SI N GRANGOU, ESKE LITERATI KA BA NOU MANJE ?
Maximilien Laroche

Nan pwen pwoblèm. Nenpòt ki aloufa gen dwa manje vant deboutonnen ak literati. Men fòk li gen djòl dous. Mezanmi, zafè djòl dous la se gwo koze, wi! Pase sa pa vle di sèlman pou konn gou bouch ou, pou w ka separe manje siwo ak manje disèl. Fòk ou konn ki jan pou w pale. Ak djòl dous ou pa menn bezwen di anyen ki pi serye. Ou annik fè yon moun koute sa li vle tande anpi l ap ba w tou sa w vle. Se poutèt sa m di si ou grangou, literati, ki vle di djòl dous, ap ba w manje litlit.

Petèt sa m fin di la a ka fè krè literati se pete moun. Men se tankou toupatou nan tout bagay gen moso Bondye ak moso Sòlòkòtò. Se nou ka kounen ki bò nou pi pito. Anpi se zòt ki pou veye kò yo. Ak literati, tankou toupatou, chak koukouy se klere pou je li.

Nan lavi gen Jebede ak Jeklere. N a deside kilès nou ye lè n ap koute bèlpalan. Menm jan tou n a ka konnen si bèl palan vini pou klere je n oswa peteje n. Yo di lavi se yon lit. Sa k ap pale yo, y ap lite pou tèt pa yo. Sa pa vle di yo ak nou. Se nou ki pou lite degaje kò nou konnen ki sa y ap fè ak ki sa nou vle. Anpi se sa menm tou a ki literati a.

Nan pwen literati san pale pale, san koute tande; yon bò ap pale, lòt bò ap koute. Si pale a fèt ak djòl dous se dodomeya. N a laye kò nou nan tèt nou, n a pran plezi nou nan lespri nou, n a gen kè kontan, santiman nou a monte pi wo pase sak lajan nan tèt maswife. Lide nou ap anpenpan, n a mete korasonn sou nou, n a prèt pou oltègyèt tou sa k ap fè nou mare djòl nou.

Nèg k ap pale, kit nou rele li ekriven, ekritè, se lodyansè li ye, pou n pa di djòlè. Nou konnen lè yon nonm fè twòp djòle yo di l s on djòl alèlè. Enben, mezanmi, ki di ekri di pale. Se pawòl nou tande a, nou fè wè lè n ekri. Petèt se pou sa menm pwovèb la di tande ak wè se de. Lè lapawòl pa kont nou bije konmanse ekri. Tankou yo di nou kite pawòl pou pran koze. Se sa menm ki diferans ant pale ak ekri. Lè w pale, ou ka di nant tèt ou : « Wi pa monte mòn, ki mele m ». Nou ka di sa n vle, adjovalakaswòl. Men lè w ekri se pa menm bagay. Kreyon Bondye pa gen efas. Men se prèske menm jan an tou pou kreyon lezòm. Yon lè w fin ekri nan pwen vire tounen, nan pwen gade dèyè, ou mèt fè tout batriba, ou ekri nèt. Blan fwanse di: « La parole s’envole, l’ecrit reste ». Pale se ka lafimen, men ekri, ou pa ka boule li, pase li tanpe nèt nan lespri moun ki li. Li tanpe toupatou : e nan lespri e sou papye. Se tankou ou ta repete yon bagay de fwa.

De fwa, pase la
Se ladènyè ki reste la
J’ai perdu ma file oh!…

Menm timoun piti k ap jwe lamarèl konnen nan pwen fè bak lè w pase de fwa yon kote. Si yon pawòl chape, se tankou li konmanse kouri, lè n ekri li pran kouri a toutboulinn, nan pwen mwayen trape l ankò.
Si n gade byen, se sa menm oraliti fè nan jan pa li. Lè yon moun pase yon pawòl ba yon lòt moun. Lè yo repete li, pase li bouch nan bouch, papa bay pitit, granmoun bay timoun, kach-kach liben an ap rete la. Sa n rele ekriti, se annik tanpe pawòl 2 fwa , nan lespri nou ak sou papye. Se repete li. Mete li de kote pou si yonn pèdi n a toujou jwenn lòt la. Lè de moun pale, yo mèt di si se de je ki kontre manti kaba. Manti ka leve lè yonn nan moun yo pa la. Men lè yon pawòl ekri, se pa de non, se kat je ki kontre, se kat, se sis anpi yon bann je ki gen dwa li anpi tande sa ki te di. Alèkile manti pa fouti leve tèt li. Li mèt leve fese, viretounen, se kaba pou l kaba.
Se poutèt sa, mezanmi, literati ka ban n manje, men li ka wete manje nan bouch nou tou. Li ka menm pete fyèl nou. Tankou tout bagay nan lavi, literati se moso Bondye moso Sòlòkòtò. Se nou ki konn ki mèt pou sèvi. Erezman nou pa ekri ak de men. Se yon sèl men ki pou ekri. Sèl bagay m ta swete: si se yon sèl men ki ekri, fòk se pa yon sèl dwèt ki manje gonbo a.

Maximilien Laroche