Mo

sa ou ka kenbe ak men ou

Pa bay mo kenbe

sa ou ka prije ak men ou.

Bri ki pre,

se pa li ki pou ou.

Bri ki pi pre,

se bri dyòl.

Bri ki twò lwen

se pa li ki pou ou tou.

Bri ki twò lwen,

se bri delala ki fin ale,

bri sapat larivyè ap fè

lè l pral mouri bò la,

tou dezabiye sou wòch.

Bri ki pou ou,

se bri paj liv

timoun ap vire,

se bri mato k ap plati fè.

Bri ki pou ou,

se bri moun k ap sanble

fè kö ansanm ansanm

Se bri zam pèp ap aprann tire

anba pay, lan raje.

Mo se lan lavi sa soti.

Se lan lavi pou yo tounen.

Wè lwen dòmi pre,

se metye mo lè gen aksyon

Bri ki ki pou ou, dizon di,

se bri mo ap fè

pou yo jwenn chimen tèt

pou yo pa rete pouri

andaki, anndan dyòl.

Bri ki pou ou,

se bri eskonbrit ki pete

lè ze derefize atò

monte kabann li sou wòch.

Mo ki pou ou,

se mo ki pre ou.

Se bri chodyè manje sou dife

ak bri van k ap chire rad lafimen

pou fè n konnen manje pare.

Mo se lan lari sa soti,

lan mitan bri pye,

lè nou rete zepòl ak zepòl tou kole,

n ape laji, n ap aji, n ap gaye kò n

nan lari.

Mo se lan lavi sa soti,

Se pa lan dyòl save lalekti

k ap sable lamizè

pou yo pase poli sou li.

Georges Castera fils, Pye pou pye, pp. 45-46 (1986)

Vwa: Max Eugène (Maks Ejèn)

Yon van sèk k ap vante

Yon drapo k ap flote

Yon nasyon k ap chache

Yon manman, yon matant, yon tantin, k ap chache…

Yon nasyon k ap chache ki kote li prale.

Yon panye k ap bouske

Yon kivèt k ap chaje  

Yon vwa fèb k ap kriye…,

Yon laye k ap woule woule, toupatou nan lari….

Yon kò chèch k ap mache… k ap rele…, k ap rale… 

De pye fèb k ap twote, pou yo jwenn ak lavi.

Yo monte, yo desann, yo bwote,

Pou ba pitit lavi, pou ba lavi valè.

Youn – De – Twa – 1000 – 100 mil…

Yon pil, yon bann, yon pakèt…

Y ap mache,

Y ap bouske,

Y ap kouri, pou yo jwenn ak lavi…

Yon lavi san lanvè 

Yon lavi san nandrèt ki kontinye file, tankou zangi nan dlo…

Yon lavi y ap chèche ki ba yo do,

San li pa di yon mo;

Poutan, se yo ki bay lavi

Se yo k ap bay lavi pou Ayiti pa fin peri

Se manman yo ye.

Paul Tulcé (Pòl Tilse)

 

 

Syèl la prèt pou kouche sou bra solèy lavi w

Poutan, yon latriye timoun

Granmoun

Tout aliyen ap tann

Yon transfè

Yon anvlòp

Yon kout fil

Yon komisyon w voye

Pou chodyè yo ka monte.

Ou chita

W ap panse

W ap kalkile

W ap eseye trase kata lavi

Pou w dekouvri yon jan, yon mannyè, yon strateji

Pou ou wè kote w prale.

W ap gade tiktak lavi a k ap kouri

Menm lè nannuit bare solèy sou pon zetwal jounen ki refize limen.

Ou frape

Ou reponn

Pesonn pa janm fè w sign.

Chak jou w leve

Ou pran lari

Ou brase, ou vire

Ou frape, ou souke, pou si lavi ta vle reponn …

Tonm

Tonm

Tonm

Tonm

Tiktak lavi a pa chanje.

