10 Pòtre fanm nan woman kreyòl ayisyen
Konferans Pierre Michel Chéry prezante nan Lise Marijàn pou Akademi Kreyòl Ayisyen
nan kad selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2016.

Ki sa n ap chache ?
Rezon ki fè nou vini ak sijè sa a, se yon fason pou nou ankouraje jèn fi ak medam yo li
woman kreyòl yo, paske tèm yo trete nan woman kreyòl yo, ap ede nou konprann
sosyete nou an. Y ap ede nou wè tèt nou anndan sosyete a epi ede nou jwenn ki jan pou nou transfòme sosyete a an dous. Pèsonn p ap ka mezire enpak “Sentaniz” gen sou kondisyon lavi restavèk nan peyi a. Woman kreyòl yo se tankou yon laboratwa kote n ap gade tèt nou kòm Ayisyen, paske se fon nanm nou, kòm moun k ap viv nan yon sosyete, y ap flache. Pèsonaj woman yo se kobay ki nan laboratwa kote ekriven yo ap travay la. Apre sa, sosyete ayisyen an se yon sosyete ki gen anpil kliche (estereyotip) patikilyèman sou fanm. Depi yon fanm soti nan yon zòn nan peyi a, Ayisyen nan lòt zòn ba l yon defo. Yon defo moun k ap viv la pa rekonèt. Gen estereyotip pou gason tou, men jodi a se kliche medam yo ki enterese nou. Nou poko konnen sou ki kliche nou pral tonbe. Men, nou bezwen wè si ekriven yo repwodui sèten kliche nan woman yo. Paske jan nou konn di li, ekriven an fè jefò pou li gen orijinalite li, men milye kote l ap evolye a, eksperyans li, make pawòl k ap jèmen nan lespri li pou l al mete sou papye pi devan. Sa ap pèmèt nou wè nan ki limit ekriven kreyòl yo depase prejije ak estereyotik ki gen nan sosyete a. Epi tou, tout otè nou pral prezante la yo se gason. Li ta bon pou nou ankouraje jèn fi ki renmen literati vin demontre talan yo nan divès jan literè yo.

Nan ki woman nou jwenn medam yo, epi ki non yo ?

Premye woman nou mete nan lis la, li rele Lanmou Bredjenn. Se John Gibbs Janvier ki
ekri li . Pèsonaj ki enterese nou yo se Anita ak Katya. Woman sa a sòti an 2015 nan
Librairie-Editions Kopivit-L’Action Sociale.

Gen yon woman kreyòl Patrick Sylvain ekri ki rele Anba Bòt Kwokodil. Woman sa a sòti an 2015, nan Trilingual Press, Cambridge Massachussetts, Etazini. Gen de (2) pèsonaj ki enterese nou nan woman an. Premye pèsonaj la se Èzila epi dezyèm nan se Malèn. Pi devan n a wè pou ki rezon nou pran de medam sa yo nan woman an.

Twazyèm woman nou an se Adelina. li parèt an 2014, nan Trilingual Press, Cambridge Massachussetts, Etazini. Se Ewald Delva ki ekri li. Fi ki enterese nou woman sa a, se Adelina, se pèsonaj prensipal la tou.

Rhoddy Attilus ban nou katriyèm woman an ki se Kèkèt ak Janmari. Woman sa a pran
pri Deschamps 2014. Se Edityon Deschamps ki pibliye l. Pèsonaj ki enterese nou kòm fi
nan woman sa a se Kèkèt, youn nan pèsonaj santral woman an.

Edgar Gousse ekri yon woman yo rele Kolangèt Madan Bwadòm, fòk nou pa kite non
woman an pran nou nan zatrap. Sa ki nan woman an pa gen anyen ki sanble ak jouman. Woman an sòti an 2012. Se Edition CIDIHCA ki pibliye woman an. Nou pran 3 medam nan woman an sa a, non yo se Rayisa, Mandala ak Sofi.

Dènye woman nou, sizyèm nan, se Edisyon Mapou ki pibliye Agasya pou Emile
Célestin-Mégie nan ane 2003. Pèsonaj ki enterese nou nan woman sa a se Agasya,
pèsonaj santral woman an. Emile Célestin-Mégie (Togiram) se manm Mouvman Literè
Sosyete Koukouy.

Yon kout je byen rapid sou 10 pèsonaj yo ak woman yo
Nan prezantasyon nou pral fè sou woman kote nou pran pèsonaj sa yo, nou pral gade ki pwoblematik otè woman an abòde oswa ki entansyon otè a pou nou jistifye rezon ki fè nou sible pèsonaj sa yo. Si nou gentan n ap fè yon kout je rapid sou estil otè yo ak fason yo abòde kesyon lang kreyòl la. Sa ap pèmèt nou wè ki jan otè a jere enfliyans lang franse a, malgre se yon woman kreyòl l ap ekri.

Lanmou Bredjenn
Premye woman ki nan lis la se Lanmou Bredjenn. Otè a se John Gibbs Janvier. Nan
woman sa a, John Gibbs Janvier montre nou yon jenn gason, yon bredjenn (Pòl) ki
renmen ak de fi, youn pou li pran plezi li (Anita), epi lòt la pou lè li bezwen lajan (Katya).
etan Pòl ap etidye nan fakilte, l ap evolye nan mitan yon ekip azaryen, y ap jwe zo, y ap
bwè alkòl. Fon tablo woman an se yon ekip jenn gason ak jenn fanm k ap bat mizè, men tou, ki anvi viv.
Prèske tout jenn gason, tout jenn fanm ap goumen pou yo jwenn lajan, yo sou bras, fi
kou gason. Renmen yo fèt rapid, trapde, san pale anpil. N ap prezante Anita ak pawòl otè a met nan bouch li : “Ki sa w ka mande m pou m fè m pa kapab” (paj 13), epi “Anita
avanse sou Pòl li kole bouch li nan pa Pòl pandan kèk minit” (paj 14). Men ki jan Pòl wè
Anita : “… sa ta bon pou w wè fanm lan wi, ti manzè plen tankou yon ze bòs epi l mete yon bout pantalon, chak bò mouda l ap rele…” (paj 19). Kondisyon egzistans yo kale kalite rapò dife pay mayi sa yo, rapid, danjere nan tout sans, k ap kite tras yo pa ta vle…
Woman sa a montre nou mizè moral ak sousi materyèl yon pati nan lajenès nan kapital
la ap viv, sa k ap pase nan tèt yo, ki jan yo pran tèt yo, ki jan yo wè patnè yo, jèn parèy
yo.
Pa gen diferans ant lojik Pòl devlope pou li viv la ak fason medam ki nan baz Anita yo
reflechi. Tout medam ki nan baz la sou afè, yo tout ap veye ki kote nèg ki pou leve yo atè a ap sòti. Annatandan, y ap pwofite lavi a jan yo kapab, yo renmen, y ap kite, y ap fè nouvo mennaj san yo pa kite. “Lè w ap gade figi Yolèn ou ta di se Sent Vyèj Mari men zak anba pye l ka antere dis gason nan yon sèl tou” (paj 26). Ni fi, ni gason, yo tout ap jwe pokè a, tout kat yo atè, ki nèg k ap pran yon kout pitit ? Ki fanm k ap pran yon gwòs san papa ?
Kanta pou Katya, lòt pèsonaj ki enterese nou nan woman an, se lòt bò meday detrès la.
Katya se fi k ap travay la, men ki oblije mete lajan deyò pou li jwenn moso afeksyon nan
men yon gason (Pòl) ki pa renmen l. Men ki jan Pòl wè rapò li ak Katya : “… ban m al jere bras jounen an la a avan fanm sa a tonbe fè kòlè sou kont mwen” (paj 20). Pi devan li pral pale konsa ak Katya : “… m pa renmen lè w fin di m w ap ban m yon kòb epi w lè jou a rive w chanje pawòl” (paj 20). Katya se moun ki asepte soufri an silans jouk sou kabann lopital… paske se li ki renmen an, se li k ap sibi dominasyon an nan rapò li avèk Pòl, se li ki pou peye, se li ki nan bezwen. Men, silans Katya a fè Pòl ap viv ak laperèz Katya ka sere vanjans la dèyè. Dezyèm sousi: lajan fanmi Katya a fè Pòl tounen yon prizonye nan men Katya …
Enterè nou nan Lanmou Bredjenn se te chache konpran kouman jèn yo travay ak lang
kreyòl la, kouman yo itilize l, ki sa ki sant enterè yo anndan sosyete a, sou ki sa y ap
reflechi. Sou plan estetik, pa gen travay an pwofondè ki fèt sou lang nan, otè a pa
melanje franse ak kreyòl. Sou plan sa a, otè a pote anpil enfòmasyon pou nou. Sitou nan zafè vokabilè anglè meriken k ap antre nan lang nan anba enfliyans mouvman rap
entènasyonal la. “Kote w jwenn bèl ti shooty” (paj 18) . Nou jwenn “yo”, “man”
(pwononse menn), nan lis entèjeksyon, jèn yo itilize nan plas “ey” pou yo atire atansyon
yon lòt jèn parèy yo. Nou jwenn “zofanm” (paj 19), pou yo montre kalite trè fizik yon
fanm. Nou jwenn “zo” pou kont li tou, “m pa nwi” (paj 23), k ap parèt nan langaj jèn yo,
li vle di “sa pa deranje m”. Woman an kite nou ak enpresyon se yon travay ki pa fini,
akote sèten neglijans ki pase tankou fot nan tape, ponktiyasyon. Anpil fwa otè a
boukante non pèsonaj yo nan aksyon yo.

