Kalfou Refleksyon  /  pou Foubi Lide

Vol. #2020-1                                                            Brasèd Lide: Paul Tulcė

Nan moman n ap ekri refleksyon sa a, imaj anpil konpatriyòt Ayisyen monte nan tѐt nou.  Sa ki ap soufri an silans paske yo pa wѐ kote nou prale, sa ki fache, sa ki dekouraje paske yo pa renmen sa k ap pase nan peyi a, sa ki eseye bay vag paske yo pa ka pran presyon dekourajman ak fristrasyon devan move lavi, move imaj peyi sa a genyen nan je moun sou tѐ a.  Men tou, nou gen imaj divѐs konpatriyòt ki toujou la ting ting, kinalaganach, paske yo kwѐ nou pa ka pran libѐte ni dekouraje, ni lage sa ; se nou ki Ayisyen, se nou ki pou fѐ Ayiti avanse.

Lѐ nou mache chѐche, founi zòrѐy pou nou tande refleksyon yo, pou nou konprann sa k ap pase, nou remake anpil Ayisyen kontinye reve yon Ayiti yo te konnen, 30, 60, 70 an pase, e yo ap analize, reve, bati yon plan, yon estrateji devlopman pou Ayiti, nan tѐt yo, dapre sa yo te konnen an, dapre sa yo te konprann nan epòk sa a.  Anpil nan yo sanble ta vle pou se dapre sa yo te konnen nan epòk sa a yo pou yo ta wѐ Ayiti ap travay pou li soti nan pwoblѐm li ye nan ane 2018 etan n ap ekri atik sa a. Alòske nou konnen déjà, depi avan 1937, te gen konpatriyòt ki te oblije kite peyi a al chѐche travay lòt kote, jiskaske Dominiken te masakre plis pase 5,000 Ayisyen ki te al travay an Dominikani (masak 1937) ; nou pa ka fouti kwѐ Ayiti te déjà devlope, ni nou pa ka di Ayiti te sou bon wout pwogrѐ.  Kidonk, pa gen mwayen pou nou ta itilize modѐl epòk ane pase sa a yo kòm mwayen pou nou soti nan twou nou ye a, ni pou nou ta vle bati yon plan devlopman sou modѐl epòk sa a yo.

Malgre tout sa, lѐ nou grate nannan refleksyon konpatriyòt nou yo, menm si anpil ladan yo bwouye, menm si konfizyon yo bay kѐ sote, rete yon bagay ki bay espwa : Anvi pou Ayisyen wѐ Ayiti fѐ pwogrѐ a la !  Kidonk, depi gen anvi pou pwogrѐ, nou kapab rive nan devlopman, si nou foubi lide yo, netwaye sa k merite, eklѐsi, epi ranfòse sa k nan bon wout, pou nou mache vanse sou wout devlopman an.  Kalfou Refleksyon vle lanse travay sa a.

Nou pa gen pretansyon fѐ travay la poukont nou. Nou pa gen pretansyon pase kòm moun ki konnen.  Nou senpleman ap kòmanse foubi lide yo pou ede lanse deba a.

Koze a di: « kalfou a pou nou de », noumenm nou di : Kalfou a pou nou tout !  Kidonk, Kalfou Refleksyon gen plas pou ou.

Menm jan ak Amartya Kumar Sen[1], nou gade moun nan yon doub wòl.  Yon pa: kòm “ajan” epi “benefisyѐ” devlopman; yon lòt pa, tankou “jij” ki pou evalye pwogrѐ yo.  Nan menm sans lan, nou dakò ak Manfred Max-Neef[2] ki di: “Devlopman se liberasyon posiblite kreyatif”.  Kòm ajan devlopman, yon moun dwe toujou ap travay pou devlopman.  Se noumenm sitwayen Ayiti ki pou libere « posiblite kreyatif » sa a, pou nou fѐ devlopman Ayiti.  Kozman an se : konbyen nan nou ki ko aksepte fѐ premye pa sa a nan direksyon liberasyon kreyatif sa a, liberasyon sans kreyativite sa a nou sanble pѐdi nan kolonizasyon an ?  Yon bon sans nou oblije reprann, mete nan tѐt nou, pou nou ka reba tѐt nou valѐ, rebay sa nou genyen valѐ, sѐl bon kondisyon pou nou rive fѐ lajan, bati ekonmi peyi nou.

