Filozofi ak pwezi : youn pa mache san lòt

Fabian Charles

Nanpwen filozofi san pwezi, nanpwen filozòf si pa t gen mouvman desann nan kanivo an. Nou rete kwè, jwèt pwezi an, se yon jwèt ki fèt nan lari. Sa vle di pou nou menm, se pa anlè nou jwenn li.
Nou ka tonbe sou yon lide sanzantann. Lide sila a, ka rive jwenn nou sou fòm emosyon, anvan l rive sou fòm refleksyon. Emosyon sila a, se avè l sanba yo travay, se ak li menm tou, premye filozòf yo, ki te vin anvan Sokrat te konn travay tou. Se kon sa nou rive konprann filozofi pran nesans nan pwezi. Li pran nesans, lè moun ki travay pou kreye konsèp yo, pa rete ap brase lide sèlman, men lè yo
desann nan lari an, epi yo pèmèt plis moun kale je yo sou reyalite an pi byen. Se pou tèt sa nou panse filozofi an fèt tou nan relasyon nan mitan moun ak moun. Se yon travay tou ki fèt lè nou makonnen emosyon ak refleksyon.

Si nou swiv pawòl lan, n ap konprann filozofi pa fèt san pwezi. Filozofi ak pwezi se kòkòt ak figawo, youn pa mache san lòt. Nou pa ka fè istwa filozofi, si nou pa fè sou lòt bò an, istwa pwezi kote l pran nesans lan tou. Premye filozòf yo se powèt yo te ye. Yon pakèt move entèprèt mete filozofi an dozado kont imaj yo. Epoutan, jès filozòf lan, ki se wete moun nan erè ak nan yon seri fo idòl k ap twonpe moun, pa lwen jès sanba a. Nou panse sanba a tou, dwe fè moun yo vire gade vre imaj yo.
Paske se vre imaj yo ki rete nan kè moun. Se sèl verite ki rete, lè manti kaba. Nou konnen premye jès powèt lan, se desann nan lari an. Menm jan dapre Platon, filozòf lan dwe kase chenn moun
ki pèdi nan fo imaj yo, pou montre moun sa  yo bon chimen an. Powèt lan tou, dwe fè yon travay dekolonizasyon mantal, pou montre moun yo wout liberasyon ak kreyasyon.
Se nan travay sa a, bèlte pwezi an chita. Se yon bèl bagay vle di se yon kichòy ki djanm, ki pare pou l reziste ak lanmò. Se la a nou jwenn definisyon verite an. Se la a tou, sa nou rele powèt angaje a jwenn plas li tou. Men se la a tou, powèt ki pa deklare l angaje pou okenn kòz l ap defann, fè nich li tou.
Sa n ap bouske la a, se ki lè nou ka di yon powèt angaje oubyen l pa angaje. Se ki jan n ap defini angajman an. Se la sa a n ap gade pou n wè si angajman an rete chita nan tèks ekriven yo, oubyen si l antre nan wòl ekriven an genyen tou nan sosyete an.
Pou nou menm, angajman ekriven an pa ret alekri sèlman, li aloral tou. Sa vle di, nou panse lè n ap pale de ekriven angaje, nou p ap pale de moun ki chita ap ekri atik swadizan politik nan
revi oubyen nan jounal. Men n ap pale de ekriven ki gen yon wòl enpòtan nan sosyete an, kote yo marye pratik literè yo ak pratik politik yo.
Youn pa mache san lòt. Epoutan, trè souvan nan zafè literati, kritik literè yo konn ap di, angajman an gate literati an. Sa vle di, lè powèt lan bay twòp plas pou angajman an, yo di sa diminye nan bèlte tèks lan. Lè kon sa, li pa rive marye bèlte tèks lan ak angajman l genyen an. Nan ka sa a, se pa sèlman bèlte tèks la ki echwe men dapre nou menm, se angajman an tou. Paske pa ka gen yon angajman ki bay rezilta, si li pa kreye emosyon kay moun ki tande oswa li tèks la. Anpil moun wè angajman an kòm yon bagay ki gate literati an, epoutan angajman an gen bèlte pa l tou. Wòl ekriven an lè n di l gen yon wòl politik, sa pa vle di pou l sispann atis pou tèt sa. Zèv politik yo gen plas ladan yo pou bèlte jayi tou.

