Lajan

1. Definisyon

Espè nan ekonomi ak finans vini ak plizyè definisyon pou lajan.

Pou on premye group espè, lajan se nenpòt bagay ki gen valè majorite moun nan on sosyete aksepte, an jeneral, kòm peman pou pwodui, sèvis ak dèt. Sa a se on definisyon fonksyonèl, on definisyon dapre fonksyon lajan genyen.

On dezyèm gwoup espè vini ak on lòt definisyonyo rele definisyon kontab lajan. Nan definisyon sa a, yo konsidere lajan nan kontablite. Nan kontablite, yo klase bagay ki gen valè an 2 gwo kategori: aktif (oswa byen), pasif (oswa dèt).

Definisyon kontab lajan an enpòtan anpil, nan sans li ede nou konprann lè on enstitisyon gouvènmantal oswa prive mete deyò on òf, sou fòm bon, pa egzanp, pou envite moun envesti lajan, bon an se on aktif, on byen pou moun ki achte li a, moun ki fè envestisman an, alòske li se on dèt pou enstitisyon ki vann li an.

Gen on twazyèm definisyon: se definisyon estatistik lajan. Definisyon sa a gen anpil enpòtans nan analiz ekonomik paske l pèmèt yo kalkile kantite lajan ki an sikilasyon. Kantite lajan ki an sikilasyon gen anpil enfliyans sou pèfòmans ekonomi yon peyi an jeneral. Kòm nou pral wè pi devan, lè gen twòp lajan an sikilasyon, sa ka kreye enflasyon ki kapab genyen on efè negatif sou kapasite pou moun achte, sou pri pwodui.

Nan kwonik sa a, pou m pa bouye pesonn, m pa pral antre ni nan aspè teknik kontablite lajan, ni nan wòl estatistik jwe nan kontwole kantite lajan ki an sikilasyon. N a sonje objektif kwonik lan se pote konesans de baz on moun bezwen pou li ka jere zafè finans li byen. Kidonk, nou pral sèvi pi plis ak definisyon fonksyonèl lajan pou ede nou konprannwòl lajan nan diferan tranzaksyon n ap fè chak jou.

Men, anvan nou gade wòl lajan kòm mwayen pou pèmèt moun fè echanj, pwokire pwodui ak sèvis yo bezwen, annou fè on kout je rapid sou istwa lajan.

2. Istwa lajan

Ki kote konsèp “lajan” an soti? Depi kilè lajan parèt sou mache finans kòm on zouti nòmal nan fè echanj pwodui ak sèvis?

Dapre sa moun ki fè rechèch sou istwa lajan rapòte, lajan pa t egziste nan kòmansman sivilizasyon. Moun te konn fè sa yo rele boukantay, yo te konn twoke sa yo genyen. Pa egzanp, on moun pwodui mayi, men li pwodui plis mayi pase kantite li bezwen pou li manje ak fanmi li. On lòt moun li menm peche pwason, men li peche plis pwason pase kantite li bezwen pou li manje ak fanmi li. Premye moun nan bezwen pwason pou li manje ak mayi a. Menm jan dezyèm moun nan bewen mayi pou l manje ak pwason li. Enben, yo fè boukantay: sa k pwodui mayi a, bay mayi li fè anplis la pou pwason. Lòt la bay pwason li peche anplis la pou mayi. Se konsa sa te konn fèt pou tout lòt pwodui ak sèvis moun yo te bezwen.

Men, sistèm boukantay la te bay anpil tèt chaje paske pa t genyen on barèm, on to, on estanda tout moun nan sosyete a te aksepte. Te konn gen anpil chire pit lè moun ki ap boukante yo pa tonbe dakò sou valè sa y ap twoke a. Moun sa a konn santi, sa l ap bay la gen plis valè pase sa l ap resevwa a, lòt la, menmman, parèyman. Sa te konn lakoz pwosesis la trènen anpil epi vin pi konplike. Pou yo eseye rezoud pwoblèm sa a, ofisyèl nan tan sa a te parèt ak on premye vèsyon lajan yo te rele lajan-machandiz.

