Orijin ak devlopman lang kreyòl ayisyen

Lang kreyòl nou an fèt e li grandi nan Sen Domeng ant 1680 ak 1741. Lè m pale de Sen Domeng, m ap pale de pati lwès zile pèp natifnatal yo te rele Ayiti men kolon franse yo te rebatize Sen Domeng.  Ki jan lang lan te fèt e ki jan l te grandi pou l vin ban nou kreyòl n ap pale nan jounen jodi a?  Kesyon sa a se sijè pou yon lòt senpozyòm e se yon kesyon ki mennen gwo deba ant lengwis men gen sèten kondisyon ki te egziste nan Sen Domeng ki pral pèmèt save yo fè diferan ipotèz sou devlopman lang kreyòl la.

Ann fè yon tounen nan listwa pou nou konprann kondisyon ki pral ban nou lang kreyòl ayisyen an.  Avan 1492, se pèp Tayino a ki te an majorite an Ayiti.  Lòt pèp ki tap viv sou zile a se Karayib yo. Pèp ki tap viv sou zile a te rele l Ayiti, Kiskeya oubyen Boyo.  An 1492, Kristòf Kolon debake an Ayiti sou labanyè Lespay.  Li chanje non peyi a.  Li rele l Ispanyola.  Li chanje non pèp ki tap viv nan peyi a.  Li rele yo Endyen.  Onzan potko pase, pifò nan popilasyon natifnatal la te mouri anba maladi, tribilasyon ak travo fòse. Finalman, pèp natifnatal ki tap viv an Ayiti yo te fin disparèt nèt.  Malerezman, yo mouri ansanm ak lang yo te pale yo.  Sèl sa ki rete nan lang yo te pale yo se kèk mo ki vin antre nan lang kreyòl nou an, mo tankou manyòk, mayi, kowosòl, gayak, digo, koukou, mabouya, kannari, kachiman, gwayav, banbou, lanbi, kwi, woukou, Akayè, Leyogàn, eksetera.

An 1503, Afriken yo kòmanse pile tè Ispanyola.  Espayòl yo voye pran yo pa makòn sou kot lwès Lafrik (sitou nan peyi nou rele Togo ak peyi nou rele Benen nan jounen jodi a) pou yo vin travay kòm esklav sou zile a.  Tout afriken yo pa t pale menm lang.  Yo te pale lang peyi kote yo te soti a, lang tankou fon, ewe, mande, kwa, eksetera.  An 1625, Franse yo debake Latòti epi yo kòmanse anvayi pati lwès zile a.  An 1697, yo antann yo ak Espayòl yo pou yo divize il la an de pati.  Franse yo pran pati lwès la, Espayòl yo pran pati lès la (Trete Rizwik).  Franse yo rele pati pa yo a Sen Domeng e se nan Sen Domeng lang nou menm Ayisyen rele kreyòl nan jounen jodi a pral devlope.

Men ki kondisyon ki te egziste nan Sen Domeng ant mitan 17èm syèk la ak yon bon pati nan 18èm syèk la:

  • Sosyete ki te egziste nan Sen Domeng ant mitan 17èm syèk la ak kòmansman 18èm syèk la se te yon sosyete abitasyon.  Se la nou pran mo bitasyon an.  Se sitou esklav kreyòl ki te konn travay sou bitasyon yo.  Esklav kreyòl yo se esklav ki te fèt lan koloni a.  Esklav sa yo te viv plizoumwen pre ak kolon yo.  Yo te konn fè jaden e yo te konn travay kòm domestik.  Alepòk, kantite kolon ak esklav kreyòl ki tap viv nan koloni a te plizoumwen egal.
  • Nan kòmansman 18èm syèk la, sosyete abitasyon an vin tounen yon sosyete plantasyon.  Ekonomi sosyete plantasyon an te baze sou pwodiksyon sik agogo.  Se poutèt sa, nan epòk sa a, kolon yo te voye chèche esklav sot an Afrik pa makòn pou yo vin travay nan gwo chan kann Sen Domeng.  Apati 1720, Sen Domeng te pi gwo pwodiktè sik nan lemonn.  Nan fen 18èm syèk la, te gen apeprè 800 izin sik nan koloni a.  An 1790, te gen apeprè 700,000 esklav nan Sen Domeng.  Pifò nan esklav sa yo se esklav ki te fèt an Afrik e yo te rele yo esklav bosal. Alepòk, popilasyon blan yo pa t depase 40,000 moun.  Sa vle di te gen apeprè 18 esklav pou chak kolon.  Pa t gen anpil kontak ant kolon yo ak esklav bosal yo.
  • Esklav yo pa t pale menm lang.  Dapre yon lengwis ki rele Claire Lefèvre, pifò esklav bosal yo te pale yon lang ki rele Fon ki soti nan yon fanmi lang ki rele Fonbe e Fonbe fè pati yon gwoup lan ki nan fanmi lang Nijè Kongo yo.
  • Pifò kolon franse yo pa t pale yon franse estanda.  Yo te pale diferan dyalèk franse tankou breton, nòman oubyen pika.
  • Se rapò, kontak ak echanj ant twa gwoup moun sa yo: esklav bosal yo, esklav kreyòl yo ak kolon yo ki pral kontribye nan devlopman lang kreyòl la an Ayiti.  Men li sanble se ta kontribisyon esklav bosal yo ki te pi enpòtan paske se yo ki te an majorite nan koloni a.

