POLITIK LA, SA LI YE? Roger Dorsainvil/Woje Dòsenvil

Sipoze 10 zòm rive yon kote yo bije viv ansanm… Dizon se nan yon bato yo ye, bato a koule, pa gen remèd, se la pou yo rete.

Osnon, dizon se yon gwoup moun, mil, di mil petèt, mete l plis si nou vle, ki nan yon sikonstans fòk yo ranje tèt yo pou viv, fòk yo òganize.

Ranje istwa a pi byen ankò si nou vle, di se san senkant mil moun ki sot goumen ak ansyen mèt yo, ak kolon franse ou angle ou ameriken. Sa rive Vyetnàm lòt jou, sa te rive Aljeri, sa te rive Ameriken yo tou. Yo te bije kraze dyol blan angle,  met blan angle deyò. E natirèlman, sa te rive nou tou, tout Ayisyen konnen ki jan. M pa bezwen pale de sa.

Konprann byen: yon gwoup moun ki te rasanble yon jan yon mannyè, yo te gen chèf, yo te gen mèt, men sikonstans lan vin chanje, alò fòk yo viv, fòk yo viv ansanm, fòk yo òganize tèt yo.

Pran pi piti gwoup la, 10 zòm ki nofraje yo. Yo gen pou òganize, pou yo di: Jan, fè kuizin. Jak, al lachas. Anatòl, bati kay. Simon, manyen wou ak pikwa. Kon sa, chak moun gen yon bagay pou l fè pou tout moun.

Sa vle di yo fè yon regleman travay, yon òganizasyon ti sosyete a. Si youn pa kontan, li di se pa djòb li sa, yo tout chita diskite. Si youn twò parese, yo mete ansanm, yo diskite, yo mete l nan yon lòt djòb. Anfen, òganizasyon an mande yon administrasyon, sa vle di yon jan pou fè sosyete a mache.

Men si se di mil moun, sa pa sifi; ven mil moun sa pa sifi. Dabò, fòk yo fè anpil ti sosyete dapre metye yo, dapre djòb yo, pou yo rive nan yon òganizasyon pi laj. E lè ou rive nan gran òganizasyon pi laj la, sa pran yon lòt fòm touswit paske fò ou gen yon gwoup moun djòb yo se siveye tou sa, se ranje tou sa, tout ti sosyete, tout ti gwoup yo, pou lwile yo, ajiste yo byen pou youn pa jennen lòt. Gwoup moun sa yo, prensipal travay yo se pa klou ak mato ankò, ni wou ni pikwa, yo pa nan lachas ankò. Metye yo se fè lwa, fè regleman, fè moun suiv lwa yo, mete lòd tou patou.

Finalman, moun ki alatèt yo fòmen yon espès gran biwo, chak moun, chak gwoup nan biwo sa a gen konesans li, djob li, travay li, e tanzantan yo met ansanm pou wè kouman sa ap mache. Gran biwo sa a, se sa nou rele leta.

Leta a la pou fè pwogram, pou l fè yon sosyete mache. E ou tou konprann, si tout bagay te fèt nan lòd, se pèp la ki pou ta di: Jan bon nan kuizin, mete l nan leta a pou fè regleman kuizin, met Jak pou kontwole lachas, chak òm nan plas li, e jou yo pa fè travay la byen ankò, jou yo gate, fòk pèp la ta kab revoke yo.

Alèkile, koute m byen. Tou sa nou sot di la a, li gen yon non: li rele politik. Politik vle di etidye, diskite, ranje, jwenn ki pi bon jan, pi bon mannyè pou fè yon sosyete, yon peyi mache.

Men, koumaba, se la nou pèdi a! Mesye anwo yo, mesye nan leta yo, jan yo kontan yo pa gen pou yo travay ankò, yo di fout yo pa p janm pèdi l, yo kòmanse ranmase, yo kòmanse vòlè, yo kòmanse fè piti yo abi, yo louvri prizon yo mete moun ki pa dakò avèk yo, yo antere nèg nan kacho, anvan anyen se baton, se fiziye. Konsa, mo politik la tounen yon madichon paske li pran yon lòt sans: li pa vle di ankò “etidye, kalkile, travay pou fè peyi a mache”, men li vle di ‘kenbe pa lage, baton nan zo koupyon ou”.

Nimewo espesyal: Sa yo rele politik?                                                                               SÈL Jounal ayisyen aletranje, nimewo 14, mas 1974

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>