Pwovèb Nan Dyaspora: Ki Wòl Yo?

Rozvel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

On moun ki kite peyi l, al viv on lòt kote, menm si li ta debake kote sa a ak rad sou kò l sèlman, gen on bagay ki en­­pò­tan dimil fwa pase tout byen li te ka posede li pote avèk li: bagay sa a, se memwa li. Se me­mwa on moun ki tout vi li. Si on moun pa ta gen memwa, nou ta gendwa konsidere li pa egziste. On pa­ti nan memwa chak moun se souvni pèso­nèl li: se memwa fanmi ak zanmi, se me­mwa katye ak vil, se memwa tout eks­pe­ryans pèsonèl. On lòt pati nan me­mwa nou, se on me­mwa eritaj, kidonk memwa le­ve-jwenn nou, me­mwa tout on gwoup moun: se me­mwa abitid­ ak koutim (abitid manje, abitid abiye, abi­tid bon lizay, koutim jwèt, kou­tim fèt, kou­tim ren­men…), se me­mwa tou lang gwoup la pa­le. Anvan m antre pi fon nan koze a, kite m es­plike lide leve-jwenn lan: M sèvi ak lide sa a nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki eg­ziste nan sosyete depi nou gen kon­esans: tankou lang, pren­sip, abitid, koutim… Men leve-jwenn lan, se pa on ba­gay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, ki­donk li chanje, li adapte, li devlo­pe menm jan avèk nou. Konsa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eri­tye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.

Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pè­mèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, re­konèt yo kòm on gwoup. Pa­ti ki pi enpòtan nan me­mwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la transmèt tout pati en­pò­tan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Kidonk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l va­lè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete.

Gen 2 gwo fòs k ap fè presyon sou tout gwoup k ap fè efò pou yo konsève epi transmèt lang yo ak le­ve-jwenn yo nan dyaspora: pre­myè­man, nesesite pou gwoup la aprann lang ak leve-jwenn sosyete kote li ta­bli a, pou li kapab rive jwenn plas li nan sosyete sa a: kòm gwoup la pa ka reaji an blòk devan presyon sa a, gen tandans pou gen moun nan gwoup la ki me­­pri­ze oswa lage lang lan ak tout leve-jwenn lan; de­zyèm­man, timoun ki fèt nan gwoup la, gen plis chans pou se lang ak leve-jwenn sosyete kote yo fèt la ki sèvi kòm memwa eritaj pa yo—kidonk lang ak le­ve-jwenn grandèt yo re­te sèl­man kòm on memwa pè­sonèl pou yo.

Chema m prezante la a, se fason nòmal sitiya­syon an pa­rèt pou nenpòt ki gwoup ki tabli nan dyas­pora. Men plis on gwoup gen pwoblèm pou l ak­septe lang li ak leve-jwenn li, montre li fyè de yo, se plis li gen pwoblèm pou l kenbe yo nan dyas­po­ra. Gwoup pa nou an soufri jan de maladi sa a. Nan on sitiya­syon konsa, li enpòtan pou tout moun k ap re­fle­chi sou lavi kominote a chache idantifye epi kon­prann mwayen kòdyòm gwoup la kapab sèvi pou ede l kenbe lang li ak le­ve-jwenn li.

Sou fontyè lang ak leve-jwenn nou kontre ak pwo­vèb yo. Kite m bay on ti presizyon la a tou. Mo «fon­tyè» a pa vrè­man montre rapò ki genyen ant ‘lang’ ak ‘leve-jwenn’ pas­ke se pa on rapò ki senp: 1) Lang lan se on pati nan le­ve-jwenn lan, menmsi se youn nan pyès ki pi enpòtan nan le­ve-jwenn lan; 2) Lang lan pèmèt nou pale de leve-jwenn lan, de tout pa­ti leve-jwenn lan, menm de lang lan tou li menm—dènye koze sa a se on fonksyon ki enpòtan anpil pou moun k ap tra­vay sou lang; 3) Lang ak leve-jwenn gen on rapò ale-vini: youn aji sou lòt, tout tan, san rete.

Lè nou pran tout pwovèb yo ansanm, se tankou on ja ki chaje ak bon pawòl. Se on richès pou tout moun ki manm leve-jwenn lan. Chak pawòl kachte nan on ti anvlòp; lè ou dekachte, ou jwenn on ti ran­mase eksperyans lavi nou kòm pèp, on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt. Pa eg­zanp, lè nou di: “Chen di gade pa twòp!”, leson nou vle fè chon­je se eksperyans lè on chen kanpe ap gade, gen es­pwa, depi moun l ap ga­de a poko fin manje, li ka jwenn on grabday. Se sa leve-jwenn nou ban nou, e se sa lè n ap gran­di nou kwè. Se sa k fè yo konsidere chak pwovèb tankou on pawòl granmoun: on pa­wòl eksperyans, on pawòl sa­jès, on pawòl ki gen on ti li­myè lave­rite. Pa bliye tou: “Bouch gran­moun santi, men pawòl nan bouch li pa santi.”                                

Sèvi ak pwovèb nou yo se youn nan fason nou ka­pab ri­­ve kenbe kontak ak lang nou ansanm ak le­ve-jwenn nou nan dyaspora. Pwovèb yo kapab pèmèt jenerasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm. Pwovèb yo ban nou prensip ak mo­ral ki ka sèvi bousòl pou gide kominote a. Gen pwo­vèb pou tout sikonstans. On pwovèb kapab di plis pa­se on pakèt pawòl anpil, men tou sa kapab sèvi on mwa­yen pou granmoun tanmen on koze ak timoun sou kesyon ki enpòtan pou lavi yo. On jan pou m ka­pab montre fason nou ka sèvi ak pwovèb nan dyas­po­ra, m pral reflechi avèk nou sou on pwovèb m twou­ve ki gen on kokenn chenn en­pò­tans pou lavi gwoup nou an: «Di bonjou montre chemen.»

Gen 2 istwa Maurice Sixto ki montre klè enpòtans pou nou aprann timoun nou yo di bonjou. Sanba mèt-a-pawòl la koumanse Ti Senta­niz konsa: “Bon­jou madanm pi bon pa­se konn lawout. Pou w al wè koze sa a byen, se bò Cha­pèl Sen Wòk. Moun Bò Cha­pèl, depi w gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous mòn Tayfè, jous mòn Malanga pou y al montre w nenpòt ki kay.”

Nou wè klè la a, nan esplikasyon Sixto a, de­mons­tra­syon pwovèb “Di bonjou montre chemen” an. Lè w sou wout, on kout “Bonjou Ma­tant!”, os­non “Bonjou Tonton!”, osnon “Bonjou Ti Matmwa­zèl!” ap montre w ki wout pou w fè. Konsa tou, si w pa ta konn wout tou epi ou pa ta konn di bon­jou, ou bannann. Se sa menm Sixto mon­tre nou nan Monkonpè Teyofil.  Etan Sixto ap pale ak Te­yo­fil, on nèg parèt, “san l pa menm salye Teyofil, li di Te­yo­fil kon­sa: «Koute non, èske w kapab di mwen ko­te bòs Ab­salon re­te bò isi a?» Teyofil voye msye al ma­che; nan pwòp mo pa Teyofil, li voye msye a al re­konèt li (kidonk li voye l al me­te bon sans li, bon li­zay li sou li), pou nou pa di li vo­ye l al kay Madan Bon­jou.

Di bonjou, se pa sèlman chemen, wout, adrès on ko­te ou vle ale li montre w, sa l ka montre w tou se on chemen esplikasyon, on chemen debouche. On moun ou abitye di bon­jou, on moun ou abitye salye l, si w bezwen on espli­ka­syon l ap ba ou l, osnon l ap chache l pou ou; menm jan tou, si w ap chache on travay, on relasyon bonjou kapab kre­ye on de­bou­che pou ou.

Nou ka al pi lwen toujou: lè on timoun konn di moun bon­jou, tout moun konsidere l, tout moun apre­sye l; yo di li se on timoun ki byennelve; si on malè pral rive l, tout moun dispoze pou espadon­nen l; yo fè granmoun li konpli­man, paske tout moun kon­nen se paske yo ba l bon pren­sip lakay li ki fè l byennelve. (Nou ka imajine tout konse­kans sa ka genyen lè on kominote konsidere on timoun ma­ledve.)

On timoun ki aprann di moun li rankontre bon­jou, sa pèmèt li vin gen sans respè pou moun: se nan devlope res­pè pou moun, l ap aprann vin gen res­pè pou pwòp tèt pa l. Nan respè pou tèt pa l, l ap vin gen respè pou kominote l ak pou leve-jwenn li.

Koze a te ka bout la a, men gen on degi.

Nan pale ak moun sou pwovèb, m konn tande tout ka­li­te pre­ji­je. Gen moun ki kwè pwovèb pa kon­sè­ne tout moun: dapre yo, sa konsène kèk grenn moun sèlman (tan­kou moun k ap reflechi sou pwo­vèb, moun k ap ekri, moun k ap chan­te); gen lòt moun ki kwè pwovèb se koze moun an­­de­­yò: moun sa yo fè m chonje minis Edikasyon Nasyonal la nan ‘Lea Kokoye’ : lè la­kontantman anvayi kè Derilis poutèt on 10 goud minis la lage nan men l, epi Deri­lis ap neye sèvo minis la anba pwovèb, minis la di: «Ah, ces pro­ver­bes des gens du peuple!»; gen lòt moun ankò ki kwè pwo­vèb se bagay tan lontan (se jan granmoun lontan pale, sa pa alamòd jodi a).