San patisipasyon moun, san patisipasyon sitwayen peyi, pa gen devlopman ki posib.  E, pou sitwayen patisipe nan devlopman, fò li konprann sa devlopman ye, fò sѐvo sitwayen an libere ase pou li aksepte tѐt li kòm moun, pou li ap travay nan devlopman tѐt li, kòm ajan epi benefisyѐ devlopman.  E, pou sitwayen an mete tѐt ansanm ak lòt sitwayen pou yo travay nan devlopman ansanm, fò yo ka rekonѐt valѐ youn lòt, epi rekonѐt valѐ sa yo genyen nan anviwonman yo.  San pa sa, ou ka gen yon aparans devlopman ki se etalaj byen materyѐl nan sѐvis yon ti gwoup moun, yon ti klik pwofitѐ, etan rѐs popilasyon an rete kòm enstriman, zouti pwodiksyon an favѐ ti minorite ki ap jwi benefis yo.

Nan travay devlopman yon peyi, pa gen plas pou moun rete ni deyò, ni dѐyѐ, ni akote.  Fò w ladan l !  kidonk ou pa ka dekouraje. Ou pa ka rete ap gade sou lòt moun.

Sitiyasyon Ayiti a kapab pa bon.  Se vre. Men ni kòlѐ, ni dekourajman, ni « bay vag » pa p pote solisyon nou ta renmen yo.  Si zansѐt yo te dekouraje, si yo te vag, jodi a nou te ka nan esklavaj anba fwѐt kolon yo toujou.  Koulye a, se nou ki pou fѐ.  Pou nou fѐ devlopan Ayiti, fò nou konprann sa devlopman ye, e se pou nou ka chwazi kijan nou ap fѐ devlopman an.

Pou noumenm, posiblite yo la.  Se chak sitwayen, kòm ajan devlopman ki pou degaje li pran wòl pa li o serye.  Se moun ki fѐ devlopman e se pou moun devlopman dwe fѐt.  Men pou devlopman sa a fѐt, fò nou libere posiblite kreyativ sa a, sa Martha Nussbaum[3] rele “kapasite konbine” ant sa moun ye, ak sa moun kapab fè.  Se poutѐt sa nou kòmanse travay la pou ede eklѐsi lide devlopman an nan tѐt tout patisipan, kidonk, nan tѐt nou tout sitwayen.  Kalfou Refleksyon ap bay koutmen pa li nan travay sa a.

Li fasil pou moun konfonn zouti devlopman ak devlopman.  Anpil moun konfonn rezilta sa devlopan pwojte ak devlopman.  Petѐt se youn nan rezon nou konn tande konpatriyòt nou yo ap plenyen, mete presyon, fache, fѐ gwo kòlѐ kraze brize kont gouvѐnman pou sa yo kwѐ gouvѐnman te dwe fѐ yo santi ki pa fѐt.  Yo mete presyon fòse leta depanse pou rezilta, pou reflѐ devlopman olye yo mete presyon pou devlopman.  Ou konn tande menm moun ki nan gouvѐnman oswa opozan ki vle ale nan gouvѐnman ap di de koze sou devlopman ki fѐ w santi yomenm tou yo pa ko klѐ.

