Ideyoloji lang ann Ayiti: ki jan li aji sou òtograf, sou gramè, sou lizaj lang kreyòl
Hugues Saint-Fort
Lan ti koze mwen pral fè la a, m ap pale sou sa yo rele “ideyoloji lang”. Toudabò, m ava defini li, epi m ava montre enfliyans ideyoloji lang sou òtograf kreyòl, gramè kreyòl, ak jan Ayisyen itilize lang kreyòl. Men anvan m kòmanse, kite m di dezoutwa mo sou sa yo rele ideyoloji. Se pa
yon mo nou tande toulejou lè n ap pale kreyòl, men li egziste nan lang lan, espesyalman nan vokabilè filozofi ak vokabilè politik.
Pou moun ki te etidye filozofi « maksis » nan inivèsite, nou sonje michan liv Karl Marx la ki rele « L’idéologie allemande », ann angle « The German Ideology), osnon nou kab sonje tou yon lòt michan liv yon sosyològ ki rele Karl Mannheim te ekri  nan lane 1930 yo : « Ideology and Utopia ».
Yo anplwaye mo « ideyoloji » a lè y ap pale de ide, ideyal, kwayans, pasyon, valè, relijyon, filozofi politik, jistifikasyon moral…Yo anplwaye li tou pou montre ke tout ide genyen dèyè yo yon koz, yon detèminan sosyal. Nou kapab konsidere « ideyoloji » tankou yon mask ki bouche
veritab enterè yon moun genyen lè li fè yon aksyon. Genyen filozòf ki konsidere « ideyoloji » tankou yon sistèm kwayans lidè politik sitou itilize pou mobilize moun pou y al komèt yon zak.

Se lan sans sa a, gen moun ki te konn pale de sa yo rele an franse « combat idéologique » osnon « compétition idéologique ». Nan ane 1960 – 1980 yo, pandan epòk yo te rele « guerre froide » la, anvan Linyon Sovyetik ak sistèm kominis li an te tonbe, 2 espresyon sa yo te konn anplwaye
anpil nan relasyon ant peyi kapitalis yo ak peyi kominis yo. Pou m fini ak definisyon konsèp « ideyoloji » a, kite m raple nou ke ideyoloji se toujou zouti osnon pratik gwoup sosyal k ap domine yo, sa ki anlè nan sosyete a ; gwoup sosyal ki anba yo pa kapab fè ideyoloji pa yo pase, paske konsepsyon kiltirèl yo, pratik yo pa konte nan sosyete a. Pou m fini ak konsèp
ideyoloji a, m ap siyale yon liv enpòtan sou ideyoloji ki rele  « Ideology. An Introduction. Se yon michan pwofesè teyori kiltirèl ki rele Terry Eagleton ki te pibliye li nan ane 1991 (Verso).
Ann pale kounyè a de « ideyoloji lang ». Ki sa sa vle di ? Ideyoloji lang anglobe tout sa nou sot di talè a sou ideyoloji an jeneral, men li aplike sitou sou kesyon lang nan yon sosyete. Ideyoloji lang fè referans a tout sistèm kiltirèl ki ap kontwole jan moun panse sou relasyon sosyal,
relasyon lengwistik ki egziste nan yon peyi, men ki depann de enterè moral, enterè politik, enterè ekonomik ki kache nan sosyete a.
Nou mete nan kesyon « ideyoloji lang » yon seri kesyon tankou bote tèl lang parapò a tèl lòt lang ; sa ki fè moun panse tèl lang siperyè tèl lòt lang ; swadizan merit yon lang ki omojèn genyen nan yon sosyete… Ideyoloji lang tabli li nan kominote lengwistik kote genyen gwo konfli ant 2 osnon plis pase 2 lang osnon varyete lang moun pale.

