Pou ki rezon sistèm lekòl Ayiti a tèt anba? Anvan moun reponn keksyon an, se pou yo chonje lekòl fèt pou moun, espesyalman pou timoun.Timoun gen entelijans tankou yo gen je, tankou yo gen janm, tankou yo gen pye. Pye tout timoun sou latè gen menm wòl. Se kanpe, se mache, se kouri, se sote, se glise. Men, pye ti Ayisyen ki ann Ayiti pa pile lanèj ak glas tankou pye ti Inyuit ak ti Kebekwa ki o Kanada. Pye ti Kanadyen ki pwonmennen nan bwa, o Kanada, pa pile po kann, po bannann, fèy veritab, fèy labapen, fèy mango, tach palmis. Je yo pa wè pòpòt bannann, rejim bannann, kokoye, papay, kenèp, pat lalwa, vetivè, zandolit ak mabouya. Se lòt bèt yo wè, se lòt fèy nan bwa yo wè. Men, se menm travay je yo fè ak je ti Ayisyen ann Ayiti.

Tout timoun 3 an rive 13 an kon sa sou latè depi yo nòmal atrap tèl lang. Yo pa konn tout lang. Lang yo atrap la oubyen lang yo atrap yo, se ak Ii oubyen se ak yo entelijans yo kapab sèvi pou yo devlope tout kalite konesans, depi non pa yo, non moun nan fanmi yo ak moun nan vwazinaj yo jis prensip yon konesans yo rele enfòmatik (ki etidye odinatè), yon lòt konesans yo rele jewontoloji (ki etidye  kò moun k ap tounen granmoun aje). Branch konesans sa yo potko prèt pou parèt epòk granpapa m defen Kamiy Dejan te jij tribinal kasasyon Pòtoprens an 1897. Men, lang kreyòl ak lang franse jij Dejan te konn pale, se pa yo ki itil jenn ti mesye dam an Chin lè y ap etidye de nouvo syans sa yo. Se an chinwa yo etidye yo. Se an chinwa yo t al lekòl nan piti.

Se an chinwa tou mas moun an Chin konn ki lwa ak ki regleman ki nan peyi yo. Se an chinwa yo tande enfòmasyon sou sa k ap pase nan peyi yo epi lòt kote sou latè tankou yon nouvo maladi poumon  ki parèt nan fen  ane  2002  a. Se an  chinwa  doktè  ak  enfimyè  ba yo esplikasyon yo bezwen lè y al lopital oubyen nan klinik. Se an chinwa agwonòm mete yo okouran teknik ki kapab fè tè yo donnen pi byen. Se an chinwa yo regle tout koze nan tribinal. Se an chinwa non wout pou yo vwayaje nan kokennchenn gwo peyi yo a ekri. Se an chinwa tout sèvis leta fonksyone. Pou ki sa? Paske lang chinwa, se chemen konesans nòmal mas pèp chinwa.

Sa m bezwen al lwen kon sa? Distans pou moun ki Pòtoprens rive an Dominikani pi piti lontan pase distans pou yo rive ni Senmak, ni Miragwàn. Nan biwo leta, nan lekòl, nan inivèsite, nan legliz, nan pòs polis, nan tribinal, ak ki lang yo sèvi an Dominikani? Ak panyòl. Pou ki sa? Paske panyòl se lang mas pèp dominiken an.

An Chin, an Dominikani epi nan prèske tout peyi sou latè, nan afè lang, moun pa nan yon peyi tèt anba. Ann Ayiti, nan afè lang, nou nan yon peyi tèt anba paske ni nan lekòl, ni nan biwo leta, ni nan sèvis leta, yo kontinye vire do ba kreyòl, yo kontinye vire do bay sèl lang mas pèp la konnen. Lontan, yo pa te antrave ak lalwa pou sa. Kounye a, yo antrave ak lalwa pou sa piske konstitisyon 1987 la deklare kreyòl lang ofisyèl paske se sèl lang ki mete tout Ayisyen ansanm. Men, yo te deja antrave ak bon sans epi ak lasyans.