Nan chache materyo pou m eseye konprann po­zisyon diferan moun sa yo, m al tonbe sou on liv ki re­le Le dic­tion­nai­re des proverbes et dictons de France. Se yon liv Jean-Yves Dournon ekri, ki parèt nan mezon Hachette, nan koleksyon ‘Livre de Poche’, an 1986. Sa k enterese m nan liv la pou koze n ap fè jo­di a, se prefas la, ki parèt anba plim Msye Jean Dutourd, manm Akademi franse. Akademi­syen an esplike ki jan lè l te timoun li te konn pran pwovèb yo fè rizib, pran on pati nan youn, two­ke l ak on pati nan on lòt. Men laj vin fè l konprann pwovèb yo se on gwo kou filozofi pou malere ak ma­le­rèz yo, se sa k ba yo sipò anba siyad lavi. Nan fen prefas la, akademisyen an di: dapre li menm se lè tout kretyen vivan ta bliye tout pwovèb nèt tankou premye kazak manman yo te mete sou yo, osnon lè on save ta lage on pwovèb, epi tout moun ta konsidere sa tankou on pawòl antik, se lè sa a sèlman n a kapab pale de pwogrè toutbon vre. Msye di: moman sa a po ko prèt pou rive!

M dakò ak koze sa a. M pa konn pou nou. Pwovèb pa p janm ni kanni tankou kasav, ni pouri tankou fig yo bliye nan gad­man­je. Pwovèb ap toujou rete fre tankou ze ki fenk soti byen cho nan vant poul!

Mezanmi, pwovèb la di: « Pawòl anpil, machwè gonfle! » Mèsi pou pasyans nou!

Pibliye nan jounal Ayisyen “Le Nouvelliste” le 19 Novanm 2013

Lò pwofesè Fritz Deshommes, vis rektè  rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti ak yon delegasyon komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an Madan Gourgue, Pastè Pauris Jean Baptiste, ak M.Ambroise te vin wè m pou mande m si m pa ta aksepte reflechi ti gout sou tematik sila a kise “ Istwa lang ak kilti kreyòl”, se te pou mwen yon trè, trè gran lonè. Mwen te trè kontan, mwen te menm yon jan flate. Se pou sa m ap remèsye mesyedam entelektyèl sa yo pou bèl opòtinite sa a, yo te vin ofri m nan.

Men, imedyatman tou, mwen te rapidman konprann ke sa yo t ap mande m nan, se te pou m te vini nan fakilte nasyonal etnoloji a pou m te vin prezante devan asanble etidyan ak pwofesè yo esplikasyon pa m sou konsèp ki se kreyòl, kilti, lang ak listwa kreyól la ann Ayiti.

A la verite, sa ta sanble yon ti travay ki ta dwe trè, trè fasil epi byen senp tou. Men an reyalite, li te ase konplèks paske li te kontwovèse anpil. Gen divès gwo pwofesè ki te trè save ki te deja bay opinyon pa yo sou bagay sa yo e yo pat toujou dakò, menm ant yo.

Men kòm sou bit mwen menm, mwen kanpe a ki se vodou ayisyen an, se donk nan limyè Vodou a n a va gade ansanm konsèp sa yo, epi n a va chache mete aklè sa moun ka rele « entèrelasyon » ki ka genyen ant divès lide yo.

Kidonk, an nou pran dabò mo kreyòl la, oubyen kriyòl la, pou nou wè si nou tout, nou pa ta ka mete tèt nou dakò sou li. Anpil moun di yon kreyòl, se ta yon moun ki blan men ki ta diferan de lòt blan yo ki, yo menm, ta sòti dirèkteman an Ewòp yo, nan tan koloni espayòl la sitou.., an 1492, nan tan Christophe Colon an.

Ki fè yon blan kreyòl ta fèt sou tè lakay pa nou e mo kreyòl la tou, li ta va yon mo ki ta fèt lakay pa nou tou. Alós, mo kreyòl la ta gen rasin ni nan lang panyòl « Criollo ». Ayisyen yo ta pran mo kreyòl sa a nan bouch kolon panyòl kreyòl yo epi yo ta adapte l kòm etan lorijin lang kreyòl ayisyen pa nou an. Mwen menm, mwen kwè moun ki kenbe rezonman sa yo, yo gen tò, yo pa gen rezon.

Poukisa bagay yo ta konsa a ? Senpman paske nan lespri lòloj vire sèten blan, lè sa a, epi jodi a tou, nan lespri anpil Ayisyen tou, sa ki akiltire pa movèz edikasyon yo te resevwa nan men blan sa yo, te gen yon  move lespri rasis ki tap byen mennen. Yo te rele sa sipremasi blan. Lide sa a te trè alamòd a yon sèten epòk.

Blan yo te kwè nèg pa ta janm ka pwodui anyen ki ta ka genyen valè sitou sa ki genyen awè ak savwa, ak kilti, ak lang, ak relijyon. Tou sa nou wè a, se blan an ki ta ba nou yo. Sonje kolon yo te mennen nèg yo nan koloni an, Nouvo Monn nan pou edike yo, pou enstwi yo, pou krisyanize yo ak pou sivilize yo.., a kote de fè kòb tou sou do yo !

Men sou baz lang kreyòl la ki ta vin de panyòl la, you moun ka gen anpil pwoblèm pou esplike konman blan panyòl sila yo ta ka bezwen sèvi ak yon lang ki ta diferan de lang papa yo ak manman yo, alòske tou lède, ni sa ki sot lòt bò dlo yo, ni sa ki te fèt sou tè lakoloni a, yo tout te genyen menm enterè, menm metòd travay, menm pwofi, menm si, sèten nan yo ta ka devlope yon ti aksan twopikal. Eksperyans nan tout Amerik laten an, nan montre w byen okenn ladan yo pat janm santi bezwen fè yon lòt lang ki ta diferan de lang manman yo.

Poutan, move tretman nèg yo t ap sibi nan men blan kolon yo te kreye nesesite pou esklav yo te gen lang pa yo. Se te yon kesyon enterè kolektif pou resiste ak lavi. Listwa di te gen pase mil lang ki te pale ann Afrik la. Men sou tè lakoloni a, yo pa te ka reyini selon lang, dapre yon lwa yo te rele « kòd nwa » ki te regle konpòtman esklav yo.

Esklav yo te bezwen yon grenn lang pou ini yo tout. Pa egzanp, lò yo te swete wè nèg mawon yo antre nan chimen lagè lendepandans la, Tousen Louvèti te bije al pèsonèlman nan doko yo pou konvenk yo. Se paske li te ka pale avè yo nan lang orijinal afriken an, yo te fin pa aksepte lage endepandans lan pou anbrigade tèt yo nan lame endijèn nan. Sete petèt la tou, nan tan sila, Kreyòl la ta ka koumanse pran nesans.

Kreyòl ayisyen an, depi lò a si tèlman byen evolye sou tè dAyiti a, li entegre nan fon kiltirèl kreyòl, tou sa yon moun ka bezwen pou esprime lide li. Li devlope plizyè konsèp ki trè kreyòl tankou kreyòl (pye) pit, kreyòl (pye) bannann, kreyòl Ginen. Menm jan ak reyalite sa yo, lang kreyòl ayisyen, ka sèlman sòti kote mo kreyòl la ta vle di kichòy tankou “ki vini, ki anjandre, ki sòti” nan yon lòt lang, osnon de yon lòt gwoup sosyal, ki ta va egziste anvan l, men ki ta va menm jan avè l, ki ta va gen menm nati avè l, kita va yon lòt lang ki ta sanble avè l, men diferan ak li.

Lang kreyòl la ka prezante l tankou yon lang ki òdinè, e se nan lang sa a m ap ekri konferans sa a jodi a. Men li kapab prezante l tou tankou yon lang ki litijik, ki vle di yon lang moun sèvi avè l nan relijyon vodou an pou esplike ki sa yon moun dwe fè, ki sa yo pa ka fè poutèt Bondje ki ekselan e ki toupuisan.

Lang kreyòl la, li vivan, sa vle di li evolye tou le jou. Li te pran nesans li yon jou, li pousyiv ak jenès li, li atenn matirite li. Vyeyès li a gen tan pou l vini. Sa w di jodia nan yon jan  n ta ka di ki modèn, nan yon lòt tan, ou ta ka chwazi dòt mo pou di menm bagay la. O kòmansman, pa ekzanp, se ta yon bann mo afriken ke moun te konn kole youn sou kote lòt nan yon lojik ki ta afriken, sètadi li te ka gen yon vokabilè ak yon gramè afriken.

Pa egzanp, yon fraz kreyòl ta ka sonnen konsa nan le tan:

Damsewa Badè miwasan mdi Gaou m sewa e.

