Jodi vandredi 31 jiyè ki t ap fè Jean Leopold Dominique 90 zan si li te vivan toujou, nou aprann ak sezisman lanmò Konpè Filo. Anthony Pascal fè vwal pou peyi san chapo. Tout moun pantan, paske lanmò pa gen klaksonn, tout moun gen yon mo pou yo di paske Filo se te yon senbòl kòm moun ak yon bèl mak jounalis.

Chak moun gen Konpè Filo pa yo.

Pa m nan m te rankontre l san mwen pa t jan m wè l sou 1330 AM nan yon ti randevou nou te genyen chak nevè nan aswè aprè emisyon blag Fito Popo a, lendi rive vandredi. Se nan yon radyo ak lanp General electric, pa gen modèl sa yo sou moun ankò, m te konn tande vwa l ak vwa Liliane sou Radio Haiti Inter.

Se jis apre m vin aprann ke se Anthony Pascal ki te bon non l. Se apre 1986 m vin konn figi l. Nan Radio Haiti Inter pa m nan se te Konpè Filo ak Liliane. Se te de vwa ki t ap bay nouvèl. Se nan koute nouvèl m tande pale pou premye fwa de Kanntè. Se te apre yon repòtaj Filo t al fè nan Nòdwès. Se la m tande « Dan reken pi dous pase prizon, pase grangou », lè moun ki t ap pare pou pati yo t ap rakonte jan anyen pa p fè yo rete ann Ayiti. Jodi a se kominote sa a ki vin bay pi bèl tranch nan dyaspora nou nan Miami. E karantan apre Ayisyen pito reken toujou. Sa k ta di sa nan ane 70 yo…

Jodi a chak fwa m tande gen lese frape ann Iran, ann Irak, Nicaragua ou yon lòt kote m sonje jan Liliane ak Filo te fè mwen viv nouvèl sou latè tankou si sa t ap pase nan salon lakay mwen. Se nan menm Radio Haiti Inter sa a tou m dekouvri ki sa ki diktati Duvalier a lè yon jou Konpè Filo fin bay nouvèl li pa antre lakay li. « Yo pran Filo », se sa tout moun t ap di. Li te antre nan gwo lis moun ke yo disparèt yo. Machin kraze zo ak baboukèt la te frape fò jou sa a, an oktob 1980. Konpè Filo ta pral koke nan gòj makout yo. Kèk jou apre yo te sètoblije lage l.

M sonje kou jodi a jan m te tande vwa Jean Leopold Dominique k ap fè Konpè Filo rakonte jan sa te pase lè li te tounen nan radyo a. Ant jou yo te pran Filo a ak jou li te lage a, tout moun ki pa jan m gen moun yo pran sou Duvalier te viv an dirèk doulè a. Diktati Duvalier a t ap deplotonnen epòk sa a pou pitit tig la te ka di li se tig tou. Pi ta ta pral pi tris, 28 novanm 80 pa t lwen. Yon moun ki anvi tande son epòk sa a ka ale sou sit Duke Universite mete sou pye a ak tout achiv Radio Haiti Inter yo.

Konpè Filo ki file ale jodi a apre yon malèz fè pati de gwo tonton poto mitan ki te kenbe eskanp figi laprès ann Ayiti nan ane 70-80 yo. Chapo ba pou li.

Lè li tounen apre 1986, bagay la pa t menm jan an, Compère Filo tounen Konpè Filo men sa ta pral pèmèt tout moun dekouvri yon lòt Filo. Yon Konpè Filo ki plante pye l byen fon nan kilti peyi a, nan vodou, nan lakou epi yon Konpè Filo ki pa t pale politik men ki te gen yon kapasite pou li fè envite l yo pale nan emisyon Kalfou sou radio Télé Ginen.  Filo ak Ginen, ak Ginen yo, se yon bèl bout wout. De Konpè Filo radio Haiti Inter a Konpè Filo sou Téle Ginen jou pase, ane pase, men Konpè Filo ap rete pami moun ki fè m konprann ke nouvèl pa nouvèl si li pa gen sèl ak si li pa gen nanm.

Mèsi pou sa Filo. Mèsi pou bout wout ou fè ak nou sou tè sa a.