Anba Bòt Kwokodil
Nan Anba bòt Kwokodil, Patrick Sylvain soulve difikilte yon jenn gason (Jozafa)
genyen pou li deside si pou li rete viv nan peyi a (Ayiti), osnon si pou li al viv aletranje
(Etazini). Difikilte a sòti nan presyon l ap pran nan men manman l ak sa l ap pran nan
men madanm li. Nou nan peryòd diktati Divalye a k ap ratibwaze jenn gason, espyon
toupatou ap veye bouch moun k ap pale. Èzila, manman Jozafa, ki te plase avèk yon sèjan meriken sou lokipasyon, devlope repiyans pou tout sa ki meriken, pou fason meprizan, demounizan sèjan meriken an te trete l.. Mete sou sa, li gen enfòmasyon sou fason blan ap trete moun nwa nan Sid Etazini. Sa li tande yo raple li sa peyi a te viv sou lokipasyon, “Pa bliye moun blan nan sid pa vle wè moun nwa; anpil nan marin yo se nan sid yo te sòti e se yon peripesi yo te fè n pase” (paj 261). Moun ap mouri nan peyi a, bèlfi a, Malèn, pa nan koze rezistans kont diktati Divalye ki nan bouch Jozafa a. Sèl pòt sòti li wè, se kouri kite peyi a bay Divalye “nou menm fanm nou konn reve tou… Nou gen de timoun piti la a, fòk youn nan nou panse a lavni yo. Fòk pye youn nan nou byen plante…” (paj 218). Nan woman sa a, pozisyon depaman sa yo pa fèt nan echanj fas pou fas nan mitan 2 medam yo. Se nan tèt Jozafa de lide yo al bouyi.
Patrick Sylvain kondi istwa a san li pa monte tansyon sispenns la, si se pa jis nan fen liv
la nou viv presyon yo reyèlman. Men, nou santi anbyans la pa bay moun anvi viv, nou
santi Èzila se yon moun ki kòche (blese) nan relasyon li te genyen ak Meriken an.
Dezespwa ak malè ap fè viwonn kay tout moun, atò moun k ap sèvi rejim nan. Istwa a
pral pran koub li tout bon lè yon jandam ouvè zam sou yon makout ki reponnli ak kout
zam pa l “Rafayèl annik wè zam Bòs Masèl la, … li tire sou Bòs Masèl… Bridsoukou, tèk-pou-tèk, yo chak reponn ak kout zam pa yo” (paj 249).
Sou plan literè, Patrick Sylvain ale lwen nan kantite detay li ka bay lè l ap fè yon
deskripsyon, “L’abiye ak yon wòb plake san manch ki bay sou tèt jenou l’. Wòb lan koulè ble ak ti boul “pokodòt” blan sou tout kò wòb la”, “Nen Malèn bazòl, li pa ni twò pwenti, ni twò plat. Bouch li, anba a byen plen, on ti jan epè men li pa pwès, anlè a fè yon ti monte lejèman” (paj 71). Patrick Sylvain montre li metrize kreyòl popilè a, sitou nan dyalòg yo “…, ban ba w on ti konsèy. Kannari w deja rabouch, poukisa ou pa bouche l pou l sispann vide dlo ?” (paj 60), “Bouche pa koupe vyann ak mòso bwa, se ak manchèt yo sèvi. Alò lè Lisifè sèvi ak zam se ak zam pou reponn” (paj 219). Otè a pran anpil anpil libète ak lang nan. Li pa bay tèt li okenn regleman lè pou li itilize detèminan yo (a, an, la, lan, nan), li sèvi avèk yo jan li pito, “M sonje jan nou te konn jwe jwèt timoun yo ap jwe an” (paj 168).
Men, lekti woman an vin lou, lè Patrick Sylvain deside antre nan demach sèvi ak pwòp
mo li kreye nan lang nan, “Jozafa te twò kontan wè yo, li akolade yo fèmeman” (paj
231), “yon matonnman grenn klou”, “manmzèl pa ta renmen chimerit Jozafa” (paj
233), epi “efranyisite” (paj 239), “koupabilize” (paj 241), “sanginèsite” (paj 245),
“nwasite” (Paj 246), “ekosifye” (paj 247), “zeguifye” (paj 248).

Adelina
Woman Adelina a se yon istwa damou ant yon jenn fi ak yon jenn gason. Sa ki kreye
enterè nan woman an se paske 2 pèsonaj santral yo (Adelina ak Wodòlf) soti nan de klas sosyal ki nan de bout ekstremite sosyete a. Ki fè, Ewald Delva (E.D.) kanpe yon
pwototip fanm malerèz k ap pote fado tout ti peyizan peyi a nan yon alyans sosyal ant 2
klas kòm 2 moun ki pa ta dwe rankontre alewè pou yo ta rive renmen. Woman an ka
sèvi kòm senaryo pou yon feyton televizyon. Nan konsepsyon otè a, relasyon lanmou ki
genyen ant Adelina ak Wodolf la parèt tankou yon reparasyon sosyal istorik “Mwen
renmen w poutèt senserite kè ou/ Ou fran/ Ou diy de mwen” (paj 105). Wodòlf (kòm pitit
grannèg) gen konsyans se yon favè li fè Adelina dèske li renmen li, se tankou se yon
byen l ap fè pou ti pèp la, “olye pou li ta louvri de bra li byen laj, pou li ranmase lamàn ki
ap sòti nan syèl tonbe nan dezè li” (paj 72). Tout engredyan yo la, yon malerèz dènye
degre ki t ap pase mizè epi lavi li pral baskile…
Men ki jan otè a wè Adelina: “Adelina se yon bèl demwazèl byennelve. Li gen yon bèl koulè nwa marabou, jansiv vyolèt, chenèt dan blan byen aliyen… Tout fòm kò Adelina byen fèt, byen detaye” (paj 31). “Adelina nan laj sèzan, te al pase ekzamen sètifika li san grate tèt” (paj 35). “Pou byen asire plas travay li, peyizàn Adelina toujou fè bòn jès ak tout moun nan kay la… Demwazèl la gen tout dis dwèt li nan koze kizin. Li souriyan epi akeyan sou tout pwen. Li bèl epi li entèlijan alfwa” (paj 60). “Abitan an (Adelina) konnen tout fason pou li resevwa moun … ou pa pe wè Adelina ap mache sou moun dri dri. Si li ta oblije mache, se pou dabò li ranmase tout rad li, ak bèl eskiz, anvan pou li pase bò kote yon moun” (paj 68).
Men kijan Adelina wè kwayans paran li yo : “… Masiyon te mande Adelina pou li janbe
yon boukan dife… Adelina pa te vle, … li te rive janbe li andeyò volonte li (paj 36). Kòm
reyaksyon pou iyorans yo, li fè manman l konnen “… mwen pa lwen pou mwen konvèti
nan pwotestan” (paj 37).
Diferans ant klas sosyal yo pral parèt nan lang franse a otè a chwazi pou li fè pèsonaj ki
nan sèk Wodolf yo pale, “- Rodolphe mon amour, aie donc pitié pour ta mère!”, “-Mamie, cela ne regarde que moi, merci.”, “-Non mes amis, c’est une honte. Une servante de ta maîtresse, comment te sens-tu?” (paj 158). Tankou jan tout lektè ki konn mès peyi a t ap tann sa, fanmi Wolan pral voye pye devan “mezalyans” la. Men, si anpil lektè t ap tann rapò ant klas sosyal yo pral dejenere pou yon kriz total pete nan woman an, y ap pran yon bèl desepsyon. Sa k pase? Otè a dejwe atant lektè yo. Yon ensidan (otè a kreye) pèmèt li kraze tout baryè sosyal, “Anaïde, Petite sœur, tu m’en veux… Mais bien avant ma peau, je te supplie de conserver l’embryon que tu portes à peine pour ce musicien de jazz” (paj 158). Nan 2 replik otè a kraze tansyon an pou li pa tounen kriz, “Adelina (Jidit) te rive konn tout anndan kay Montaynwa a, paske Anayid ki vini si tèlman bon zanmi li…” (paj 160).
Avèk Adelina, Ewald Delva montre nou li konn tradisyon peyi a. Sèn fiyansay la (paj
138) se yon veritab kado pou orijinalite li. Woman an se yon kwazman 2 kont ki soulve
tout kalite kesyon ki gen rapò ak vijinite, an Ayiti. Sou bò Adelina, vijinite “bòbòt” la se
objè sakre pou moun pa vòlè nan kont la. Adelina gen yon pakèt eprèv pou li travèse ak
misyon pou li pwoteje objè sakre a. L ap gen pou li refize òf gason “ki pa pou li”, l ap gen pou li defann tèt li kont gason ki vle vare sou objè sakre a; l ap genyen pou li reziste
anba tantasyon vann kò li pou li ka manje, li pral viv nan dènye degre malsite lavi a
(dòmi nan …). Eprèv sa yo ki devan Adelina yo, se senbòl baryè sosyal Adelina genyen
pou li travèse yo pou li ka jwenn “lamàn nan dezè” a. Amelya, manman Adelina, jwe wòl
adjwen nan kont la, paske se li menm ki gen sekrè “klete” a pou moun ki pa gen modpas la pa ka rive nan chanm sakre a. Nan dezyèm kont la, ewo a se Wodòlf ki pral pati dèyè objè sakre a, ki pral travèse eprèv pa li (vwayaj, fanmi), pou li al chache kle (fiyansay la) k ap pèmèt li jwenn modpas objè sakre a.
Ewald Delva itilize plizyè estil pou li ekri woman an. Li itilize kreyòl popilè a nan dyalòg
yo, li itilize lang franse a pou pèsonaj ki nan sèk Wodolf yo. Epi, anpil fwa, li mete
womans yo sou fòm pwezi klasik (vèsifikasyon, metrik, eks), “Kwak ou pa fè cheve w
lis/Se pou sa m renmen w piplis” (paj 98). Men, pi gwo feblès nou jwenn nan woman sa
a, se konstriksyon fraz yo ki sanble twòp ak konstriksyon fraz franse, “Adelina te gentan
fè de vwayaj Chanbelan, nan bato, ale anonse rive Mennaj li” (paj 113). “Amelya anfen te fini pa reziyen li, e bay legen a koutwazi enkoni an” (paj 124), “li ekskize depite Edwa pa yon souri fòse” (paj 127). Liv la vin sanble yon tradiksyon woman franse. Se tankou otè a te panse woman an an franse epi li ekri li an kreyòl. Nou ka wè sa nan kantite fòm
advèbyal franse otè deside kreyolize san li pa pèdi tan al chache yon fòm kreyòl ki te ka
fè lide a pase pi byen,”Palasuit, anvèti amitye yo” (paj 29), “Mwen ap marye avèk ou
soulechan” (paj 40),”asontou” (paj 51), “sandezanpare” (paj 60), “andepidetou”,
“toujouzètil” (paj 68), “osivit” (paj 69) “Dòdòf, vi laj ou” (paj 100) “…, pouvike nou konn
sa nou ap fè” (paj 107).

