Farah–Martine Lhérisson mouri anba bal ansanm ak mari l, Lavoisier Lamothe Jr, lakay yo, yon jou swa ki te sipoze yon jou swa òdinè nan istwa de moun k ap viv ansanm.

Farah te renmen lavi, fè lekòl, ekri. Nan lòd sa a. Tan li, nan dènye lane lavi l, se te pou yon lekòl li te louvri nan Delmas. Lekòl la te louvri tou piti, epi li te grandi tankou tout bagay k ap fèt ak pasyans ak detèminasyon.

Farah pa t dwe mouri jan li mouri a. Ak de ou twa bal nan tèt. Ni mari l. Ni gadyen ak sekirite ki pran bal. Pèsonn pa dwe mouri konsa.

Men vwala. Jodi a, nan peyi d Ayiti, pa gen anyen ki òdinè nan lavi nou. Pa gen anyen nou ka di n ap fè nòmalman. Nòmalite a se lanmò ki ka vin siprann ou lakay ou sou fòm dezoutwa jenn jan, dezoutwa prèske timoun ki aprann chèche lavi nan vòlè ak touye. Oswa dezoutwa jenn jan, dezoutwa prèske timoun yo peye pou touye militan politik nan tèl katye popilè, pou touye yon sitwayen, yon sitwayèn ki jennen egzekisyon yon move zaksyon.

Jodi a, nòmalite a isit se touye moun. Lavi yon moun pa vo plis pase yon tèt aransò oswa kèk biye vèt.

M ap kriye pou lanmò Farah. Se te zanmi m, elèv mwen depi nan klas twazyèm (Jodi a, anpil moun te gen tan zanmi l, ala moun gen zanmi se mò), mwen te li premye powèm li yo e mwen te ankouraje l. Mwen te fè prezantasyon liv li a : itinéraire zéro. Te gen yon tan nou te konn chita ta leswa ap ekri ansanm. Mwen te konn ap nwi l sou men n mwen te twouve gwo anpil. Te gen yon tan tou li te elèv mwen nan baton.

Mwen te konn ap pale l sou avantaj goche (li te goche) gen sou dwatye nan baton. Farah pa t sanble lanmò. Li te sanble yon moun ki gen enèji ak volonte pou viv santan.

M ap kriye sou lanmò Farah. Men kilès, jodi a, nan peyi sa a, ki pa gen yon Farah oswa yon Lavoisier pou yo kriye sou lanmò l ! E konben Farah ak Lavoisier ki mouri anba bal san sa pa fè bwi ! Paske yo pa gen non. Paske nan kote yo rete a, lanmò se on vizitè ki pase tèlman souvan li pran katye a pou li. Lè l pase pyès moun pa sezi. Ni Leta. Ni fanmi viktim yo.

Isi a se toulejou moun ap mouri kou chen. Lè sa rive yon moun nou konnen, nou di « wi fout », men bagay la ap rive sou nou. Anpil fwa, nan listwa moun koumanse kriye, konprann, di ase lò li prèske twò ta. Plis nou neglije mande jistis pou tout moun yo asasinen, plis y ap asasinen moun.

M di Leta. M ap konprann si yon moun mande m de ki sa m ap pale la a. Jodi a, Leta se yon mo lè li soti nan bouch nou, se tankou n ap pale sou yon bagay ki pa egziste. Antouka ki pa egziste pou fè sa nou peye l pou li fè. Jwenn repons sosyal, politik, jidisyè pou rezoud pwoblèm kriminalite a. Bay popilasyon an sèvis piblik li dwe ba li. Leta jodi a se pouvwa pou pouvwa. Pran pouvwa pou kenbe pouvwa.

Nan memwa Farah, kriye pa chanje lemonn. M revandike dwa pou m an kòlè kont yon sosyete ki kale bèt si tèlman li kale, rekale enjistis, si tèlman li enkapab fè tout sitwayen anvi viv ansanm vre. M revandike dwa pou m an kòlè kont tout pouvwa ki pa fè travay yo kòm sa dwa. Nan memwa Farak ak si tèlman kadav k ap tann jistis.

Lyonel Trouillot

17 Jen 2020.

Tèks sa a nan sit entènèt Radio Kiskeya: www.radiokiskeya.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>