Lanati se tankou yon gwo kay tout kretyen vivan bezwen pou yo viv. Solèy, tè, lè n ap respire, larivyè, letan, lanmè, tout kalite plant ak pyebwa, tout kalite bèt ak zannimo, tout sa nou wè, tout sa nou tande, tout sa nou santi, tout resous ki anba tè, tout resous ki anba lanmè, se tout bagay sa yo ki fòme lanati. Gen anpil bagay nou pa wè paske yo tèlman piti je nou pa ka wè yo. Gen anpil  lòt bagay nou pa kapab tande paske zòrèy nou pa devlope ase pou n tande yo; men nou byen konnen yo la paske lasyans bay prèv  yo la, tout sa nan lanati a. Nou menm kòm kretyen vivan, yo di n se wa lanati. Yon wa yo pa t bay pouvwa pou krazebrize men ki te la pou òganize, pwoteje e amelyore anviwònman an.

Nou tout nou konnen, yon pye mango viv, yon pye zaboka viv, yon pye lalwa viv, yon touf gazon viv, yon pye dyondyon viv, yon koulèv viv, yon tòti viv, yon malfini viv, yon frize viv, yon zòtolan viv, yon reken viv, yon kribich viv, yon bèf viv, yon vètè viv, yon mikwòb viv, yon eskòpyon viv, yon kretyen vivan viv. Divès kalite bagay sou latè ki gen lavi ladan yo tèlman anpil (ant 13 al 14 milyon espès), espesyalis  k ap etidye yo mete yo dakò, antann yo, pou sèvi ak yon mo ki rele biyodivèsite, pou pale sou yo tout ansanm. Kit se nan radyo, nan televizyon, nan jounal oubyen entènèt, depi nou tande oubyen wè mo sa a ki rele biyodivèsite a, n a konnen se pa anyen dòt; se pa yon mo ki konplike, se senpleman jan espesyalis yo rele divès kalite bagay sou latè ki gen lavi ladan yo e ki bay lavi tou.

Tout bèt se bèt, tout plant se plant. Men yo tout pa ka viv menm kote ni nan menm kondisyon. Chak bèt, chak plant gen kote li pi alèz pou fè pitit e viv ak fanmi li.

Lò moun ap pase anpil kote bò lanmè peyi d Ayiti, yo ka wè yon kalite plant, yo rele mang. Kèk kote, yo rele li mangliye oubyen paletivye (paletuvier). Plant sila a, li pouse nan dlo lanmè ak nan labou ki sale anpil. Nan labou sale sa a, ti plan mang yo pouse, yo grandi, yo bay gwo pyebwa byen vèt, yo bay flè e yo bay fwi. Mang se yon pyebwa ki itil anpil paske se nan forè mang sa yo, gon yon bann bèt tankou pwason, krab, zuit ak yon pakèt zwazo lanmè ki jwenn  èmanje pou yo manje. Se la tou, yo fè pitit. Pyebwa sa yo pwoteje tèt rivaj la tou. Konbyen moun ki poze tèt yo kesyon sa a: konbyen kalite plant sou latè ki ka viv, ka pouse nan kondisyon difisil si la a, sa vle di, nan dlo sale, nan labou sale sa a. Men jounen jodi a, kote mang sa yo andeje de mò. Moun debwaze twòp nan chèche tè pou yo bati kay, fè lajan nan vann bwadi ak bwa pou boule.

Nan Savann Dezole tou pre vil Gonayiv, yon kote lapli pa tonbe fasil, nou toujou wè plant tankou kandelab, kaktis, bayawonn ak yon pakèt lòt plant ki toujou vèt malgre tè sa a sèch anpil. Nan anviwònman natirèl zòn sa a, plant tankou bannann, diri ak mazonbèl ap gen anpil difikilte pou yo pouse e si yo ta vin pouse, yo pa p viv twò lontan alòske lòt plant ki natif natal yo byen anfòm.

De egzanp sa yo montre byen klè chak plant gen kay pa li kote li pi alèz pou viv e kreye yon fanmi.