Kèkèt ak Janmari
Nan Kèkèt ak Janmari, Rhoddy Attilus kanpe pou nou istwa yon jèn koup k ap viv ak
dout nan relasyon yo. Janmari sispèk madanm li, Kèkèt. Li twouve li twò alèz ak yon
zanmi gason. Men, nan rapò anndan koup la, se Kèkèt ki dominan an, akoz aisirans li
genyen sou santiman l, mete sou imaj bèl fanm k ap fè tèt nèg vire. Nan woman an, Kèkèt se yon bèl fanm ki pa t dwe renmen Janmari, “Mesye, kòman nou fè kite peyizan sa vin pwan bèl fanm sa nan men nou la?” (paj 20) Men, se pa sèl sitiyasyon k ap fè Janmari dominen. Anvan yo te marye, renmen an te manke gate akoz yon lòt nèg ki t ap file Kèkèt. Kèkèt sou bò pa li pa ka fè Janmari konfyans tou, akoz yon kliche ki di “fanm renmen gason ki gen bèl fanm” (paj…). Menm si pa gen danje reyèl pou koup la, Kèkèt twouve Janmari twò serye pou li. Lavi a mande yon ti fantezi ki pa gen plas li nan detay pwenti ki nan liv lavi Janmari a.
Men ki jan otè a prezante Kèkèt : “Kèkèt, se yon chedèv lanati. Timoun ki leve Okap, ki te lekòl kay mè, ki etidye administrasyon” (paj 19). “Kèkèt bèl vre. Li pa gen anpil cheve, li renmen penyen afwo, li gen yon ti koulè kafe ole, men w ta di gen plis kafe pase lèt. Dan l blan kou koton, li gen jansiv vyolèt… Li gen bèl otè, vant li plat, dèyè l sòti, Woy” (paj 21).
Tou de pèsonaj yo anbake nan yon kous kont tantasyon chanèl. Kiyès k ap ka kenbe ?
Kiyès k ap sede? Si Janmari jwenn fi k ap pote tèt yo ba li, Kèkèt sou bò pa li tou pa alabri avèk sè, zanmi k ap ba li presyon pou li leve pye l. “Mwen pran plezi nan wòl m ap jwe a, paske m ap sèvi pitit mwen ak yon nonm mwen damou” (paj 58). Moun k ap bay Kèkèt pwoblèm nan istwa a se yon grann k ap fè moun pale moun ki konvèti mal. Etan Grann ap mache legliz, l ap boule lansan, l ap bat kat pou moun. Lafwa levanjil Grann pa anpeche l travay pou Ayisyen ki Ayisyen. Malgre endiferans vivan yo ak jouman pou lwa yo, mistè yo toujou la ap kondi lavi vivan…
Sa ki enteresan nan woman sa a, se fason otè a dejwe lektè a sou atant ak tansyon ki gen nan istwa a. Etan tout moun ap tann ki jan istwa fidelite koup la pral fini, otè a anbake pèsonaj yo ak tout lektè yo nan yon vwayaj mistik k ap kondi yo ale san yo pa konnen, malgre levanjil, malgre lakominyon, malgre jouman. Lwa ap danse nan tèt moun san yo pa konnen, lwa ap mete sekrè moun deyò, lwa ap trase wout pou moun, y ap pwoteje pitit yo san yo pa fè wè yo la, desten vivan yo nan men yo.

Kèkèt ak Janmari se yon woman kote otè a prezante kilti ayisyen an avèk yon rega
pozitif, agreyab. Li sènen kilti nan otonomi li ak bonte li. Sa vle di kilti a egziste pou
moun k ap benyen nan kilti a. Li pa ka egziste pou moun ki pa ka viv li.
Rhoddy Attilus ekri woman an nan yon melanj kreyòl, varyete Pòtoprens ak varyete Nò.
Otè pase egzamen an, paske estil la ale dous san fòse, ni rechèch metafò sofistike. Nou ta gendwa di, genyen elegans nan sèten sèn ewotik. Men gen anpil kote otè a repran kliche k ap sikile sou fanm nan sosyete a san li pa reyaji, egzanp : “fanm rizèz twòp” (paj 15), nan jwèt bòlèt, “kaka se revè a fanm” (paj 23), “ou kwè se aza k ta fè yo tonbe konsa” (paj 24). Otè a chwazi pa mennen deba a sou teren koreksyon estereyotip yo. Lè otè a pa fè sa, li asepte yo…
Gen anpil pasaj an franse nan woman an ki jennen kadans lekti a. Li te ka pi enteresan si otè a te ekri liv la an kreyòl sèlman, konsa lektè a pa t ap pèdi tenmpo lekti a. Nou
remake otè a deside ekri moso fraz franse yo dirèkteman an franse, lè se yon pawòl kote kreyòl melanje ak franse, “kèkèt te sou galri a ap gade les passants”, “comme à
l’ordinaire”, “à travers l’infidélité”. Nou prefere l konsa pase pou otè a ta jis ekri bout
fraz franse a nan òtograf kreyòl la.

