ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Lè nou di zansèt, nou vle ensiste sou lide kote nou deside konsidere mounn nwa ki te ap viv
sou zile ki rele Ayiti-a ansanm avèk tradisyon-yo, mès-yo, abitid-yo, relijon-yo, manje-yo,
eksetera. Piti kou li ye, nan koze zansèt-la, nou wè tou endyen-yo, ki genyen kontribisyon dirèk
pa yo ansanm ak sa yo kite ki fonn anndan tradisyon divès nanchon Lafrik-yo ki te rantre nan
mawon ansanm avèk-yo. Tankou mwen te di li,10 lane pase nan liv ki rele: Istwa Pwezi kreyòl
Ayiti-a, etnològ yo gen anpil travay pou yo fè sou teren-an pou kab rive detere eleman endyen ki
ap dòmi anndan kilti pèp ayisyen-an. Se sèten gen enfliyans Lewòp nan mounn nou ye jounen
jodi-a, men se apati konesans nou pran nan liv, ak kèk konpòtman ki rive jwenn nou pasi-pala,
nou ap boule, paske blan-yo pa te kite nou viv pre avèk yo ase pou nou aprann vivasyon-yo an
dirèk. Se sa tou ki lakòz kèk diferans ant mounn lavil ki kole ak levasyon kontinan Ewòp-la, ak
mounn nou rele mounn andeyò-yo, ki rete kole pi plis ak vivasyon zansèt afriken nou yo. Mwen
dwe ajoute, kwake Blan-yo te konn kite nou al nan legliz-yo, sa pa te anpeche nou devlope pwòp
relijon pa nou, ni tou sa pa te anpeche Boukman di :
Bondye la zòt tande
Kache dan nyaj
….
Li vwa tout sa blan fè
Bondye mande krim
Pa nou vle byenfè
…Bondye ki si bon
Odone vanjans.
Kidonk, eritay zansèt-yo nan tout aspè nan lavi-nou : mizik, penti, relijyon, epi nan kreyasyon
literè sou fòm oral ki pral tounen lekriti pi devan nan devlopman lavi nou kòm pèp.
Lè nou di literati kit se youn plan oral ( Oralti), kit se literati (bèbèl ak pawòl) sou papye , fòk
gen youn mwayen pou materyèl literè oubyen «oralitè» nou ap pale-a rive jwenn lektè-yo oubyen
mounn ki ap tande-yo, nou vle di asistans-lan. Nan ka pa nou-an mwayen ki sèvi pou simaye
mesaj-la, se lanng kreyòl-la. Nou kab jwenn lanng-lan sou papye, sou divès fòm elektwonik ki
ekziste-yo, ansanm ak nan filyè bouch-an-bouch-younn-di-lòt. Entansyon mwen aswè-a se pa
bay katalay esplikasyon sou lanng kreyòl-la, men mwen vle senpman demontre mak zansèt-yo
nan fòmasyon lanng kreyòl Ayiti-a.
Depi tout tan, anpil Ayisyen ak kèk blan Lewòp toujou konprann lanng kreyòl Ayiti a se pitit
lanng franse toupi. Plis ane yo ap pase, fouyapòt ap chèche, se plis nou remake baz gramè lanng
kreyòl Ayiti a chita sou famiy lanng ewe, ki gen: fon, yowouba eksetera. Epitou, lis mo nou
jwenn anndan lanng kreyòl Ayiti a soti nan lanng divès pèp ki te viv sou zile a, oubyen ki te
pase sou zile a. Nou dwe sonje franse-yo rive sou zile-a 150 làne apre nanchon afriken-yo, konsa
gen youn lis mo ansyen nan lanng kreyòl-la ki soti dirèk-dirèk nan lanng afriken yo. Kòm toujou
gen youn lamepri pou tout eritay kontinan afriken ki anndan kilti Ayiti a , kòm sistèm lekòl
anndnan peyi a lave sèvèl nou nan enterè Lafrans, se non lanng franse nou toujou tande yo
nonmen pi fò nan fòmasyon lanng kreyòl Ayiti a.
Page 2 of 9
Jounen jodi a, sa vle di 400 ane apeprè depi lanng kreyòl Ayiti a fin kreye, nou jwenn fouyapòt
kou: Pwofesè Max Manigat, Pwofesè Jean-Robert Placide, Pwofesè Serge Fuertès, leksikològ
Jeannot Hilaire ak youn latriye lòt ankò, ki deside mete sou laplas piblik tout sa yo jwenn sou
prezans lanng afriken yo nan lanng kreyòl Ayiti a.