Se ak done sa yo, ansanm ak lòt enfòmasyon ankò, lengwis ak lòt moun k ap fè rechèch pral sèvi pou yo fe ipotèz sou devlopman lang kreyòl la nan Sen Domeng.

Istwa lang kreyòl ayisyen

Kounye a, ann gade kèk dat enpòtan nan istwa lang kreyòl nou an:

1757? – Premye tèks kreyòl yo jwenn nan listwa Sen Domeng se “Lisette quitté la plaine” (Lizèt kite laplenn). Dapre Moreau de Saint-Méry, ki se premye moun ki te repwodui tèks sa a, se yon kolon franse ki rele Duvivier de la Mahautière ki te abite Pòtoprens ki te ekri tèks sa a vè lane 1757. Men, malgre anpil rechèch, yo pa janm resi jwenn tèks orijinal Duvivier de la Mahautière te ekri a.

29 out 1793 – Pwoklamasyon Sontonaks

Sontonaks pibliye yon pwoklamasyon an kreyòl kote li anonse libète jeneral pou tout esklav nan Sen Domeng.

1801 – Pwoklamasyon Bonapat

Bonapat voye yon pwoklamasyon an kreyòl bay popilasyon Sen Domeng lan kote l ap mande tout moun pou yo pote kole ak Jeneral Leklè l ap voye vin mete lapè nan koloni a.

Premye janvye 1804 – Diskou Desalin

Desalin fè yon diskou an kreyòl jou endepandans peyi d Ayiti.  Nan fen diskou a, Desalin deklare: “Ann sèmante pou nou batay jiskaske n rann dènye souf nou pou endepandans peyi nou.”

1807- 1818 – Youn nan minis Prezidan Petyon yo, ki rele Jeren (Gérin) tap mande pou yo fè lekòl an kreyòl, sitou nan ti klas yo.  Listwa rapòte Jeren te menm ekri yon gramè kreyòl.

1884 – Oswald Durand ekri “Choucoune.”

1901 – Georges Sylvain adapte fab La Fontaine yo epi li mete yo an kreyòl. Li fè yon ti liv ak fab sa yo. Li rele liv la Cric Crac.  Ban m ban nou on ti lòsyè nan fason Sylvain adapte fab ki rele “Le Loup et l’Agneau” a.  Nou sonje jan La Fontaine kòmanse fab sa a: “La raison du plus fort est toujours la meilleure.”  Sylvain rele fab pa l la “Lou ak Mouton” e li kòmanse l kon sa: “Douvan poul ravèt pa janmè gen rezon”.

Jiska premye mwatye 20èm syèk la, kesyon òtograf lang kreyòl la pa t poze toutbon vre.  Chak moun ki tap ekri an kreyòl te ekri kreyòl la jan yo konnen.  Nan tèz doktora li, Yves Dejean alanize òtograf Ozval Diran itilize pou li ekri Choukoun.  Li fè nou remake gen anpil iregilarite nan òtograf la. Pa egzanp, gen plizyè egzanp kote Diran ekri menm mo a de fason diferan nan tèks la.  Yves Dejean te blije mande tèt li si Choukoun te fidèl vre.  Lè nou kòmanse poze pwoblèm òtagraf la toutbon se lè leta oubyen lòt òganizasyon nan peyi a pral kòmanse fè kanpay alfabetizasyon pou granmoun.  Kòmanse an 1943 pou rive nan jounen jodi a, gen plizyè kanpay alfabetizasyon ki fèt nan peyi d Ayiti. Okòmansman, entelektyèl nou yo te pèdi bonkou tan ap diskite nan ki lang alfabetizasyon pou granmoun ta dwe fèt.  

An 1939, Krisyan Bolye pibliye yon revi ki rele L’Ecole réelle, No 1 kote li montre pou ki sa li enpòtan pou alfabetizasyon pou granmoun fèt an kreyòl.  Nan jounen jodi a tout moun dakò alfabetizasyon pou granmoun dwe fèt an kreyòl men, gen moun, jiskaprezan, ki pa dakò pou lekòl fèt an kreyòl pou timoun oubyen jennjan ak jennfi.

