RESPÈ NAN LANG NOU / RESPÈ POU DEMOKRASI (Premye Pati) Rozevel Jean-Baptiste/Wozvèl Janbatis
Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

Nan 6 dènye mwa ki sot pase yo—e m ta gen dwa tounen pi lwen dèyè toujou—, li ta difisil anpil pou on moun k ap suiv sa k ap di sou radyo isit, nan zòn Nouyòk la (m vle di radyo ki fè pwogram ayisyen, radyo k ap pale kreyòl), pa ta tande gwo de­ba alevini sou Bisantnè Endepandans Ayiti: Èske w an favè fete fèt la? Osnon, ès­ke w pa an favè? Èske w se Lavalas? Osnon, èske w se Konvèjans? Deba, poze ke­syon, pran pozisyon, tou sa ta dwe on bagay ki nòmal. Pa ta menm dwe gen pale sou sa. (Sa pa vle di on moun pa ta gen dwa pou l mande si se konsa pou kesyon yo ta poze.) Men lè w pran san w pou w koute, koute pou w analize, koute pou w kon­prann, ou santi gen on bagay ki pa nòmal.Sa k pa nòmal la, se fason deba yo fèt, se fa­son chak moun fè konnen pozisyon pa li: se tankou, se pa pozisyon an favè on moun ap defann, men se pozisyon kont l ap atake. Kidonk, se pawoli ki sèvi pou pre­zan­te/apiye pozisyon yo—m ta dwe di pou kraze/atake pozisyon lòt moun—ki ra­le deba yo desann: tout moun nou pa dakò avèk yo, nou ba yo tout non, nou pa tre­te yo ak respè.

Sou woulib okazyon 200 lane peyi nou an, on jan pou nou gade devan, seye klere chi­men kote nou vle ale, m ta renmen pou nou koumanse reflechi sou kesyon respè nou ta dwe genyen youn pou lòt, reflechi sou ki jan fason nou montre respè youn pou lòt aji sou jefò n ap fè pou n fonksyone lakay nou sou baz on sistèm demokra­si—on sistèm respè pou lòt moun, kèlkelanswa moun lan; on sistèm respè pou so­sye­te nou an avèk tou sa li gen ladan l kòm prensip: prensip lafanmi, prensip legliz, pren­sip leta; on sistèm kote leta respekte tèt li epi respekte moun; on sistèm kote leta pran reskonsablite l pou l pèmèt tout sektè nan sosyete a fonksyone nan pren­sip respè youn pou lòt.

Travay refleksyon sa a, m ap tabli l sou fondasyon, sou baz lang nou tout nou pale a.

Youn nan jan nou ka gade on lang, se tankou repozwa leve-jwenn on pèp. Se on bèl imaj, nan sans sa montre on rapò mistik, on rapò sakre ant lang lan ak leve-jwenn lan. Men sa pa on imaj ki fin tonbe daplon. On repozwa se pa on bagay ki an mouvman: li plake la on sèl kote pou tout moun vin adore. Rapò lang ak leve-jwenn pa senp konsa: 1) Lang se on pati nan leve-jwenn, on gwo pyès enpòtan nan leve-jwenn lan; 2) Lang pèmèt nou pale de leve-jwenn lan, de tout pati leve-jwenn lan, menm de lang lan tou li menm; 3) Lang ak leve-jwenn gen on rapò ale-vini, youn aji sou lòt, tout tan, san rete.

Ki donk, lè n ap gade on sosyete, nan nenpòt ki moman, gen kesyon n ap poze tèt nou sou sosyete a, lang lan, si n konprann ki jan pou n fouye l, poze l kesyon, ka­pab ede n reponn yo.

Gen 2 gwo domèn nou ka fouye pou n reponn kesyon sou pwoblèm nou jwenn nan on sosyete: youn se domèn pwovèb yo, lòt la se domèn lapawoli yo. On pwovèb se on leson—ki di sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt—dapre esperyans ki fèt nan leve-jwenn lan. Lè on moun di: “Chen di gade pa twòp!”, leson l vle bay, vle fè chonje, se esperyans lè on chen kanpe ap gade, gen espwa, depi moun l ap gade a poko fin manje, li ka jwenn on grabday. Se sa leve-jwenn nou ban nou, e se sa lè n ap grandi nou kwè. Se sa k fè yo gade pwovèb yo tankou pawòl granmoun: on pawòl esperyans, on pawòl sajès, on pawòl ki gen on ti limyè laverite. Pa bliye: “Bouch granmoun santi, men pawòl nan bouch li pa santi.”