Lajan-machandiz la se te on seri objè ak tèt bèt tout moun nan sosyete a nan moman sa a te vle posede, tout moun te dispoze aksepte pou pwodui ak sèvis y ap ofri. Pami egzanp lajan-machandiz, te gen sèl, te, luil, tèt bèt (sitou towo bèf), on kategori wòch moun lan tan sa a te bay anpil valè.

Premye fòm lajan sa a  te bay anpil pwoblèm akòz karakteristik machandiz yo. Yo pa t fasil pou divize osnon yo pèdi nan valè yo lè y ap chache divize yo. Pa egzanp, wòch yo pèdi valè lè yo divize yo; sèl te enpòtan anpil pou konsève vyann ak pwason, men, sèl fonn fasil nan solèy epi li lou pou transpòte, pou al pote kote tranzaksyon yo t ap fèt. Se te gwo tèt chaje tou pou moute- desann ak on towo bèf kòm lajan-machandiz.

Pwochen etap nan istwa lajan se entwodiksyon pyès metalik kòm objè pou echanj. Nan zòn 700 anvan Jezikri, Lidyen yo te premye pèp ki te vini ak lide fabrike boulèt lò ak lajan kòm pyès pou echanj. Wa lidyen an ( Lidi nan tan sa a te pati oryantal peyi Tiki) te pase lòd pou yo fabrike epi peze, etanpe avèk anpil presizyon valè boulèt lò ak lajan ki te gen foto lyon sou yo. Se boulèt sa yo ki te sèvi kòm mwayen echanj pou tout vant pwodui ak sèvis.

Pi devan, an 177 anvan Jezikri, Chinwa yo te envante lajan papye.  Pou fè lajan sa a, yo te itilize on papye espesyal, on “papye fetre”, ki te pi rezistan epi pi adapte pou itilizasyon nan aktivite komès pase sibstans frajil ki te soti nan fèy papiris, Ejipsyen tan lontan te konn itilize pou redije dokiman.

Pita toujou, nan sizyèm syèk Arab yo te kontribiye nan fè papye fetre rive ann Ewòp. Men se jouk nan kenzyèm syèk yo te vin kòmanse itilize l an grann kantite pou fè lajan papye sou kontinan ewopeyen.

Pou Amerik di Nò, se gouvènman kolonyal Massachusetts, an 1609, ki te kreye an premye pyès lajan metalik ak lajan an papye. Apre sa, tout lòt koloni yo te kreye pwòp lajan pa yo. Youn nan premye aksyon peyi Etazini, apre l te fin pran endepandans li, se te kreye lajan pou nasyon an. Nan dat 2 avril 1792, Prezidan George Washington te siyen on lwa kongrè ameriken te vote pou tabli nan Filadèlfi on enstitisyon pou fabrike lajan metal—Philadelphia Mint. 29 out 1862, Ameriken te kreye: “ Bureau de la gravure et de l’impression” (Bureau of Engraving and Printing), on enstitisyon ki piti piti pral vin gen responsabilite pou li enprime lajan an papye epi fabrike lajan an metal pou tout peyi a.

Lajan metalik avèk lajan papye nou sot mansyone yo te vin bay on dezyèm fòm lajan yo rele lajan fidisyè.

Lajan fidisyè se kach moun te ka itilize pou peye pou acha.An jeneral, peyi ki kreye epi ki sipòte lajan fidisyè sa yo te fikse valè yo davans;  konsa, sitwayen yo te santi yo an sekirite pou yo itilize fòm lajan sa yo pou fè echanj dirèk-dirèk youn ak lòt. On moun te kapab al nan mache, achte on kabrit, epi peye pou kabrit la lajan kontan ak kach ki nan pòch li (pyès metalik ak lajan an papye). Koulye a, pou evite transpòte gwo mago lajan metalik ak biyè an papye pou al fè tranzaksyon nan lòt zòn akòz ris vòlè ka fè dappiyanp sou kòb la, komèsan yo te pran abitid depoze lajan yo lakay on bankye. Bankye a se on notab ki kenbe lajan pou sitwayen ak kòmèsan nan rejyon an. Bankye a ouvè on kont pou komèsan an epi li gen responsabilite fè peman lan non li. Nan on premye tan, bankye a te konn egzije prezans fizik komèsan an pou fè on peman. Pi devan relasyon sa a te vin evolye, li te vin pran fòm on kontra, on otorizasyon, kote li pa t nesesè pou komèsan an te prezan pou bankye a fè tranzaksyon lan non li. Kidonk, nan nivo sa a prezans materyèl lajan pa t nesesè ankò. Ou pa t bezwen kach ak lajan an papye pou fè echanj. Sa te vin bay on twazyèm fòm lajan yo rele lajan lajan eskriptiral,

