W., 1995, Petit lexique du créole haïtien, Boston, E. W. Védrine Publications.

Vilsaint Féquière, 1991, Diksyonè Anglè Kreyòl/English Kreyòl Dictionary, Temple Terrace, FL Educa Vision.

Gen 2 diksyonè ki parèt kòm diksyonè monoleng.

Vilsaint, Féquière. Diksyonè Kreyòl Vilsen, Temple Terrace, FL, Educa Vision, 1997.

Joseph, Prophète. Diksyonè ilistre lang ayisyen. Diksyonè lekòl fondamantal. Editions Konbit, Canada, 2010.

Ki rezon ki fè se plis diksyonè bileng nou jwenn?

Tankou sa fèt pou anpil lòt lang, premye travay leksikografi kreyòl se glosè ak diksyonè misyonè legliz fè. Nou ka konprann: enterè legliz pou l simaye pawòl levanjil, konvèti moun, kite moun dèyè pou fè misyon an mache, plante pikèt yo, apre pikèt vin gen kay, apre kay yo pran katye, yo pran vil… Yo pran nanm, yo pran kò, yo pran peyi, twòp koze pou mwen…

Pou kreyòl pa nou an, nou gendwa retounen jis nan tan lakoloni pou n al chache premye travay leksikografi a. N ap jwenn li nan Manuel des Habitans de Saint-Domingue, ki parèt an 1802,misyonè jezuit Ducoeurjoly ekri. Ducoeurjoly bay on vokabilè franse-kreyòl ki gen 395 antre onson mo-vedèt, li kore sa ak konvèsasyon franse-kreyòl ki pou sèvi modèl pou kolon k ap gen pou y al Sendomeng.

Rive pi pre nan tan modèn, nou pral jwenn on travay leksikografi selèb: se travay Jules Faine lan. An 1937, li pibliye on glosè etimolojik ki gen 1566 antre pou l pwouve, pou l demontre kreyòl se desandan ansyen dyalèk, tankou nòman, pika, pwatven… ki te egziste an Frans. Epi an 1974, yon ekip sou direksyon Gilles Lefebvre, yon lengwis Université de Montréal, pral pibliye yon diksyonè fransè-kreyòl Jules Faine te kite dèyè.

Si nou gade byen, objektif diksyonè sa yo, kòmanse depi nan Jules Faine pou rive nan dènye diksyonè bileng nou genyen jounen jodi a, ann di Valdman 2007 la (Haitian Creole-English Bilingual Dictionary), se pa sèvi kòm zouti pou bezwen Ayisyen ann Ayiti, ni tou se pa chita lang lan sou papye nan entansyon estandadi­za­syon osnon kreyasyon liv referans. Pifò nan diksyonè sa yo, sitou kote kreyòl parèt bò kote angle a, se pou bezwen chèchè nan inivèsite, bezwen misyonè, bezwen bizismann, bezwen diplomat ameriken ann Ayiti, bezwen tou pèsonèl medikal, administratif, pwofesè lekòl, travayè sosyal isit ki nan rapò ak kominote ayisyen an k ap boujonnen…

Ki jan diksyonè bileng yo fèt?

Nan fè rechèch sou sijè m vin pale avèk nou jounen jodi a, m al tonbe sou yon atik pwofesè Albert Valdman, Indiana University, ki parèt nan volim 41 revi La lin­guis­tique an 2005. Tit atik la se « Vers un dictionnaire scolaire bilingue pour le créole haïtien ? ». Tit la parèt tankou se on kesyon, men sa atik la vle di vrèman se nesesite pou genyen yon diksyonè bileng pou timoun lekòl anvan nou rive, si n ta dwe rive, nan yon diksyonè monoleng kreyòl. Poudayè gen on seksyon nan atik la ki parèt ak tit: LE DICTIONNAIRE BILINGUE COMME ETAPE PRÉPA­RA­TOIRE VERS L’ÉLABORATION DU DICTIONNAIRE UNILINGUE. Kidonk pou n rive nan diksyonè monoleng, fò n ta pase nan diksyonè bileng. Èske sa vle di pa gen chankre, pa gen wout pa bwa?

