Mande … an franse (DPGP 1, pp. 220-222)

   Malgre nou pati kite lakay, gen de pawòl, ki ta plis fè sans lakay, ki pa janm kite nou. Se vre tou, pou anpil nan nou, se kò nou sèlman ki bò isit, tout rès nou menm rete la­kay. Kidonk, menm lè kò a pa ta nan fè antre soti lakay, nou toujou gen on pawòl ak lakay, paske nou gen trimès ak lakay, trimès ak fanmi nou kite dèyè. Semenn pase anwo, gen on pawòl Ayisyen ak Ayisyen ki pran woulib sou zèl on ti rize van pou l vin antre nan de tande zòrèy mwen. Si m pran libète pou m di nou pawòl sa a, se paske li pa gen vin fè esplikasyon dèyè l. (M pa janm tande yo di moun konn fè tèt yo esplikasyon!)

   “Se tout lajounen pou ou ta jwenn on kòb pou ou ap voye bay moun yo. Konmkwa se on pye lajan ou genyen, ou ta nèk souke l… Paske kon yo mande ou on bagay, se pou ou te gen tan voye l ba yo. Epi yo pa janm satisfè. Ou dwe yo sa. Pou yo menm, se nan byen san swe nou ye bò isit la. Yo panse afè ou bon, epi, adye frè, se dekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen Pòl, pran kout ponya, mete sa ou genyen lekòl, menm mande an franse tou dèfwa … Kidonk menm vye mouvman nou te toujou konn ap fè lakay yo. Se bon Bon­dye sèl ki pou di on pawòl pou nou!”

   Avrèdi, m pa sezi tande jan de pawòl konsa, paske se nou tout ki ladan. Se ta ipokrit si m ta di m pa konprann. Se bon pawòl Ayisyen, nan bon ti mamit. Sa k fè m sezi, se paske sa pa t janm vin nan tèt mwen on Ayisyen ta ka ap “mande an franse” menm nan peyi Blan meriken an. Pou mwen menm, poblèm mande an franse nou se on poblèm lakay. Pawòl sa a vin oblije m gade rapò nou menm Ayisyen ak lang franse ak on je fouyapòt.

   M pa kwè pyès moun ap sezi, si m di se on rapò ki pa senp, pou m pa di li konplike; li gendwa menm parèt ko­mik, kèk fwa. Ou konn ap pale ak on moun byen pwòp, an kreyòl, epi, konsa, san­zatann, langaj la chanje, l ap vide franse sou ou konmkwa se lwa franse l ki te monte l, tan­kou m ta di nou se on fòs envizib ki anpare bonnanj moun lan… Li chanje koze a sou ou, li kou­man­se ap pale on jan dwòl: kondi timoun bò lakay te konn di, li pase on vitès sou ou, on vitès si­pe­ryè. Pa al chache twò gwo rezon twò lwen: ou pa p jwenn! Gendwa se on bèl ti gengenn li wè k ap pa­se, osnon li vle montre ou kareman li siperyè ou, pou l ka fèmen bouch ou… paske li sis­pèk ou pa ka tcheke nan lang Blan an.

   Men lè m chonje depi nou piti n ap di: “Pale franse pa di lespri”, m pi pa konprann toujou. Nou se on pèp moun pa ka konprann: lè se lòt moun k ap pale franse, yo pa enteli­jan, men lè nou menm nou bezwen montre nou gen lespri, se franse nou soti pou nou pale; lè n ap pran pòz man­de an gran nèg nou, kidonk montre nou gen lespri pase lòt moun k ap mande yo, nou deklare se an franse n ap mande. Nou gen tou nan manch. Nou di. Nou dedi. Nou vle l, nou pa vle l.

   Lè m fè on ti ankèt, mande moun sa yo panse “mande an franse” vle di, yo ban m egzanp ak tout esplikasyon ki ta mon­tre konmkwa demach mande an franse se ta demach moun ki “enteli­jan”, moun ki “mande an daki”, an gran nèg, an senèryen, “an parabòl”, moun ki “mètdam” tou. Tan­kou gen de moun ki gendwa grangou, men lè on lòt moun ap manje bò kote yo, yo konn pran pòz yo pa sou sa, on jan pou yo pa kite moun lan konnen si yo grangou,: “M ap jis pran de kiyè, men se pa grangou m grangou…” Se on taktik ki klè. Gen egzanp tou on moun ki gendwa parèt sou ou, epi li mande ou si ou gen kòb sou ou, li bezwen senk dola pou l konplete on kòb: se pa on moun ki nan bezwen, li jis bezwen fè on kòb rive.

   Gen mande ak mande. Mande an franse se mande nan on lang tout moun pa konprann, on lang se moun ki “enteli­jan” sèlman ki ka konprann li. Lè ou ap mande on jan tout moun ka konprann se mande ou ap mande, ou pa p mande an franse, ou jis ap mande… On pòv ki chita devan Kate­dral ak kwi li nan men l, tout moun wè se mande l ap man­de. Li pa menm oblije ap lonje kwi a ba ou, ni li pa menm bezwen ap di “Charite pòv pou lamou de Dye” osnon “Fè m on ti charit”. Moun k ap “voye bòl ble yo devan pòt moun” se mande y ap mande tou.

   Moun ki fè karyè mande oblije konn ki jan pou yo mande an franse. Tèt yo oblije toujou ap tra­vay sou pwochen man­ti yo pral bay, pwochen kout gidon yo pral fè, epi tou ki moun yo pral frape bank li. Mande an franse gen bon ko­te li, nan sans fò on moun maton pou l rive konprann se man­de Frewo ap mande lè l frape bank li. Men meday man­de an franse a gen revè li tou. Si moun ou ap mande a pa maton nan konprann pawoli moun k ap mande an franse, osnon si l vle pran pòz li pa konprann se mande ou ap man­de l, ou chire.

   Nou di “Bezwen mande!”, kidonk si ou pa mande klè, si ou nan mande an franse, se pa mande ou ap mande. Egal: ou pa bezwen.

   Dèyè pawòl “mande … an franse” sa a gen pawòl. Men kite m fini ak on kesyon jodi a: Èske prezidan yo ak minis yo konn mande an franse?

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>