Yon van sèk k ap vante

Yon drapo k ap flote

Yon nasyon k ap chache

Yon manman, yon matant, yon tantin, k ap chache…

Yon nasyon k ap chache ki kote li prale.

Yon panye k ap bouske

Yon kivèt k ap chaje  

Yon vwa fèb k ap kriye…,

Yon laye k ap woule woule, toupatou nan lari….

Yon kò chèch k ap mache… k ap rele…, k ap rale… 

De pye fèb k ap twote, pou yo jwenn ak lavi.

Yo monte, yo desann, yo bwote,

Pou ba pitit lavi, pou ba lavi valè.

Youn – De – Twa – 1000 – 100 mil…

Yon pil, yon bann, yon pakèt…

Y ap mache,

Y ap bouske,

Y ap kouri, pou yo jwenn ak lavi…

Yon lavi san lanvè 

Yon lavi san nandrèt ki kontinye file, tankou zangi nan dlo…

Yon lavi y ap chèche ki ba yo do,

San li pa di yon mo;

Poutan, se yo ki bay lavi

Se yo k ap bay lavi pou Ayiti pa fin peri

Se manman yo ye.

Paul Tulcé (Pòl Tilse)

 

 

Fedia Stanislas (Fedya Stanislas) se natif natal Jeremi nan Depatman Grandans, Ayiti. Li fèt 26 out 1991. Fedia fè yon pati nan klas segondè Jeremi, nan College Alexandre Dumas (Kolèj Aleksann Dima) ak nan College Etzer Vilaire. Men se Pòtoprens li te monte pou l al fin fè klas li nan Lycée Benoit Batraville (Lise Benwa Batravil). Apre bakaloreya, Fedya etidye syans politik ak jounalis. Pi gwo pasyon li se li ak ekri. Li te konn ekri nan journal Le National ak Jérémie Communication. Nan lane 2017 li te pibliye yon premye liv ki se yon seri istwa kout: Un été à Jérémie. Nan menm ane a, li te pran dezyèm pri nan yon konkou pwezi Radio Nationale te fè. Nan jounen jodi a, li se loreya pri Fondation Deschamps (Fondasyon Dechan) 2019 pou yon woman li ekri an kreyòl ki rele Konfidans. Lè Fondasyon Dechan t ap remèt Fedya Stanislas pri a nan El Rancho, jou ki te 10 desanm lan, Ronald C. Paul, ki te pran Pri Dechan an ane pase, deklare: “Konfidans… se yon liv terib, istwa a kenbe w, lè w ap li l; l ap dekri yon reyalite ki di, men sa pa anpeche w kontinye li l.”

Demele

Nan peyi Ayiti, si w pa t leve nan gran fanmi, pare w goumen pou w ka viv!

Demele, se non sa a tout moun te konnen.  Men, ou mèt kwè m, si w vle, se pa non sa a manman l ak papa l te ba li.  Gen de non ou pote, se lavi a ki ba w li; dapre sa w ap fè, dapre jan yo wè w nan sosyete a.  Si w se grannèg, y ap rele w “msye Entèl”. Si w se malere, ou se “Ti Entèl”.

Demele, se yon ti malèrèz ki desann lavil tou piti.  Li te ka gen 14 an konsa lè ni manman l, ni papa l mouri.  Li pa te gen ni tonton, ni tantin ki te ka ede l.  kidonk, li pa te gen lòt chwa: demele l poukont li pou li viv.

Moun ki te fèk konn wè l nan lari Okay te ka konprann se yon ti dam andeyò ki pèdi lavil la. Alaverite, li pa t konn vil la byen lè li fèk desann.  Yon sèl bagay, li te konnen ki kote li vle ale nan lavi.

