Pwovèb Nan Dyaspora: Ki Wòl Yo?

Rozvel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)

On moun ki kite peyi l, al viv on lòt kote, menm si li ta debake kote sa a ak rad sou kò l sèlman, gen on bagay ki en­­pò­tan dimil fwa pase tout byen li te ka posede li pote avèk li: bagay sa a, se memwa li. Se me­mwa on moun ki tout vi li. Si on moun pa ta gen memwa, nou ta gendwa konsidere li pa egziste. On pa­ti nan memwa chak moun se souvni pèso­nèl li: se memwa fanmi ak zanmi, se me­mwa katye ak vil, se memwa tout eks­pe­ryans pèsonèl. On lòt pati nan me­mwa nou, se on me­mwa eritaj, kidonk memwa le­ve-jwenn nou, me­mwa tout on gwoup moun: se me­mwa abitid­ ak koutim (abitid manje, abitid abiye, abi­tid bon lizay, koutim jwèt, kou­tim fèt, kou­tim ren­men…), se me­mwa tou lang gwoup la pa­le. Anvan m antre pi fon nan koze a, kite m es­plike lide leve-jwenn lan: M sèvi ak lide sa a nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki eg­ziste nan sosyete depi nou gen kon­esans: tankou lang, pren­sip, abitid, koutim… Men leve-jwenn lan, se pa on ba­gay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, ki­donk li chanje, li adapte, li devlo­pe menm jan avèk nou. Konsa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eri­tye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.

Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pè­mèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, re­konèt yo kòm on gwoup. Pa­ti ki pi enpòtan nan me­mwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la transmèt tout pati en­pò­tan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Kidonk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l va­lè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete.

Gen 2 gwo fòs k ap fè presyon sou tout gwoup k ap fè efò pou yo konsève epi transmèt lang yo ak le­ve-jwenn yo nan dyaspora: pre­myè­man, nesesite pou gwoup la aprann lang ak leve-jwenn sosyete kote li ta­bli a, pou li kapab rive jwenn plas li nan sosyete sa a: kòm gwoup la pa ka reaji an blòk devan presyon sa a, gen tandans pou gen moun nan gwoup la ki me­­pri­ze oswa lage lang lan ak tout leve-jwenn lan; de­zyèm­man, timoun ki fèt nan gwoup la, gen plis chans pou se lang ak leve-jwenn sosyete kote yo fèt la ki sèvi kòm memwa eritaj pa yo—kidonk lang ak le­ve-jwenn grandèt yo re­te sèl­man kòm on memwa pè­sonèl pou yo.

Chema m prezante la a, se fason nòmal sitiya­syon an pa­rèt pou nenpòt ki gwoup ki tabli nan dyas­pora. Men plis on gwoup gen pwoblèm pou l ak­septe lang li ak leve-jwenn li, montre li fyè de yo, se plis li gen pwoblèm pou l kenbe yo nan dyas­po­ra. Gwoup pa nou an soufri jan de maladi sa a. Nan on sitiya­syon konsa, li enpòtan pou tout moun k ap re­fle­chi sou lavi kominote a chache idantifye epi kon­prann mwayen kòdyòm gwoup la kapab sèvi pou ede l kenbe lang li ak le­ve-jwenn li.

Sou fontyè lang ak leve-jwenn nou kontre ak pwo­vèb yo. Kite m bay on ti presizyon la a tou. Mo «fon­tyè» a pa vrè­man montre rapò ki genyen ant ‘lang’ ak ‘leve-jwenn’ pas­ke se pa on rapò ki senp: 1) Lang lan se on pati nan le­ve-jwenn lan, menmsi se youn nan pyès ki pi enpòtan nan le­ve-jwenn lan; 2) Lang lan pèmèt nou pale de leve-jwenn lan, de tout pa­ti leve-jwenn lan, menm de lang lan tou li menm—dènye koze sa a se on fonksyon ki enpòtan anpil pou moun k ap tra­vay sou lang; 3) Lang ak leve-jwenn gen on rapò ale-vini: youn aji sou lòt, tout tan, san rete.