Men jodi a, lè nou konsidere lang Fon an tout moun pale nan peyi Dawonmen an yo vin rele Repiblik Benen an, li evolye tou. Ki fè li vin sonnen konsa:

Danou wè sèwa gbètò lè miwazon mdi Hougan nouè sèwa e.

E nan ka sa a, tou le de fraz sa a yo ta vle di menm bagay, men nan de epòk diferan:

Lanj Gadyen nou an te chwazi fè nou yon pil mechanste lò li te mennen n isit la.

E mesye dam Kongo yo ta di :

Si Lan Ginen an pate lwen konsa, m ta va ale chimen mwen. Wout la long, li laj e pechè latè isit yo move.

Gras a pakèt kapasite absòption ak prezèvasyon dokiman istorik sa a yo Vodou an genyen an, nou ka jwenn nan li yon bann esplikasyon ki nesesè pou kenbe memwa pèp la. Esplikasyon sa a yo ta ka pèdi si n pat genyen kreyòl la pou raple nou yo.

O kòmansman se te avèk mo afriken yo te eksprime yo. Men yo ta ka endijèn Tayno tou. Se lò n rive nan Bwa Kayiman e desizyon te pran la menm pou n te sèvi ni ak Vodou an, ni ak lang kreyòl la tankou de branch yon sizo pou koupe kòd lesklavaj la, n ta di lang kreyòl la ta fèt ofisyèlman. Vodou ayisyen an tou. Se ta Tousen Louveti ki ta papa yo, e manman yo ta yon fi ki te rele Wandile, ke yo te rekonèt li sou non Wandile Janpiè Poungwe (Zambia M’Pungu) manman wa Tegbesou. Listwa di w wa sa a ta depanse tout fòtin wayòm ni an pou l ta rejwenn manman li. Yo te di l yo te vann manman l poul ale o Brezil e se la li ta al chache l.

Lang kreyòl la, li fagositik, sa vle di li ka vale, enkòpore epi dijere kèk mo, ou menm kèk espresyon lang etranje anndan li. Se nan nati li pou l fè sa. Lò mwen di lang kreyòl la gen tandans fagosite mo, ekspresyon e menm tout yon tèks ki ta sòti nan lang etranjè yo, m ap sonje koulye a yon ti chante tout Ayisyen konnen byen paske yo te konn sèvi avè l pou yo te jwe lò yo te piti. Yo te konn fè lawonn avèl. Chante sa a te rele :

Un p’ti pye Lorye :

« Un pti pye lorye ki a pèdi sè flè

Un pti van pase sou li ki a brize toute lè flè

La kolik o zabriko… doumbwèy cho!

Doumbwèy nan pwa sa gou ! »

Anpil moun te ka kwè yo t ap chante an franse, sitou lò yo te lekòl kay mè kote aprantisaj franse a te obligatwa. Gen lòt moun ki ta ka di tou lang chante sa a se nan lang « peti-nèg » li ye, sètadi yon franse mawon ki pa fin twò klasik. Men an reyalite, nan jijman pa m, chante sa a totalement an kreyòl, yon kreyòl ki fagosite gwo segman ou byen gwo mòso franse ladann pou rakonte jèn ayisyen yo sa k te rive blan yo lò yo te aprann kòmansman lagè lendepandans la.

Se pou konprann « Tipye lorye » a se te kolon wa Lafrans yo ki te konn mare yon ti branch lorye toutotou bò tèt yo jan nou wè l nan foto a. Li pèdi flè li ki vle di li pèdi tout lògèy li ak awogans li paske yon ti van pase sou li. Ti van sa a vle di ti van revolisyon 14 daout 1791 la ki te fenk kòmanse. La kolik o zabriko ki vle di vant fè mal, vant kòde, vant mennen, kay tout blan yo ! Sa tou se yon jijman ki pèsonèl. Li tout a fè sibjektif .

Pou gwo dòz imajinasyon avèk entelijans ki genyen nan ti tèks sila a, kote ansèyman listwa pa t pou kite mè yo konprann ki sa jèn yo t ap chante a, (kreyòl pale, kreyòl konprann !) Nan lakou lekòl kay mè Okap yo, se la ti medam yo te reyini nan lakou rekreyasyon an pou lanse premyè fwa nan dat 21 daout 1791  « Aya Boumbe ! Aya Boumbe ! » ki te vle di « Jou a rive ! Jou a rive ! » 

« Kanga moundele ! Kanga Bafiote ! » Mwen kwè yon blan franse osnon panyòl pa ta ka panse tèks sa a ni jodi a, ni nan epòk lontan yo. Mwen kwè pito tèks sa yo ta dwe fè pati de literati kreyòl menm si yo ta sanble yo te ekri an franse.

Tout bèlte a te chita sou diferans aksan tonik la kite genyen nan lang Bantou moun peyi Kongo yo te pale a. Lò ye te mete aksan an sou Kan an, nan Kanga a, li te vle di touye, pa egzanp touye blan yo ! touye moun yo ! Moundele, se apeprè menm sans ak mo moun nan genyen nan lang kreyòl la. Lò aksan an mete sou Ga a tankou kanGA Bafiote, Fiote a te vle di “Ansyen wayòm Kongo a”. Ba a yo te mete devan Fiote a di w se pou konstitye pliryèl la. Kidonk, kanga Bafiote te vle di “Sove ti moun Kongo yo, sove ti kriyòl Ginen yo.” Se fòmil sa a ki te petèt ala baz « koupe tèt boule kay la ! » Yo pat gen zam, se a manchèt ak dife yo te sèvi.

Lang kreyòl la, li litijik tou, ki vle di yo sèvi avè l nan relijyon Vodou an. Nan rit Rada a, pi fò mo yo sòti nan wayòm Alada Dahonmen kote moun yo te pale lang fon ak lang ewe. Nan rit Kongo a, lang nan sòti nan peyi Kongo kote moun yo te pale youn nan lang Bantou yo. Nan rit Petwo a ki fèt ann Ayiti, lang nan se kreyòl, e trè souvan se te yon Kongo ki te tradui literalman an kreyòl.

Men sa a, li an Fon, anpil Ayisyen konnen l :

O’Dan o’Kou Yèhwé

Danballa Wèdo o’Késou e.

O’Dan o’Kou Yèhwé,  Ou se Gran Moun lakay mwen.

Tèks sa a li sanble li ta granmoun paske lesansyèl sa li di a nan lang fon. Lò ou tradui li : Odan, ki se yon lòt non pou Danballa Wèdo, o’kou vle di lanmò e pa ekstansyon zansèt yo, Yèhwe vle di Bondje. Yo te souvan ba li non kòm Jehova ou byen Yave tou. Kesou ou byen Ketou se youn nan gran vil ki gen nan Nò peyi Danwonmen an. « E » yo konn mete nan fen fraz la, vle di « è », tankou an franse « est », an kreyól « se ».

Kidonk, tèks sa a vle di :

« Odan se Bondje zansèt nou. Danballa Wèdo se Yèhwe. Se Li menm nou te rekonèt lò nou te nan Ketou ou Kesou. Kidonk  li granmoun anpil epi li trè pi. Li dwe reye jodi a lakay mwen. »

Nan jijman pa m, orijin mo Kreyòl la ta egziste depi Lafrik lò yo di w popilasyon kreyòl la te la depi nan kòmansman dè tan, depi lakreyasyon di monn, yon tan ki te rele “ Aniye osnon Anye” ki vle di « osi lwen ke memwa moun ka remonte. »

Moun ki te konn achte esklav yo di w popilasyon Kreyòl la te de gran navigatè, men sou piwòg. Kòmkwa te gen anpil, anpil labou toutotou kontinan afriken an e gwo batiman tranzatlantik kolon yo pat ka janbe labou sa a yo. Genyen labou sa a toujou jouk jounen jodia. Se te popilasyon kreyòl la sèlman ki te ka fè moun janbe “laba”. « Bar la » sete yon mo Pòtige ki te vini de « barro ». Nan lang pòtige yo, « barro » te vle di « labou ». Popilasyon kreyòl Afrik sa a yo egziste toujou.

Yo rete toutotou kontinan afriken an kote yo genyen divès non tankou Krou, Kri, Kwa, Kriyo, Kriyòl,… kòm non etni pa yo. Y ap viv prensipalman bò Kot Divwa, Kap Laou, Siera Leone, Ginen ak Liberia kote non sa yo sèvi tankou non etnik yo. Se de yo n ap pale lò n ap di « Kwa asingbo » nan langaj Gede yo oubyen lò n ap pale de « Kwa de micho » ki vinn tounen Croix des Missions, Croix des Bossales, Croix Depre, Croix des Bouquets an franse. Dè fwa, yo konfonn mo Krou a pou Twou. Dayè, mo Kwa a pa ‘’Croix’’, li se yon teritwa ki ann Afrik ki rele Gran Gede. Mo Krou a se limenm ou ka jwenn tou ann Ayiti kòm nan non Twou di Nò ou Ti Twou de Nip ou Ti Twou Baradè… Afriken yo te pwononse mo Krou a avèk pwent lang yo, yo te woule nan bouch yo. Se sa k fe moun ki pale franse yo pran « Krou » a pou « Twou ».