Premye sa Demele fè: l al frape pòt yon dam, yon komèsan lavil la, l al chèche travay.  Ou konnen!  Moun sa a yo, yo resevwa yon moun dapre kote yo kwè w soti.  Pou yo ba w travay, fò yo konnen”ki tit ou”.  Ki tit ou a, se pa sa w konnen non!  Men se ki kote w soti ak ki moun ou konnen.  Ki fè, se pa san rezon, jenn gason nan Pòtoprens konn di w: “Fò w konn moun”! …

Paske li pa t “konn moun”, Demele pa t ka jwenn travay.  Li mache, l ap frape yon dezyèm pòt;  fwa sa a, kay yon avoka tout moun konnen nan vil la.  Lakay mèt sa a, se franse sèlman yo pale.  Pou kòmanse, li marye ak yon fanm etranje yo di ki se yon ansyen mè.  Lè Demele parèt, se yon pitit mèt la li trape ki pa pale kreyòl.  Ki fè, yo youn pa ka pale ak lòt.

Demele mache poul li.  Li al ateri fwa sa a nan yon gwo kay balkon ak yon gwo lakou.  Se kouvan “Lacharitesilvouplè”.  Lè li rive, li te vè 6 è konsa, yo di li “mè yo ap soupe” yo pa vle moun deranje yo.  A! manmzèl wè l ap fè move kout zo!  Pandan tan sa a, li gen yon grangou k ap touye l.  Tèt li an boulatcha, li pa ko konnen ki bò li pral dòmi.

Li kontinye konsa. Li pase nan divès kay, li pa jwenn anyen.  Chak kote ba l yon boulòk.  Li fè premye jou a, dezyèm jou a, konsa.  Sou twazyèm jou a, vè zòn apremidi, manmzèl tonbe nan estasyon machin yo.  se la li vin jwenn yon ti djòb pote.  Yo ba l pote yon sak pwovizyon.  Manmzèl tou fèb, l ap trese anba chay la, men li degaje l, li rive.

Li retounen nan estasyon an. Fwa sa a, li fè yon bon tan, li pa jwenn anyen.  Pandan tan sa a, jenn gason nan estasyon an ap tingting li.  Gen sa ki pran plezi ak li.  Gen sa ki vle fè lòt bagay ak li.  Men, manmzèl konn sa li vle, li pa nan griyen dan ak pesonn.  Li dòmi nan estasyon an kanmèm, paske li pa t gen lòt kote pou l dòmi.  Li degaje l jwenn yon mamit dlo, li fè twalèt li.  Li pase tout de premye mwa yo la, nan estasyon an.

Yon bon apremidi, se te yon vandredi sen, estasyon an pa t gen afè.  Manmzèl degaje l, li antre nan yon legliz.  Li ouvè de bra l, li lapriyè: “SakrekèdeJezi: se pòv ou te ye menm jan ak mwen.  Kote ou pase, yo te voye w jete menm jan ak mwen.  Yo te touye w paske ou te fè w ak pòv.  Lamès ap fèt la a, men mwen, m pa konn pale franse.  Se avè w m ap pale, ou ka konprann.  Ou te leve, se sa yo di.  Sa vle di: ou vivan.  Ou ka tande m.  Lavi a pa bon pou mwen.  Degaje w, fò m jwenn yon demele”.

Li retounen nan estasyon an.  Pa yon grenn machin!  Li pa ko wè kote li pral dòmi.  Li fè yon chita sou pewon yon boutik ki fèmen.  L ap kalkile.  Gen yon jennonm ki pase sou yon bisiklèt, li gade l, li ale.  Jennonm lan tounen pase yon dezyèm fwa.  Sou twazyèm fwa a, li kanpe bisiklèt la.  Li fè Demele sin vin jwenn li.  Demele gade l, li bese tèt li.  Jennonm lan pwoche li di: “ou pa ta renmen fè yon demele?”  Demele reponn: “retire w sou mwen msye! … paske mwen nan lari a lè sa a pa vle di mwen se yon epav pou sa!”  Jennonm lan vire, li ale.  Li te vè 11 è nan aswè konsa.  Demele apiye kò l bò mi boutik la, li dòmi la.