Biyodivèsite, se yon bagay ki enpòtan anpil. Gras a li, kretyen vivan jwenn sa li bezwen pou manje, pou fè rad, pou bati kay, pou repwodui lòt plant, pou repwodui lòt bèt, pou swaye moun ki malad, pou l pran plezi l tou. Dapre espesyalis yo, kretyen vivan pou li viv mare ak biyodivèsite jiska 90 pousan.

Men n pa toujou byen sèvi ak biyodivèsite a. Se tankou nou chita sou yon pyebwa k ap ban nou manje, k ap ban nou lonbray chak jou nou leve nou siye yon branch ladan li. Ak yon konpòtman konsa, n ap fin pa touye pyebwa a, tankou n ap fin pa detwi biyodivèsite a. Bagay sa yo fè chak ane:

  • gen 4 milyon kawo tè sou tout latè ki te konn fè manje k ap fin depafini e yo prèske pa ka fè anyen ankò.
  • gen plis rivyè ak sous dlo k ap seche. Anpil kote moun kòmanse pa jwenn dlo pou bwè, pou bay bèt bwè ak pou wouze tè.
  • gen plis kalite plant ak bèt k ap disparèt sou tout tè a.

Tout bagay sa yo k ap fin depafini konsa montre kijan lavi kretyen vivan ap fin depafini tou. Chak jou ki pase, mwayen pou moun viv ap bese, alòske bezwen popilasyon toupatou ap vin pi plis. Dapre espesyalis yo, lavi parèt sou tè a, sa genyen 3 milya 500 milyon lane. Pou rive jis jounen jodi a bonkou nan tout biyodivèsite ki te genyen sou tè a fin disparèt.

Biyodivèsite k ap depafini an fè wè chak moun genyen responsablite pa li nan sa k ap pase nan lanati a. Moun ki rich yo, yo gen gwo mwayen, yo gen anpil byen e yo sèvi ak plis bagay pase sa tout moun pòv yo rive gen nan men yo pou yo viv. Moun rich yo ak sa ki rive jwenn enpe mwayen pou viv, pwodui tou anpil fatra ak anpil dechè. Fatra ak dechè sa yo, genyen yo lage nan lè a, nan ravin, nan larivyè, nan lari oubyen yo antere yo anba tè, sa vle di, nan lanati a. Kote pa yo moun ki pòv, moun ki grangou, chak jou yo vin pi plis e y ap viv nan anpil ensekirite anpil dezespwa e se pa tout lè yo kapab pwoteje biyodivèsite a. Pafwa se moso nan biyodivèsite a menm yo oblije detwi pou yo sa rive viv pandan de twa jou toujou. Yon fason oubyen yon lòt, jan n ap viv la, n ap fin kraze pyès kay nou rete a e n ap ede kraze pyès kay moun rete sou kote nou an tou. E lè yo tout fin kraze, nou tout pa p gen okenn lòt kote pou nou rete, youn pa p ka bay lòt lamen. Sa vle di, gwo kay sa a ki rele lanati a, jan bagay yo prale la a, nou ka fin kraze li nèt si gwo dispozisyon pa pran pou anpeche masak sa a kontinye fèt.

Peyi ki rich yo gen gwo mwayen tankou gwo izin, gwo biznis e y ap detwi lanati lakay yo pou fè plis lajan chak jou pi plis. Lò yo pa jwenn ase bagay lakay yo, pou fè izin ak biznis yo mache oubyen lò yo deside pwoteje biyodivèsite pa yo, yo sèvi ak fòs zam, swa fòs lajan, swa fòs politik pou vare sou peyi pòv yo ki gen anpil matyè premye ak biyodivèsite ki pi rich. Ayiti ak anpil lòt peyi fè eksperyans lan deja. Plant ak pyebwa peyi yo di ki pòv yo, genyen anpil medikaman. Forè, lanmè ak mòn peyi sa yo, genyen yon pakèt bèt, yon pakèt bon kalite bwa, yon pakèt bèl flè ak yon pakèt kalite fwi moun manje. Resous sa yo la depi lontan e yo reziste devan anpil kalamite ki frape yo tankou siklòn, sechrès, inondasyon ak maladi okenn nan peyi rich yo petèt pa ka sipòte.

