500tyèm Anivèsè Bannann ann Ayiti (1516-2016) Dapre Jerry M. Gilles (Djeri M. Jil) ak Yvrose S. Gilles (Ivwoz S. Jil)

Bannann sot nan Ginen li rantre Ayiti an 1516 pandan epòk komès moun kòm esklav la. Pandan potko gen bannann nan Amerik la, te deja gen bannann sou tout Laplas Ginen ann Afrik, depi nan peyi Kongo pase Alada Dahomen rive Senega, te deja gen bannann sou tout Lakòt Ginen e te gen plizyè diferan kalite.

Jan nou wè bannann jodi a, se pa konsa ansyen bannann yo te ye. Ansyen bannann yo te gen gwo grenn tankou grenn sitwon konsa e grenn yo te ka pouse pou fè pye bannann. Afriken te pito plante bannann ki gen grenn rachitik. Tank Afriken chwazi plante bannann ak grenn ki pi rachitik, alalong grenn yo vin sanse disparèt nèt. Ti pwen nwa lan nannan bannann yo se rès grenn yo. Afòs grenn yo vin piti, yo gate. Yo vin pa ka pouse pye bannann ankò. Alèkile, toujou gen detwa ansyen kalite bannann yo k ap grandi nan rakbwa ann Afrik, men moun pa plante yo nan jaden.

Lè zwazo manje bannann ki gen grenn, grenn yo pase nan trip zwazo epi yo al tonbe byen lwen. Kote yo tonbe yo, la yo pouse. Alèkile kòm bannann nou manje yo sanse pa gen grenn, se moun ki sètoblije epapiye pye bannann sa yo. San pa sa, se kote bannann nan plante a, se la ase nouvo rasin leve pou fè nouvo plant.

Se ansyen bannann ak grenn yo, ki te rantre ann Afrik soti lan zòn Sid Azi a, lan zòn peyi Enn. Anvan komès Afrik – Sid Azi, pa t gen bannann ann Afrik. Sa gen apeprè 3000 ane depi bannann soti ann Azi epi yo rantre abò batiman sou kòt lès Afrik la. Alèkile lasyans rele ansyen komès Afrik-Sid Azi a, Komès Monsoun. Nan komès sa a, Afrik resevwa manje tankou bannann ak mazonbèl, epi Sid Azi resevwa melon, pwa, pitimi.

Sanble ann Azi, se moun Zile Papwa ki premye fè bitasyon bannann. Sa gen 7000 ane depi yo te kòmanse fè kalite bitasyon sa yo. Ann apre, bannann al nan zòn Enn lan epi sa rantre ann Afrik 3000 ane anvan jodi a. Alèkile nan peyi Kongo, gen 120 varyete bannann, 60 kalite fig mi.

Si tèlman Eritye Ginen gen lontan depi y ap plante bannann, nou konn yon pil fason pou n prepare l. Nou bouyi l. Nou fri l, nou boukannen l. Nou sèvi ak lèt pòpòt bannann pou n fè san kaye, anpeche blese senyen twòp. Nou sèvi ak fèy bannann pou n vlope manje. Ata chouk bannann, ata menm rasin li, moun konn manje. Men pi souvan se lè sechrès, lè pa gen lòt chwa, Afriken manje sa. Si pa gen gwo nesesite, se bèt Afriken bay manje chouk ak rasin pye bannann. Nan rès Karayib la, tankou ann Afrik, moun konn fè yon bwason alkòl ak ji bannann, men nou pa okouran si Ayisyen fè sa tou.

Poutèt fredi ann Ewòp, bannann pa pouse la. Kifè, se lè Ewopeyen te rive ann Afrik, se lè sa a yo te wè pye bannann pou premye fwa. Yo te twouve pye bannann dwòl. Yo te voye nouvèl ann Ewòp ak tout desen ki esplike pye bannann se yon pyebwa san bwa.

An jeneral, Afriken pito kuit bannann pandan yo manje fig san kuit. Se paske nou kuit bannann menm ki fè nou konsidere l kòm viv. Nou pa vrèman konsidere l kòm yon fwi paske ti grenn ki ladan l yo vin tèlman piti, nou vanse pa ka wè yo menm. Alèkile, lasyans klase bannann ak fig kòm diferan branch nan yon fanmi plant yo rele misa. Yo chwazi non misa sou non Arab bay bannann.

