Pa gen mwayen pou fè pòtre Franketyèn. Se yon moun ki toujou an mouvman, yon moun “an espiral” (mo li plis renmen!). Nou konnen mesye a se lotè trannsenk (35) Iiv an kreyòl oubyen an franse: kat (4) woman, nèf (9) pèysteyat, sis (6) rekèy pwezi, yon ‘jounal,” epi kenz (15) liv “brikabrak” Ii rele senpman “espiral.” Nou konnen gen yon gran revi franse, Le Nouvel Observateur ki rele I “le plus grand écrivain haïtien vivant” yon Iòt “Pri Nobèl yon jou.” Si gen de mo pou dekri sanba Franketyèn, youn se enèji lòt la se espiral. Enèji paske mesye alafwa pwofesè, powèt, womansye, dramatij, atispent, aktè, chantè, mizisyen. Li tou sa, tou sa mele nan yon tchaka totalkapital ki rele espiral. Tankou nan lavi reyèl, pa gen yon sèl eleman, yon sèl aksyon pou kont li, tout bagay mele youn nan lòt paraza, tankou nan reyalite fizik ak byolojik. Konsa, sanba Frank reyini tout eleman sa yo ak yon lòt eleman tou, sa yo konn rele jeni.

Mesye a fèt Senmak (Latibonit) jou 12 avril 1936 ki te yon dimanch Pak. Papa Ii te yon gwo zotobre blan ameriken, Benjamin F. Lyles, moun Marion, Alabama (1878-1949) ki te chèf chemennfè Makdonal ann Ayiti. Manman li te yon peyizàn natifnatal, Annette Etienne (7 fevriye 1919 – 25 me 2001). Li te gen dezan Iè manman I te mennen I abite Pòtoprens, nan zòn Bèlè. Lavi pa t fasil pou yon “ti blan” nan katye sa a, men sa I fè I fè, depi tout lavi li, nan kò li, li se pitit pitit papa Desalin. Tout nanm li se bikolò, ble ak wouj. Manman I ak bopè I, Joseph Volcy – yon boulanje Bèlè – te voye I fè premye etid li nan Ti Seminè Sen Masyal, epi nan lise Petyon. Li rele lakay li Bèlè yon sangtyè kote te gen yon pyano ak mizik Mozart, Donizetti, Puccini, kote ekriven gwoup “Ayiti Literè” te konn vin resite pwezi. Apre twazan kòm mekanisyen, mesye vle kontinye etid li yo. Konsa li fè lisans li nan Lekòl Wòt Zetid Entènasyonal (INAGEI). Lè misye te gen vennde zan sèlman Ii te fonde Lekòl Franketyèn, an 1958, sou Bèlè toujou, tou pre katedral la. Dabò sèl pwofesè se te li menm, ak sit (7) elèv ase, men piti piti lekòl te vin gen 800 elèv ak 25 pwofesè. Franketyèn te toujou direktè e an menm tan pwofesè matematik ak fizik. Malerèzman, ak gwo blokis sikilasyon machin ki gen nan katye a, mete sou tout lòt pwoblèm, lekòl la blije fèmen pòt li an 1991.

Franketyèn te gen deja 36 zan lè Ii dekouvri lakay li yon lòt talan ankò: li konmanse yon dezyèm karyè tankou atis pent. Palaswit Ii te gen plis pase 40 espozisyon nan Pòtoprens, Nouyòk, Bòstonn, Laswis, Lalmay, epi anpil Okanada ets. Pandan peryòd divalyeris la, Ii pa t konn vwayaje ale lòt bò dlo. Si li ta kite peyi a, moun nan Palè Nasyonal pa ta ba li pèmisyon pou li tounen! Zotobre yo pa t renmen anpil moun lespri, yo ta ka twò danjere! Konsa, apati 1987 se eksplozyon vwayaj pou li: Etazini, Kanada, Amerik Latin, Ewòp, Afrik, Japon, san bliye sitou Matinik ak Gwadloup kote yo apresye zèv li yo petèt plis pase nan tout lòt peyi. An 1988 yo te nonmen Franketyèn minis Lakilti, premye fwa peyi a te gen yon minis pou defann – epi reprezante – kilti ayisyen e ki pou fè entelektyèl lòt bò apresye peyi a.

An 1964, mesye a te mete deyò premye rekèy pwezi li. “Au fil du temps”; katran pita premye woman li, “Mur à crever” epi an 1977 premye pyès teyat li Twoufoban. Epi se sitou premye woman yo janm pibliye an kreyòl, Dezafi (1975), ki fè Franketyèn atire latansyon lemonn literè sou li.