Lè mwen pran mo nou genyen nan lanng kreyòl-la, se sèten gen mo ki gen rasin-yo nan lanng
franse, angle, pranyòl, men genyen tou, se nan lanng fong, yowouba eksetera.. yo sòti. Mwen ka
pran kèk ekzanmp pou nou : Tyen-tyen, marasa, akra, dyondyon ak dosou. Nou senpman
chwazi ti echantiyon sa a, paske bivize rankont-lan se eritay zansèt-yo nan literati kreyòl Ayiti-a.
Tyentyen : Kontrèman ak fason panse mounn nan Nò ki kwè mo tyentyen an soti nan langay
Blan Franse nan epòk yo konn ap pote mayimoulen bay esklav yo pou yo manje, Pwofesè Max
Manigat demontre nou, mo tyentyen an soti nan lanng ga. Youn lanng yo pale nan sidès peyi
Gana. Mo afriken an se « kenkey» ki transfòme pou li ban nou tchentchen, paske nan Nò Ayiti
son [k] a kab transfòme pou li tounen [tch].
Pwofesè Max Manigat raple nou tou, nan epòk lesklavaj, kolon franse yo pa t’ap janm desann
kite twòn yo pou yo al nan pote manje bay esklav. Konsa, tyentyen pa soti nan franse. Li soti nan
youn lanng afriken yo rele ga.
Marasa: Mo sa a pa gen okenn koneksyon ak koze mounn yo ki deklare: youn blan franse te wè
youn pòte marasa ki se pitit li te fè ak youn esklav epi li te di: «c’est de ma race ça», paske
younn nan marasa yo te gen po pi klè pase lòt.
Daprè Pwofesè Max Manigat, marasa se youn mo ki soti nan youn lanng yo rele kikongo. Mo
kikongo a se «mahàsa»
Akra: Se youn mo ki soti nan lanng fon. Nou jwenn menm mo a nan lanng éwé ak yorouba, kote
yo di: akra, akara, oubyen akla.
Dyondyon : Se youn mo ki soti nan lanng banmbara. Mo banmbara a se diondiõ.
Dosou : Se youn mo ki soti nan lanng fon. Li genyen menm sans ak mo kreyòl la.
Lis mo mwen ban nou la a, se youn jwèt devan chay mo Pwofesè Max Manigat, leksikològ
Jeanot Hilaire, Pwofesè Jean-Robert Placide ak Serge Fuertès genyen nan dyakout-yo.
Sou plan sentaks (nou vle gramè), mwen ap senpman konsidere twa eleman nan kominikasyon
nou aswè-a, men genyen plis pase toujou.
Mwen ap konsidere vèb kreyòl-yo ki pa chanje menm jan ak vèb franse-yo pandan nou ap
konjige yo.
Mwen ka konsidere tou tan vèb-yo kote se youn mo ki sèvi pou endike tan-an ( yo rele yo
«markeur de temps» nan lanng franse-a. Toujou nan konsiderasyon konjigezon franse-a, nou pa
gen il oubyen elle franse-a nan lis pwonon pèsonèl nou-yo.
Nou kab konsidere tou le genre masculin, le genre féminen ki se genre gramatical, alòske
lanng kreyòl-la sèvi avèk sa nou kab rele le genre naturel (mal / femèl). Nou pa gen le / la nan
Page 3 of 9
kreykòl kòm atik pou endike le genre. Nou gen atik, men atik-la pa mache avèk sa nou rele «le
genre gramatical» atik nou yo la pou endike kantite, epi yo mache pito ak son ki fini mo ki sou
bò gòch atik-la. ( Lè nou sèvi ak mo «la» se nan lanng ewe lanng kreyòl-la pran li. Kesyon
pozisyon atik-yo nan fraz kreyòl-yo, ansanm ak tout fonksyonman-yo se eritay lanng afriken-yo
anndan lanng kreyòl Ayti-a. Menm lè nou ta di kouzen / kouzin, oubyen vwazen / vwazin,
feminen mounn lavil-yo prete dirèk-dirèk nan franse-a, fonksyonnman kreyòl-la pa pèmèt nou
konsidere kouzen kòm feminen kouzin. Se senpman youn mo ki endike lyen parante nou genyen
ak mounn sa-a ki se youn fi oubyen youn gason. Nan ka fi-a nou ap di kouzin epi nan ka gason- an nou ap di kouzen.
Mwen pa pe etale mwen plis pase sa nan koze sentaks-la ( mwen vle di gramè) paske younn, pa
gen ase tan pou sa, epi dezyèmman domèn lenguistik pa domèn pa mwen.
Si nan travay lenguistik sou lanng kreyòl Ayiti-a, ekspè-yo klase lanng kreyòl Ayiti-a nan
kategori kreyòl ki gen baz leksikal franse, se paske li pi fasil pou ekspè-yo konekte ak mo franse- yo ki pi pre reyalite-yo pase mo afriken-yo. Epitou, si nou jwenn plis mo ki gen lanng franse
anndan leksik kreyòl-la, pase mo ki genyen orijin mo ki soti nan kèk lanng afriken, se akoz
izolman nou pandan lontan epi ki ap kontinye jounen jodi-a ak zansèt afriken nou yo, epi sistèm
edikasyon Ayiti-a ki rete kole sou sistèm Lafrans-lan.