Premye kamyon ki parèt nan estasyon an rive vè 4 è konsa.  Manmzèl reveye ak tout fatig li, ak tout dòmi nan je l, li pwoche.  Chofè a di: “O, Demele, apa se sèl ou ki la a!”   Demele pote pou yon premye moun.  Li retounen.  Kamyon an ap debake.  Gen kèk bwat katon yo debake pou yon famasi gran ri.  Chofè a mande pou yon bouwèt, li pa jwenn.  Kontwolè machin lan demare yon bouwèt nan yon poto, li ba Demele l.  Manmzèl debat, li chaje bwat yo, li rale.  Etan li prale, l ap rale bouwèt la, chofè a di: “ A! se liberasyon d la fam, demele w!”.  Demele kanpe tou bouke, li reponn: “Se pa fanm sèlman non ki merite libere! Gason yo tou!”.  Pawòl sa a pase nan zòrèy yon wachmann (yon mawoule), li desann nan konsyans li.  Li ede Demele pouse bouwèt la. 

Yo rive, yo debake bwat yo.  Wachmann lan mande Demele: “Kote w moun?”  Demele di: “mwen se moun Latibolyè.  Manman m ak papa m mouri depi de (2) zan.  Ti bout tè yo te kite pou mwen, yon chèf seksyon ak yon apantè fè konplo, yo pran yo.  Te gen yon milèt, li trape pas, li mouri.  M te gen (2) de kochon, leta touye yo pou PEPADÈP.  Mwen pa t gen lòt chwa, m vin isit.  Mwen kite lekòl nan mwayen en…. Sou kozman sa a, dlo koule nan je l.  Li sonje manman l ak papa l.  Wachmann lan tou, tonbe kriye; li di: “ka nou pa diferan.  Mwenmenm, se yon jandam ki touye manman m; mwen te gen 6 zan.  Mwen te rete yon kote, yo bat mwen chak jou; mwen sove vin isit.  Depi lè sa a, m ap fè wachmann (mawoule).  M pa t konn papa m.  Li pa te okipe m.  Jandam lan touye manman m poutèt yon afè kat nan mache”.  Sou koze sa a, yo kriye pi rèd.  Yo rete la jouk li fin jou.

Pandan tan sa a, mèt bouwèt la fè plent nan lapolis. Li di yo vòlè bouwèt li.

Mesye dam yo retounen nan estasyon an pou y al mete bouwèt la la.  Se konsa yo kwaze bab pou bab ak yon jandam ki di yo, yo “arete”.  Tan pou yo ta mande pou ki sa, yo chak resevwa 2 souflèt marasa.  Yo mennen yo nan biwo lapolis.  Sèjan nan pòs la ap poze kesyon. Demele ap reponn.  Tan sa a, tout tèt Dyejis ap senyen anba kout kòs revòlvè.  Demele esplike, se kontwolè machin lan ki te ba yo bouwèt la; yo pa konnen kote li te pran li… sa w tande a yon jandam ba l yon souflèt: “se fout manti w ap fè, manman rizèz!… kote w te ye ak wachmann lan?” 

Pandan tan sa a, yon jennonm antre, li mande sa ki genyen.  Yo rakonte li, epi li di: “wi, se posib.  Mwen te wè ti fanm sa a nan pwent kalfou estasyon an ap fè woulman”.  Se lè sa a Demele sonje jennonm lan ki te pase sou bisiklèt la.

Yo mete Dyejis nan prizon.  Yo bat Demele byen bat; yo imilye l kòm “awonna”, epi yo voye l ale.

Dyejis fè twa jou nan prizon. Demele pa janm lage l.  Li pote manje chak jou pou li. Li konsole l.