Kolangèt Madan Bwadòm
Edgard Gousse prezante nou peripesi yon manman Rayisa ak 2 pitit fi li, Mandala ak
Sofi. Istwa twa medam yo kòmanse nan yon moman kote grann Rayisa mennen li lakay
fanmi Saliba, nan vil Gonayiv, pou li vin travay kòm bòn, dekwa pou li ka fè ti kòb pou li
achte sa li bezwen. Tanzantan ti pitit gason Saliba vin nan kò Rayisa pou yo fè bagay
ansanm. Lè sa a, Rayisa te sèlman gen 14 an. Etan Rayisa te nan kay la avèk Ti Saliba, li te gen yon lòt anmore tou, Bouk Baka, moun menm kondisyon sosyal avèk li. Rayisa vin ansent, li deside l ap lage gwosès la sou do Bouk Baka, nèg ki ta pi ka sanble papa pitit li, “Ou fin gwòs mwen, epi se kesyon sa a ou poze mwen ? Ki kote ou pral mete m viv atò” (paj 50). Rayisa vin ansent yon dezyèm fwa, li fè Sofi, li bat jouk li jwenn Bouk Baka plis yon lòt anmore (Jolikè) ki pou rekonèt pitit la ansanm. Malerezman pou Rayisa tou de mouche yo pral mouri. Lanmò sa yo ouvè yon vàn tribilasyon ki parèt tankou yon madichon Rayisa ap peye pou 2 rezon. Bwa dife Rayisa ap bay lafimen, lafimen gason k ap toupizi fanm, lafimen lenjistis (paj 92). Malgre l ap woule anba gason pou li ba yo kout pitit, l ap trennen dèyè l erè li fè depi nan ansent pou Ti Saliba, dezyèm rezon an se koze “dous pou dous” la sosyete ayisyen an pa admèt la. Men pou otè a esplikasyon an sòti nan bal pèpè k ap sòti Nouyòk ak Miyami ki vin detwi metye kòdonye ak metye koutiryèz nan peyi Ayiti a (paj 94)
Mandala, sou bò pa li, se yon fanm k ap viv pou lanmou. L ap chache lanmou pou
lanmou. Mandala pa konn ki sa li ta bay pou ti moso jwisans lanmou. L ap rate jou lekòl
pou li ka ansanm ak mennaj li. Rayisa deja ap poze tèt li kesyon pou Mandala, “… pou l
konnen si se pa tout kont mal taye li te konn fè nan lavi ti demwazèl li ki tounen pichon vin tounen sou premye pitit fi li jodi a” (paj 92). Se li menm ki mache sou gason yo, epi istwa li yo pa janm fini jan li ta swete yo. Sou plan sa a, Mandala se pitit manman l ak sèl diferans, lavi a fòse Rayisa aprann woule anba gason kote Mandala ap pèsiste chache lanmou jis pou lanmou.
Epi Sofi ki pi piti a, se li ki rive jwenn chans yon nèg ki renmen l tout bon…
Edgar Gousse chwazi ekri woman nan yon estil ki cho, sa vle di pawòl yo malouk, “Se
etidyan, ki poko fin doktè, ki t ap fè estaj yo sou kadav Bouk Baka ki te vivan toujou” (paj 62). Pawòl yo sale lè yo pa plen fyèl nan sèten dyalòg nan mitan pèsonaj yo, “Kolangèt Madan Bwadòm! gade ki jan krab bouyi mòde m” (paj 56), “Ey…! Bègwè, ou pa tande m ap pale avèk ou, pou ou leve tèt ou gade mwen?” (paj 49), “Bon, ou monte sou vant mwen Fizeme, ou fin fè sa pou ou te fè a, epi ou kraze rak… ou fout gwòs mwen, tande. Mwen te vle fè w konn sa” (paj 57), “Fizeme, mwen vle fè w konnen yo pa chatre chen de fwa” (paj 68). Men tou, chak sitiyasyon mache ak yon pwovèb “Anvan chwal te gen maling, mouch te viv” (paj 71), oswa yon pawòl an daki. Daki a tradui filozofi lavi pèsonaj k ap pwononse yo, lè se pa otè a li menm ki sènen sitiyasyon an avèk daki a, men filozofi lavi Rayisa “Yo toujou di kote bourik mare, se la yo ba l manje” (paj 48), epi men limit sekrè Bouk Baka “Bòkò toujou di li retire moun nan twou men se Bondye ki bay gerizon” (paj 51).
Nou pa note enfliyans lang franse nan fason Edgar Gousse ekri. Okontrè, sa ki atire
atansyon nou se chwa otè a fè pou li swiv kontrent fonolojik lang nan sitou lè yon “l” ta
twouve li nan vwazinaj yon son nazal, egzanp : [tann li] ap bay [tann ni] anba plim Edgar
Gousse paske se konsa pawòl la sòti nan bouch anpil moun nan lwès ak Sid k ap pale
kreyòl.

Agasya
Pèsonaj Agasya se yon pèsonaj tipik, yon pitit peyi a ki se yon fanm ki sòti nan milye
tiboujwazi a, ki al pantan sou fon kiltirèl peyi a epi ki deside anbrase kilti peyi a san
preparasyon.
Istwa Agasya kòmanse ak yon envitasyon ki vin jwenn yon ekip zanmi pou y al asiste
yon seremoni lwa ki t ap fèt nan yon seksyon kominal tou pre vil Marigo. Etan Agasya
nan seremoni an, yon lespri monte nan tèt li san li pa ka konprann. Apre esperyans sa a, Agasya pral pran desizyon pou li monte yon sèk etid nan vil la ak yon gwoup notab pou yo ka konnen ki sa vodou a ye. Sa pral kreye eskonbrit nan mitan moun nan vil la, pifò moun nan vil la pa dakò pou y ap vin fè reyinyon satanik nan vil la. Anpil vwazen ak
zanmi pral vin lènmi akoz demach sa a.
Pwoblèm sa yo pa briding Agasya ki deside avanse pou kont li. Agasya deside fòk li al
inisye (kouche). Inisyasyon an pral mennen tout kalite malè pou Agasya. Ki sa chwa
Agasya fè a pral pote pou li ? Se la tout enterè liv la ye ?
Lè nou li woman ak yon kout je sou po, nou wè malè Agasya soti nan desizyon li pran
pou li al inisye a. Men leson nou tire nan liv la montre nou, yon kilti se pa yon fenomèn endividyèl, yon kilti se yon fenomèn sosyal ki bezwen yon gwoup moun pou li
manifeste. Inisyativ mete sèk etid sou vodou nan vil la deja mete pikan kwenna pou kilti
sa a ta epanouyi nan milye sosyal Agasaya a. Mete sou sa, l al fè yon inisyasyon an
kachèt, san preparasyon. Desten Agasya te tou trase…

Èske nou jwenn sa nou t ap chache a ?

Nou li 6 woman kote nou pran 10 pèsonaj ki senbolize fanmm anndan woman yo. Gen 2 gwo tèm ki domine nan woman sa yo. De gwo tèm yo, se relasyon fanm ak gason nan renmen. Dezyèm lide ki prezan nan woman ekriven sa yo se rapò medam yo ak kilti popilè a pou nou pa di vodou a.
Anndan tèm relasyon fanm ak gason an, nou ka jwenn titèm tankou: kout pitit, vijinite,
komès lanmou, pwostitisyon degize.
Nan rapò pèsonaj yo avèk kilti popilè a, nou jwenn majorite nan pèsonaj yo rejte kilti
popilè a. Lè yo pa rejte l, tankou nan ka Agasya a, yo peye konsekans la tou. Men tou, fòk nou di youn nan woman ki trete kesyon kilti popilè a avèk yon kout plim pozitif se
woman ki rele Kèkèt ak Janmari a. Men tou, nou te vle wè kouman kliche ak estereyotip kont fanm nan sosyte a travèse woman yo. Malerezman, nou jwenn yo anpil. Kit se nan imaj sèten otè konprann ki se yon imaj pozitif pou fanm (Adelina), kit se nan fason gason konstwi imaj fanm nan tèt yo (Kèkèt ak Janmari, lanmou Bredjenn, Kolangèt Madan Bwadòm).

