KONTIMAS JIJE L OSNON LÈ KREYÒL AP FÈ MEDIZAN MALPALAN ESPLIKASYON

(Rozevel Jean-Baptiste / Wozvèl Janbatis)

Gen de imaj ki rete kole sou ekran sèvo on moun, kèlke­swa sa w fè, ou pa ka retire l. Imaj ki fè w tris. Imaj ki fè w souri. Imaj ki fè w kal­kile. Tout kalite imaj ki kole sou ekran memwa w, tout kalite imaj k ap envite w mache bay temwayaj.

Youn nan imaj sa yo chaje ak on ekip pòtre youn monte sou lòt: se on kaporal ak on klewon nan men l, ki al kanpe nan on kalfou ki fè pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen, pen-nen! Se on ekip moun, timoun kou gran­moun, abitid fè pye yo kouri pitip-pitap al kanpe anba bouch kaporal la. Alòs kaporal la se piblikasyon yo voye l vin fè. Li koumanse di «Communiqué: Liberté, Egalité, Fra­ternité…» on bann koze an « te », koze si nou te… nou ta, on tralye koze charabya an franse, pyès moun pa kon­prann anyen ladan yo. Apre sa, tout moun retounen al la­kay yo, timoun yo kouri (timoun se ti bèt), granmoun yo an dezon­bray, ou ta di pye yo lou, si tèlman lwa franse fin pa­le lan­gay nan tèt yo… Yo soule. Pou ki sa tout pawòl sa yo? Pou ki sa yo voye pwen ba yo nan on lang yo pa ka ranma­se l. Konnen mal, lespri chè… Apre sa ankò, se pòtre jenn ti­moun k ap seye esplike granmoun sa yo te di: demen chon­may, pa gen lekòl, tedeyòm, militè ak makout pral swe de­van Katredal; osnon ankò, kamoken debake, gen kouvrefe, moun pa gen dwa fè ti pil gwo pil, Mesye nan pentad yo ap fè patwouy…

On lòt ekip gwo imaj ki ret nan tèt mwen, se imaj chè frè direktè, ak soutàn blan li sou li, blan kou dan zonbi, on nonm enpresyonan, on barak gason, chak zepi men l men lajè, k ap mache nan lakou lekòl la, lè nou menm, ti elèv yo, ak inifòm nou demi sal sou nou, tèlman n ap boulinen choute boul. Men plezi rekreyasyon, se on plezi kase, on ple­zi mezire, on plezi bèbè tou, paske chè frè fè n tounen on bann ti espyon, youn ap veye bouch lòt.

— «Donne-moi un jeton!»

— «Poukisa?»

— «Tu as parlé Créole!»

— «Sa k fè w pa vin pran ?! M pa p bay!»

— «Je vais dire à cher frère que tu ne veux pas me donner mon jeton.»

— «Ki mele m? M pa timoun chè frè!»

Rive devan chè frè, chèf espyon, pawòl melanje.

— «Cher frère, un tel a dit comme ça, eh ! oui, il a dit com­me ça ‘li pa timoun chè frè’.»

— «Donne-moi un jeton!»

Elèv ki t al denonse a sezi: pawòl li trayi l, li oblije peye. An­van w al denonse, fò w aprann tradui an franse sa advèsè a te di an kreyòl la…

Chaje lòt imaj ankò, tankou imaj nèg k ap fè pedan, pran pòz konn pale franse yo pou yo fè­men bouch ti malere… Men te m kanpe la. Tout imaj sa yo fè tèt mwen gwosè sa! M pa kapab ankò. Jodi a m di : «Ase pou kreyòl! Ase pou zanfan kreyòl! Lage yo pou yo pale! Bay kre­yòl ak zanfan kreyòl chans pou yo fè medizan malpalan esplikasyon! Wi, fò n al nan jijman.»

Premye kout mayèt : «Kontimas jije l»

Nan kòmansman ane 1980 yo, pètèt soti 82 rive 85, te gen on jou­na­lis Televizyon Nasyonal Ayiti ki te konn pre­zan­te on jounal yo te rele Nouvèl Gaye ki te konn pase a 10 è di swa «nan kat kwen e rekwen peyi Dayiti», dapre sa jou­na­lis la te konn di, lè l ap ouvè pwogram lan. On jounal an kre­yòl nan televizyon se te on bèl efò pou epòk la: lè on nèg osnon on nègès te parèt figi li nan televizyon pou l bay nou­vèl, se te on espektak cho pale franse. Men paske yo te fè mas la favè lage on ti grabday ba li an kreyòl, sa pa vle di nou pa t gen dwa gade ki kalite kreyòl y ap ba li. Moun ki te konn jou­na­lis la te konn di m se on nèg ki pa pè ka­me­ra: sa l gen pou l di a, li parèt figi li nan televizyon an, li di l san patati-patata. Konmkwa se pou sa menm yo te ba l djòb la.