Lajan eskriptiral se on otorizasyon ekri pou fè peman lan non on moun oubyen on antrepriz. Se on fòm lajan sou papye ki an reyalite pa gen okenn egzistans materyèl, ki pratikman envizib malgre li prezan toupatou nan fè tranzaksyon biznis, nan tout gwo acha ki ap fèt.

Kòm nou ka wè lajan pase divès fòm avan l rive sa li ye jodi a.

3. Ki wòl lajan nan sosyete jodi a?

Lajan gen 4 gwo wòl.

1. Lajan se on mwayen, on zouti pou fè echanj

Nan jounen jodi a, tout sosyete modèn itilize lajan paske l pèmèt moun achte, vann epi peye pou pwodui ak sèvis yo bezwen. Nan pati sou istwa lajan an, nou te wè lè lajan pa t ko egziste kijan sa te difisil anpil pou moun te achte sa yo bezwen. Yo te blije fè boukantay, e sa te bay anpil pwoblèm. Avèk  lajan kòm mwayen/zouti pou fè echanj, pwoblèm sa yo te rezoud. Sipoze on moun gen on cheval, li bezwen vann li pou l achte on bèf. Sa l gen pou l fè sèlman, se jwenn on lòt moun ki bezwen achte on cheval, vann cheval la ba li. Avèk lajan li resevwa pou cheval la, li kapab achte bèf li vle a. Lajan pèmèt moun lan “fè echanj” cheval la pou on bèf. Kidonk, lajan se on entèmedyè, on mwayen  ki pèmèt on lòt bagay rive. Se sa k fè ekonomis yo di lajan se on mwayen pou fè echanj.

            2. Lajan se on mwayen pou kalkile pri

Nou te wè tou, lè lajan pa t ko egziste, lè moun yo t ap fè boukantay, te konn gen anpil chire pit ant moun ki ap twoke pwodui oubyen sèvis. On moun te konn santi sa li bay la gen plis valè pase sa l ap resevwa a. On lòt ap vann cheval li. Ki valè cheval la? Li pa konnen… Sa ap depann de sa lòt moun lan ofri twoke pou cheval la. Si moun nan ap ofri mayi, konbe sak mayi ki egal on cheval? Pa t gen on estanda pou ede kalkile, mezire valè sa y ap twoke yo. On estanda se nenpòt ki bagay majorite moun aksepte gwoup la kapab itilize kòm zouti pou mezire valè  pwodui ak sèvis. Nan jounen jodi a, avèk prezans lajan kòm on “inite monetè” tout moun aksepte, tranzaksyon osnon echanj vin pi fasil paske li vin posib pou nou esprime valè nenpòt ki bagay baze sou “inite monetè” peyi kote n ap viv la chwazi—kidonk kantite lajan on moun dwe depanse pou l achte on byen, on pwodui oubyen on sèvis. Gendwa se dola Ameriken, peso, ewo-dola, goud Ayisyen… Pa egzanp, pri cheval la se 200 dola Meriken, mil peso, 5 mil goud Ayisyen…