Diskou enstalasyon nouvo Prezidan KAd la,
Akademisyen Pierre-André PIERRE
Direksyon Kominikasyon 10-01-2019

Diskou enstalasyon nouvo Prezidan KAd la,
Akademisyen Pierre-André PIERRE

Onè respè Prezidan Akademisyen Jean Pauris JEAN BAPTISTE ak tout
manm KAd k ap soti a;
Onè respè Madam Luna GOURGUE, Sekretè Egzikitif Akademi Kreyòl
Ayisyen an;
Onè respè Mesyedam reprezantan UNESCO, Ministè Edikasyon Nasyonal,
Ministè Lakilti…
Onè respè tout anplwaye AKA ! Tout envite ! Tout manm laprès!
Jodi a, mwen koube mwen byen ba pou mwen salye kokennchenn travay KAd
ki prale a. M ap salye yon fason espesyal, Prezidan Jean Pauris JEAN
BAPTISTE, yon potorik gason ki pa janm fatige sèvi peyi li. Mwen konnen
kijan sa difisil pou evolye nan yon peyi tankou Ayiti kote dosye kiltirèl yo,
dosye lang, se pwoblèm ki konplèks anpil. Se dosye ki mande anpil sanfwa ak
entèlijans pou abòde yo. Malgre tout difikilte nou konnen yo, ansyen KAd la te
rive poze anpil aksyon, sa ki montre peyi Ayiti gen anpil moun li ka konte sou
yo toujou.
Nan kad eleksyon ki te fèt nan dat 16 desanm 2018 la nan komin Mibalè
pandan 4èm Asanble òdinè AKA pou renouvle KAd la, mwen menm,
Akademisyen Pierre-André PIERRE, pifò nan Akademisyen yo te rive plase
konfyans yo nan mwen pou mwen okipe fonksyon Prezidan Konsèy
Akademisyen Akademi an. Se yon jès ki make mwen anpil. Mwen pwofite
okazyon sa pou mwen remèsye nou tout Akademisyen ki te vote nou vo KAd
la. Men, ranplase Akademisyen Jean Pauris JEAN BAPTISTE se pa yon
egzèsis ki fasil lè mwen konnen nivo angajman li pou te pèmèt AKA rive
enpoze li nan sosyete ayisyen an. Se pou sa, mwen tou anonse devan je tout
moun : pòt la rete louvri pou resevwa tout kalite konsèy pou kenbe enstitisyon
an djanm e pèmèt li ale  pi lwen nan ranpli misyon Lalwa ak konstitisyon
anfikse.

Mwen pwomèt tout moun, mwen pral mache pazapa yon fason pou ansanm,
nou rive ateri ak tout sa nou genyen kòm vizyon ki se mete an aplikasyon gwo
desizyon ki te pran pandan 4 dènye lane yo. Toujou sonje sa : travay AKA se
yon travay ekip. Se pou sa, mwen envite tout Akademisyen yo kenbe men ak
mwen, tout anplwaye AKA, tout jounalis, tout sitwayen ayisyen, rejwenn mwen
pou nou vanse ansanm, kòtakòt paske pou kò mwen, mwen pap ka fè anyen.
Se nan tètkole pou nou vanse. Mwen swete jwenn kolaborasyon tout moun.
Mwen pa vle pote yon mesaj manchlong.  Mwen vle raple nou, se konesans ki
mennen sou wout pwogrè. Men, kijan ka gen konesans si popilasyon ayisyen
an pa rive konprann sa k ap di nan non li? Kijan ap fè gen pwogrè sosyal si
konesans k ap sikile yo pa tonbe daplon ak imajinè kolektif la? Akademi
Kreyòl Ayisyen an gen gwo defi k ap tann li toujou. E mwen kwè nan
kolaborasyon tout Akademisyen yo, Anplwaye yo, divès patnè AKA yo, n ap
rive leve defi defi yo. Se pou tout sèvis rive jwenn popilasyon ayisyen an nan
lang li konprann nan, ki se kreyòl. Se yon gwo defi, nou ka leve li ansanm si
nou travay nan tèt kole. Akademi Kreyòl Ayisyen an se rezilta anpil goumen.
Se yon byen kolektif nou dwe travay pou nou pwoteje.

Mèsi anpil !!!

Savalouwe pou uit (8) fanm vanyan ki pwodui nan lang kreyòl ayisyen an

Nan okazyon 8 mas 2019 ki se jounen entènasyonal pou respè dwa fanm, Akademi Kreyòl Ayisyen
an pwofite fè yon koutflach sou kèk fanm ki travay pou bay Lang kreyòl ayisyen an yon plas enpòtan
nan domèn travay yo, kit se nan Lasyans, Literati, Mizik, Sinema, Laprès, elatriye.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm, yon moman ki make diferan lit fanm yo mennen sou latè
ak nan peyi Ayiti, AKA voye yon gwo kout chapo pou tout fanm ayisyen ki pote kontribisyon nan
devlòpman peyi Ayiti. Lis la ta ka pi long men Akademi an chwazi voye ochan pou 8 fanm ayisyen ki
pwodui nan lang kreyòl ayisyen pandan y ap kontribye nan develòpman sosyete ayisyen an :
1. Suzanne Comhaire-SYLVAIN
Li se premye fanm peyi Ayiti ki reyalize rechèch syantifik nan domèn Etnoloji epi montre nesesite ki
genyen pou edikasyon timoun yo fèt an kreyòl nan peyi Ayiti. Suzanne C. Sylvain reyalize yon latriye
travay syantifik nan yon moman kote peyi Ayiti te sou Okipasyon ameriken (1915-1934). Pami zèv li
yo, n ap site : Le créole haïtien : morphologie et syntaxe. Port-au-Prince: Caravelle, 1936. Genève:
Slatkine Reprints, 1979. Antwopològ, Fòkloris, Lenguis, potorik fanm sila te pwouve lang kreyòl
ayisyen an se yon lang ki granmoun tèt li. Pou plis enfòmasyon, vizite lyen sila : http://ile-en-
ile.org/comhaire-sylvain/.
2. Mercédès Foucard GUIGNARD (Déïta)
Mercédès Foucard GUIGNARD pibliye plis pase 15 liv an kreyòl ki gen pou wè ak kilti peyi Ayiti
keseswa esè, kont, pwezi, teyat. Piblikasyon Esperans Dezire nan fen lane 1980 yo plase Déïta
premye womansye fanm nan Literati kreyòl ayisyen an.
3. Emeline MICHEL
Diva Emeline se yon vwa ki depase fwontyè. Yon atis wòdpòd ki gen renonme entènasyonal. Ak
mizik li yo, li pote lang ak kilti kreyòl ayisyen an toupatou nan lemond.
4. Lumane CASIMIR
Lumane CASIMIR se yon chantèz tradisyonèl ayisyen. Ak kèk chanson tankou : « Panama m tonbe
», « Papa Gede bèl gason »… ki te nan bouch prèske tout pèp ayisyen an nan lane 1940 ak 50 yo,
Lumane pase kòm yonn nan premye fanm vedèt peyi Ayiti ki te atire anpil je sou li.
5. Carole DEMESMIN
Carole se yon senbòl vivan nan fè pwomosyon chante ak valè kiltirèl pèp ayisyen an. Li pa sispann
goumen pou valorize kilti pèp ayisyen an toupatou sou latè.
6. Judite BLANC
Doktè nan Sikoloji, Pwofesè Judite BLANC pote yon bèl kontribisyon pou devlòpman Lang kreyòl
nan domèn Lasyans (sitou nan Sikoloji). Li pibliye plizyè dokiman tankou E si sikoloji kognitif ka
demanti lejann ke kreyòl pa lang lasyans ? Yon tèks ki disponib sou sit entènèt : « Les Classiques
des sciences sociales». Bòkote, Serge MADHERE, Sterlin ULYSSE, Judith BLANC patisipe nan liv :
Toubiyon Twoma Lesklavaj ak Kolonizasyon: Dangoyaj Panse Afwo-Karayibeyen. Québec: Les
Éditions science et bien commun, 2017.
7. Suze MATHIEU
Pwofesè Suze MATHIEU jwe yon wòl enpòtan nan fè pwomosyon Lang kreyòl ayisyen an. Poudayè,
pwofesè Suze toujou fè kou li an kreyòl nan (Faculté Sciences Humaines). Li ekri yon liv enteresan
Depi nan ginen nèg renmen Nèg. Yon liv ki konbat vye lide ki vle fè kwè se depi an Afrik Nèg pa vle
wè Nèg.
8. Liliane PIERRE-PAUL
Liliane PIERRE-PAUL ap goumen depi plis pase 30 lane kòm jounalis. Se yon potomitan nan lit
demokrasi nan peyi Ayiti. Kontribisyon li nan lang kreyòl ayisyen pa gen pri. « Jounal 4trè » sou
radyo Kiskeya, se yonn nan prèv ki montre angajman li pran pou fasilite tout Ayisyen tande
enfòmasyon nan lang yo, Kreyòl.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm, Akademi Kreyòl Ayisyen ap pwofite di tout Akademisyèn
li yo mèsi paske yo chwazi travay san pran souf pou vansman lang kreyòl ayisyen an. Savalouye
pou nou Akademisyèn : Odette Roy FOMBRUN, Adeline Magloire CHANCY, Rosilia François
CORNEILLE, Marie Rodny Laurent ESTEUS, Rachelle Charlier DOUCET, Marie Marcelle Buteau
RACINE, Marie Jocelyne TROUILLOT.