Se vre li pi fasil pou nou defini pwogrѐ devlopman pote, oswa montre dezas soudevlopman fѐ,  dapre transfòmasyon fizik ki fѐt yon kote,  dapre jan ekonomi kote a ap mache.  Se vre li pi fasil pou w mezire kantite byen materyѐl devlopman pote pou yon peyi pase ou mezire devlopman an limenm.  Yon peyi gen dwa rich epi li soudevlope.  Yon peyi ka gen yon pil etalaj gwo bagay tankou : bѐl wout, bѐl limyѐ, ak bѐl reflѐ devlopman k ap klere « kou miwa dѐ zanj » epi popilasyon li soudevlope, nan mizѐ.  Mete bѐl bagay nan yon peyi pa vle di devlopman. Ekzanp : si yon peyi depanse pou li mete limyѐ toupatou, bati gwo kay an vit, bѐl sal sinema, bѐl ayewopò, bѐl wout, elatriye, epi pa gen anyen an plas pou bagay sa a yo rantre lajan ki ap soti lòt kote vini nan peyi a, se tankou peyi sa a chwazi depanse pou li pa rantre anyen.  E ou ka konprann : depi ou ap depanse san ou pa antre anyen, se pòv w ap fѐ tѐt ou pi pòv. Kidonk : fò nou gade byen ki sa nou vle kòm devlopman, e ki sa nou dwe fѐ ki bon pou nou kòm pѐp.

Kalfou Refleksyon ap anbrase travay sa a, pou li ede foubi lide yo, dekwa pou nou ka separe limyѐ, pou plis nan nou vin wѐ pi klѐ kote nou dwe ale, konprann kijan nou ka pran etap yo, pou devlopman an ka fѐt toutbon avѐk nou tout, e pou nou tout.  Sa mande nou poze pou nou ka depoze.   Pou koulye a, an nou poze. An nou kase randevou, nan pwochen nimewo Kalfou Refleksyon pou nou kontinye Foubi Lide .

[1] Sen, K. Amartya.: Development As Capability Expansion PP:41;  Oxford University Press. (1987).

[2] Neef, Max Manfred.: Interview with Amy Goodman; Democracy Now.; DemocracyNow.com. Nov. 26/2010

[3] Nassbaum, M. :Creating Capabilities: The Human Development Approach; (2011) PP. 17-25

Antreprenarya

Joseph D. Chery, BBA, MA, Financial Consultant

Jan sistèm ekonomik la òganize jodi a, ak gwo konpetisyon chen manje chen ki genyen ant divès konpayi k ap anplwaye moun, sa konn lakòz anpil nan konpayi yo fèmen pòt yo, epi voye travayè yo al chita lakay yo. Youn nan konsekans sa vin genyen: anpil moun pèdi kay yo, ti ekonomi yo te fè depafini nan men yo. Kidonk tout sakrifis yo te fè, se te mouvman nil.

Dapre espè nan kesyon travay ak chomaj, youn nan meyè fason pou moun evite tonbe nan sityasyon pa konprann sa a, se kreye pwòp antrepriz pa w, pwòp biznis pa w. Kidonk, antre nan domèn antreprenarya , tounen yon antreprenè, jan yo di sa nan langaj ekonomi.

Ki sa antreprenarya ye? Ki sa sa mande?

Antre nan antreprenarya se kreye pwòp biznis pa w. Men se pa sèlman ouvri pòt biznis ou a ki antreprenarya a. Gen plizyè faktè fondamantal nan antreprenarya.

Premye faktè a se moun. Nan baz tout aktivite antreprenarya, gen yon moun ki gen yon gwo rèv nan kè l, k ap travay rèv la, k ap devlope rèv la, k ap nouri rèv la san rete ak lide, ak refleksyon ak pasyon, ak anvi pou l reyisi. Moun lan rive nan on pwen kote li santi li ka envesti tout tan l, tout resous li nan pwojè a. Fòk se on moun ki tou natirèlman renmen pran inisyativ, yon moun ki santi fòk li endepandan, fòk li pa depann sou pyès moun pou l pran desizyon l.

Fòk se yon moun ki veyatif, on moun k ap obsève tou sa k ap pase nan zòn kote l ap viv la.  Epi kou li wè yon opòtinite parèt devan l, li pa pèdi tan, li aji prese prese; apre li fin evalye sitiyasyon an, li kòmanse fè aksyon.