Se moun Nanchon Mede ki bay bannann non bannann nan. Se mo pa yo nan lang Woulòf pou dwèt. Poutèt sa, ann Ayiti, chak grap bannann vin rele pat. Ak abitid moun nanchon Mede rele bannann dwèt, an 1521, yon Italyen, Antonyo Pigafeta, ba yon kalite bannann mi non fig. Fig soti nan mo tankou mo anglè finger ki vle di dwèt.

Mo Italyen fig la pran pye anpil kote, kifè ann Ayiti nou konn sèvi ak mo fig la tou. Men gen lòt kote, mo fig la pa t pran. Pa egzanp, Panyòl yo te toujou sonje se ann Afrik pyebwa a soti epi poutèt sa, yo rele fig guineo, ki vle di plant ki sot lan Ginen. Ann Ayiti, nou konn met mo Nanchon Mede a ansanm ak mo Italyen an epi nou rele fig mi, fig-bannann.

Pandan 20tyèm syèk la, Ameriken te fè anpil bitasyon fig bannann lan plizyè peyi nan Karayib la. Pou fasilite anbale fig yo pou espòtasyon, yo plante yon sèl kalite fig bannann. Yon maladi vin tonbe sou varyete yo te plante a, epi tout mouri. Alèkile, lè w achte sirèt ki gen gou fig bannann, ou ka remake gou a pa fin gou fig bannann toutbon. Sa rive paske sirèt sa yo gen gou fig bannann ki disparèt la.

Kòm bannann soti ann Afrik pou rantre nan Amerik la, e kòm kolon te rekonèt bannann kòm yon manje Afriken, move tretman kolon te bay Eritye Afrik vin detenn sou repitasyon tout bagay Afriken, ata sou bannann. Se konsa si w di yon moun ou bannann, sa vle di sa pa p bon pou li.  Bannann pa jui bèl repitasyon. O Zetazini yo konn di yon moun bannann paske l fou: “he has gone bananas”. Ameriken menm rele peyi k ap mal mache, Repiblik Bannann: “Banana Republic”. Atò mo banana a se yon varyasyon pwononsyasyon fig-bannann depi lan Ginen, nan zòn moun Nanchon Mede. Menm jan kolon yo te pale Eritye Ginen mal, konsa yo te lage move bouch sou bannann.

Bannann te enpòtan nan Komès Moun kòm Esklav la. An 1460 konsa, Pòtigè debake nan Ginen epi yo kidnape Afriken, mennen yo sou zile Kanari pou travay kòm esklav sou bitasyon kann. Bitasyon sa yo vin fè Pòtigè`yo enpòte anpil bannann soti nan Ginen pou bay travayè yo manje. Se menm travayè sa yo ankò ki plante bannann yo, paske se yo ki te konn bout bannann e se yo ki te bezwen l.

Ann Ayiti, Eritye Ginen te plante bannann nan ti jaden manje pèsonèl yo paske tout danre sou gwo bitasyon yo se te pou espòte bay Lafrans. Alepòk, Eritye Ginen sou teritwa a pa t gen tan pou yo travay pwòp jaden pèsonèl yo paske jounen travay nan bitasyon kolon an te twò long. Sa te gen dwa dire menm 20 èdtan nan yon sèl jounen. Poutèt sa, yo te pito plante bannann nan ti jaden pèsonèl yo paske bannann pa mande anpil antretyen e sa donnen anpil pandan tout lane a. Yon jaden bannann ka rete ap fè bannann sou bannann pandan menm 30 ane konsa. Tèlman bannann pwodui anpil, yon kawo tè bannann ka pwodui 200,000 liv bannann pa an. Sa reprezante 10 fwa valè yanm yon jaden menm gwosè a ka pwodui, 100 fwa kantite patat menm valè tè a ka pwodui. Met sou sa, bannann se manje ki bay anpil fòs, anpil kalori, e Eritye Ginen ki t ap travay sou bitasyon yo te bezwen kouraj. Bannann bay fòs pase fig-mi. An jeneral, bannann gen 30% plis kalori pase fig.

Kòm legliz te kole sere ak Komès Moun kòm Esklav la, premye debakman bannann ki fèt sou teritwa Ayiti a se Pè Toma de Belanga ki te pote l an 1516. Se misye ki te pran bannann sou Zile Kanari yo epi li pote l bò isit pou bannann te ka sèvi kòm manje pou moun ki t ap travay kòm esklav sou bitasyon ann Ayiti yo. Sa l te wè sou Zile Kanari yo, se sa l vin repete ann Ayiti.

Pandan fen ane 2016 la,  an nou sonje jan Ansyen Ginen yo te arive manipile lanati pou yo kreye bannann san grenn. An nou rekonèt bannann se yon eritaj ki gen 3000 ane lakay nou kòm Eritye Lafrik Ginen, epi ane 2016 la fè 500 ane depi bannann rantre vin jwenn nou ann Ayiti. 