NAN KI LANG POU N EKRI ?
Fabian CHARLES
Nan ki lang pou n ekri ? Jodi an, apre listwa kolonyal sa a. Ki jan pou nou pale de tèt
nou, ki mo pou n jwenn ki pou dekri sa n ap viv lan ? Sa fè lontan, n ap poze tèt nou
kesyon sa a, e nou poko jwenn repons. Èske se nan idantite n pou n jwenn li ? Oubyen
pa gen repons menm. Èske se nan retire tout sa k sot nan kolonizasyon an n ap
rejwenn tèt nou oubyen se nan adapte nou ak sa k rete an. Kesyon an pa fasil pou
reponn. Si tèlman nou gen difikilte pou n enpoze tèt nou, nan monn lan, jounen jodi an.
Èske nou gen dwa pou nou pale ? Èske si n pale sa ap gen enpòtans pou l genyen an ?
Petèt se ekriven yo ki pou ta pale pou nou. Men ki jan y ap fè pale pou nou nan lang
kolon an ?
Men èske nou gen lang ? Ta sanble nou pa menm ta vle kwè sa. Nou rete kwè, nou pa
gen kapasite pou n leve tèt nou. Nou pa gen kapasite pou n rive lwen ak sa nou ye. Sa
vin fè, nou pa menm kwè nou gen lang pa nou. Èske pèp nwa yo, ka gen lang, ki kanpe
kin menm jan ak lang blan yo ? Kiyès, ki diskou, ki kontinye ap kenbe n nan sitirans sila
a ? Ki kritik nou ka pòte kont dominasyon sa a, nan lasyans ak nan literati ? Èske lè n
ap fè kritik sa a, n ap fè kritik yon klas sosyal ? Si n rive pi lwen, nou gen dwa konprann,
se pa lang lan n ap chache, men se nou menm. Sa n ap gade, kòm filozòf, se pa lang
lan, ki pa gen chè, men se moun ki pale l yo. Kidonk, lang lan gen yon enpòtans
senbolik, paske l reprezante jan moun yo wè tèt yo.
Pi fò moun yo rete kwè, lang nou an, pa ka twoke kòn ak lang blan an. Komkidirè, lang
nou an ta enferyè pase pa blan an. Kidonk, lespri nou tou, ta gen mwens richès pase pa
blan yo. Tout sa se radòt. Pa gen lang ki siperyè pase yon lòt. Tout lang se lang, menm
jan tout moun se moun. Lasyans la pou dechouke tout pawòl anlè sa yo. Kidonk, lè n ap
fè kritik pawòl kolon an, n ap fè kritik tou, pawòl li an pa lasyans. Nou gen yon vye
tandans, pou nou repran pawòl kolon an, pou nou fè l tounen pawòl levanjil pou nou
menm. Epoutan, nanpwen pawòl ki pawòl levanjil. Tout pwoblèm dekolonizasyon an,
vin chita sou ki jan nou ka dekonplekse ? Ki jan nou ka rive kwè nan sa k pou nou ?
Menm lè an, pi fò moun yo mande pou politik lan fèt nan lang pa yo. Sa vle di, pou
politisyen pran pouvwa li pi bon si l konn pale lang pèp li. Vin gen yon separasyon ki fèt
depi lang politisyen yo vin dekonekte de langaj save yo. Èske lang lari an jodi an ka sèvi
pou fè lasyans ak politik an menm tan ? Èske moun k ap fè lasyans yo, oubyen moun k
ap fè literati yo ka gen yon enfliyans nan politik jodi an ? Ki fè, plis pase yon senp
kesyon lang, sa n ap mande tèt nou, se pwoblèm angajman ekriven an. Pou ekriven an
angaje l, nan monn n ap viv lan, li dwe fè yon chwa nan lang l ap ekri ladan l tou. Se
swa l deside pou l ekri pou lelit lan, oswa l ekri pou pèp lan.
E menm la a toujou, nou poko ap fini ak pwoblèm lan. Paske ekriven an gen lòt
pwoblèm k ap trakase l. Li gen dwa ekri nan lang pèp la, san l pa jwenn lektè. Ki jan pou
l rive jwenn lektè ? Zafè angajman kay ekriven an, depann de yon premye kesyon
santral, ki se : pou kiyès n ap ekri ? Lè sa a, ekriven an gen dwa deside pran yon
pozisyon politik oubyen l pa pran l. Angajman sa a, pa rete sèlman nan tèks lan, men
nou jwenn li tou nan zak ekriven an. Sa vle di, ekriven rantre tout kò l ak nanm li nan

angajman sila a. Men, pwoblèm nou se ki jan sa posib jodi an, lè langaj politik lan vin
separe de langaj ekriven yo ? Èske nou jwenn bout solisyon an nèt, avèk afè chwa lang
sa a ?
Pi devan, nou ka fè yon kritik de chwa literè yon seri ekriven pran, ki pèmèt yo retire tèt
yo nan angajman an. Sa vle di, diskou yo an sèvi kòm pretèks, pou yo pa rantre nan
zafè politik. Men si pa gen moun ki pou panse nan zafè politik, kiyès k ap panse pou
nou ? Lè kon sa, nou gen de entelektyèl ki plis nan sèvis sistèm kolonyal lan, pase nan
sèvis pèp yo. Èske ekriven yo bliye misyon yo ? Oubyen èske se pa nou menm, ki
mande ekriven yo twòp ? Antouka, wè pa wè, n ap dekri pwosesis alyenasyon
kreyolofòn yo, ak ekriven sa yo ki sanse reprezante yo an, ki jan gen konplèks kolonyal
nou ka jwenn toujou lakay ekriven sa yo. N ap pòte yon diskou kritik, pou montre ki
manti ki genyen nan chwa literè ekriven yo pran.

Fabian Charles

Filozofi ak pwezi : youn pa mache san lòt

Fabian Charles

Nanpwen filozofi san pwezi, nanpwen filozòf si pa t gen mouvman desann nan kanivo an. Nou rete kwè, jwèt pwezi an, se yon jwèt ki fèt nan lari. Sa vle di pou nou menm, se pa anlè nou jwenn li.
Nou ka tonbe sou yon lide sanzantann. Lide sila a, ka rive jwenn nou sou fòm emosyon, anvan l rive sou fòm refleksyon. Emosyon sila a, se avè l sanba yo travay, se ak li menm tou, premye filozòf yo, ki te vin anvan Sokrat te konn travay tou. Se kon sa nou rive konprann filozofi pran nesans nan pwezi. Li pran nesans, lè moun ki travay pou kreye konsèp yo, pa rete ap brase lide sèlman, men lè yo
desann nan lari an, epi yo pèmèt plis moun kale je yo sou reyalite an pi byen. Se pou tèt sa nou panse filozofi an fèt tou nan relasyon nan mitan moun ak moun. Se yon travay tou ki fèt lè nou makonnen emosyon ak refleksyon.

Si nou swiv pawòl lan, n ap konprann filozofi pa fèt san pwezi. Filozofi ak pwezi se kòkòt ak figawo, youn pa mache san lòt. Nou pa ka fè istwa filozofi, si nou pa fè sou lòt bò an, istwa pwezi kote l pran nesans lan tou. Premye filozòf yo se powèt yo te ye. Yon pakèt move entèprèt mete filozofi an dozado kont imaj yo. Epoutan, jès filozòf lan, ki se wete moun nan erè ak nan yon seri fo idòl k ap twonpe moun, pa lwen jès sanba a. Nou panse sanba a tou, dwe fè moun yo vire gade vre imaj yo.
Paske se vre imaj yo ki rete nan kè moun. Se sèl verite ki rete, lè manti kaba. Nou konnen premye jès powèt lan, se desann nan lari an. Menm jan dapre Platon, filozòf lan dwe kase chenn moun
ki pèdi nan fo imaj yo, pou montre moun sa  yo bon chimen an. Powèt lan tou, dwe fè yon travay dekolonizasyon mantal, pou montre moun yo wout liberasyon ak kreyasyon.
Se nan travay sa a, bèlte pwezi an chita. Se yon bèl bagay vle di se yon kichòy ki djanm, ki pare pou l reziste ak lanmò. Se la a nou jwenn definisyon verite an. Se la a tou, sa nou rele powèt angaje a jwenn plas li tou. Men se la a tou, powèt ki pa deklare l angaje pou okenn kòz l ap defann, fè nich li tou.
Sa n ap bouske la a, se ki lè nou ka di yon powèt angaje oubyen l pa angaje. Se ki jan n ap defini angajman an. Se la sa a n ap gade pou n wè si angajman an rete chita nan tèks ekriven yo, oubyen si l antre nan wòl ekriven an genyen tou nan sosyete an.
Pou nou menm, angajman ekriven an pa ret alekri sèlman, li aloral tou. Sa vle di, nou panse lè n ap pale de ekriven angaje, nou p ap pale de moun ki chita ap ekri atik swadizan politik nan
revi oubyen nan jounal. Men n ap pale de ekriven ki gen yon wòl enpòtan nan sosyete an, kote yo marye pratik literè yo ak pratik politik yo.
Youn pa mache san lòt. Epoutan, trè souvan nan zafè literati, kritik literè yo konn ap di, angajman an gate literati an. Sa vle di, lè powèt lan bay twòp plas pou angajman an, yo di sa diminye nan bèlte tèks lan. Lè kon sa, li pa rive marye bèlte tèks lan ak angajman l genyen an. Nan ka sa a, se pa sèlman bèlte tèks la ki echwe men dapre nou menm, se angajman an tou. Paske pa ka gen yon angajman ki bay rezilta, si li pa kreye emosyon kay moun ki tande oswa li tèks la. Anpil moun wè angajman an kòm yon bagay ki gate literati an, epoutan angajman an gen bèlte pa l tou. Wòl ekriven an lè n di l gen yon wòl politik, sa pa vle di pou l sispann atis pou tèt sa. Zèv politik yo gen plas ladan yo pou bèlte jayi tou.