E Kilti a, kisa li ye ?

Lakilti a se tout kalite lakonesans, tout sa ki bay moun fòs ak pouvwa, tou sa yon moun oswa yon pèp konn fè pou l metrize anviwònman li epi transfòme l, menm tou sa moun ka jwenn pou l kreye lòt bagay avè l. Mo kilti sa a dekri tout kalite resous ni moun ni bèt genyen e ki ka sèvi tou pou konplete fòs li ak pouvwa li.

Si moun ta vle konn plis sou kesyon lakilti a, nou ka di tou li rasanble nan yon grenn mo ki se la kilti a pou l di tou sa moun konprann lò y ap pale de savwa ki se refleksyon sou lakonesans yo, sou kwayans yo, sou pratik yo, sou sa ki rele limajinè a, sou kreyativite a, sou ideyoloji moun ki gen gwo lide yo, sou larelijyon, sou zar, sou syans, sou spò. La kilti a se difizyon tout savwa sa yo nèt, e se menm sa a, yo ka rele gou moun genyen pou lakonesans.

Konesans sa a yo ak manifestasyon yo se konesans estrikti ki fè inite pèp sa a osnon sosyete sa a. Alòs nou ka di kilti a se tout trè moun ka di ki distenktif pou yon sosyete, trè ki espirityèl, trè ki materyèl e menm trè ki afektif ki karakterize yon sosyete oubyen yon gwoup sosyal tankou yon pèp.

Nan definisyon sa a, nou ka mete tou, tout sa ki rele zar ak literati la, kijan moun pou viv, dwadelòm moun genyen ak sistèm valè yo tou, tradisyon yo ak kwayans yo.

Se sèten : nou kapab di anpil lót bagay ankó sou kilti kreyòl la. Se sa ki inifye nou e nou menm e tout pèp k ap viv nan Karayib la. Sitou, ló n ap konsidere yon pèp tankou sa moun yo te konn rele Black Karib yo, ki se Garifuna yo. Yo te rele yo tou Kalinago nan Ti Zanti yo ak nan peyi Beliz. Karaktè Nago moun sa yo te trè fó sou yo, yo te trè gèrye anpil tankou Ogou Feray. Nou jwenn anpil lót eleman kiltirèl ankó ki ini nou entimman tankou respè zansèt yo, respè lanati a epi yon istwa nou tout nou pataje ansanm depi anvan, epi pandan, peryód lesklavaj la ak lakoloni a.

Men konsa tou, nou ka jwenn manje nou konn manje yo ki baze sou diri ak pwa, dans nou yo n rele mereng nan, ritm mizikal tout rejyon karayib la ki akse sou tanbou yo, tout bagay sa a yo di w avèk fós: Se Kreyòl nou ye ! Kidonk Vodou, Santeria, Palos Mayombe, Soukous, Capoeira… tou sa se kilti pa nou.

Sa ki pi enpòtan an, se jan nou rekonèt youn lòt otomatikman. Nou se yon sèl, nou fè yon sèl pèp kite depòte pa fós, epi avèk fós pa nou, avèk lèd epi kouraj nou jwenn nan zansèt nou yo, nou rive rechouke ! Ayibobo !

Ayiti ou byen Ayi miton ti, nan lang fon an vle di « Dezómè tè sa a se pa nou » Ayisyen yo jwenn an konsekans yon eritaj ak, an menm tan, yon konsekrasyon premye pèp nwa endepandan ki sou tè sa a : Tè sa a, se pa nou li ye. Manbo, Grann Ayizan Velekete – se li menm ki te layite nat la pou nou. Layite se yon mo ki gen men rasin ak Ayi nan Ayiti a.

Listwa

Jan nou sot wè l la, ni lang kreyòl la, ni kilti a marye kole kole ak listwa pèp ayisyen an. Relijyon Vodou an tou, li marye ak konsèp sa a yo tou.

Gen moun ki, sou pretèks yo ta chwazi yon lòt relijyon poutèt pa yo, ta swete wè kolon vin pran peyi a ankó epi wè Vodou an disparèt. Nou kwè sa se manke konprann, se yon kokenn chenn kalite inyorans ak egoyis ki pa padonab. Imajine w paske yo menm yo gen dwa a, dwa pou yo chwazi relijyon osnon filozofi vi pa yo, zafè si peyi a kraze ! Sa pa fè sans, sa depase lisans !. Dapre yo, lòt moun pa gen dwa tou e se yo menm sèlman ki ta gen tout dwa ? Yo kwè, petèt, yo ta grandi tankou djondjon. Lapli tonbe yon jou e yo menm, nan demen, yo ta leve, yo ta pouse apati de anyen.

Ala! Se sa ki di sa yo vo. Yo pa genyen zansèt e yo fèt tou konnen!!! Sanble yo pa konprann : Si yon moun pa gen zansèt, kote li ta ka pase pou li menm li ta ka gen yon pase ..?

E, si li pa gen yon pase, konman li ta ka fè pou l ka bati yon fiti pou li menm ak pou pitit li ? Eske se renmen li pa renmen pitit li yo konsa ?

Mezanmi… Map kite nou la a, epi m ap di ak tout fòs mwen :

AYIBOBO pou 30ème anivèsè rekonesans lang ak kilti kreyòl la !!

 Pèp Ayisyen an pa ka tann ankó pou gouvenman Mateli-Lamót la pwomilge epi pibliye lwa sou Akademi kreyól la.

Max-Gesner Beauvoir

Ati ak Siprèm Sèvitè nan Konfederasyon nasyonal vodouyizan Ayisyen yo (K.N.V.A). (Oktòb 2013)

 

RESPÈ NAN LANG NOU / RESPÈ POU DEMOKRASI (Twazyèm Pati) Rozevel Jean-Baptiste/Wozvèl Janbatis

E si biznis nou yo te pale lapawoli respè?

Pi gwo senbòl pouvwa, se lajan: li pèmèt ou achte nenpòt ki lòt senbòl pouvwa.

De premye pati yo te fè nou wè mo kle nan kesyon respè pou nou menm Ayisyen se pouvwa —pouvwa ansanm ak tout senbòl li yo: pouvwa chèf ki gen kòm senbòl de bagay tankou zam, inifòm, plak machin ofisyèl;  pouvwa otorite legliz ak senbòl monpè osnon mabònmè ki gen gwo kwa nan kou, rad espesyal tankou soutàn, osnon pastè ak bib nan men; pouvwa lajan ak kèk senbòl tankou gwo kay, bèl machin, rad ak bijou chè, depanse granjanman… Nou te wè tou piske se senbòl ki fè konnen gen pouvwa, nenpòt ki moun ki rive mete men l sou on senbòl, la pou la, li gen pouvwa—li se otorite.

Pi gwo pouvwa a se lajan. Lajan pèmèt nou achte nenpòt lòt senbòl pouvwa. Sen­bòl lajan se seza a, se fèy dola a, se lajan nan pòch. Nou gen plizyè egzanp ki moutre pouvwa lajan.

    1. Nou di “Lajan rele pe djòl.” On nèg ki gen lajan antre nan on kay al pran on ti demwazèl, paran fèmen bouch piske se lajan k ap pale. On nonm ki gen lajan, ki fè on bagay ki pa sa, ak kout lajan, ka fèmen bouch otorite ki ta gen dwa pou deklare l koupab.

    2. Nou di “Devan grinbak, pa gen fè bak.” Kidonk avèk fèy dola nou, nou kapab fè moun avanse ansanm avèk nou nan nenpòt ki vye pwojè. Nou ka fè moun mache jan nou vle.

    3. Soti depi nan tan liberal/nasyonal, te gen on koze “Nèg rich se milat, milat pòv se nèg.” Konmkwadire, se pa koulè ki ta pale, se ta mouche lajan.

    4. On chantè twoubadou nèg Okay yo te rele Ti Koyo chante on chante ki pati konsa: “Moun ki te kreye lajan, li te fè plis mal ke byen: si se pa t poblèm lajan lèzòm ta ka pi ere. Lè w gen lajan, yo di w se demon, lè w pa gen lajan, ou se vakabon.”

Lajan gen on gwo wòl nan leve-jwenn nou, nan rapò nou youn ak lòt, nan fason jan nou gade moun. Lajan ouvè anpil pòt: l achte viza ak lòt papye enpòtan, l achte silans lòt moun, l achte pozisyon, l achte vòt nan eleksyon, li menm achte respè tou.

Men pou nou tout ki grandi Ayiti, gen on gwo kesyon k ap fè ping-pong nan tèt nou: si lajan gen tout enpòtans sa a, pou ki sa moun k ap fè komès sanble yo pa renmen lajan? An n eseye pi klè: anpil fwa, nou parèt devan on machann, nan on boutik osnon nan on magazen, ak lajan nou nan men nou pou nou achte, epi nou santi yo pa dispoze vann nou. Se pa sèlman on enpresyon: se on reyalite.