Bookmanlit                                                                                                                      P.O. Box 290464                                                                              Davie, Florida 33329- 0464                                                                                                                               E-mail: info@bookmanlit.com

12 Prensip Bwa Kayiman dapre Pierre Michel Chery/Pyè Michèl Cheri

 

Si yon moun bezwen konprann sosyete ayisyen an nan fondalnatal li, li pa ka mete tradisyon peyi a sou kote. Mas esklav ki te fè 1791 ak 1804 yo pa te konnekri. Se nan pale youn ak lòt, yo te kase randevou. Se nan pale youn ak lòt, youn te esplike lòt demach y ap fè pou yo te retire kò yo anba sistèm esklavajis la. Se nan kesyonnen sistèm esklavajis la, yo te aprann diferans yo. Se nan aprann diferans ak lòt posiblite lavi a te ka ofri, yo te chwazi vizyon pa yo, yo te chwazi wout pa yo, wout ki pa t ale nan menm direksyon ak wout kolon yo, yo te konstwi vizyon yo sou lavi a, vizyon ki te depaman ak vizyon kolon yo.

Lè nou gade peyi a sou tan lakoloni, nou jwenn plis pase 100 gwoup esklav diferan, ki divize ant nanchon ak tribi. Premye eleman ki te simante mas esklav yo, se kondisyon esplwatasyon ak demounizasyon yo t ap viv nan sistèm esklavajis la.

Dezyèm eleman ki te simante mas esklav yo ansanm, se enposiblite pou esklav te wè lavi a menm jan ak kolon yo. N ap repete l. Se nan pran konsyans yo pa ka wè lavi a, yo pa gendwa wè kòsmòs la menm jan ak kolon blan yo, esklav yo te antre nan demach pou yo chape anba men kolon yo. Nan moman sa a, mawon yo te reprezante konsyans avanse esklav yo. Demakasyon sa a te vle di ideyoloji blan yo (krisyanis, ewopeyen, rasis) pa gen priz sou sèvo moun ki pa kwè nan sa blan kwè. Premye kase-chenn nan te fèt nan sèvo mawon yo, ki te pito pran mòn, pase pou yo te asepte kondisyon sistèm nan.

Anpil prensip Ayisyen ap viv, anpil regleman Ayisyen jwenn sou fason pou yo òganize lavi yo sòti nan demakaj esklav yo fè, etan, epi anvan menm yo te kase chenn yo nan lane 1791.

Konsa nou ka konprann lagè militè a deklanche, ak tout nivo li dwe pran, nan lane 1791, men lagè ideyolojik la te kòmanse apati premye jou mawon yo bati yon peristil anndan koloni an. Apati moman sa a, mawon yo pral pran distans yo ak vizyon blan yo. Avèk demach sa a, mawon yo pral vini ak pwòp vizyon pa yo sou tout kesyon ki regade lavi moun.

Se konsa, nou ranmase 12 nan pi gwo prensip ki rete vivan nan tradisyon Ayisyen pou nou montre ki baz ideyolojik ki te mennen Bwa Kayiman, epitou ki vizyon lavi ki t ap pale nan seremoni Bwa Kayiman an. 12 prensip sa yo, se 12 repons dirèk, 12 repons ki depaman ak lide ki t ap sikile nan epòk la sou lavi an jeneral. Bwa Kayiman gen plis pase 12 prensip. Chak Ayisyen andwa chwazi ki lòt prensip li jije ki pi enpòtan pase sa nou bay la yo, men se pou tout eritye nèg Bwa Kayiman yo fè sa yo konnen pou tout limanite aprann konnen ki vizyon ki te motive yon gwoup esklav, lè yo te pete yon rèl ki fè lanfè lakoloni an tranble. Jouk jounen jodi a, nan lane 2009, n ap viv soukous kout rèl sa a.