Pèsonaj nan sosyete an, yo rele ekriven angaje an, prèske disparèt jodi an, se swa konsidere moun lan kòm yon politisyen k ap ekri, swa yo konsidere l kòm ekriven ki pa vreman gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan politik. Si ekriven sila a, antre nan politik twòp, yo gen tandans pa konsidere l kòm ekriven ankò. Sa vin fè l pi fasil pou ekriven yo wete kò yo nan angajman an. Sa vin fè l pi fasil pou
ekriven wete kò yo tou nan filozofi. Nou vin gen ekriven k ap ekri pwezi oswa k ap ekri woman, epi k
ap travay sou bèlte a sèlman, san yo pa poze tèt yo kesyon sou wòl bèlte a ka jwe nan sosyete an.
Pou nou menm, pa gen ekriven angaje, si yo pa poze tèt yo kesyon sila a. Nou pral mennen yon
refleksyon pou n wè l si l posib pou yon ekriven di l angaje san l pa pran wòl pratik sila a.
Pwezi an se yon lòt kalte zam li ye. Nan peyi d Ayiti, nou konnen yon seri gwo potorik ekriven, ki te
metrize byen sa yo rele militans lan. Nou poko menm bezwen site yo, yo rive nan lespri nou, si
tèlman mak yo kite nan peyi an te anpwofonde. Ekriven sa yo te marye literati ak wòl yo nan pati
politik. Sa pèmèt yo rete nan listwa kòm moun ki te sakrifye tèt yo pou yon mouvman. Se pou nou
gade, pandan n ap pran egzanp sou potorik ekriven sa yo, ki jan sa posib pou sa fèt ankò jodi an.
Se kon sa, nou ka gade si Jacques Roumain t ap posib jounen jodi an, ak estil pwezi l lan ki te
benyen nan militans. Si Félix Morisseau Leroy t ap posib ankò jodi an, ak yon pwezi ki pa gen lòt
fonksyon ke angajman. Pi lwen, nou bouske ki wòl literati an, pou nou repoze tèt nou nannan
kesyon an, jan Sartre te poze l lan : ki sa ki literati ?
« Pwezi pa teyori ideyalis, li pa cham majik paske li reflete sa yo rele yon epòk, sa vle di li reflete
konpleksite dyalektik reyalite sosyal yo, kontadiksyon ak antagonizay ki nan chapant politik-ekonomik
yon sosyete nan yon moman nan listwa. Kon sa li se yon temwayay, li se yon zouti pou analize sosyete sa
a. »
« La poésie n’est pas une spéculation idéaliste, un enchantement magique vu
qu’elle reflète ce qu’en langage commun on appelle une époque, c’est-à-dire la
complexité dialectique des relations sociales, les contradictions et les
antagonismes de la structure politico-économique d’une société, à un moment
déterminé de l’histoire. Une telle condition en fait un témoignage et un élément
d’analyse de cette société [1] . »

Nou menm k ap ekri atik sila a, n ap jwe yon wòl nou ka rele angaje pandan nou pito ekri l an kreyòl
pase an franse. Pandan nou konnen konplèks ki genyen nan lespri moun nan sosyete an fè yo pa ka
aksepte kreyòl lan se yon lang ki pèmèt moun eksprime refleksyon yo menm jan ak tout lòt lang.
Eske sa n ap fè a se yon zak angaje ? Eske lè yon ekriven deside pran yon angajman, li dwe chwazi
tou yon estil literè ki koresponn ak angajman sila a. Lè yon ekriven deside angaje tèt li, li deside
kreye tou yon nouvo stil literè ki mache ak angajman sila a. Paske fòk li jwenn yon estil ekriti ki ka
pran fòm angajman l ap defann lan tou. Se lè sa a, ekriven an kite lwa sanba a desann sou li pou l
kab kreye yon nouvo lang. Se pwezi an ki pèmèt angajman an pran fòm li. Se lè sa a nou ka
konprann pwezi an se yon zam li ye tou, osinon pou nou pale pi klè, yon zouti ki pèmèt nou angaje.
Ki jan nou ka sèvi ak zouti sila a ? Dapre Jacques Roumain, pwezi an dwe reflete epòk lan. Sa
vle di li dwe pèmèt nou konprann tou ki pwoblèm n ap viv, ki kontradiksyon k ap trakase n.
Kidonk pwezi an se yon temwayay li ye tou pou ekriven an, ki gen wòl istoryen l pou l jwe tou.
Men wòl istoryen sila a, se pa sèlman pou l temwanye, men tou se pou l chanje chimen listwa
a. Ki jan powèt lan kapab analize listwa a epi chanje l pandan l ap sèvi ak emosyon ?
« Si powèt la pa mete lide li an pratik, powèt la pa lib. Powèt la pa lib si l pa wè li oblije chwazi ant
Garcia Lorca ak Franco, ant Hitler ak Thaelman, ant lapè ak lagè, ant demokrasi sosyalis ak fachizim.
Libète malatchong li genyen an tounen sa yo ta ka rele konplèks Ponce Pilate yon trèt ki rale fèy kouvri

mannèv on lach. An menm tan powèt la temwen dram istorik lan, li nan mitan dram lan tou. Li anndan
dram lan ak tout responsablite li. Poutèt nou nan epòk nou ye a, zèv powèt la dwe tounen premye ranje
zam nan ki pou defann pèp la. »

« Si sa pensée n’est pas action, le poète n’est pas libre. Il ne l’est pas s’il ne
s’astreint à la nécessité impérieuse de choisir. De choisir entre Garcia Lorca et
Franco, entre Hitler et Thaelman, entre la Paix et la Guerre, entre la Démocratie
Socialiste et le Fascisme. Sa prétendue liberté s’achève dans ce qu’on pourrait
appeler le complexe de Ponce Pilate, qui couvre tous les artifices de la lâcheté,
du renégat. Le poète est à la fois témoin et acteur du drame historique. Il y est
enrôlé avec sa pleine responsabilité. Et particulièrement dans notre temps, son
art doit être une arme de première ligne au service de son peuple. »

Si powèt lan se temwen epòk li, sa vle di tou l pa ka ekri san l pa fè chwa. Se tankou lè moun al nan
tribinal paske yo rele yo kòm temwen. Moun lan oblije fè yon chwa sou temwayaj l ap fè an. Yo
mande temwen an oswa powèt lan pou l di sa l te wè ak de zye l, sa l te viv lè zak la fèt. Pa gen
metafò k posib pou powèt lan si l pa fè chwa non sèlman nan stil metafò an, men tou si l pa fè yon
chwa nan nannan sa l vle di an. Fòk pwezi an swiv aksyon powèt lan. Si powèt la pa ka fè sa a, sa
vle di si powèt la pa ka fè yon chwa nan temwayaj li, sa vle di l pa lib. Nou pa vle di la a, libète powèt
lan se kapab di sa l vle. Libète powèt lan chita nan kapab denonse sa pou l denonse oswa bay verite
l dwe bay lan san baboukèt. Men ki jan pou l fè l ? Ki jan pwezi ki pou anpil moun se literati ki parèt
pi inosan kapab sèvi pou denonse move rejim politik ? Ki jan pwezi kapab yon danje veritab pou
rejim politik lan ? Ki jan aksyon ka swiv pwezi ? Lè sa a, nou rejwenn yon kesyon ki pi lou toujou,
eske pwezi an kapab chanje monn lan ? Anpil moun di sa se yon rèv ki p ap janm ateri. Nou menm
nou pito mande tèt nou, si pa t gen pwezi, eske t ap gen aksyon ? Si pa gen emosyon nan yon
diskou, si pa gen metafò ki ka fè yo vibre, ki jan moun kapab aji ? Si pa t gen pwezi, monn lan pa t
ap janm chanje.

