RESPÈ NAN LANG NOU / RESPÈ POU DEMOKRASI (Dezyèm Pati) Rozevel Jean-Baptiste/Wozvèl Janbatis

Respè nan lang nou / Respè pou demokrasi

(Dezyèm Pati)

Si nou wè on moun, nou pa konn ki sa l ye, nou pa wè senbòl pouvwa sou li, tandans nou se pale avè l nenpòt ki jan, manke l dega

Nan seri kozman sa a, m pati ak lide konmkwa lang on pèp pale se repozwa leve-jwenn pèp sa a, se temwen tou sa ki pase nan lavi pèp sa a, se memwa istwa pèp sa a. Kidonk si nou devlope on sistèm kòdyòm pou n fouye chache nan lang lan, gen kèk sekrè nou ka rive dekouvri sou lavi pèp la.

M te di gen 2 gwo domèn nou ka tabli travay fouye chache sa a: domèn pwovèb yo ak domèn lapawoli yo.

On pwovèb bay on ti ranmase esperyans on pèp sou fòm on leson: sa pou nou (pa) fè; sa k (pa) dwe fèt; jan sa fèt pou/pa dwe fèt.

On  lapawoli se on ti ranmase de twa mo ki pa gen on sans ki chita nan mo yo menm (tankou nan ka pwovèb yo): sans lan deyò nan esperyans lavi pèp la, nan fonksyònman moun yo youn ak lòt, kòm on gwoup.

Lè nou analize on lapawoli, nou di li bay lide tèl bagay. Se konsa nou te gade on seri lapawoli ki bay lide afè pa bon; nou te gade kèk lòt ki bay lide maltrete moun. Men lapawoli ki te sèvi nannan koze a, se lapawoli ki bay lide respè. Nou te sèvi ak egzanp Gwo Moso pou n analize ki jan lide respè a mache.

Lè n poze kesyon ki sa ki kapab fè on moun pa respekte on lòt, nou wè mo kle a se pouvwa: si nou wè on moun, nou pa konn ki sa l ye, nou pa wè senbòl pouvwa sou li, tandans nou se pale avè l nenpòt ki jan, manke l dega pou twa mil pyas. Kidonk, nou gen tandans respekte moun ki sanble yo gen pouvwa—tankou pouvwa chèf (ak inifòm, zam, plak machin ofisyèl kòm prèv), pouvwa lajan (moun ki gwo kay, k ap kouri gwo machin, ki gen bagay chè sou yo, ki ka depanse granjanman), pouvwa legliz (pè/mè ak soutàn)… (Konsa tou, piske se senbòl yo ki enpòtan, nenpòt ki moun kapab, si l rive met men li sou kèk senbòl, pran pòz otorite l!)

Nan finisman premye pati a, m te di: “Nan Gwo Moso, se istwa nou kòm pèp k ap pase devan je nou tankou on fim sinema. On istwa moun pa respekte moun. On istwa youn aprann pa respekte lòt depinou ti kat-kat.

Kidonk, si se konsa kesyon an ye, nou gen obligasyon pou n ale pi lwen toujou, pou nou depase refleksyon sou Gwo Moso a, pou nou chache lòt egzanp lide respè nan tout aktivite lavi nou kòm pèp.

Jan youn trete lòt ta ka esplike on fason byen senp ak desen on meday: youn nan fas yo ta make respè, lòt la ta make mank dega.

Men nou pa p kite Maurice Sixto pou sa: tankou li di nan koumansman istwa l yo, sa l prezante a se bagay li tande, moun li tande, li vin kase ti moso avèk nou.  Kidonk, Sixto prezante tèt li tankou on temwen, men se on temwen ki gen kapasite pou l pataje enfòmasyon li ranmase avèk nou. E nou kapab konstate jan Sixto, menm jan ak on moun k ap fè on travay rechèch serye, pran san li pou l bay enfò­ma­syon li pote ban nou an on fòm ki prezantab: li mennen nou nan lye kote aksyon an te fèt la (Channmas, Dèyè do Desalin, Sodo, Bò Seminè, anwo Boudon, …), li ban nou katdidantite moun li prezante ban nou yo (Mèt Akola; on pwofesè zanmi li; Loktama Konpè, on nonm ki te nan tout kafe Pòtoprens; Madan Senvilis, on moun li konnen, yon fanm Dendri; …). Kidonk nou kapab sèvi ak materyo Sixto yo kòm on baz pou n reflechi nan travay chache konprann ki moun nou ye.

Siksto toujou endike nou ki moral, ki leson ki genyen nan chak istwa l yo— kidonk ki sa li ta vle nou plis chonje nan istwa a. Men an menm tan tou, nou kapab analize konpòtman chak pèsonaj enpòtan nan nenpòt nan pyès yo sou baz lide respè, on lide m ta renmen konsidere kòm on pwen esansyèl nan relasyon nou youn ak lòt. An nou gade kèk egzanp ansanm.