Premye prensip, ki sèvi baz pou kèlkeswa lòt prensip, k ap vini se kòmandman nimewo 1 an:

1.1     Premye prensip: Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

Prensip sa a se pi gwo prensip ki mennen oubyen ki sòti nan Bwa Kayiman. Annik sonje depi Kristòf Kolon te fè dappiyanp sou tè endyen yo, nan lane 1492, Loksidan te envante tout kalite teyori pou yo klase moun dapre koulè po yo. Lè yon mawon te pran mòn, kolon an di se yon esklav parese… Lide sa yo te si tèlman fò sou tan lakoloni, pèsonn pa te ka admèt se paske mawon yo te kwè: tout moun se moun, epi pa gen moun pase moun, ki fè yo te derefize kondisyon esklavay la. Prensip sa a, ki sòti nan goumen kont lesklavay, travèse tan (plis pase 200 lane) pou li rive jwenn nou jounen jodi a. Prensip sa a tounen youn nan pwovèb Ayisyen plis sèvi pou yo denonse move tretman ak mepri pou moun, kèlkeswa kote y ap viv la. Nan pifò sosyete sou latè, se nan redi, se nan goumen, se grenn pa grenn, moun ap admèt yon prensip ki di : Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

1.2     Dezyèm prensip: Tout moun gen plas yo anba syèl ble a

Si gen yon prensip ki sòti dirèkteman nan tradisyon Bwa Kayiman se prensip tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Latradisyon rapòte, dapre Pwofesè Dyengele, lè pou yo te fè seremoni Bwa Kayiman an, reprezantan esklav yo ak mawon ki te nan tèt mouvman an te mande pou tout nanchon, ki te gen pitit yo nan mitan mas esklav yo te voye reprezantan yo nan rankont ki t ap fèt la. Tout moun fèt pou la, nou pa dwe bliye pèsonn. Se leson sa a nou ranmase nan dezyèm prensip Bwa Kayiman yo. An Ayiti, temwayaj sa a toujou vivan, nan salitasyon yo fè, nan kòmansman tout seremoni vodou, pou chak nanchon afriken, ki kite tras yo sou tè peyi Ayiti.

1.3     Twazyèm Prensip: Si gen pou youn (1), gen pou de (2), sonje moun ki dèyè

Èske prensip sa a sòti depi nan Bwa Kayiman? Nou pa kwè sa. Sa nou sèten, twazyèm prensip la, se youn nan prensip, ki pi vivan nan lavi pratik nan mitan fanmi ak nan vwazinay anndan peyi a. Filozofi prensip sa a di nou konsa latè a se pou tout moun, paske tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Pou tout moun ka viv anba syèl ble, anvan yon moun sonje sere, se pou l sonje gen moun dèyè ki poko jwenn.

1.4     Katriyèm Prensip: Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè. Respekte fason chak moun lapriyè…

Prensip sa a mete baz pou yon sivilizasyon tou nèf kale anndan espas mawon yo pral reklame pou yo viv an libète tankou moun ak tout diyite yo. Prensip sa a parèt ak yon kokennchenn demakasyon metodolojik radikal, san parèy, ant de (2) sistèm ideyolojik.

Pou ki rezon demakasyon an radikal? Anndan espas oksidantal la, tankou nan espas lòt sivilizasyon, gendwa gen plizyè kouran ideyolojik sou fason moun wè tèt yo anndan kòsmòs la, sitou sou koze Bondye. Menmsi gen plizyè kouran, chak kouran, chak kan, chak klik toujou bliye si se imajinasyon lèzòm k ap konstwi pwòp konpreyansyon yo sou mistè nan lavi a yo poko pèse. Yo bliye si esplikasyon yo jwenn yo sòti nan istwa lavi yo, nan kilti ak eksperyans yo, nan kalite espas y ap viv la. Konsa chak kouran deklare se li sèl ki nan laverite. Nou remake chak fidèl anndan yon relijyon ap di relijyon: pa m pi bon. Lè youn nan kouran yo pa ka toufe lòt kouran an, se kout zam ki regle kesyon an. Anndan espas sivilizasyon pa-m-pi-bon yo (kretyen, mizilman), pa ka gen respè pou ladiferans. Konsekans: moun pa janm sispann mouri pou granmesi nan non Bondye.

Lòt rezon ki fè demakasyon an radikal? Chak kouran nan sivilizasyon pa-m-pi-bon yo ap reklame verite a pou yo, konsa yo sètoblije wè lavi an tankou yon lesefrape ant de (2) kan: Kan verite kont kan manti, kan bondye kont kan satan, kan limyè kont kan fènwa, kan pozitif kont kan negatif. Sivilizasyon pa-m-pi-bon yo bay tèt yo dwa pou yo kondane tout sivilizasyon ki pa kadre ak “verite” pa-m-pi-bon an. Yo pa ka imajine ka gen sivilizasyon kote moun ka wè lavi a yon fason yomenm yo pa te konnen. Se kokennchenn demakasyon sa a Bwa Kayiman an demontre. Si Bwa Kayiman pa te voye prensip pa-m-pi-bon yo jete, jounen jodi a, nou t ap wè desandan yon etni afriken ap goumen ak desandan yon lòt etni poutèt youn pa t ap wè lavi a menm jan ak yon lòt.

