On politik memwa (DPGP 1, pp. 25-27)

 

Jedi 27 Janvye 2005, radyo, jounal, televizyon, entènèt te manche klewon yo pou fè lemonn antye chonje dat sa a te fè 60 lane depi sòlda lame wouj, lame sovyetik la, te antre nan kan Ochwits [Auschwitz] kote yo te jwenn nan zòn 7 mil restan-lanmò, kretyen-vivan zo-mangay ki te rive twon­pe lanmò. (Kan sa a, kote plis pase yon milyon moun te pè­di lavi yo, epòk dezyèm gè mon­dyal la, se te youn nan 6 kan-izin lanmò mesye Nazi yo te tabli pou elimine Jwif ak lòt moun yo te twouve ki pa te dwe egziste.)

Nan tout seremoni ki te fèt jou 27 Janvye a, gen on pawòl enpòtan ki te pale: Fò nou tout fè on jan pou sa k te pase an 1940-1945 lan pa janm rive ankò. Men, ki jan nou pral fè sa? Ki mwayen nou genyen pou sa? Gen moun ki di se pou Nasyonzini veyatif, epi tou se pou l pare pou l kwape ra­yis­man sou nenpòt ki fòm li ta parèt. Se pou gouvènman tout nasyon sou latè mete tèt yo ansanm pou yo defann dwa tout moun san paspouki, san jeretyen. Kidonk, fò nou tout, sitwayen latè, kretyen-vivan, nou egzije gouvènman nou yo pou yo suiv prensip sa a. Fò tou nou sispann di: “Ki mele m? Sa pa gade m!” Nou gen devwa pou nou ouvè je nou avèk zòrèy nou pou nou suiv sa k ap pase. Nou gen devwa pou nou fouye chache, pou nou aprann, pou nou chache konprann. Nou gen devwa pou nou chonje. Se pi gwo devwa nou: CHONJE.

Apre 1940-1945, gen kantite lòt zak san-manman ki fèt, menmsi òganizasyon entènasyonal yo pa mete yo nan menm nivo ak sa Nazi yo te fè Jwif yo: Kanbòdj [Cambod­ge] (1975), anba rejim kominis Pòl Pòt [Pol Pot] la, plis pase 2 milyon moun pèdi lavi yo; Gwatemala [Guatemala] (1982), avèk sipò militè peyi ki deklare lagè kont sistèm kominis, gouvènman an masakre on kantite vilaj Endyen Maya yo—paske yo te akize yo konmkwa yo ta sipòtè geriya ko­mi­nis; Wannda [Rwanda] (1994), le 6 avril, ak kout zam, bandi desann avyon ki te gen prezidan an ladan l: patizan prezidan an, Outou yo, masakre depi se Toutsi yo ka jwenn—nan zòn yon milyon Toutsi tonbe; Boznya [Bosnia-Herzegovina] (1995), plis pase 200 mil Mizilman pèdi lavi yo—nan operasyon “detwi move plan” pou yo pa gate ras.

Egzanp sa yo moutre nou tantasyon pou sila yo ki gen fòs, sila yo ki gen pouvwa, sila yo ki gen zam, sila yo ki gen mwayen pou bouche je moun ki ta dwe konsène, sila yo ki konnen yo gen asirans zòt, zanmi yo, ki pral kase fèy kouvri sa pou yo ak tout kalite eskiz mawon, tantasyon pou tout ekip moun sa yo pase dwa lòt anba pye, elimine moun yo santi ki deranje yo osnon yo pa vle wè devan je yo, tan­ta­syon sa a li toujou la.

Èske nou santi sa konsène nou? Èske nou santi pawòl k ap pale la a se pawòl pa nou tou, nou menm Ayisyen? Kèl­keswa repons chak moun ap bay, mwen menm, m vle di wi, byen fò: tout pawòl sa yo se pawòl pa nou tou. Nou menm Ayisyen, nou gen anpil pou nou chonje kòm pèp. E se pa chonje pou chonje: se lè nou pase bay ti jèn nou yo espe­ryans nou fè ak leson nou aprann, n ap kapab kreye on me­mwa pèp. Nou pa p kapab bati lavni, si nou pa chonje pase nou: n ap toujou rete nan moman prezan, san koneksyon avèk yè, san rèv pou demen.

Gen on kesyon ki merite poze: Ki sa n ap mete nan me­mwa pèp sa a? Ki politik memwa n ap rekonèt? Nou chak, nou gen esperyans pèsonèl pa nou: nou chonje sa nou viv, e nou chonje sa nou vle tou. Esperyans pèsonèl enpòtan pou chak moun: se sa ki fòme nou, se sa ki fè karaktè nou; se dèyè yo n al kache lè nou pè; se yo menm nou mete devan lè kè nou kontan. Men nou chak, nou gen esperyans gwoup tou, selon zòn nou soti, selon epòk nou fèt. Se esperyans gwoup nou chak ki pral sèvi fondasyon memwa gwoup nou. Se esperyans tout gwoup ansanm ki pral sèvi baz pou on memwa pèp. Gen ti gwoup, gen gwo gwoup. Gen gwoup katye, gen gwoup bouk osnon gwoup vil. Memwa ti gwoup al pataje ak gwo gwoup. Chak ti gwoup debouche sou on gwo gwoup. Bouch an bouch, youn di lòt. Manman ak papa pase pawòl la bay pitit. Mèt ak Matmwazèl lekòl pase pawòl la bay elèv. Jounalis pase pawòl la bay piblik la. Istoryen make pawòl la nan fèy papye listwa. Pou me­mwa. Pou listwa.

Chak sitwayen anndan on gwoup gen reskonsablite pou l chonje. Se konsa memwa gwoup la ap ka rete vivan. Pyès moun pa ka chonje pou on lòt, se chak moun ki pou chonje pou tèt li. On moun ka ede on lòt chonje. Ou kapab mande on moun pou l fè ou chonje on bagay pi devan, men pa gen pyès moun ki kapab chonje pou ou. Se devwa nou chak pou nou chonje.

Gen on sanba ki di: “Yo bwè nanm yo nan on ti vè kle­ren. Yo bliye lavi. Tou sa se lavi.” M swete se pa avèk nou l ap pale. On moun ta gendwa pran on ti vè pou l pase on kalkil, men koze bwè pou bliye, se on lòt kesyon. Nou pa gen dwa bliye!

Nou pa gen dwa bliye masak Ayisyen an Dominikani an 1937. Nou pa gen dwa bliye Vèp Jeremi, 1964. Nou pa gen dwa bliye 28 Novanm 1980. Nou pa gen dwa bliye Riyèl Vayan, 29 Novanm 1987. Nou pa gen dwa bliye 30 Sektanm 1991. Nou pa gen dwa bliye Gasnè Remon [Gasner Raymond] ak Jan Dominik [Jean Dominique]. Nou pa gen dwa bliye siklòn Azèl ak David. Nou pa gen dwa bliye…

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>