Pwofesè a kore deklarasyon sa a ak bon jan rezon teknik, n ap retounen sou yo. Men gen rezon ki pa fin twò teknik tou, m pa vle di ideolojik. Li kòmanse ak on pwa senkant listwa li lage sou lenstonmak nou. Li di nou tout moun konnen se 8 syèk apre li fin parèt, nan okazyon Sèman Strasbou an 842, kòm on lang ki diferan ak laten, franse pral gen premye diksyonè monoleng li. Diksyonè sa a se César-Pierre Richelet ki pibliye l an 1680. Anvan sa, se tout kalite diksyonè bileng ki te genyen, pifò ladan yo laten-franse osnon franse-laten.

Ki sa ou pral di lè yo fin lage on agiman konsa sou ou? Franse ki franse wi, li te pase la, alewè pou kreyòl ki baze sou franse, pifò leksik li se nan franse li pran l! Gen on lojik ti pa ti pa (ret tann non ti papa!) pwofesè a rekòmande nou suiv. E m abitye tande lòt moun tou k ap di nou fò n pa al twò vit. Rezónman ki baze sou listwa bon, men si n t ap tann pou listwa pote on modèl pou nou, nou ta gendwa pa janm pran endepandans nou kòm pèp… paske nou po t ko genyen osnon nou po t ko konnen egzanp nèg nwè, nèg nwè esklav ankò, k ap leve tèt yo devan blan…

Nan liv li ki rele Le Créole, structure, statut et origine (Paris, Klinsieck, 1978), pwo­fe­sè a ekri nan p. 129:


« L’étude des parlers créoles français révèle leur caractère incontesta­ble­ment gallo-roman et, plus précisément, oïl. Pour peu qu’il eût connaissance du français standard, le lecteur éprouverait peu de difficultés à reconnaître la plupart des vocables contenus dans les quelques ouvrages lexicographiques dont nous disposons à l’heure actuelle ».

Kidonk, lè n ap etidye lang kreyòl franse yo, nou dekouvri yo menm jan ak lang ki soti nan laten popilè, yo vin ap pale sou teritwa golwa, [teritwa Asteriks ak Obeliks…] Depi on moun gen on ti konesans nan franse estanda, li  pa p gen anpil pwoblèm pou l rekonèt pifò nan mo ki gen nan detwa travay leksikografik ki egziste konnye a.

Konsepsyon sa a, konsepsyon sou orijin leksik, li marye ak fason diksyonè sa yo pral fèt. Se pa yon demach pou dekouvri, men yon demach pou rekonèt. W al eseye dekouvri sa w pa konnen; w al rekonèt sa w konnen deja. 2 wout diferan. Demach pou rekonèt kadre ak ipotèz fèmen leksik kreyòl = leksik lang baz; demach pou dekouvri kadre ak ipotèz ouvè leksik kreyòl = leksik lang baz + adaptasyon. Adaptasyon vle di: mo a gendwa pèdi (nan) sans li te genyen, li gendwa rete ak menm sans lan, osnon li gendwa devlope lòt sans ankò. M ap pran on ti Larousse, on ti Robert, epi m simen mo an kreyòl. Osnon m ap pati ak on kòpous, m ap make sa m jwenn, m ap etidye kontèks, m ap verifye… Nan demach pou rekonèt, m deja konn sa k la, m deja konn sa k ta dwe la, epi m al rekonèt… Nan demach pou dekouvri, m pati ak zouti syantifik, m al chache ki sa k genyen… Se vre m pati ak ipotèz, men nan demach mwen an, m oblije prevwa ki jan m pral boule ak sa m jwenn ipotèz mwen an pa t prevwa m te pral jwenn.

