
Ou pral konn Jòj
– (Kow, kow, know) Onè
– (yon vwa reponn) Respè! Ki wou?
– Se mwen!
– Ki wou?
– Se mwen towo gwonde brave danje reskonsab malè. Ki wou?
– Se mwen ti nèg d Ayiti… Ayiti Toma… M monte chwal mwen devan dèyè lè mwen vle.
– Men ki wou, tonnè!
– M kase chenn nan pale kreyòl, ekri franse .. . Mwen fè lago kache ak lapawoli, m gen dizon ak tout pyebwa nan lanati. M mare lalo ak bèt nan lanmè.
– Sa k mennen w isit?
– M vin defann kòz ti nèg ti zòrey kabrit ki mare disèt ne anba kòd lamizè.
– Ki dat ou fèt?
– Se Antwàn nan gonmye ou ye, ou konn dat mwen fèt, ou konn dat m ap mouri!
– Ou fèt an trannsis, pa vre?
– Ou te konnen… pou ki ou mande m?
– Ou se yon belijeran! Yon grenn pwonmennen! Ou te vire won an Frans… Ou te ann Espay… ! Men kote bistouri w … kote sonn ou?
– Papa fè pitit, li pa fè santiman l. Depi m tou piti pwezi reklame m.
– Tande non, ou konnen isit se antre pa soti?
– Pwezi se lafimen dife, li antre soti kote li vle, powèt gen pwen disparèt… Powèt se lonbray. Men li la a, pran l si w kapab.
– Apa w ap ban m defi. Sa w t al chèche kay frè Sen Lwi Gonzag.
– Se la papa m te voye m lekòl. Bon gade non, ki lè w ap wete zago w sou zo kòtòf malere?
– Pa poze m kesyon.
– Ki lè w ap sispann souse san travayè?
– Pa fouye m, m pa patat.
– Ki jou w ap dekrete lajistis pou tout kretyen vivan?
– Pa poze m kesyon. Ou sonje isit se antre pa soti?
– W ap betize m gen Konbèlann, m gen Bisuit leta, m gen Pye pou pye, m gen Trip fonmi… pwezi se Gate priyè, pwezi se Zèb atè, se wanga, pwezi se maji… M ale kenbe m si w kapab.
Menes Dejoie (Menès Dejwa)
Jiyè 1992
Bon Nouvèl (tradiksyon Georges Castera fè pou yon powèm James Noël; moun k ap chante a se Wooly Saint Louis Jean – Wouli Sen Lwi Jan)
Poto (Pwezi Jòj Kastera, moun k ap chante a se Lody Auguste – Lodi Ogis)