3. Lajan se on mwayen pou moun ekonomize

Nan jounen jodi a, si on moun bezwen sanble kòb pou li fè on gwo acha, pa egzanp sanble kòb pou li bay depo sou on kay, pouse nivo edikason l pi wo, se lajan ki ap pèmèt li sere kòb pou li depanse pi devan pou bezwen sa a. Sa pa t ap posib nan tan moun yo te konn fè boukantay paske chak moun te konn konsome tou sa sa li pwodui osnon boukante l pou on lòt pwodui. Epi pwodui yo te perisab, pa t gen mwayen konsève yo pou lontan—menm si nou pral wè pi devan, lajan kach oubyen lajan sere nan sakit, anba matla, pa pi bon mwayen ki disponib pou moun fè ekonomi. Kontdepay, on bon leta ak kòporasyon prive ofri kapab pi efikas pou ede on moun sere lajan paske yo toulede peye enterè.

4. Yo itilize lajan tou kòm on estanda pou dèt w ap genyen pou w peye pi devan

Sipoze w prete 100 dola nan men on zanmi epi w siyen on nòt/on kontra kòm pwomès pou w peye li 110 dola apre yon ane. Enben, se an dola kòm “inite monetè” y ap mansyone pwomès ou fè a lan nòt la.  Y ap deklare nan nòt la w ap gen pou w peye 10 dola enterè sou 100 dola ou prete a. Kidonk, nou di nan ka sa a dola se on estanda pou mezire kantite enterè moun ap gen pou peye sou on prè. Pi devan nou pral wè kijan fonksyon sa a enpòtan anpil lè nou pral analize wòl kredi, wòl dèt nan aktivite finans, nan aktivite ekonomik.

Chapit 3

Chanjman nan valè lajan.

Dèfwa m konn tande moun yo ap di: te gen on tan yo te konn al lan mache ak swasant dola, yo fè makèt ki ranpli frijidè yo jouk pòt li pa ka fèmen. M konn tande tou, moun ap plenyen lajan y ap peye pou bòdwo chak mwa moute men wotè… Yo te konn peye 10 kòb pou achte on tokenn, koulye a, menm token sa a koute on dola swasann kenz. Èske sa vle di se valè lajan ki diminye? M pa kwè sa: on dola rete on dola, 10 kòb rete 10 kòb. Sa k chanje, se kantite pwodui ak sèvis ou ka achte ak dola koulye a parapò kantite ou te konn achte sa gen dis, kenzan. Sa k chanje, an reyalite, se sa yo rele nan langaj finans pouvwa d acha. Kidonk, lè w pa ka achte menm kantite pwodui ak sèvis avèk lajan w, lè kantite w ka achte a pi piti, sa vle di pouvwa d acha lajan an diminye.

Kisa pouvwa d acha lajan ye?

Tèm pouvwa d acha a vle di valè reyèl lajan, sa lajan ap pèmèt on moun achte. Kidonk, chak fwa  ou wè yo itilize mo reyèl ansanm ak mo lajan, w a sonje y ap fè referans ak pouvwa d acha lajan. Menm jan lè yo itilize mo reyèl ak mo salè. Sa pa vle di konbyen dola moun lan touche, li vle di ki kantite pwodui ak sèvis lajan l touche a ap pèmèt li achte.

Kòm nou sot wè sa, an reyalite, se pa lajan ki chanje. On dola rete on dola, di santim rete di santim, on goud Ayisyen rete on goud. Sa k chanje se kantite pwodui ak sèvis dola a osnon goud la ap pèmèt on moun achte. Rezon an, se paske pri pwodui ak sèvis chanje. Si pri moute, sa lajan kapab achte vin pi piti. Si pri desann kantite pwodui ak sèvis lajan kapab achte vin pi plis. Kidonk valè reyèl osnon pouvwa dacha lajan chanje lè pri chanje.

Men, m dwe souliye ogmantasyon oubyen diminisyonn nan pri on grenn pwodui osnon on sèvis sèlman pa p afekte valè lajan. Pouvwa d acha lajan chanje sèlman lè pri majorite pwodui ak sèvis moun bezwen pou yo viv ogmante oubyen diminye. Chanjman nan pouvwa dacha oubyen chanjman nan valè reyèl lajan akòz ogmantasyon  pri sa majorite moun bezwen kapab gen gwo konsekans. Li ka vin bay sa yo rele nan langaj finans ak ekonomi: enflasyon.