Pèsonaj nan sosyete an, yo rele ekriven angaje an, prèske disparèt jodi an, se swa konsidere moun lan kòm yon politisyen k ap ekri, swa yo konsidere l kòm ekriven ki pa vreman gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan politik. Si ekriven sila a, antre nan politik twòp, yo gen tandans pa konsidere l kòm ekriven ankò. Sa vin fè l pi fasil pou ekriven yo wete kò yo nan angajman an. Sa vin fè l pi fasil pou
ekriven wete kò yo tou nan filozofi. Nou vin gen ekriven k ap ekri pwezi oswa k ap ekri woman, epi k
ap travay sou bèlte a sèlman, san yo pa poze tèt yo kesyon sou wòl bèlte a ka jwe nan sosyete an.
Pou nou menm, pa gen ekriven angaje, si yo pa poze tèt yo kesyon sila a. Nou pral mennen yon
refleksyon pou n wè l si l posib pou yon ekriven di l angaje san l pa pran wòl pratik sila a.
Pwezi an se yon lòt kalte zam li ye. Nan peyi d Ayiti, nou konnen yon seri gwo potorik ekriven, ki te
metrize byen sa yo rele militans lan. Nou poko menm bezwen site yo, yo rive nan lespri nou, si
tèlman mak yo kite nan peyi an te anpwofonde. Ekriven sa yo te marye literati ak wòl yo nan pati
politik. Sa pèmèt yo rete nan listwa kòm moun ki te sakrifye tèt yo pou yon mouvman. Se pou nou
gade, pandan n ap pran egzanp sou potorik ekriven sa yo, ki jan sa posib pou sa fèt ankò jodi an.
Se kon sa, nou ka gade si Jacques Roumain t ap posib jounen jodi an, ak estil pwezi l lan ki te
benyen nan militans. Si Félix Morisseau Leroy t ap posib ankò jodi an, ak yon pwezi ki pa gen lòt
fonksyon ke angajman. Pi lwen, nou bouske ki wòl literati an, pou nou repoze tèt nou nannan
kesyon an, jan Sartre te poze l lan : ki sa ki literati ?
« Pwezi pa teyori ideyalis, li pa cham majik paske li reflete sa yo rele yon epòk, sa vle di li reflete
konpleksite dyalektik reyalite sosyal yo, kontadiksyon ak antagonizay ki nan chapant politik-ekonomik
yon sosyete nan yon moman nan listwa. Kon sa li se yon temwayay, li se yon zouti pou analize sosyete sa
a. »
« La poésie n’est pas une spéculation idéaliste, un enchantement magique vu
qu’elle reflète ce qu’en langage commun on appelle une époque, c’est-à-dire la
complexité dialectique des relations sociales, les contradictions et les
antagonismes de la structure politico-économique d’une société, à un moment
déterminé de l’histoire. Une telle condition en fait un témoignage et un élément
d’analyse de cette société [1] . »

Nou menm k ap ekri atik sila a, n ap jwe yon wòl nou ka rele angaje pandan nou pito ekri l an kreyòl
pase an franse. Pandan nou konnen konplèks ki genyen nan lespri moun nan sosyete an fè yo pa ka
aksepte kreyòl lan se yon lang ki pèmèt moun eksprime refleksyon yo menm jan ak tout lòt lang.
Eske sa n ap fè a se yon zak angaje ? Eske lè yon ekriven deside pran yon angajman, li dwe chwazi
tou yon estil literè ki koresponn ak angajman sila a. Lè yon ekriven deside angaje tèt li, li deside
kreye tou yon nouvo stil literè ki mache ak angajman sila a. Paske fòk li jwenn yon estil ekriti ki ka
pran fòm angajman l ap defann lan tou. Se lè sa a, ekriven an kite lwa sanba a desann sou li pou l
kab kreye yon nouvo lang. Se pwezi an ki pèmèt angajman an pran fòm li. Se lè sa a nou ka
konprann pwezi an se yon zam li ye tou, osinon pou nou pale pi klè, yon zouti ki pèmèt nou angaje.
Ki jan nou ka sèvi ak zouti sila a ? Dapre Jacques Roumain, pwezi an dwe reflete epòk lan. Sa
vle di li dwe pèmèt nou konprann tou ki pwoblèm n ap viv, ki kontradiksyon k ap trakase n.
Kidonk pwezi an se yon temwayay li ye tou pou ekriven an, ki gen wòl istoryen l pou l jwe tou.
Men wòl istoryen sila a, se pa sèlman pou l temwanye, men tou se pou l chanje chimen listwa
a. Ki jan powèt lan kapab analize listwa a epi chanje l pandan l ap sèvi ak emosyon ?
« Si powèt la pa mete lide li an pratik, powèt la pa lib. Powèt la pa lib si l pa wè li oblije chwazi ant
Garcia Lorca ak Franco, ant Hitler ak Thaelman, ant lapè ak lagè, ant demokrasi sosyalis ak fachizim.
Libète malatchong li genyen an tounen sa yo ta ka rele konplèks Ponce Pilate yon trèt ki rale fèy kouvri

mannèv on lach. An menm tan powèt la temwen dram istorik lan, li nan mitan dram lan tou. Li anndan
dram lan ak tout responsablite li. Poutèt nou nan epòk nou ye a, zèv powèt la dwe tounen premye ranje
zam nan ki pou defann pèp la. »

« Si sa pensée n’est pas action, le poète n’est pas libre. Il ne l’est pas s’il ne
s’astreint à la nécessité impérieuse de choisir. De choisir entre Garcia Lorca et
Franco, entre Hitler et Thaelman, entre la Paix et la Guerre, entre la Démocratie
Socialiste et le Fascisme. Sa prétendue liberté s’achève dans ce qu’on pourrait
appeler le complexe de Ponce Pilate, qui couvre tous les artifices de la lâcheté,
du renégat. Le poète est à la fois témoin et acteur du drame historique. Il y est
enrôlé avec sa pleine responsabilité. Et particulièrement dans notre temps, son
art doit être une arme de première ligne au service de son peuple. »