Poudayè, pandan mwen ap pale ak nou la-a, gen anpil ekriven Ayisyen gwo renome, ki ap
goumen pou Lafrans rekonèt-yo. Depi Lafrans fin rekonèt-yo, wa pa kouzen-yo. Epitou, yo bliye
younn nan fonksyon literati se nonsèlman bèbèl, men anmenm tan youn fason ekriven-an chwazi
pou li sèvi glas pou pèp li-a gade figi-l, sou plan konpòtman, ak sou fason pou li amilyore lavi li.
Kòm lemonn antye tounen youn gwo vilaj, si pandan nou ap gade pwòp figi pa nou, youn lòt
gwoup mounn wè figi pa yo nan zèv pa nou-yo, oubyen ankò, si yo damou pou sa yo wè nan
divès glas nou-yo( zèv literè nou-yo), se youn diplis pou otè-a, ak pou peyi nou-an, men nan
vizyon pa mwen, mwen di li byen, nan vizyon pa mwen, se lakay an premye, epi si genyen
diplis, deyò va jwenn, paske kondi pawòl-la, si boutèy poko plen, bouchon pa kab jwenn. Mwen
ap kontinye toujou pou mwen di, nan koze kiltirèl ak literè, mwen konsidere tèt mwen nasyonal
anvan mwen ta di tèt mwen, mwen inivèsèl.
Pou mwen pale sou eritay zansèt-yo kite nan literati lanng kreyòl Ayiti-a. Mwen kab di genyen
divès aspè nan lavi zansèt nou yo nou jwenn anndan zèv ekriven nou yo, ak sanba nou-yo. Divès
aspè sa-yo se : kont-yo, se pwovèb, se chante, se lodyans, relijon vodoun-an eksetera
Kont :
Lè nou pran kont yo, nou kab di yo te pèmèt esklav yo viv ak diyite, paske yo te konn sèvi ak
fòm kominikasyon sa a nonsèlman pou yo rete konekte ak eritay kilti peyi kote yo te soti nan
kontinan afriken-an, men tou pou yo te kite bon prensip pou pitit-yo.
Krik !
Krak !
Piti piti plen kay.
Manman-m
Gen youn ekriven ki fè youn liv, li rele-l Piti Piti Plen kay (Se Serge Madhère). Ekspresyon Piti
ptit plen kay-la soti nan kont nou-yo. Gen youn lòt ekriven ankò ki fè youn liv, li rele-l Vwa
Page 4 of 9
Zandò ( Se Manno Ejèn) non sa-a soti nan relijon vodoun-a. Maximilien Laroche bò kote pa li
chwazi tit kou : Bizango ( 1997), Prensip Marasa (2004), Se nan chemen jennen yo fè lagè
(2007). Tout chwa tit sa-yo, se chwa ki pèmèt nou rete konekte ak eritay zansèt-yo. Mwen kwè
otè-yo chwazi kalite tit sa-yo, pou yo demontre nou mesaj ki nan liv sa-yo, se mesaj pa nou. Se
mesaj ki pou konekte nou ak reyalite pa nou.
Menm lè Raphaël Confiant kwè kont noumenm mounn nwa ap tire nan Karayib-la soti nan
Lafrik-Ginen. Daprè Jean Price-Mars nan Ainsi Parla l’oncle epi Harold Courlander nan the
Drum and the Hoe, pa vrèman genyen eleman nan kont nou yo ki soti patikilyèman nan eritay
zansèt-yo, paske tout eleman ki parèt nan kont nou-yo ekziste nan divès rejyon Lewòp oubyen
nan peyi Lazi-yo. Sepandan, depi nou di kont, nan sans tire kont, pou noumenm ki la-a epi ki gen
50-an an montan-yo, gen youn latriye imaj ki pase nan tèt nou. Genyen menm vizyon kote nou te
konn chita, ak ki mounn nou te konn ye, kisa nou konn ap fè eksetera… eksetera. Kont-yo gen
youn aspè inivèsèl nan lavi divès pèp, espesyalman nan youn epòk, kote televizyon pa te ko
rantre nan konpetisyon ak abitid tire kont-lan. Sa nou genyen ki patikilye nan kont nou genyen
Ayiti-yo, sèke yo se premye etap nan prensip rakonte-a nan lavi-nou. Se youn baz enpòtan nan
devlopman mantal-nou, ki relye nou ak zansèt nou-yo depi sou bitasyon kote yo ta pe travay kòm
esklav-la pou yo rive nan espas, kote yo vin viv tankou mounn lib. Espas sa-yo rele lakou, vilaj,
vil eksetera-a.