Enflasyon

Kisa enflasyon ye? Kisa ki lakòz enflasyon?

Yo di gen enflasyon lè pri majorite pwodui moun bezwen pou yo viv ogmante pandan on peryòd tan. Youn nan rezon ki esplike ogmantasyon pri, se lè akoz rate on pwodui, kantite lajan moun dispoze depanse pou  pwodui sa a ogmante. Lè sa rive pou anpil pwodui nan on espas tan ki kout anpil, pouvwa d acha lajan diminye. Te gen on lè lalwa pa t sou moun, men lè anpil Ayisyen ak lòt imigran ki soti nan Amerik Latin, Amerik Santral aprann lalwa bon anpil pou moun ki dyabetik, pou kontwole asidite, pou tretman plizyè lòt maladi, pri pwodui ki fèt ak lalwa moute men wotè. Anpil moun bezwen pwodui a epi yo dispoze peye pi plis pou li. Lalwa vin ra paske peyi ki ap pwodui lalwa yo pa ka rive satisfè demann konsomatè pou pwodui a. Lè sa rive konsa pou anpil lòt pwodui, nan on menm peryòd, sa ka kreye enflasyon. Nan ka sa a, gouvènman peyi a kapab fè entèvansyon pou diminye kantite lajan ki an sikilasyon.

Lè se revè a ki rive, sa ka kreye on lòt fenomèn yo rele deflasyon. Gen Deflasyon lè gen twֽòp pwodui ki disponib aloske pa gen ase lajan an sikilasyon pou achte pwodui yo. Kòm konsekans pri pwodui yo tonbe. Pa egzanp, on modèl televizyon, an n di HD TV, vin popilè anpil opwen plizyè konpayi pou fè konpetisyon kòmanse pwodui an kantite menm modèl televizyon sa a. Anvan lontan,  magazen yo vin gen nan envantè yo plis HD TV pou vann pase kantite moun ki enterese achte. Lè sa rive, pou anpil pwodui, nan on menm peryòd tan, sa ka vin bay deflasyon—on fenomèn ekonomik ki ra anpil nan jounen jodi a.

Gouvènman on peyi kapab fè entèvansyon swa pou ogmante to enterè sou mache finans lan pou dekouraje moun prete kòb pou fè depans si vin gen enflasyon, oubyen diminye to enterè a pou ankouraje moun prete kòb pou depanse si gen deflasyon. Kidonk, ogmante osinon dininye to enterè pou kontwole depans konsomatè, se youn nan zouti pou kontwole enflasyon ak deflasyon.

Ki konsekans enflasyon?

Kit on moun gen anpil kòb, kit mwayen ekonomik li limite, kit li jèn, kit li granmoun, enflasyon afekte tout moun.

Enflasyon afekte moun ki pran retrèt ki gen salè fiks.

Moun ki ap viv sou pansyon, k ap resevwa chèk nan men depatman sekirite sosyal, k ap viv sou ti kòb yo te rive ekonomize nan bon tan opri anpil sakrifis; tout moun sa yo, kòm revni yo pa tèlman chanje ane apre ane, ogmantasyon rapid pri pwodui rann li difisil anpil pou yo jwenn ase lajan pou yo peye pou depans y ap gen pou yo fè pou yo viv kòmsadwa paske kantite pwodui ak sèvis y ap kapab achte ak sa yo resevwa a ap vin pi piti jou an jou si to enflasyon an ap kontinye grenpe.

Enflasyon diminye valè lajan moun ekonomize.

Anpil moun ki ekonomize lajan nan kontdepay pou plan dire kout osnon dire long, oubyen ki envesti lajan nan konpayi prive, kapab pèdi sou kòb la si to enterè y ap resevwa sou lajan yo ekonomize oubyen envesti a pi piti pase to enflasyon nan ekonomi peyi a. An n di to enflasyon  pou ane a se sèt pousan (7%), epi w ap resevwa kat pousan (4%) enterè sou kòb ou ekonomize oubyen envesti, san w pa rann ou kont, pou ane a, ou pèdi twa pousan (3%) nan valè lajan w. Kidonk enflasyon se tankou on awousa k ap rale lajan lan pòch ou san w pa santi sa.