Sèvi ak kreyòl ni nan aktivite lekòl ni nan aktivite leta

Nan yon kongrè moun save nan lasyans lang ak edikatè ki te reyini Awouba, nan Karayib la, 16-20 septanm 1980, Devonich te kritike yon mank nan diskisyon ak etid sou kreyòl lè se pwoblèm edikasyon  ak sistèm lekòl sèlman moun okipe. Lè kon sa, se kòm si wòl kreyòl lekòl pa ta mele ni ak lavi yon peyi ni ak aktivite yon sosyete. Nan liv la, sa nou egzamine espesyalman, se rapò lang tout pèp ayisyen an ak tout pwoblèm edikasyon ki konsène tout timoun ak tout granmoun nan peyi a. Men, depi sou dezyèm pati non liv la nan yon peyi tèt anba, sa ta dwe klè: Tout moun bezwen konprann enpòtans lang kreyòl la nan tout pwoblèm Ayiti. Remak Devonich (1983: 304) fè yo gen anpil valè pou Ayiti:

Nou dwe sèvi ak lang kreyòl la lekòl kòm yon mwayen pou elèv aprann li, aprann ekri, devlope  konesans yo nan divès branch.  Men sa pa kont, “sa pa gen sans si elèv pap kapab sèvi ak kreyòl pou aktivite y ap mennen nan peyi yo, nan sosyete yo kote kreyòl dwe gen yon plas ofisyèl, sitou nan ekriti. “

Gen de pwen enpòtan nan pawòl Devonich yo.

Se sèvi ak kreyòl kòm mwayen prensipal pou elèv lekòl aprann pi byen, sa vle di aprann Ii an kreyòl, aprann ekri an kreyòl, mennen aktivite lekti ak ekriti an kreyòl, etidye an kreyòl. Se sèvi ak kreyòl kòm mwayen prensipal pou popilasyon an regle tou sa li gen pou li regle nan tout aktivite l kòm sitwayen ki jwenn papye Leta an kreyòl, sèvis anplwaye biwo leta an kreyòl.

Asepte (1) san (2), se asepte yon sitiyasyon depaman. Se kòm si nou ta mande pou elèv mache dwat lekòl pandan nou ta dakò pou yo mache kwochi, pou yo mache bwete nan lavi.

Kreyòl ak lalwa

Pou Ayiti mache, fòk lang ki anvayi lavi tout pèp la, fòk lang ki alaparèy nan tout aktivite tout pèp Ia jwenn plas Ii merite pou sèvis tout pèp la. Ann pran lalwa. Tout moun dwe konnen ki dwa yo genyen, ki dwa yo pa genyen. Jiskensi, pa gen yon sèl grenn lwa senatè ak depite vote nan peyi a, swadizan pou byen tout pèp la, yo ekri dirèkteman an kreyòl.

Gen moun ki pral di: Kit an franse, kit an kreyòl, pi fò moun nan mas pèp la pa konn Ii. Se vre. Se yon gran wonte  pou  peyi  a.  Men, annatandan  nou fè sa nou dwe fè pou tout moun nan peyi a konn Ii, nou kapab fè mwayen posib nou pou tout moun nan peyi a tande pawòl ki konsène yo. Pale vin anvan lekti. Tout moun konn pale. Ann Ayiti, tout moun konn pale kreyòl.