Lè nou pran tout pwovèb yo ansanm, se tankou on ja ki chaje ak bon pawòl. Se on richès pou tout moun ki manm leve-jwenn lan. Chak pawòl kachte nan on ti anvlòp; lè ou dekachte, ou jwenn on ti ran­mase eksperyans lavi nou kòm pèp, on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt. Pa eg­zanp, lè nou di: “Chen di gade pa twòp!”, leson nou vle fè chon­je se eksperyans lè on chen kanpe ap gade, gen es­pwa, depi moun l ap ga­de a poko fin manje, li ka jwenn on grabday. Se sa leve-jwenn nou ban nou, e se sa lè n ap gran­di nou kwè. Se sa k fè yo konsidere chak pwovèb tankou on pawòl granmoun: on pa­wòl eksperyans, on pawòl sa­jès, on pawòl ki gen on ti li­myè lave­rite. Pa bliye tou: “Bouch gran­moun santi, men pawòl nan bouch li pa santi.”                                

Sèvi ak pwovèb nou yo se youn nan fason nou ka­pab ri­­ve kenbe kontak ak lang nou ansanm ak le­ve-jwenn nou nan dyaspora. Pwovèb yo kapab pèmèt jenerasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm. Pwovèb yo ban nou prensip ak mo­ral ki ka sèvi bousòl pou gide kominote a. Gen pwo­vèb pou tout sikonstans. On pwovèb kapab di plis pa­se on pakèt pawòl anpil, men tou sa kapab sèvi on mwa­yen pou granmoun tanmen on koze ak timoun sou kesyon ki enpòtan pou lavi yo. On jan pou m ka­pab montre fason nou ka sèvi ak pwovèb nan dyas­po­ra, m pral reflechi avèk nou sou on pwovèb m twou­ve ki gen on kokenn chenn en­pò­tans pou lavi gwoup nou an: «Di bonjou montre chemen.»

Gen 2 istwa Maurice Sixto ki montre klè enpòtans pou nou aprann timoun nou yo di bonjou. Sanba mèt-a-pawòl la koumanse Ti Senta­niz konsa: “Bon­jou madanm pi bon pa­se konn lawout. Pou w al wè koze sa a byen, se bò Cha­pèl Sen Wòk. Moun Bò Cha­pèl, depi w gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous mòn Tayfè, jous mòn Malanga pou y al montre w nenpòt ki kay.”

Nou wè klè la a, nan esplikasyon Sixto a, de­mons­tra­syon pwovèb “Di bonjou montre chemen” an. Lè w sou wout, on kout “Bonjou Ma­tant!”, os­non “Bonjou Tonton!”, osnon “Bonjou Ti Matmwa­zèl!” ap montre w ki wout pou w fè. Konsa tou, si w pa ta konn wout tou epi ou pa ta konn di bon­jou, ou bannann. Se sa menm Sixto mon­tre nou nan Monkonpè Teyofil.  Etan Sixto ap pale ak Te­yo­fil, on nèg parèt, “san l pa menm salye Teyofil, li di Te­yo­fil kon­sa: «Koute non, èske w kapab di mwen ko­te bòs Ab­salon re­te bò isi a?» Teyofil voye msye al ma­che; nan pwòp mo pa Teyofil, li voye msye a al re­konèt li (kidonk li voye l al me­te bon sans li, bon li­zay li sou li), pou nou pa di li vo­ye l al kay Madan Bon­jou.

Di bonjou, se pa sèlman chemen, wout, adrès on ko­te ou vle ale li montre w, sa l ka montre w tou se on chemen esplikasyon, on chemen debouche. On moun ou abitye di bon­jou, on moun ou abitye salye l, si w bezwen on espli­ka­syon l ap ba ou l, osnon l ap chache l pou ou; menm jan tou, si w ap chache on travay, on relasyon bonjou kapab kre­ye on de­bou­che pou ou.