Kont-yo se youn eleman sikosyal esansyèl nan devlopman mounn 50-an an montan-yo, paske yo
mache ak anpil prensip moral pou pèmèt nou rete nan ladwati. Se poutèt sa, nan travay rechèch
literè nou anndan Sosyete Koukouy Kanada, nou jije li nesesè pou tabli non divès fòm tèks
rakonte-yo apati mo fondamantal kou kont epi istwa. Konsa, olye pou nou di le «récit», nou pito
di istwa. Olye pou nou di «La Nouvelle», nou pito istwakout. Olye pou nou di «fable», «histoire
fantastique» nou pito di istwakont. Tout pwopozisyon « mo» nou fè pou kategori literè sa-yo
chita sou eritay zansèt-yo kite pou nou. Kit ou se mounn lavil oubyen mounn andeyò, non nou
chwazi pou divès kategori kreyasyon sa-yo pa kab parèt biza pou ou, paske yo soti nan rasin-ou,
ak nan fon nannann ekzistans-ou. Si gen mounn ki deside fè lafrans nan chwazi mo pou nonmen
kategori tèks literè-yo sa-a se youn lòt koze. Se chwa-yo epi nou respekte sa.
Se akoz eritay zansèt-yo kite pou nou tou, ki lakòz pwofesè Maximilien Laroche kwè li ta pi
natirèl pou nou sèvi ak mo lodyans nan plas mo woman-an, ni pou istwa nou ap ekri an franse,
ni pou istwa nou ap ekri nan lanng kreyòl-la.
Alaverite, kontrèman ak sa Fequiè Vilsaint ekri nan Who is Who in Haitian Diaspora, premye
teyori ki parèt sou lodyans se Justin Lhérisson ki parèt avèk-li. Men nan fè Lafrans nou pa
kontinye ale nan menm direksyon-an. Kidonk, George Anglade vin rapousuiv ak teyori Justin
Lhérisson-an. Lè nan ane 1905 Justin Lhérisson te kreye istwa li yo, li te bay-yo non Lodyans,
paske bivize li, se te lavi Ayisyen natifnatal nan sosyete Ayiti-a. Nan lide pa mwen, si li te aji
konsa, se te pou evite enfliyans antikite Grèk oubyen antikite women, ki te ap pase nan istwa
yo rele woman-yo ; Konsa, li te vin pote youn novote sou fason ekriven nou yo te rakonte istwa
anndan liv yo. La-a tou, nou jwenn youn eritay ki soti nan men zansèt-yo apre peryòd kolonyal- la, epi ki ap kontinye jounen jodi-a sou sidi Moris Siksto, Koralen, Charlot Lucien, eksetera.
Nou konsidere lodyans tankou youn eritay ki parèt apre lakoloni, paske kondisyon pou bay
lodyans-yo pa te fouti posib nan youn sosyete eklavajis.
Page 5 of 9
Yo tire kont lannuit epi yo bay lodyans lajounen, men koze tire kont lannuit senpman-an, se youn
reyalite peyi Lewòp tou daprè Dr. Jean Price-Mars. Sa ki pou nou nan aspè tire kont-lan ki ap
kontinye toujou kòm eritay, se lè mounn ki ap tande kont-yo mande mèt kont-lan konbyen kou
epi pou li reponn younn oubyen twa kou depandan kantite kont li vle tire-a. Dezyèm aspè ki
Ayisyen ankò nan tire kont, epi zansèt-yo kite pou nou, se lè kont-lan fini epi tirèd kont lan di :
Se pase mwen ta pe pase, yo ban mwen youn ti koutpye, mwen vin tonbe la-a.
Depi lè nou te konn pibliye Bilten Koukouy nan fen ane 1980-yo pou vin debouche sou
kòmansman ane 1990-yo, nou te konn ap ensiste pou istwa Ayisyen ekri anba kategori womon- yo, te pote non kont, men li te deja twò ta pou nou, paske mo woman-an te deja fin enstale nan
reyalite lanng kreyòl-la epi nan abitid pale ayisyen lavil-yo.
Kòm nou vle rete kole ak reyalite kiltirèl, ki konekte nou ak reyalite lavi zansèt-yo, Lè nou ap
ekri istwakont nou kole de mo-yo, nou fè menm jan-an tou pou mo istwakout-la, nou kole li.
Rezon ki fè nou kole de mo sa-yo, se paske nou vle ba yo youn lòt sans nan lanng kreyòl Ayiti-a.