Ann pran yon egzanp sou lang angle anvan nou antre sou lang kreyòl. Majorite lengwis admèt ke
varyasyon reprezante yon reyalite sosyal pou tout lang e ke se yon bagay ki nòmal pou tout lang
moun pale. Poutan, nan sosyete tankou sosyete ameriken an, osnon sosyete franse a, genyen yon
varyete estanda ki baze sou lide ke genyen yon fonoloji ki omojèn. Sa vle di tout moun ta sipoze
pwononse mo lang lan menm jan. Men, li klè ke kwayans sa a se yon ideyalizasyon li ye. Se sa
moun ta renmen ki pase nan kominote lengwistik sa yo. Men, se pa kon sa sa fèt an reyalite. Se
pa kon sa reyalite sosyal lang angle osnon lang franse fonksyone. Genyen yon ideyoloji ki ap
soutni kwayans sa a. Sa vle di yon ansanm lide sou ki jan lang lan ta dwe ye, dapre gwoup sosyal
ki ap domine nan sosyete sa yo. Kòm nou konnen, nan nenpòt ki lang sou latè, fason moun pale
depann de anpil faktè : nan ki rejyon ou sòti, ki nivo edikasyon ou genyen, ki kalite moun ou
frekante, ki laj ou genyen, ki travay w ap fè, ki kote ou rete…
Ayiti (ansyen Sendomeng) te vin ofisyèlman yon koloni franse soti nan ane 1697 rive nan ane
1803. Sosyete ayisyèn nan te toujou yon sosyete kote lang reflete inegalite ki te tabli lan peyi a.
Depi epòk lakoloni, akoz esklavaj ak kolonizasyon franse, te genyen 2 lang moun te pale nan
peyi a. Youn nan 2 lang sa yo se te franse. Moun ki te pale li se te gwoup franse yo ak gwoup
milat rich yo, (kwak 2 group etnik sa yo te konn pale kreyòl tou) sa vle di moun ki t ap domine
sosyete a sou plan sosyal, menmsi gwoup moun sa yo pa t anpil nan sosyete a ; lòt lang lan se te
kreyòl. Tout popilasyon an ak gwoup ansyen esklav yo te pale lang kreyòl, men se yon gwoup ki
te anba nan sosyete a.
Se sitiyasyon sosyolengwistik sa a ki pral nannan ideyoloji lang k ap travay nan sosyete ayisyèn
nan. Leplisouvan, Ayisyen gen tandans evalye konpatriyòt yo fèk rankontre dapre lang
konpatriyòt sa yo pale. Si se franse yo pale, frankofòn ayisyen ki ap veye jan moun pale ap gen
tandans byen konsidere yo. Men, si se kreyòl sèlman konpatriyòt sa yo pale, genyen Ayisyen ki p
ap konsidere yo.
An jeneral, ideyoloji lang ann Ayiti fè moun konprann ke Kreyòl se yon lang enferyè, yon lang
senp, yon franse mawon. Pou anpil moun, franse se yon lang tout bon. Li gen gramè, li gen
diksyonè, li gen prestij nan sosyete a, se li ki bay edikasyon. Men, an menm tan tou, tout
Ayisyen konnen gwo pwovèb kreyòl sa a : Pale franse pa di lespri. Ann Ayiti, ideyoloji lang se
yon sistèm reprezantasyon ki mete franse ekri kòm sèl towo nan sistèm edikasyon peyi a, menm
lè nou konnen se 2 lang, kreyòl ak franse, ki dwe tabli lan sistèm lekòl peyi a, e ki dwe sèvi pou
ekri ni lwa ki vote lan peyi a, ni kominike ofisyèl nan peyi a. Kwak tout moun konnen se kreyòl
ki premye lang kominikasyon ki genyen ann Ayiti, franse okipe yon pozisyon ki pa koresponn a
kantite moun ki pale li. Pale franse se premye zam klas dominant lan genyen pou li mete sou
kote Ayisyen ki pale kreyòl sèlman nan sosyete a. Men, an menm tan tou, Ayisyen ki lan klas
dominant yo konnen tout risk yo pran si yo toujou kole yon bwa franse nan bouch yo. Nou wè sa

nan eleksyon pa egzanp, kote Ayisyen sa yo oblije konfòme yo avèk reyalite sosyolengwistik
peyi a.
Se pa pa aza ke ann Ayiti, yo pa konsidere kòm entèlektyèl moun ki pale kreyòl sèlman. Sèl
paspò ki ba yon moun grad pou yo konsidere ou kòm entèlektyèl ann Ayiti, se pale e ekri franse.
Menm si sa w ap di a se charabya, (e gen yon kantite Ayisyen ki ap di charabya lè y ap pale
franse) paske se an franse w ap di li, yo konsidere ou kòm entèlektyèl.
Ann pran 3 egzanp pou nou montre ravaj ideyoloji lang fè ann Ayiti. Premye egzanp lan, m ap
pran li nan òtograf, dezyèm egzanp lan, m ap pran li nan gramè, twazyèm egzanp lan, m ap pran
li nan jan moun pale.