2020-07-31 | Le Nouvelliste

Tèks: Konpè Filo file, zèv li rete

Jounalis: Frantz Duval (Frants Dival)

Repòtaj anrejistre: Bòs malèt

Repòtè: Konpè Filo ak Jacques Price (Jak Prays)

Ane: 1978

Dwa: Kondisyon itilizasyon: CC BY-NC-SA 4.0

Koleksyon nimerik: Radio Haiti Archive

Sous: Duke University

Lenk pèmanan: https://idn.duke.edu/ark:/87924/r4vq2vm5n

Yon ti koze a de ant Madam Fabyèn (MF) ak Konpè Zo (KZ).

(MF) rele (KZ) nan telefòn.

— (MF): Alo! Se Madam Fabyèn, kouman ou ye Konpè Zo? Kouman fanmi an ap boule nan tan Kowona sa a?

— (KZ): (Ton sipriz ak kontantman) O Madam Fabyèn! Kouman w ye, kouman fanmi an ye?

— (MF): Nou la Konpè Zo, nou la… n ap kenbe.

— (KZ): Bon, bò kote pa n; pa gen pi mal pa gen pi byen. Men m pa kache de di w, n ap fè tou sa n kapab pou Kowona pa kwaze avè n. Nou pa fè enpridans, nou rete nan tou n, nou pa mache flannen nan lari. Mwen menm menm menm, Madam Fabyèn lè m blije pran lari, m pa kwè gen moun non ki ka rekonèt mwen: m mete mas, m mete gan… m met chapo… anfen anfen, m byen pwoteje. Menm dèfen manman m, m pa kwè li ta rekonèt mwen si l ta kwaze avèk mwen nan lari.

— (MF): Konpè Zo, ou pa p kite! Ou gen sou ou!

— (KZ): Se pa blag m ap ba ou non, Madam Fabyèn. Men malgre tout prekosyon m pran pou Kowona pa fè on fen avè m, m santi Kowona vle kokobe m, konkonzi m, fè m fou….

— (MF): Konsa menm Konpè Zo?

 — (KZ): Enben, ou konnen: dèfwa lè nèg konn sot travay, nou pase kay zanmi, bay de odyans anvan n antre lakay. Konnye a, nou pa ka fè wonn pòt.

— (MF): Enben Konpè Zo, se konsa wi pou n kwape Kowona. Men rete konekte ak fanmi w, rete konekte ak zanmi kanmenm. Rele yo nan telefòn, fè on ti pale ak yo, bay de blag, pran nouvèl yo, ba yo nouvèl ou. L ap bon pou ou, l ap bon pou yo tou…. E tankou si w konnen ou gen on zanmi ki genyen vye maladi k  ap boulvèse yo… tankou poblèm tansyon, poblèm poumon, sante l pa fin yès, sante l pa fin anfòm eben lò w nan lari a, alò si w nan lari a, pase on kote fè on ti pwovizyon pou moun sa a. Ou pa bezwen nan al wè avek li non. W ap pote ti sache a, ou a depoze l devan pòt la… w a rele l nan telefòn ou di l ou kite on bagay pou li devan pòt la. W ap wè jan l ap apresye sa. Bon koze m di w la a!

— (KZ): Sa se vre! Bon, fò m di w, m konprann koze rete konekte ak fanmi, zanmi nan telefòn lan. M ap fè efò sou sa. Men kanta bay blag la Madam Fabyèn, m pa ka pwomèt ou sa. Pa gen kè kontan. Se moun kè kontan ki bay blag. Chak jou ou leve ou fèmen anndan on kay. Ti ekonomi nou te fè a ap pase nan men n, m ta dwe di fin pase nan bouch. Sa rèd anpil wi Madam Fabyèn.

— (MF): Oum… Ou mèt di li! Nou pran on kou siprann, on kou pa konprann. Nou pa t atann nou avèk bagay sa a ditou. Konpè Zo… ou konn sa k pase nan tèt mwen la a?

— (KZ): Sa l ye Madam Fabyèn?

— (MF):  De ti pawòl ou renmen di…

–(KZ): Ti pawòl… ki pawòl Madam Fabyèn?

— (MF): Ti koze ki toujou nan bouch ou, ou toujou ap di: “Nanpwen anyen ki cho ki pa frèt, nanpwen lapriyè ki pa gen amèn.” Zo ou genlè bliye se anba bouch ou m ranmase bèl ti pawòl sa yo? An n pran prekosyon. An n pran prekosyon. Men sitou, an n pran pasyans.

–(KZ): Ou konnen ou fè m ri Madam Fabyèn. Ou se bon elèv!