On jou swa jounalis la t ap bay on nouvèl kote l t ap pale de on moun ki te fè on zak, y ap cha­che l, yo pa ka jwenn li, epi Msye di konsa «Kontimas jije l», kidonk «Kontimas jije moun lan.» An n imajine avèk mwen Tonton Sebyen k ap tan­de nouvèl sa a: sa l ap konprann la­dan l? Moun djòb yo se jije lòt moun, se jij yo ye. Jij de pè. Jij sipleyan. Jij kou kasasyon. Jij tribinal kriminèl. Ou ka gen on jij tou nan gagè pou depataje ploum ak bon kòk. Kidonk gen tout ka­li­te jij. Men ki moun ki janm tande on jij yo rele ‘Konti­mas’? Sa se pawòl grimas. Ki mòd senyati sa a? Gen on lòt koze ankò: gendwa se pa on senyati! Pou di, mezanmi, on man­man ta fè on pitit pou l ta rele l Kontimas? Epi se on jij pitit la al soti! Tonton Sebyen gendwa pa di ekzakte­man menm pa­wòl m di la a, men pawòl on jij yo rele Konti­mas ki ta jije on moun lan, m konnen se on pawòl ki pou fè l pete on eklari tanzantan. Moun ki te gen chans tande nou­vèl an franse pou jou swa sa a, «Le Journal de 20 heu­res», te tande on lòt jounalis di : «Il a été jugé par contu­ma­ce.» De­pi yo te tande sa, yo te deja konprann, antouka se sa yo ta fèt pou konprann, se on jijman ki fèt dèyè do moun yo aki­ze a. On moun ki pran rak apre zak, on moun y ap chache yo pa rive trape.

Pou ki sa jounalis la chwazi pou l di (e m ap peze sou mo «chwazi» a) «Kontimas jije l»? Èske se on pwoblèm kon­prann franse ak konprann kreyòl? Nouvèl la, wè pa wè, ri­ve vin jwenn jounalis la nan lang franse. Nou pa ka ima­ji­ne on Ayi­syen ki ta pral bay on nouvèl «Kontimas jije l» san se pa nan franse li ta soti ak pawòl la. Amwenske tou se ta jan de moun ki ta gen twòp abitid pale franse yo, ki kwè tout bagay yo bezwen di an kreyòl fò yo ta pase pa fran­se. (Com­ment dit-on ça déjà?) Menm nan ka sa a, pa­wòl ki ta plis sot nan bouch moun lan se ta «Yo jije l pa kon­timas» menm jan anpil moun ta di: «Diskou a fèt pa Prezidan Preval.» olye pou yo ta di «Se Prezidan Preval ki fè diskou a.»

Men jounalis nou an, tankou nou ka wè, pa nan sitiya­syon sa a: koze a tonbe nan men l, epi li tradui l fason ki ta pi natirèl la. «Il a été jugé par contumace.» tounen «Kon­ti­mas jije l.» Ton Sebyen te gen rezon: Ki moun ki «Kontimas» la? Tcheke diksyonè, fouye chache, nou jwenn «contuma­ce» se pa on moun, se pa on bèt : «par contu­mace» se on la­pa­woli an franse. Tankou tout lapa­woli, nan nenpòt ki lang, fò w konprann sans li anvan, nan lang kote l soti a, anvan ou met nan tèt ou, ou pral fou­re l nan koze on lòt lang. Kidonk lapawoli sa a, fò w kapab esplike l ak mo nan lang kote l soti a, anvan ou tra­dui l nan on lòt lang. (La con­tumace c’est le refus que fait un pré­venu de comparaître de­vant un tribunal où il est appelé.)

Dapre sa jounalis la renmèt nou la a, premye kout mayèt la, premye jijman an klè : li pa twò maton nan franse. Men kreyòl li anfòm sou li. Pa gen moun ki ka di fraz la pa kò­djòm. Si n pa t konn Franse, e si n pa t ap gade fraz la an­sanm avèk lòt fraz ki nan lanviwonnay li, nou pa ta gen dwa jwenn okenn pwoblèm. Tankou Ton Sebyen, non «Kon­timas» la ta fè n sezi, men pa t ap gen nesesite pou n al pran te vèvenn.