Lè yo lage Dyejis, li tou al lakay li ak Demele.  Li te vè 5 è konsa.  Demele lave rad Dyejis.  Li fè manje ba li.  Li bouyi yon beny fèy ak zorany si, li fè Dyejis benyen.  Yo chita, yo pale.

Lè li te vè 9 è aswè, Dyejis mande Demele kote l rete.  Demele di li pa gen kay; se nan lari l ap dòmi.  Dyejis te gen yon sèl kapay kote pou li dòmi.  Li ranje l, yo dòmi ansanm.

Obout 2 semenn, Demele montre Dyejis ekri jiskaske li siyen non l.  Yo pase ennan (1 an) konsa, nan menm kay, nan menm kabann. 

Nan tout katye a, tout moun konprann yo se madanm ak mari.  Men yomenm, yo konnen yo gen yon lòt relasyon.  Lòt wachmann parèy Dyejis pase l nan betiz, paske li di yo li pa nan anyen ak Demele.  Yo di li pa gason.   Ennan pase, yo kontinye rete ansanm. Yo al lekòl ansanm.  Youn ede lòt.  Yo rive pase sètifika.  Dyejis al aprann mekanik.  Demele aprann koutiryè.  Yo degaje yo.  Chak ti kòb yo genyen, yo mete yo ansanm.  Yo debat konsa, yo bati yon ti kay ak yon bon ti lakou.  Yo fè yon galri dèyè kay la.  Chak swa, moun ki pa konn li, yo fè lekòl pou yo.  Chany, Timoun kay moun, Moun k ap pote, Wachmann, Bouretye, tout moun ki vle, yo vin lekòl.  Se konsa tout malere nan zòn lan vin moun pa yo.

Gen yon vwazen ki gen yon boutik, yon boutik kenkay, li vann tout kalite bagay. Li gen yon ti fi lakay li ki konn sove al lekòl la tou.  Mètrès boutik la pale Demele pou li pa kite ti fi a vini lekòl la.  Men Demele pa briding.  Depi lè sa a, mèt boutik la kòmanse make Dyejis.  Yo di “li se kominis”.  Pawòl la kòmanse soufle. Gen kèk elèv ki al di Demele pran prekosyon.  Se apre kèk jou, Dyejis remake se yon ògèy ki pote komèsan an yo nan tèt.  Yo te sèl mèt nan katye a, koulye a, twòp moun ap konn li; yo pa p ka louvri zèl yo, ni yo pa p ka bay koutba ankò.

Yon jou, mètrès boutik la pèdi tèt li, li al fè Demele esplikasyon sou rapò li ak Dyejis ki nan menm kay san yo pa marye.  Demele pofite fè l yon leson. “Madan Jil, m konprann ou vle fè tèt ou pase pou moun moral, men kite m di w: sa w gen nan tèt ou a se pa konesans, se yon defòmasyon.  Se pa lè de moun gen rapò fanm ak nonm sèlman yo ka fonksyone ansanm!  Si ou vle pase toutbon kòm moun ki gen moral, sispann fè mache nwa sou moun yo. sa rele vòlè!  Sispann ba moun move kout lòn twal.  Sa rele chat!  Sispann maltrete timoun lakay ou.  Sa rele kriminèl!  Men sa ou dwe veye! Korije tèt pa w!

Madan jil pa di anyen. Li antre.  Madi maten, gran bonè, Dyejis jwenn yon papye tenbre pou l prezante l nan prefekti.  Demele abiye l, li ale ak Dyejis.  Gen 2 lòt vwazen, ki souspèk bagay la, ki suiv mesye dam yo ale nan prefekti a.  youn rete, youn retounen al ranmase rès moun katye a.  Yon foul desann nan prefekti.  Se moman prefè a ap poze Demele kesyon sou reyinyon li konn ap fè dèyè kay li.  Foul la gade yo pa wè Dyejis.  Trapde, nouvèl la gaye: “yo touye Dyejis anba baton”.  Rès katye a reyini, yo boule boutik la rapyetè.  Yo mache kontre ak lòt foul la devan prefekti.  Yo rantre sou prefè a.  Sa w tande a: jandam vole, prefè tonbe bege: se pa li, se mèt magazen…. Ay, foul la tout an flanm!  Yo pase men pran jandam, yo desann nan tribinal; Y al soti sou yon bann papye tè ak tout batistè Demele.