–(MF): Wi m sonje pawòl sa yo. M sonje yo. Konpè Zo, bagay yo pa fasil, men se pou n rele sou kò a. An n fè aktivite ki pèmèt nou distrè nou anndan kay la: Jwe domino, jwe kat, jwe twa sèt, tire kont menm jan n te konn fè lontan, gade fim ansanm ak fanmi w. Tande ti mizik konpa m renmen danse yo, gade fim ki enterese n. Epitou ou plen moun lakay ou jwe bezik, w a chyen.

— (KZ): Wi, wi se vre, se vre. Tou sa se bon lide Madam Fabyèn, m a travay sou sa ak moun yo. Alò alò moun sa yo tèlman rendong! Men babye yanm lan, babye tè a. Fò m di w tou on lòt bagay ki genyen: gen de lè, mwen menm, m santi m ta rete nan kabann nèt, m pa ta leve, konsa m pa ta oblije pale ni fè fas ak pèsonn moun!

— (MF): Se pa ou menm senpman Konpè Zo, se pa ou menm senpman. Mwen menm gen de lè m pa anvi fè anyen ditou ditou ditou ditou… M pa sou sa, m ta pase jounen an nan kalbenday… Men m rele sou kò m. M bay dèyè m de tap. M pran fè mouvman ak kò m anndan kay la.

–(KZ): Mouvman anndan kay la? Espas la piti anpil wi Madam Fabyèn. Nou anpile youn sou lòt nan apatman an.

— (MF): Menm si pa gen twòp espas, gen mouvman nou kapab fè kanmenm. Sitou… tande sa m ap di w la Konpè Zo. Sa a trè enpòtan… Pa rete kouche nan kabann lan tout lajounen. Mwen menm m pwofite ranje pandri, ranje plaka, m fè ti chanjman anndan kay la, bay kò m aktivite. Ou konprann?

– -(KZ) Se on bon konsèy ou ban m la a! Gen kèk ti reparasyon vre m kapab fè, gen kèk ti lòd m ka mete, tankouranje papye enpòtan, mete on ti frechè tou. Paske lè kouri monte kouri desann lan rekòmanse, m pa p gen tan vre. M ap met tout moun nan travay – fò m di, si yo vle!

— (MF) Bon! Ankouraje yo, ankouraje yo! L ap bon pou yo….

— (KZ): Madam Fabyèn, tann mwen on ti moman. M wè makomè m ap rele m, te m di l m ap tounen sou li on lòt kadè.

— (MF): Dakò Konpè Zo, m ap ret tann ou.

–(KZ): (nan telefòn). Non, non… m panko wè dènyè mesaj ou a, non. M te okipe la a. He… he… hey! Tande zen! Tande tèt chaje, moun sa yo… wouch! Enben, Madan Manno, m ap rele w on lòt kadè.

— (KZ): He… he… hey! Eskize m wi Madam Fabyèn

— (MF): Pa gen poblèm Konpè Zo

— (KZ): Makòmè m di m li voye tout dènye enfòmasyon yo sou maladi a pou mwen nan WhatsApp… Pati de remèd, de vaksen… se pa de koze…

.– (MF): Se pa tout enfòmasyon k ap sikile deyò a ki kòdyòm non, Konpè Zo. Evite konsantre tout lajounen sou sa k ap di toupatou sou kowonaviris. Sa chaje tèt moun, fè moun viv sou plis tansyon toujou.

— (KZ):  Woy! Afè tansyon sa a, se on maladi ki trèt wi Madam Fabyèn. Mwen menm, m te toujou konnen tansyon m se tankou  tansyon on tibebe. Epi, lafwa pase m al wè doktè, lè doktè a fin konsilte m, li di m fò m pran prekosyon paske li wè tansyon an fè on ti monte. Mezanmi depi m fin tande pawòl sa a, Madam Fabyèn, m lage m nan tout ti te grann mwen te konn fè yo. E nan tan kowona sa a, m ta konseye tout moun fè menm bagay la. Mwen menm m fè ti te kowosol mwen, ti te mant, te sitwonèl, te asowosi, atiyayo,  te bazilik litlit. M ap suiv pou m wè sa doktè a ap di lè m tounen lakay li….

— (MF): Konpè Zo ou di on bon pawòl: Mwen menm fò m fè ti te pam pi souvan tou… Epitou Konpè Zo, evite pran twòp sèl, pran twòp sik, twòp grès tou. Manje ti pòm ou pou ou ka kontwole tansyon an. Bwè anpil dlo….

— (KZ): Wi, wi se vre dlo. E e mèsi Madam Fabyèn. O! O! Rete! M te gen on pwa m sou dife a, te m wè si l kreve… Ban m on ti tan.