M gen on esperyans tou kòm leksikograf nan pati fabrikasyon an, pa sèlman nan reflechi sou fabrikasyon an. Refleksyon ki mennen m nan kozman jodi a, li soti nan esperyans sa a, on esperyans ki te kòmanse depi Oktòb 1990. Sa gen 23 zan. Lè sa a, m te fenk debake nan peyi isit, Etazini, — kanmarad Menès, nan fè ti komik li, ta di m te on djèskòm… men m si l pa t ap rele m on meusyeu zuzu tankou kòmè Siksto a “Nan men yon lòt lang” te rele sitwayen ki te fenk sot pran diplòm lasòbòn lan… Se vre, se an Frans m te ye ap ekri tèz mwen, lè pwofesè Albert Valdman vin chache m pou on pwojè diksyonè m ta pral fè twa zan ap travay sou li; se te Learner’s Dictionary of Haitian Creole, ki ta pral parèt an 1996, nan Creole Institute, Indiana University. Pwofesè Valdman te konnen m ann Ayiti lè m t ap prepare lisans mwen nan Sant Lengwistik Aplike. Mwen te manm yon ekip kat etidyan ki t ap mache fè ankèt pou li nan rechèch li t ap fè sou nazalizasyon “LA” nan Pòtoprens—tou sa se te antre nan demach dokimantasyon varyete kreyòl li te deja konsidere kòm referans nan peyi a. [Nou ka eseye fè on ti koneksyon la a: kòm se varyete franse yo te pale nan Ile-de-France ki te tounen franse estanda, se varyete kreyòl yo pale nan Pòtoprens ki dwe tounen kreyòl estanda!] Pwofesè a te konnen tou soti 1987 rive 1989, m te travay ak GEREC (Groupe d’Études et de Recherches en Espace Créolophone) sou pwojè Diksyonè jeneral kreyòl nan Karayib la ki gen leksik yo baze sou lang franse; m te reskonsab bank done pou kreyòl ayisyen: pami travay m te fè, m te tcheke mo yo, tcheke fraz ki sèvi kòm ilistrasyon pou yo, sa yo endike kòm varyant, kesyon sinonim ak antonim, epi fè tradiksyon.

Ekip diksyonè Indiana a te gen nou senk (5) plis konsiltan nou te kontakte de tan­zan­tan. Te gen direktè pwojè a, pwofesè Valdman; te gen Charles Pooser, “Tcha­li”, ki te reskonsab baz done angle a, 2 sekretè, epi mwen menm ki te anchaje baz done kreyòl la. Apre premye reyinyon ekip la, reyinyon pou n te diskite sa k pral fèt, ki moun ki pral fè ki sa, ki jan sa pral fèt, konbyen tan nou genyen pou sa fèt, m te pran desizyon pou m ekri epi pataje ak ekip la kèk refleksyon sou premye dik­syonè Valdman lan, on diksyonè trileng (Haitian Creole, English, French Dictionary ki te parèt an 1981 nan Creole Institute, Indiana University) ki te pral sèvi kòm baz pou nouvo diksyonè a. Lide m te devlope nan seri 4 ou 5 dokiman travay sa yo, sèvi bousòl pou prezantasyon jodi a.

Pou kòmanse, lè m reyalize reskonsablite m pral gen sou tèt mwen, m pa t santi m alèz. E vrèman vre, se te on chaj lou m te pral pote san twòkèt. Koute byen: alòske Tchali te gen 4 ou 5 diksyonè devan li: Random House, Webster, Longman, Dictionary of American Idioms—diksyonè ki esplike ann angle sans mo ak espresyon ki deja ann angle, mwen menm m pa t gen privilèj sa a: se diksyonè trileng Valdman lan ki te nan men mwen, detwa diksyonè bileng, liv pwovèb bileng… M pa t gen anyen kote on seri desizyon te gentan chita sou papye apati rechèch ki te fèt, osnon refleksyon pratik moun te gentan dakò sou yo… Deside kantite sans on mo te genyen, se te reskonsablite pa m. Deside ki lè menm fòm lan te bay de, twa, kat mo diferan, se te reskonsablite pa m; deside ki fòm pami on seri varyant on menm lide ki ta dwe fòm estanda (paske se sa tou travay diksyonè a: etabli estanda, defini estanda), se te reskonsablite pa m; deside ki mo ki sinonim, deside ki mo ki antonim, se te reskonsablite pa m; deside ki mo ki kapab repete nan lasosyete san pyès moun pa choke, se te reskonsablite pa m; … Kidonk, devan tout reskonsablite sa yo, m te frikat. Paske m konnen trè byen, depi on desizyon fin pran, li parèt sou papye, menmsi ta gen detwa kontrandi kritik ki montre limit travay la, depi on bagay fin sou papye, li sou papye nèt… e se mwen k ap reskonsab sa!