Sa mande pou moun lan, san li pa aji tankou yon azaryen, tankou yon tèt cho k ap depanse lajan san gade dèyè, pa pè pran ris, men ris ki chita sou kalkil, ris ki baze sou bon jan analiz anviwònman ekonomik kote li pral mennen aktivite a, bon jan analiz k ap pèmèt li rive konprann klè pwobabilite ki genyen pou biznis lan reyisi.

Sa mande pou moun lan gen bon jan disiplin, pou li pa fè anyen vaykevay, pou l mennen aktivite biznis li selon yon plan ki byen defini, byen bati.

Sa mande pou moun lan pèsistan, pou li pa nan mòde lage. Se pou li fè tout sa k nesesè pou aktivite biznis la bay rezilta.

Sa mande pou moun lan gen konfyans nan tèt li. Menm si tout moun ta gen dout sou reyisit bizniz la, fòk li menm, li kwè tout bagay ap pase byen.

Sa mande pou moun lan gen kapasite pou l rale lòt moun dèyè l, moun k ap suiv li nan pwojè a, moun k ap aksepte lide li devlope yo.

Sa mande pou moun lan gen imilite, pou se pa yon moun ki pè fè bak, ki pè gade dèyè, ki pè evalye travay li, evalye pwòp tèt li pou l wè ki sa ki merite korije oubyen amelyore.

Sa mande pou moun lan gen bon kalite moral, pou l mete enterè kliyan l ap sèvi yo anvan enterè pa l, pou l chwazi fè sa ki moral nan tout sityasyon menm si rezilta a pa an favè l.

Dezyèm faktè enpòtan nan egzistans on aktivite antreprenarya, se Plan Biznis la.

Ki sa yon plan biznis ye? Ki enpòtans li genyen nan siksè antreprenaria?

Yon plan biznis se yon dokiman yon moun ki pral kòmanse yon biznis prepare pou l di ki jan de biznis li ye, ki jan li pral jere biznis la epi ki sa li pral fè ki diferan ak sa lòt bizinis parèy li fè pou biznis la fè pwofi. Plan biznis la enpòtan tou pou moun ki ta enterese vin envesti ladan l oubyen pou enstitisyon ki ta kapab gade posibilite pou yo prete biznis la kòb pou l fonksyone.

Ki sa yon plan biznis dwe genyen anndan l?

  1. Yon plan biznis ki solid dwe kòmanse ak yon rezime, yon ti paragraf tou kout, ki di ki sa biznis lan ye, kalite pwodui ak sèvis li pral ofri, opòtinite li ka ofri envestisè. Ti rezime sa a enpòtan anpil paske yon envestisè oubyen yon enstitisyon ki kapab finanse pa p pran tan pou yo li tout detay ki nan plan an. Rezime a dwe pèmèt yo konnen byen rapid tou sa ki enpòtan pou yo konnen sou pwojè a.

  2. Yon bon plan biznis dwe montre konesans antreprenè a genyen sou mache li vle antre ladan l lan. Li dwe montre klè ki plan antreprenè a genyen pou l distribiye pwodui li pral mete deyò yo, ki sa k fè li panse li gen avantaj sou lòt konpetitè yo, epi tou ki sa k fè konsomatè yo ap pi enterese nan pwodui oubyen sèvis konpayi l la pral ofri.

  3. Anndan plan biznis la, fòk genyen tou on lòt plan detaye ki esplike ki jan biznis lan pral fonksyone chak jou; ki kote biznis lan pral baze, adrès, aksè, e latriye; ki jan y ap prepare epi distribiye pwodui a oubyen ki jan y ap bay sèvis la.

  4. Plan biznis la dwe mansyone kantite ak kalite moun ki pral ede antreprenè a jere biznis la, epi konbyen sa ap koute pou bay moun sa yo fòmasyon.

  5. Youn nan pati ki gen plis enpòtans nan yon plan biznis, se seksyon ki bay detay sou kantite lajan biznis ap bezwen pou li fonksyone, sou previzyon distribisyon pwodui, epi sou kantite pwofi antreprenè a pwojte reyalize chak ane.