Olye Bwa Kayiman brase tout kwayans esklav yo, fè yo fè yon sèl, olye li fè yon kouran monte sou tout lòt yo, li envante zouti metodoloji pa li. Zouti sa a pèmèt li kreye yon matris kote kèlkeswa tradisyon afriken, oubyen, kit li te la nan Bwa Kayiman, kit li pa te la, ka parèt san pa gen pyès lòt tradisyon k ap batay pou toufe l. Moun Lavale Jakmèl konn istwa Bònsante, moun Mawouj Nòdwès konn istwa Mawometan…

Sou plan lojik fondalnatal, Bwa Kayiman eskive lojik youn kont lòt (esklizyon: mete moun sou kote) pou li pouse lojik youn plis lòt devan (enklizyon: kite plas pou tout moun). Se chwa sa yo, ki fèt depi nan Bwa Kayiman, ki pèmèt yon Ayisyen sèvi lwa etan li pral pran lakominyon, san li pa gen santiman li merite al nan lanfè pou sa. Ak yon lojik konsa pa ka gen nesesite pou yon eritye Bwa Kayiman ap mache di pa m pi bon, ale wè pou li t ap pèsekite yon lòt pou kwayans li.

Dapre tradisyon peyi a, chak nanchon afriken, ki te gen pitit yo anndan peyi a,kite yon eritay pou pitit peyi a. Nou ka wè sa nan fason vodou a ranje lwa (lespri), ki te travèse lanmè ak Afriken yo nan fon kal batiman. pou li mete youn an amoni ak lòt dapre jan yo te konprann travay lwa sa yo nan espas kote yo te sòti an Afrik la. Se sa nou rele matris pou yon sivilizayon tou nèf.

Prensip la vin ak yon konsepsyon nèf sou rapò moun ak Bondye. Sèl fason pou yon moun jije yon relijyon, se sou satisfaksyon chak moun jwenn nan relijyon yo. Konsepsyon sa a pa ka akòde ak lojik sivilizasyon pa-m-pi-bon yo.

1.5     Senkyèm Prensip: Sa nou pa konnen pi gran pase nou

Prensip imilite devan sa nou pa konprann. Prensip respè pou lòt fason moun ap viv, respè pou lòt fason moun konprann lavi a, fason ki depaman ak sa nou abitye. Respè pou eksperyans nou pa viv. Anpil fenomèn (èske marasa konn mare moun?), nou tande nan bouch moun sèlman, gendwa posib anndan yon sivilizasyon, epi li enposib anndan yon lòt. Pèsonn pa ka di li okouran tout regleman ki fè kòsmòs la ap vire. Lavi moun ap viv, kèlkeswa tan an, kèlkeswa kote a, se youn nan latriye eksperyans yon sivilizasyon te ka fè. Nan peyi Tibè nan Nò Lachin, mwàn (pè) nan monastè boudis pa t ka imajine gen regleman nan lanati ki ka pèmèt moun rale dlo nan bafon fè yo monte sou tèt mòn. Konsa tou, anndan Ayiti menm gen moun ki ka sezi tande gen doktè fèy ak oungan ki ka fè yon gwosès kanpe, epi pou yo fè l kontinye nòmalman apre. Nou ka bezwen konnen, men nou pa gendwa di sa pa ka fèt, nou fèt pou nou admèt sèlman gen anpil posiblite nan egzistans la ki pa pase devan je nou.

Apre sa, se yon envitasyon pou moun grandi nan chache lakonesans. Tank yon moun ap aprann, se tank l ap dekouvri pi devan gen lòt fenomèn nan lavi a ki mande pou moun gen plis respè toujou sou fenomèn lavi a. Se nan aprann n ap dekouvri lasajès.

Youn nan gwo gwo mo ki egziste nan sosyete ayisyen an se pwofonde. Pwofonde nan lakonesans! Klas dominant yo nan peyi a fè tout sa ki posib pou lakonesans pa blayi anndan sosyete a, Egzanp: Depi 1950, lasyans admèt lang manman yon moun se pi gwo zouti pou li aprann. An Ayiti tout reskonsab edikasyon konn sa, men yo pito annile moun nan fè yo fè jakorepèt nan repete leson franse yo pa konprann. Youn nan rezon yo pi fasil repete se: lè yon moun pati sa li pral fè ak kreyòl la. Kòmkidire sosyete a ap prepare moun pou yo kite peyi a.