Enflasyon ka rine ekonomi on nasyon

Non sèlman enflasyon ka manje ti kòb on moun ki pran retrèt k ap resevwa menm ti chèk la chak mwa, non sèlman enflasyon ka manje an katimini ti kòb on moun ekonomize pou pi devan, enflasyon ka diminye tou pouvwa d acha salè travayè ak pwofi  mèt biznis. Lè sa rive, li ka gen efè negatif sou nivo pwodiksyon jeneral peyi a ak kantite pwodui ki ap disponib pou konsomasyon. Kòm konsekans pri pwodui ap moute, travayè, si yo gen sendika ap reklame pi gwo salè, achtè etranje pa p twò enterese achte pwodui peyi sa a paske yo ka jwenn li pi bon mache lòt kote… Sa ka plonje ekonomi peyi sa a nan resesyon, on gwo plonje nan aktivite ekonomik li.

Nou pa ka pale de lajan san nou pa fè on rale sou labank, wòl bank yo genyen nan sistèm finans on peyi. M si plizyè nan nou ouvè kont labank, abitye ak jan de sèvis bank yo ofri… Men kòm nou pral wè pi devan wòl bank yo se pa sèlman kenbe lajan. Se sijè sa a nou pral abòde nan pwochen chapit la.

Objektif nou se devlope yon kwonik an kreyòl sou tout koze ki gen rapò ak finans nan yon fòm ki ka pèmèt nenpòt moun ki bezwen enfòmasyon nan domèn sa a rive jwenn li san poblèm.

N ap kòmanse ak on entwodiksyon tou kout k ap di pou ki rezon finans enpòtan ni pou devlopman chak moun ni pou devlopman on sosyete an jeneral.

N ap di nan ki moman yon moun ta dwe kòmanse mete lòd nan finans li.

N ap pale sou koze lajan ak enflasyon, pa egzanp enpòtans/wòl lajan genyen nan aktivite finans. N ap pale de kanè bank, kont an bank, diferan kalite kont ki genyen, diferan kalite bank, kredi, kat kredi…

N ap pale sou koze bidjè, enpòtans bidjè nan lavi on moun, on fanmi, on biznis, on asosyasyon…

N ap pale de envestisman, diferan fòm envestisman. Kijan pou nou sanble lajan/fè ekonomi pou envestisman? Ki kondisyon de baz moun dwe ranpli anvan yo ka kòmanse envesti?

N ap abòde kesyon asirans, enpòtans asirans nan tan n ap viv la a, diferan plan asirans ki egziste, tankou asirans pou swen longdire (Long Term Care Insurance).

N ap pale de byen/pwopriyete imobilye, achte kay, vann kay; enpòtans pwopriyete imobilye genyen nan fè byen, nan akimilasyon richès.

N ap abòde kesyon ipotèk/mògej, diferan kalite mògej ki egziste.

N ap pale de enpòtans tout kalite enpo ak taks genyen nan rasanble lajan pou depans travo piblik.

N ap pale de enpòtans kesyon etik nan diferan branch aktivite nou sot mansyone yo.

Kwonik: Finans pou tout moun

Entwodiksyon

Lè nou di finans, n ap pale de lajan ak tout lòt byen on moun posede. Poukisa sa enpòtan pou nou gen bon jan konesans nan koze finans?

Konesans nan finans se konesans tout moun bezwen pou yo ka pran desisyon sou baz enfòmasyon, pou yo ka pran desizyon ki fè sans nan nivo finans yo.

Poukisa sa enpòtan pou nou ouvè lespri nou nan koze finans?

Nan tan n ap viv la, li enpòtan pou nou gen konesans nan zafè finans, menm si se on konesans de baz. Gen 4 gwo rezon pami plizyè lòt ki esplike sa.