Gen swasant an, gen moun ki te konn di: Nou pa kab ekri kreyòl, pa gen òtograf. Lè yon pastè ilandè legliz metodis, Òmonn Makonèl, vin avèk yon òtograf regilye ki sèvi ak sèten prensip Alfabè Fonetik  Entènasyonal, yo te envante ann Ewòp an 1888, gen kèk entelektyèl ki rele: « Anmwe! Men Ameriken ban nou yon òtograf angle pou kreyòl pou yo wete franse a nan men nou epi apre sa y a ranplase l ak angle.» Plis pase senkant an vin pase sou nou, gen direktè ak direktris lekòl, gen pwofesè lekòl ki kontinye di: Yo pa kapab sèvi ak kreyòl lekòl, pa gen liv an kreyòl. Angiz yo ta di: Ann prepare bon liv an kreyòl. Gen lòt ki prese di: Twòp depans, pa gen lajan pou ekri tout liv nou ta bezwen an kreyòl. Men, gen lajan pou yon kantite depans initil pou simagre gradiyasyon depi jaden danfan daprè modèl ameriken. Epi genyen ladan yo ki ekri tout kalite liv lekòl ki pa alawotè an franse.

Nan yon liv ki nan enprimri, Michel Degraf fè nou remake: Premye dokiman ekri ofisyèl tout sitwayen ayisyen dwe genyen ekri an franse sèlman. Se ak de nesans yo rele regis tou, yo pi abitye rele batistè toujou. Sa Degraf di a byen montre nou: Politik lang ki fè kòm si tout Ayisyen pale franse kont enterè majorite moun ki pale kreyòl sèlman. Sa pi grav toujou lè nou kalkile gen yon dekrè 12 me 1995 ki parèt nan Jounal Monitè (nimewo 40, jedi 25 me 1995, paj 529-530) pou Ii korije yon move ajisman ki te veksan pou mas kiltivatè ayisyen sa vle di majorite popilasyon an. Anvan sa, te gen de fòm batistè, youn pou moun lavil, youn pou abitan sa yo rele “paysan” an franse. Dekrè a kraze distenksyon ant moun daprè kote yo fèt oubyen kote yo abite oubyen si yo travay tè oswa si yo mennen yon aktivite kèlkonk lavil. Chanjman sa a te mande yon nouvo fòm batistè ki montre majorite pèp la (80 pou san moun) respè yo dwe I la. Yo enprime yon nouvo fòm an franse sèlman ak menm fòmil lontan franse kenzyèm syèk an Frans. Chanjman ki fèt la te dwe mache ak piblikasyon yon nouvo fòm batistè (= rejis, = ak nesans). 

Biwo lang kreyòl Sekreteri deta pou alfabetizasyon an te prepare yon dokiman modèn, yon bò kreyòl, yon bò franse pou sa, depi anvan 1997. Yo pa sèvi avè I.

Kreyòl kòm lang ofisyèl

Nan yon entèvyou 21 novanm 1986, yon espikè Radyo Solèy te poze m yon keksyon: “Daprè ou , sa yon bon konstitisyon pou Ayiti ta dwe di sou koze lang , sou koze lang ofisyèl pou Ayiti?“   Anvan m reponn keksyon an, mwen te fè espikè a konpliman pou jan li prezante keksyon I Ian kòm yon pwoblèm Ii byen poze poutèt presizyon ti bout fraz yon bon konstitisyon pou Ayiti a.

Nan liv n ap fin Ii la a, mwen eseye poze anpil pwoblèm ak anpil keksyon epi mwen bay anpil repons ki klè, selon reyalite Ayiti a, selon verite Ayiti a, selon sitiyasyon Ayiti a. Repons mwen pa chita sou sa kèk Ayisyen anvi, sou sa kèk Ayisyen dòmi reve.

Nou genyen yon peyi 7 milyon moun kon sa san nou pa konte tibebe ak timoun anbazaj. Tout moun ki gen plis pase 10 an, depi yo fèt ann Ayiti, depi yo leve ann Ayiti, depi yo abite ann Ayiti, tout konprann kreyòl, tout pale kreyòl. Tout kapab foure bouch yo nan yon diskisyon ki fèt an kreyòl, tout kapab antre nan yon koze ki fèt an kreyòl. Se reyalite sa a ki dwe devan de grenn je nou: reyalite yon pèp ki pale yon lang yo rele kreyòl.