On lapawoli, se on lòt bagay nèt: li pa menm ditou ak on pwovèb. Mo a li menm, pou deja, nou pa abitye avèk li: mwen chwazi li pou ta bay lide sa n aprann yo rele nan yon lòt lang “espresyon idyomatik”, on ti ranmase de twa mo ki pa gen on sans ki chita nan mo yo menm: sans lan deyò, nan esperyans nou, nan fonksyònman nou youn ak lòt kòm on gwoup. On moun gendwa nan sitwon, on lòt gendwa ap suiv po kann, on lòt ankò gendwa se chen k ap tranpe kasav pou li, on lòt ankò gendwa nan di, nan pa bon. Tout lapawoli sa yo ranmase lide afè pa bon. On moun gen dwa ap on lòt moute lesyèl pa do, fè l pase nan je zegwi, fè l pase sa Lekris pa pase—nou wè tou sa se lide maltrete moun, e m sèten n ap jwenn anpil lòt lapawoli ankò ki al nan menm sans sa a.

Pou nou antre nan koze respè a, m chwazi Gwo Moso, wi Gwo Moso nou konnen an, pyès Moris Siksto a. Gwo Moso, aktè prensipal la, se tankou on moun n ap viv avè l depi tout tan, men nou pa janm remake sa. Tèlman konpòtman Gwo Moso a se on konpòtman ki nòmal pou nou. Gwo Moso se fanmi nou, se zanmi nou, se vwazen nou. Gwo Moso se nou. An n pran san n koute Gwo Moso tankou si se te premye fwa nou t ap koute l, tankou si nou poko konnen l ditou. N a sezi sa n a tande. N a sezi sa n a konprann.

Premye konesans nou fè ak Gwo Moso, nou pa menm wè l: se on gagann nou tan­de, tankou w ta di se on radyo ki louvri dènye volim. On nonm k ap chante non van­yan l.

“Ou wè mwen menm, m ap di nou on bagay, mwen menm nou wè la a, m pa moun ki fèt konsa konsa non. Jou m fèt, papa m foure on zepeng annò nan bra gòch mwen, on zepeng annò nan bra dwat mwen. Li ban m yon pwen bourik.”

Depi an lagan, Gwo Moso fè n konnen li pa on moun ki sennesòv. Se on nonm ki gen on pouvwa mistik. Siperyorite sa a li genyen sou baz mistik la, se sa k ta dwe fè w respekte l. Se dwe sa k fè li pa respekte pè-pap. Se sa ki sanble ba l dwa fè on pa­kèt aksyon, fè kèk gwo zak aksyonè. E Gwo Moso konnen, lè w gen pouvwa, fòk ou fè moun konnen ou gen pouvwa a. Lè w fin fè on aksyon, fòk ou fè moun konnen ou sot fè l. (Yo di Desalin te di: “Apre sa m sot fè lannsid la, si sitwayen yo pa leve kanpe, pran lari, se paske yo pa gen kran.”) Kidonk, Gwo Moso achte Chann­mas lajan kontan pou fè reklam vanyan gason l. E Gwo Moso konnen nou renmen bèl mèvèy. Gwo Moso konnen nou renmen (wè) moun ki gen pouvwa pas­ke nou renmen pouvwa.

Gwo Moso rakonte n sa k te pase l on lavèy Nwèl ak on ti kaporal nan ti pòs (polis) Bèlè a, ki te pèdi wòl li osnon ki t ap egzèse dwa chèf li:

— “Ala fen, nonm sa a fen, kote w prale?”

— “Ou pa ka mande m de bagay konsa, m pa timoun. Kouman w fè pou ou rete m nan lari pou ou mande m kote m prale?”

— “O! O! M pa t konnen ou te gen tou sa sou ou non.”

— “Se paske ou pa chache konn ki moun k ap pase pou ou pale avèk li. Se Gwo Moso wi, k ap pase la a.”

Lè pouvwa kontre ak pouvwa, se mal sele ki foule. Pouvwa mistik kont pouvwa chèf: Gwo Moso pot laviktwa sou ti jandam lan. Gwo Moso se on Lwijanboje!

Gwo Moso pa janm bese tèt devan moun. Kesyon de ti boujwa k ap vin fè frekan avè l, bliye sa: li fè yo met a jenou, mande padon, mande granmoun, mande chèf padon.

Kidonk Gwo Moso se chèf tou? Osnon l ap pran pòz chèf li?! Antouka, tout moute l ap moute pye kochon an, pa gen pyès moun ki wè l. (Ou pa konn sa m ye. Ou ka moute sou resif. Ou ka moute sou zo grann ou.)

Gwo Moso se on nonm ki tèlman makawon, menm fanm nan kay li pè l. “Afè de fam, se pa bagay m janm pran o serye. M te gen on fam, lè m antre lakay mwen, rele m rele l sèlman, li pipi sou li. Lè konsa, li ennève mwen, m pran tèt li, m frape l nan tout panno kay la.”

Kidonk Gwo Moso pa nan rans menm ak moun ki pa atake l, menm ak moun ki pi fèb pase l. Si w al pale lèd avè l, se afè k gade w. Nou chonje sa k te rive nèg k ap okipe Channmas la:  “Ou pa wè yo pa vle moun pase sou zèb la!? Kote w tande? Se pa nan zòrèy ou tande? Se anba w tande? Anvan w vin la a, fò w fè twalèt ou wi pou ou ka tande! M di “O, men se on radiyès ki mele ak on grenn pèmèt. Ke w kapab wè mwen, pou ou gade mwen, pou ou di m sa.”