Nan liv li-a, ki rele Prensip Marasa (2004) (p.34), Pwofesè Maximilien limenm di kont-istwa epi
li kole de mo yo ak youn tirè. Eske gen vrèman youn youn diferans ant istwakont ak kont- istwa? Nou kontinye ap reflechi sou sa toujou, men nou konsyan nan lide Pwofesè Maximilien
Laroche, kont-istwa se kont ki pa gen ni chante, ni devinèt ladan-yo. Nan lespri pa nou,
istwakont, se tout istwa ki ekri nan liv, men ki pa pe janm kab tounen reyalite. Nan sans sa-a nou
pa twò lwen apwòch Georges Sylvain-an ki te deja rele «Fables Lafontaine-yo» kont. Nou kwè
tou, se save Ayisyen-yo ki kreye mo kou kont chante ak kont devinèt. Anfèt, nan grandi mwen,
depi nou di nou pral tire kont, te gen tout posiblite nou fenk site la-yo. Pa te vrèman gen youn mo
pou detèmine ki kalite kont nou pral tire. Men plis ane yo ap avanse, se plis mounn ki ap ekri
sou kont-yo vin wè nesesite pou diferansye kont-yo apati mo kou devinèt ( kont devinèt) epi
chante ( kont chante) epi Maximilien limenm pwopoze kont istwa, pou li presize, kont li
mansyone-a se pa youn kont devinèt oubyen youn kont chante. Konsa, depi istwa-a kab rantre
nan chan aksyon ki posib, nou chwazi rele-l istwakout. Epi lè istwa-a rantre nan kategori
aksyon ki pa pe janm vin reyèl, nou rele-li istwakont. Poudayè, Kiki Wainright deja ekri de liv li
batize ak non de nouvo kategori sa-yo.
Kont ak pwezi pa menm. Poutan, kont nou-yo gen enfliyans-yo sou pwezi nou-yo. Tanto nou
jwenn pwezi ki prete kadans kont-yo, tanto yo prete kouplè nan kont-yo, oubyen ankò yo imite
kouplè ki nan kèk kont ki trè popilè. Ekip sanba Sosyete Koukouy-yo anndan Òganizasyon
Mouvman kreyòl te deja kòmanse youn premye apwòch estetik nan travay pwezi yo ak kadans
kont chante nou yo. Nou ap jwenn modèl tèks sa yo nan youn liv ki rele Rechèch ( 1979)
Nan ane 1987 Serge Madhère vin suiv menm prensip-la anndan tèks kou : Al limen zetwal-yo
(p.33) epi Lanmè Karayib (p.78)
Kounye-a Chante nou te konn rele ti pyezoranj lan vin tounen L’oranger Magique anba plim
Marie-Céli Agnant. Nou konn sa sa vle di ? Sa vle di leson sajès nou-yo travèse dlo, yo ap
anrichi literati ki ekri an franse nan peyi etranje, epi yo ap fè pitit mounn lòt peyi reve. Eske yo
sèvi ak liv Marie-Célie Agnant-an nan lekòl Ayiti ? Mwen pa konnen si yo sèvi ak liv sa-a
Ayiti. Men madanm mwen sèvi ak liv sa-a nan klas-li.
Nan Rete Kote Lamèsi!! youn woman ak Jozafa Large, otè-a prezante istwa-a youn fason ki
mete mounn ki ap li istwa-a nan youn anbyans kont. Nou dwe di tou, menm jan ak Marie-Célie
Agnant nan Tipye Zoranj, istwa Jozafa rele Lamèsi-a se youn kont li transfòme epi fè li tounen
youn woman.
Page 6 of 9
Lòt ekriven ki te sèvi ak apwòch kont nan literati kreyòl-la se Pauris Jean-Baptiste nan youn
woman li yo ki rele Peyi Zoulout (1979).
Nou jwenn tou Moriso-Lewa ki gen tandans fè pwezi li yo tankou youn kont. Mwen pral fè youn
Ti vwayaj nan Lalin se youn ladan-yo. ( Bay moso ladan)
Anfèt nan tout kilti gen youn relasyon ant chante ak pwezi epitou sa pa diferan nan literati
Ayisyen ki ekri an kreyòl-la. Nan sans sa-a,Manno Ejèn sèvi nou agranlijèn nan Ekziltik. Daprè
pwofesè Maximilien Laroche nan Sémiologie des apparences, Manno Ejèn sèvi ak repetisyon
tankou sa fèt nan chante-yo. Kouplè pwezi li-yo parèt menm jan ak kouplè chante. Maximilien
kontinye toujou pou li di : anndan tèks Manno Ejèn-yo nou jwenn repetisyon son menm jan ak
nan chante nou yo. Anfèt, nou gen lontan depi nan travay teyorik nou anndan Sosyete Koukouy
Kanada nou ap ankouraje powèt-yo bati liypwezi-yo suivan kantite silab nou jwenn nan chante
popilè nou yo.