Apre sa, fòk nou rekonèt mo pwofonde a mare ak kesyon mistik, akoz 1) sosyete ayisyen an bay aspè mistik la nan vodou a anpil enpòtans; 2) Epistemoloji se yon branch nan filozofi ki etidye tout kalite rapò lakonesans genyen ak yon epòk oubyen ak yon sosyete. Nan epistemoloji vodou a nou jwenn sèten konesans rezève sèlman pou moun ki inisye, k ap pran degre. Si nou ouvè senkyèm prensip la pou tout Ayisyen, fòk nou laji mo pwofonde a, pou nou dekouvri se nan tout kesyon lavi a pou Ayisyen pwofonde, nan chache lakonesans.

1.6     Sizyèm prensip: Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.

Nan lane 1905, Einstein (Achtay) dekouvri lalwa (regleman) sou relativite jeneral. Si gen lwa sou relativite jeneral, se pakse tou sa ki egziste nan kòsmòs la ap vire youn akote lòt, akoz fòs youn k ap peze sou fòs lòt, pou youn rale lòt oubyen pou youn repouse lòt. Se nan mezi fòs yon eleman ka reyaji ak fòs yon lòt, kòsmòs la rive jwenn ekilib li. Nan fè laviwonn, fòs yo gendwa chanje sans ekilib la. Depi jou lasyans te fin bay Einstein rezon, save pa janm sispann travay pou yo dekouvri yon fòmil matematik ki ka sèvi nan kèlkeswa sitiyasyon an.

Anvan Einstein te dekouvri teyori sou relativite jeneral la, prensip ekilib jeneral la te deja parèt nan chak vèvè yo trase anba yon peristil anndan peyi a. Ekilib nan mitan fòs yo se yon egzijans nan kèlkeswa vèvè a, pou kèlkeswa rezon yo trase vèvè a. Anpil save deklare vèvè yo trase anba peristil yo sòti nan eritay endyen. Si vèvè yo se yon eritay endyen, sa vle di depi nan tan endyen yo, gen moun ki te deja konprann kòsmòs la chita sou ekilib nan mitan eleman ki peple kòsmòs la, moun sa yo te gentan adopte prensip ekilib la nan reyalite lavi yo. Sivilizasyon ki vle respekte amoni ant moun ak anviwonman an (kòsmòs la) dwe adopte prensip ekilib kòsmòs pou lavi sosyete yo.

1.7     Setyèm prensip: Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.

Kisa sa vle di? Sa vle di: chak moun dwe rekonèt li pa ka debalanse ekilib lavi a, li pa ka debalanse ekilib kòsmòs la. Defèt ekilib yo ap rale malè sou tèt tout moun, atò moun ki pran reskonsablite defèt ekilib yo. Fè ekilib la retounen ap vini nan brasaj k ap fèt nan mitan eleman yo, etan yo nan boulvès. Lè ekilib yo fin defèt, se nan anpil lesefrape ak kolizyon, pou fòs k ap pote eleman yo repran ekilib yo. Pèsonn pa ka devinen ki rezilta boulvès yo ka bay. Eleman nou te konnen anvan boulvès yo gendwa disparèt nèt, konsa gen lòt ki ka parèt…

Sitiyasyon boulvès Ayiti ap viv la sanble ak yon ekilib ki defèt, kote fòs yo ap chache yon lòt ekilib. Kit se ògèy yon moun yo blese pou granmesi, kit se yon pye bwa yo mal koupe, kit se yon savan ki envante yon bonm, gen yon ekilib ki defèt, pèsonn pa konnen konbyen tan sa ka pran pou moun k ap vin dèyè rekonstwi ekilib yo…

1.8     Uityèm prensip: Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kouman pou nou respekte ekilib lavi a

Twa dènye prensip sa yo marye ak senkyèm nan. Paske menm prensip la parèt sou 3 fòm. Yo vin sou 3 fòm, paske sa reprezante yon ensistans: se pou tout moun konnen yo. Prensip sa yo ap entèpele tout moun sou reyalite lavi a, kit se nan sosyete rich, kit se nan sosyete san mwayen. Si nou gade dega lèzòm ap fè sou anviwonman an, kit se an Ayiti, kit se lòt bò dlo, nou ka konprann kouman nèg vizyon, ki mete prensip sa yo deyò, te konn reflechi, kouman yo te PWOFONDE.