M eseye poze pwoblèm lan ak direktè pwojè a, eseye montre kouman si nou ta gen on ekip plizyè lengwis leksikograf ayisyen k ap travay ansanm, sa ta ka pèmèt nou kreye on pi bon pwodui, k ap vin on bon jan referans… men sa pa t nan pwojè a. Epitou se pa premye glas ki te kraze nan gouvènman. Èske yo pa t deja gen on diksyonè trileng, on bagay estraòdinè… Diksyonè sa a li menm, li te gen ladan l pifò egzanp ki soti nan Ti Diksyonè kreyòl-franse ekip Inivèsite René Descartes la. Se on zouti fèt-e-founi. Sa n te bezwen ankò?!

Ki sa preparasyon on diksyonè monoleng mande?

Pwofesè Valdman sèvi ak kòmantè lengwis Guy Hazaël-Massieux, pòv defen, m ta dwe di, te fè nan prefas on diksyonè kreyòl – franse pou l reponn kesyon sa a. Guy Hazaël-Massieux ekri: “[diksyonè monoleng franse] yo prèske fin rezoud pwoblèm koleksyon leksik, yo kapab presize limit kòpous referans yo, kidonk esplike ki lang y ap sèvi ojis, yo gen yon metalangaj byen kodifye, yo kapab klase mo yo selon rejis, rejyon, epòk, milye sosyal, espesyalizasyon teknik, yo kapab endike pwononsyayon, etimoloji dapre rechèch espesyalis…”

Tout pwen sa yo enpòtan anpil, men moun k ap fè rechèch nan domèn lan dakò pi gwo pwoblèm leksikograf k ap gen pou yo fè diksyonè monoleng yo se rive bay definisyon, kidonk pwoblèm teknik on metalangaj pou deskripsyon, kole ak sa limitasyon vokabilè, san konte bezwen yon etid semantik detaye sou mo yo, yon etid ki enpòtan anpil lè n konsidere difikilte ki kapab genyen pou nou deside ki leksik ki vrèman kreyòl, etandone kontak kreyòl avèk lang baz la… Pwoblèm ki jan nou dekoupe mo yo ta dwe antre nan menm etid semantik sa a. Èske se dapre orijin on mo dekoupaj la pral fèt osnon se dapre fonksyónman l nan lang lan sou plan senkwonik. On dènye aspè kesyon an: kalite yon diksyonè pa dwe baze sou prezantasyon makwo-estrikti li, kidonk sou kantite antre osnon mo-vedèt li genyen, men li dwe baze sou prezantasyon mikwo-estrikti li, kidonk sou richès, sou kalite enfòmasyon ki genyen nan chak mo-vedèt.

Nan pwen sa a, m ap tounen ak deklarasyon pwofesè a: LE DICTIONNAIRE BILINGUE COMME ETAPE PRÉPARATOIRE VERS L’ÉLABORATION DU DICTIONNAIRE UNILINGUE. Diksyonè bileng se wout ki pou mennen n nan diksyonè monoleng.

Li pa ban nou lojik ki esplike sa k fè se diksyonè bileng ki pou mennen n nan diksyonè monoleng lan. Li pale de mèt ak matmwazèl lekòl ann Ayiti ki mande, ki reklame on diksyonè eskolè bileng. Kòm li menm li gen yon bank done ki gen 750.000 mo ladan l, avèk fraz an franse kou ann angle, gen posiblite pou 2 diksyonè, youn kreyòl-franse, lòt la franse-kreyòl.

Li prezante yon modèl kreyòl-franse avèk 7 sans diferan mo ba.

Men yon egzanp:

ba1 : n. le bât, Yo mete ba a sou milèt la, ‘ils ont mis le bât sur le mulet’, mete (yon moun) nan ba, ‘mettre une camisole de force’, Li te twò vyolan, yo mete l nan ba, ‘il était trop violent ; ils lui ont mis une camisole de force’.

N a remake nan egzanp sa a, menm “ba” ki al sou do bèt la, se menm li menm lan nou jwenn nan mete moun fou nan ba…

Men yon lòt egzanp:

ba5 : n. le bas, Madanm nan achte yon pè ba, ‘la dame a acheté une paire de bas’, Li mete ba yo, ‘elle a mis les bas’, demi ba, ‘le demi-bas’, bay koutba, ‘tromper’, Li di fi a li ta pral marye ak li men l pa fè sa ; li ba l koutba, ‘il a dit à la femme qu’il allait l’épouser mais il ne l’a pas fait. Il l’a trompée’.