Nou ka al pi lwen toujou: lè on timoun konn di moun bon­jou, tout moun konsidere l, tout moun apre­sye l; yo di li se on timoun ki byennelve; si on malè pral rive l, tout moun dispoze pou espadon­nen l; yo fè granmoun li konpli­man, paske tout moun kon­nen se paske yo ba l bon pren­sip lakay li ki fè l byennelve. (Nou ka imajine tout konse­kans sa ka genyen lè on kominote konsidere on timoun ma­ledve.)

On timoun ki aprann di moun li rankontre bon­jou, sa pèmèt li vin gen sans respè pou moun: se nan devlope res­pè pou moun, l ap aprann vin gen res­pè pou pwòp tèt pa l. Nan respè pou tèt pa l, l ap vin gen respè pou kominote l ak pou leve-jwenn li.

Koze a te ka bout la a, men gen on degi.

Nan pale ak moun sou pwovèb, m konn tande tout ka­li­te pre­ji­je. Gen moun ki kwè pwovèb pa kon­sè­ne tout moun: dapre yo, sa konsène kèk grenn moun sèlman (tan­kou moun k ap reflechi sou pwo­vèb, moun k ap ekri, moun k ap chan­te); gen lòt moun ki kwè pwovèb se koze moun an­­de­­yò: moun sa yo fè m chonje minis Edikasyon Nasyonal la nan ‘Lea Kokoye’ : lè la­kontantman anvayi kè Derilis poutèt on 10 goud minis la lage nan men l, epi Deri­lis ap neye sèvo minis la anba pwovèb, minis la di: «Ah, ces pro­ver­bes des gens du peuple!»; gen lòt moun ankò ki kwè pwo­vèb se bagay tan lontan (se jan granmoun lontan pale, sa pa alamòd jodi a).

Nan chache materyo pou m eseye konprann po­zisyon diferan moun sa yo, m al tonbe sou on liv ki re­le Le dic­tion­nai­re des proverbes et dictons de France. Se yon liv Jean-Yves Dournon ekri, ki parèt nan mezon Hachette, nan koleksyon ‘Livre de Poche’, an 1986. Sa k enterese m nan liv la pou koze n ap fè jo­di a, se prefas la, ki parèt anba plim Msye Jean Dutourd, manm Akademi franse. Akademi­syen an esplike ki jan lè l te timoun li te konn pran pwovèb yo fè rizib, pran on pati nan youn, two­ke l ak on pati nan on lòt. Men laj vin fè l konprann pwovèb yo se on gwo kou filozofi pou malere ak ma­le­rèz yo, se sa k ba yo sipò anba siyad lavi. Nan fen prefas la, akademisyen an di: dapre li menm se lè tout kretyen vivan ta bliye tout pwovèb nèt tankou premye kazak manman yo te mete sou yo, osnon lè on save ta lage on pwovèb, epi tout moun ta konsidere sa tankou on pawòl antik, se lè sa a sèlman n a kapab pale de pwogrè toutbon vre. Msye di: moman sa a po ko prèt pou rive!

M dakò ak koze sa a. M pa konn pou nou. Pwovèb pa p janm ni kanni tankou kasav, ni pouri tankou fig yo bliye nan gad­man­je. Pwovèb ap toujou rete fre tankou ze ki fenk soti byen cho nan vant poul!

Mezanmi, pwovèb la di: « Pawòl anpil, machwè gonfle! » Mèsi pou pasyans nou!

POLITIK LA, SA LI YE? Roger Dorsainvil/Woje Dòsenvil

Sipoze 10 zòm rive yon kote yo bije viv ansanm… Dizon se nan yon bato yo ye, bato a koule, pa gen remèd, se la pou yo rete.

Osnon, dizon se yon gwoup moun, mil, di mil petèt, mete l plis si nou vle, ki nan yon sikonstans fòk yo ranje tèt yo pou viv, fòk yo òganize.