— (MF): Oke…

— (KZ): M tounen. Li panko fin kreve. Lè m fè manje Madam Fabyèn se koupe dwèt wi…

— (MF): E kanta sa Konpe Zo, kanta sa! Bon, m pral kite w la a wi tou. M a rele w, on lòt lè. Konsa a tou fò ou rele m tou.

—  (KZ): O wi, o wi wi! Mèsi anpil Madam Fabyèn pou tout enfòmasyon yo. M te kontan ti pale a. Madam Fabyèn, le m pale ave w, m pran fòs. Lè m pale avè w, se on sewòm!

— (MF): Mwen menm tou Kpnpè Zo. Pa gen poblèm Konpè Zo. Epitou, pa bliye: se mèt kò ki veye kò! Pran swen tèt ou.

— (KZ): Mèsi!

— (MF): Jan m ap gade bagay sa a, Kowonaviris la gendwa la pou kèk tan.

— (KZ): Yo di sa

— (MF): Fè tou sa ou kapab pou w pwoteje sante ou ak sante fanmi ou. M ale. N a pale ankò.

— (KZ): Madam Fabyèn, mèsi ankò. N a pale. M pwomèt ou m ap fè tou sa m kapab pou n pwoteje tèt nou ak fanmi an. Mèsi

— (MF): Pa gen pwoblèm Konpè Zo. Pa gen pwoblèm. M kontan pale avè w.

— (KZ): M kontan pale avè w tou. E m pwomèt ou m ap rele w ankò..

— (MF): A m ap kenbe sa wi. Oke, babay.

— (KZ): Mèsi, babay

— (MF): Babay

Aktè: Maryse Crevecoeur (Madam Fabyèn); Amidor Almonord (Konpè Zo)

Anrejistreman: Gédéon Jean

Pwodiksyon: Espas Kreyòl

Ou pral konn Jòj

– (Kow, kow, know) Onè

– (yon vwa reponn) Respè! Ki wou?

– Se mwen!

– Ki wou?

– Se mwen towo gwonde brave danje reskonsab malè. Ki wou?

– Se mwen ti nèg d Ayiti… Ayiti Toma… M monte chwal mwen devan dèyè lè mwen vle.

– Men ki wou, tonnè!

– M kase chenn nan pale kreyòl, ekri franse .. . Mwen fè lago kache ak lapawoli, m gen dizon ak tout pyebwa nan lanati. M mare lalo ak bèt nan lanmè.

– Sa k mennen w isit?

– M vin defann kòz ti nèg ti zòrey kabrit ki mare disèt ne anba kòd lamizè.

– Ki dat ou fèt?

– Se Antwàn nan gonmye ou ye, ou konn dat mwen fèt, ou konn dat m ap mouri!

– Ou fèt an trannsis, pa vre?

– Ou te konnen… pou ki ou mande m?

– Ou se yon belijeran! Yon grenn pwonmennen! Ou te vire won an Frans… Ou te ann Espay… ! Men kote bistouri w … kote sonn ou?

– Papa fè pitit, li pa fè santiman l. Depi m tou piti pwezi reklame m.

– Tande non, ou konnen isit se antre pa soti?

– Pwezi se lafimen dife, li antre soti kote li vle, powèt gen pwen disparèt… Powèt se lonbray. Men li la a, pran l si w kapab.

– Apa w ap ban m defi. Sa w t al chèche kay frè Sen Lwi Gonzag.

– Se la papa m te voye m lekòl. Bon gade non, ki lè w ap wete zago w sou zo kòtòf malere?

– Pa poze m kesyon.

– Ki lè w ap sispann souse san travayè?

– Pa fouye m, m pa patat.

– Ki jou w ap dekrete lajistis pou tout kretyen vivan?

– Pa poze m kesyon. Ou sonje isit se antre pa soti?

– W ap betize m gen Konbèlann, m gen Bisuit leta, m gen Pye pou pye, m gen Trip fonmi… pwezi se Gate priyè, pwezi se Zèb atè, se wanga, pwezi se maji… M ale kenbe m si w kapab.

Menes Dejoie (Menès Dejwa)

Jiyè 1992

Bon Nouvèl (tradiksyon Georges Castera fè pou yon powèm James Noël; moun k ap chante a se Wooly Saint Louis Jean – Wouli Sen Lwi Jan)

Poto (Pwezi Jòj Kastera, moun k ap chante a se Lody Auguste – Lodi Ogis)