Sitiyasyon an vin rive nan eta sa a paske pa t janm gen bon antant antre nou menm kretyen vivan sitou lò yon ti gwoup moun fòse bato nou tout sou li a demare e pran move direksyon yo menm yo deside. Bagay la malouk se vre men n sètoblije chanje konpòtman sa a si n vle sove sa k rete kòm biyodivèsite paske nou tout ansanm gen responsablite. E ni youn ni lòt pa p ka kontinye viv nan kondisyon k ap ankouraje n detwi pyebwa nou tout chita sou li a, sa vle di biyodivèsite sa a ki pèmèt lavi kretyen vivan posib jis kounye a sou latè.

Men kèk konsèy ki ka ede n pwoteje divèsite a, youn nan pi gwo richès nou rete:

  • Pyebwa ak bèt garanti lavi ak egzistans kretyen vivan. Nou dwe byen sèvi ak yo, nou dwe pwoteje yo si nou vle kite yon bon eritaj pou pitit nou ak jenerasyon moun k ap vin apre nou yo.
  • Lò nou koupe twòp pyebwa e lò nou sèvi ak yo nenpòt ki jan, nou detwi kote lòt kalite plant ak bèt bezwen pou yo viv. Nou dwe ankouraje kreyasyon zòn rezève, jaden botanik ak aboretòm pou konsève plant ak pyebwa swa k ap disparèt swa ki gen anpil enpòtans pou pwoteksyon anviwònman ak lavi kominote a.
  • Lò n ap sèvi ak chabon oubyen bwa pou boule, fè ekonomi, pa gaspiye yo. Lò chabon an fini, lò bwa a fini; se lòt pyebwa n ap oblije koupe pou nou sèvi apre.
  • Dlo n ap sèvi kit se pou bwè, kit se pou wouze tè, pa gaspiye li. Kote ki gen tiyo, pa kite wobinèt la ouvè e nou dwe konnen lò nou mete twòp dlo sou yon tè, si pa gen kannal drenay, tè a vin sale.
  • Pou pwoteje rivyè yo, nou dwe plante anpil pyebwa nan basen vèsan yo paske se rasin pyebwa sa yo k ap fè dlo lapli antre anndan tè a pou al gonfle sous k ap bay larivyè yo.
  • Divès dispozisyon dwe pran tout kote l posib pou mete brid nan bouch tout pakèt dlo lapli ki tonbe sou do peyi a, men kote pi fò nan yo pèdi chak ane. Poutèt sa nou dwe ankouraje pwojè konstriksyon lak atifisyèl, retni kolinè (retenues collinaires), sitèn ak enplivyòm (impluvium) pou n rive kenbe omwen yon pati nan tout pakèt dlo sa yo ki ta pi itil anviwònman an, sitou nan peryòd lapli prèske pa tonbe ditou anpil kote anpil lè d Ayiti. Kote n ap viv la, pa aksepte yo jete fatra ak lòt kalite dechè nan larivyè, nan letan, nan lanmè ak nan sous yo. Nou pa p ka sèvi ak dlo sa yo ak kè poze e sa ap fè anpil moun ak bèt nan lokalite a malad.
  • Pa eksplwate wòch ak sab nan larivyè, tankou koray nan lanmè yo, nenpòt ki jan. Si sa fèt konsa, sa ap kraze kay divès kalite bèt nan dlo bezwen pou viv.
  • Lò gen bèt mouri yon kote, se pou n antere kadav yo pou yo, e si n fin detwi tout zannimo ki konn manje kadav bèt mouri, tankou zwazo yo rele malfini karanklou a, moun k ap viv nan kominote a ap kontamine.
  • Travay tè a byen. Yon tè bezwen antretyen; li bezwen repo, li bezwen manje paske tè konn malad, tè konn fatige, tè konn grangou tou. E lò l yon tè malad, lò l grangou, ewozyon fini ak li pi vit.
  • Anpil bèt tankou koulèv, krapo, dolit, kayiman, igwàn, abèy, chovsouri, frize, malfini ak tout lòt kalite zwazo, bèt sa yo itil anpil. Aprann konnen yo pou n sa pwoteje yo. Se pa pou ti krik ti krak, nou vare sou yo pou n touye yo. Bèt sa yo pa zenglendo. Okontrè, si n pa wè yo on kote, nou ta dwe reflechi anpil paske sa vle di, kondisyon kretyen vivan vin nòmalman kòmanse ap vin pi difisil. Poutèt sa, nou dwe ankouraje kreyasyon pak natirèl, zòn rezève ak jaden zoolojik pou pwoteje bèt ak zannimo sa yo pou yo ka viv e repwodui nan lapè, san tèt chaje,  san kè sote, kidonk, san anmède yo nan kraze nich yo, kraze ze yo, touye pitit yo.
  • Plant n ap sèvi pou fè remèd, li t ap pi bon pou nou rekòlte oubyen detere yo anvan solèy leve paske remed… ki ka gen plis fòs. Depi solèy leve jistan l al kouche, plant yo travay anpil; se poutèt sa remèd ki ladan yo pèdi fòs paske lè sa a plant yo fatige e yo vin pi fèb.
  • Pou n rive sove plant ak pyebwa n ap mete sou tè pandye yo, nou dwe plante yo sou koub nivo. nou dwe plante sou koub nivo. Pou fè koub nivo sa yo, nou ka sèvi ak yon zouti ki rele nivo A. Lò sa a, konsèy yon teknisyen agrikòl oubyen yon teknisyen forestye ap enpòtan anpil pou n sa byen konstwi e sèvi ak zouti sa a.