1) Jenerasyon anvan yo te konn plis sèvi ak lajan kach pou yo achte sa yo bezwen. Men, nan jounen jodi a, li ra anpil pou on moun, espesyalman on jèn moun mache avèk anpil kach sou li lè li pral achte. Ansuit, fason moun achte sa yo bezwen chanje anpil. Majorite moun konnye a prefere fè acha/chòping nan entènèt. Sa vin fè li pi fasil pou moun achte kredi, plonje tèt yo byen fon nan dèt nan on ti moman. Alòske, dapre rechèch, pifò moun pa konprann ni kijan kredi fonksyone ni ki enpak move jesyon dèt kapab genyen sou lavi yo. Nan yon tès FINRA (Financial Industry Regulatory Authority) prepare pou mezire konesans moun nan zafè finans, se sèlman 34 pou san moun ki pran tès la ki byen reponn kesyon yo.

2) Anpil gwo chanjman fèt nan kesyon travay.Te gen on tan, pa twò lontan, lè on konpayi anplwaye on moun, moun sa a te pral rete travay pou konpayi an pou tout rès vi l, kidonk fè karyè jiskaske li pran pansyon. Pou ankouraje moun nan rete lwayal,  majorite konpayi yo te konn mete anplas yon plan retrèt pou anplwaye li e se konpayi a ki te gen reskonsabilite administre plan sa a. Anplwaye a pa t gen pou l pran desizyon konsènan plan pansyon an, epi dèfwa yo pa t menm gen pou yo kontribye anyen nan fon pou pansyon an. Se sou kont konpayi a tout bagay te ye: ki kalite envestisman, ki kote lajan pral envesti… Depi kèk tan sistèm sa a kòmanse ap disparèt. Jodi a, plan pansyon kote konpayi ap kontribye lajan pou anplwaye ra anpil, espesyalman pou nouvo anplwaye. Koulye a, nan anpil konpayi se anplwaye a ki gen reskonsabilite pou li tabli epi jere pwòp plan retrèt li. Reskonsablite konpayi an se ankouraje anplwaye a patisipe nan on plan yo rele 401(k) kote se anplwaye a ki pou deside ki kantite lajan pou li mete nan plan an epi chwazi nan ki sa pou li envesti.

Sa klè, on demach konsa mande pou on moun genyen on minimòm konesans lan finans pou li ka fè chwa ki nan enterè li.

3) Fè ekonomi epi envesti lajan vin pi konplike nan jounen jodi a. Enstitisyon finans yo: labank, konpayi kredi, konpayi asirans, konpayi mògej … anvayi konsomatè yo ak on bann pwodui envestisman sofistike ki gen diferan to enterè ak dat echeyans. Yon sitiyasyon ki ka kreye anpil konfizyon pou moun ki pa gen konesans nan finans.

4) Move jesyon finans ka deranje vi on moun. Sa ka kraze bon relasyon fanmi, bon relasyon zanmi, bon relasyon biznis. Plis pase 60 pou san divòs se rezilta poblèm finans ki mal jere. Anpil konpayi fèmen pòt akòz move jesyon lajan. Menm gen moun ki rive touye tèt yo akòz fayit nan jesyon lajan.

Se vre gen bon jan konesans nan finans pa sifi pou pèmèt on moun pran bon jan desizyon, desizyon ki nan sans enterè li. Gen anpil lòt faktè ki ka enfliyanse desizyon on moun ap pran, tankou: santiman, renmen oubyen pa renmen pran ris…  Pa egzanp, gen moun ki gen tanperamen azaryen ki ka mize tout lajan yo sou on sèl pwodui finans. Alòske gen lòt ki renka, ki pa p janm pran okenn ris.

Men vle pa vle, bon jan konesans nan finans enpòtan anpil; se on konesans tout moun ta merite genyen kèlkelanswa nivo edikasyon yo: se konesans yo bezwen pou yo jere zafè lajan yo byen. San konesans sa a, pa gen okenn aksyon, okenn desizyon yo pran nan kesyon finans ki chita sou bon jan fondasyon djanm.

Joseph D. Chery/Jozèf D. Cheri