Li enpòtan pou nou chache konprann sa k fè sa. Nan Gwo Moso ak nan Depès, Maurice Sixto moutre nou depi gen on deblozay ki pete, depi on eskonbrit pati, tout komès la kanpe. Pa gen aktivite k ap mache paske tout moun nan derimen zen. Machann pistach la pati ak on bò ti gason an k ap vin mande 5 kòb pistach: “Ti gason, w on jan anmègdan, ou wè sa k ap pase la a…”

Egzanp sa a pa egzajere ditou. Nou gen plizyè lòt egzanp nou ta ka bay pou n moutre menm sitiyasyon an, men n ap pran 3 sèlman.

    1. Lè gen on match foutbòl y ap bay nan televizyon, on moun pa pran chans al deranje on mèt boutik ki chita dèyè kontwa l ap gade match. Li pa p menm wè si w la, e si w pèsiste ap di ou vin achte, l ap di w kèlkeswa sa w bezwen an li pa genyen l.

    2. Si w ta rive tou, ou jwenn moun lan ap pale nan telefòn osnon li ta kage nan dodin li, epi li ta on ti jan lou pou l leve vin vann ou, l ap fè w konnen si w prese ou mèt ale, paske li menm li pa prese.

    3. Si w ta sot achte on bagay, epi ou pase nan on boutik pou w achte on lòt bagay ou te bezwen, moun k ap vann nan boutik la ap mande w si kote ou soti a ou pa t jwenn li—on jan pou l fè w konprann li pa kontan paske ou te al achte on lòt kote anvan ou te vin achte nan boutik li a. Li gendwa menm refize vann ou!

Kote konpòtman sa a soti? Sa sa vle di? Èske n ap travay kont pwòp tèt nou, kont pwòp enterè nou?

Lè on moun al achte on kote, epi yo trete w nan jan sa a, ou tou pran dispozisyon w pou ou pa retounen al achte kote sa a ankò—sòf si sa w bezwen an ou konnen ou pa p jwenn li okenn lòt kote.  Ou pa dispoze pou ou annafè ak moun maledve, moun frekan konsa, moun ki pa konn ki jan pou yo trete on kliyan.  Ou pa dispoze pou w kite lajan w kale w.

Se vre nan ka sa a, moun ki gen pou vann lan pa moutre li respekte moun ki vin achte a. Men èske l vle moutre li pa respekte l? Nou pa kwè sa. Nou pa kwè ma­chann lan gen volonte pou l derespekte kliyan an. Gen on bagay ki pi konplike la a. Pou machann lan, gen on biznis, se on pouvwa, kit biznis lan se te on bak, on ti bou­tik, osnon on gwo magazen. Li rive. Li pa bezwen al pi lwen. Li te bezwen gen on komès, li gen on komès. Pi gwo regleman komès la mande a, tabli bon rapò ak kli­yan yo, bay tout moun bon jan, simen pawòl rale mennen vini, se pa bagay konsa ki nan tèt li.

Se 2 pouvwa k ap kontre kòn yo: pouvwa machann lan, ki gen kòm senbòl biznis lan, ak pouvwa kliyan an, ki gen kòm senbòl lajan ki nan pòch li a. Si n ap gade rapò 2 pouvwa sa yo sou baz respè/mank dega, n ap rive konprann pouvwa ma­chann lan, se on pouvwa k ap fè pwòp tèt li mal, on pouvwa ki pa respekte tèt li, on pouvwa ki mal sele, k ap gen pou l foule. Machann lan pa gen volonte pou l de­res­pekte kliyan an, men nan pa suiv pi gwo prensip ki genyen nan fè komès—bay kliyan an tout respè ou te kapab, trete l byen—, machann lan ap travay pou l pèdi pouvwa a. Konmkwa depi ou kite pouvwa, kèlkelanswa pouvwa a, moute nan tèt ou, anvayi bonnanj ou, w ap pèdi tout bagay.

Jan mèt biznis la fonksyone a fè sans nan reyalite Ayiti a, on reyalite ki baze sou ki moun ou ye, ki sa w vo. Tankou nou te wè l nan dezyèm pati a, se on reyalite ki devlope on sistèm ki di: si on moun gade w, li wè ou pa gen valè, dapre senbòl pouvwa nou rekonèt nan sosyete nou an, li gendwa chwazi pou li manke w dega.

Kidonk pou mèt biznis lan, se on bagay ki enpòtan pou l moutre se li menm ki chèf, se li menm ki bòs, li fè sa l vle. Li trete kliyan an jan l vle, on fason pou l ka moutre kliyan an li pa bezwen on moun ki pou vin tabli valè l pou li, paske li deja gen valè l, e l ap aji on jan pou l moutre tout moun li gen valè. Nan fason sa a, kliyan an pa p gen tandans (si se on bagay ki t ap pase nan tèt li) pou l vin manke l dega—paske li pa bezwen kliyan an pou tabli ki moun li ye. Kit ou vin achte, kit ou pa vin achte, sa pa ka fè m anyen.

Kidonk si biznis la ta vin kraze demen paske l pa gen kliyan, se pa on poblèm. Sa k konte, se jodi a.  Demen pa pou nou, demen se “demen si Dye vle”. Tout bagay fèt pou regle jodi a.

Biznis ayisyen ki tabli nan Nouyòk sanble soufri menm maladi ak biznis ki tabli Ayiti. 

    1. Moun plenyen, an jeneral, restoran pa bay sèvis: yo mal resevwa kliyan yo, yo kite yo fè lontan chita san yo pa menm mete on vè dlo sou tab la, gen on pakèt pale anpil, epi yo pi chè pase tout kote.

    2. Lè w al nan kwafè, chaje moun ki chita ap bay odyans, nan plas kote pou kliyan k ap tann ta chita. Kwafè a, pandan li nan tèt kliyan an, nan tout kalite odyans, li konn menm kite tèt la pou l al pale ak moun ki vin kote l osnon al pale nan telefòn.

    3. On biwo ki make li ouvè a tèl lè pa janm ouvè a lè yo di a; lè w fè yo remake sa, pa gen anyen ki fèt.

    4. On gwoup moun k ap fè on reyinyon biznis envite tout moun pou 7 è, men a 8 è reyinyon poko koumanse, ni yo pa mande eskiz pou sa.

    5. Lè w bay machin ou nan garaj, si w bezwen l ranje, fò w rete la: depi w deplase, yo sispann travay ladan.

Kidonk biznis ayisyen nan Nouyòk fonksyone nan jan ayisyen, nan lè ayisyen. Èske lè n chanje milye, nou vin sou on teren kote règ jwèt la sanble l pa menm, nou pa ta dwe chanje fason nou te konn fè biznis?

Kliyan Ayisyen nan peyi isit pa oblije rete prizónye on mèt biznis ki pa vle konsi­dere enpòtans kliyan nan devlopman biznis li. Kliyan an kapab al chache sèvis li bezwen an on lòt kote, nan on lòt bizinis.

Si biznis nou yo pa pale lapawoli respè, pa p gen lavi pou yo. Fò rapò pouvwa a chanje sans, on jan pou se kliyan an ki konte, kidonk pou se pouvwa lajan kliyan an ki sanble l pi enpòtan nan devlopman biznis lan. Kliyan an sèl mèt.

PREMYE REZOLISYON

SOU ÒTOGRAF LANG KREYÒL AYISYEN

I- KONTÈKS
Nan mwa jen 2015, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) tanmen yon demach patenarya ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) sou baz misyon de enstitisyon yo ki kwaze sou kesyon politik lang, espesyalman nan sistèm edikatif ayisyen an. Konsa, nan dat 7 jiyè
2015, MENFP ak AKA fòmalize demach la avèk siyati yon Pwotokòl Akò ki tabli baz pou yo kolabore.

Depi nan refòm Minis Joseph C. Bernard (Refòm Bèna), enpòtans lang kreyòl la toujou prezan nan kèlkeswa refleksyon k ap fèt sou edikasyon nan peyi a. Se ak lespri refòm sa a MENFP ak AKA pran angajman pou yo travay men nan men pou yo amelyore kalite ansèyman nan peyi a.
Apre siyati Pwotokòl Akò a ant de enstitisyon yo, premye aksyon Akademi an antreprann se lansman estandadizasyon òtograf kreyòl la. Sa fè plis pase trannsenk (35) lane depi òtograf 1979 la ki te nan esperimantasyon pou 4 lane, ap tann rezilta.

Akademi Kreyòl Ayisyen an, nan tèt kole ak MENFP ak kolaborasyon Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) òganize sèt (7) jounen atelye ak reprezantan divès sektè nan popilasyon an ki ap travay sou lang kreyòl tankou: teknisyen nan MENFP, teknisyen nan Sekreteri Leta Alfabetizasyon, Pwofesè nan FLA, teknisyen nan Jounal Bon Nouvèl, ekriven, pwofesè ak direktè lekòl, pwofesè nan inivèsite a, pwofesè kreyòl, konseptè liv kreyòl, lengwis, tradiktè, editè, eksetera. Objektif atelye sa yo se te fè envantè difikilte nan itilizasyon sistèm nan, ranmase refleksyon sou yo epi analize yo
sou baz teyorik syantifik. Soti desanm 2015 rive me 2016, komisyon syantifik Akademi an te evalye pwopozisyon ki te soti nan atelye yo. Se nan Asanble Jeneral Akademi an, nan dat 3-5 jen 2016 la, Akademisyen yo te adopte dispozisyon sa yo.