Èske se on kesyon prensip pou Gwo Moso, on kesyon jan ou pale ak moun? Repons lan pa klè nan ka Gwo Moso. Men nou konnen youn nan jan w moutre ou gen respè pou on moun se nan fason ou pale avè l. Moun ki chèf, moun ki nan pozisyon sanble yo gen pwoblèm pou yo pale byen ak moun. Kaporal bò Pon Lestè a soufri menm maladi sa a tou. An n koute Gwo Moso: “M t apral Gonayiv, m t apral regle on bagay. Lè m rive bò pòs Pon Lestè a, kamyon an pran on pàn, on pàn awozin. M desann, m te gen on mango, on mango fransik; m ap kale mango m, m ap manje, bò ti pòs Pon Lestè a. Gen yon kaporal ki parèt, li di m konsa, “O! O! Sa a kite pak la pou l al manje mango ansanm avèk frè l yo, epi se devan pòt isi a l vin sal.” M di “O! O! Se konsa nou pale a moun bò isi.” Li di: “Ou pa pran nouvèl gad bò Pon Lestè?” “M di nou pa pran nouvèl Gwo Moso tou nou menm. Nou pa respekte tèt nou.” Lè m di sa a, li te gen on baton anba bra l, li rale baton an l ap antre sou mwen, m dap…

Bagay la klè: nou pa respekte moun paske yo se moun, nou respekte moun dapre sa yo ye, osnon dapre sa nou kwè yo ye. N ap boule sou enpresyon. Ki ou? Sa w te ye?

Dapre sa ti machann pistach la te di Sixto, se pa t premye fwa Gwo Moso te vin sou Channmas vin chante non vanyan l. Men sanble se te premye fwa bouch li te pral kondi l. Li pa t ap reaji, li t ap aji. Li pa t ap defann tèt li, li t ap atake. E Gwo Mo­so te konnen byen sa l t ap fè. Li te wè ti jandam lan te la, sou pòs li. Li te tande byen chak fwa timoun yo di “Ba li! Boulova!” pou fè konnen yo konprann se ak ti jan­dam lan l ap pale. Men pouvwa Gwo Moso, pouvwa mistik li, pouvwa otorite li, te twò fò sou li. Pa t gen bat ba. An nou suiv dènye deboulay la ak Sixto: “Ti jan­dam lan, Desalin pa l gen lè moute l, nan jan pa l. Li soutni revolvè a.  … Li wete kabrit ki te nan jaden l lan, epi l avanse; l ap avanse sou Gwo Moso sou ban an.

“Gade non, ak ki moun ou ye a, en?”

“Lè ou mande m ak ki moun mwen ye, paske m se on Ayisyen di peyi, m gen la­lwa djòl mwen, epi on lòt bagay ankò, m pa nenpòtreki (li soutni revolvè a)… Si w wè m ap pale, bèf pou wa, savann pou wa, fò w kwè m gen dwa pale.”

Jandam lan di:

“Ki jan yo rele w en? … Enben tande non, radiyès sa a fini tande.”

“Ki radiyès sa a?”

Radiyès pa w la, pale anpil sa a, sa fini. W arete.”

Pou ki sa m arete a?”

M pa gen sa pou m di w.  E leve vit pou ou mache, paske baton ou wè k nan men m nan, m ka pèdi l on kote nan kò w.”

“Enben sa k genyen m a mache, piske prizon pa fèt pou chen, se pou pechè d latè de bra balanse l fèt. M a mache. Sèlman l m rive, ou konprann, m byen a chèf, epi y a wè ki moun mwen ye tou.”

Fèmen dyòl ou wi, paske san sa m a fèmen l pou ou mwen menm. Ou te dwe pou ou derape deja wi!”

Ouf! Nou soti lwen. E nou lwen toujou. Pawòl anpil, machwè gonfle!, se sa pwovèb la di. Maurice Sixto pa egzajere nan kout penso Gwo Moso a: li foure men l fon nan dyakout leve-jwenn nou pou l ka moute ak de eleman konsa. Nan Gwo Moso, se istwa nou kòm pèp k ap pase devan je nou tankou on fim sinema. On istwa moun pa respekte moun. On istwa youn aprann pa respekte lòt depinou ti kat-kat. Si m gen on pouvwa, pouvwa otorite/chèf, pouvwa mistik, pouvwa lajan, pouvwa konn pale, tout lòt kalite pouvwa, m ap sèvi avè l; si m pa ta gen okenn pouvwa tou, m ap pran pòz m gen pouvwa, m ap aji tankou moun ki gen pouvwa, m ap di m genpouvwa… pou toutmoun ka tande. Afè de tout boutèy gen bouchon yo a, bliye sa. Afè de baton k bat chen nwa a, se li k toujou bat chen blan an, pa gen sa pyès. Nou mande respè, men nou pa p bay respè.