Ki lojik ki esplike nou gen bay koutba menm kote ak ba ki al nan pye?

Se sèlman de egzanp m pran: nou te ka gade tou le 7!

M pa wè apati modèl pwofesè a prezante nou la a kouman diksyonè bileng pral mennen nou nan diksyonè monoleng! Metalangaj pou definisyon an—ki pi gwo pwoblèm lan—li pa la, e li pa ka la!

Èske nou pa gen de (2) diksyonè monoleng?

Mwen on ti jan etone pwofesè a mansyone Diksyonè kreyòl Vilsen an, li nan bibliyografi l, li kòmante egzanp ladan l, men li pa pale de li kòm yon diksyonè monoleng. Epoutan lè n al li entwodiksyon an, men sa nou wè (esepte dezyèm paragraf la m sote—se on sèl fraz li genyen):

“Diksyone kreyòl Vilsen se premye diksyonè monoleng ki pibliye nan lang Kreyòl Ayisyen. Nou rive nan twazyem edisyon li. Se yon efò kolektif.

Liv sa a ap pèmèt jenn Ayisyen yo devlope vokabilè yo, jwenn definisyon pou mo y ap sèvi, epitou jwenn enfòmasyon nan diferan domèn, etid. Gen vokabilè pou lekti, ekriti, syans, matematik, syans sosyal, konpreyansyon tèks epitou vokabilè sou teritwa, kilti ak devlopman.

Si travay sa a pèmèt elèv yo aprann plis, li plis, ekri plis, nou konnen nou atenn objektif nou.”

Gen on lòt diksyonè monoleng. Se Diksyonè Ilistre Lang Ayisyen. Diksyonè lekòl fondamantal, ki parèt nan Editions Konbit, Canada/Ayiti, an 2010. Se Prophète Joseph ki ekri l.

An nou poze sonn sou diksyonè sa yo.

Premye kout sonn: “PWEN”.

Nan diksyonè Vilsen an, men sa n ap jwenn, e m ban nou yo nan lòd:

pwen fokal (optik): n fr. Pwen kote imaj la ofwaye. Kou ou jwenn pwen fokal la, imaj la te dwe klè.

[Se nòmal si on definisyon bay on mo pou w al chache l nan diksyonè a. Lè m al chache ofwaye m pa jwenn li. Lè m al nan fwaye, m jwenn li bay: fwaye: n. 1. Recho dife. Mezanmi timoun rale kò nou bò kote recho dife a non. 2. Kote yon limyè konsantre. (san egzanp)]

pwen kadino: n fr. Pwen jeyografik ki pataje espas la an kat pati: nò, sid, lès, lwès. Gen kat pwen kadino.

pwen konjelasyon: n fr. Tanperati ki fè yon likid tounen solid. Kou dlo a rive nan pwen konjelasyon li, li tounen glas.

pwen. n: 1. Dapre kwayans vodou, se pouvwa yon moun genyen pou pwoteje l osnon pou pèmèt li fè mal osnon byen. Adriyèn pran pwen, se sa ki fè kómès li a mache byen konsa a. 2. Kouti, bwodri. Ou konn fè pwen tij? 3. Nòt. Kalin fè plis pwen pase Janwobè nan egzamen an.

[Pa gen okenn esplikasyon sou chwa prezantasyon mo-vedèt yo nan diksyonè a.]

Men sa nou jwenn nan Diksyonè Ilistre Lang Ayisyen an.

Pwen n. Fòs osnon pouvwa moun chache nan maji.

[Kiryozite fè m al tcheke “pren”; men sa m jwenn: Pren n. Li fèmen pren li tankou moun ki pral nan batay. Var. Pwen. (epi pa gen anyen ki di sou “pwen” sa a)]

Dezyèm kout sonn: “MANJE”.