Si powèt lan se temwen epòk li, sa vle di tou l pa ka ekri san l pa fè chwa. Se tankou lè moun al nan
tribinal paske yo rele yo kòm temwen. Moun lan oblije fè yon chwa sou temwayaj l ap fè an. Yo
mande temwen an oswa powèt lan pou l di sa l te wè ak de zye l, sa l te viv lè zak la fèt. Pa gen
metafò k posib pou powèt lan si l pa fè chwa non sèlman nan stil metafò an, men tou si l pa fè yon
chwa nan nannan sa l vle di an. Fòk pwezi an swiv aksyon powèt lan. Si powèt la pa ka fè sa a, sa
vle di si powèt la pa ka fè yon chwa nan temwayaj li, sa vle di l pa lib. Nou pa vle di la a, libète powèt
lan se kapab di sa l vle. Libète powèt lan chita nan kapab denonse sa pou l denonse oswa bay verite
l dwe bay lan san baboukèt. Men ki jan pou l fè l ? Ki jan pwezi ki pou anpil moun se literati ki parèt
pi inosan kapab sèvi pou denonse move rejim politik ? Ki jan pwezi kapab yon danje veritab pou
rejim politik lan ? Ki jan aksyon ka swiv pwezi ? Lè sa a, nou rejwenn yon kesyon ki pi lou toujou,
eske pwezi an kapab chanje monn lan ? Anpil moun di sa se yon rèv ki p ap janm ateri. Nou menm
nou pito mande tèt nou, si pa t gen pwezi, eske t ap gen aksyon ? Si pa gen emosyon nan yon
diskou, si pa gen metafò ki ka fè yo vibre, ki jan moun kapab aji ? Si pa t gen pwezi, monn lan pa t
ap janm chanje.

« La nécessité humaine est la loi morale de l’esprit. L’une des choses qui me
paraissent les plus admirables dans l’oeuvre de Lénine, c’est que l’auteur du
Matérialisme et du Criticisme empirique, cet esprit encyclopédique, ce géant de
la pensée, écrivit un pamphlet réclamant de l’eau bouillie pour le thé des ouvriers
des tissages de Schulusselburg. Et Mayakovsky obéissait à la vraie mission
révolutionnaire du poète lorsqu’il mettait son art au service de la lutte contre le
typhus. »

Eske pwezi a dwe rete sou papye ? Eske l pa dwe mache nan lari tou ? Eske n pa jwenn pwezi an
tou nan konble bezwen materyèl moun ka genyen ? Lè ouvriye yo ap mande pou yo monte salè
minimòm, oubyen y ap mande yon tas kafe anvan yo travay, pwezi an ta dwe la tou. Se li ki pou
bann fòs pou nou ka fè faskare ak tout pwofitè. Sa vle di pwezi an ta dwe sèvi tou nan pratik lavi
nou. Se sa k fè angajman an kay powèt lan pa yon angajman aloral. Men se yon angajman ki mache
men nan men avèk yon pratik.

Se lè powèt la di l pa p ret ap fè pwezi pou l fè pwezi, men lè l ap fè pwezi l lan bay rannman.
Lè ekriven rele tèt yo angaje epi angajman yo rete chita nan pawòl, se pa yon veritab
angajman. Gen yon seri gwo ekriven jodi an, ki rele tèt yo angaje, epoutan nou wè se atik
sèlman yo chita ap ekri.
Se pa sa nou rele ekriven angaje an, ekriven angaje an gen yon wòl sosyal. Lè l fin ekri yon atik, l al
pale nan radyo pou l gen yon enfliyans politik. Li antre nan yon pati politik kòm yon gwo ekriven. Kot
gwo ekriven angaje yo jodi an ? Kot Jacques Roumain ? Kot  Jacques  Stéphen Alexis ? Kot Félix
Morisseau Leroy [2]  ? Kot Sonny Rupaire [3]  ? Ekriven angaje an pa gen pou l pè rantre nan jwèt
politik lan. Sa pa vle di l ap pèdi tèt li kòm ekriven, paske angajman an gen bèlte pa l tou.

Fabian Charles

[1] Parole En Archipel, “Jacques Roumain : La poésie comme arme,” Parole En Archipel. URL :
http://paroleenarchipel.over-blog.com/article-jacques-roumain-la-poesie-comme-arme-
112286025.html. Accessed October 13, 2017.
[2] Félix Morisseau-Leroy, Kasamansa: poèmes, Dakar, Sénégal : [s.n.], 1977, 40 p.
[3] Sonny Rupaire, “La littérature est-elle nécessairement engagée ?,” Île en île, January 28, 2005.
URL : http://ile-en-ile.org/sonny-rupaire-la-litterature-est-elle-necessairement-engagee/.