1940 – Ormonde H. McConnell (Asisyen rele msye Makonèl), yon pastè metodis ilandè, ki tap travay nan kesyon alfabetizasyon an Ayiti, pwopoze yon sistèm òtograf pou ekri lang kreyòl la.  Li te kolabore ak Franck C. Laubach nan kesyon alfabetizasyon an Ayiti.  Se poutèt sa gen moun ki rele òtograf msye te pwopoze a òtograf Makonèl – Lobak.  Anpil entelektyèl ayisyen te bat chalbari dèyè òtograf Makonèl la.  Yo te konsidere l tankou yon òtograf fonetik angle Ameriken te bezwen foure nan gòj nou pou yo detwi kilti fransèz la an Ayiti.

1951 – Charles Fernand Pressoir an kolaborasyon ak Faublas pwopoze yon òtograf pou ekri lang kreyòl la.  Yo rele òtograf sa a Òtograf Preswa oubyen Òtograf Preswa-Foblas.  Preswa te pwopoze òtograf sa a paske li panse li te pi sanble ak òtograf franse a.  Dapre li menm, òtograf sa a tap pèmèt elèv yo soti nan òtograf kreyòl la pou y al nan òtograf franse a pi alèz.  Pa bliye, pou anpil entelektyèl ayisyen, kreyòl se machpye pou elèv monte pou y al nan franse.     

1953 – Premye tèks Felix Morisseau-Leroy yo parèt.  Dr. Cauvin Paul dekri Moriso-Lewa kòm yon powèt legba paske msye te louvri baryè a byen gran pou kreyòl antre nan literati peyi d Ayiti.

1978 – Refòm Bèna a – An 1978, Minis Edikasyon Nasyonal alepòk, Jozè Bènaf, pwopoze pou yo refòme sistèm edikasyon an Ayiti.  Youn nan pwen kle nan refòm sa a se pou 4 premye ane lèkòl an Ayiti ta fèt an kreyòl.  Nan jounen jodi a, nou kapab di refòm sa a se yon echèk paske pifò lèkòl an Ayiti pa suiv chanjman yo te rekòmande nan refòm lan.  Rezon ki fè lekòl yo anseye kreyòl kòm matyè se paske Depatman Edikasyon Nasyonal egzije elèv yo pou yo pran yon egzamen kreyòl nan fen dezyèm sik lekòl fondamental la.  Fòm pwofite fè diferans ant “anseye kreyòl” ak “anseye an kreyòl.”  Nan jounen jodi a, lekòl an Ayiti anseye kreyòl kòm matyè men pa gen anpil nan lekòl sa yo ki anseye timoun yo an kreyòl.     

Lwa 28 septanm 1979 – bay lekòl an Ayiti pèmisyon pou yo sèvi ak kreyòl nan lekòl.

31 janvye 1980 – Depatman Edikasyon Nasyonal parèt ak yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl la.  Òtograf sa a se yon òtograf fonolojik ki fasil pou moun aprann.  Youn nan moun ki toujou bay dizon l sou koze òtograf kreyòl ayisyen se Yves Dejean, yon michan lengwis ayisyen.  Anfèt, tit tèz doktora misye nan Indiana University se “Comment écrire le créole d’Haïti.” Gen moun ki rele òtograf 1980 an òtograf Dejan.  men Dejan pa dakò ak non sa a.  Li pito lè moun di òtograf IPN lan oubyen òtograf 1980 an.

1987 – Konstitisyon 1987 la – Atik 5: Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm se kreyòl. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl peyi d Ayiti

Desanm 2014 – Yo mete Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) kanpe.

Jen 2016 – AKA pibliye premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen.

Ki sa konstitisyon 1987 la di sou zafè lang?

Atik 5

Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl.  Kreyòl ak

franse se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.

Atik 24.3

Men sa ki nesesè pou yo gen dwa sèvi ak manda sa a: rezon ki fè yo arete yon moun oubyen rezon ki fè yo fèmen yon moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè, ni an kreyòl, ni an franse.  Manda a dwe deklare tou, ki sa lalwa di sou jan yo dwe pini zak yo repwoche moun nan.

Atik 40

Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a.  Anwetan sa ki ta yon danje pou peyi a, leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè ak sou regleman li mete deyò.  Menm jan tou pou antant, kontra, ak papye li siyen ak lòt peyi.

Atik 211

Anvan pou inivèsite ak lekòl siperyè prive konmanse mache nan peyi a, fòk yo jwenn pèmisyon pou sa, nan men konsèy inivèsite deta a.  Men lòt kondisyon toujou: se Ayisyen ki dwe kontwole pi fò lajan ki nesesè pou inivèsite ak lèkòl siperyè prive yo mache.  Pi fò pwofesè yo tou dwe Ayisyen.  Pi fò kou yo dwe fèt nan lang ofisyèl peyi a.

Atik 213

Yo mete yon akademi ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, an òd epi selon prensip lasyans.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *
You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <s> <strike> <strong>