Tèt ou prèt pou pati kite lavi w dèyè

Pou w degaje w, brase chabon nan sann dife lanfè

Pou batman kè ou pa kanpe.

Kè w ap boule w

Sèvo w prèt pou pati

San yon gout dlo pou rafrechi lespri w.

Ou travay, ou redi

Fouye lavi nan tout rakwen, pou yon lè

Yon lè, ou ta banke ak yon frechè, yon bouke flè.

Tonm toum lavi

Tonm toum fredi

Chay yo twò lou pou ou. …

W ap mache, w ap brase, w ap tribiche

Monte desann chèche chimen nan fon lespri w

Pou ou wè, si yon lè, ou ta souke zetwal nou yo ki ap dòmi;

Poutan, Chans ou kole nan fon ganmèl malè esplwatasyon.

Tonm

Tonm

Tonm

Tonm

Tiktak lavi pa vire bò.

Ou pati

Ou pran lyann

W al ateri nan lòt peyi.

Ou pran kouri kite peyi w

Kite zanmi, kite fanmi w

W al ateri nan lòt peyi

Kot yon bann moun ki pa sanble w

Ki pa konnen w

E ki pa ba lavi menm sans ak ou.

Ou travay, ou rantre

Chèk la pa janm ase.

Chak jou w leve ou pran lari

W al  tribiche, w al bourike

W al “ponnche”

W al bay san …

W al bay lè …

Se sa k woutin lavi w.

Ou monte

Ou desann

Chak jou gen menm koulè.

Tonm

Tonm

Tonm

Tonm

Tiktak lavi a pa chanje.

Ou pa gen dwa malad, ou pa gen dwa absan

Lakay ap tann

Ti chèk la twò piti. …

Bòs la pa ka konprann.

“Bil” yo pa ka ret tann.

Tèt ou bwouye

Tèt ou chaje

Lakay pa ka konprann. …

Yon peyi k ap trimen

Yon peyi y ap plimen

Poutan, se sa w genyen. …

Ou ta renmen l chanje

Ou ta renmen l leve

Pou yon lè, yon lè tankou Jodi, ou ka tounen lakay

Poutan, lannuit bare solèy sou pon zetwal lavi ki refize limen

Nyaj yo bare chimen

Pou anpeche flè yo pouse.

Yon chimen san trase

Yon lavi san koulè

Rèv ou chita nan fon ganmèl malè.

Ou mache

Ou kouri

Bouske lavi nan faktori

Dizèdtan, douzèdtan, fredi, lanèj, ou la

Malgre imilyasyon;

Lakay ap tann, se ou ki pou reponn …

Demonstrasyon, pwotestasyon, se ou ki toujou la

W ap goumen

W ap rele

W ap reyaji

Defann imaj peyi w …

Se li w genyen.

Chak jou w leve

Chak jou w kouche

Chagren monte lapyè l sou tèt biskèt tèt ou

Ki fè, somèy pa vin nan je w

Poutan, Tansyon ap sakaje w.

Tonm

Tonm

Tonm

Tonm

Syèl la prêt pou kouche

Nan bra solèy lavi w

Poutan, se ou ki pou reponn

Yon nouvèl

Yon kout fil

Yon “anvwa mwa”

Yon lanmò

Yon lopital …

Mwa kay la ki rive

Lekòl yo pou w peye ….

Ti chèk la twò piti.

Tonm toum lavi

Tonm toum fredi

Tren an ap fofile nan tou tinèl Bouklin

Etan yon nas filarenyen panse ap plòtonnen lespri w.

M ap gade w

W ap gade m

San je nou youn pa janm wè lòt

Lespri nou makònen.

Ayiti

Ayiti

Kilè w ap fè yon pa!

Ou frappe

Ou reponn

Pesonn pa janm fè w sign.

Souf ou prêt pou koupe

Chay yo twò lou pou ou.

Tonm toum lavi

Tonm toum fredi

Lakay ap tann

Chodyè yo pa monte.

Tonm

Tonm

Tonm

Tonm

Transfè a pa ase.