Vilsen gen10 mo-vedèt osnon antre diferan:

manje : n. 1. Tout sa moun osnon bèt ka vale pou nouri kò li. Diri ak pwa se manje Edwa renmen. 2. v. Moulen kichòy ak dan epi vale li pou apeze grangou. Mete nouriti nan kò. Li manje de fwa chak jou. 3. Depanse san lòd. Jan manje kòb magazen an.

manje aswè: n fr. Soupe. Nan peyi m se labouyi yo pran pou manje aswè.

manje dan: v fr. 1. Fè kòlè san pale. Nan tout diskisyon an, Jera manje dan l. 2. Fwote de ranje dan yo. Gen moun ki manje dan nan dòmi.

manje lwa: n fr. Seremoni pou bay lwa manje.

manje marasa. : Nan vodou, manje espesyal pou lwa marasa.

manje maten: n fr. Dejene, dejne, manje moun pran nan maten. Jak renmen kasav ak manba kòm manje maten.

manje mò. : Sèvis manje pou moun ki mouri yo.

manje moun. : Kwayans ki di gen aktivite sekrè pou tiye moun. Yo di lougawou konn manje moun, men mwen poko janm wè sa ak de je m, e oumenm?

manje ranvwa: Manje sakrifis pou repouse move espri.

manje sèk. : Manje ki pa gen vyann ladan l.

Pwofèt Jozèf pa mens nonplis nan “manje” a:

Manje v./n. Nouriti. 1. Depi gen koudeta, manje monte tèt nèg. 2. Achte de plat manje pou moun yo. 3. Lè on moun ap manje dan li nan dòmi, yo di se enkyetid li genyen. 4. Manje fòtifyan. Manje ki bay fòs ak enèji. Manje ki gen ase pwoteyin, vitamin, mineral, grès ak sik ladan yo. Sa k ta dwe melanje ak mayi moulen, diri oubyen pitimi moun ap manje chak jou yo. 5. Manje prensipal. Manje ki bay fòs tankou diri, mayi moulen ak pwa epi pitimi. Pwov.: 1. Manje kuit pa gen mèt.

2. Manje kay moun pa janm plen vant ou.

3. Manje ki gou nan bouch ou, se li ki gonfle w.

4. Manje dan ou; di priyè ou.

5. Manje ou pa ka manje, se li ki donnen nan jaden ou. [Pa gen konsistans nan nòm: ekri w osnon ou : gonfle w vs jaden ou/touye ou

6. Manje ou renmen, se li ki touye ou.

7. Manje pou viv, pa viv pou manje.

8. Manje yo ba ou pa piti.

9. Anvan chen manje zo, li mezire machwè l.

Manje ranvwa n. Sakrifis pou fè move mistè kanpe lwen.

Twazyèm kout sonn: “SÈL/SALE”

Nan Vilsen:

sale: a. 1. Ki gen sèl. Ki gen twòp sèl. Diri ak pwa se manje sale. Manje sa a sale, mwen pa ka manje l. 2. Joure.

sèl.: Engredyan moun met nan manje pou leve gou l, ki bay manje gou sale. Yo fè sèl ak dlo lanmè.

[Se sa sèlman ki gen pou “SÈL”. Apre nou jwenn:]

sele: v. Mete sèl. Sele chwal la pou nou ale. [N a remake sans sèl sa a pa nan diksyonè a.]

Nan Pwofèt Jozèf:

Sale 1. v. tr. Mete sèl. Se Rita ki sale vyann nan. 2. adj. Goute sèl. Diri a twò sale.

Sèl n. Sibstans blan ki gen gou sale. Li prezante sou fòm ti grenn wòch piti. Yo sèvi ak li pou bay manje gou. 1. Mete yon ti sèl nan soup la. Gwo sèl. Sèl fen. 2. Pran sèl la pou sele chwal la pou mwen. 3. Se sèl nan Bondye li kwè. 4. Yon sèl lekòl pou fòme tèt ak kè pou bati Ayiti. 5. Wont pi lou pase sak sèl. 6. Yo pa dwe kite timoun sèl nan kay. 7. Se pwason gwo sèl, li bezwen. Pwov.: Zonbi goute sèl, li pa mande rete. 2. Sèl pa konn di tèt li, li sale.