II- KONSIDERASYON LEGAL
Dapre atik 35 Konstitisyon 1957 la ;
Dapre atik 35 Konstitisyon 1964 la ;
Dapre atik 35, atik 184 Konstitisyon 1971 amande a ;
Dapre atik 62 Konstitisyon 1983 a ;
Dapre atik 5, atik 24-3a, 40, 213, 215 ak atik 216 Konstitisyon 1987 la 26, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, AyitiTelefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net

Paske gen Lwa 18 septanm 1979 la ki entwodui Kreyòl Ayisyen an kòm lang ansèyman epi kòm matyè nan ansèyman ;

Paske atik 3 menm Lwa 18 septanm 1979 la bay Depatman Edikayon Nayonal misyon pou li esperimante grafi ofisyèl la pandan kat (4) lane anvan adopsyon li si rezilta esperimantasyon an pozitif ;

Paske gen yon lèt sikilè Depatman Edikasyon Nasyonal mete deyò nan dat 31 janvye 1980 sou fason pou yo ekri Kreyòl Ayisyen an ;

Paske gen Lwa 7 avril 2014 ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an epi atik 4, 5 ak atik 12b menm lwa sa a fikse misyon Akademi an ak travay li ;

Paske gen yon Pwotokòl Akò Akademi Kreyòl Ayisyen an siyen avèk Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan dat 8 jiyè 2015 ;

Pou tout rezon sa yo, Akademi Kreyòl Ayisyen antreprann etid ak analiz sistèm òtograf 1979-1980 k ap aplike nan peyia. Apre divès konsiltasyon ak diskisyon, Akademi an nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal
ak Fòmasyon Pwofesyonèl ak kolaborasyon Fakilte Lengwiatik Aplike pran nouvo dispozisyon sa yo ki nan dokiman sa a:

III- DISPOZISYON
Dispozisyon # 1 : Alfabè kreyòl la Akademi an rekondui alfabè 1979 la ki rekonèt lang kreyòl ayisyen an genyen trannde (32) son
(syans lengwistik rele son yo « fonèm »). Alfabè a reprezante son sa yo avèk 32 senbòl kote chak
senbòl reprezante yon fonèm (syans lengwistik rele senbòl sa yo « grafèm »). Pami 32 grafèm sa
yo, genyen ki fèt ak yon (1) grenn lèt 1 oubyen yon (1) graf, genyen ki fèt ak de (2) lèt (lengwis yo
rele grafèm sa yo « digraf ») epi gen youn ki fèt ak twa (3) lèt (lengwis yo rele li « trigraf »).
Men grafèm ki reprezante son yo :
a , an , b , ch , d , e , è , en , f , g , h , i , j , k , l , m , n , ng , o , ò , on , ou , oun , p , r ,
s , t , ui , v , w , y , z.
Trannde (32) grafèm yo divize an 3 kategori: vwayèl, konsòn, demi vwayèl

1 Sou non lèt yo, Akademi an ap tann esperimantasyon divès pwopozisyon ki fèt, anvan pou li fikse pozisyon li.

3

6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti

Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net

1.1. Kategori vwayèl :
1.1.1. Vwayèl oral (son sa yo sòti nan bouch sèlman)
a : ale, naje, matla
e: elèv, plezi, melanje
è : èd, malèt, oslè
i : imite, limit, peyi
o : ochan, solèy, rido
ò : ògàn, pòt, gadò
ou : ouvriye, goud, kalalou
ui : (Vwayèl espesyal) uit, kuit, pwodui
1.1.2. Vwayèl nazal (son sa yo pase nan bouch ak nan nen)
an : anvayi, manje, ban
en : enfimyè, pentad, lapen
on : onz, ponp, pantalon
oun : oungan, mazounbèl, kanndjanhoun
1.2. Kategori konsòn :
1.2.1. Konsòn oral:
b : bak, anbake, kapab
ch: chat, rache, wòch
d : dodin, radote, pèd
f : fèmen, lafanmi, chèf
g : gato, ragou, bag
h : hap, hihan, enhen
j : jako, aji, garaj
k : kaye, rekòlte, kòk
l : limyè, aliyen, pil
p : pale, rapòte, tap
r : rakonte, arete, sèr (nan Nò)
s : sak, resi, rès
t : tas, retay, dèt
v : valiz, revòlte, rèv
z : zanmi, razwa, wòz

4

6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti

Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net

1.2.2. Konsòn nazal:
m : matla, remèd, lam
n : nap, analiz, pàn
ng : ling, touhing, hinghang
1.3. Kategori demi vwayèl/demi konsòn :
w : wa, wowoli, kaw
y : yanm, ayewopò, kay
Dispozisyon #2 : Fòm long ak fòm kout
i) Gen mo nan lang nan ki gen 2 fòm, yo ka parèt swa sou yon fòm long, swa sou yon fòm
kout.
Egzanp:
– Nan pwonon ak detèminan:
(1) (Mwen ak M) : mwen vini / m vini.
(2) (Ou ak W) : ou annik monte eskalye a/ w annik monte eskalye a.
(3) (Li ak L) : li antre / l antre.
(4) (Nou ak N) : nou ap travay / N ap travay.
(5) (Yo ak Y) : yo ap travay di / y ap travay di.
(6) (Ki ak K) : moun ki ap pale a / moun k ap pale.
– Nan kèk vèb :
(7) (Konnen ak Konn) : li konnen leson an / li konn leson an.
(8) (Vini ak Vin) : li vini ak tout founiti / li vin ak tout founiti.
(9) (Ale ak al) : (li ale Jakmèl / li al Jakmèl)
(10) Gen lòt vèb ankò tankou: genyen, gade, soti, eksetera.
ii) Mo « w » (fòm kout) toujou mande pou li gen yon vwayèl nan vwazinaj li (swa devan, swa
dèyè), kit se nan kòmansman yon bout fraz, kit se nan mitan 2 mo. Depi kondisyon sa yo pa
reyini, se fòm long nan « ou » ki sèvi.
Egzanp :
(11) Chemiz ou pran an.
(12) Ou manje manje a.
(13) Pitit ou fè dèt sou tèt ou.

5

6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti

Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
iii) Gen kote  « w » pa kapab ranplase « ou  » paske yo pa remèt menm sans, yo p ap jwe menm
fonksyon.
Egzanp :
(14) Se pa w (ki vle di : se pou ou).
(15) Se pa ou (ki vle di : se pa ou menm).
Dispozisyon #3: Apostwòf  –  tirè
3.1. Apostwòf:
Li pa nesesè pou nou sèvi ni ak apostwòf ni ak tirè pou nou kole yon mo ak yon lòt mo.
Lè mo tankou « mwen, ou, li, nou, yo »  parèt sou fòm kout (m, w, l, n, y), nou pa dwe kole yo ni ak
mo ki vini anvan yo a, ni ak mo ki vini apre yo a. Annik kite yon espas pou nou separe yo ak lòt mo.
Egzanp :
(16) M ap vini.
(17) N ap dòmi.
(18) Y ap pran l.
(19) Se rad pa m
(20) Al pran liv pa w.
(21) Anita frape pye l.
(22) Bra n pran nan moulen.
N.B. Se menm konsiderasyon an pou tout fòm kout ki nan sitiyasyon sa a.
3.2. Tirè :
Nou kapab sèvi ak tirè pou nou separe yon mo nan finisman yon liy, epi lè n ap separe pawòl diferan
pèsonaj nan yon dyalòg. Nou kapab itilize li pou nou make yon dire, yon entèval oubyen pou nou
òdone yon lis.
Egzanp:
(23) 9è – 10è ;
(24) 2010 – 2015 ;
(25) paj 22 – 26.
(26) 1-a, 1-an, 1-b, eksetera
Dispozisyon #4 : Òtograf non moun
Non moun yo fèt pou yo ekri yo jan yo ye nan dokiman legal ak dokiman administratif yo. Pou
fasilite pwononsyasyon non yo, y ap ekri yo ant parantèz, nan òtograf kreyòl la.
(27) Paul Magloire (Pòl Maglwa) se yon ansyen prezidan Ayiti.

