Ekri kreyòl fasil – Yves Raymond

 

Kèk dat enpòtan sou koze òtograf lang kreyòl ayisyen

M ap kòmanse ak kèk dat enpòtan ki gen rapò ak òtograf ofisyèl lang kreyòl ayisyen nan jounen jodi a: Lwa 28 septanm 1979 – bay lekòl ann Ayiti dwa pou yo sèvi ak kreyòl nan lekòl
31 janvye 1980 – Depatman Edikasyon Nasyonal parèt ak yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl
6 mas 1980 – Jounal Le Nouveau Monde pibliye sistèm òtograf 1980 an
Konstitisyon 1987 la – Atik 5
Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm se kreyòl. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl peyi d Ayiti. Jen 2017 – Premye rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) sou òtograf lang kreyòl ayisyen

Yon ti refleksyon sou koze òtograf

Gen yon konfizyon nan tèt sèten moun sou koze òtograf. Gen moun ki kwè òtograf ak lang se menm, kòmkidire chak lang vin ak òtograf li. Gen ant 200,000 ak 400,000 mil ane depi Omo Sapyenns (Homo Sapiens) te kòmanse pale on lang men se sèlman 5,000-6,000 ane ki genyen depi moun te kòmanse ekri lang yo pale a. Gen save ki kwè se Simeryen yo ki te premye vin ak yon sistèm pou yo reprezante lang to te pale a, gen lòt ki kwè se Ejipsyen yo ki te premye “ekri” lang yo te pale a. Kòm nou ka wè, òtograf pa lang. Òtograf se yon sistèm moun chwazi pou yo reprezante lang yo pale a.

Fonèm ak grafèm

Gen de (2) tèm nou ta dwe defini avan nou kòmanse gade sistèm òtograf 1980 an. De tèm sa yo se fonèm ak grafèm. Fonèm se inite son ki pèmèt ou diferansye yon mo parapò ak yon lòt mo. Egzanp fonèm se: /a/, /b/, /k/, /t/.  Nan mo tankou chak ak chat, se fonèm /k/ ak /t/ ki pèmèt nou diferansye de mo sa yo. Nan mo chat, gen 4 lèt (c, h, a, t) men gen twa fonèm /ch/, /a/, /t/. Grafèm se tout lèt oswa konbinezon lèt ki reprezante yon fonèm. Egzanp grafèm se: d, on, oun. Lèt d reprezante fonèm /d/ nan mo tankou danse. De lèt sa yo “on” reprezante fonèm /on/ nan mo tankou pon. Twa lèt sa yo “oun” reprezante fonèm /oun/ nan mo tankou ounsi.

Òtograf 1980 an: yon òtograf fonolojik

Òtograf 1980 an se yon òtograf fonolojik. Se yon òtograf ki sèvi ak lèt oswa konbinezon lèt (grafèm) pou li reprezante son (fonèm) ki gen enpòtans nan lang lan. Nan son yon lang, gen vwayèl, konsòn ak demi vwayèl. Nan ekriti yon lang, gen lèt oswa konbinezon lèt ki reprezante vwayèl, konsòn ak demi vwayèl. Vwayèl yo konn chante. Yo gen bèl vwa. Konsòn yo fè bwi. Demi vwayèl yo se son ki ant son konsòn ak son vwayèl.

Gen douz (12) son vwayèl nan lang kreyòl la. Men grafèm (lèt oswa konbinezon lèt) ki reprezante vwayèl sa yo: a, an, e, è, en, i, o, ò, on, ou, oun, ui. Nou jwenn son vwayèl sa yo nan mo tankou: pa, pan, pe, pè, pen, pi, po, pò, pon, pou, oungan, kuit. Yo konsidere uit (8) nan vwayèl sa yo (a, e, è, i, o, ò, ou, ui) kòm vwayèl oral paske lè nou fè son sa yo, lè ki sot nan poumon nou soti nan bouch nou sèlman. Yo konsidere (4) vwayèl sa yo (an, en, on, oun) kòm vwayèl nazal paske lè nou fè son sa yo, lè ki sot nan poumon nou soti ni nan bouch nou ni nan nen nou.

Gen dizuit (18) son konsòn nan lang kreyòl la. Men grafèm (lèt oswa konbinezon lèt) ki reprezante konsòn sa yo: b, ch, d, f, g, h, j, k, l, m, n, ng, p, r, s, t, v, z. Nou jwenn son konsòn sa yo nan mo tankou: ban, chen, dan, fen, gan, hele, jaden, kann, lach, malen, nechèl, bilding, pèl, rach, son, ten, venn, zanno

Gen de (2) son demi vwayèl nan lang kreyòl la. Men grafèm (lèt) ki reprezante demi vwayèl sa yo: w, y. Nou jwenn son /w/ nan mo tankou: won, wotè, pawòl, wowoli, lakataw. Nou jwenn son /y/ nan mo tankou: yo, yanm, Yave, chany

Kidonk, gen trannde (32) grafèm ki reprezante son enpòtan ki genyen nan lang kreyòl la. Lè nou mete grafèm sa yo nan lòd alfabetik, yo reprezante alfabè lang nan. Men alfabè lang kreyòl la: a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z

Nan alfabè a, gen grafèm ki fèt ak yon (1) grenn lèt, genyen ki fèt ak de (2) lèt (digraf), genyen ki fèt ak twa lèt (trigraf). Grafèm ng se yon digraf. Grafèm oun se yon trigraf. 

Twa (3) prensip

Gen twa gwo prensip ki detaye kouman òtograf 1980 an mache.

  1. Chak fonèm (son) toujou ekri menm jan (yon fonèm – yon grafèm)
  2. Chak grafèm (lèt oswa konbinezon lèt) toujou pwononse menm jan. Chak lèt ret nan wòl yo.
  3. Nanpwen grafèm (lèt oswa konbinezon lèt) ki bèbè