Sou menm woulib chante-a nou jwenn anndan travay Sosyete Koukouy youn teknik ekri pwezi
Jan Mapou rele fantezi. Nan teknik sa-a se mo ki ap fè alevini, tankou nan youn chante Dòdòf
Legwo te konn chante : Ki bwa Bwa gayak Ki gayak gayak kòk Ki kòk chante. Mounn ki
metrize teknik fantezi-a pi byen nan sosyete Koukouy se Kiki Wainrighe ann koute :
Bò kote pa li, Pwofesè Maximilien Laroche sèvi ak chante nou-yo pou li eseye analize
konpòtman Ayisyen. Li te chwazi Twa fèy Twa rasin epi de lòt ankò, Latibonit ak Ti Zandò, nan
liv li-a ki rele Prensip Marasa (2004). Li pa te sèvi ak chante-yo pou li chèche ritm ak kadans
nan tèks pwezi non, li t’ap eseye analize konpòtman noumenm Ayisyen apati chante sa yo epi li
te pwofite voye youn mesaj rezistans bay lektè-a.
Pou nou kontinye ak chante-yo toujou, nou kab di koneksyon ant pwezi ak chante-a tanmen
depi dyab te kaporal, epitou sa te toujou pase menm jan-an nan mitan tout lòt pèp sou latè. Men
nan branch kreyòl literati Ayiti-a, genyen youn kalite pwezi ki rele wongòl, kote otè-a ka
konbine plizyè grap pwezi ak chante ki nan lide li. Nan ane 1965, 1966 mesye òganizasyon
Mouvman kreyòl-yo, ki te kreye Sosyete Koukouy te konn sèvi ak chante ki rele wongòl-la. Men
se pwent ekriven sa yo konn ap voye pwent bay leta. Nou va jwenn ekzanp ak definisyon pou
pwezi wongòl-la anndan Istwa Pwezi kreyòl Ayiti ( 2000).
Genyen pwen ak pwent. Yo parèt nan ekspresyon kou chante pwen epi voye pwent. Pou mwen
menm, si gen youn diferans ant pwen ak pwent se senpman youn parèt sou fòm chante (chante
pwen) epi lòt-la pwent, parèt nan langay kouran kou : Voye pwent. Mwen di pa vrèman gen
diferans, paske lè youn mounn voye youn pwent bay youn lòt mounn, lòt mounn ki alantou konn
reponn pou yo di : mèt pwen-an ranmase pwen-an. Anpil fwa mounn ki ap voye pwent-lan, konn
di ak elangans, mwen voye dlo, mwen pa mouye mounn, men si ou sante ou mouye se avèk-ou
m’ap pale. Nan chante pwen-yo tou se menmman parèyman. Sou Divalye radyo pa te fouti jwe
youn chante ki te rele Machann chabon souple fè tibourik-la bouke ranni. Men se menm jan-an
tou, gouvènman-an te genyen chante pwen pa li : Mwen te piti, men mwen sonje, depi papa
mwen tande nan radyo : «Dife nan Kay-la» li di manman-m, Efemi, sa cho wi. Mwen dwe
ajoute ekip Divalye-a te fò nan itilize chan kiltirèl natifnatal-la pou yo fè politik. Yo te soti pou
yo vòlè mo kou poto mitan, fiyètlalo eksetera. ( Potomitan se fòs peristil-la epi fiyètlalo se te
youn chante pou timounn.
Page 7 of 9
Nounous ba nou anndan Pawoli, youn tèks ki rele Pawolipwent (p. 26). Men nan tèks ki rele
pawòliflèch-la se youn pwent Nounous voye bay youn mounn. Voye pwent, chante pwen soti
nan tradisyon pase mesaj nan youn anviwonnman kote lapawòl pakab sikile libelibè. Lè nou
sonje baboukèt kolon konn mete sou bouch zansèt nou yo pou younn pa kominike ak lòt, nou kab
konprann chante pwen ak voye pwent ta kab sèvi kòm youn fòm mawonaj pou soulaje soufrans
epi pase mesaj rezistans.
Pwovèb :
Lòt eleman ankò zansèt-yo kite pou nou kòm eritay se pwovèb-yo.
Pwovèb se konbinezon obsèvasyon makònen ak refleksyon ki vin tounen leson. Depandande ki
mounn ki ap obsève epi reflechi a nou pral jwenn divès kalite mesaj : mesaj seksis, mesaj dyanm,
mesaj tètansanm eksetera. Lè nou rantre nan pwovèb yo an pwofondè nou wè se chapant sosyete
kote pwovèb-yo soti-a ki ap pase anndan-yo. Dr Jean-Price Mars gen rezon di : Pwovèb se moul
ki gen pouvwa fòme karaktè youn pèp. Lè nou rantre anndan pwovèb-yo ak lide travay bèbèl nan
tèt nou, nou remake yo se youn sous natirèl kote ekriven-yo ka branche lespri-yo pou yo dekore
travay-yo. Apwòch itilizasyon pwovèb-yo anndan pwezi kreyòl-la kòmanse depi nan ane 1960
yo ak ekriven Sosyete Koukouy-yo toujou. Lè sa-a mouvaman-an te anndan Ayiti sèlgrenn.