Dispozisyon #5 : Non pwòp vil yo ak non ri yo
Yo dwe ekri non vil ayisyen yo nan 2 lang ofisyèl peyi a (kreyòl ak franse), annatandan yon
amenajman lengwistik. Si non vil, non lokalite ak non ri yo poko egziste an kreyòl, n ap ekri yo nan
òtograf orijinal yo epi nou mete òtograf kreyòl la ant parantèz.
Egzanp :

6

6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti

Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
(28) Avni John Brown (Djonn Brawonn
Dispozisyon #6: Jan pou nou itilize grafèm ‘‘r’’ oubyen ‘‘w’’
6.1. Devan vwayèl won
Devan vwayèl won (o, ò, on, ou) nan yon mo, se « w » pou nou itilize, « r » pa parèt.
Egzanp :
(29)  Wobè, wobo, wòch, wòwòt, pewon, wont, wout.
6.2. ‘‘r’’ ak ‘‘w’’
‘‘r’’ ak ‘‘w’’ pa janm mache kole nan yon mo.
Dispozisyon #7: Aksan
7.1. Aksan grav
Sistèm òtograf kreyòl ayisyen an sèvi ak yon sèl aksan, aksan grav. Yo konn rele li aksan fòs. Aksan
grav la gen 2 fonksyon :
i) Li sèvi pou li fè diferans ant 2 grafèm : e ak è ; o ak ò
Egzanp:
(30) « e » epi « è » : ou pe bouch ou, ou pè pale;
(31) « o » epi « ò » : Wozita achte yon lo mango, Ànya achte yon chenn lò
ii) Li anpeche yo konfonn grafèm “a” devan “n” ak grafèm “an”. Sa vle di li anpeche nou
pwononse ‘‘an’’ [ã] nan plas “a-n” [an] ki reprezante 2 grafèm.
Egzanp:
(32) « an » epi « àn » : Pan mi an tonbe, oto a an pàn ;
7.2. Aksan sou majiskil
Toujou mete aksan sou lèt majiskil, lè son an mande l.
Egzanp:
(33) Àn Katrin, KREYÒL,

7

6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti

Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net

Dispozisyon # 8:
Lang kreyòl la itilize tout senbòl entènasyonal ansanm ak tout lèt ki sòti nan lòt sistèm alfabetik ki
sèvi nan domèn syantifik. Egzanp : δ (dèlta), λ (lanmda), C, Q, U, X, eks.
Dispozisyon #9 : Non diferan siy ponktyasyon
. = > pwen
: = > 2 pwen
, = > vigil
; = > pwen vigil
? = > pwen entèwogasyon
! = > pwen esklamasyon
« » = > gimè
( ) = > parantèz
… => pwen sispansyon
Akademi an ap genyen pou li prezante yon dokiman detaye sou non yon seri siy espesyal ak fason
pou yo itilize yo nan diferan domèn.
N.B : Akademi an ap genyen pou li pibliye lòt rezolisyon sou òtograf ki makonnen ak gramè lang
kreyòl la.

Pòtoprens, 1 e jen 2017
……………………………………………….. ……………………………………………….. …………………………………
Jean Pauris JEAN-BAPTISTE Marie Rodny Laurent ESTEUS Adeline M. CHANCY
Prezidan Konsèy Administrasyon Vis Prezidan Konsèy Administrasyon Manm Konsèy Administrasyon
Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen

…………………………………………… …………………………………………….. …………………………………….
Gérard Marie TARDIEU Gegory CALIXTE Jocelyne TROUILLOT LEVY
Manm Konsèy Administrasyon Komisyon Kominikasyon Komisyon Edikasyon

……………………………………… ……………………………………… ………………………………………
Marky JEAN-PIERRE Clotaire SAINT-NATUS Michel Frantz GRANDOIT
Komisyon Syantifik Komisyon Kominikasyon Komisyon Kominikasyon

Diskou enstalasyon nouvo Prezidan KAd la,

Akademisyen Pierre-André PIERRE

 

Onè respè Prezidan Akademisyen Jean Pauris JEAN BAPTISTE ak tout manm KAd k ap soti a;

Onè respè Madam Luna GOURGUE, Sekretè Egzikitif Akademi Kreyòl Ayisyen an;

Onè respè Mesyedam reprezantan UNESCO, Ministè Edikasyon Nasyonal, Ministè Lakilti…

Onè respè tout anplwaye AKA ! Tout envite ! Tout manm laprès!

Jodi a, mwen koube mwen byen ba pou mwen salye kokennchenn travay KAd ki prale a. M ap salye yon fason espesyal, Prezidan Jean Pauris JEAN BAPTISTE, yon potorik gason ki pa janm fatige sèvi peyi li. Mwen konnen kijan sa difisil pou evolye nan yon peyi tankou Ayiti kote dosye kiltirèl yo, dosye lang, se pwoblèm ki konplèks anpil. Se dosye ki mande anpil sanfwa ak entèlijans pou abòde yo. Malgre tout difikilte nou konnen yo, ansyen KAd la te rive poze anpil aksyon, sa ki montre peyi Ayiti gen anpil moun li ka konte sou yo toujou.

Nan kad eleksyon ki te fèt nan dat 16 desanm 2018 la nan komin Mibalè pandan 4èm Asanble òdinè AKA pou renouvle KAd la, mwen menm, Akademisyen Pierre-André PIERRE, pifò nan Akademisyen yo te rive plase konfyans yo nan mwen pou mwen okipe fonksyon Prezidan Konsèy Akademisyen Akademi an. Se yon jès ki make mwen anpil. Mwen pwofite okazyon sa pou mwen remèsye nou tout Akademisyen ki te vote nou vo KAd la. Men, ranplase Akademisyen Jean Pauris JEAN BAPTISTE se pa yon egzèsis ki fasil lè mwen konnen nivo angajman li pou te pèmèt AKA rive enpoze li nan sosyete ayisyen an. Se pou sa, mwen tou anonse devan je tout moun : pòt la rete louvri pou resevwa tout kalite konsèy pou kenbe enstitisyon an djanm e pèmèt li ale  pi lwen nan ranpli misyon Lalwa ak konstitisyon anfikse.

Mwen pwomèt tout moun, mwen pral mache pazapa yon fason pou ansanm, nou rive ateri ak tout sa nou genyen kòm vizyon ki se mete an aplikasyon gwo desizyon ki te pran pandan 4 dènye lane yo. Toujou sonje sa : travay AKA se yon travay ekip. Se pou sa, mwen envite tout Akademisyen yo kenbe men ak mwen, tout anplwaye AKA, tout jounalis, tout sitwayen ayisyen, rejwenn mwen pou nou vanse ansanm, kòtakòt paske pou kò mwen, mwen pap ka fè anyen. Se nan tètkole pou nou vanse. Mwen swete jwenn kolaborasyon tout moun.

Mwen pa vle pote yon mesaj manchlong.  Mwen vle raple nou, se konesans ki mennen sou wout pwogrè. Men, kijan ka gen konesans si popilasyon ayisyen an pa rive konprann sa k ap di nan non li? Kijan ap fè gen pwogrè sosyal si konesans k ap sikile yo pa tonbe daplon ak imajinè kolektif la? Akademi Kreyòl Ayisyen an gen gwo defi k ap tann li toujou. E mwen kwè nan kolaborasyon tout Akademisyen yo, Anplwaye yo, divès patnè AKA yo, n ap rive leve defi defi yo. Se pou tout sèvis rive jwenn popilasyon ayisyen an nan lang li konprann nan, ki se kreyòl. Se yon gwo defi, nou ka leve li ansanm si nou travay nan tèt kole. Akademi Kreyòl Ayisyen an se rezilta anpil goumen. Se yon byen kolektif nou dwe travay pou nou pwoteje.

Mèsi anpil !!!

Akademi Kreyòl Ayisyen selebre, samdi 27 oktòb 2018 la, sou Plas Dam Gonayiv Jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Yon gwo aktivite kiltirèl te òganize nan okazyon an ak patisipasyon plizyè atis, pèsonalite ak enstitisyon.

Reprezantan divès patnè AKA tankou : Meri Gonayiv, UNESCO ak Ministè Edikasyon Nasyonal te pran lapawòl nan seremoni sila a pou montre enterè yo pou selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl la.

Emeline Michel, fanm natif natal vil Gonayiv se te envite espesyal ki te chofe foul la. Li pat neglije chame epi chante ak piblik la plizyè mizik li tankou : Mèsi lavi, A K I K O, Sa pa pi mal, Mwen bezwen yon nonm, pou n site sa yo sèlman.

Nan mitan espetak la atis la pat manke motive piblik la sou enpòtans lang kreyòl la ki se yonn nan pi gwo eritaj peyi a rete.

Te gen plizyè prestasyon atistik tankou cho tanbou, resital tèks, pyès teyat ki te fèt nan kokennchenn seremoni sa a.

Akademi an te pwofite remèt 2 plak Onè ak Merit : yonn bay Meri Gonayiv pou kolaborasyon li toujou bay AKA, lòt la bay Emeline Michel ki te deside vin jwe gratis ti cheri pou Akdemi an, san bliye gwo kontribisyon atis la pote nan fè pwomosyon ak valorize lang kreyòl la.