Syèl la prêt pou kouche

Sou bra solèy lavi w

Poutan, yon latriye timoun ap tann

Paske,

Tiktak lavi a pa kanpe.

Ou frape

Ou rele

Se ou ki pou reponn

Se dyaspora ou ye.

Dènye pòtre w m gen nan memwa m, cheri

se sèt koulè dantèl jipon talatàn ou.

Mwen chèche w toupatou.

Tout kote mwen mande, yo mande m si mwen fou.

Dènye pòtre w m gen nan memwa m

se 18 me ou t ap fete.

Yo di drapo w te konn monte byen wo.

Tout lòt kote te respekte w.

Dènye pòtre w m gen nan memwa m

se jou premye Janvye.

Tout moun te deside bwè soup premye janvye.

Lavi w te fè mizè kaba

Kote w ale?

Dènye pòtre w m gen nan memwa m, cheri,

yo di Desalin t ap ba Petyon lanmen

pou eseye tabli renmen. …

Renmen, renmen, sa pati kou yon bon rèv!

Dènye ane w voye nouvèl

Ou te sou bisantnè.

Estime t ap eseye pyese moso asyèt yo ki kraze …

se sa moun kwè.

Depi lè sa a m ap espere w.

Mwen chèche w toupatou.

Mwen fè tout fent pou m ka jwenn ou.

Mwen mèm swete mwen ta reve w!

Rèv, rèv!

Rèv nan nwit, rèv je klè;

Tout rèv se rèv.

M reve nou kase ren tout divizyon pou nou reba lavi valè!

Di m don kote w ale!

Dènye gout dlo frechè ou te ban mwen

se van lespwa ki t ap soufle

pou n te tabli demokrasi 7 Fevriye;

poutan, anvan li jou, konvre zobop pase.

Cheri, dènye ti gou renmen w met nan memwa m

ven tan sèlman mwen te genyen.

Ou t ap montre m renmen.

Renmen, lanmou, sa efase nan fon memwa m.

Dènye pòtre w m gen nan memwa m

Se nan sous dlo Ka Sis nou te kontre.

Koulye a, sous la prèt pou seche.

Kote w ale?

De (2) dènye fwa mwen te reve w, peyi mwen

Mwen t ap swete ou retounen

sa ou te ye: “Peyi Mwen”

rèv zansèt yo, kot lawouze tounen dyaman nan dan solèy

Dènye pòtre w m gen nan memwa m, cheri

Ou t ap wouze fèy sitwonèl, pou nou fè te.

Dan ou te blan kou dan zonbi;

Dlo larivyè w t ap koule fre.

Depi lontan w pati, cheri,

nou pa ka wè w.

Nannuit bare chimen n gwo lanjelis sou wout lavi.

Ki sa n ap fè?

Ki sa n ap fè pou nou reprann tèt nou?

Ki sa n ap fè pou n detere nanm nou

ki antòtye nan kòd pikan malvèsite? …

Cheri, ki lè n ap wè w tounen sa ou te ye!

Zobop manje Kristòf sou pon wout devlopman

menm plas kav li nou pa ka jwenn nan Sitadèl!

Memwa Lanprè ale; rèv nou ap disparèt.

Ki sa n ap fè?

Ki sa n ap fè pou nou reba w lavi!

Cheri, dènye gout souf m ape rele

Se pou ou

Se pou li

Se pou nou;

Nou tout ki t ap reve, swete

Nou tout ki t ap chèche pou nou kontre ak sous lavi;

Nou tout zwazo mangay

Pitit lakay:

Rèv nou pa dwe seche!

                                                                             (Paul Tulcé; Liv: Konfesyon (2012)


 

IMAJINASYON-1

 

M imajine yon jou

Mwen ta kontre ak jèm lavi.

M imajine yon jou

Mwen ta kontre ak grenn lanmou.

M imajine yon jou

Lavi ta vle kontre ak nou

Pou li di nou, pou l separe ak nou

Sekrè ki fè solèy leve chak jou.