Nou pa bezwen kòmantè m, lang nou se pa nou. Olye m pèdi tan m fè sa, kite m separe avèk nou on refleksyon leksikoloji/leksikografi m te fè nan youn nan atik m te konn ekri nan Haitian Times yo: se te an fevriye 2012: “Mèt pwen an, ranmase pwen ou! Gen pwen ak pwen *(dezyèm pati)”

Lè m te kòmanse ak seri “Mèt pwen an, ranmase pwen ou!” lan, m pa t met nan tèt mwen te gen moun ki te pral ranmase pawòl la nan jan sa a: “De ki pwen w ap pale a, monchè? Gen pwen ak pwen!” Pou m pi klè toujou: gen on lòt sitwayen ki (voye) di m (sou entènèt): “M pa wè de ki ‘pwen’ w ap pale. Sa m gen nan tèt mwen kòm ‘pwen’ an, se dwe pa li w genyen, ou menm!?”

Se erè m fè, on gwo erè. Rele sa, on maldòn ki pase. An jeneral, m toujou pran tan fè on pwòp­te nan figi mo m ap prezante a, pou yo ka rekonèt li byen, pou yo pa pran l pou yon lòt mo, men m pa t fè sa fwa sa a. M te kite kontèks la pale, men sa pa mache pou tout moun. Gen moun fòk se “atik diksyonè” a menm ou met devan yo.

Vrèman vre, lè on moun ap pale de “pwen”, gen pli­zyè pwen ou ka prezante—eskize se lizaj, m pa konn si nou pi alèz ak plizyè ‘-man’, tankou nan premyèman, dezyèmman, twazyèmman… Chak ‘pwen’ osnon ‘-man’ sa yo, se ta youn nan sans fòm-son nou rele PWEN an. [Idantifye di­fe­ran sans on fòm-son kapab pote, se pa on travay òdi­na­tè, tankou nou ta peze on bouton, epi sans yo vin jwenn nou, tou klase, chak nan bwat pa yo. Non: se on travay ki mande pou nou konn lang lan, fen e byen, epi tou gen fòmasyon nan syans leksikoloji, ki etidye fòm, sans ak itilizasyon mo. Se apre on travay konsa (sou on kantite fòm-son), nòmalman, nou vin rive nan travay fè diksyonè, kidonk travay lasyans leksikografi. Travay sa a po ko fèt pou lang nou an, malgre gen plizyè diksyonè bileng ki egziste, diksyonè ki mete mo kreyòl fas a fas ak mo lòt lang, tankou angle, franse, panyòl. Nou dwe ap mande si diksyonè sa yo kòdjòm? Se on bèl kesyon! M a ban nou repons lan on lòt lè.]

Gen on PWEN nou ka klase anba lide KONTE:

I-a) Nan JWÈT ki jwe ak zo, tankou lido ak wòm, jwè fè pwen selon fas zo a (osnon zo yo) tonbe sou li a (yo) lè l piye. Nan lido, on jwè ka “bezwen 4 pwen pou l janbe (kalfou) al peze pyon on lòt jwè, osnon pou l manje pyon an.”

I-b) Menm nan jwèt ki pa jwe ak zo, kidonk kote zo a pa nesesè pou jwè yo piye pou jwèt la ka jwe (men jwè yo ka sèvi ak on zo pou endike ki moun ki devan, konbyen devan li ye), pwen en­pò­tan. Nan jwèt domino, lè domino a sere osnon fèmen, tout jwè oblije bay pwen yo pou yo ka konn ki jwè ki genyen: se jwè ki fè pi piti pwen an ki genyen (sòf si se kipègay yo t ap jwe). Men ki jan kalkil la fèt: chak grenn je ki gen nan yon bout domi­no se yon pwen. Gen jwè ki gendwa de­side yo gen twòp pwen nan men yo, epi yo tou boure zo (do­mino) yo nan pil. Si yon jwè gen ‘sizas’ nan men l, li fè ‘7 pwen’. Si se ‘doub blan’ ki nan men l tou, li fè ‘blan pwen’ (n a remake se pa ‘zewo pwen’ yo di, men tout jwè domino konnen doub blan pa gen okenn pwen ladan l).