Jean Rony Beaucicault Pierre Michel Chéry Anivince Jean-baptiste PJ MileMide Drag

#Ayiti #MwaKreyòl #Langkreyòl #EmisyonKreyòl #AkademiKreyòlAyisyen

 
Atelye sou edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji Université d’État d’Haïti, Campus Henry Christophe, Limonade (CHCL) Lendi–jedi 13–16 jen 2016
Òganizatè: Audalbert BIEN-AIMÉ (Université d’État d’Haïti, Campus Henry Christophe) Michel DeGRAFF (Inisyativ MIT-Ayiti, Massachusetts Institute of Technology)
Dat: 28 me 2016 [English version: http://bit.ly/1TCYcd4 ]
Kolèg Edikatè, Kolèg Edikatris, Onè!
N ap ekri w nan non Campus Henry Christophe de Limonade (CHCL, UEH) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti / MIT-Haiti Initiative. N ap di w felisitasyon pou gwo jefò w ap fè pou amelyore edikasyon ann Ayiti. E se ak anpil plezi n ap envite w nan atelye ki pral fèt nan CHCL, 13–16 jen 2016.
Atelye 13–16 jen sa a se setyèm Atelye MIT-Ayiti sou syans ak matematik depi Inisyativ la te kòmanse ann oktòb 2010. Atelye 13–16 jen 2016 la antre nan kad pwojè Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre bèl avantaj ki genyen nan sèvi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote materyèl edikatif yo makonnen ak lang kreyòl la.
Nou kontan anpil pou nou envite w soumèt kandidati w pou atelye sa a sou pedagoji patisipatif nan syans ak matematik. Se Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Etazini (National Science Foundation (NSF)) ansanm ak Campus Henri Christophe de Limonade ( UEH) epi Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haïti) k ap finanse atelye sa yo nan kad Inisyativ MIT-Ayiti a.
Atelye sa a ap entwodui plizyè aktivite ki tou nèf pa rapò ak atelye sa yo ki te fèt an 2012–2015: Patisipan yo pral antre pi fon nan travay sou pedagoji k ap ba yo bon baz pou yo prepare objektif nan plan kou pa yo ansanm ak aktivite pedagojik epi zouti evalyasyon ki mache ak objektif sa yo. Nan twa premye jounen yo, nou pral mete plis anfaz sou aplikasyon prensip aprantisaj aktif nan aktivite pratik selon bezwen patisipan yo. Nou pral develope aktivite ak materyèl pou patisipan yo ka itilize tousuit nan sal klas yo, selon enfòmasyon ke yo pral pataje ak nou sou matyè sa yo ke y ap anseye. Nan katriyèm jounen an, n ap travay sou teknik ki pou motive etidyan yo pi plis nan aprantisaj aktif. Epi tou, n ap gen sesyon tou nèf sou aprantisaj aktif nan chimi.
Atelye sa a ap gen sesyon plenyè sou pedagoji pou tout patisipan yo. Epi tou, ap gen aktivite ki pou fèt nan 4 sesyon (matematik, fizik, biyoloji epi chimi) ki pral dewoule an menm tan. Epi tou, yon lòt objektif atelye a se kreye, pou chak matyè, kominote anseyan k ap kore pratik pedagoji patisipatif an kreyòl nan sal klas yo. Nou konte sou enterè w pou Inisyativ la kontinye vanse.
Atelye sa a ap entwodui kèk inovasyon ki enpòtan pou patisipan yo: Nou pral kòmanse atelye a avèk yon demonstrasyon aprantisaj aktif epi nou pral analize metòd pedagoji ki te antre nan aktivite sa a. Apre sa, nou pral travay ak patisipan yo pou nou kreye materyèl pou yo aplike prensip aprantisaj aktif nan sal klas yo tousuit apre atelye a.
Epi tou, se premye fwa ke nou pral gen sesyon sou chimi. Nan sesyon chimi sa yo, nou pral devlope aktivite ki angaje etidyan yo nan aktivite pratik ki nan nannan relasyon ant prensip syantifik fondamantal epi rechèch ak aplikasyon nan domèn lasante.
Objektif: Nan fen atelye a, patisipan yo pral kapab:
  • Esplike pedagoji patisipatif ki baze sou rechèch e ki pral amelyore jan etidyan yo aprann
  • Kreye objektif aprantisaj pou egzèsis ki chita sou pedagoji patisipatif
  • Planifye yon egzèsis aprantisaj entèraktif
  • Idantifye estrateji pou evalyasyon fòmatif epi evalyasyon somatif ke ou pral itilize pou mezire rezilta egzèsis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a
Men jan atelye a òganize: 1ye jou: Entwodiksyon sou teyori ak pratik aprantisaj aktif (pedagoji patisipatif) 2yèm jou: Patisipan yo pral travay an gwoup selon matyè y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji oswa chimi) pou yo esplore aplikasyon yon kad teyorik pou pedagoji patisipatif. Epi yo pral devlope plan kou. Plan kou sa yo ap gen objektif pou aprantisaj aktif ansanm ak egzèsis aprantisaj. 3yèm jou: Patisipan yo pral travay sou prensip evalyasyon fòmatif ak evalyasyon somatif epi yo pral prepare zouti pou evalye aktivite pedagoji patisipatif yo pral fè nan sal klas. 4yèm jou: Nan maten, patisipan yo pral travay sou motivasyon epi defi k ap fè fas kare devan enplemantasyon aprantisaj aktif nan sal klas. Objektif sesyon apre midi a se kreyasyon silabis ki djanm pou klas yo ansanm ak prezantasyon ki djanm.
Sa se manm ekip MIT-Ayiti/CHCL k ap òganize aktivite yo e ki pral anime: Pedagoji: Glenda Stump Matematik: Haynes Miller, Jeremy Orloff & Jean Genis Dorvilien Fizik: Paul Belony & Abdias Augustin Biyoloji: Alison Brauneis, Jimmy Fedna & Ruthly François Chimi: Elizabeth Vogel Taylor, Étrenne François & Adler Thomas Planifikasyon & administrasyon: Audalbert Bien-Aimé, Michel DeGraff, Kirky DeLong, Virginie Destuynder & Angela Vévé Dokimantasyon & Kominikasyon: Kendy Verilus & Tatiana Behrman
Kondisyon pou patisipe nan seminè sa a:
  1. Atelye sa yo ap gen sesyon paralèl nan kat disiplin: matematik, fizik, biyoloji epi chimi. Epi tou, n ap gen sesyon plenyè sou pedagoji ak evalyasyon pou tout patisipan yo
  2. Se yon atelye entèraktif kote nou pral mete men nan pat la. Patisipan yo pral devlope materyèl pou kourikoulòm pa yo.
  3. N ap mande pou patisipan yo pataje kontni pedagojik nan disiplin ke y ap anseye—kit se silabis, kit se deskripsyon klas yo. Se ansèyman kontni sa yo ke yo pral anrichi avèk estrateji pou aprantisaj aktif.
  4. N ap mande pou patisipan yo vini ak laptòp yo pou yo ka patisipe kòm sa dwa nan aktivite entèraktif yo.
  5. Kandida sa yo ke nou pral aksepte kòm patisipan nan atelye a dwe ap anseye nan inivèsite oswa nan lekòl segondè e fòk yo deja gen yon diplòm inivèsite (omwen yon lisans) nan fizik, biyoloji, chimi oswa matematik oswa nan yon disiplin ki branche ak youn nan kat disiplin sa yo. Sa se yon kondisyon kle paske atelye sa yo pral pèmèt patisipan yo dekouvri diferan eleman fondamantal nan pedagoji patisipatif. Se pa matyè sa yo menm ke atelye yo pral devlope—se metòd pedagojik ke nou pral devlope. Ki fè, sa enpòtan pou patisipan yo deja gen konesans nan youn nan matyè sa yo paske objektif seminè a se pa anseye matyè yo.
Enskripsyon : Tanpri enskri sou entènèt nan sit sa a : https://www.surveymonkey.com/r/MIT-Ayiti-2016
Epi voye kopi Kourikoulòm Vite (« Curriculum Vitae ») nou , kopi diplòm nou epi yon dokiman (yon silabis oswa yon pwogram oswa yon deskripsyon klas) ki dekri yon matyè ke n ap anseye e ke nou vle anrichi avèk aktive aprantisaj aktif. Konsèp sa yo pral ede animatè yo nan planifikasyon travay ke nou pral fè ansanm lan. N ap bezwen dokiman sa yo menm si ou te deja patisipe nan yon atelye MIT-Ayiti.
Voye dokiman sa yo byen vit nan nan adrès sa a : mit-haiti@mit.edu
Dat enskripsyon an ap fèmen se mèkredi 1e jen 2016 oubyen lè pa gen plas ankò.
Pou seminè sa a, nou ta renmen kolabore ak 80 patisipan maksimòm. Dat limit pou soumèt kandidati w pou enskripsyon se mèkredi 1e jen 2016. Men, si nou gen tan jwenn 80 patisipan yo anvan dat limit la, n ap fèmen enskripsyon an anvan dat 1e jen 2016 la. N ap reponn sou kandidati patisipan yo nan dat madi 7 jen 2016 pou pi ta.
SI OU P AP VINI, PA ENSKRI. MEN, SI OU VLE VINI, ENSKRI VIT. PI BONÈ SE GRAN MATEN.
Atelye sa a gratis ti cheri, menm jan ak tout lòt Atelye MIT-Ayiti yo. Men, se patisipan yo oswa enstitisyon yo ki dwe responsab depans pou transpòtasyon ak otèl si sa nesesè.
Ekip MIT-Ayiti a ansanm ak CHCL/UEH ap di w mèsi d avans pou enterè w nan atelye MIT-Ayiti yo. Epi tou, nou espere ke pral gen anpil lòt opòtinite pou nou met tèt ansanm pou nou amelyore edikasyon ann Ayiti—ak lòt kominote ki pa ko valorize lang lokal pa yo.