Li enpòtan pou m presize yon bon plan biznis pa vle di gen garanti biznis lan ap gen siksè. Men pou yon antreprenè ki gen lide solid, yon bon plan bizinis se yon bon zouti ki ka ede l reyalize rèv li, kreye yon bizinis ki dirab, ki pa p nèk parèt epi fèmen pòt nan twa ou kat mwa.

Twazyèm faktè enpòtan nan egzistans on aktivite antreprenarya, se bidjè biznis la.

Kisa yon bidjè ye? Ki diferan pati ki genyen nan yon bidjè?

Bidjè yon biznis se plan ki esplike ki jan biznis la pral depanse lajan k ap disponib pou l depanse. An jeneral, yon bidjè gen 2 pati:

  1. Premye pati a se lis ak sous tout lajan antreprenè a/yo espere resevwa pou ane k ap vini an: pwofi ki ap soti nan lavant machandiz/sèvis, lajan lòt moun pral envesti nan biznis lan, lajan biznis lan ap ranmase nan men moun ki te fè kredi lakay yo.

  2. Dezyèm pati a se lis tou sa konpayi an planifye pou li achte ak pri chak bagay ap koute. Si kantite lajan konpayi an espere resevwa plis pase depans l ap gen pou l fè, konpayi an ka pwojte yon pwofi pou ane a. Konsa tou, si depans li planifye pou l fè ap plis pase lajan li espere resevwa, konpayi a ka pwojete yon defisi pou ane a.

Pou ki rezon yon bidjè enpòtan?

Yon bidjè enpòtan pou plizyè rezon:

  1. Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan konnen nan nenpòt ki momen ki jan finans li ye. Konesans sa a pèmèt antreprenè/yo planifye davans, mete an plas estrateji pou agrandi biznis la, anplwaye plis moun, envesti nan nouvo pwodui ak ekipman, fè pwojeksyon sou kantite pwofi li/yo pral fè.

  2. Yon bidjè ki byen prepare tou pèmèt biznis lan atire envestisè, ogmante posiblite pou li jwenn lajan prete, pran desizyon nan nivo salè l ap ka peye, nan depans pou li fonksyone ak nan lòt benefis pou anplwaye.

  3. Yon bidjè ki byen prepare pèmèt biznis lan planifye ane a epi gade pi devan. Lè biznis lan prepare bidjè li nan kòmansman ane a, li ka wè depi an lagan ki pwoblèm ki ka parèt devan l, ki ajisteman l ap gen pou li fè nan jan l ap fonksyone. Pa egzanp, si l ap manke lajan likid, si l ap gen pou li chanje plas kote l ap fonksyone, si l ap gen pou l ogmante oubyen diminye pèsonèl ak kantite materyèl l ap bezwen… Se bidjè a ki pèmèt biznis lan antisipe tout chanjman k ap nesesè pou antreprenè a/yo fè.

  4. Yon bidjè ki byen prepare ka ede biznis lan defini priyorite li, kidonk mete lòd nan sa l vle reyalize on jan pou l evite fè depans initil.

  5. Yon bidjè ki byen prepare dwe prevwa yon plan pou biznis lan ekonomize lajan l ap bezwen sizoka gen ijans ak lajan l ap bezwen li achte pwopriyete, ekipman l ap bezwen pou l agrandi.

Majorite moun ki maton nan koze devlopman ekonomik dakò jounen jodi a pou yo di: antreprenarya gen yon pakèt enpòtans nan ede amelyore kondisyon lavi moun nan anpil sosyete. Anfèt antreprenarya vin tounen youn nan pi gwo faktè ki ede ekonomi anpil peyi bouyi moute epi rive pèmèt yo kreye anpil djòb. Dapre estatistik ki disponib, se antreprenarya ki nan sous kreyasyon plis pase 60% djòb nan plizyè peyi endistriyalize.

Kidonk, tout peyi, tout gouvènman ki serye sou zafè devlopman ekonomik ak sosyal sitwayen yo ta dwe ankouraje devlopman antreprenarya lakay yo epi tou pote kole nan ede antreprenè jwenn finansman ki nesesè pou ede yo derape.