Ayiti se twazyèm pi gwo peyi nan Karayib la apre Kiba ak Repiblik Dominikèn e li pataje ak dènye peyi sila a yon fwontyè ki mezire 375 kilomèt. Ayiti gen 2 milyon 151 mil 162 kawo tè (27750 kilomèt kare). Katreven (80) pousan tè sa yo nan mòn. Popilasyon anndan peyi a pou lane 2000 la, se 8 milyon moun e 5 milyon nan yo, kidonk  63 pousan, se peyizan ki toujou ap sekle menm tè pandye yo, pou fè agrikilti kòm prensipal aktivite pou yo rive viv. Lanmè ki pou peyi a mezire 387.597 kawo (5000 kilomèt kare) e nan lanmè sa a, genyen plis pase 10 ti zile tankou Lagonav, Latòti, Ilavach, Kayemit, Lanavaz, eks.

Peyi d Ayiti gen 5000 kalite plant e nan yo tout gen 36 pousan ki natif natal nan peyi a.

Yo jwenn tou 2000 kalite bèt e nan yo tout gen 75 pousan ki natif natal nan peyi a.

Tout bagay sa yo ak anpil lòt ankò Ayiti genyen fè li se youn nan peyi nan Karayib la ki gen biyodivèsite ki pi rich e pi bèl egzanp li genyen, se zile Lanavaz, zile Latòti, mòn Makaya ak mòn Lavizit. Dapre espesyalis ki etidye biyodivèsite nan divès peyi karayib yo, Ayiti gen plis kalite plant ak bèt pase vwazen li Repiblik Dominikèn ki lòt bò fwontyè a, menm si peyi sila a gen, bò kote pa li, 3 milyon 777 mil 519 kawo tè (48730 kilomèt).

De (2) pèp sa yo, kidonk Ayisyen ak Dominiken k ap viv anndan yon menm zile ki sanble ak yon ze ki te gen 2 jèm ladan l, malgre tout diferans yo, dwe devlope plis solidarite antre yo nan pataje konesans ak eksperyans yo genyen pou youn ka rive pi byen konprann reyalite lòt la nan zafè anviwònman. Kanta pou biyodivèsite a, fwontyè politik ant 2 peyi yo pa tèlman gen enpòtans, sitou nan sa ki konsène mouvman fenomèn natirèl yo. Se vre, kretyen vivan bezwen paspò ak viza; se vre machandiz bezwen paspò ak viza; se vre machandiz bezwen bon dokiman ladwann pou yo sòti nan youn ale nan lòt; men, divès kalite zwazo, divès kalite ensèk, dlo rivyè yo pataje, limyè solèy ak jèm yon bann maladi nan youn oubyen nan lòt, pa bezwen okenn nan dokiman sa yo pou yo travèse fwontyè a.

Francois Séverin (Franswa Sevren)

Plant ak pyebwa tè d Ayiti, Editions Quitel pp. 15-17

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>