Afè lang ofisyèl se pa anyen pase yon deklarasyon ki di ak ki lang leta pral sèvi lè leta ap fè travay leta li. Leta se nou, nou se leta. Sèvitè leta, sèvitè peyi a, manm sèvis leta dwe fè travay yo pou entere tout sitwayen peyi a. Se pou sa yon gwo travay dwe fèt pou prepare papye leta an kreyòl, sa vle di nan sèl lang tout sitwayen konprann.  

Se ak lang sa a pou yo regle deklarasyon lanmò. Yon moun mouri. Fanmi l deklare yon sèvis leta tèl moun mouri, tèl kote, tèl lè, tèl jan, tèl mannyè. Yo fèt pou yo pran deklarasyon an nan lang peyi a e pou yo ekri l nan lang peyi a.

Yon moun al deklare yon sèvis leta yon tibebe, yon tifi oubyen yon ti gason, fèk fèt tèl lè, tèl kote, tèl jou, li sot nan vant tèl manman, se tèl moun ki papa l. Deklarasyon an dwe fèt nan lang peyi a e yo dwe kouche l sou papye nan lang peyi a pou yo kapab li l ba moun ki pale lang peyi a dekwa pou yo konnen kote tèl timoun fèt lè timoun nan vin gran, lè li bezwen regle yon afè serye nan vi li.

Se dwe kon sa pou papye tè tou. Yon moun ap vann yon tè. Yon moun ap achte yon tè. Se pou regleman yo fè a kouche sou papye leta kòm yon temwen klè pou tout moun. Kat didantite, kat elektoral, pèmi kondi, tout papye leta, tout dokiman leta te dwe ekri an kreyòl ak pawòl klè pou tout moun kapab li yo oubyen pou tout moun kapab konn sa ki ladan yo lè yo tande moun li yo. Nanpwen anyen la, leta pa kapab fè pou sèvis tout moun nan peyi a. Lajan sa mande, se ti depans a kote depans initil peyi a konn fè depi okipasyon ameriken 1915-1934 pou li kenbe yon lame pou fè popilasyon an abi, pou mete gouvènman li vle, pou jete gouvènman li vle.

Reflechi sou enterè tout yon pèp

Sa ki konte se sèvis ak enterè tout yon pèp. Sa ki konte se bay yon repons ki pa nan ipokrit, ki pa nan koken lè keksyon ki konsène byen popilasyon an byen poze. Papye leta, koze leta, pawòl anplwaye leta, pawòl moun ki reskonsab nan leta pou sèvis ki moun yo pale oubyen yo ekri? Repons lan klè. Se pou sèsvis tout Ayisyen. Nou byen konnen se yon sèl lang tout Ayisyen konprann, se kreyòl. Nou pa dwe nan vye pawòl tankou: “Ou menm, ou se yon sitwayen Ayisyen siperyè. Ou konn pale franse. Ou menm menm, ou se yon sitwayen ayisyen enferyè, se kreyòl sèlman ou konn pale. Ou pa ka parèt sou moun. Ou pa sosyete.”

Nan premye chapit la, mwen te mande si pi fò pwofesè ayisyen ta mal dekwa pou yo ta kwè: Li san konprann, se li toutbon. Menm jan m te reponn mwen pa panse sa, se konsa, nan fen liv la, fò m di: Mwen panse pi fò Ayisyen ki egzamine rezon solid ki nan 26 chapit yo pap mal pou yo rekonèt plizyè verite rezon sa yo apiye:

 Kreyòl se lang tout moun ki fèt e ki leve ann Ayiti depi yo piti jis yo gen 18 an.

 Kreyòl se sèl lang ki rele tout jèn moun sa yo chè mèt chè mètrès. Se li yo konprann byen konprann. Se li yo pale tou le jou.

Kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò Ayisyen genyen espesyalman timoun ant 6 an ak 18 an.

