Nan ki fanmi yo ye: Trochilidae

Nan peyi d Ayiti, ki moun ki pa konnen wanga nègès. Moun jwenn Ii tou patou nan plenn, nan  mòn e menm nan vil. Nan lang Endyen Tayino yo, wanga nègès menm jan ak zwazo mouch, yo rele yo colibri e nan kwayans pèp sa  yo, colibri vle di oiseau dieu . Nan anpil peyi karayib, moun rele wanga nègès yo: zunzun. Yon bagay enpòtan nou dwe konnen, tout kalite zwazo ki nan fanmi sila a (Trochilidae), yo jwenn yo sèlman nan kontinan ameriken an, ki vle di, Amerik di Nò, Amerik di Sid,   Amerik Santral ak Karayib la. Nan peyi d Ayiti, genyen de (2) kalite wanga nègès. Youn se wanga nègès fran; lòt la se wanga nègès mòn.

Premye a ki rele wanga nègès fran an; lasyans rele Ii: Anthracothorax dominicus. Se Ii menm ki pi gwo nan 3 kalite koIibri genyen nan peyi a.

Wanga nègès sa a genyen yon koulè vèt sonm ak kèk ti tras koulè dore nan pati siperyè kò Ii.  Mal yo  genyen yon koulè nwa anba vant yo, men plim anba fal yo onjan tire sou vèt. Kanta pou femèl yo,  yo genyen yon koulè onjan blanch anba vant yo. Lòo zwazo sa a ap vole, moun ka wè zèl Ii yo ki genyen yon  reflè vyolèt.  Ke a pandye; Ii  gen fòm yon evantay e anba Ii genyen yon koulè  kannèl. Bèk la long, Ii nwa  e Ii onjan koube desann jis nan pwent Ian. Kalite bèk Ii genyen  an pa  menm  jan ak bèk lòt wanga nègès la.

Pou Ii manje, Ii rete an plas ap vole de a flè yo. Lò sa a, Ii foure lang Ii  byen fon nan flè tankou pòpòt bannann, òkide, bwadoulè, choublak, elatriye pou Ii souse siwo ki anndan yo e menm trape kèk ti ensèk tou. Wanga nègès konn rete ap vole an plas byen wo anlè a e yo konn rive kenbe ti ensèk k ap vole. Dèfwa, yo konn menm al kenbe ti ensèk ki rete prizonnye nan twal arenyen. Lò Ii fin grandi, wanga  nègès fran an genyen yon tay ki mezire jiska 12 santimèt longè.

Wanga nègès fran an, yo jwenn Ii tou patou; men moun plis jwenn Ii nan plenn ak nan mòn ki pa depase 1500 mèt altitid.

Li fè yon bèl ti nich nan yon fouchon bwa ki  pa twò  wo. Nich sa a,  Ii fè  Ii ak fib vejetal e Ii gani Ii ak twal arenyen. Lò lè a rive, femèl la ponn 2 ti ze tou blan. Ze sa yo menm gwosè ak grenn  pistach. Se femèl la sèlman ki kouve ze yo ak bay pitit yo manje lò yo poko kapab kite nich Ian.

Dezyèm Ian ki rele wanga negès mòn nan; lasyans rele Ii: Chlorostilbon swainsonii. Zwazo sila a pi piti pase wanga nègès fran an. Lò Ii fin grandi, Ii genyen yon tay ki mezire jiska 11 santimèt longè.

Mal la genyen yon koulè vèt sonm ki mele ak kèk ti pwen jòn ki klere anpil. Li gen tach nwa nan fal Ii. Ke Ii gen yon fant ki pi fon pase sa ki nan ke lòt wanga nègès la. Bèk Ii tou dwat e pati anba a gen yon koulè woz. Kanta femèl la Ii genyen yon koulè vèt sonm nan pati siperyè kò a, men pwent ke a on ti jan mawon ak kèk ti pwen blan sou Ii. Zòn anba vant Ii genyen yon koulè gri fonse ak kèk ti koulè vèt sou kote yo.

Se nan mòn wo ki depase pafwa 1500 mèt altitid e ki gen anpil pyebwa sou yo tankou masif Lasèl ak masif Lawòt nan peyi d Ayiti, moun konn jwenn zwazo sila a. Jounen jodi a, poutèt mòn sa yo prèske fin debwaze, zwazo sa a kòmanse vin ra anpil. Genyen yon bagay moun obsève; kou Ii fè twò frèt nan tèt mòn yo, Ii desann kote ki pi ba yo pou Ii sa jwenn plis chalè ak lòt bagay Ii bezwen pou I viv. Fò n di tou, wanga nègès mòn se yon espece natifnatal zile Endyen yo te rele Quisqueya ki gen ladan I Repiblik d Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Zwazo sa a fè nich Ii menm jan ak wanga nègès fran an sou pyebwa ki pa twò wo e menm sou rasin bwa ki parèt nan zòn ravin yo. Lò lè a rive, femèl  la ponn 2 ti ze tou blan ki menm gwosè ak grenn pistach. Se femèl la sèlman ki kouve ze yo ak bay pitit yo manje lò yo poko kapab kite nich Ian.

Fò n di tou, wanga nègès se yon kalite zwazo ki antre byen fon nan tradisyon ak kilti pèp ayisyen, sitou pou jan yo te konn touye bèt sa yo. Anpil kote nan tan lontan, anpil jenn gason te sakrifye anpil nan yo pou prepare yon poud ki rele poud damou kite sèvi lò yo te bezwen liyen jenn fi. Pwofesè Georges Anglade, nan youn nan lodyans Ii yo rakonte an detay ki jan sa te konn fèt nan zòn bò lakay Ii, nan Aken. Se Bondye sèlman ki konnen kantite wanga nègès jenn gason nan peyi d Ayiti sakrifye pou prepare poud damou sa a. Men erezman pou zwazo sa yo, anpil kote nan peyi a jounen jodi a, jenn gason yo fè anpil pwogrè nan jan yo manifeste santiman yo vizavi jenn fi yo.

Wanga nègès se yon bèl ti zwazo ki dekore lanati lakay nou. Anplis Ii manje anpil ti ensèk e Ii ede nan polinizasyon flè anpil plant ak pyebwa.

Yon kalite zwazo konsa, nou dwe aprann konnen Ii pi byen pou nou kapab pwoteje Ii.

Tèks sa a nan on liv ki rele: Ti zwazo kote w a prale (Francois Severin, 2007)  Se yon ti lòsyè senpman, si nou vle gen plis enfòmasyon sou zwazo ann Ayiti, achte liv la oswa al dèyè li nan bibliyotèk

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>