M imajine yon jou

Mwen ta kontre w sou tè Lafrik.

M imajine yon jou

Mwen ta kontre ak ou, pou nou manje foufou,

Pou m admire bouch ou,

Pou m admire po ou,

Pou nou pran gou lanmou …,

Pou nou reprann nanm nou.

M imajine yon jou,

Nan peyi nou,

Mwenmenm ak ou, nou ta rive fè youn

Pou lavi vin gen bon gou 

 

IMAJINASYON-2

 

Mwen mache sou kat pat pou m dekouvri chita w

kote zetwal ap balize sou lantouray.

Ou te chita ap respire odè pafen

ilan-ilan, odè flè bi, ak sitwonèl

etan zetwal yo ap vegle gout dlo seren

sou plant lavi; Lavi peyi n zòt ap bimen, 

lavi n ap eseye sove jan nou konnen

pou prezève boujon espwa pou sa k dèyè.

Mwen mache sou kat pat pou dekouvri chita w

etan w ap eseye konte grenn je zetwal

nan fon jaden edenn kote nou te soti,

kote nou dwe tounen pou nou tete Lafrik,

lèt manman nou, lèt natirèl ladrès panse,

pou nou mache, bouske rasin laverite

sèl bon zouti ki pou ede n voye jete

pwazon frankofoni ki marinen lespri n.

Lalin lan te kanpe sou tèt yon pye palmis,

sou plas piblik kote powèt yo reyini

pou obsève sa k ap pase sou galeri w,

nan fon kalbas lespri w ki ban m anvi ekri

pou m grafiyen pawòl zansèt yo t ap dikte

nan lantannman tout fèy papye ki vle tande.

Mwen mache sou kat pat pou dekouvri chita w

sou plas piblik ki fè n sonje 1804

liberasyon zansèt nou yo te kòmanse,

liberasyon pou mwen ak ou nou kontinye

si pou lavi gen sans, si pou peyi nou dekole.

Se la mwen te mache vin dekouvri chita w

sou pwent pewon galri kote ou te chita

ap kalkile kote n soti, kote n prale, 

etan m ap lonje fil kontak ki nan lide m

kole l ak pa w, pou nou rive bati Kouran

lide lanmou ki pou mete nou tout ansanm,

pou nou bati yon sosyete kote lanmou,

travay, ak rèv zansèt nou yo se bousòl nou.

Pou sa, cheri, mwenmenm ak ou nou rankontre

Pou sa mwen kontinye reve si mwen ka vin nan pye w,

fè serenad pou ou, chante, grate pye ou,

file zegwi w, jouk mwen rive kapte kè ou ;

pou nou mache, pou nou pale, pou nou goumen

jouktan lalin avèk nannuit kouche ansanm pou akouche limyè jounen.

 

IMAJINASYON-3

 

Mwen chѐche w

Kote moun di yo satiyѐt sekrѐ lavi

Mwen chѐche w

Kote lavi ap boujonnen nan grenn mayi

Mwen chѐche w

Tankou gode k ap tire dlo nan kannari.

Mwen chѐche w

Kot peyizan ap rara tѐ pou yo simen

Kot basen dlo nan larivyѐ ape kimen

Kote nannuit ap separe ak lajounen .

Mwen chѐche w

Kote limyè ap fofile nan fetay kay

Mwen chѐche w

Kote goutyè ap defile nan fil kay pay

Mwen chèche w 

Tankou boujon ki ap chѐche grenn je solѐy.

Mwen cheche w;

mwen chѐche w….

Kot lafimen ap vwayaje pote mesaj

Kote fanm saj ap delivre sa k nan pasaj

Kote vapѐ ap boukannen founo chabon

Pou rann lavi posib nan recho moun grangou.

Mwen chѐche w ; wi mwen chѐche w ;

Mwen chѐche w toupatou

Jouk mwen jwenn ou nan imajinasyon m.