Men se grasa Pèlentèt gran piblik Ia konmanse konnen Franketyèn. Jou 6 jiyè 1978 Théatre National d’Haili jwe Pèlentèt premye fwa, nan Rex Théatre, epi espektatè alawonnbadè pa t manke bat bravo. Men pyès Ia di twòp verite, li dekri twò byen reyalite peyi a. Touswit apre premye reprezantasyon an, fòs fènwa yo te konmanse yon kanpay kraponnay. Franketyèn, ansanm ak toude aktè yo, te konmanse resevwa kout telefòn malouk ak lòt menas ankò. Konsa, pandan de (2) senmenn pa t gen yon dezyèm reprezantasyon, men nouvèl la pito te simaye. Twòp moun te vle asiste mèvèy sa a. Kifè, vè finisman mwa jiyè 1978 Ia, yo te jwe I twa fwa deswit: yon jedi-vandredi-samdi. Antou, te gen tranntwa (33) seyans nan Rèks teyat. Apre, yo te jwe l disèt (17) fwa ankò: dabò Okay, Okap, epi Jakmèl; epi lòt bò tou: Miyami, Tanpa Be, Òlando, Nouyòk, Bòstonn, Wachintonn, Monreyal, san bliye Lagwadloup e Lamatinik.

Plis pase ventan pita, Franketyèn te kreye yon lòt Pèlentèt. Tan an te chanje, pyès la te bezwen chanje tou. Jou 9 desanm 1999, 8 ak 9 janvye 2000 yo te jwe nan Rèks Teyat nouvo vesyon an, epi lòt bò ankò; jou 9 avril 2000 nan gwo Teyat Joseph Caleb nan Miyami, jou 17 avril 2000 nan Tanpa Be, jou 13 ak 14 me 2000 nan Inivèsite Kebèk (Monreyal), epi jou 18 jen 2000 nan York College College, Jamaica (Nouyòk). Nan premye vèsyon an se te Francois Latour ki te fè Polidò, ak Roland Dorfeuille ki ti fè Piram (e pandan tout rès lavi l yo te rebatize I “Piram”)’ Pyès Pèlentèt fè nou chonje tradisyon Shakespeare ak Molière la, kote Iotè a li menm se dramatij-metè ansèn-aktè. Konsa nan dezyèm vèsyon an se Franketyèn ki te jwe wòl Polidò epi Ricardo Lefèvre ki te jwe wòl Piram lan.

Gen 50000 espektatè omwens ki te wè Pèlentèt – plis pase nenpòt tout lòt pyès teyat kreyòl. Epi nou pa konnen konben foultitid moun ki te tande estrè li nan radyo, oubyen ankò konben ki te wè videyo yo konn vann Pòtoprens, Miyami, Nouyòk ak Monreyal. Yon jou lotè a t ap pwonmennen nan yon katye popilè, epi toudenkou li tande yon vwa nan do I ki di: “Mwen anvi wè mouch.” Li retounen, e se te yon machann fritay ki te rekonèt li. Sa, se yon bonjan konsekrasyon literè!

Premye vèsyon pyès la pa separe an akt e an sèn tankou pifò pyès teyat. Men nou ka rekonèt sis mouvman oubyen etap ladann: 1) estasyon tren prensipal; 2) bwat vyann siperyè; 3) tray nan yon besment; 4) ven, kretyen vivan touris/rezidan; 5) renka pou verite; 6) yon kòd nan yon travès. Nan dezyèm vèsyon an, lotè a separe pyès la an kat (4) Tablo, men toujou pa gen yon separasyon nèt, youn plòtonnen nan lòt – tankou yon espiral. Youn rantre nan lòt, youn bay repons pou lòt, youn se miwa lòt. Nannan pyès la se tankou lavi: komedi griyen dan marinen ak trajedi dlo nan je.

Nan konmansman, ak “estasyon tren prensipal” epi “vyann siperyè” se lakomedi – men latrajedi tou, paske nan premye a se yon drivayè aryennafè ki envante yon lòt reyalite li kwè ki miyò pou li menm. Li bezwen ilizyon pou tèt li e pou tèt lòt moun’ Nan dezyèm sèn lan, “vyann siperyè,” se trajedi yon moun yo pa janm montre li ak ekri, yon moun k ap valkande nan yon monn plen senbòl li pa ka dechifre, pòtre yon moun ki debousole. Men nan toulede sèn yo, nou jwenn yon patènalis ki degradan pou toude.

Jan Franketyèn wè lemonn, lavi a pa senp. Pa gen yon sèl kretyen vivan ki senp. Jan nou te di, pou li menm lavi a se yon espiral, e chak moun se yon resò espiral – sa vle di ki konplèks, konplike, kawotik. Nan lanati pa janm gen yon liy dwat; nan tèt chak moun pa gen liy dwat tou. An menm tan gen anpil panse, anpil reflèks, anpil valeryann – epi anpil talan.