Difikilte lavi a oblije nou konprann nesesite pou nou pwofonde nan konesans sou regleman ki kòmande lavi moun ansanm ak kòsmòs la. Lavi moun pa deparye ak laviwonn k ap fèt nan kòsmòs la. Menm jan ak sitiyasyon mawon yo, ki te devan defi esklavay la, sitiyasyon difisil, Ayisyen yo ap viv jounen jodi a,egzije yo pou yo swiv konpòtman mawon yo, ki te desann fon (pwofonde) nan filozofi lavi a pou yo jwenn ki direksyon pou yo pran pou yo sòti nan zafè esklavay la. Nan lane 1791, mawon yo pran dispozisyon pou yo te trase yon lòt modèl lavi. An 2015, laplipa Ayisyen chwazi rete tann èd, rete tann mirak bondye. Sosyete a ap depafini ak yon mantalite chita tann, asiste, defetis, ki pa montre pyès moun kote tout moun ap ka manje, ni ki kote travay pou tout moun nan ap sòti, san nou pa pale pou ekilib nou dwe chache. Ekilib ki nesesè pou amoni ka tabli anndan sosyete a. Pa ka gen amoni kote yo pa respekte diyite moun. Pa ka gen lapè kote ki pa gen libète.

1.9     Nevyèm prensip: Pa janm manje manjebliye.

Pou ki rezon pou Ayisyen pa dwe manje manjebliye ? Prensip souvnans. Nan lane 1793, Tousen fòse Lafrans pwoklame libète jeneral pou tout esklav nan kèlkeswa koloni franse a. Nan lane 1802, Napoleyon Bonapat (premye Konsil franse) voye 55000 sòlda vin remete esklavay nan koloni yo (Sendomeng, Lamatinik, Lagwadloup). Si Franse yo pa te rive remete esklavay anndan Sendomeng, yo te rive fè sa nan zile Lamatinik ak Lagwadloup.

Ki leson ansyen esklav yo aprann nan tantativ Napoleyon Bonapat la? Pi gwo leson premye jenerasyon Ayisyen yo kite pou nou, se yon leson politik ak sosyal : “Nan pwen pyès gany ki la pou tout tan. Se pou nou toujou veyatif. Se pou nou toujou sou gad nou, paske jou nou bliye kò nou, jou nou an feblès, fòs nou te konbat yo ap remonte sou nou, depi yo kapab”.

Ki rapò prensip sa a genyen ak Ayisyen 2015 yo? Prensip Bwa Kayiman yo sòti nan lanfè lakoloni, se sa ki fè yo solid. Pou mawon yo te kraze lanfè a, fòk yo te plonje (pwofonde) nan nannan filozofi lavi a, pou yo sòti ak prensip sa yo. Se prensip sa yo ki te rebay esklav yo tout dimansyon moun yo. Yon dimansyon sistèm esklavay la pa t rekonèt. Prensip Bwa Kayiman yo depaman ak filozofi lavi ewopeyen epòk sa yo (blan, rasis, pa-m-pi-bon, demounizan). Malgre limanite ap fè pwogrè, prensip Bwa Kayiman toujou ap pale, paske se pa nan tout sosyete sou latè yo admèt yo. Si gen sosyete ki pa rekonèt yo, jouk jounen jodi a, se paske gen fòs nan sosyete sa yo ki rejte valè sa yo. Eritye prensip sa yo gen obligasyon pou yo respekte, onore, venere moun potorik sa yo ki te jwenn kouman pou yo desitire yon sistèm ki t ap lote moun nan mitan bèt. Si Eritye yo bliye sa, sivilizasyon pa-m-pi-bon yo gen lòt zam pou yo demounize moun tankou sou tan lakoloni.

1.10  Dizyèm prensip: Toujou sonje: fè koupe fè, dèyè mòn gen mòn, pa fè san inosan koule

Regleman sa yo, se yon rado regleman pou ede moun viv lavi a nan amoni. Pa gen fòs ki pa gen feblès li, pa gen fòs ki pa gen fòs ki ka kontre avè l. Toujou fè pou rezon nou toujou nan plamen nou. Gen yon pòsyon moun ki di sa w fè sou latè se nan syèl ou peye l . Gen yon lòt pòsyon ki di sa ou fè sou latè se sou latè ou peye l . Gen yon lòt pòsyon ki pa respekte anyen nan lavi a… Y ap fè chay san yo pa konnen, ki moun dèyè, ki pral peye.