Peral
Chak fwa m leve
M gade lari Nouyὸk
M wè moun ap defile
Bloke pon Bouklin Brij
Pou devèse kenbe gὸj
Mannatann pou fè Loni tranble
M di: Ochan pou ou Peral
Chak fwa m leve
M tande nan Pὸtoprens
Tout fanm vanyan kanpe
Kenbe ren Matisan
Pou fouke Ri Dè Kazèn
Bloke kè magouyè
M di bravo Chalmay, kenbe!
Chak fwa m sonje
Malgre n pran kou nan
Trant Septanm
Nou la pi rèd nan rezistans
M di : ochan Peral, Ochan!
Dekourajman pa p pike kè n
Vle pa vle
Ladènye, se nou k pou fè l!

Analiz literè Tèks 18 – Pè Sèt (1994) paj 72. liv pwezi Josaphat Robert Large Jeanie Bogart – Oktòb 2018

 

Tèks XVIII

yo mèt mare konplo sou tèt nou

makonnen manti ak kout lang

yo mèt leve onè n frape l atè

      kè n lan jwèt la

      lespri n sou tab la

      nou pa p fè bak !

e n ap pale pou zòrèy kokiy sa koute

pou kòn lanbi tande

      nou di

     nou pa p tolere enjistis !

     nou pa p kite lonbraj touye flè nan jaden !

     nou pa p kite malè toufe dife bonè !

ponyèt nou pa pè

kouraj nou djanm

se depi dikdantan nou lan batay

e lan batay n ap rete

                                pè sèt

Nou te ka kòmanse analiz powèm sa a nenpòt fason, paske gen plizyè eleman ladan l ki enteresan. Men n ap kòmanse ak chan leksikal la ki louvri chimen pou di nou sou ki bit powèt la kanpe, lan ki sans li vle ale ak sa l ekri a. Fò nou pa bliye, Josaphat Robert Large, se yon ekriven ki te oblije kite peyi l, Ayiti, pandan diktati Duvalier a, an 1963. Se pa san rezon mesaj ki anndan liv Pè Sèt la, espesyalman nan powèm nou konsidere a, fè nou santi sa a, se kout plim yon militan.

Nou remake gen 3 chan leksikal:

  1. Konspirasyon/Manigans. Twa mo lan tèks la di nou klèman ki sa powèt la ap denonse : konplo, manti, koutlang.
  2. Mesaj. Genyen kat mo ki fè nou konpranngen yon mesaj enpòtan lanbi a ap pote, fò n ouvri zòrèy nou pou n koute, epi, fò n koute avèk anpil atansyon : koute, tande, lanbi, zorèy.
  • Abi/Krim. Gen twa mo ki di nou ki jan otè a santi pèp la ap toufe anba enjistis osnon jan y ap toufounen l. Mo sa yo se : enjistis, touye, toufe.

Aliterasyon     : (se repetisyon fonèm/son konsòn yo lan yon goup mo ki pèmèt ou mime, fonetikman, sans oubyen ide tèks la. Li vin kreye sa nou rele lan pwezi: yon amoni imitatif).

k = 14                  Nou jwenn katòz son k, vennsis son t, dizuit son p ak uit son d.

t = 26                   Tout son sa yo se son ki di anpil, ki vyolan, tankou yon bagay ki

p= 18                   eklate.

d= 8                    

L = 16                  Genyen sèz son l, senk son m ak twa son f anndan tèks la. Yo vle   

M = 5                   di powèt la gen on kòlè li pa ka kenbe, ki fè pawoli ap koule sot anba 

F =  3                    plim li. Son ki bay enpresyon gen yon fwotman, yon souf kout,                                                                    

                             yon moun k ap toufe. Lan ka sa a, li dirije nou tou sou lanbi a k

                             ap soufle.

Asonans             : (se repetisyon fonèm/son vwayèl yo lan yon gwoup mo ki pèmèt ou mime, fonetikman, sans oubyen ide tèks la. Menm jan ak aliterasyon an, li kreye sa nou rele lan pwezi : yon amoni imitatif).

