Rezime an kreyòl Depi jou kolonyal an Ayiti, ayisyen kreye pwezi nan kreyòl pou eksprime yo menm. Menm avan aksè kilti piblikasyon te komèn, pwezi te nan chante, seremoni relijyon, ak lapawòl. Pwezi sa a, ki te plen avèk anpil tèm diferan, vini ansanm pou kreye yon kò reprezantasyon literati oral ki moun te rankonte lòt, ki enkli travay ki reprezante eksperyans esklav ak batay yo pou rive nan rebelyon anba kolonyalis franse. Malgre kèk ekspesyon, yon mank kilti piblikasyon ak yon sistèm edikatif ki te an franse te fin fè yon mank pwezi pibliye ak ekri an kreyòl. Sa te pase jouk lane 1951, lè yon antoloji Felix Morriseau-Leroy, Dyakout I, te lanse yon nouvo peryòd ekspresyon pwezi pibliye an kreyòl.

Powèt ki te itilize kreyòl te koumanse batay pou etabli lang lan kòm yon zouti kreyatif literati ki te respekte. Sepandan, se pa jouk refòm Barnard nan 1979 ke gouvènman te pemèt kreyòl kòm lang enstriksyon nan lekòl. Menm sa a, kreyòl pe te rekonèt tankou yon lang osifyèl an Ayiti jouk konstitisyon 1987 ki di nan atik 5, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm, se kreyòl la. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl. » Akòz wòl sentral lang lan nan sosyete ak batay pou itilize li nan lekòl, nesèsite pou yon gran kò literati piblye ak oral an kreyòl vin evidan.

Peryòd sa a te yon ki te gan anpil mizè politik an Ayiti. Soti nan rejim Jean-Claude Duvalier pou rive nan ranvèse « duvalierism, » swivi avèk yon pakèt gouvènman militè yonn apre lòt epi yon batay lant pou rive nan eleksyon jis, peryòd sa a wè anpil powèt ak otè kite Ayiti pou yo ale lòt kote tankou Etazini, Kanada, Frans, ak Afrik frankofòn, kote yo te souvan kontinye ekri kont rejim politik ki te opresif. Tèz sa a etidye 8 powèt gason ak 5 powèt fi ki te pibliye powèm ki te nan kèk antoloji. M wè antoloji tankou yon endèks sou enflyans travay yo. Kèk yo te rete nan Ayiti, men anpil te rete lòt kote avèk diaspora pou kèk tan oubyen tout tan sa a. Pwezi yo bay yon nouvo vwa pou opresyon ak pou lespwa. Tèz sa a, ekri an kreyòl ayisyen, yon lang m te etidye pou kat lane isit nan Duke inivèsite epi nan vwayaj pou edikasyon ak rechèch, analize imaj pwezi ak tèm tan sa a tankou yon vitrin ki bay yon vi sou itilizasyon kreyòl nan literati kòm idantite lingwistik ak pratike resistans pwetik.

Metodoloji mwen te koumanse avèk yon evalyasyon sou kò literati. M te fè sa nan konpare sa ki nan sis antoloji diferan sou literati ayisyen. Apre m te chwazi twèz powèt enpotan, m te analize tèm ak imaj komèn pou tout powèt yo. Kèk imaj enpotan powèt te itilize te kò, bèt, nati, espas, ak lapawòl – yo te itilize yo pou eksprime tèm tankou lanmou, lamizè, poblèm sosyal, lespwa, relijyon, ak lide politik. Avèk fòm imaj kreyòl sa yo, powèt etabli travay yo nan reyalite yo wè chak jou – reyalite pèp ayisyen konn ak konprann. Se sa ki simante pèp ansanm, ki bay powèt pouvwa pou revele verite, souvan verite ki kache. Nou wè sa a nan pwezi ki pale sou pwoblèm sosyal ak politikal. Menm tan, ann nou pibliye pwezi an kreyòl, powèt yo rele pèp la pou tounen nan rasin lingwistik ak ak valorize kreyativite lang lan.

pwezikreyol

pwezikreyol