Nan dezyèm vèsyon an nou jwenn menm tèm yo, menm mesaj yo, men nan yon ekleray diferan. Depi 1978 rive 1999 sitiyasyon politik e sosyal peyi a te chanje. Fòk te gen yon Polidò mwens mabyal, mwens awogan. Epitou, jan nou konnen Franketyèn, li te vle mete plis sèl, plis piman nan lang lan.

Pèlentèt se listwa de (2) prizonye ann egzil, prizonye nan yon besment kanni, fandanman, “anba leskalye,” yon “souteren, kacho, sousòl, kav” ki nan yon katye “fredi, ak tchou boutèy… bilo zewo” nan yon monn espesyal, fèmen, yon kalabous à huis clos. Sa se peyi reyèl pa yo – e yon peyi twò reyèl sitou pou Piram, yon peyi k ap pete fyèl li.

Ak Polidò e Piram nou jwenn de (2) pèsonaj, de (2) reyalite, de (2) Ayiti: yon entelektyèl revolisyonè, epi yon travayè analfabèt, chak ap tonbe leve virewon brase van nan rèv pa li, nan manti pa li, epi k ap pale de peyi pa yo ki lwen lwen lwen. Legzil pou youn se politik; Iegzil pou Iòt Ia se ekonomik. Men rezilta final pou toude se legzil. Toude sòti nan menm rakwen glòb la, e toude echwe nan menm rakwen glòb la. Men anfèt, toude gen yon sèl rèv: Ayiti, menm si se de (2) Ayiti diferan. Gen afwontman ant reyalite kò yo, reyalite deyò, epi yon lòt reyalite ki nan tèt yo, nan nanm yo. Kilès ki reyèlteman vle fè pi plis pou Ayiti? Polidò, se ilizyon yon revolisyon, men èske se “kouche sou do” nan besment li a ki ka fè I chanje tout yon peyi, tout yon sosyete? Piram gen ilizyon tou: si li bourike bourike, yon jou li ka ale “paweze” nan peyi I. Omwens Piram redi travay pou voye transfè lajan pou ven (20) moun – oubyen èske se la yon rèv tou, yon lòt kalite manti li bay tèt li, si li kontante li foure kòb li nan yon “pope wanga”?

Kote reyalite a ye? Kote rèv la ye? Kilès pou nou plenyen pi plis? Youn nan yon manti ki baze sou kòb milyonven, lòt la nan yon manti ki baze sou revòlt.

Pèlentèt se chòk ant de (2) moun, chòk ant de (2) monn, ki pa gen anyen an komen sòf peyi ak lang. Dabò nou ta petèt di se anyen, men alafen nou konprann se anpil – paske yon peyi se yon kilti, se jan moun panse, se jan moun reve. Ayiti nan nanm toude moun sa yo, epi yo chak, jan pa yo, fè sa yo kapab pou lite kont lenjistis. Chak se yon kretyen vivan ak emosyon pa I, santiman pa l, opinyon pa l, verite pa l, manti pa l. Toude kondane viv ansanm nan yon egzistans ki pa fasil, men nan finisman pyès la petèt menm jan ak Bouki e Timalis – yo rann kont yo pa sitèlman diferan.

Pèlentèt se yon pyèsteyat klasik, sa vle di yon pyès inivèsèl. Gran tèm Ii yo se revòlt, egzil, solitid, ilizyon, rèv, libète. Se listwa tout epòk, tout kote. Grèk, Women, Ameriken, Ayisyen nan tout peyi, nan tout peryòd, moun te bezwen chape peyi yo. Se pa Ayiti sèl ki konnen rejim boutdi grennkraze. Se pa Ayisyen sèl ki konnen legzil, ki gen peyi reve ak peyi reyèl, kote imajinasyon ak reyalite ap twoke kòn. Men petèt anvan tou, Pèlentèt se yon pyès revòlt: revòlt politik men revòlt tou kont yon egzistans petefyèl. Nan nannan li, Franketyèn se yon rebèl. Janklod Divalye ak makout Ii yo te gen rezon lè yo te seye toufe pyès la: rèv lalibète, rèv lajistis sosyal se yon tèm danjere anba yon diktati krazezo. Petèt pa gen pi bon lwanj nou ta ka fè pyès la.

Se petèt lòt bò dlo pi plis Ayisyen ap rive konprann pi byen pyès la, Ayisyen ki blije rete pou toujou lòt bò, Ayisyen ki ap trimen pou viv, ki ap senyen kò yo pou voye yon ti tchotcho jouk nan Ayiti Toma, Ayisyen ki ta renmen tounen nan peyi a pou toujou men ki konnen sa pa posib ankò. Kò yo se lòt bò, nanm yo se toujou ann Ayiti, menm jan avèk Polidò e Piram.

Epi, Pèlentèt se tou senpman yon moniman lang papa Desalin.

Pòtoprens

jou 19 novanm 2001

Bryant Freeman

(“Tonton Liben”)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>