Jan nou konnen an, depi mwa janvye 1980, Kreyòl genyen yon òtograf ofisyèl. Sa te rive lè
Minis Joseph Bernard te siyen yon dekrè ki te montre nouvo òtograf kreyòl la. Men, anvan sa te
rive fèt, te gen anpil deplozay ki pase. Pa egzanp, nan kòmansman ane 1940 yo, te genyen 2
anglofòn, yon pastè ilandè ki te rele Ormonde McConnell avèk yon ameriken ki te rele Frank
Laubach ki te pwopoze premye òtograf sistematik pou lang kreyòl. Sa mwen rele òtograf
sistematik se yon kalite òtograf ki regilye, ki pa ekri nenpòt kòman, kote chak son koresponn
avèk yon lèt, epi chak lèt koresponn avèk menm son an. Toulede mesye sa yo te abite lè sa a ann
Ayiti. Òtograf yo te pwopoze a te diferan anpil parapò a jan Ayisyen te konn ekri kreyòl. Lan
epòk sa a, Ayisyen ki te fè efò pou ekri an kreyòl te fè sa nenpòt kòman. Yo te eseye suiv òtograf
franse, men kòm te gen anpil dezòd nan fason Franse yo ekri lang franse, Ayisyen tou te ekri
lang kreyòl ak anpil dezòd. Pa egzanp, yo te konn ekri menm mo a, 2 osnon 3 fason diferan nan
menm fraz la.
Okontrè, 2 anglofòn mwen mansyone pi wo a te mete sou pye yon Òtograf ki te baze sou alfabè
fonetik entènasyonal. Te gen anpil lèt « K », lèt « W » ladan li. Men, majorite Ayisyen pa te wè
li konsa. Yo te konprann 2 anglofòn sa yo te adopte yon òtograf angle pou kreyòl. Alòske se pa
vre ditou. Yo revòlte kont sa paske yo di Ayiti se yon peyi ki pale franse, ki pa pale angle. Yo te
kont lang angle ann Ayiti. Te genyen yon entèlektyèl ayisyen ki rele Charles-Fernand Pressoir ki
te ekri ke «òtograf Laubach la ta bon pou « yon seri sovaj ki ap viv ann Australie osnon lan kèk
kote moun pa abite », men nou pa ka tolere li nan yon peyi tankou Ayiti ki gen « tradisyon
franse ladan li ».
Se menm ideyoloji lang sa a ki fè Pressoir pa te asepte òtograf Laubach la. Yon lòt rezon ki fè
Pressoir te kritike òtograf Laubach la, se paske li di Laubach te sèvi ak gwoup vwayèl lengwis yo
rele « voyelles antérieures arrondies ». Sa vle di son nou pwononse avèk lèv nou ki awondi,
tankou lè nou di [my]« mu »,[dyri] « duri » [blø]« bleu » « [lœɤ] » olye de « mi », « diri »,
« ble », « lè ». Pressoir te di Laubach ak McConnell te vle fè frankofòn ayisyen yo pale tankou
moun ki pa gen edikasyon.
Dezyèm egzanp m ap pran pou montre ravaj ideyoloji lang fè ann Ayiti, se nan gramè m ap pran
li. Men, anvan m antre nan nannan kesyon sa a, kite m fè yon ti rale sou sa yo rale gramè. Depi

lontan, moun ki ap denigre lang kreyòl te toujou di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa yo
pa janm rive konprann, se ke si kreyòl pa te gen gramè, Ayisyen pa ta janm kapab pale ak
Ayisyen parèy yo osnon ak etranje ki aprann kreyòl. Tout lang genyen gramè. Yon lang se yon
ansanm règ ki nan sèvo tout kretyen vivan. Nou konn pale lang lan paske nou asimile règ sa yo.
Se konesans règ sa yo ki fè nou konprann tout sa nou tande, e ke nou ka rive di tout sa nou vle di.
Dapre michan lengwis ameriken ki rele Noam Chomsky, tout kretyen vivan fèt avèk yon aparèy
li rele ann anglè « Language Acquisition Device » (LAD) ki se yon sòt gramè inivèsèl nan sèvo
yo ki pèmèt yo akeri langaj. Se gras a gramè inivèsèl sa a ke nenpòt timoun sou latè rive kapab
akeri lang kote li elve a, anvan menm li ale lekòl.