Si jounalis la te chwazi pou l di : «Yo jije l pa kontimas.», fò n ta oblije pran on ti pasyans anvan nou frape mayèt nou. Nou pa t ap ka pran desizyon fasil konsa pou nou di si l konprann osnon pa konprann franse? M abitye tande moun ki di yo pa wè pou ki rezon on moun pa ka plake ka­reman on lapawoli franse nan on fraz kreyòl! Pou yo menm, si n gen bèl eritaj sa a, fò n sèvi avè l. Fò n ta ka di: «Jak depanse lajan l avèk pasimoni.» Epi pou n ta konside­re kòm moun sòt, tout moun k ap vin mande n «Ki moun ki ‘Pasimoni’ an? Èske se on bèl fi? Ki kote l rete?» Se on kon­sepsyon dwòl moun sa yo genyen de eritaj la, epi de lang nou an tou. Lè n ap pale de kreyòl, n ap pale de on lang ki fin fòme; se pa on lang ki an fòma­syon toujou: se on lang ki majè granmoun. Li gendwa po ko rive nan menm nivo de­vlop­man sou plan vokabilè, sou plan gramè ak lang yo kon­sidere kòm gran lang yo; gendwa pa gen leka travay ki ta dwe fèt sou kreyòl pou montre ki jan gramè l mache, gen­dwa pa gen diksyonè ki gen nanm sou yo tankou sa egzis­te nan gran lang yo; gendwa pifò moun k ap travay sou kre­yòl yo se mèsenè lokal osnon entènasyonal ki enterese sèlman nan defann patat yo, asire pozisyon yo, moun ki pa enterese ditou nan devlopman lang lan ni nan sò moun ki pa ka di franse se eritaj yo; se vre pou de­vlop­man lang lan fèt toutbon vre, fò ta gen tout on lame ak jeneral ki reskonsab divès sektè nan travay rechèch, m vle di on ekip moun ki pou ta konsidere travay y ap fè sou lang lan se on travay ki enpòtan pou devlopman tèt yo tou. Pas­ke si se on kesyon «m ka degaje m nan lòt lang, entèl ka de­ga­je l nan lòt lang, nou pa bezwen fè anyen pou kreyòl», nou chire.

   Gen on bagay ki parèt klè: lapawoli ki soti nan nenpòt ki lang ki pou plizyè nan nou se on lang eritaj, pou yo ta vin tabli nan Kreyòl, lang ki bay memwa nou kòm pèp fòm li genyen an, fòk gen on demach espesyal ki fèt, tankou lè gen lapawoli ki al pran on paspò nan men Koupe Klouwe, Maurice Sixto, Félix Morisseau-Leroy, Koralen, pou m site kèk non, kidonk sanba lapawòl nou yo, on paspò ki pèmèt yo antre sou teritwa imaj, koulè, son ki defini nou kòm pèp.

Dezyèm Kout Mayèt : « Konnye a, menm timoun piti ap fè grèv an Polòy »

Sa a tou se on nouvèl menm jounalis la ban nou. Pa gen anyen ki pa klè nan nouvèl sa a. Pa gen anyen ladan l ki pou choke on Ayisyen. Jis jounen jodi a, Ton Sebyen ap ri toujou: «Sa l ye la a, mezanmi, pou timoun piti tonbe ap fè grèv konnye a! Ki kote sa prale? Pastè a gen rezon di se la­fen­dimonn lan! Kite kantik, pran priyè: ki sa yo dwe fè ti­moun sa yo pou yo ap fè grèv la? Ki sa granmoun yo fè yo? Ki kalite grèv tou y ap fè a: grèv pa manje? grèv pa travay? grèv pa dò­mi? grèv pa jwe? grèv pa al lekòl?» Fò m di nou Ton Sebyen se on ansyen anplwaye HASCO, li konn sa sa vle di fè grèv, li chonje jan yo te konn arete manm sendika.

Ki sa k ap pase nan tèt nou menm ki chita la a ? Piske nou deja konnen ki kalite tradiksyon jou­nalis la ka renmèt nou, nou pa twò fè l konfyans ak nouvèl k ap soti an Polòy, nouvèl ki dwe rive vin jwenn li an franse. Moun ki te tande nouvèl an franse jou sa a te tande yo di: «Les mineurs font grève en Pologne.» Se te epòk Lech Wa­le­sa, epòk ouvriye sou chantye Gdansk te an demon. Anba labá­nyè sendika Soli­da­ri­te, yo te soti pou yo fè Jal Jaruzelski met deyò pa pye pa tèt. Nou gentan konprann koze a : ‘minè’ sa yo se pa t ‘ti minè’, timoun ki poko gen 18 an osnon 21 an, se selon. ‘Mi­nè’ sa yo se te moun ki t ap travay nan ‘min’ (tankou min chabon, min boksit).

Lang lan ap manje jounalis la anba drib. L ap fè l manje tè. L ap choute sou li ak tou de pye l. ‘Mineur’ gen twòp sans nan djakout li. Jounalis la fè move chwa a. Men li tèl­man asire li fè on bon kou, li tou fè kòmantè nouvèl la etan l ap bay nouvèl la. Olye l di: «Timoun piti ap fè grèv an Po­lòy», li di «Konnye a, menm timoun piti ap fè grèv an Polòy.»