Depi lè sa a, anba Lilèt, granmoun kou timoun toujou sonje: Lè pèp ansanm, se li ki chef!

Analiz literè Tèks 18 – Pè Sèt (1994) paj 72. liv pwezi Josaphat Robert Large Jeanie Bogart – Oktòb 2018

 

Tèks XVIII

yo mèt mare konplo sou tèt nou

makonnen manti ak kout lang

yo mèt leve onè n frape l atè

      kè n lan jwèt la

      lespri n sou tab la

      nou pa p fè bak !

e n ap pale pou zòrèy kokiy sa koute

pou kòn lanbi tande

      nou di

     nou pa p tolere enjistis !

     nou pa p kite lonbraj touye flè nan jaden !

     nou pa p kite malè toufe dife bonè !

ponyèt nou pa pè

kouraj nou djanm

se depi dikdantan nou lan batay

e lan batay n ap rete

                                pè sèt

Nou te ka kòmanse analiz powèm sa a nenpòt fason, paske gen plizyè eleman ladan l ki enteresan. Men n ap kòmanse ak chan leksikal la ki louvri chimen pou di nou sou ki bit powèt la kanpe, lan ki sans li vle ale ak sa l ekri a. Fò nou pa bliye, Josaphat Robert Large, se yon ekriven ki te oblije kite peyi l, Ayiti, pandan diktati Duvalier a, an 1963. Se pa san rezon mesaj ki anndan liv Pè Sèt la, espesyalman nan powèm nou konsidere a, fè nou santi sa a, se kout plim yon militan.

Nou remake gen 3 chan leksikal:

  1. Konspirasyon/Manigans. Twa mo lan tèks la di nou klèman ki sa powèt la ap denonse : konplo, manti, koutlang.
  2. Mesaj. Genyen kat mo ki fè nou konpranngen yon mesaj enpòtan lanbi a ap pote, fò n ouvri zòrèy nou pou n koute, epi, fò n koute avèk anpil atansyon : koute, tande, lanbi, zorèy.
  • Abi/Krim. Gen twa mo ki di nou ki jan otè a santi pèp la ap toufe anba enjistis osnon jan y ap toufounen l. Mo sa yo se : enjistis, touye, toufe.

Aliterasyon     : (se repetisyon fonèm/son konsòn yo lan yon goup mo ki pèmèt ou mime, fonetikman, sans oubyen ide tèks la. Li vin kreye sa nou rele lan pwezi: yon amoni imitatif).

k = 14                  Nou jwenn katòz son k, vennsis son t, dizuit son p ak uit son d.

t = 26                   Tout son sa yo se son ki di anpil, ki vyolan, tankou yon bagay ki

p= 18                   eklate.

d= 8                    

L = 16                  Genyen sèz son l, senk son m ak twa son f anndan tèks la. Yo vle   

M = 5                   di powèt la gen on kòlè li pa ka kenbe, ki fè pawoli ap koule sot anba 

F =  3                    plim li. Son ki bay enpresyon gen yon fwotman, yon souf kout,                                                                    

                             yon moun k ap toufe. Lan ka sa a, li dirije nou tou sou lanbi a k

                             ap soufle.

Asonans             : (se repetisyon fonèm/son vwayèl yo lan yon gwoup mo ki pèmèt ou mime, fonetikman, sans oubyen ide tèks la. Menm jan ak aliterasyon an, li kreye sa nou rele lan pwezi : yon amoni imitatif).