Donk, tout lang gen gramè e gramè a se nan sèvo nou li ye sou yon fòm ki abstrè. Ayisyen
menm jan ak tout lòt kretyen vivan sou latè sèvi ak gramè inivèsèl. Yo fèt ak gramè inivèsèl sa
a, e se limenm ki pèmèt yo aprann kreyòl rapidman si yo fèt ann Ayiti. Akoz ideyoloji lang ann
Ayiti, genyen Ayisyen ki konprann yo dwe imite estrikti lang franse lè y ap pale kreyòl. Yo pale
yon kreyòl fransize, yo itilize mo franse menm lè genyen mo kreyòl ki vle di egzakteman menm
bagay mo franse a vle di; se yon fason pou fè enteresan, pou montre moun yo konn pale franse.
Gramè kreyòl ki nan sèvo kreyolofòn ayisyen pèmèt yo pale lang kreyòl san yo pa kopye lang
franse, malgre tout enteresan kèk Ayisyen fè lè y ap pale kreyòl.
Twazyèm egzanp m ap pran pou montre ravaj ideyoloji lang fè ann Ayiti se nan itilizasyon sèten
Ayisyen fè ak lang franse lè y ap pale lang kreyòl. M ap di tousuit nou dwe rekonèt genyen
Ayisyen ki bileng kreyòl-franse, e ke se nòmal lè y ap pale kreyòl, yo melanje kèk estrikti
gramatikal franse ak estrikti gramatikal kreyòl. Nou jwenn entèferans sa yo nan tout sosyete ki
gen moun bileng. Nan lang angle, lengwis yo rele sa : « code-switching », osnon « code
mixing ». Gen anpil rechèch ki fèt sou kesyon sa yo. Mwen menm kòm lengwis, mwen te fè yon
rechèch sou sa ki rele ann angle « Creole-English Code-Switching in New York City » ki parèt
nan yon liv kolektif ki rele « The Haitian Creole Language ». Liv sa a te parèt an 2010.
Genyen yon michan lengwis franse ki rele Dominique Fattier ki fè yon rechèch sou kalite kreyòl
moun pale ann Ayiti kote li distenge plizyè kalite kreyòl. Dominique Fattier te esplike genyen sa
yo rele yon “kreyòl rèk”, ak “yon kreyòl swa”. Dapre pwofesè Fattier, moun ki pale kreyòl rèk
la, se moun ki inileng yo. Moun sa yo pale kreyòl sèlman. Alòske moun ki pale kreyòl swa a, se
moun ki bileng yo. Moun sa yo pale kreyòl ak franse. An jeneral, ann Ayiti, yo prezante kreyòl
rèk la tankou se varyete lang ki se bon kreyòl ayisyen an, kreyòl otantik la. Alòske kreyòl swa a
ta sanble se varyete moun itilize lè y ap siveye bouch yo. M ap kouri di se pa pozisyon pa mwen.
Se la nou konstate fòs ideyoloji lang ann Ayiti. Tout tan sa w ap di an pi sanble ak franse (paske
franse se lang ki ap domine nan sosyete a, malgre se yon ti kras moun ki pale li), se tout tan
moun apresye li. Nan lekòl, mèt yo pa aprann elèv valorize lang kreyòl, montre yo ki jan li
fonksyone, etidye gran ekriven kreyòl yo.
Konklizyon

Lang se ideyoloji. Li pèmèt nou konprann nannan yon sosyete, veritab sans sosyal yon sosyete
genyen. Lang ranseye nou sou klas sosyal ki lan sosyete a, janr (« genre ») ki nan sosyete a, sa
vle di wòl sosyal yo bay gason ak fanm nan yon sosyete. Lang se idantite nou tou li ye. Depi
lontan, Leta ayisyen pa janm pran lang kreyòl oserye. Tanke Leta ayisyen pa bay lang kreyòl
plas li merite genyen nan sistèm edikasyon peyi a, sosyete ayisyen an p ap janm rive lwen.
Majorite elèv ayisyen p ap konprann pwoblèm peyi a, e se yon ti gwoup ki ap kontinye domine
majorite moun pandan y ap louvri peyi a bay enterè etranje. Konprann pwoblematik lang kreyòl
nan yon peyi tankou Ayiti se louvri zye nou byen gran sou enjistis, abi, esklizyon sosyal ki tabli
nan peyi a depi plis pase 200 lane e ki kontinye ap fèt toujou. Pwoblèm lang ann Ayiti se youn
lan pi gwo pwoblèm Ayiti. Moun ki pa konprann sa fè yon grav erè.
Hugues Saint-Fort
Referans mwen site:
Eagleton Terry (2007) Ideology. An Introduction. New York:

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>