Ranje istwa a pi byen ankò si nou vle, di se san senkant mil moun ki sot goumen ak ansyen mèt yo, ak kolon franse ou angle ou ameriken. Sa rive Vyetnàm lòt jou, sa te rive Aljeri, sa te rive Ameriken yo tou. Yo te bije kraze dyol blan angle,  met blan angle deyò. E natirèlman, sa te rive nou tou, tout Ayisyen konnen ki jan. M pa bezwen pale de sa.

Konprann byen: yon gwoup moun ki te rasanble yon jan yon mannyè, yo te gen chèf, yo te gen mèt, men sikonstans lan vin chanje, alò fòk yo viv, fòk yo viv ansanm, fòk yo òganize tèt yo.

Pran pi piti gwoup la, 10 zòm ki nofraje yo. Yo gen pou òganize, pou yo di: Jan, fè kuizin. Jak, al lachas. Anatòl, bati kay. Simon, manyen wou ak pikwa. Kon sa, chak moun gen yon bagay pou l fè pou tout moun.

Sa vle di yo fè yon regleman travay, yon òganizasyon ti sosyete a. Si youn pa kontan, li di se pa djòb li sa, yo tout chita diskite. Si youn twò parese, yo mete ansanm, yo diskite, yo mete l nan yon lòt djòb. Anfen, òganizasyon an mande yon administrasyon, sa vle di yon jan pou fè sosyete a mache.

Men si se di mil moun, sa pa sifi; ven mil moun sa pa sifi. Dabò, fòk yo fè anpil ti sosyete dapre metye yo, dapre djòb yo, pou yo rive nan yon òganizasyon pi laj. E lè ou rive nan gran òganizasyon pi laj la, sa pran yon lòt fòm touswit paske fò ou gen yon gwoup moun djòb yo se siveye tou sa, se ranje tou sa, tout ti sosyete, tout ti gwoup yo, pou lwile yo, ajiste yo byen pou youn pa jennen lòt. Gwoup moun sa yo, prensipal travay yo se pa klou ak mato ankò, ni wou ni pikwa, yo pa nan lachas ankò. Metye yo se fè lwa, fè regleman, fè moun suiv lwa yo, mete lòd tou patou.

Finalman, moun ki alatèt yo fòmen yon espès gran biwo, chak moun, chak gwoup nan biwo sa a gen konesans li, djob li, travay li, e tanzantan yo met ansanm pou wè kouman sa ap mache. Gran biwo sa a, se sa nou rele leta.

Leta a la pou fè pwogram, pou l fè yon sosyete mache. E ou tou konprann, si tout bagay te fèt nan lòd, se pèp la ki pou ta di: Jan bon nan kuizin, mete l nan leta a pou fè regleman kuizin, met Jak pou kontwole lachas, chak òm nan plas li, e jou yo pa fè travay la byen ankò, jou yo gate, fòk pèp la ta kab revoke yo.

Alèkile, koute m byen. Tou sa nou sot di la a, li gen yon non: li rele politik. Politik vle di etidye, diskite, ranje, jwenn ki pi bon jan, pi bon mannyè pou fè yon sosyete, yon peyi mache.

Men, koumaba, se la nou pèdi a! Mesye anwo yo, mesye nan leta yo, jan yo kontan yo pa gen pou yo travay ankò, yo di fout yo pa p janm pèdi l, yo kòmanse ranmase, yo kòmanse vòlè, yo kòmanse fè piti yo abi, yo louvri prizon yo mete moun ki pa dakò avèk yo, yo antere nèg nan kacho, anvan anyen se baton, se fiziye. Konsa, mo politik la tounen yon madichon paske li pran yon lòt sans: li pa vle di ankò “etidye, kalkile, travay pou fè peyi a mache”, men li vle di ‘kenbe pa lage, baton nan zo koupyon ou”.

Nimewo espesyal: Sa yo rele politik?                                                                               SÈL Jounal ayisyen aletranje, nimewo 14, mas 1974