Nan bezig, on jwèt kat, se pwen ki pi enpòtan, e chak jwè gen yon mak devan li pou l make pwen l—si pa ta gen mak tou, on fèy papye ak on ti bout kreyon ka pèmèt amatè yo pa rete ak anvi jwe a. Chak amatè, lè yo gen kat nan men yo ki ba yo pwen, yo mete pwen yo a tè, sou tab la epi yo make pwen yo sou mak yo; lè yon amatè rive sou yon kanti­te pwen, 750 osnon 1.000, dapre kondisyon ki te pase, amatè a genyen; amatè ki pèdi a gendwa pran anba tab, paske gen on kantite pwen li pa rive fè; lè yon amatè genyen 4 pati afile, kidonk 4 pati youn dè­yè lòt, osnon 2 pati anba tab, li bay amatè ki pèdi a/yo 100 pwen, kidonk amatè ki pèdi a/yo pran 100 pwen li/yo menm.

I-c) Nan chanpyona jwèt ki jwe ak boul (foutbòl, volebòl, baskètbòl) kou jwèt ki pa jwe ak boul (patinay sou glas, natasyon), klasman an baze sou kantite pwen chak ekip osnon chak jwè fè.

I-d) Nan lotri, on jwè gendwa pèdi pou on kantite pwen. Pi souvan, se pou “on pwen”, pou “de pwen” on jwè konn di li pèdi—on kantite pwen ki pa twò lwen ak boul li te jwe a. “M pèdi pou 2 pwen: m jwe 78, 80 pran m.” Kantite pwen an ajoute osnon retire sou nimewo li te jwe a.

I-e) Pou nou montre nou gen avantaj sou yon moun nan yon domèn, nou pi bon pase l, nou pi fò pase l, nou sèvi ak pawoli “fè 2 pwen sou…”, tankou si se te nan on jwèt nou te ye: “Jak fè 2 pwen sou Pyè nan bay kout kòd, mare diferan kalite ne.” Kidonk Jak kale Pyè, Jak bat Pyè, Jak fò pase Pyè nan mare kòd…

Gen on PWEN ki bay lide NIVO, ETA, ASPÈ:

II-a) Nan ki pwen travay la ye? / Nan ki pwen ou ye ak travay la? Kidonk: Ki kote w rive ladan l? / Ki sa w fè deja? / Ki sa w rete pou w fè? Nan ki nivo ou ye?

II-b) Ki pwen w, monkonpè? Ki jan kò a ye? Ki jan w ap boule ak maladi a? Ki jan maladi a ye sou ou? Nan ki eta w ye?

II-c) M prezante plizyè pwen nan analiz fòm-son ‘pwen’ an. Gen plizyè lòt pwen pou m prezante toujou. / Pwen sa a, m pa t wè l, se msye k fè m wè l. Li fè m wè plizyè pwen ankò nan kesyon an. Plizyè aspè.

Nan pwen m rive la a, m ap fè on kanpe…

An nou retounen nan tit la konnye a pou n fini. Èske anndan parantèz la n ap ajoute de mo: nou fè, nou mande, nou asepte? osnon 3 mo: nou goumen pou, nou travay pou? Repons lan nan men nou tout, nou tout alawonnbadè! Etan n ap reflechi sou repons la, kite m mete devan je nou prigad Valdman ban nou nan atik m t ap site a. Li di 1) Nan yon peyi kote ki gen tout moun sa yo ki analfabèt, pa gen anpil chans pou genyen yon mache pou yon diksyonè pou tout moun; 2) Ann Ayiti ak nan dyaspora a, moun yo gen bon jan bezwen diksyonè bileng, men nou pa wè ki moun k ap bezwen on diksyonè monoleng. Epitou fòk yo defini objektif ak fòm yon diksyonè konsa.

Antouka si n dakò pou n gen yon diksyonè monoleng, li pa dwe pwojè ni yon grenn moun, ni yon ti gwoup. Nou ka kreye yon òganizasyon ki pou gen reskonsablite bati sitadèl kiltirèl sa a, si pa genyen yon enstitisyon, ann di pa egzanp tankou Akademi Kreyòl la, ki ta kapab anchaje sa. Men tou, tout ekip leksikograf ki egziste yo, k ap ponpe diksyonè bileng sou nou yo, yo kapab mete mwayen teknik yo ansanm, rele yon ekip konsiltan nan diferan domèn pou kreye yon komite syantifik pou bati sitadèl kiltirèl sa a.

Mèsi!