O = 12                   Gen douz son o, kenz son ou, venntwa son a ak nèf son an    

Ou = 15                 anndan tèks la. Son sa yo se son toufe, son ki enkyetan, k ap

A = 23                   gwonde.

An = 9                  

I = 10                     Toujou lan kategori asonans lan, nou jwenn dis son i, sèz son e

E =16                     ak sèz son è lan powèm lan. Son sa yo se son pike, ki fè panse a

È = 16                     yon kri.

Dezyèm bagay nou remake lè nou li powèm sa a se kantite metafò powèt la itilize ladan l.

Nou jwenn metafò lan:

« leve onè n frape l atè ». Onè a pa yon bagay moun ka manyen ni kenbe, vwa pou ou t a frape l atè ;                    

 « nou pap kite malè toufe dife bonè ». Malè pa yon eleman fizik, li pa moun, li pa bèt, li pa van, li pa dlo, li pa ka toufe dife ;     

« ponyèt nou pa pè ». Se moun ki ka pè, ponyèt pa konn pè ;

« touye flè nan jaden ». La, powèt la pa p pale de flè ditou. Flè lan jaden an reprezante 3 bagay :

  1. bonè lan kè ;
  2. pepinyè osnon timoun k ap grandi ;
  3. boujon revolisyon k ap pouse.

Nou rankontre lan tèks sa a, sa nou ka rele yon oksimò. Oksimò a se lè otè a mete de mo ki gen sans opoze kòtakòt. « Dife bonè ». Nou konnen, jeneralman, dife se bagay malè, se bagay ki ka detwi, ki ka kankannen, ki ka touye moun tankou bèt. Men poukisa otè a chwazi rele l dife bonè ? Enben, se paske dife sa reprezante chalè ki lan kò yon pèp k ap sibi opresyon. Epi fò n pa bliye dife nan istwa dayiti, se sous liberasyon pp la ki te nan esklavay. Dife powèt la ap pale se malè pou opresè a, men li se bonè pou tout yon pèp.

Anpalan de tout yon pèp, powèt la ranfòse ide sa a avèk anafò li fè lan powèm lan. Anafò a se le otè a repete yon mo osnon yon gwoup mo lan kòmansman kèk fraz. Nou jwenn anafò a lan mo « nou » ki repete 4 fwa lan 4 vè youn apre lòt, « nou p’ap » repete 3 fwa menm jan an. « Nou » an poukont li vle di linyon, li vle di lafòs. « Nou p’ap » la vin ranfòse lide inyon an, lè li gen negasyon pap la dèyè l, sa vle di opozisyon, reziztans.

Yon lòt fòm powèt Josaphat Large itilize se “pèsonifikasyon”. Nou jwenn li lan “zòrèy kokiy”; kokiy pa gen zòrèy men powèt la ba li fòm moun kòmsi li te yon kretyen vivan de bra balan. Nou jwenn yon lòt pèsonifikasyon lan pou kòn lanbi tande. Nou tout konnen kòn lanbi pa ka tande.

An menm tan, lan de vè sa yo “pou kokiy sa koute/pou kòn lanbi sonnen », powèt la lanse yon apèl a larezistans, yon leve kanpe. Dayè, pa bliye senbòl nèg mawon an avèk kòn lanbi a lan bouch li k ap rele rasanbleman pou batay, pou revolisyon. Pou konfime analiz nou an, nan fen powèm lan, powèt la repete mo batay la de fwa. Se rezon sa a ki fè prezans tout aliterasyon sa yo, tout son fò, eklatan sa yo tankou k, p, t ak d anndan tèks la.  

Pwosede estilistik Josaphat Large la temwaye metriz li genyen lan koze manyen plim lan. Tèks la li menm, konfime talan, devosyon ak angajman powèt la nan lit pou rezistans, lan detèminasyon l pou l denonse malvèsayon k ap fè ravaj lan peyi li.