Kreyòl se sèl mwayen pou pi fò elèv ann Ayiti depi Jaden danfan jis dènye klas lekòl segondè rive aprann tou sa lekòl mande jèn moun ki nòmal aprann ann Afrik, ann Amerik, ann Azi, ann Ewòp.

Kreyòl dwe lang lekòl ann Ayiti paske se li ki lang lavi ann Ayiti.

Se yon sitiyasyon ki pa nòmal ki fè lang lavi tout yon popilasyon 7 milyon moun (oubyen 8 milyon moun) pa lang lekòl pou plis pase 3 milyon moun ant 6 ak 18 an ki fè pati popilasyon sa a.

Yon sitiyasyon tèt anba kon sa, se chanje pou yo chanje li san pèdi tan.

Entelijans pi fò moun ba yo pouvwa admèt verite sa yo byen fasil. Sa ki difisil, se asepte chanjman nou wè ki nesesè yo. Sa mande kouraj ak pasyans. Men, jan pwovèb la di a: Ak pasyans, ou jwenn tete pis, ou rale 7 galon lèt. Ann reflechi sou yon bèl pawòl Chomski (2003: 96): « Mwen regrèt si konklizyon an sanble rèd anpil. Keksyon pou nou kalkile a se: èske li korèk? Mwen panse li korèk. »

Si moun ki te enstwi an laten ann Ewòp, an Frans, ann Angletè , an Olann, ann Almay, ann Espay, o Pòtigal pa te rive ranplase laten ak franse, angle, olandè, alman, espayòl, potigè, eksetera, nan sistèm lekòl yo, depi dizuityèm syèk epi pandan diznevyèm syèk, majorite popilasyon peyi sa yo pa ta janm rive devlope bon valè konesans nan tout kalite branch. Pwogrè pa t ap pran pye nan peyi sa yo. Yo tap ret dèyè. Ayiti ap ret dèyè ak yon ti ponyen moun k ap grennen bèl franse, toutotan yon majorite moun ap kontinye pa mache nan chemen konesans tout Ayisyen deja genyen an yo rele lang kreyòl. Sèvi ak chemen konesans sa a, se pa yon remèd otomatik, se pa yon remèd majik, se yon kondisyon ki nesesè pou pwogrè. Se yon pon pou pwogrè pase.

Okenn peyi sou latè pa sèvi ak yon metòd mirak (paske metòd mirak sa a pa egziste) pou Ii ta reyisi fè yon popilasyon ankè plizyè milyon moun aprann yon lòt lang toutbon epi pou li tabli yon sistèm edikasyon fòmèl anfòm ki kapab bay bon rezilta pou tout moun nan lòt lang sa a. Se mèvèy sa a sèten moun, Ayisyen kou etranje, ta vle Ayiti fè angiz yo mande tout peyi a kanpe pou tout moun etidye an kreyòl, sa vle di nan lang yo epi ak lang yo. Men egzanp kat peyi kote sa deja fèt, kote yon popilasyon ki mwens pase 6 milyon moun al lekòl primè, lekòl segondè, inivesitè nan pwòp lang pa yo pandan ventyèm syèk la: Albani (popilasyon 3 milyon 365 mil moun), Dànmak (popilasyon 5 milyon 316 mil), Fenlann (popilasyon 5 milyon 167 mil), Islann (popilasyon  272 mil 512). Si Ayiti suiv egzanp ti peyi sa yo, gen espwa pou Ii pa rete tèt anba anko apre li fete 200 ane endepandans Ii.

Iv Dejan (Yves Dejean)

Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, chapit 26 pp. 259-265

Piblikasyon: FOKAL (Fondasyon Kilti ak Libète)

Enprimri: Imprimerie Henri Deschamps, Avril 2006

* Goute sèl se espas etalaj liv an kreyòl pou rale mennen moun vin founi je gade, jofre sa ki anndan yo, apre sa pou y al dèyè yo nan libreri oswa nan bibliyotèk.