Mèt Zabèlbòk Bèrachat pa respekte tèt li: se on nonm yo marye fèt-e-founi, ki pa p chache travay pou l fè, e ki vin lage kò li sou kont 2 malerèz fanm…

Jil pa respekte tèt li: l al foure je l nan tou ap gade Dèdèt, ti fiyèl madanm li, on ti gengenn 19 an, k ap benyen—alòske Jil pa ka renmèt anyen nan gad la, Madan Jil nan soufrans…

Fifin pa respekte tèt li: l aksepte al desann kay Loktama Konpè lè l al nan fèt Sodo, manje bwè ak msye, epi lè Loktama konprann pou l ta pwoche kote l, li di msye li an ve…

Lè nou gade tou le 3 ka sa yo (Zabèlbòk, Jil, Fifin), nou wè gen 2 aksyon ki pase: chak moun sa yo te aji on jan ki moutre yo pa respekte tèt yo, epi sa vin fè on lòt moun vin ap manke yo dega pou rezon sa a. Se tankou chak moun ta gen on chenn nan kou li ak on meday, youn nan fas yo ta ekri respè, lòt fas la ta ekri mank-dega. Se swa on fas osnon lòt la: lè w pa fè respè w, se bò mank-dega a ki parèt deyò,  kidonk, ou ta bay moun dwa, ou ta envite moun vin manke w dega; lè w fè respè w, se bò respè a ki parèt deyò, kidonk, ou pa ta bay moun okazyon, moun pa ta gen dwa pou yo manke w dega.

 Men nou konnen se pa konsa sa pase: gen moun ki pa fè anyen pou bay on lòt dwa vin manke l dega, epi yo jwenn mwayen yo manke l dega kanmenm. Nan ka sa a, sa pa gen anyen pou l fè avèk moun yo manke dega a: se moun ki manke l dega a ki pwoblèm lan, se sistèm moun lan chita sou li pou manke lòt moun dega a ki lakòz—on sistèm ki di: si on moun gade w, li wè w pa gen valè, dapre senbòl pouvwa nou rekonèt nan sosyete nou an, li gendwa chwazi pou li manke w dega. Kesyon chwazi a enpòtan: si ou gendwa chwazi, sa vle di ou pa oblije—sa depan ki jan moun sa a ap demele sèvèl tèt li anba prejije leve-jwenn mete nan tèt li.

Lè nou pran ka minis Edikasyon Nasyonal la, nan istwa Lea Kokoye a, nou wè se on nonm k ap boule dapre sistèm prejije sa a.  Lea, granmesi Derilis, okton minis lan, jwenn on randevou pou l al prezante devan minis lan pou l al chache on travay. Diplòm li anba bra l, l ap mache sou minis lan. Men jan minis lan akeyi l, se kont pou l ta al lage tèt li lanmè. Apre Lea fin ale, minis lan pran abò Derilis, fè l konnen pou l pa mennen de moun ki “santi ravèt, … santi vetivè…” vin kote l nan ministè a. Li pa gen pou l chita tande pwoblèm moun sa yo paske li gen afè pa li pou l regle—tankou etidye toutlasentjounen 27 pòz nan liv pòno a.

Minis lan pa respekte moun tankou Lea yo, ki pa byen abiye, ki pa gen zong ni bouch woze, ki pa reprezante senbòl/modèl fi li ta ka tcheke yo.  Minis lan pa respekte tèt li non plis; li pa respekte Leta; li pa respekte pozisyon l kòm fonksyonè Leta: se on nonm ki minis pou l mete lajan sou lajan l, ki pa p fè travay Leta a, epi k ap gaspiye byen Leta (nan mete fanm sou pewòl san yo pa konn jebede; nan bay fich gaz tribò-babò).

Ak konpòtman minis lan, nou rive nan dènye degre respè/mank-dega a, paske la a, se pa on moun ki manke on lòt moun dega: se on reprezantan Leta ki manke on sitwayen dega. Se on kesyon (en)jistis sosyal.

Zabèlbòk pa respekte tèt li, Sandrin ka kanpe nan figi l pou l manke l dega. Men lè minis lan fè derespektan ak Lea, Derilis pa ka kanpe nan figi minis lan pou l manke l dega: minis lan se Leta. Tou sa Derilis ka fè, se babye dèyè do minis lan—e sa a pa gen moun ki ka anpeche l fè l: “Moun yo pa t fè lendepandans ban nou pou koze a pati konsa. Li pa bon. […] Menm vye koze yo. […] Se on lavanj jilèt wi n ap gen pou nou pran. […] Se va chape kò, sa k a gen tan wi!

Non, pa gen okenn moun ki ka kanpe fas pou fas ak minis lan, an prive, pou di l koze konsa. Lè on fonksyonnè Leta fè zak derespektan, zak malonèt, se nan lari yo mete w, paske se pa on koze prive: se on koze piblik, koze tout moun. Yo fè chante sou ou, yo foure tout fanmi w ladan, yo pase sou tout konpayèl ou, tout asosye w. Kèk egzanp: ‘Fanm a linèt la pran peyi a.’ ‘Ke makak la kase.’ ‘Manman pou l la…’ ‘Twou yo nan lari a…’ ‘Gran manjè.’ ‘Chimè.’ ‘Mildwèt.’

E se la kesyon jistis sosyal la ye: nou pa ka di si minis la manke Lea Kokoye dega, se Lea ki chache l. Minis la, kòm on moun ki reprezante Leta, egzèse awogans, mechanste mouche Leta.

Lè on moun pa respekte tèt ou, ou pèmèt yo manke w dega, manke fanmi w dega, manke katye w dega, manke bouk/vil ou dega, manke nenpòt ki gwoup ou fè pati dega—manke peyi w dega.