Anfèt, nou remake, nou pa prèske jwenn pwovèb nan pwezi Moriso-Lewa, men rive nan ane
1960-yo, ane 1970-yo pou jouk jounen jodi-a nou jwenn pwovèb agogo, ni nan pwezi, ni nan
woman kreyòl-yo. Gen youn epòk pwovèb-yo te konn pase tou kri, sa vle ekriven-an pa te fè
okenn travay sou pwovèb-yo, men avèk Franketienne nou vin remake anndan Dezafi, anpil fraz
kote otè-a transfòme pwovèb-yo. Oubyen nou remake fraz ki bati sou fòm pwovèb. Pi pre nou
la-a nou genyen Nounous ki sèvi ak menm teknik-lan nan youn seksyon nan liv li-a, Pawoli
(2003). Li rele seksyon sa-a : Pawoli (2) , soti nan paj 36 rive nan paj 39. Genyen tou Eddy
Garnier nan liv li- ki rele ( Ginen m an Chalkalis 1998) Pauris Jean-Baptiste sèvi nou pwovèb ak
gran lijèn nan woman kou Sogo nan kwazman granchemen ( 1979) ansanm ak nan lonbray
inosans (1985), ki genyen pri Henri Deschamps nan ane-a. Se menm jan-an tou, nou swete
mounn ki nan branch filozofi ka toujou sonde pwovèb-yo pou triye verite inivèsèl ki kab
nouri travay-yo.
Gen otè Ayisyen ki gen abitid al chèche bèl fraz anba bouch ekriven Lewòp pou yo louvri chapit
nan liv-yo, nou rete kwè si yo chèche ak anpil antansyon, yo kab jwenn tout pwofondè panse yo
bezwen pou atire atansyon lektè yo anndan liv-yo. Pami ekriven mwen konnen ki sèvi ak
pwovèb kreyòl pou louvri chapit nan liv-yo, mwen kab site Eddy Garnier, epi Michel-Ange
Hyppolite nan liv li-a ki rele Zile Nou ( 1995).
RELIJYON VODOUN-AN
Depi nou ap pale sou eritay zansèt-yo gen youn eleman kle nan kilti lakay-la ki sèvi kòm
baz. Se relijyon vodoun-an. Dans nou yo, tablo atis nou yo, ekriven nou yo, yo tout foure men
Page 8 of 9
ladan san gade dèyè. Kit ekriven ayisyen-an ap pwodui tèks li an franse, kit li ap pwodui tèks li
an kreyòl eleman ki nan vodoun toujou rantre ladan. Nan literati kreyòl Ayiti-a, kategori ekriven
ki sèvi ak vodoun-an tout bon nan travay yo se mounn ki ap ekri woman yo. Lè vodoun-an pa
rantre dirèk-dirèk nan istwa-a, ou jwenn aktè nan istwa-a ki gen konesans fèy epi ki sèvi ak fèy
nan divès sikonstans nan lavi-yo. Jeneralman mounn ki vrèman konnen fason pou yo sèvi ak fèy
nan milye Ayiti-a se houngan ak manbo epi mounn ki gen don pou geri mounn. Nan woman
kreyòl ki ekri anvan ane 2000 yo, vodoun-an pase swa kòm eleman pou yo denigre, koupe voye
jete ( Sa se travay Carié Paultre, swa kòm youn fòs pou respekte. Men li pa sèvi kòm eleman
estetik. Sa vle di eleman pou mete bèbèl nan tèks yo. Sepandan, nan pwezi, anndan Sosyete
Koukouy Kanada, nou itilize kèk aspè nan langay vodoun-an pou nou mete bèlte nan tèks-nou.
Epitou, genyen lòt ekriven menmlè yo pa koukouy ki sèvi ak apwòch estetik sa-a tou. Tèm
vodoun-yo vin sèvi youn teknik pou dekore tèks nou.
An n’ koute Kaptenn Koukourouj :
Ou kanpe lespri nou
Ou monte lespri nou
Ou nouri lespri nou (Zile Nou 1995)
An n’ koute Henri Robert Durrandisse :
Mwen anvi prepare youn beny avèk fèy twazòm fò. Badijonnen tout papòt lavni ak fèy atiyayo,
fèy bazilik pou pwoteje devni nou kont tout medizans ak malfezans.