« La nécessité humaine est la loi morale de l’esprit. L’une des choses qui me
paraissent les plus admirables dans l’oeuvre de Lénine, c’est que l’auteur du
Matérialisme et du Criticisme empirique, cet esprit encyclopédique, ce géant de
la pensée, écrivit un pamphlet réclamant de l’eau bouillie pour le thé des ouvriers
des tissages de Schulusselburg. Et Mayakovsky obéissait à la vraie mission
révolutionnaire du poète lorsqu’il mettait son art au service de la lutte contre le
typhus. »

Eske pwezi a dwe rete sou papye ? Eske l pa dwe mache nan lari tou ? Eske n pa jwenn pwezi an
tou nan konble bezwen materyèl moun ka genyen ? Lè ouvriye yo ap mande pou yo monte salè
minimòm, oubyen y ap mande yon tas kafe anvan yo travay, pwezi an ta dwe la tou. Se li ki pou
bann fòs pou nou ka fè faskare ak tout pwofitè. Sa vle di pwezi an ta dwe sèvi tou nan pratik lavi
nou. Se sa k fè angajman an kay powèt lan pa yon angajman aloral. Men se yon angajman ki mache
men nan men avèk yon pratik.

Se lè powèt la di l pa p ret ap fè pwezi pou l fè pwezi, men lè l ap fè pwezi l lan bay rannman.
Lè ekriven rele tèt yo angaje epi angajman yo rete chita nan pawòl, se pa yon veritab
angajman. Gen yon seri gwo ekriven jodi an, ki rele tèt yo angaje, epoutan nou wè se atik
sèlman yo chita ap ekri.
Se pa sa nou rele ekriven angaje an, ekriven angaje an gen yon wòl sosyal. Lè l fin ekri yon atik, l al
pale nan radyo pou l gen yon enfliyans politik. Li antre nan yon pati politik kòm yon gwo ekriven. Kot
gwo ekriven angaje yo jodi an ? Kot Jacques Roumain ? Kot  Jacques  Stéphen Alexis ? Kot Félix
Morisseau Leroy [2]  ? Kot Sonny Rupaire [3]  ? Ekriven angaje an pa gen pou l pè rantre nan jwèt
politik lan. Sa pa vle di l ap pèdi tèt li kòm ekriven, paske angajman an gen bèlte pa l tou.

Fabian Charles

[1] Parole En Archipel, “Jacques Roumain : La poésie comme arme,” Parole En Archipel. URL :
http://paroleenarchipel.over-blog.com/article-jacques-roumain-la-poesie-comme-arme-
112286025.html. Accessed October 13, 2017.
[2] Félix Morisseau-Leroy, Kasamansa: poèmes, Dakar, Sénégal : [s.n.], 1977, 40 p.
[3] Sonny Rupaire, “La littérature est-elle nécessairement engagée ?,” Île en île, January 28, 2005.
URL : http://ile-en-ile.org/sonny-rupaire-la-litterature-est-elle-necessairement-engagee/.

Pa gen pi bèl batay pase batay pou yon pèp defann kilti li ak ranmase karaktè li.

Anvan nou pale sou dèt nou genyen pou Togiram, li ta bon pou nou raple kontribisyon Togiram nan batay lang kreyòl la. Emile-Célestin Mégie, ki ekri tou sou non plim Togiram (to-ji-ram), santre pi fò woman li yo sou reyalite vodou a, ak tout kontradiksyon ki gen nan vodou a. Etan Togiram ap ekri woman ak pwezi, li se yon militan ki t ap defann kilti popilè a ak lang kreyòl la. Sa ki fè Togiram enpòtan pou kilti popilè a anndan batay lang kreyòl la menm, se pozisyon li pran pou son yo rele “ou” nan nen, oswa “ou” nazal la, jwenn plas li nan alfabè lang kreyòl la kòmsadwa. Son [ou] nazal sa a nou jwenn li nan mo tankou oungan, ounfò, oungenikon, ountò, eks. Se yon son ki sòti nan lang fon, yon lang Afriken. Li goumen pou yo pa konfonn li, ni ranplase li ak yon lòt son, ki ta tou pre. Si pou alafabè kreyòl la pa ta rekonèt egzistans son sa a, se tankou alfabè lang pèp la ta voye yon pati nan reyalite lavi pèp la, yon pati nan istwa pèp la, yon pati nan kilti peyi a, li ta voye yo jete. Se ta asepte yon diskriminasyon anplis nan sosyete a anba dra lasyans.

Apre presizyon sa yo, nou santi nou pi alèz pou nou bay temwayaj sou fason Togiram ede nou jwenn kote pou nou kanpe nan kilti peyi a, nan lang peyi a, nan literati peyi a.

Nan lane 1972, lekòl Frè Miragwàn yo pa t depase klas katriyèm segondè. Nou p ap janm ka bliye tray papa nou pase pou li te jwenn yon plas nan lise pou nou nan Pòtoprens ak kay yon bon Samariten pou nou fè ladesant. Chans pou nou, lavi a te voye nou lakay kouzin nou, Junie Mégie (Jini Meji) Madan Ulrick (Ilrik). Plis pase 45 lane pase, imaj ti bifèt liv la toujou rete vivan nan lespri nou. Nan mwa novanm 1972 sa a, nou t ap depasyante pou kouzen an vin di nou li jwenn fich lise a pou nou. Tank nou veye pwent kafou, se tank nou pwofite fouye ti bifèt la pou nou jwenn liv pou nou li.

Nou fouye jouk nou pantan sou yon ti jounal kreyòl 10 paj yo te rele GINDÒL. Se Togiramki te direktè ak prensipal redaktè GINDÒL. GINDÒL se youn nan pi bèl rankont nou fè nan lavi nou. Petèt si nou pa t li GINDÒL, nou ta gendwa tankou yon bon valè Ayisyen ki konprann se natirèl pou yo meprize moun pou tout kalite rezon. Pou yon moun konprann sa nou ap di a, se pou li ta mete tèt li nan plas yon elèv Ayisyen 12-16 an, ki anba kontwòl yon enstitisyon k ap devalorize tou sa elèv sa a ap viv nan fanmi li ak nan kominote li. Leson apre leson, mepri pou sa ki fè esans elèv la pral donnen nan fon konsyans elèv la. Epi, pi devan, elèv la pral voye menm mepri a retounen nan sosyete a.

Imajine yon jenn gason ki nan adolesans li, ki se pitit peyizan, ki leve nan lakou, ki abitye ak rara, ki abitye ak moun k ap pran lwa, moun k ap pale kreyòl rèk… Imajine paran menm adolesan sa a mete li lekòl pou li ale ranmase lakonesans ak ledikasyon, epi ledikasyon an tounen yon machin pou mete adolesan an malalèz nan po li kòm pitit peyizan, kòm moun ki gen lwa nan fanmi li, kòm moun ki renmen rara. Imajine kouman fon konsyans yon pakèt Ayisyen sòti kolboso nan lese frape k ap fèt nan mitan kilti yo ak kilti pèpè a.

Se nan moman n ap chache wout pou nou fòje karaktè nou, nan moman n ap chache wout pou nou bay lavi nou direksyon, nou pral pantan sou de (2) atik nan GINDÒL. Youn nan atik yo te pale sou traka moun ap pase nan monte kamyon, nan move wout nan peyi a, pou y al chache tretman. Dezyèm atik la te pale sou yon seremoni lwa yo rele Boule Zen. Se te premye fwa nan lavi nou, nou te li kichòy ki pale an byen sou vodou. Se te premye fwa nou pa t santi nou gen defo jis poutèt nou se pitit abitan, jis poutèt nou pale kreyòl. Chòk la rapid : men sa nou ta renmen li, men sa ki enterese nou, men wout pou nou pran si nou vle vin ekriven demen. Nou pa janm sispann di Togiram mèsi pou GINDÒL.

Jodi a, nan moman n ap voye Togiram ale, se pou nou di lafanmi Mégie, espesyalman pitit Madan Ulrick yo, mèsi dèske yo te pèmèt nou rankontre Togiram nan yon kalfou pou nou te chwazi wout pou nou bay lavi nou direksyon. Nou konnen tout fanmi an deja fyè paske li te bay peyi a yon patriyòt tankou Togiram.

Togiram, Al dòmi nan lapè, san kè kase, ou te nan bon batay la

Pierre Michel Chéry

13 jiyè 2018