1.11 Onzyèm prensip: Veye! Lenmi Lalibète, Lenmi Bwa Kayiman ka vin sou tout kalte plimay…

Si Napoleyon Bonapat pa la pou li remete sistèm esklavay la sou pye anndan peyi a, si li enposib pou esklavay retounen sou tè Ayiti, sa pa vle di rasis yo pa gen lòt mwayen pou yo tire revany. Tablo echèk Ayisyen yo bay rasis yo pretèks ak zam pou rasis yo kritike eksperyans 1791-1804 la. Sa ki pi rèd, anndan peyi a menm, tout koze tankou: “Campagne anti-supertitieuse, kanpay rejete, dejouke Bwa Kayiman, Èzili se Jezabèl, remèt peyi a bay Jezi”, tout koze sa yo se tantativ rasis yo. Y ap eseye, granmesi Ayisyen yo lemante ak lajan, pou yo efase memwa Bwa Kayiman nan mitan pèp ayisyen. Objektif rasis yo se fè Ayisyen repete: “Nou pa wè kisa Bwa Kayiman te itil, kisa 1804 te itil?” tankou sèten Ayisyen koumanse di l.

1.12  Douzyèm prensip: defann libète ak respè diyite se devwa tout eritye Bwa Kayiman

Bwa Kayiman te fèt pou respè diyite moun. Se sa ki fè pawòl la di : pa gen moun pase moun. Malè yon eritye ki pa konprann sa. Si gen moun k ap goumen pou libète ak respè diyite moun, gen lòt k ap travay pou moun toumen machandiz pou yo vann. Sa ki te fèt ayè, ka reparèt jodi, ka retounen demen. Nan peyi Irak, nan peyi Nijerya, an 2015 la, gen fanatik ki di yo jwenn pèmisyon nan men Bondye pou yo vann fanm ak timoun tankou bèt, tankou esklav. Jodi a, se fanatik, demen si pa gen konsyans ki pou kanpe devan zak demeplè sa yo, l ap nòmal tankou sou tan lakoloni. Sonje zansèt yo te blije peye lendepandans la, sonje Etazini te mete yon baryè politik ak diplomatik espesyal pou istwa peyi a pa kontaminen esklav ki t ap plante koton lakay yo. Sonje nan lane 1826, se Etazini ki te fè yo pa resevwa Ayiti nan premye reyinyon yo t ap òganize pou Leta endepandan nan kontinan Lamerik la. Etazini pran 60 lane pou li rekonèt endepandans peyi a. Blan ak blan oblije fè lagè pou yo desitire esklavaj nan peyi yo. Nèg nwè nan peyi Etazini oblije tann jouk 1960-1964 pou yo jwenn dwa pou yo vote. Nan Afrikdisid, Mandela pase 27 lane nan prizon anvan pou lalwa rekonèt tout moun gen menm dwa, kèlkeswa koulè po yo genyen. Malgre tout pwogrè limanite fè, toujou rete moun sou latè ki pa ka respekte libète ak diyite moun. Pèsonn pa konnen si lenmi lalibète sa yo p ap vin pi plis pase moun k ap defann libète yo. Toujou gen malè ki pandye sou tèt diyite moun. Toujou gen malè ki pandye sou tèt lalibète. Apre echèk yo an Ayiti, kolonyalis yo travèse sou lòt kontinan (Lafrik, Lazi), ale gaye vizyon rasis yo nan esplwate pèp endijèn yo jwenn nan kontinan sa yo.

Etan gen sivilizasyon k ap disparèt, gen lòt k ap parèt. Chak sivilizasyon vini ak valè pa li, ak vizyon pa li sou lavi a. Nan lanpi women te gen esklavaj, esklavay vin disparèt nan sèten peyi nan koumansman Mwayennaj la. Lè Kristòf Kolon fè dappiyanp sou Lamerik ak kolon li yo, Wa ki t ap kòmande nan zòn Ewòp la retounen an fòs ak lesklavaj, yo detwi pèp endyen nan travay fòse. Las Casas, ki te gen kè sansib pou Endyen, mande pou yo al bwote nèg nwè an Afrik vin fè travay Endyen yo. Sa vle di fòk eritye Bwa Kayiman yo veyatif, pèsonn pa konnen nan ki moman limanite pral pantan sou yon gwoup atoufè k ap bezwen esklav pou fè chawa. Kalvè sa yo tanpe nan fonnanm eritye Bwa Kayiman yo pou yo pa janm bliye. Men, rasis tout koulè ap travay, anba kouvèti pawòl Bondye, pou yo sal, pou yo efase tras Bwa Kayiman nan memwa eritye yo. Fòk konsyans eritye Bwa Kayiman toujou veyatif pou danje ki dèyè pòt la pa siprann yo.

Pierre Michel Chéry

Me 2015

Delmas, Ayiti

pimich@yahoo.com