(Langay lanmou 2008)
Pi devan nou kab tande Keslè Brezo ki ap di nou :
Oumenm fanm
Bèlte lalin klè lan dekou minui
Zekla vèdilèn lakansyèl soule nan tèt sous
Deplòyman lonbray ou rale lòlòy lan vinèg (Parantèz,1988)
An n’ koute Manno Ejèn :
Nan bitasyon bawon
Nou selebre pawoli
Pwezi nou se lwa ginen
Lalwa masyal anvigè
Pawòl nou se gad pou nou pote
Koukourouj …
Nan non lanmò
Nan non lèsen
N’ap tann yo
Ayibobo
( Vwa Zandò 2007)
Page 9 of 9
Nan travay rechèch nou anndan Sosyete Koukouy Kanada, nou kwè si gen youn mizik rasin,
kote mizizyen-yo rantre anndan fon nannan vodoun-an pou yo al chèche mizik pou fè nou rantre
nan noumenm, nou dekouvri tou youn pwezi ki koule tankou mizik rasin lan. Henri-Robert
Durandisse pwopoze pou nou ta rele kalite pwezi sa-yo Pwezi Rasin. Nan chèche anndan tèks
pwezi kreyòl-yo, nou jwenn plizyè atisplim ki ale nan sans pase mesaj pandan yo ap sèvi
vodoun-an. Younn nan ekriven sa yo se Gérard Montès.
Konklizyon :
Lè nou fin tande relasyon ki ekziste ant travay ekriven nou yo ak divès branch nan oralti
nou-an tankou : Kont tout kalite, chante nou yo, pwovèb nou yo, relijon vodoun-an, nou kab di
transfè-a fèt. Eritay zansèt nou yo pa pèdi. Yo rete prezan tèktègèdèk anndan liv ekriven nou yo.
Kounye-a vrè defi-a, se renouvle eritay zansèt-yo, remanbre-l youn fason pou li rete vivan nan
mitan-nou vitam-etènam. Pou nou kenbe nivo estetik ki mache ak eritay zansèt-yo nan travay
nou, nou kab fè rankont travay, boukante zèv nou younn ak lòt, pataje eksperyans nou ak jenn
ekriven-yo, oubyen mounn ki pa ekri liv atizay-bèbèl, men ki ap fè rechèch ak eksperyans nan
chan kiltirèl-la. Nou vle di : mizisyen, istoryen, etnològ elatriye. Nou dwe fè alevini ant
eksperyans ki ap fèt Ayiti epi nan dyaspora-a. Pataje kalite rechèch sa yo nan radyo, televizyon,
jounal, sibè-espas, eksetera. Efò tout kalite sa-yo, se manda ekriven Sosyete Koukouy-yo bay
tèt-yo. Anpil fwa gen mounn ki di nou yo pa tande bri Sosyete Koukouy sou teren-an, nou
toujou reponn-yo nou plis konsantre sou youn travay rechèch. Prezantasyon jodi-a se rezilta
travay nou pou nou kreye youn pwezi Ayisyen. Youn pwezi ki rete kole ak reyalite nou. Nou site
non Sosyete Koukouy, men responsablite-a se pa responsablite Koukouy-yo sèl grenn. Se
responsablite ekip kreyòl Sant N A Rive-a tou, se responsablite tout lòt gwoup ki nan domèn
lakilti epi ki ap fè onè esans Ayisyen-nou.
Nan vizyon nou anndan Sosyete Koukouy Kanada, se pa aktè kiltirèl senpman ki
konsènen. Se tout manman ak papa pitit Ayisyen. Yo tout gen enterè transmèt eritay kiltirèl nou
bay pitit yo, pitit-pitit-yo nan li istwa Ayisyen ekri an kreyòl pou yo. Genyen. Si nou chèche-yo
nou va jwenn liv ki ap rakonte istwa pou pou timounn anba plim Mod Heurtelou nan Educa
Vision. Nou va jwenn yo tou anba plim Jocelyne Trouillot nan Edisyon Inivèsite Karayib,
genyen tou youn seri ki gen plis pase 30 istwa pou timounn nan SIDIKA.
Kounye-a, depi nou rive fè youn bon travay nan pase eritay kiltirèl nou yo bay pitit nou,
yomenm, ki fèt sou tè etranje, pral melanje tout sa nou resevwa yo ak sa yo aprann sou tè kote
yo fèt-la, nou vle di Kanada, Etazini, Lafrans, peyi Afrik-yo eksetera, pou yo ban nou youn lòt
sentèz ki va toujou rete Ayisyen, men ki va ale pi lwen toujou pasefondas nou ap bay yo jounen
jodi-a.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Otawa Kanada
Atik sa-a te pibliye tou nan paj Ti Gout Pa Ti Gout jounal « Haiti en Marche » Vol. XXV
mwa septanm 2011