Kidonk dezyèm kout mayèt la pa diferan ak premye a: On bèl fraz kreyòl, men ki pa di laverite dapre kote enfòma­syon an soti a.

Twazyèm Kout Mayèt : « Une entrée n’est pas une sor­tie »

Pawòl sa a se on pawòl m ranmase nan youn nan liv m t ap fouye chache ladan yo lè m t ap fè rechèch pou tèz mwen. Se on liv ki rele Contes Créoles d’Haïti, ki parèt nan on seri bileng CNRS an Frans, kreyòl sou on bò paj la, fran­se sou lòt bò a.

Si m ta mande nou pou nou tradui fraz la an kreyòl pou mwen, nou ta ka di: «On antre se pa on soti.» osnon «Kote ou antre a, ou pa soti la.» Men se pa sa menm mwen jwenn ki ekri nan liv la. Olye m di nou ki sa m wè, te m di nou kèk lòt pawòl nou te ka jwenn nan kont lan. On lagrandyab t ap manje tout vwayajè ki te antre pase nuit lakay li. On ti jen­nonm ki pa t manje anyen k frèt, kidonk ki te byen ben­yen, te sèmante li menm li t ap antre kay lagrandyab la, men lagrandyab la pa t ap ka manje l. Choz di, choz fèt : ti bononm lan te pase nan sal razwa li pa t blese. Se te on gason kanson!

Èske nou konprann sa k pase la a? Pawòl la di «Antre pa soti». Men ti bononm lan antre, li jwenn wout soti. Afè ‘an­tre pa soti a’ se bobin, sòf si ou pa konn sa w ye. Si fè pa t koupe fè, machòkèt pa ta viv. Kidonk ‘antre pa soti’ se pa ‘une entrée n’est pas un sortie’, sa l ye se «Qui y entre n’en sort pas… à moins que…» oubyen ankò «Entrez-y à vos ris­ques et périls!»

Twazyèm kout mayèt la pral tonbe: ‘Une entrée n’est pas une sortie’ sonnen on jan dwòl an franse. Li pa sanble li twò lwen balistrad Msye Lapalis. Men pawòl ki sot nan lòt lang, se mistè: sa k pou di moun k ap li vèsyon franse a se pa konsa pawòl la pati?

Moun ki fè tradiksyon an, dapre sa m aprann, se on Gwad­loupeyèn. M chonje lè m t ap li tèz Jean Bernabé a, Fon­das Créole : Gram­maire basilectale approchée des créoles martiniquais et guadelou­péen, m te soti ak lide «Kreyòl Matnik epi Kreyòl Gwadloup, se pa menm biten, menm bagay» tankou anpil moun kwè. De varyete kreyòl ki pre, Matinik ak Gwadloup se nen ak bouch, men de lang ki diferan. Matinikè ak Gwadloupeyen ka pale youn ak lòt, men fò yo kolabore pou yo pa kite fòm bloke yo, pou yo ka rive konstwi sans.

Mande on moun Gwadloup pou l transkri pawòl kreyòl ayi­syen, menmsi se pawòl kont, epi tradui pawòl sa yo an franse, se on demach m pa konprann. Pou byen di nou, m konprann demach la, men m pa admèt li. Sa m konprann lan, se menm lide eritaj la k ap boule toujou. Nan liv save yo, n ap wè yo di ‘Les parlers franco-créoles’, ‘Les Créoles français’, n ap wè yo di tou ‘Les créoles à base lexicale fran­çai­se’. Menmsi dènye tit la parèt on ti jan pi kòrèk, nan tèt pifò moun, depi ou di menm baz leksik ou vle di menm lang, konmkwa chak gwoup pa ta ka pran menm mo a, pwononse l jan yo vle, chaje l ak sans yo pi pito, san nou pa menm pale de vire tounen ki genyen nan domèn gramè…

Nou pran nan on sitiyasyon kote zòt deside kreyòl nou an pa gen pèsonalite, kote l deleye nan on sòs franse an­sanm ak on ekip lòt lang kreyòl. Jodi a nou oblije mande tèt nou ki moun nou ye. Repons lan pa senp: sa nou ye, se pa kole-pyese ansanm tout ti moso eritaj nou genyen yo, se rezilta on operasyon konplike antre/soti, aksepte/refize, peze, triye, vannen, rekòmanse …

Fason lang nou an kòlta ak reyalite ki vin jwenn li soti nan lòt lang, fason lòt lang oblije boule ak reyalite lang nou an pote ba yo, se on repons klè pou medizan-malpalan ki toujou pare pou lonje dwèt sou kreyòl yo konsidere kòm lang katalye…

Se fason nou va chwazi pou nou bay temwayaj sa lang nou ye ki pral fè zòt konnen ki jan de moun nou ye.

Mèsi!