O = 12                   Gen douz son o, kenz son ou, venntwa son a ak nèf son an    

Ou = 15                 anndan tèks la. Son sa yo se son toufe, son ki enkyetan, k ap

A = 23                   gwonde.

An = 9                  

I = 10                     Toujou lan kategori asonans lan, nou jwenn dis son i, sèz son e

E =16                     ak sèz son è lan powèm lan. Son sa yo se son pike, ki fè panse a

È = 16                     yon kri.

Dezyèm bagay nou remake lè nou li powèm sa a se kantite metafò powèt la itilize ladan l.

Nou jwenn metafò lan:

« leve onè n frape l atè ». Onè a pa yon bagay moun ka manyen ni kenbe, vwa pou ou t a frape l atè ;                    

 « nou pap kite malè toufe dife bonè ». Malè pa yon eleman fizik, li pa moun, li pa bèt, li pa van, li pa dlo, li pa ka toufe dife ;     

« ponyèt nou pa pè ». Se moun ki ka pè, ponyèt pa konn pè ;

« touye flè nan jaden ». La, powèt la pa p pale de flè ditou. Flè lan jaden an reprezante 3 bagay :

  1. bonè lan kè ;
  2. pepinyè osnon timoun k ap grandi ;
  3. boujon revolisyon k ap pouse.

Nou rankontre lan tèks sa a, sa nou ka rele yon oksimò. Oksimò a se lè otè a mete de mo ki gen sans opoze kòtakòt. « Dife bonè ». Nou konnen, jeneralman, dife se bagay malè, se bagay ki ka detwi, ki ka kankannen, ki ka touye moun tankou bèt. Men poukisa otè a chwazi rele l dife bonè ? Enben, se paske dife sa reprezante chalè ki lan kò yon pèp k ap sibi opresyon. Epi fò n pa bliye dife nan istwa dayiti, se sous liberasyon pp la ki te nan esklavay. Dife powèt la ap pale se malè pou opresè a, men li se bonè pou tout yon pèp.

Anpalan de tout yon pèp, powèt la ranfòse ide sa a avèk anafò li fè lan powèm lan. Anafò a se le otè a repete yon mo osnon yon gwoup mo lan kòmansman kèk fraz. Nou jwenn anafò a lan mo « nou » ki repete 4 fwa lan 4 vè youn apre lòt, « nou p’ap » repete 3 fwa menm jan an. « Nou » an poukont li vle di linyon, li vle di lafòs. « Nou p’ap » la vin ranfòse lide inyon an, lè li gen negasyon pap la dèyè l, sa vle di opozisyon, reziztans.

Yon lòt fòm powèt Josaphat Large itilize se “pèsonifikasyon”. Nou jwenn li lan “zòrèy kokiy”; kokiy pa gen zòrèy men powèt la ba li fòm moun kòmsi li te yon kretyen vivan de bra balan. Nou jwenn yon lòt pèsonifikasyon lan pou kòn lanbi tande. Nou tout konnen kòn lanbi pa ka tande.

An menm tan, lan de vè sa yo “pou kokiy sa koute/pou kòn lanbi sonnen », powèt la lanse yon apèl a larezistans, yon leve kanpe. Dayè, pa bliye senbòl nèg mawon an avèk kòn lanbi a lan bouch li k ap rele rasanbleman pou batay, pou revolisyon. Pou konfime analiz nou an, nan fen powèm lan, powèt la repete mo batay la de fwa. Se rezon sa a ki fè prezans tout aliterasyon sa yo, tout son fò, eklatan sa yo tankou k, p, t ak d anndan tèks la.  

Pwosede estilistik Josaphat Large la temwaye metriz li genyen lan koze manyen plim lan. Tèks la li menm, konfime talan, devosyon ak angajman powèt la nan lit pou rezistans, lan detèminasyon l pou l denonse malvèsayon k ap fè ravaj lan peyi li.